Fòterès Mizilman an : Priyè ak rapèl ki soti nan Koran an ak nan Sounna a
Liv la rasanble priyè ak rapèl ki soti nan Koran an ak nan Sounna a, pou fè li pi fasil pou repete yo nan divès moman ak sikonstans. Li genyen ladan l priyè pou lè wap leve nan dòmi, pou fè ablisyon (wudu), pou lapriyè, pou lè wap vwayaje, ak anpil lòt ankò. Sa ede mizilman an pwoteje tèt li pou li kapab toujou rete anba pwoteksyon ak swen Allah.
This PDF is generated automatically from the book's text; its layout may differ from the printed edition.
Fòterès Mizilman an : Priyè ak rapèl ki soti nan Koran an ak nan Sounna a
Pòv sèvitè ki nan bezwen Allah Trèwo a
Dr. Sa’id bin Ali bin Wahf Al-Qahtani
Nan non Allah, Sila ki fè anpil gras la, Sila ki gen anpil mizèrikòd la.
Entwodiksyon an.
Tout louwanj se pou Allah sèlman, nou fè lwanj pou Li, nou mande Li sekou, epi nou mandel padon. Nou chèche pwoteksyon bò kote Allah kont tout move panse ki nan kè nou ak tout move zak nou fè. Nenpòt moun Allah gide, pèsonn pa ka pèdil; epi nenpòt moun Li kite pèdi, pèsonn pa ka gidel. Mwen temwaye pa gen lòt dye Sèlman Allah , Li pa gen okenn asosye. Epi mwen temwaye Muhammad se sèvitè li ak mesaje li. Se pou benediksyon ak lapè Allah tonbe sou li an kantite, sou fanmi li, sou konpanyon li yo, ansanm ak tout moun ki swiv chemen yo a nan bon konpòtman jiska Jou Jijman an. Aprè sa :
Sa a se yon ti rezime mwen tire nan liv mwen an : « Rapèl, Priyè ak Gerizon pa mwayen Roukiya ki soti nan Koran an ak nan Sounna a » [1]. Mwen rezime sèlman seksyon ki konsène rapèl yo ladan l, yon fason pou li ka lejè pou moun pote lè yap vwayaje. [1] Liv orijinal mwen mansyone a gentan pibliye, Alhamdoulila, ansanm ak yon etid detaye sou tout sous adit li yo nan 4 gwo volim. Poutèt sa, "Hisn al-Muslim" (Fòtrès Mizilman an) soti nan premye ak dezyèm volim nan.
Mwen limitem sèlman nan tèks dhikr (envokasyon) la, epi mwen kontantem nan bay referans li yo poum mansyone youn oswa 2 sous pami sa ki twouve nan liv orijinal la. Kanta pou moun ki ta vle konnen Sahabi a oswa jwenn plis detay sou referans yo, li dwe tounen al gade nan liv orijinal la. Mwen mande Allah Li menm ki gen tout pouvwa ak tout grandè a , pa mwayen pi bèl non li yo ak kalite siprèm li yo, pou li fè travay sa a fèt sèlman pou mwen ka jwenn favè li, pou li fè li itil pou mwen nan lavi mwen ak aprè anmò mwen, epitou pou li fè li itil pou moun ki lil oswa ki enprime li, oswa ki sèvi kòm yon rezon pou gaye li. Anverite, Li menm ki san defo a , se li menm ki Mèt tout bagay sa yo epi se li menm ki gen pouvwa pou fè sa. Se pou benediksyon ak lapè Allah tonbe sou pwofèt nou an Muhammad, sou fanmi li, sou konpanyon li yo, ansanm ak tout moun ki swiv chemen yo a nan bon konpòtman jiska Jou Jijman an.
Moun ki ekri liv la
Ekri nan mwa Safa, ane 1409 H.
Valè ak merite Zikr la(Merit rapèl Allah a)
Allah Trèwo a di : "Konsa, sonje mwen, map sonje nou. Epi se pou nou rekonesan anvè mwen, epi pa refize kwè nan mwen 152"[2], [2] Sourat Al-Baqarah: 152 .
O nou menm ki kwè! Fè rapèl Allah anpil 41[3] [3] Sourat Al-Ahzab: 41 .
"«...epi gason kap sonje Allah souvan ak fanm kap sonje Li souvan; senyè toupwisan an prepare yon padon pou yo ak yon gwo rekonpans.»[4] [4] Sourat Al-Ahzab: 35.
« E sonje Mèt ou a nan fon kèw avèk imilite ak lakrentif, san ou pa pale fò, nan maten kou nan aprèmidi ; epi pa fè pati moun ki bliye yo. »[5]," [5] Sourat Al-A'raf: 205.
Epi Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Egzanp moun ki site non Seyè li ak moun ki pa site non Seyè li, se tankou moun vivan ak moun mouri.»[6], [6] Al-Bukhari avèk Al-Fath (11/208) sou nimewo (6407), ak Muslim (1/539) sou nimewo (779) avèk pawòl sa yo: «Egzanp kay kote yo site non Allah anndan li, ak kay kote yo pa site non Allah anndan li, se tankou moun vivan ak moun mouri.»
Epi Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: « "Èske mwen pa ta dwe fè nou konnen pi bon aksyon nou yo, sa ki pi pwòp devan Mèt nou an, sa ki bay plis grad nan nivo nou yo, sa ki pi bon pou nou pase depanse lò ak lajan blanch (ajan), epi ki pi bon pou nou pase rankontre lènmi nou pou nou koupe tèt yo epi yo koupe tèt nou?" Yo reponn: "Wi, se sèten!" Li di: "Se rapèl(envokasyon) Allah ki Pi Wo a." »[7] [7] Al-Tirmidhi (5/459) sou nimewo (3377), ak Ibn Majah (2/124) sou nimewo (3790), epi gade: Sahih Ibn Majah (2/316), ak Sahih Al-Tirmidhi (3/139).
Epi li te di (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): « Allah ki Pi Wo a di: "Mwen se jan sèvitèm lan panse sou Mwen an, epi Mwen avèk li chak fwa li sonje mwen . Si li mansyonem nan fon kè li, Map mansyonel nan fon kèm ; si li mansyone mwen nan mitan yon foul moun, Map mansyonel nan mitan yon asanble ki pi bon pase yo a. Si li pwoche bò kotem a distans yon lanmen (anviwon 20 cm), Map pwoche bò kotel a distans yon koudbra. Si li pwoche bò kotem a distans yon koudbra, Map pwoche bò kotel a distans 2 bra ouvè. Epi si li vini jwenn Mwen a pye ap mache, Mwen menm map vin jwenn li kouri vit." »[8] [8] Al-Bukhari (8/171) nimewo (7405), ak Mouslim (4/2061) nimewo (2675), epi tèks egzat la se vèsyon Al-Bukhari.
Abdullah ibn Busr (se pou Allah dakò avèk li ) rapòte: Yon Mesye te di: "O Mesaje Allah a, lwa ak kòmandman Islam yo vin twòp pou mwen; tanpri, fèm konnen yon sèl bagay mwen ka kenbe fèm ladan li. " Li reponn li: «Kenbe lang ou toujou mouye ak rapèl Allah» [9], [9] At-Tirmidhi (5/458) nimewo (3375), ak Ibn Majah (2/1246) nimewo (3793), epi Al-Albani te deklare li otantik nan: Sahih At-Tirmidhi (3/139), ak Sahih Ibn Majah (2/317).
Epi li te di (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): «Moun ki li yon sèl lèt nan Liv Allah a (Koran an), lap jwenn yon bon aksyon (rekonpans) pou sa, epi chak bon aksyon miltipliye pa 10. Mwen pa di "Alif-Lam-Mim" se yon sèl lèt, men Alif se yon lèt, Lam se yon lèt, epi Mim se yon lèt.»[10]. [10] At-Tirmidhi (5/75) anba nimewo (2910), epi Al-Albani otantifye l: Sahih At-Tirmidhi (3/9), ak Sahih Al-Jami' As-Saghir (5/340).
Daprè Oukba ibn Amir (se pou Allah satisfè avèk li) , li rapòte: Mesaje Allah a (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvril)te soti vin jwenn nou pandan nou te nan Soufa(anba tonèl la) a, epi li di: Kilès pami nou ki ta renmen soti chak maten al nan mache Boutàn oubyen Akik, epi poul tounen ak 2 bèl gwo chamo femèl, san li pa komèt okenn peche ni kase okenn lyen fanmi? Nou reponn: "O Mesaje Allah, nou tout ta renmen sa!" Lè sa a li di: « Èske youn nan nou pa ta ka ale nan moske a pou li aprann oubyen pou li 2 vèsè ki soti nan Liv Allah ki gen tout pouvwa a, konsaki pi bon pou li pase 2 chamo, epi 3 vèsè pi bon pou li pase 3 chamo, epi 4 pi bon pou li pase 4 chamo, ak kantite yo kap miltipliye nan chamo? »[11] [11] Muslim (1/553) nimewo (803).
Epi li te di (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): « Nenpòt moun ki chita yon kote san li pa raple Allah ladan li, lap gen yon regrè (oswa yon pinisyon) nan men Allah epi nenpòt moun ki kouche yon kote san li pa raple Allah adan li, lap gen yon regrè nan men Allah. » [12] [12] Abou Dawoud (4/264) nimewo (4856), ak lòt ankò. Gade tou : Sahih Al-Jami (5/342).
Epi li,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: « Nenpòt gwoup moun ki chita nan yon asanble (an gwoup) kote yo pa mansyone Allah, epi yo pa priye pou pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvril), lap tounen yon kòz regrè (oswa yon defisi) pou yo. Sil vle, lap pini yo; e sil vle, lap padone yo. »[13] [13] At-Tirmidhi (5/461) nimewo (3380), epi gade: Sahih At-Tirmidhi (3/140).
Epi li te di (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): « Pa gen yon gwoup moun ki kanpe nan yon asanble san yo pa raple Allah ladan li, sof si yo leve kò tankou moun ki kite kò yon bourik ki mouri, epi lap yon gwo regrè pou yo. »[14] [14] Abu Dawud (4/264) nimewo (4855), ak Ahmad (2/389) nimewo (10680), epi gade: Sahih al-Jami' (5/176).
1.Lapriyè lè yon moun reveye nan dòmi
« Lwanj pou Allah Li menm ki ban nou lavi aprè Li te fin fè nou mouri [nan dòmi], epi se bò kote li rasanbleman final la ap fèt. »[15] [15] Al-Bukhari avèk Al-Fath (11/113) nimewo (6314) ak Muslim (4/2083) nimewo (2711).
« Al-ḥamdu lillāhil-ladhī aḥyānā ba‘da mā amātanā, wa-ilayhin-nushūr. »
«Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, Li sèl, Li pa gen asosye. Se pou Li tout pouvwa a ye, se pou Li tout lwanj yo ye, epi Li gen pouvwa sou tout bagay. Glwa pou Allah, epi lwanj pou Allah, epi pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, epi Allah pi gran, epi pa gen okenn mwayen ni okenn fòs si se pa avèk pèmisyon Allah, Sila a ki anwo nèt la, Sila a ki gran anpil la. O Senyè mwen, padonem.»[16]. [16]« Nenpòt moun ki di sa, yap padone pechel yo; si li fè yon lapriyè, yap reponn li; epi sil leve, li fè abliyon (woudou) epi li priye, yap aksepte priyè li a. » Al-Boukhari ansanm ak Al-Fath (3/39), nimewo (1154) ak lòt ankò; fòmilasyon sa a soti nan Ibn Majah, gade: Sahih Ibn Majah (2/335).
« Lā ilāha illallāhu waḥdahū lā sharīka lah, lahul-mulku wa lahul-ḥamd, wa huwa ‘alā kulli shay’in qadīr. Subḥānallāh, wal-ḥamdu lillāh, wa lā ilāha illallāh, wallāhu akbar, wa lā ḥawla wa lā quwwata illā billāhil-‘Aliyyil-‘Aẓīm. Rabbigh-fir lī. »
« Lwanj pou Allah ,Li menm ki ban mwen lasante nan kò mwen, ki remèt mwen nanm mwen, epi ki pèmèt mwen sonjel [adore li]. » [17] [17] At-Tirmidhi (5/473) nimewo (3401), epi gade: Sahih At-Tirmidhi (3/144).
Al-ḥamdu lillāhil-ladhī ‘āfānī fī jasadī, wa radda ‘alayya rūḥī, wa adhina lī bi-dhikrih.
« Vrèmanvre, nan fason syèl yo ak tè a fèt, epi nan jan lannwit ak lajounen ap ranplase youn lòt, gen gwo prèv pou moun ki gen bon konprann. » (190) Moun ki sonje Allah [ki lapriyè Li] kit yo kanpe, kit yo chita, oswa kouche sou kote yo, epi ki reflechi pwofondman sou kreyasyon syèl yo ak tè a [pandan yap di]: "O Mèt nou! Ou pat kreye tout bagay sa yo pou granmesi. Glwa pou Ou! Tanpri, pwoteje nou anba chatiman Difè a." »(191) Mèt nou! Anverite, nenpòt moun Ou voye nan Difè a, Ou deja imilyel nèt; epi pou moun kap fè mechanste yo, pap gen pèsonn pou pote yo sekou. (192) Mèt nou! Nou menm, nou te tande yon moun kap rele nou nan lafwa, kap di: "Mete konfyans nou nan Mèt nou an!" Se konsa nou te kwè. Mèt nou! Tanpri, padone peche nou yo, efase fot nou yo, epi fè nou mouri ansanm ak moun ki fè sa ki dwat yo. (193) Mèt nou! Ban nou sa Ou te pwomèt nou pa mwayen mesaje Ou yo, epi pa fè nou wont nan Jou Rezirèksyon an. Anverite, Ou pa janm kase pwomès Ou. (194) Konsa, Mèt yo a te reponn yo: "Mwen pap janm kite travay pèsonn nan nou pèdi, kit se yon gason kit se yon fanm; nou tout se menm branch, nou soti youn nan lòt. Donk, moun ki te kouri ale lòt kote pou sove lavi yo (fè ijra), moun yo te mete deyò nan kay yo, moun ki te sibi move trètman poutèt Mwen, moun ki te goumen epi yo te touye yo: Mwen pral efase tout peche yo nèt, epi Map fè yo antre nan Jaden kote rivyè ap koule anba yo, kòm yon rekonpans ki soti bò kote Allah. Epi se bò kote Allah pi bèl rekonpans lan ye." » (195) Pa kite ale vini moun ki pa kwè yo ap fè nan peyi yo twonpew 196 Se yon ti jwisans ki pap dire; aprèsa, dènye kote yap fini se nan Lanfè (Jahannam), epi se pa ti move kabann sa ye pou yon moun poze kò li! (197) Men pou moun ki respekte Mèt yo a ak krent, gen Jaden(paradi ) kote rivyè ap koule anba yo kap tann yo; yap rete ladan yo pou tout tan kòm kado ak bon akèy ki soti bò kote Allah. Epi sa ki bò kote Allah a pi bon lontan pou moun ki dwat yo. (198) Vrèmanvre, pami moun ki te resevwa Liv la (Kritjen ak Jwif yo), gen moun ki kwè nan Allah , ki kwè nan sa yo te voye desann pou nou an, ak nan sa yo te voye desann pou yo menm an tou. Yo soumèt devan Allah ak anpil respè; yo pa vann pawòl Allah yo pou yon ti kras enterè mond saa. Moun sa yo ap jwenn rekonpans yo bò kote Mèt yo a. Anverite, Allah pa pran tan pou Li regle kont yo. (199) O nou menm ki kwè, pran pasyans, epi pèsevere nan pasyans, epi rete fèm, epi gen krentif pou Allah, pou nou kapab reyisi. 200 [Al Imran: 190-200] [18]. [18] Al-Bukhari ak Al-Fath (8/337) nimewo (4569), ak Muslim (1/530) nimewo (256).
2-Priyè lè wap mete rad
"Louwanj pou Allah ki abiyem ak (rad) sa a, epi ki ban mwen li san okenn fòs ni pouvwa pa m..." [19] [19] Rapòte pa otè Sunan yo eksepte An-Nasa'i: Abou Dawoud, nimewo (4023), At-Tirmidhi, nimewo (3458), ak Ibn Majah, nimewo (3285), epi Al-Albani klasel kòm hasan nan: Irwa al-Ghalil (47/7).
« Alhamdou lillaahil-lazii kasaanii haazaa (as-sawba) wa razaqaniihi min ghayri hawlim-minnii wa laa qouwwah... »
Priyè pou lè wap mete yon rad nèf
« O Allah se pou ou tout louwanj, se ou menm ki abiyem ak li, mwen mandew byen ki ladan li ak byen ki fèt pou li a, epi mwen chèche pwoteksyon nan men ou kont mal ki ladan li ak mal ki fèt pou li a » [20] [20] Abu Dawud nimewo (4020), ak At-Tirmidhi nimewo (1767), ak Al-Baghawi (12/40), epi gade: Mukhtasar Shama'il At-Tirmidhi pa Al-Albani (paj 47).
Allahoumma lakal-hamdou anta kasaoutaniihi, as-alouka min khayrihi wa khayri maa souni'a lahou, wa a'oudhou bika min charrihi wa charri maa souni'a lah.
4. Priyè pou moun ki mete yon rad nèf
« Se pouw mete li jiskaskel ize, epi se pou Allah ki Trè Wo a ranplasel pou ou. »[21] [21] Rapòte pa Abou Dawoud (4/41), anba nimewo (4020), ak gade: Sahih Abou Dawoud (2/760).
Toublii wa youkhlifoul-laahou ta'aalaa
« Mete rad nèf, viv yon vi ki merite lwanj, epi mouri an mati. »[22] [22] Ibn Majah (2/1178) nan nimewo (3558), ak Al-Baghawi (41/12), epi gade: Sahih Ibn Majah (275/2).
Ilbas jadiidan, wa 'ich hamiidan, wa mout chahiidaa
5. Sa yon moun dwe di lè lap retire rad sou li.
Nan non Allah[23]. [23] At-Tirmidhi (2/505) nimewo (606), ak lòt ankò, epi gade: Irwa Al-Ghalil nimewo (50), ak Sahih Al-Jami' (3/203).
Bismil-laah
6. Priye lè wap antre nan twalèt
« [Nan non Allah], O Allah ! Mwen chèche pwoteksyon bò kotew kont move espri mal ak tout sa ki mal (move djinn gason ak move djinn fi). »[24] [24] Rapòte pa Al-Boukhari (1/ 45), nan nimewo (142), epi Mouslim (1/ 283), nan nimewo (375), ak adisyon: «Bismillah» nan kòmansman li, rapòte pa Sa'id bin Mansour. Gade Fath Al-Bari (1/ 244).
[Bismillāh] Allāhumma innī a‘ūdhu bika minal-khubuthi wal-khabā’ith
7. Priye lè wap soti nan twalèt
« Mwen mandew padon. » (oubyen: « Padon ou map chèche, O Allah. »)[25] [25] Rapòte pa otè Sounan yo eksepte An-Nasa'i ki rapòte l nan 'Amal Al-Yawm Wal-Laylah, nimewo (79), Abou Dawoud, nimewo (30), At-Tirmidhi, nimewo (7), ak Ibn Majah, nimewo (300), epi Al-Albani otantifye l nan Sahih Sounan Abou Dawoud (1/19).
« Ghufrānak » / «Ghufrānaka»
8. Lapriyè (envokasyon) anvan ou fè ablisyon
«Nan non Allah»[26]. [26] Abu Dawud nimewo (101), ak Ibn Majah nimewo (397), ak Ahmad nimewo (9418), epi gade Irwa Al-Ghalil (1/122).
Bismillāh
9.Lapriyè (envokasyon) aprè ou fini fè woudou a(ablisyon)
"«Mwen temwaye pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, li sèl, li pa gen asosye, epi mwen temwaye Muhammad se sèvitè Li ak mesaje Li..»[27]." [27] Muslim (1/209) nimewo (234).
Achhadou ann la ilaha illallahou, wahdahou la charika lahou, wa achhadou anna mouhammadann abdouhou wa rasoulouh.
« O Allah, mete mwen nan gwoup moun kap repanti yo, epi mete mwen nan gwoup moun kap kenbe tèt yo pwòp yo. »[28] [28] At-Tirmidhi (1/78) nimewo (55), epi gade: Sahih At-Tirmidhi (1/18).
Alahouma djalni minat tawabina wadjalni minal moutatahirinn
«O Allah, glwa pou ou ak lwanj pou ou, mwen temwaye pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon an Sèlman ou menm, mwen mande ou padon epi mwen repanti tounen vin jwenn ou.»[29]. [29] An-Nasa'i nan Amal Al-Yawm Wal-Laylah (paj 173), epi gade: Irwa Al-Ghalil (1/135) ak (3/94).
Soubhanaka Alahouma wa bihamdika, ach-hadou ann la ilaha ila annta, astagfirouka wa atoubou ilèyk
10. Zik lè wap soti nan kay la / Envokasyon lè wap soti nan kay la
Nan non Allah, mwen mete tout konfyans mwen nan Allah, epi pa gen okenn chanjman ni okenn fòs si se pa gras avèk Allah.[30] [30] Abu Dawud (4/325) nimewo (5095), ak At-Tirmidhi (5/490) nimewo (3426), epi gade: Sahih At-Tirmidhi (3/151).
Bismil-lāh, tawakkaltu ‘alāl-lāh, wa lā hawla wa lā quwwata illā billāh.
« O Allah,! Mwen chèche pwoteksyon nan men ou poum pa pèdi wout ni pou pèsonn pa fèm pèdi wout, poum pa fè fot (bite) ni pou yo pa fè mwen fè fot, poum pa fè pèsonn enjistis ni pou pèsonn pa fèm enjistis, poum pa aji tankou moun fou (san respè) ni pou pèsonn pa aji konsa avèm. »[31] [31] Ahl As-Sounan: Abou Dawoud nimewo (5094), At-Tirmidhi nimewo (3427), An-Nasa'i nimewo (5501), ak Ibn Majah nimewo (3884), epi gade: Sahih At-Tirmidhi (3/152), ak Sahih Ibn Majah (2/336).
Allāhumma innī a‘ūdhu bika an adilla, aw udalla, aw azilla, aw uzalla, aw adhlima, aw udhlama, aw ajhala, aw yujhala ‘alayya.
11. Envokasyon lè wap antre nan kay la
« Nan non Allah nou antre, epi nan non Allah nou te soti, epi nan men Allah Mèt nou an nou mete tout konfyans nou; answit se poul salye fanmil (moun lakay li). »[32] [32] Rapòte pa Abu Dawud (4/325) sou nimewo (5096), epi gran savan Ibn Baz te klase chèn transmisyon lan kòm bon (Hasan) nan Tuhfat Al-Akhyar (paj 28). Epi nan Sahih la: «Lè yon moun antre lakay li, epi li mansyone Allah nan moman lap antre a ak nan moman lap manje a, Cheytan an di: Pa gen kote pou nou pase nwit la, ni pa gen manje aswè pou nou.» Muslim rapòtel sou nimewo (2018).
Bismillahi walajna, wa bismillahi kharajna, wa 'alallahi rabbina tawakkalna.
12. Lapriyè (Envokasyon) lè prale nan moske a
"O Allah! Mete limyè nan kè mwen, limyè nan lang mwen, limyè nan zòrèy mwen, limyè nan zye mwen, limyè anwo mwen, limyè anba mwen, limyè sou bò dwat mwen, limyè sou bò gòch mwen, limyè devan mwen, ak limyè dèyè mwen. Mete limyè nan nanm mwen, fè limyè a vini abondan pou mwen, ogmante limyè a pou mwen, fè yon limyè pou mwen, epi fè mwen tounen limyè. O Allah! Ban mwen limyè, mete limyè nan nè mwen yo, limyè nan chè mwen, limyè nan san mwen, limyè nan cheve mwen, ak limyè nan po mwen."[33] [33] Gade tout tèks sa yo nan Al-Boukhari (11/116) anba nimewo (3166), ak Mouslim (1/526) anba nimewo (529), (530), ak (763).
Allāhumma-j‘al fī qalbī nūrā, wa fī lisānī nūrā, wa fī sam‘ī nūrā, wa fī basarī nūrā, wa min fawqī nūrā, wa min tahtī nūrā, wa ‘an yamīnī nūrā, wa ‘an shimālī nūrā, wa min amāmī nūrā, wa min khalfī nūrā, waj‘al fī nafsī nūrā, wa a‘dhim lī nūrā, wa ‘adh-dhim lī nūrā, waj‘al lī nūrā, waj‘alnī nūrā, Allāhumma a‘tinī nūrā, waj‘al fī ‘asabī nūrā, wa fī lahmī nūrā, wa fī damī nūrā, wa fī sha‘rī nūrā, wa fī basharī nūrā.
«O Allah ! Mete yon limyè pou mwen nan tonbo mwen...ak yon limyè nan zom[34]. Epi ogmante limyè mwen, ogmante limyè mwen, ogmante limyè mwen![35] E kadom yon limyè sou yon limyè. »[36]. [34] At-Tirmidhi (5/483), nimewo (3419). [35] Rapòte pa Boukhari nan Al-Adab al-Mufrad, anba nimewo (695) (paj 258), epi Al-Albani deklare chèn transmisyon li otantik nan Sahih Al-Adab al-Mufrad nan nimewo (536). [36] Ibn Hajar mansyone li nan Fath Al-Bari, epi li atribiyel bay Ibn Abi Asim nan liv Dou'a, gade Al-Fath (11/118) epi li di: Konsa, apati varyasyon ki genyen nan narasyon yo, sa vin rasanble vennsenk 25 kalite.
Allāhummaj‘al lī nūran fī qabrī... wa nūran fī ‘idhāmī, wa zidnī nūrā, wa zidnī nūrā, wa zidnī nūrā, wa hab lī nūran ‘alā nūr.
13. Priyè pou antre nan moske a
(Li kòmanse ak pye dwat li)[37], epi li di: « Mwen chache pwoteksyon nan men Allah ki gran anpil la, nan men figi Li ki plen lagras, ak nan pouvwa Li ki la depi nan tan lontan, kont Satan yo chase a. »[38] [37] Daprè sa Anas bin Malik (ke Allah satisfè avè l) te di: «Pami Sunnah a, se mete pye dwat ou anvan lè wap antre nan moske a, epi mete pye gòch ou anvan lè wap soti», Al-Hakim rapòtel (1/218), li otantifyel daprè kondisyon Muslim yo, epi Al-Dhahabi dakò avèk li, Al-Bayhaqi rapòtel tou (2/442), epi Al-Albani klasifyel kòm bon nan Silsilat Al-Ahadith Al-Sahiha (5/624) sou nimewo (2478). [38] Abu Dawud nimewo (466), epi gade: Sahih Al-Jami' nimewo (4591).
Aouzou bilahi al azim, wa biwadjhihi al karim, wa soultanihi al kadim, minach chaytani ar radjim. « Nan non Allah, epi Lapriyè (benediksyon Allah) [39]ak lapè tonbe sou Mesaje Allah a. »[40] [39] Rapòte pa Ibn As-Sunni, nimewo (88), ak Al-Albani klasel kòm bon nan Ath-Thamar Al-Mustatab, (paj 607). [40] Abu Dawud (1/126) ak nimewo (465), epi gade: Sahih Al-Jami' (1/528).
Bismillāh, was-salātu was-salāmu ‘alā rasūlillāh. "« O Allah, louvri pou mwen pòt mizèrikòd Ou yo »[41]." [41] Mouslim (1/494) nimewo (713), epi nan Sounan Ibn Majah dapre adis Fatima (se pou Allah agreye l): «O Allah, padone pechem yo, epi louvri pòt mizèrikòd ou yo pou mwen», epi Albani klasel otantik akòz prèv ki korel yo. Gade: Sahih Ibn Majah (1/128) nimewo (129).
14. Lapriyè (Envokasyon) lè wap soti nan moske a
(Li kòmanse ak pye gòch li)[42] epi li di: « Nan non Allah, se pou benediksyon ak lapè tonbe sou Mesaje Allah a, » [42] Al-Hakim (1/218), ak Al-Bayhaqi (2/442), epi Al-Albani klase li kòm Hasan nan Silsilah Al-Ahadith As-Sahihah (5/624) anba nimewo (2478), epi referans li te deja mansyone anvan sa.
Bismillāhi was-salātu was-salāmu ‘alā rasūlillāh, O Allah ! Mwen mandew nan favè (bonte ak richès) ou,
Allāhumma innī as’aluka min faḍlik, O Allah ! Pwotejem (prezèvem) kont Satan yo chase a (yo voye wòch sou li a).[43] [43] Gade referans adit anvan an nan priyè pou lè wap antre nan moske a, nimewo (20), ansanm ak adisyon sa a : « O Allah, pwotejem kont Cheytàn ki modi a » daprè Ibn Majah. Gade : Sahih Ibn Majah (1/129).
15. Azkar al-Azan: Priyè ak evokasyon ki rekòmande pou moun di lè yap tande Azan lan
Li repete menm sa moun kap fè apèl lapriyè a (mwezen an) ap di, eksepte lè li di: (Vini nan lapriyè, vini nan siksè), kote li di pito : «Pa gen okenn mwayen ni okenn fòs si se pa avèk pèmisyon Allah»[44]. [44] Al-Boukhari (1/152) anba nimewo (611) ak (613), ak Mouslim (1/288) anba nimewo (383).
Li di: «Epi mwen temwaye pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, li sèl, li pa gen asosye, epi Muhammad se sèvitè Li ak mesaje Li, mwen satisfè ak Allah kòm Mèt, ak Muhammad kòm Mesaje, epi ak Islam kòm relijyon» [45] [45] Muslim (1/290) nimewo (386).
Wa anā ash-hadu an lā ilāha illallāhu waḥdahu lā sharīka lah, wa anna Muḥammadan ‘abduhū wa rasūluh, raḍītu billāhi Rabbā, wa bi-Muḥammadin Rasūlā, wa bil-islāmi dīnā. (Li di sa aprè temwanyaj mwezin nan)[46]. [46] Ibn Khuzayma (1/220).
(Li fè lapriyè sou Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) aprè li fin reponn mwezin nan)[47]. [47] Muslim (1/288) nimewo (384).
Li di: « O Allah ! Mèt apèl pafè sa a, ak lapriyè ki pral kanpe a, akòde Muhammad plas ki pi wo a (Al-Wasīlah) ansanm ak gwo ran onè a (Al-Faḍīlah), epi voye li nan pozisyon plen louwanj ou te pwomèt li a, [anverite, Ou pa janm kase pwomès Ou]. »[48] [48] Al-Bukhari (1/152) anba nimewo (614), epi sa ki ant kwochè yo se pou Al-Bayhaqi (1/410), epi Gran Savan Abdul Aziz bin Baz, se pou Allah fè li mizerikòd, te klase chenn transmisyon li an kòm bon (Hasan) nan Tuhfat Al-Akhyar (p. 38).
Allāhumma Rabba hādhihid-da‘watit-tāmmah, waṣ-ṣalātil-qā’imah, āti Muḥammadanil-wasīlata wal-faḍīlah, wab‘ath-hu maqāmam maḥmūdanil-ladhī wa‘adtah, [innaka lā tukhliful-mī‘ād].
(Li fè lapriyè [envokasyon] pou tèt pa li ant premye apèl la ak dezyèm apèl la, paske lapriyè nan moman sa a pa janm rejte).[49] [49] at-Tirmidhi nimewo (3594) ak (3595), ak Abou Dawoud nimewo (525), ak Ahmad nimewo (12200), epi gade: Irwa al-Ghalil (1/262).
16. Lapriyè (Envokasyon) pou ouvri lapriyè a
«O Allah, mete yon distans ant mwen menm ak pechem yo, menm jan Ou mete distans ant kote solèy leve ak kote solèy kouche. O Allah, netwaye pechem yo, menm jan yo netwaye yon rad blan pou retire tout tach sou li. O Allah, lave pechem yo, ak lanèj, ak dlo, epi ak lagrèl»[50]. [50] Boukari (1/181) nan nimewo (744), ak Mouslim (1/419) nan nimewo (598).
"O Allah, glwa pou ou ak lwanj pou ou, non ou gen benediksyon, grandè ou anlè nèt, epi pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon an Sèlman ou menm." [51] [51] Mouslim nimewo (399), ak otè 4 Sounan yo: Abou Dawoud nimewo (775), at-Tirmidhi nimewo (243), Ibn Majah nimewo (806), ak an-Nasa'i nimewo (899), epi gade: Sahih at-Tirmidhi (1/77), ak Sahih Ibn Majah (1/135).
Subḥānakallāhumma wa bi-ḥamdika, wa tabārakasmuka, wa ta‘ālā jadduka, wa lā ilāha ghayruk.
« Mwen vire figim kòm yon kwayan fidèl (sensè) vè Sila a ki te kreye syèl yo ak latè a, epi mwen pa nan moun kap asosye lòt bagay ak Allah yo. Anverite, lapriyè mwen, sakrifis mwen, lavi mwen, ak lanmò mwen, se pou Allah sèl yo ye, Mèt tout linivè a. Li pa gen okenn asosye, se sa yo te kòmandem poum fè, epi mwen se youn nan moun ki soumèt yo (mizilman). O Allah ! Se Ou menm ki Wa a, pa gen lòt dye apa Ou menm. Ou se Senyè mwen, epi mwen se sèvitè Ou. Mwen te fè pwòp tèt mwen enjistis, mwen rekonèt pechem yo; padone tout pechem yo nèt, paske pèsonn pa ka padone peche si se pa Ou menm. Gidem nan pi bon konpòtman yo, pa gen pèsonn ki ka gide nan sa ki pi bon an si se pa Ou menm, epi retire move konpòtman yo sou mwen, pa gen pèsonn ki ka retire move konpòtman yo sou mwen si se pa Ou menm. Men mwen la a sou lòd Ou, toujou pare poum sèvi Ou; tout sa ki bon nan men Ou, epi sa ki mal pa ka atribiye vè Ou. Mwen egziste gras avèk Ou epi se vè Ou menm map retounen. Ou beni epi Ou elve pi wo pase tout bagay. Mwen mande Ou padon, epi mwen repanti tounen vin jwenn Ou. »[52] [52] Rapòte pa Mouslim (1/534), anba nimewo (771).
Wajjahtu wajhiya lilladhī faṭaras-samāwāti wal-arḍa ḥanīfā, wa mā anā minal-mushrikīn. Inna ṣalātī, wa nusukī, wa maḥyāya, wa mamātī lillāhi Rabbil-‘ālamīn, lā sharīka lah, wa bi-dhālika umirtu wa anā minal-muslimīn. Allāhumma Antal-Malik, lā ilāha illā Ant, Anta Rabbī wa anā ‘abduk. Dhalamtu nafsī wa‘taraftu bi-dhambī, fagh-fir lī dhunūbī jamī‘ā, innahū lā yaghfirudh-dhunūba illā Ant. Wah-dinī li-aḥsanil-akhlāq, lā yahdī li-aḥsanihā illā Ant, waṣ-rif ‘annī sayyi’ahā, lā yaṣrifu ‘annī sayyi’ahā illā Ant. Labbayka wa sa‘dayk, wal-khayru kulluhū bi-yadayk, wash-sharru laysa ilayk. Anā bika wa ilayk, tabārakta wa ta‘ālayt, astaghfiruka wa atūbu ilayk.
« O Allah ! Mèt Jabriyèl (Jibril), Mikayèl (Mika'il), ak Israfil; Kreyatè syèl yo ak latè a; Sila a ki konnen sa ki kache ak sa ki parèt aklè; Se Ou menm kap jije ant sèvitè Ou yo nan sa yo te konn pa dakò sou li a. Gidem, avèk pèmisyon Ou, vè laverite nan sa yo pat antann yo sou li a; anverite, Ou gide moun Ou vle sou chemen ki dwat la. »[53] [53] Rapòte pa Mouslim (1/534), anba nimewo (770).
Allāhumma Rabba Jibrā’īla, wa Mīkā’īla, wa Isrāfīl, Fāṭiras-samāwāti wal-arḍ, ‘Ālimal-ghaybi wash-shahādati Anta taḥkumu bayna ‘ibādika fīmā kānū fīhi yakhtalifūn, ihdinī limakh-tulifa fīhi minal-ḥaqqi bi-idhnika innaka tahdī man tashā’u ilā ṣirāṭim-mustaqīm.
« Allah se Pi Gran an avèk yon vrè grandè, Allah se Pi Gran an avèk yon vrè grandè, Allah se Pi Gran an avèk yon vrè grandè; anpil lwanj pou Allah , anpil lwanj pou Allah, anpil lwanj pou Allah epi glwa pou Allah maten ak swa. »
Allāhu akbaru kabīrā, Allāhu akbaru kabīrā, Allāhu akbaru kabīrā, wal-ḥamdu lillāhi kathīrā, wal-ḥamdu lillāhi kathīrā, wal-ḥamdu lillāhi kathīrā, wa subḥānallāhi bukrataw-wa aṣīlā. 3 fwa « Mwen chèche pwoteksyon bò kote Allah kont Satan : kont lògèy li (gonfleman li), kont sòsèlri maji li (move souf li), ak kont foli li (move panse li). »[54] [54] Abu Dawud rapòtel (1/203) sou nimewo (764), Ibn Majah (1/265) sou nimewo (807), ak Ahmad (4/85) sou nimewo (16739). Shu'ayb Al-Arna'ut te di nan verifikasyon li fè pou Musnad la: "Li Hasan lighayrihi (li bon grasa lòt rapò)". Abdul Qadir Al-Arna'ut te di nan klasman (Takhrij) li fè pou liv Al-Kalim At-Tayyib Ibn Taymiyyah a sou nimewo (78): "Li se yon adis Sahih (otantik) grasa lòt prèv ki soutni l yo". Al-Albani mansyone l nan Sahih Al-Kalim At-Tayyib sou nimewo (62). Muslim rapòte yon vèsyon nan menm sans lan dapre Ibn Umar, se pou Allah agreye yo toule de, epi li gen yon istwa ladan l (1/420) sou nimewo (601).
A‘ūdhu billāhi minash-shayṭān: min nafkhihī, wa nafthihī, wa hamzih.
«O Allah, tout lwanj se pou Ou[55], Ou se Limyè syèl yo ak tè a ansanm ak tout sa ki ladan yo, epi tout lwanj se pou Ou, Ou se Sila a kap soutni syèl yo ak tè a ansanm ak tout sa ki ladan yo, [epi tout lwanj se pou Ou, Ou se Seyè syèl yo ak tè a ansanm ak tout sa ki ladan yo] [epi tout lwanj se pou Ou, dominasyon syèl yo ak tè a ansanm ak tout sa ki ladan yo se pou Ou] [epi tout lwanj se pou Ou, Ou se Wa syèl yo ak tè a] [epi tout lwanj se pou Ou] [Ou se Verite a, epi pwomès Ou se verite, pawòl Ou se verite, rankontre avèk Ou se verite, Paradi a se verite, Dife a se verite, Pwofèt yo se verite, Muhammad (Ke lapè ak Benediksyon Allah kouvril) se verite, epi Lè a se verite] [O Allah, se pou Ou mwen soumèt tèt mwen, se sou Ou mwen plase konfyans mwen, se nan Ou mwen kwè, se jwenn Ou mwen retounen repanti, se gras a Ou mwen lite, epi se devan Ou mwen chèche jijman. Kidonk, padonem pou sam te fè nan pase ak sa map fè alavni, sa mwen fè an sekrè ak sa mwen fè aklè] [epi sa Ou konnen pi byen pasem] [Ou se Sila a ki fè avanse a, epi Ou se Sila a ki fè retade a, pa gen okenn dye esepte ou menm sèl] [Ou se senyè mwen, pa gen okenn dye apa Ou] [epi pa gen okenn fòs ni okenn pouvwa eksepte nan Allah]»[56]. [55] Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvril) te konn di sa lèl te leve nan mitan lannwit poul fè lapriyè (Tahajjud). [56] Al-Bukhari avèk Al-Fath (3/3) ak (11/116) ak (13/371) nimewo (423) ak (465) ak (1120) ak (6317) ak (7385) ak (7442) ak (7499), epi Muslim an rezime nan menm sans lan (1/532) nimewo (769).
Allāhumma lakal-ḥamd, Anta nūrus-samāwāti wal-arḍi wa man fīhinn, wa lakal-ḥamdu Anta qayyimus-samāwāti wal-arḍi wa man fīhinn, [wa lakal-ḥamdu Anta Rabbus-samāwāti wal-arḍi wa man fīhinn], [wa lakal-ḥamdu laka mulkus-samāwāti wal-arḍi wa man fīhinn], [wa lakal-ḥamdu Anta Malikus-samāwāti wal-arḍ], [wa lakal-ḥamd], [Antal-Ḥaqq, wa wa‘dukal-ḥaqq, wa qawlukal-ḥaqq, wa liqā’ukal-ḥaqq, wal-jannatu ḥaqq, wan-nāru ḥaqq, wan-nabiyyūna ḥaqq, wa Muḥammadun ﷺ ḥaqq, was-sā‘atu ḥaqq]. [Allāhumma laka aslamt, wa ‘alayka tawakkalt, wa bika āmant, wa ilayka anabt, wa bika khāṣamt, wa ilayka ḥākamt. Faghfir lī mā qaddamtu wa mā akh-khart, wa mā asrartu wa mā a‘lant], [wa mā Anta a‘lamu bihī minnī]. [Antal-Muqaddimu wa Antal-Mu’akh-khir, lā ilāha illā Ant], [Anta ilāhī lā ilāha illā Ant], [wa lā ḥawla wa lā quwwata illā billāh].
17. Lapriyè (Envokasyon) nan pozisyon koube a (Rukū‘)
« Glwa pou Mèt mwen, Sila a ki Pi Gran an (ki gen tout grandè a). »
Subḥāna Rabbiyal-‘Aẓīm. 3 fwa[57]. [57] Rapòte pa otè Sounan yo, ak Ahmed: Abou Dawoud, anba nimewo: (870), At-Tirmidhi, anba nimewo: (262), An-Nasa'i, anba nimewo: (1007), Ibn Majah, anba nimewo: (897), ak Ahmed, anba nimewo: (3514), epi gade: Sahih At-Tirmidhi (1/83).
« Glwa pou Ou, O Allah, Mèt nou, ansanm ak tout louwanj pou Ou. O Allah ! Padone m. »[58] [58] Al-Bukhari (1/ 99) nimewo (794), ak Muslim (1/ 350) nimewo (484).
« Li pafè, Li sen, Senyè tout zanj yo ak Lespri a . »[59] [59] Mouslim (1/ 353) nimewo (487), ak Abou Dawoud (1/ 230) nimewo (872).
Soubbouhoun, Kouddousoun, Rabboul malaikati warrouh.
« O Allah ! Se devan ou mwen bese, se nan ou mwen kwè, se ba ou menm mwen soumèt. Zòrèy mwen, zye mwen, sèvo mwen, zo mwen, venn (nèf) mwen, [ak tout sa pye map sipòte] soumèt avèk imilite devan ou»[60] [60] Mouslim (1/ 534) anba nimewo (771), ak 4 yo eksepte Ibn Majah: Abou Dawoud anba nimewo (760) ak (761), ak At-Tirmidhi anba nimewo (3421), ak An-Nasa'i anba nimewo (1049), e sa ki ant kwochè yo se tèks Ibn Khouzaymah, anba nimewo (607), ak Ibn Hibban, anba nimewo (1901).
Allahumma laka raka'tu, wa bika amantu, wa laka aslamtu, khasha'a laka sam'i, wa basari, wa mukhkhi, wa 'azmi, wa 'asabi, [wa mastaqallat bihi qadami].
« Glwa pou Sila ki posede pouvwa absoli a, dominasyon an, majeste a ak grandè a » [61] [61] Abou Dawoud (1/230), nimewo (873), ak An-Nasa'i, nimewo (1131), ak Ahmad, nimewo (23980), epi chèn transmisyon li bon.
Soub'hâna dhil-djabarooti, wal-malakooti, wal-kibriyâ-i, wal-'azamah
18. Priyè pou leve soti nan pozisyon 'Ruku' a (pozisyon kote li te bese / panche a)
«Allah koute moun ki fè lwanj pou Li.»[62] [62] Al-Bukhari avèk Al-Fath (2/282) nimewo (796).
Sami'a-llâhou liman hamidah
«O Mèt nou, se pou ou tout lwanj ye, yon lwanj ki anpil, ki pi, e ki plen benediksyon.»[63] [63] Al-Bukhari avèk Al-Fath (2/284) nimewo (796).
Rabbanâ wa lakal-hamd, hamdan kathîran tayyiban moubârakan fîh.
[Lwanj] ki plen syèl yo, ki plen latè a, ki plen sa ki nan mitan yo 2 a, e ki plen tout lòt bagay ou vle ankò. Ou menm ki merite tout lwanj ak glwa! Se pawòl ki pi veridik yon sèvitè ka di, epi nou tout se sèvitèw. O Allah Pèsonn pa ka anpeche sa ou bay, pèsonn pa ka bay sa ou refize, epi richès oswa pouvwa yon moun rich pa ka sèvi li anyen devan ou (se sèlman sa ou ba li ki ka sovel).[64] [64] Muslim (1/ 346) nimewo (477).
Mil'as-samâwâti wa mil'al-ardi, wa mâ baynahoumâ, wa mil'a mâ chi'ta min chay'in ba'd. Ahlath-thanâ'i wal-majd, ahaqqou mâ qâlal-'abd, wa koullounâ laka 'abd. Allâhoumma lâ mâni'a limâ a'tayt, wa lâ mou'tiya limâ mana't, wa lâ yanfa'ou dhal-jaddi minkal-jadd.
19. Priyè pou lè wap mete tèt atè (pwostènasyon).
«Lwanj pou Mèt mwen, Sila a ki pi Wo a.»
Soub'hâna Rabbiyal-A'lâ 3 fwa [65]. [65] Rapòte pa Ahl As-Sounan, ak Ahmad: Abou Dawoud, anba nimewo (870), At-Tirmidhi, anba nimewo (262), An-Nasa'i, anba nimewo (1007), Ibn Majah, anba nimewo (897), ak Ahmad, anba nimewo (3514), epi gade: Sahih At-Tirmidhi (1/83).
Lwanj pou ou, O Allah Mèt nou, epi avèk lwanj ou. O Allah padonnen mwen.[66] [66] Al-Bukhari anba nimewo (794), ak Muslim anba nimewo (484), epi li te site deja anba nimewo (34).
«Sila a ki pi sen, san okenn defo, Mèt tout zanj yo ak Lespri a»[67] [67] Muslim (1/533) nimewo (487), ak Abu Dawud nimewo (872), epi li te site deja nan nimewo (35).
Soubboohoun, Qouddoosoun, Rabboul-malâ'ikati war-rooh
O Allah ! Se devan ou mwen mete tèt atè (pwostène), se nan ou mwen kwè, epi se ba ou mwen soumèt. Figim pwostène devan Sila a ki kreyel la, ki ba li fòm, ki louvri zòrèy li ak zyel. Beni swa Allah, Pi Bon nan tout kreyatè yo.[68] [68] Muslim (1/534) nimewo (771), ak lòt ankò.
Allâhoumma laka sajadtou, wa bika âmantou, wa laka aslamtou, sajada wajhiya lilladhî khalaqahou, wa sawwarahou, wa chaqqa sam'ahou wa basarahou, tabâraka-llâhou ahsanoul-khâliqîn.
Lwanj pou Li menm ki gen tout pouvwa a, tout wayòm nan, tout grandè a, ak tout majeste a.[69] [69] Abou Dawoud (1/230) anba nimewo (873), ak An-Nasa'i anba nimewo (1131), ak Ahmad anba nimewo (23980), epi Al-Albani te otantifye li nan Sahih Abou Dawoud (1/166), epi referans li te deja pase anba nimewo (37).
Soub'hâna dhil-djabarooti, wal-malakooti, wal-kibriyâ-i, wal-'azamah.
O Allah ! Padonnen tout pechem yo nèt: sa ki piti ak sa ki gwo, sa ki te fèt anvan ak sa ki fèt aprè, sa ki fèt an piblik ak sa ki fèt an sekrè.[70] [70] Muslim (1/ 230) nimewo (483).
Allâhoummagh-fir lî dhanbî koullah: diqqahou wa djillah, wa awwalahou wa âkhirah, wa 'alâniyyatahou wa sirrah.
O Allah ! Mwen chèche pwoteksyon nan satisfaksyon ou kont kolèw, nan padon ou (gras ou) kont pinisyon ou, epi mwen chèche pwoteksyon nan ou menm kont ou menm (kont kolè w). Mwen pa ka konte tout lwanj ou merite; ou se egzakteman jan ou fè lwanj pou pwòp tèt ou a.[71] [71] Muslim (1/352) nimewo (486).
Allāhumma innī a‘ūzu bi-riḍāka min sakhaṭik, wa bi-mu‘āfātika min ‘uqūbatik, wa a‘ūzu bika mink, lā uḥṣī thanā’an ‘alayk, anta kamā athnayta ‘alā nafsik.
20. Lapriyè (envokasyon) lèw chita ant 2 Soudjoud (pwostènasyon ) yo.
Senyè mwen, padonnem; Senyè mwen, padonnem.[72] [72] Abu Dawud (1/231) nimewo (874), ak Ibn Majah nimewo (897), epi gade: Sahih Ibn Majah (1/148).
"«O Allah! Padonem, gen mizèrikòd pou mwen, gidem, ranplase sa mwen pèdi yo/ranfòsem, ban mwen lasante, ban mwen mwayen pou mwen viv, epi elvem.»[73]." [73] Rapòte pa otè Sounan yo eksepte An-Nasa'i: Abou Dawoud (1/231) anba nimewo (850), At-Tirmidhi anba nimewo (284) ak (285), ak Ibn Majah anba nimewo (898), epi gade: Sahih At-Tirmidhi (1/90), ak Sahih Ibn Majah (1/148).
Allâhoumma-ghfir lî, war-hamnî, wah-dinî, waj-bournî, wa ‘âfinî, war-zouqnî, war-fa‘nî
21. Lapriyè (envokasyon) pou pwostènasyon lekti a (lè wap li Koran an).
Figi mwen pwostène devan Sila a ki te kreyel la, ki te louvri zòrèy ak zyel gras avèk pwisans li ak fòs li; benediksyon pou Allah, pi bon nan kreyatè yo.
Sajada wajhiya lilladhî khalaqahou, wa chaqqa sam‘ahou wa basarahou bihawlihi wa qouwwatihi, fatabârak-Allâhou ahsanoul-khâliqîn [Al-Mu’minun: 14] [74]. [74] At-Tirmidhi (2/474) ak nimewo (3425), ak Ahmad (6/30) ak nimewo (24022), ak Al-Hakim, ki te otantifyel epi Adh-Dhahabi te dakò avèl (1/220), epi pati anplis la se pou li.
O Allah, ekri yon rekonpans pou mwen bò kotew Gras avèk li (pwostènasyon sa a), retire yon fado (peche) sou mwen grasa li, konsèvel kòm yon trezò pou mwen bò kotew, epi akseptel menm jan ou te akseptel nan men sèvitèw David.[75] [75] At-Tirmidhi (2/473) sou nimewo (579), ak Al-Hakim ki deklare li otantik epi Ad-Dhahabi dakò avèk li (1/219).
Allahoumma-ktoub lî bihâ ‘indaka adjran, wa da‘ ‘annî bihâ wizran, wadj‘alhâ lî ‘indaka zoukhran, wa taqabbalhâ minnî kamâ taqabbaltahâ min ‘abdika Dâwoûd.
22. 'Tachahoud' la.
« Tout salitasyon, tout lapriyè ak tout bon bagay se pou Allah sèlman. Se pou lapè, mizèrikòd Allah ak benediksyon li yo sou ou, o Pwofèt. Se pou lapè sou nou epi sou tout bon sèvitè Allah yo. Mwen temwanye pa gen lòt dye Sèlman Allah sèl la, epi mwen temwanye Mouhamad se sèvitèl ak mesaje li. »[76] [76] Al-Bukhari avèk Al-Fath (2/311) nimewo (831), ak Muslim (1/301) nimewo (402).
23. Lapriyè sou Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) aprè Tachahoud la
« O Allah, vide gras ak benediksyon ou sou Mouhamad epi sou fanmi Mouhamad, menm jan ou te vide gras sou Abraram ak sou fanmi Abraram. Vrèmanvre, ou merite louwanj epi ou plen laglwa. O Allah voye benediksyon ou sou Mouhamad epi sou fanmi Mouhamad, menm jan ou te beni Abraram ak fanmi Abraram. Vrèmanvre, ou merite louwanj epi ou plen laglwa. »[77] [77] Al-Bukhari avèk Al-Fath (6/ 408) nimewo (3370), ak Muslim nimewo (406).
O Allah, vide benediksyon ak lapè sou Muhammad, sou madanm li yo ak sou tout desandan li yo, menm jan ou te beni fanmi Abraram nan. Epi vide benediksyon sou Muhammad, sou madanm li yo ak sou tout desandan li yo, menm jan ou te beni fanmi Abraram nan. Se toutbon vre ou merite louwanj epi ou plen ak glwa.[78] [78] Al-Boukhari avèk Al-Fath (6/407) anba nimewo (3369), ak Mouslim (1/306) anba nimewo (407), ak vèsyon an se pa li.
Allawoumma salli 'ala Mouhammadin wa 'ala azwajihi wa zourriyyatihi, kama sallayta 'ala aali Ibrahima, wa barik 'ala Mouhammadin wa 'ala azwajihi wa zourriyyatihi, kama barakta 'ala aali Ibrahima, innaka Hamidoun Majid.
24. Siplikasyon aprè dènye Tachahoud la anvan Salam nan.
O Allah, mwen chèche pwoteksyon bò kotew kont chatiman tonb lan, kont chatiman lanfè a, kont eprèv lavi a ak lanmò a, epi kont malveyans eprèv fo Mesi a (Anti-Kris la / Dadjal).[79] [79] Al-Boukhari (2/102) nimewo (1377), ak Mouslim (1/412) nimewo (588), epi tèks la se pa Mouslim lan.
OAllah, mwen chèche pwoteksyon bò kote ou kont chatiman tonb lan, mwen chèche pwoteksyon bò kotew kont eprèv fo Mesi a (Anti-Kris la), mwen chèche pwoteksyon bò kotew kont eprèv lavi a ak lanmò a. O Allah, mwen chèche pwoteksyon bò kotew kont peche ak dèt ki twò lou pou peye."[80] [80] Al-Bukhari (1/202) nimewo (832), ak Muslim (1/412) nimewo (587).
Allawoumma inni a'oudhou bika min 'adhabi-l-qabri, wa a'oudhou bika min fitnati-l-masihi-d-dadjal, wa a'oudhou bika min fitnati-l-mahya wal-mamati, Allawoumma inni a'oudhou bika mina-l-ma'thami wal-maghram.
O Allah, mwen te fè tèt mwen anpil enjistis (ak anpil peche), e pèsonn pa ka padone peche apa ou menm. Tanpri, banm yon padon ki soti dirèkteman nan ou epi fèm mizèrikòd. Se toutbon vre, se ou menm sèl ki Toujou Pare Pou Padone epi ki Gen Plen Mizèrikòd."[81] [81] Al-Bukhari (8/168) nimewo (834), ak Muslim (4/2078) nimewo (2705).
Allawoumma inni zhalamtou nafsi zhoulman kathiran, wa la yaghfirou-dh-dhounouba illa anta, faghfir li maghfiratan min 'indika warhamni, innaka anta-l-Ghafourou-r-Rahim.
"O Allah ! padonem pou sam te fè deja ak sa gen poum fè pi devan, sam te fè an sekrè ak sam te fè an piblik, tout kotem te depase limit, ak tout sa ou konnen sou mwen pi byen pase mwen menm. Se ou menm ki mete moun pi devan, epi se ou menm ki mete moun dèyè. Pa gen lòt dye vre apa ou menm."[82] [82] Muslim (1/534) nimewo (771).
Allawoumma-ghfir li ma qaddamtou, wa ma akh-khartou, wa ma asrartou, wa ma a'lantou, wa ma asraftou, wa ma anta a'lamou bihi minni, anta-l-Mouqaddimou, wa anta-l-Mou'akh-khirou la ilaha illa ant.
O Bondye (Allah), ede m sonje w (epi repete non w), di w mèsi (pou tout favè w), epi adore w nan pi bon fason posib."[83] [83] Abu Dawud (2/86) nimewo (1522), ak An-Nasa'i (3/53) nimewo (2302), epi Al-Albani otantifye li nan Sahih Abu Dawud (1/284).
Allawoumma a'inni 'ala dhikrika, wa choukrika, wa housni 'ibadatika.
O Allah, mwen chèche pwoteksyon bò kotew kont kras (moun ki vle tout bgay pou li, ki jalou pou sa moun posede), mwen chèche pwoteksyon bò kotew kont kapon (lachte), mwen chèche pwoteksyon bò kotew poum pa tonbe nan vyeyès ki degrade lespri ak kòm, epi mwen chèche pwoteksyon bò kotew kont tantasyon lavi sou tè a ansanm ak chatiman tonbo an.[84] [84] Al-Bukhari avèk Al-Fath (6/35) nimewo (2822) ak (6390).
Allawoumma inni a'oudhou bika mina-l-boukhli, wa a'oudhou bika mina-l-joubni, wa a'oudhou bika min an ouradda ila ardhalil-'oumouri, wa a'oudhou bika min fitnati-d-dounya wa 'adhabi-l-qabr.
O Allah, mwen mandew paradi a, epi mwen chèche pwoteksyon bò kotew kont dife lanfè a.[85] [85] Abu Dawud nimewo (792), ak Ibn Majah nimewo (910), epi gade: Sahih Ibn Majah (2/328).
Allawoumma inni as'alouka-l-jannata wa a'oudhou bika mina-n-nar.
O Allah, gras ak konesans ou genyen sou sa ki kache ak pouvwa ou genyen sou kreyasyon an, kitem viv toutotan ou konnen lavi a se yon bon bagay pou mwen, epi pran nanm mwen si ou konnen lanmò a pi bon pou mwen. O Allah, mwen mandew poum gen lakrentif pou ou kit se an sekrè kit se devan tout moun. Mwen mandew poum toujou di laverite, kit mwen kontan kit mwen an kòlè. Mwen mandew moderasyon (ekilib), kit mwen rich kit mwen pòv. Mwen mandew yon lajwa ak byenèt ki pap janm fini, ak yon satisfaksyon pou kèm ki pap janm koupe. Mwen mandew poum aksepte volonte ou ak kè poze aprè ou fin pase lòd ou. Mwen mandew yon dousè lavi aprè lanmò. Mwen mande ou plezi poum kontanple vizaj ou, ak anvi poum rankontrew san mwen pa pase anba yon malè ki krazem, ni anba yon tantasyon ki pèdim. O Allah, dekore nou ak bote lafwa a, epi fè nou tounen gid ki byen gide."[86] [86] An-Nasa'i (3/54) (55), anba nimewo (1304), ak Ahmad (4/364), anba nimewo (21666), epi Al-Albani deklare li otantik nan Sahih An-Nasa'i (1/281).
Allawoumma bi'ilmika-l-ghayba wa qoudratika 'ala-l-khalqi ahyini ma 'alimta-l-hayata khayran li, wa tawaffani idha 'alimta-l-wafata khayran li. Allawoumma inni as'alouka khachyataka fi-l-ghaybi wash-chahadah, wa as'alouka kalimata-l-haqqi fi-r-rida wal-ghadab, wa as'alouka-l-qasda fi-l-ghina wal-faqr, wa as'alouka na'iman la yanfad, wa as'alouka qourrata 'aynin la tanqati', wa as'alouka-r-rida ba'da-l-qada', wa as'alouka barda-l-'aychi ba'da-l-mawt, wa as'alouka ladhdhata-n-nazhari ila wadjhika, wach-chawqa ila liqa'ika fi ghayri darra'a moudirrah, wa la fitnatin moudillah. Allawoumma zayyinna bi zinati-l-iman, wadj'alna houdaatan mouhtadin.
"O Allah, mwen sipliyew, o Allah, paske se ou menm ki Sila a Ki Sèl la (Al-Wahid), Sila a Ki Inik la (Al-Ahad), Moun tout kreyasyon an bezwen epi ki pa bezwen pèsonn lan (As-Samad), Sila a ki pat fè pitit epi yo pat fèl la, epi ki pa gen okenn egal ditou; mwen mandew pouw padone pechem yo. Se toutbon vre, se ou menm sèl ki Toujou Pare Pou Padone epi ki Gen Plen Mizèrikòd." [87] [87] Rapòte pa An-Nasa'i, (3/ 52) nimewo (1300) ak tèks pa li a, ak Ahmad (4/338) nimewo (18974), e Al-Albani deklarel otantik nan Sahih An-Nasa'i (1/280).
Allawoumma inni as'alouka ya Allahou bi-annaka-l-Wahidou-l-Ahadou-s-Samadou-l-ladhi lam yalid wa lam youlad, wa lam yakoun lahou koufouwan ahad, an taghfira li dhounoubi, innaka anta-l-Ghafourou-r-Rahim.
O Allah, mwen sipliyew paske se pou ou menm tout louwanj ye, pa gen lòt dye Sèlman ou menm, ou sèl san asosye, ou menm ki Plen Jenewozite (Al-Mannan). O Kreyatè syèl la ak tè a san modèl ki te egziste anvan, o Sila a ki Gen Tout Majeste ak Tout Jenewozite a, o Sila a Ki Toujou Vivan an, Sila a Ki Soutni tout bagay la! Mwen mandew paradi a, epi mwen chèche pwoteksyon bò kotew kont dife lanfè a.[88] [88] Rapòte pa otè Sunan yo: Abu Dawud nan nimewo (1495), ak At-Tirmidhi nan nimewo (3544), ak Ibn Majah nan nimewo (3858), ak An-Nasa'i nan nimewo (1299), epi gade: Sahih Ibn Majah (2/329).
Allawoumma inni as'alouka bi-anna laka-l-hamd, la ilaha illa anta wahdaka la charika lak, Al-Mannan, ya Badi'a-s-samawati wal-ard, ya Dhal-Jalali wal-Ikram, ya Hayyou ya Qayyoum, inni as'alouka-l-jannata wa a'oudhou bika mina-n-nar.
"O Allah ! mwen sipliyew paske mwen temwanye se ou menm ki Allah, pa gen lòt dye vre apa ou menm, Sila a Ki Inik la (Al-Ahad), Moun tout kreyasyon an bezwen epi ki pa bezwen pèsonn lan (As-Samad), Sila a ki pat fè pitit epi yo pat fèl la, epi ki pa gen okenn egal ditou." [89] [89] Abou Dawoud (2/62) nimewo (1493), ak At-Tirmidhi (5/515) nimewo (3475), ak Ibn Majah (2/1267) nimewo (3857), ak An-Nasa'i nimewo (1300) ak menm mo yo, ak Ahmad nimewo (18974), epi Al-Albani te deklare l otantik nan Sahih An-Nasa'i (1/280), epi gade: Sahih Ibn Majah (2/329), ak Sahih At-Tirmidhi (3/163).
Allawoumma inni as'alouka bi-anni ach-hadou annaka anta-l-Lah, la ilaha illa anta, Al-Ahadou-s-Samadou-l-ladhi lam yalid wa lam youlad, wa lam yakoun lahou koufouwan ahad.
25. Envokasyon (lapriyè ) aprè salitasyon final lapriyè a.
«Mwen mande Allah padon»
Astaghfirou-l-Lah (3 fwa) "O Allah, se ou menm ki Lapè a (As-Salam), epi se nan ou menm lapè soti. Ou beni nèt ale, o Sila a ki Gen Tout Majeste ak Tout Jenewozite a." [90] [90] Muslim (1/414) nimewo (591).
Allawoumma anta-s-Salamou, wa minka-s-salam, tabarakta ya Dhal-Jalali wal-Ikram.
La ilaha illa-l-Lahou wahdahou la charika lah, lahou-l-moulkou wa lahou-l-hamdou wa houwa 'ala koulli chay'in qadir. [3 fwa], "O Allah! pèsonn pa ka anpeche sa ou bay, pèsonn pa ka bay sa ou refize, epi richès ak pozisyon yon moun ki gen pouvwa pap sèvi li anyen devan ou."[91] [91] Al-Bukhari (1/255) nimewo (844), ak Muslim (1/414) nimewo (593), epi sa ki ant kwochè yo se yon adisyon ki soti nan Al-Bukhari nimewo (6473).
La ilaha illa-l-Lahou wahdahou la charika lah, lahou-l-moulkou, wa lahou-l-hamdou, wa houwa 'ala koulli chay'in qadir. La hawla wa la qouwwata illa bil-Lah. La ilaha illa-l-Lah, wa la na'boudou illa iyyah, lahou-n-ni'matou wa lahou-l-fadlou wa lahou-th-thana'ou-l-hasan. La ilaha illa-l-Lahou moukhlisina lahou-d-dina wa law kariha-l-kafiroun. "Glwa pou Allah, lwanj pou Allah, epi Allah se pi gran an."
Soubhanal-Lah, wal-hamdou lil-Lah, wal-Lahou akbar. (33) fwa "Pa gen lòt dye vre apa Allah, li sèl san okenn asosye. Se pou li tout wayòm nan ye, se pou li tout louwanj ye, epi li gen tout pouvwa sou tout bagay."[93] [93] Muslim (1/418) nimewo (597), epi ladan li di: «Moun ki di sa aprè chak lapriyè, pechel yo ap padonnen, menm si yo ta tankou kim lanmè a.»
1-Di: Li se Allah, Sila a ki Inik la (sèl san parèy) 2- Allah, Mèt Siprèm tout kreyasyon an bezwen epi ki pa bezwen pèsonn lan. 3- Li pa fè pitit, epi pèsonn pat fèl (li pat fèt). 4- Epi pa gen pèsonn ki sanble ni egal avèl. [Al-Iklas: 1-4].
1- Di: Mwen chèche pwoteksyon bò kote Mèt douvanjou a (Solèy leve a). 2-Kont mal sa Li te kreye. 3- Epi kont mal fènwa lannwit lan lèl gaye nèt. 4-Epi kont mal moun kap soufle sou ne (pou fè maji ak lougarou). 5-Epi kont mal moun kap fè jalouzi (move zye) lè li manifeste jalouzil. "[Al-Falaq: 1-5]."
1- Di: Mwen chèche pwoteksyon bò kote Mèt lèzòm (tout limanite). 2- Wa lèzòm (Souveren tout limanite). 3- Vrè Dye lèzòm (Sila a tout limanite dwe adore a). 4-Kont mal moun ki konn soufle move lide nan kè a epi ki kouri kache (lè yo mansyone Allah). 5- Sila a ki soufle move panse nan kè (ak lespri) lèzòm. 6-Kit se pami djinn yo (move espri yo), kit se pami lèzòm. [An-Nas:1-6].
Aprè chak lapriyè[94]. [94] Abu Dawud (2/86) nimewo (1523), ak Al-Tirmidhi nimewo (2903), ak Al-Nasa'i (3/68) nimewo (1335), epi gade: Sahih Al-Tirmidhi (2/8). Epi 3 sourat sa yo, yo rele yo: Al-Mu'awwidhat. Gade: Fath Al-Bari (9/62).
« Allah ! Pa gen okenn divinite [ki merite adorasyon] esepte Li menm, Sila a ki toujou vivan an, kap soutni tout bagay la. Ni kabicha, ni dòmi pa janm pran Li. Tout sa ki nan syèl yo ak tout sa ki sou tè a se pou Li. Kiyès ki ka entèsede bò kotel san pèmisyon Li ? Li konnen sa ki devan yo ak sa ki dèyè yo. Epi yo paka anglobe anyen nan konesans Li, esepte sa Li vle. Syèj Li a kouvri syèl yo ak tè a, epi pwoteje yo pa fatige li ditou. Se Li menm ki Trèwo a, Sila ki pi gwo a. 255 » [Al-Baqarah:255] Aprè chak lapriyè[95]. [95] «Nenpòt moun ki resite li aprè chak priyè, pa gen anyen kap anpeche li antre nan Paradi a eksepte lanmò.» An-Nasa'i nan 'Amal Al-Yawm wal-Laylah nimewo (100), ak Ibn As-Sunni nimewo (121), epi Al-Albani otantifye li nan Sahih Al-Jami' (5/339), ak nan Silsilat Al-Ahadith As-Sahihah (2/697), nimewo (972).
Pa gen lòt dye vre sof Allah, li sèl san okenn asosye. Se pou li tout wayòm nan ye, se pou li tout louwanj ye. Li bay lavi epi li bay lanmò, epi li gen tout pouvwa sou tout bagay.
Laa ilaha ill-Allah, wahdahu laa shareeka lah, lahul-mulk, wa lahul-hamd, yuhyee wa yumeet, wa huwa 'alaa kulli shay'in qadeer. 10 fwa aprè lapriyè Maghrib ak Subh [96]. [96] Rapòte pa at-Tirmidhi (5/515), nimewo (3474), ak Ahmad (4/227), nimewo (17990), epi gade referans li nan Zad al-Ma'ad (1/300).
O Allah ! mwen mande Ou yon konesans ki itil, yon pwovizyon ki bon epi ki pwòp , ak aksyon Ou aksepte.
Allahumma innee as'aluka 'ilman naafi'an, wa rizqan tayyiban, wa 'amalan mutaqabbalan. Aprè salam nan lapriyè Fajr la [97]. [97] Ibn Majah anba nimewo (925), ak An-Nasa'i nan 'Amal Al-Yawm wal-Laylah anba nimewo (102), epi gade: Sahih Ibn Majah (1/152), ak Majma' Az-Zawa'id (10/111), epi lap vini anba nimewo (95).
26. Envokasyon (Lapriyè) Salât al-Istikhârah
Djâbir pitit gason Abdallah (se pou Allah kontan ak yo tou 2) te di: Mesaje Allah a (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvril) te konn aprann nou chèche gidans Allah (Istikhârah) nan tout zafè nou nèt, menm jan li te konn aprann nou yon sourat nan liv Koran an; li te konn di: Lè youn nan nou gen entansyon pran yon desizyon oswa fè yon zafè, se poul fè 2 inite lapriyè (rakat) ki pa nan lapriyè obligatwa yo, epi aprè sa se poul di: "O Allah, map mande Ou gidem daprè konesans Ou, map mande Ou fòs daprè tout pouvwa Ou, epi map mande Ou nan gwo favè Ou a; paske Ou menm Ou gen tout pouvwa alòske mwen pa gen pouvwa, Ou menm Ou konnen tout bagay alòske mwen pa konnen anyen, epi se Ou menm ki konnen tout sa ki kache. O Allah, si Ou konnen zafè sa a ,""epi moun nan nonmen bezwen li a"" , se yon bon bagay pou mwen nan relijyon mwen, nan lavim sou tè a, ak nan konsekans li nan lavni , oswa li di: nan prezan mwen ak nan lavni mwen , destinel pou mwen, fasilitel pou mwen, epi mete benediksyon ladan li pou mwen. Men, si Ou konnen zafè sa a se yon move bagay pou mwen nan relijyon mwen, nan lavim sou tè a, ak nan konsekans li nan lavni , oswa li di: nan prezan mwen ak nan lavni mwen — retire li lwen mwen epi retirem lwen li; destine sa ki bon pou mwen kèlkeswa kotel ye a, epi fè kèm akseptel ak kontantman."[98] [98] Al-Boukhari (7/ 162) nimewo (1162).
Allahumma innee astakheeruka bi'ilmika, wa astaqdiruka biqudratika, wa as'aluka min fadlikal-'azeem; fa-innaka taqdiru wa laa aqdir, wa ta'lamu wa laa a'lam, wa Anta 'Allaamul-ghuyoob. Allahumma in kunta ta'lamu anna haadhal-amra — wa yusammee haajatah — khayrun lee fee deenee wa ma'aashee wa 'aaqibati amree — aw qaala: 'aajilihi wa aajilih — faqdurhu lee wa yassirhu lee thumma baarik lee feeh. Wa in kunta ta'lamu anna haadhal-amra sharrun lee fee deenee wa ma'aashee wa 'aaqibati amree — aw qaala: 'aajilihi wa aajilih — fasrifhu 'annee wasrifnee 'anhu waqdur liyal-khayra haythu kaana, thumma ardinee bih.
Moun ki mande Kreyatè a fè chwa pou li, ki pran konsèy nan men kwayan yo, epi ki pran prekosyon nan zafè l, pap janm regrèt. Paske Allah (Glwa pou Li, Trèwo a) te di : "...Epi pran konsèy nan men yo sou zafè yo; men lèw ou fini pran desizyon ou, mete tout konfyans ou nan Allah....." [99] [99] Sourat Al-Imrân: 159.
27. Evokasyon (Lapriyè rapèl) nan maten ak nan aswè.
"Tout louwanj se pou Allah poukont Li, epi se pou benediksyon ak lapè tonbe sou sila a ki pa gen okenn lòt pwofèt aprè li a."[100] [100] Daprè Anas, ki rapòte Pawòl Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvril) : "Chita ansanm ak moun kap envoke Allah ki pi Wo a depi lapriyè maten an (Fadjr) jiskaske solèy la leve pi renmen nan kèm pase libere 4 esklav pami desandan Ismayèl yo; epi chita ansanm ak moun kap envoke Allah depi lapriyè aprèmidi a (Asr) jiskaske solèy la kouche pi renmen nan kèm pase libere 4 esklav." Abou Dawoud rapòtel anba nimewo (3667), epi Al-Albâni klasel kòm bon (hassan) nan Sahih Abi Dawood (2/698).
Mwen chèche pwoteksyon bò kote Allah kont satan (lespri malen an) ki rejte a.
"Allah! Pa gen lòt dye sof Li menm, Sila a ki Viv tout tan an, Sila a ki soutni epi ki kenbe tout bagay ki egziste a. Dòmi pa janm pran li, ni Li pa janm kabicha Se pou Li tout sa ki nan syèl yo ak tout sa ki sou tè a ye. Kilès ki ka plede bò kotel san pèmisyon Li? Li konnen sa ki devan yo (lavni yo) ak sa ki dèyè yo (pase yo). Yo pa ka konprann anyen nan konesans Li, eksepte sa Li vle fè yo konnen. Twòn Li kouvri tout syèl yo ak latè a, epi prezève yo pa ba li okenn traka. Se Li menm ki Pi Wo a, Sila a ki Pi Gran an."255 [Al-Baqarah:255][101]. [101]"Nenpòt moun ki dil lè li leve nan maten, li pwoteje kont djin yo (movèzespri yo) jiskaskel aswè; epi nenpòt moun ki dil nan aswè, li pwoteje kont yo jiskaskel maten." Al-Hâkim rapòtel (1/562), Al-Albâni deklarel natif natal (sahih) nan Sahih at-Targhib wat-Tarhib (1/273), li atribiyel bay An-Nasâ'i ak At-Tabarâni tou, epil di: "Chènn transmisyon At-Tabarâni a bon (jayyid)."
1- Di: Li menm, Allah, Li se Yon sèl. 2-Allah, Sila a tout kreyati bezwen epi ki pa bezwen anyen an. 3- Li pa janm fè pitit, ni Li menm Li pat fèt 4- « Epi pa gen pèsonn ki sanble ak Li, ni ki egal ak Li. » [Al-Iklas: 1-4].
1- Di: Mwen chèche pwoteksyon nan men Mèt douvanjou a, 2-Kont mal tout sa Li kreye, 3- Ak kont mal lannwit lè fènwa a fin gaye nèt, 4-Epi kont mal moun kap soufle sou ne (moun kap fè maji) 5: Epi kont mechanste moun ki jalou lè lap manifeste jalouzi . [Al-Falaq: 1-5].
1-Di: Mwen chèche pwoteksyon nan men Mèt limanite a, 2- Wa lèzòm. 3- Sèl Vrè Allah limanite a, 4- Kont mal tantatè trèt la, kap kache pou vin mete move lide nan tèt moun 5 -Sila a ki vin mete move panse anndan kè moun yo. 6- Kit li soti nan move lespri (djin yo), kit li soti nan mitan lèzòm. [An-Nas:1-6] (3 fwa)[102]. [102] «Nenpòt moun ki di li 3 fwa nan maten ak nan aswè, lap sifi li pou tout bagay.» Abu Dawud rapòte li (4/322) anba nimewo (5082), ak At-Tirmidhi (5/567) anba nimewo (3575), epi gade: Sahih At-Tirmidhi (3/182).
« Nou leve maten an epi tout kreyasyon an leve anba dominasyon Allah .Lwanj se pou Allah .Pa gen lòt dye sof Allah Sèlman, Li pa gen okenn asosye. Se pou Li tout wayòm nan ye, se pou Li tout lwanj yo ye, epi Li gen pouvwa sou tout bagay. Mèt mwen, mwen mande Ou tout bon bagay ki nan jounen jodi a ak tout bon bagay ki gen pou vini aprèl. Mwen chèche pwoteksyon bò kotew kont tout mal ki nan jounen jodi a ak tout mal ki gen pou vini aprèl. Mèt mwen, mwen chèche pwoteksyon bò kotew kont parese ak move konsekans vyeyès la. Mèt mwen, mwen chèche pwoteksyon bò kotew kont pinisyon nan dife Lanfè a ak pinisyon anndan tonb lan. »[103] [103] Muslim (4/2088) nimewo (2723).
« Asbahnā wa asbahal-moulkou lillāh, wal-hamdou lillāh, lā ilāha illallāhou wahdahou lā charīka lah, lahoul-moulkou wa lahoul-hamd, wa houwa 'alā koulli chay'in qadīr. Rabbi as'alouka khayra mā fī hāzhal-yawmi wa khayra mā ba'dah, wa a'oūzoubika min charri mā fī hāzhal-yawmi wa charri mā ba'dah. Rabbi a'oūzoubika minal-kasali wa soū'il-kibar, rabbi a'oūzoubika min 'azhābin fin-nāri wa 'azhābin fil-qabr. »
Epi lè aswè rive, li di: « Nou rive nan aswè a epi tout kreyasyon an rive nan aswè anba dominasyon Allah. Lwanj se pou Allah. Pa gen lòt dye esepte Allah sèl, Li pa gen okenn asosye. Se pou Li tout wayòm nan ye, se pou Li tout lwanj yo ye, epi Li gen pouvwa sou tout bagay. Mèt mwen, mwen mande Ou tout bon bagay ki nan nwit sa a ak tout bon bagay ki gen pou vini aprèl. Mwen chèche pwoteksyon bò kotew kont tout mal ki nan nwit sa a ak tout mal ki gen pou vini aprèl. Mèt mwen, mwen chèche pwoteksyon bò kotew kont parese ak move konsekans vyeyès la. Mèt mwen, mwen chèche pwoteksyon bò kotew kont pinisyon nan dife Lanfè a ak pinisyon anndan tonbo nan. »[104] [104] Referans ki te pase anvan an.
Amsaynā wa amsal-moulkou lillāh, wal-hamdou lillāh, lā ilāha illallāhou wahdahou lā charīka lah, lahoul-moulkou wa lahoul-hamd, wa houwa 'alā koulli chay'in qadīr. Rabbi as'alouka khayra mā fī hāzihil-laylati wa khayra mā ba'dahā, wa a'oūzoubika min charri mā fī hāzihil-laylati wa charri mā ba'dahā. Rabbi a'oūzoubika minal-kasali wa soū'il-kibar, rabbi a'oūzoubika min 'azhābin fin-nāri wa 'azhābin fil-qabr.
« O Allah se gras avèk Ou nou wè maten an, se gras avèk Ou nou wè aswè a, se gras avèk Ou nou vivan, se gras avèk Ou nou mouri, epi se devan ou tout moun ap leve kanpe (pou jijman an). »[105] [105] At-Tirmidhi (5/466) nimewo (3391), epi gade: Sahih At-Tirmidhi (3/142).
Allāhoumma bika asbahnā, wa bika amsaynā, wa bika nahyā, wa bika namoūt, wa ilaykan-noushoūr.
Epi lè aswè rive, li di: « O Allah, se gras avèk Ou nou wè aswè a, se gras avèk Ou nou wè maten an, se gras avèk Ou nou vivan, se gras avèk Ou nou mouri, epi se vè Ou menm desten final nou ye (se kotew nou gen pou n tounen). »[106] [106] Referans presedan an.
Allāhoumma bika amsaynā, wa bika asbahnā, wa bika nahyā, wa bika namoūt, wa ilaykal-masīr.
O Allah ! se Ou menm ki Mèt mwen, pa gen lòt dye apa Ou menm. Se Ou ki kreyem, epi mwen se sèvitèw . Map kenbe angajman mwen ak pwomès mwen te fèw la toutotan mwen kapab. Mwen chèche pwoteksyon bò kotew kont move zak mwen te komèt yo. Mwen rekonèt[107] devan ou tout byenfè Ou fè pou mwen, pi mwen rekonèt tout pechem yo. Tanpri, padonnen mwen, paske pa gen pèsonn ki ka padonnen peche apa Ou menm.[108] [107] Mwen rekonèt epi mwen konfese. [108] «Nenpòt moun ki di li avèk fèm konviksyon lè aswè rive, epi li mouri nan menm nwit sa a, lap antre nan Paradi; epi se menm jan an tou lè maten rive.» Rapòte pa Al-Bukhari (7/150) anba nimewo (6306).
O Allah ! mwen leve maten an, mwen pran Ou kòm temwen, mwen pran zanj kap pote Twòn Ou a kòm temwen, ansanm ak tout zanj Ou yo ak tout sa Ou kreye, pou temwaye se Ou menm ki senyè toupwisan an, pa gen lòt dye apa Ou menm sèl, Ou pa gen okenn asosye, epi se mwen temwaye Muhammad se sèvitèw ak mesajew
Allāhoumma innī asbahtou ouch-hidouka, wa ouch-hidou hamalata 'archik, wa malā'ikataka, wa jamī'a khalqik, annaka antallāhou lā ilāha illā anta wahdaka lā charīka lak, wa anna Mouhammadan 'abdouka wa rasoūlouk. 4 fwa [109]. [109] «Moun ki dil 4 fwa lèl antre nan maten oswa lèl antre nan aswè, Allah ap afwanchil anba Dife a.» Se Abu Dawud ki rapòte l (4/317) sou nimewo (5071), ak Al-Bukhari nan Al-Adab Al-Mufrad sou nimewo (1201), ak An-Nasa'i nan Amal Al-Yawm wal-Laylah sou nimewo (9), ak Ibn As-Sunni sou nimewo (70). Epi Eminans Cheikh Ibn Baz (se pou Allah fèl mizerikòd) te deklare chèn transmisyon (isnad) An-Nasa'i ak Abu Dawud yo kòm bon (Hasan) nan liv Tuhfat Al-Akhyar la (paj 23).
Epi lè aswè rive, li te konn di : O Allah, mwen rive nan aswè a, mwen pran Ou kòm temwen, mwen pran zanj kap pote Twòn Ou a kòm temwen, ansanm ak tout zanj Ou yo ak tout sa Ou kreye, pou temwaye se Ou menm ki senyè toupwisan an pa gen lòt dye apa Ou menm sèl, Ou pa gen okenn asosye, epi mwen temwaye Muhammad se sèvitèw ak mesajew.
Allāhoumma innī amsaytou ouch-hidouka, wa ouch-hidou hamalata 'archik, wa malā'ikataka, wa jamī'a khalqik, annaka antallāhou lā ilāha illā anta wahdaka lā charīka lak, wa anna Mouhammadan 'abdouka wa rasoūlouk. 4 fwa [110]. [110] Referans presedan an.
O Allah ! nenpòt benediksyon mwen menm oubyen nenpòt lòt nan kreyatiw yo jwenn maten an, se nan Ou menm sèl li soti, Ou pa gen okenn asosye. Se pou Ou tout lwanj ye, epi se Ou menm pou nou di mèsi. » [111] [111] «Nenpòt moun ki di li nan maten, sètènman li fin akonpli devwa remèsiman pou jounen li a, epi nenpòt moun ki di li nan aswè, sètènman li fin akonpli devwa remèsiman pou nwit li a.» Abu Dawud rapòtel (4/ 318) anba nimewo (5075), An-Nasa'i nan 'Amal Al-Yawm wal-Laylah anba nimewo (7), Ibn As-Sunni anba nimewo (41), ak Ibn Hibban, ((Mawarid)) anba nimewo (2361), epi Ibn Baz, se pou Allah fèl mizerikòd, te klase chenn transmisyon li an kòm bon (Hasan) nan Tuhfat Al-Akhyar (p. 24).
Allāhoumma mā asbaha bī min ni'matin aw bi-ahadin min khalqika faminka wahdaka lā charīka lak, falakal-hamdou wa lakach-choukr.
Epi lè aswè rive, li te konn di : « O Allah, nenpòt benediksyon mwen menm oubyen nenpòt lòt nan kreyati ou yo jwenn aswè a, se nan Ou menm sèl li soti, Ou pa gen okenn asosye. Se pou Ou tout lwanj ye, epi se Ou menm poun di mèsi. » [112] [112] Referans anvan an.
Allāhoumma mā amsā bī min ni'matin aw bi-ahadin min khalqika faminka wahdaka lā charīka lak, falakal-hamdou wa lakach-choukr.
« O Allah, ban mwen lasante nan kò mwen; O Allah ban mwen lasante nan zòrèy mwen; O Allah, ban mwen lasante nan zye mwen. Pa gen lòt dye Sèlman ou menm. O Allah, mwen chèche pwoteksyon bò kotew kont mechanste/enkredilite ak lapovrete, epi mwen chèche pwoteksyon bò kotew kont chatiman tonbo an. Pa gen lòt dye Sèlman ou menm.
Allahumma 'afini fi badani, Allahumma 'afini fi sam'i, Allahumma 'afini fi basari, la ilaha illa anta. Allahumma inni a'udhu bika minal-kufri wal-faqri, wa a'udhu bika min 'adhabil-qabri, la ilaha illa anta. 3 fwa [113]. [113] Abu Dawud (4/324) nimewo (5092), ak Ahmad (5/42) nimewo (20430), ak An-Nasa'i nan Amal Al-Yawm wal-Laylah nimewo (22), ak Ibn As-Sunni nimewo (69), ak Al-Bukhari nan Al-Adab Al-Mufrad nimewo (701), epi gran savan Ibn Baz, ke Allah fèl mizerikòd, te klase chèn transmisyon li an kòm bon nan Tuhfat Al-Akhyar (p. 26).
« Allah sifi pou mwen; pa gen lòt dye apa li menm. Se nan li mwen mete tout konfyans mwen, epi se li menm ki Mèt Gran Twòn nan. »
Ḥasbiya-Llāhu lā ilāha illā Houwa, ‘alayhi tawakkaltu wa Houwa Rabbul-‘Arshil-‘Aẓīm. 7 fwa [114]. [114]« Nenpòt moun ki dil lè maten rive ak lè aswè tonbe 7fwa, Allah ap sifi pou li kont tout sa kap trakase lespril nan zafè lavi sa a ak lavi aprè a. » Sous : Rapòte pa Ibn As-Sunni (nimewo 71) kòm pawòl Pwofèt la, ak pa Abou Daoud (4/321, nimewo 5081) kòm pawòl konpanyon an. Chouayb ak Abdoul Qadir Al-Arna'out valide Chènn transmisyon an kòm kòrèk (sahih). Gade tou: Zad al-Ma'ad (2/376).
O Allah mwen mande Ou padon ak lasante nan mond sa a ak nan lavi aprè a. O Allah mwen mande Ou padon ak pwoteksyon: nan relijyon mwen, nan lavi mwen sou tè a, nan fanmi mwen, ak nan byen mwen. o Allah, kouvri feblès mwen yo, epi retire tout laperèz nan kè mwen. O Allah pwoteje mwen devan mwen, dèyè mwen, sou bò dwat mwen, sou bò gòch mwen, ak anwo tèt mwen; epi mwen chèche pwoteksyon nan grandè Ou pou tè a pa louvri anba pyem poul valem.[115] [115] Abu Dawud nimewo (5074), ak Ibn Majah nimewo (3871), epi gade: Sahih Ibn Majah (2/332).
« O Allah, Ou menm ki konnen sa ki kache ak sa ki parèt aklè, Ou menm ki kreye syèl la ak tè a, Mèt chak grenn bagay ak Souvren yo, mwen temwaye pa gen lòt dye apa Ou menm. Mwen chèche pwoteksyon nan Ou kont move panchan pwòp tèt mwen, kont mal lespri Satan ak pyèj li yo (oswa poum pa asosye anyen avèk Ou), epi poum pa fè pwòp tèt mwen mal, ni poum pa trennen malè sa a sou okenn lòt mizilman. »[116] [116] At-Tirmidhi nimewo (3392), ak Abu Dawud nimewo (5067), epi gade: Sahih At-Tirmidhi (3/142).
Al-lahoum-ma 'a-li-mal ghay-bi wach-cha-ha-dah, fa-ti-ras-sa-ma-wa-ti wal-ard, Rab-ba koul-li chay-in wa ma-li-kah, Ach-ha-dou al-la i-la-ha il-la ant, A-'ou-zou bi-ka min char-ri naf-si, Wa min char-rich-chay-ta-ni wa chi-ra-kih (wa cha-ra-kih), Wa an aq-ta-ri-fa 'a-la naf-si sou-an, aw a-jour-ra-hou i-la mous-lim.
« Nan non Allah avèk non Li, anyen pa ka fè mal ni sou latè ni nan syèl la, epi Li se Moun ki tande tout bagay la, Moun ki konnen tout bagay la. »
Bismillāhil-ladhī lā yaḍurru ma'as-mihī shay'un fil-arḍi wa lā fis-samā'i wa Huwas-Samī'ul-'Alīm. 3 fwa [117]. [117] «Nenpòt moun ki di li 3 fwa nan maten, epi 3 fwa nan aswè, pa gen anyen kap fèl mal.» Rapòte pa Abu Dawud (4/323) sou nimewo (5088), At-Tirmidhi (5/465) sou nimewo (3388), Ibn Majah sou nimewo (3869), ak Ahmad sou nimewo (446). Epi gade: Sahih Ibn Majah (2/332). Gwo savan an, Ibn Baz (ke Allah fèl mizèrikòd), te kalifye chèn transmisyon li kòm bon (Hasan) nan Tuhfat Al-Akhyar (p. 39).
« Mwen aksepte e mwen satisfè ak Allah kòm Mèt mwen (Senyèm), ak Islam kòm relijyon mwen, epi ak Muhammad (lapè ak Benediksyon Allah sou li) kòm Pwofèt mwen. »
Raḍītu billāhi Rabban, wa bil-Islāmi dīnan, wa bi-Muḥammadin (ṣallallāhu 'alayhi wa sallam) nabiyyā. 3 fwa[118]. [118] «Nenpòt moun ki di sa 3 fwa nan maten, ak 3 fwa nan aswè, se yon dwa sou Allah pou Li fèl satisfè nan Jou Rezirèksyon an.» Ahmad (4/337) anba nimewo (18967), ak An-Nasa'i nan Amal Al-Yawm wal-Laylah anba nimewo (4), ak Ibn As-Sunni anba nimewo (68), ak Abu Dawud (4/318) anba nimewo (1531), ak At-Tirmidhi (5/465) anba nimewo (3389), epi Ibn Baz (se pou Allah fè l mizerikòd) te klasel kòm Hasan nan Tuhfat Al-Akhyar (paj 39).
«O Ou menm ki Vivan an, Ou menm ki Kenbe tout kreyasyon an sou pye, se nan mizèrikòd Ou map chèche sekou; ranje tout sitiyasyonm pou mwen, epi pa lagem poukont mwen sou pwòp fòs pam, menm pou yon bat zye»[119] [119] Al-Hakim, epi li otantifyel, epi Ad-Dhahabi dakò avèl (1/545), epi gade: Sahih At-Targhib Wat-Tarhib (1/273).
Yā Ḥayyu yā Qayyūm, bi-raḥmatika astaghīth, aṣliḥ lī sha'nī kullah, wa lā takilnī ilā nafsī ṭarfata 'ayn.
« Nou leve nan maten epi tout wayòm nan (tout kreyasyon an) leve pou Allah, Mèt tout mond yo. O Allah mwen mande Ou tout sa ki bon nan jounen jodi a: viktwa li (ouvre baryè li yo), sekou li, limyè li, benediksyon li, ak gidans li; epi mwen chèche pwoteksyon nan Ou kont tout mal ki ladan li ak tout mal ki ka vin aprè li. »[120] [120] Abou Dawoud (4/322) anba nimewo (5084), epi Chou'ayb ak Abdoul Qadir Al-Arna'out te deklare chèn transmisyon li a kòm bon nan verifikasyon liv Zad Al-Ma'ad la (2/373).
Aṣbaḥnā wa aṣbaḥal-mulku lillāhi Rabbil-'ālamīn, Allāhumma innī as'aluka khayra hāthal-yawm: fat-ḥahu, wa naṣrahu, wa nūrahu, wa barakatahu, wa hudāh, wa a'ūdhu bika min sharri mā fīhi wa sharri mā ba'dah.
Lè aswè rive li te konn di: Aswè rive sou nou epi tout wayòm nan (tout kreyasyon an) rive nan aswè pou Allah, Mèt tout mond yo. O Allah, mwen mande Ou tout sa ki bon nan nwit sa a: viktwa li (ouvri baryè li yo), sekou li, limyè li, benediksyon li, ak gidans li; epi mwen chèche pwoteksyon nan Ou kont tout mal ki ladan li ak tout mal ki ka vin aprè li. [121] [121] Referans ki te pase anvan an.
Amsaynā wa amsal-mulku lillāhi Rabbil-'ālamīn, Allāhumma innī as'aluka khayra hādhihil-laylah: fat-ḥahā, wa naṣrahā, wa nūrahā, wa barakatahā, wa hudāhā, wa a'ūdhu bika min sharri mā fīhā, wa sharri mā ba'dahā.
« Nou leve nan maten sou nati pwòp (orijinal) Islam lan, sou pawòl senserite a (lafwa pi a), sou relijyon Pwofèt nou an Muhammad (lapè ak benediksyon Allah sou li), epi sou kwayans papa nou Abraram, ki te mache dwat nan adore yon sèl Allah ki te soumèt devan Allah , epi ki pat janm fè pati moun ki tap sèvi fo dye yo (moun ki fè asosyasyon). »[122] [122] Ahmad (3/406) ak (407) nimewo (15360) ak (15563), ak Ibn As-Sunni nan Amal Al-Yawm Wal-Laylah, nimewo (34), epi gade: Sahih Al-Jami' (4/209).
Aṣbaḥnā 'alā fiṭratil-Islām, wa 'alā kalimatil-ikhlāṣ, wa 'alā dīni nabiyyinā Muḥammad (ṣallallāhu 'alayhi wa sallam), wa 'alā millati abīnā Ibrāhīma ḥanīfan musliman wa mā kāna minal-mushrikīn.
Epi lè aswè rive, li di: « Nou rive nan aswè a sou relijyon natirèl Islam nan, sou pawòl senserite a, sou relijyon Pwofèt nou an, Muhammad ﷺ, epi sou tradisyon zansèt nou Abraram, ki te yon vrè kwayan ki te soumèt li, epi ki pat pami moun kap bay Allah asosye yo » [123]. "[123] Referans ki te pase anvan an."
Amsaynā 'alā fiṭratil-Islām, wa 'alā kalimatil-ikhlāṣ, wa 'alā dīni nabiyyinā Muḥammad (ṣallallāhu 'alayhi wa sallam), wa 'alā millati abīnā Ibrāhīma ḥanīfan musliman wa mā kāna minal-mushrikīn.
« Glwa pou Bondye, epi lwanj pou Li. »
Subḥānallāhi wa bi-ḥamdih. 100 fwa[124]. [124] «Nenpòt moun ki di sa 100 fwa nan maten ak nan aswè, pèsonn pap vini nan Jou Rezirèksyon an ak anyen ki pi bon pase sa li pote a, eksepte yon moun ki te di menm sa li te di a, oswa ki te ajoute sou li.» Muslim (4/2071) sou nimewo (2692).
Lā ilāha illallāhu waḥdahū lā sharīka lah, lahul-mulku wa lahul-ḥamdu, wa Huwa 'alā kulli shay'in Qadīr. 10 fwa[125], oubyen 1 sèl fwa lèw gen parès[126]. [125] An-Nasa'i nan Amal Al-Yawm Wal-Laylah anba nimewo (24), epi gade: Sahih At-Targhib Wat-Tarhib (1/272), ak Touhfat Al-Akhyar pa Ibn Baz rahimahoullah (paj 44), epi gade merit li nan (paj 146) hadith nimewo (255). [126] Abu Dawud nimewo (5077), Ibn Majah nimewo (3798), ak Ahmad nimewo (8719), epi gade: Sahih At-Targhib Wat-Tarhib (1/270), Sahih Abu Dawud (3/957), Sahih Ibn Majah (2/331), ak Zad Al-Ma'ad (2/377).
« Pa gen lòt dye apa Allah Li sèl san okenn asosye; se pou Li tout wayòm nan ye, epi se pou Li tout lwanj ye, epi Li gen tout pouvwa sou tout bagay. »
Lā ilāha illallāhu waḥdahū lā sharīka lah, lahul-mulku wa lahul-ḥamdu, wa Huwa 'alā kulli shay'in Qadīr. 100 fwa nan maten[127]. [127] «Nenpòt moun ki di li 100 fwa nan yon jounen, lap gen rekonpans kòmsil te libere 10 esklav, yap ekri 100 bon aksyon pou li, yap efase san move aksyon pou li, epi lap sèvi kòm pwoteksyon pou li kont Satan pou jounen sa a jiskaske aswè rive. Pèsonn pap vini ak yon pi bon zèv pase sa li vini avèl la eksepte yon moun ki fè plis pase sa.» Al-Bukhari (4/95) nimewo (3293), ak Muslim (4/2071) nimewo (2691).
« Glwa pou Allah, epi lwanj pou Li: menm jan ak kantite tout sa Li kreye, otan Li menm Li satisfè, menm pwa ak Twòn Li a, epi menm mezi ak kantite lank ki ta nesesè pou ekri tout pawòl Li yo. »
Subḥānallāhi wa bi-ḥamdih: 'adada khalqih, wa riḍā nafsih, wa zinata 'arshih, wa midāda kalimātih. 3 fwa nan maten[128]. [128] Muslim (4/2090) nimewo (2726).
« O Allah, mwen mande Ou yon konesans ki itil, yon mwayen pou viv (pwovizyon/richès) ki pi epi ki bon, ak bon zèv Ou aksepte. »
Allāhumma innī as'aluka 'ilman nāfi'an, wa rizqan ṭayyiban, wa 'amalan mutaqabbalan. Lè maten rive[129]. [129] Rapòte pa Ibn As-Sunni nan 'Amal Al-Yawm wal-Laylah, nimewo (54), ak Ibn Majah, nimewo (925), epi Abdul Qadir ak Shu'ayb Al-Arna'ut te kalifye chèn transmisyon lan kòm bon nan verifikasyon Zad Al-Ma'ad (2/375), epi li te mansyone anvan, nimewo (73).
« Mwen mande Allah padon, epi mwen tounen vin jwenn Li ak tout kè mwen (mwen repanti devan Li). »
Astaghfirullāha wa atūbu ilayh. 100 fwa pa jou[130]. [130] Al-Bukhari avèk Al-Fath (11/101) nimewo (6307), ak Muslim (4/2075) nimewo (2702).
A'ūdhu bi-kalimātillāhit-tāmmāti min sharri mā khalaq 3 fwa nan aswè[131]. [131] «Nenpòt moun ki di sa 3 fwa lè aswè rive, piki okenn bèt pwazon pap fèl mal pandan nwit sa a.» Rapòte pa Ahmad (2/290) anba nimewo (7898), ak An-Nasa'i nan Amal Al-Yawm wal-Laylah anba nimewo (590), ak Ibn As-Sunni anba nimewo (68); epi gade: Sahih At-Tirmidhi (3/187), ak Sahih Ibn Majah (2/266), ak Tuhfat Al-Akhyar pa Ibn Baz (p. 45).
« O Allah, voye benediksyon ak lapè sou Pwofèt nou an Muhammad. »
Allāhumma ṣalli wa sallim 'alā nabiyyinā Muḥammad. 10 fwa [132]. [132] «Moun ki priye sou mwen nan maten 10 fwa, ak nan aswè 10 fwa, entèsesyon mwen ap rive jwenn li Jou Rezirèksyon an.» At-Tabarani rapòte l avèk 2 chèn transmisyon: youn ladan yo bon, gade: Majma' Az-Zawa'id (10/120), ak Sahih At-Targhib Wat-Tarhib (1/273).
28. Azkar pou dòmi yo / Lapriyè ak envokasyon anvan ou dòmi
Li reyini 2 pla men li yo, answit li soufle ladan yo lejèman, epi li resite ladan yo: Di: Se Li menm ki Allah, Sèl Grenn Mèt la. 2- « Allah, Mèt tout kreyati depann de Li a. » 3- Li pa fè pitit, ni Li menm Li pa fèt nan vant pèsonn. 4- « Epi pa gen pèsonn ki sanble ak Li, ni ki egal ak Li. » [Al-Iklas: 1-4].
1-Di: Mwen chèche pwoteksyon bò kote Mèt douvanjou a. Pou pwotejem kont tout move bagay li te kreye 3- Kont mal lè fènwa a (lannnwit)gaye tout kote 4-Epi kont mal moun kap soufle sou ne (moun kap fè maji) 5: Epi kont mal yon moun kap fè jalouzi lè lap fè jalouzi. "[Al-Falaq: 1-5]."
1: Di: Map chache pwoteksyon nan men Allah, Li menm ki Mèt tout moun 2- Wa lèzòm. 3- Divinite tout moun. 4-Pwotejem kont move lespri kap chichote move lide nan tèt moun, epi ki sove ale lè yo nonmen non Allah. 5 -Sila ka simen move panse nan fon kè moun yo 6-Kit se nan mitan djinn yo, kit se nan mitan lèzòm [An-Nas:1-6]
Aprèsa, li pase yo sou tout kote li kapab sou kò li. Li kòmanse sou tèt li, sou figi li, epi sou pati devan kò li. (Li fè sa twa fwa) [133]. [133] Al-Bukhari avèk Al-Fath (9/62) nimewo (5017), epi Muslim nimewo (2192).
255- Allah! Pa gen lòt dye apa Li menm, Sila a ki Viv tout tan an, Sila a ki kenbe epi soutni tout kreyasyon an. Dòmi pa janm pran li, ni Li pa janm kabicha. Se pou Li tout sa ki nan syèl yo ak tout sa ki sou latè. Ki moun ki ka plede devan li san pèmisyon li? Li konnen tout sa ki devan yo (lavni yo) ak tout sa ki dèyè yo (pase yo). Moun pa ka konprann anyen nan konesans Li, sof sa Li menm Li vle fè yo konnen. Fotèy li kouvri tout syèl yo ak latè a, epi prezève yo 2 bagay sa yo pa janm fatige li.Se Li menm ki Pi Wo a, Sila a ki Pi Gran an. [Al-Baqarah:255][134]. [134] «Nenpòt moun ki lil lè li al kouche nan kabann li, Allah ap voye yon zanj pou pwoteje li san rete, epi dyab la (Cheytan) pap ka pwoche bò kotel jis nan maten.» Al-Bukhari ansanm ak Al-Fath (4/487) nimewo (2311).
285- Mesaje a kwè nan sa Seyè li te voye desann ba li a, epi kwayan yo kwè tou. Yo tout kwè nan Allah, nan zanj Li yo, nan liv Li yo, ak nan mesaje Li yo. (Yo di:) "Nou pa fè diferans ant okenn nan mesaje Li yo." Epi yo di: "Nou koute, epi nou obeyi. Nou mande Ou padon, Seyè nou an, se bò kote Ou menm sèl tout moun ap tounen." 286- Allah pa janm chaje okenn nanm pi plis pase sal ka sipòte. Li jwenn rekonpans pou tout bon bagay li fè, epi li sibi pinisyon pou tout move zak li komèt. (Kwayan yo lapriyè di:) "Seyè nou an! Pa pini nou si nou bliye oswa si nou fè erè san nou pat vle. Seyè nou an! Pa mete sou do nou chay ki lou menm jan Ou te mete li sou do moun ki te la anvan nou yo. Seyè nou an! Pa fòse nou pote chay fòs nou pa ka soutni. Efase peche nou yo, padone fot nou yo, epi fè nou favè ak mizèrikòd Ou! Se Ou menm ki Mèt nou ak Pwotektè nou, donk ede nou ranpòte laviktwa sou pèp ki pa kwè yo." [Al-Baqarah:285-286][135]. [135] «Nenpòt moun ki li yo tou 2 pandan lannwit, yo ap ase pou pwoteje li kont tout malè.» Al-Boukhari avèk Al-Fath (9/94) anba nimewo (4008), ak Mouslim (1/554) anba nimewo (807).
« Nan non Ou,[136] Seyè mwen, mwen kouche kò m (pou m dòmi), epi gras avèk Ou menm map level. Si Ou ta kenbe nanm mwen (Ou pran vim pandan dòmi an), fèl mizèrikòd; epi si Ou voyel tounen (Ou kitem reveye vivan), pwoteje menm jan Ou pwoteje sèvitè fidèl Ou yo. »[137] [136]« Lè youn nan nou leve kite kabann li epi l retounen ladan li, se pou sekwel avèk rebò rad li (oubyen moso twal li) 3 fwa, epi se pou li pwononse non Allah (di Bismillah); paske li pa konnen kisa ki te vin pase ladan li aprè li te fin deplase a. Epi lèl fin kouche, se pou l di:... » [kontinyasyon adis la]. (Epi sans mo "ṣanifah": se pwent rad la oswa kouti ki nan rebò twal la). — Sous eksplikasyon an: liv "An-Nihāyah fī Gharīb al-Ḥadīth". [137] Al-Bukhari avèk Al-Fath (11/126) nimewo (6320), ak Muslim (4/2084) nimewo (2714).
Bismika Rabbī waḍa‘tu janbī, wa bika ‘arfa‘uh, fa’in ‘amsakta nafsī far-ḥamhā, wa’in ‘arsaltahā faḥ-faẓhā bimā taḥfaẓu bihī ‘ibādakaṣ-ṣāliḥīn.
« O Allah! Se Ou menm ki te kreye nanm mwen, epi se Ou menm kap repran li. Se pou Ou menm sèl lanmò ak lavi ye. Si Ou kenbel vivan, pwotejel; epi si Ou fèl mouri, padonel. O Allah! Mwen mande Ou lasante, sekirite ak pwoteksyon. »[138] [138] Rapòte pa Mouslim (4/2083), anba nimewo (2712), epi Ahmad ak menm mo yo (2/79), anba nimewo (5502).
Allāhumma ‘innaka khalaqta nafsī wa ‘anta tawaffāhā, laka mamātuhā wa maḥyāhā, ‘in ‘aḥyaytahā faḥ-faẓhā, wa ‘in ‘amattahā faghfir lahā, Allāhumma ‘innī ‘as’alukal-‘āfiyah.
"«O Allah, pwotejem[139] kont chatiman Ou jou Wap resisite sèvitè Ou yo»[140]." [139] « Lè Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te vle dòmi, li te konn mete men dwat li anba machwèl, epi li di: ... » [kontinyasyon adis la]. [140] Abu Dawud, ak pwòp mo pal yo (4/311) anba nimewo (5045), ak At-Tirmidhi anba nimewo (3398), epi gade: Sahih At-Tirmidhi (3/143), ak Sahih Abu Dawud (3/240).
Allāhumma qinī ‘adhābaka yawma tab‘athu ‘ibādak.
« Nan non Ou, O Allah, mwen mouri (mwen kouche dòmi) epi mwen viv (mwen leve reveye). »[141] [141] Al-Bukhari avèk Al-Fath (11/113) nimewo (6324), ak Muslim (4/2083) nimewo (2711).
Bismikallāhumma ‘amūtu wa ‘aḥyā.
Glwa pou Allah
Soub-hana-l-lah (Soubhanallah) 33 fwa Epi louwanj pou Allah
Wal-ham-dou-lil-lah (33 fwa), E Allah se pi gran.
wal-laa-hou ak-bar (34)»[142]. [142] «Moun ki di sa lè li pral kouche nan kabann li, sa pi bon pou li pase yon sèvitè». Al-Bukhari avèk Al-Fath, (7/71) nimewo (3705), epi Muslim (4/2091) nimewo (2726).
« O Allah, Seyè sèt syèl yo, Seyè tè a, epi Seyè gwo Twòn nan. Seyè nou an epi Seyè tout bagay, Sila ki fann grenn yo ak nwayo yo (pou fè yo jèmen) an, Sila ki fè desann Tora a, Evanjil la, ak Koran an. Mwen chèche pwoteksyon bò kote ou kont mechanste tout sa Ou kenbe anba kontwòl absoli ou. O Allah, se Ou menm ki Premye a, pa gen anyen anvan ou. Epi se Ou menm ki Dènye a, pa gen anyen aprè ou. Se Ou menm ki Aparan an, pa gen anyen ki anlè W. Epi se Ou menm ki Kache a, pa gen anyen ki pi prè pase W. Peye dèt nou yo pou nou, epi sove nou anba povrete » [143]. [143] Muslim (4/2084) nimewo (2713).
Allahoumma rabba-s-samawati-s-sab'i wa rabba-l-ard, wa rabba-l-'archil-'adheem, rabbana wa rabba koulli chay', faliqa-l-habbi wan-nawa, wa mounzila-t-tawrati wal-injeeli wal-fourqan, a'oudhou bika min charri koulli chay'in anta akhidhoun bi-nasiyatih. Allahoumma anta-l-Awwalou falaysa qablaka chay', wa anta-l-Akhirou falaysa ba'daka chay', wa anta-dh-Dhahirou falaysa fawqaka chay', wa anta-l-Batinou falaysa dounaka chay', iqdi 'anna-d-dayna wa aghnina mina-l-faqr.
"Lwanj pou Allah ki ba nou manje, ki ba nou bwè, ki ba nou tout sa nou bezwen, epi ki ban nou yon kote pou nou rete (yon abri); paske gen anpil moun ki pa gen pèsonn pou pran swen yo, ni pèsonn pou ba yo yon kote pou yo kouche."[144] [144] Muslim (4/2085) nimewo (2715).
Al-hamdou lillâhil-ladhî at'amanâ, wa saqânâ, wa kafânâ, wa âwânâ, fakam mim-man lâ kâfiya lahou wa lâ mou'wî.
"O Allah, Ou menm ki konnen sa ki kache ak sa moun wè, Ou menm ki kreye syèl la ak tè a, Mèt chak bagay ak Souvren yo tout, mwen temwaye pa gen lòt dye apa Ou menm. Mwen chèche pwoteksyon bò kotew kont mal pwòp tèt mwen, kont mal lespri satan ak pyèj li yo pou fè moun fè peche (oswa asosye lòt dye avèk ou), epi poum pa fè pwòp tèt mwen ditò, ni poum pa trennen malè sa a sou okenn kwayan (mizilman)."[145] [145] Abu Dawud (4/317) nimewo (5067), ak At-Tirmidhi nimewo (3629), epi gade: Sahih At-Tirmidhi (3/142).
Allâhoumma 'Âlimal-ghaybi wash-shahâdah, Fâtiras-samâwâti wal-ard, Rabba koulli chay-in wa malîkah, ash-hadou al-lâ ilâha illâ Ant, a'oûdhou bika min charri nafsî, wa min charrish-chaytâni wa chirkih, wa an aqtari-fa 'alâ nafsî soû-an, aw ajourrahoû ilâ mouslim.
"Li te konn resite soulat Alif, Lām, Mīm — Tanzīl (Sourate As-Sajda / Pwostènasyon an) ak Tabāraka-lladhī biyadihi-l-mulk (Sourate Al-Mulk / Souvrènte a)."[146] [146] Tirmidhi nimewo (3404), ak An-Nasa'i nan Amal Al-Yawm Wal-Laylah nimewo (707), epi gade: Sahih Al-Jami' (4/255).
O Allah,[147] mwen remèt lavim (nanm mwen) nan men ou, mwen remèt tout zafèm ba Ou, mwen vire figim vin jwenn Ou, epi mwen konte sou Ou kòm sèl pwoteksyon mwen , avèk lespwa ak lakrentif pou Ou. Pa gen okenn refij ni okenn delivrans kont Ou menm sof nan men ou. Mwen kwè nan Liv Ou te voye desann nan (Kouran an), epi mwen kwè nan Pwofèt Ou te voye a."[148] [147]"Lèw prale nan kabann ou (pouw dòmi), fè ablisyon (lave kòw) menm jan ou konn fèl pou lapriyè, aprèsa kouche sou bò dwat ou, epi di: …" [rès adit la]. "[148] Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvril) te di moun ki di sa a: «Si ou mouri, wap mouri sou nati natirèl la (Al-Fitrah)». Al-Bukhari avèk Al-Fath (11/113) anba nimewo (6313), ak Muslim (4/2081) anba nimewo (2710)."
Allâhoumma aslamtou nafsî ilayk, wa fawwadtou amrî ilayk, wa wajjahtou wajhî ilayk, wa alja'tou dhahrî ilayk, raghbatan wa rahbatan ilayk, lâ malja'a wa lâ manjâ minka illâ ilayk, âmantou bikitâbikal-ladhî anzalt, wa bi-nabiyyikal-ladhî arsalt.
29- Priyè (envokasyon) pou moun fè lè lap vire lòtbò nan kabann li pandan lannwit.
"Pa gen lòt dye apa Allah , Sèl Grenn Mèt la, Sila a ki domine tout bagay, Mèt syèl yo ak tè a ansanm ak tout sa ki nan mitan yo, Sila a ki gen tout pouvwa a epi ki toujou pare pou padone."[149]. [149] Li di sa lè lap vire soti sou yon bò pou ale sou yon lòt pandan lannwit. Rapòte pa Al-Hakim, epi li di li se sahih epi Ad-Dhahabi dakò avè l (1/540), ak An-Nasa'i nan Amal Al-Yawm Wal-Laylah anba nimewo (202), ak Ibn As-Sunni anba nimewo (757), epi gade: Sahih Al-Jami' (4/213).
La ilaha illallahul-Wahidul-Qahhar, Rabbus-samawati wal-ardi wa ma baynahumal-'Azizul-Ghaffar
30- "Lapriyè (envokasyon) lè yon moun pè pandan dòmi, epi pou moun ki santil sèl,tris / kap soufri ak laperèz."
«Mwen chèche pwoteksyon anba pawòl pafè Allah yo kont kòlè Li ak pinisyon Li, kont mechanste sèvitè li yo, kont move enspirasyon (chwichwichi) move lespri yo, epi pou yo pa janm pwoche bò kote mwen.»[150] [150] Abou Dawoud (4/12) nimewo (3893), ak At-Tirmidhi nimewo (3528), epi gade: Sahih At-Tirmidhi (3/171).
A'ūdhu bi-kalimāti-llāhit-tāmmāti min ghadabihi wa 'iqābihi, wa sharri 'ibādihi, wa min hamazātish-shayātīni wa an yahdurūn.
31. Sa yon moun dwe fè lè li fè yon bon rèv oswa yon move rèv
(Li krache sou bò gòch li) (3 fwa)[151]. [151] Muslim (4/1772) nimewo (2261).
Li dwe chèche pwoteksyon bò kote Allah kont Satan epi kont mechanste sa li te wè a) 3 fwa.[152]. [152] Muslim (4/1772) (1773) nimewo (2261) ak (2262).
Aouzou bilahi minach chaytannir radjim
(Li pa dwe rakonte okenn moun sa)[153]. [153] Muslim (4/1772) nimewo (2261) ak (2263).
(Li dwe chanje bò kote li te kouche a / Li dwe vire sou lòt bò a)[154]. [154] Muslim (4/1773) nimewo (2261).
(Li dwe leve pou li fè lapriyè sil vle sa)[155]. [155] Muslim (4/1773) nimewo (2263).
32. Envocasyon pou Qunut nan Witr la / Lapriyè Kounout pou lapriyè Wit la
"O Allah Metem nan bon chemen an menm jan Ou gide moun Ou chwazi yo; ban mwen lasante ak sekirite menm jan Ou pwoteje moun Ou geri yo; pran kam menm jan Ou pran swen moun Ou soutni yo; mete benediksyon nan tout sa Ou te ban mwen; pwotejem kont tout malè ki ta ka soti nan desizyon Ou pran yo. Paske se Ou menm ki kòmande, pèsonn pa ka kòmande Sou Ou; sila a Ou pran anba zèl Ou pap janm tonbe nan lawont, [e sila a Ou pran kòm lènmi pap janm gen viktwa]. Benediksyon se pou Ou, Mèt nou an, epi Grandèw pa gen limit."[156] [156] Rapòte pa otè 4 Sunan yo, ak Ahmad, ak Ad-Darimi, ak Al-Bayhaqi: Abu Dawud sou nimewo (1425), ak At-Tirmidhi sou nimewo (464), ak An-Nasa'i sou nimewo (1744), ak Ibn Majah sou nimewo (1178), ak Ahmad sou nimewo (1718), ak Ad-Darimi sou nimewo (1592), ak Al-Hakim (3/172), ak Al-Bayhaqi (2/209), epi sa ki ant kwochè yo se pou Al-Bayhaqi, epi gade: Sahih At-Tirmidhi (1/144), ak Sahih Ibn Majah (1/194), ak Irwa' Al-Ghalil pa Al-Albani (2/172).
Allāhumma-hdinī fīman hadayt, wa ‘āfinī fīman ‘āfayt, wa tawallanī fīman tawallayt, wa bārik lī fīmā a‘tayt, wa qinī sharra mā qadayt; fa-innaka taqdī wa lā yuqdā ‘alayk, innahu lā yadhillu man wālayt, [wa lā ya‘izzu man ‘ādayt], tabārakta Rabbanā wa ta‘ālayt.
«O Bondye! Mwen kouri vin jwenn plezi ak satisfaksyon Ou pouw pwoteje mwen kont kòlè Ou; mwen chèche padon ak delivrans Ou kont pinisyon Ou; epi mwen chèche pwoteksyon bò kote Ou kont pwòp tèt Ou. Mwen pa ka fin konte tout lwanj Ou merite; Ou se egzakteman jan Ou te fè lwanj pou pwòp tèt Ou a.»[157] [157] Rapòte pa otè 4 Sunan yo, ak Ahmad: Abu Dawud sou nimewo (1427), Tirmidhi sou nimewo (3566), Nasa'i sou nimewo (1746), Ibn Majah sou nimewo (1179), ak Ahmad sou nimewo (751). Gade: Sahih Tirmidhi (3/180), Sahih Ibn Majah (1/194), ak Al-Irwa (2/175).
Alahouma inni aouzou biridaka minne sakatika, wa bimouafatika minne oukoubatika, wa aouzou bika minneka, la ousi sana-ann alayka, anta kama asnayta ala nafsik.
«O Allah, se Ou menm sèl nou adore, epi se pou Ou nou priye ak pwostène, epi se bò kote Ou nou fè efò epi nou prese vini. Nou espere nan mizèrikòd Ou, epi nou krenn chatiman Ou. Sètènman, chatiman Ou ap frape mekreyan yo. O Allah, vrèman nou mande Ou sekou, epi nou mande Ou padon, e nou fè lwanj pou Ou pou tout byen. Nou pa renye Ou, e nou kwè nan Ou, e nou soumèt devan Ou, e nou abandone moun ki pa kwè nan Ou»[158]. [158] Rapòte pa Al-Bayhaqi nan As-Sunan Al-Kubra, epi li otantifye sanad li a (2/211), epi Cheikh Al-Albani di nan Irwa' Al-Ghalil: "Epi sa a se yon sanad sahih" (2/170). Epi li mawquf sou Umar.
Al-lahouma iy-yaka na-boudou, wa laka nousal-li wa nasdjoudou, wa ilèyka nas-a wa nahfidou, nardjou rahmataka, wa nakhcha azabaka, in-na azabaka bil kafirina moulhikounn, Al-lahouma in-na nasta-inouka, wa nastagfirouka, wa noutni alèykal khèyra, wa la nakfourouka, wa nou-minou bika, wa nakhda-ou laka, wa nakhla-ou mann yakfourouk.
33. Pawòl rapèl (envokasyon) pou yon moun di touswit aprè li fini salye (bay salam) nan lapriyè Wit la.
«Glwa pou Wa ki Sen an»
Subhānal-Malikil-Quddūs 3 fwa. E nan twazyèm fwa a, li dil byen fò epi li pwolonje sou vwa li, li di : Mèt tout zanj yo ak Lespri a[159] "[159] Rapòte pa An-Nasa'i (3/244) anba nimewo (1734), epi Ad-Daraqoutni (2/31), ak lòt ankò, epi sa ki ant kwochè yo se yon adisyon Ad-Daraqoutni (2/31) anba nimewo (2), epi isnad li se sahih. Gade: Zad Al-Ma'ad, verifye pa Chou'ayb Al-Arna'out ak 'Abd Al-Qadir Al-Arna'out (1/337)."
Rabbi-l-malā'ikati war-rūh.
34-Lapriyè kont tèt chaje ak lapenn (tristès).
« O Allah,mwen se sèvitèw, pitit gason sèvitèw la, pitit gason sèvant ou an. Desten mwen nan men ou, kòmandman ou sou mwen ap akonpli san mank, e jijman ou sou mwen se jistis li ye. Mwen mandew, pa tout non ki pou ou, non ou te bay tèt ou, oswa ou te revele nan Liv ou a, oswa ou te anseye nenpòt nan kreyatiw yo, oswa ou te kenbe kache nan konesans mistè ki bò kotew sèlman: fè Koran an tounen prentan kè mwen, limyè nan pwatrin mwen, sa ki pou chase lapenn mwen, epi disparèt tout enkyetid mwen. » [160]. [160] Ahmad (1/391) sou nimewo (3712), epi Al-Albani otantifye li nan Silsilat al-Ahadith as-Sahiha (1/337).
Allahoumma inni 'abdouka, ibnou 'abdika, ibnou amatika, nasiyati bi-yadika, madin fiyya houkmouka, 'adloun fiyya qada-ouka, as-alouka bikoulli ismin houwa laka, sammayta bihi nafsaka, aw anzaltahou fi kitabika, aw 'allamtahou ahadan min khalqika, awis-ta'tharta bihi fi 'ilmil-ghaybi 'indaka, an taj'alal-Qour-ana rabi'a qalbi, wa noura sadri, wa jala-a houzni, wa zahaba hammi.
« O Allah ,mwen chèche pwoteksyon bò kotew kont tèt chaje ak lapenn, kont enpwisans ak parès, kont kras (chich) ak laperèz kont pwa dèt ak dominasyon lòt moun (opresyon). » [161]. [161] Bukhari (7/158) nimewo (2893), Mesaje a (ke lapè AK Benediksyon Allah kouvril ) te konn fè lapriyè sa a anpil. Gade: Bukhari ak Al-Fath (11/173), epi lap vini nan (paj 89) nimewo (137).
Allahoumma inni a'ouzou bika minal-hammi wal-hazani, wal-'ajzi wal-kasali, wal-boukhli wal-joubni, wa dala'id-dayni wa ghalabatir-rijal.
35. Envokasyon nan moman detrès.
« Pa gen lòt dye apa Allah, Gran Mèt la, Sila a ki gen pasyans ak dousè a. Pa gen lòt dye apa Allah, Mèt Gran Twòn lan. Pa gen lòt dye apa Allah ,Mèt syèl yo, Mèt tè a, ak Mèt Twòn nòb la. »[162] [162] Al-Bukhari (7/154), anba nimewo (6345), ak Muslim (4/2092), anba nimewo (2730).
La ilaha illal-lahoul-'Azimoul-Halim, la ilaha illal-lahou Rabboul-'Archil-'Azim, la ilaha illal-lahou Rabbous-samawati wa Rabboul-ardi wa Rabboul-'Archil-Karim.
« O Allah, se mizèrikòd ou map espere; kidonk pa lagem poukont mwen, menm pou yon bat zye epi ranje tout zafèm pou mwen. Pa gen lòt dye apa ou menm. »[163]. [163] Abou Daoud (4/324) nimewo (5090), ak Ahmed (5/42) nimewo (20430), epi Al-Albani te klase li kòm Hasan nan Sahih Abou Daoud (3/959).
Allahumma rahmataka arju, fala takilni ila nafsi tarfata 'aynin, wa aslih li sha'ni kullahu, la ilaha illa anta.
« Pa gen lòt dye Sèlman ou menm. Glwa pou ou! Se vre wi, mwen te fè pati moun ki te fè sa ki mal yo (enjis yo). »[164] [164] At-Tirmidhi (5/529) sou nimewo (3505), ak Al-Hakim ki otantifye l epi Ad-Dhahabi dakò avè li (1/505), epi gade: Sahih At-Tirmidhi (3/168).
La ilaha illa anta soubhanaka inni kountou minaz-zalimin.
« Allah , Allah se Senyè mwen; mwen pa asosye anyen avèk li. »[165]. [165] Rapòte pa Abou Dawoud (2/87), anba nimewo (1525), ak Ibn Majah, anba nimewo (3882), epi gade: Sahih Ibn Majah (2/335).
Alahou Alahou Rabi, la ouchrikou bihi chay-ann.
36. Priyè (envokasyon) pou lè wap rankontre yon lènmi oswa yon moun ki gen gwo otorite (yon chèf, yon dirijan)
« O Allah nou metew anfas gòj yo (pou bloke yo ak repouse pyèj yo), epi nou chèche pwoteksyon bò kotew kont tout mechanste yo. »[166] [166] Abu Dawud (2/89) anba nimewo (1537), Al-Hakim te otantifye li, epi Adh-Dhahabi te dakò avèk li (2/142).
Allahoumma inna naj'alouka fi nouhourihim, wa na'ouzou bika min chourourihim.
« O Allah, se ou ki sipòm (fòs mwen), e se ou ki sekoum; se gras avèk ou mwen deplase (ak defèt konplo yo), se gras avèk ou mwen atake, epi se pou ou mwen batay. »[167] [167] Abu Dawud (3/42) nimewo (2632), ak Al-Tirmidhi (5/572) nimewo (3584), epi gade: Sahih Al-Tirmidhi (3/183).
Allahoumma anta 'adoudi, wa anta nasiri, bika ahoulou, wa bika asoulou, wa bika ouqatil.
« Allah sifi pou nou, e Li se pi bon pwotektè (sila a nou ka pi byen fè konfyans lan). »[168] [168] Al-Boukhari (5/172), nimewo (4563).
Hasbounal-lahou wa ni'mal-wakil.
37. « Priyè (envokasyon) pou yon moun ki pè enjistis oswa opresyon yon chèf (yon otorite). »
« O Allah, Mèt 7 syèl yo ak Mèt Gran Twòn lan, vin tounen pwotektèm (abri m) kont tèl moun pitit tèl moun*, ak tout patizan li yo pami kreyatiw yo, pou pèsonn nan yo pa atakem brid sou kou oswa pase sou lòd mwen avèk tirani. Moun ou pwoteje a an sekirite nèt, louwanj ou se yon grandè ekstrèm, epi pa gen lòt dye apa ou menm. »[169] [169] Boukhari nan Al-Adab al-Mufrad nan nimewo (707), epi Al-Albani deklarel otantik nan Sahih Al-Adab al-Mufrad nan nimewo (545).
Alahouma raba asamawati asabi, wa raba al archi al azimi, kounn li jarann minn foulani bni foulaninn, wa ahzabihi minn halayikika, ann yafrouta alaya ahadounn minnhoum aw yatga, aza jarouka, wa jala sanaouka, wa la ilaha ila annt.
« Allah se pi gran an; Allah pi pwisan pase tout kreyasyon li an nèt; Allah pi pwisan pase sa mwen pè ak sa map mefyem lan. Mwen chèche pwoteksyon bò kote Allah, Sila a ki pa gen lòt dye apa Li menm, Sila a ki kenbe 7 syèl yo pou yo pa tonbe sou tè a san pèmisyon li, kont mechanste sèvitèw la tèl moun (foulan)*, kont lame li yo, patizan li yo, ak tout moun kap mache avèl yo, kit se pami djinn kit se pami lèzòm. O Allah, vin sèvim abri (pwotektè) kont tout mechanste yo. Louwanj ou se yon grandè ekstrèm, moun ou pwoteje a an sekirite nèt, non ou beni, epi pa gen lòt dye Sèlman ou menm. »
Alahou akbar, Alahou a-azou minn kalkihi djami-ann, Alahou a-azou mima akafou wa ahzarou, a-ouzou bilahi alazi la ilaha ila houwa, almoumsiki asamawati asab-i ann yakanna alal ardi ila bi-iznihi, minn chari abdika foulaninn, wa djounoudihi wa atba-ihi wa achya-ihi, minal djinni wal innsi, Alahouma koun li djarann minn charihim, djala sanawouka wa aza djarouka, wa tabaraka ismouka, wa la ilaha gayrouk. 3 fwa [170]. [170] Boukhari nan Al-Adab al-Mufrad nan nimewo (708), epi Al-Albani deklare li otantik nan Sahih Al-Adab al-Mufrad nan nimewo (546).
38. Envokasyon kont lènmi an
O Allah Sila a ki te voye Liv la desann, Sila a ki rapid nan rann kont lan: kraze kowalisyon lènmi yo (fanmi alye yo). O Allah, kraze yo nèt epi fè yo tranble![171] [171] Muslim (3/1362) nimewo (1742).
Allahoumma Mounzilal-Kitab, Sari'al-Hisab, ihzimil-Ahzab, Allahoumma-hzimhoum wa zalzilhoum.
39. Sa pou yon moun di lè li gen krentif pou yon gwoup moun
« O Allah, pwotejem kont yo (sifi pou mwen kont yo) nan fason ou vle a. »[172] [172] Muslim (4/2300) nimewo (3005).
Allahoumma-kfinihim bima chi't.
40. Siplikasyon pou moun ki gen dout nan lafwa li
« Li chèche pwoteksyon bò kote Allah»[173] Li di: « Mwen chèche pwoteksyon bò kote Allah kont satan, sila a yo chase epi kalon-nen ak kout wòch la » [173] Al-Bukhari avèk Al-Fath (6/336) nimewo (3276), epi Muslim (1/120) nimewo (134).
Aouzou bilahi minach chaytanir rajim
« Se poul sispann panse ak sa kap twouble lespril la. »[174] [174] Al-Bukhari avèk Al-Fath (6/336) nimewo (3276), ak Muslim (1/120) nimewo (134).
Li di: (Mwen kwè nan Allah ak nan mesaje Li yo))[175]. [175] Muslim (1 /119-120) nan nimewo (134).
Amanntou bilahi wa rousoulih
Li resite pawòl Allah Trèwo a : 3- Se Li menm ki Premye a ak Dènye a, sa ki parèt aklè a ak sa ki kache a, epi Li konnen tout bagay. [Al-Hadid: 3 ] [176]. [176] Abu Dawud (4/329) nimewo (5110), epi Al-Albani te klasifye li kòm Hasan nan Sahih Abu Dawud (3/962).
41- Lapriyè (envokasyon) pou peye dèt
« O Allah, fè sa ki legal (halal ) sifi pou mwen poum pa bezwen sa ki entèdi (aram), epi ak gras ou, fèm pa depann okenn pèsonn lòt pase Ou menm. »[177] [177] At-Tirmidhi (5/560), nimewo (3563), epi gade: Sahih At-Tirmidhi (3/180).
« O Allah, mwen chèche pwoteksyon bò kote Ou kont tèt chaje ak tristès, kont enpwisans ak parese, kont kras (chich) ak laperèz, epi kont pwa dèt ak dominasyon lòt gason (lòt moun sou mwen). »[178] [178] Al-Bukhari (7/158) nimewo (2893), epi li te site anvan (paj 83) nimewo (121).
Allāhoumma innī a‘oūzou bika minal-hammi wal-ḥazani, wal-‘ajzi wal-kasali, wal-boukhli wal-joubni, wa ḍala‘id-dayni wa ghalabatir-rijāl
42- Lapriyè (envokasyon) kont move panse nan lapriyè a ak lekti a.
« Mwen chèche pwoteksyon bò kote Allah kont Satan, sila a yo chase epi jete wòch sou li a (modi a). »
Aouzou bilahi minach chaytanir radjim Epi krache sou bò gòch ou (3 fwa)» [179]. [179] Muslim (4/1729) sou nimewo (2203), daprè Hadith Uthman bin Abi Al-As, se pou Allah satisfè avèk li, epi ladan li di: Mwen te fè sa, epi Allah te retirel sou mwen.
43. Lapriyè (envokasyon) pou moun ki twouve yon sitiyasyon twò difisil pou li
« O Allah, pa gen anyen ki fasil sof sa Ou menm Ou rann fasil, epi Ou menm, lè Ou vle, Ou fè sa ki difisil tounen fasil. »[180] [180] Ibn Hibban te rapòtel nan Sahih li a sou nimewo (2427) (Mawarid), ak Ibn As-Sunni sou nimewo (351), epi Al-Hafiz te di: "Sa a se yon hadith otantik", epi Abdul Qadir Al-Arna'ut te otantifye l nan Takhrij Al-Adhkar An-Nawawi a (paj 106).
Allāhoumma lā sahla illā mā ja‘altahou sahlā, wa anta taj‘aloul-ḥazna izā shi’ta sahlā
44. Sa yon moun ki fè yon peche dwe di ak sal dwe fè
«Pa gen okenn sèvitè ki fè yon peche, epi li byen fè woudou li, aprèsa li kanpe epi li fè 2 'Rakat ', aprèsa li mande Allah padon, san Allah pa padone li.»[181]. [181] Abou Daoud (2/86) sou nimewo (1521), ak At-Tirmidhi (2/257) sou nimewo (406), epi Al-Albani otantifye l nan Sahih Abou Daoud (1/283).
45. Envokasyon (lapriyè) pou chase Satan ak chichotman li yo.
« Chèche pwoteksyon bò kote Allah kont li (Satan) »[182]. [182] Abu Dawud (1/203) nimewo, ak Ibn Majah (1/265) nimewo (807), referans li deja site nan nimewo (31), epi gade: Sourat Al-Mu'minun: [97-98].
Aouzou bilahi minach chaytanir radjim
(Al-Azan)[183]. [183] Muslim (1/291) nimewo (389), ak Al-Bukhari (1/151) nimewo (608).
« Fòmil rapèl yo (priyè ak louwanj yo) ak lekti Koran an »
« Pa fè kay nou yo tounen simityè; anverite, Satan kouri kite kay kote yo li sourat Al-Baqarah ladan li. »[184]. [184] Rapòte pa Mouslim (1/539), anba nimewo (780).
Epi pami sa ki chase Satan genyen envokasyon maten ak aswè yo, pou dòmi ak reveye, evokasyon pou antre nan kay la ak soti ladan li, envokasyon pou antre nan moske a ak soti ladan li, ansanm ak lòt envokasyon ki preskri yo, tankou: lekti Ayat Al-Koursi lè moun ap al dòmi, ak 2 dènye vèsè nan Sourat Al-Baqarah a, epi sila a ki di: Pa gen okenn lòt divinite ki merite adorasyon eksepte Allah, Li menm sèl, Li pa gen okenn asosye. Se pou Li pouvwa a, se pou Li louwanj la, epi Li gen pouvwa sou tout bagay.
La ilaha ilal-lah wahdahou la charika lahou, lahoul moulkou wa lahoul hammdou, wa houwa ala koulli chèyine kadir. 100 fwa, lap sèvi kòm yon pwoteksyon pou li kont Satan pandan tout jounen an [185], Konsa tou, Azàn lan chase Satan. [185] Se Al-Bukhari ki rapòtel (4/126) anba nimewo (3293).
46. Envokasyon pou lè yon bagay ou pa renmen rivew, oswa lè yon sitiyasyon depasew
« Se desten Allah, epi sa li vle li fè. »[186]. [186] « Kwayan ki fò a pi bon epi Allah renmen li plis pase kwayan ki fèb la, epoutan, gen byen nan yo toule 2. Fè efò pou jwenn sa kap itil ou, chèche èd nan men Allah, epi pa dekouraje. Si yon malè ta rive w, pa di : "Si mwen te fè sa, li tap pase konsa ak konsa." Men pito, di : "Se dekrè Allah, epi Li fè sa Li vle." Paske lè w di "si", sa louvri pòt pou zèv satan. » Muslim (4/2052), nimewo (2664).
47- « Felisitasyon pou moun ki fèk gen yon tibebe (yon timoun) ak fason li dwe reponn »
« Se pou Allah beni kado Li ba ou a (pitit sa a), se pouw remèsye Sila a ki fèw kado a (Allah), se pou timoun nan grandi rive nan laj matiritel, epi se pou Allah ba ou favè pou li gen obeyisans ak respè pou ou. »[187] "[187] Li mansyone nan pawòl Al-Hasan Al-Basri. Gade nan liv: Toufat al-Mawdoud pa Ibn al-Qayyim (paj 20), epi li atribiye li bay Ibn al-Mundhir nan Al-Awsat."
Bārakallāhou laka fīl-maw-hoūbi lak, wa shakartal-wāhib, wa balagha ashouddah, wa rouziqta birrah Epi moun ki resevwa felisitasyon an reponn li, li di: « Se pou Allah beniw epi vide benediksyon li sou ou, se pou Allah rekonpansew an byen, se pou Li ba ou menm jan an tou, epi se pou li ogmante rekonpans ou » [188]. [188] An-Nawawi te di sa nan Al-Adhkar (paj 349), epi gade: Sahih Al-Adhkar pou An-Nawawi, pa Salim Al-Hilali (2/713), ak Tamam Al-Takhrij fi Al-Dhikr wa Al-Du'a wa Al-'Ilaj bi Al-Ruqa pa otè a (1/416).
Bārakallāhou laka wa bāraka ‘alayk, wa jazākallāhou khayrā, wa razaqakallāhou mithlah, wa ajzala thawābak
48.Sa yo di pou mande pwoteksyon pou timoun yo
Mesaje Allah la ﷺ(ke lapè AK Benediksyon Allah kouvril) te konn mande pwoteksyon pou Al-Hasan ak Al-Husayn (se pou Allah satisfè ak yo tou 2). « Mwen mete nou tou 2 anba pwoteksyon pawòl pafè Allah yo kont tout kalite satan (dyab), tout bèt ki gen pwazon (oswa bèt nwizib), epi kont tout move zye ki ka fè mal. »[189]. [189] Al-Boukhari (4/119) anba nimewo (3371), daprè adit Ibn Abbas (ke Allah satisfè avèk yo).
Ou‘īzoukoumā bi-kalimātillāhit-tāmmati min koulli shayṭāniw-wa hāmmah, wa min koulli ‘aynin lāmmah
49. Fè lapriyè (envokasyon) pou moun ki malad la lè wap vizite li.
« Pa gen mal (pa dekouraje), se yon pirifikasyon (pou pechew yo) si Allah vle. »[190]. [190] Al-Bukhari avèk Al-Fath (10/118) nimewo (3616).
Lā ba’sa, ṭahoūroun in shā’allāh
As’aloullāhal-‘Aẓīma Rabbal-‘Arshil-‘Aẓīmi an yashfiyak 7 fwa[191]. [191] « Pa gen okenn sèvitè Mizilman ki vizite yon moun malad ki poko rive nan lè lanmò li, epi li di 7 fwa... san li pa jwenn gerizon. » Rapòte pa At-Tirmidhi anba nimewo (2083), ak Abu Dawud anba nimewo (3106) ; epi gade nan: Sahih At-Tirmidhi (2/210), ak Sahih Al-Jami' (5/180).
50. Merit (rekonpans / byenfè) ki genyen nan al vizite moun ki malad
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: « Lè yon Mesye al vizite frè mizilman li ki malad, li ap mache pami fwi Paradi yo jiskaske li chita, epi lè li fini chita, mizèrikòd kouvri li nèt. Si se nan maten, swasanndimil (70 mil) zanj ap priye pou li jiskaske aswè rive, epi si se nan aswè, swasanndimil (70 mil) zanj ap priye pou li jiskaske maten kase. »[192] [192] Tirmidhi rapòtel anba nimewo (969), Ibn Majah anba nimewo (1442), ak Ahmad anba nimewo (975), epi gade: Sahih Ibn Majah (1/244) ak Sahih Tirmidhi (1/286), epi Ahmad Shakir te otantifye l tou.
51-Lapriyè (envokasyon) pou yon moun ki malad ki pèdi espwa poul kontinye viv (ki nan dènye jou li yo)
« O Allah, padonnen mwen ,gen pitye (mizèrikòd) pou mwen, epi fèm reyini ak pi wo konpanyon yo (nan syèl la). »[193] [193] Al-Bukhari (7/10) nimewo (4435), ak Muslim (4/1893) nimewo (2444).
Allāhoummagh-fir lī, war-ḥamnī, wa al-ḥiqnī bir-rafīqil-a‘lā
Nan moman lanmò li, Pwofèt la (se pou lapè AK Benediksyon Allah kouvril) te mete 2 men li nan dlo a, li siye figil avèk yo, epi li tap di: «Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah
Lā ilāha illallāh « Se sèten lanmò gen doulè / agoni pal. »[194]. [194] Al-Bukhari avèk Al-Fath (8/144) nimewo (4449), epi nan adis la yo mansyone siwak la.
«Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, epi Allah se Pi Gran an. Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, Li sèl. Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, Li sèl, Li pa gen asosye. Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, se pou Li tout pouvwa a ye, se pou Li tout lwanj yo ye. Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, epi pa gen okenn mwayen ni okenn fòs si se pa avèk pèmisyon Allah»[195]. [195] Rapòte pa At-Tirmidhi anba nimewo (3430), ak Ibn Majah anba nimewo (3794), ak Al-Albani deklare li Sahîh, gade: Sahîh At-Tirmidhi (3/152), ak Sahîh Ibn Majah (2/317).
Lā ilāha illallāhou wallāhou akbar, lā ilāha illallāhou wahdah, lā ilāha illallāhou wahdahou lā charīka lah, lā ilāha illallāhou lahoul-moulkou wa lahoul-hamd, lā ilāha illallāhou wa lā hawla wa lā qouwwata illā billāh.
52. Ede moun kap rann nanm li a (rann dènye souf li/ rakle) pwononse pawòl la
«Nenpòt moun ki dènye pawòl li se Pa gen okenn divinite esepte Allah.
Lā ilāha illallāh Lap antre nan Paradi[196]. [196] Abou Dawoud (3/190) nimewo (3116), epi gade: Sahih Al-Jami' (5/432).
53. Lapriyè (envokasyon) pou moun ki frape pa yon malè (oswa yon kalamite).
Se pou Allah nou ye, epi se kote Li nap retounen. O Allah rekonpansem nan malè (kalamite) sa a ki tonbe sou mwen an, epi ranplasel pou mwen ak yon bagay ki pi bon pasel.[197] [197] Muslim (2/632) nimewo (918).
Innā lillāhi wa innā ilayhi rāji'oūn, Allāhoumma'jurnī fī mousībatī, wa akhlif lī khayran minhā
54- Lapriyè (envokasyon) lè yap fèmen zye yon moun ki mouri.
O Allah, padone [rele non moun nan], leve ran li pami moun ki byen gide yo, pran swen moun li kite dèyè yo pami sa ki vivan yo, padone nou ansanm avèk li, O Mèt tout linivè a, elaji kavo li a pou li, epi mete limyè ladan li pou li.[198] [198] Muslim (2/634) nimewo (920).
Allāhoummagh-fir li-foulanin (bi-ismih) warfa' darajatahou fil-mahdiyyīn, wakh-loufhou fī 'aqibihī fil-ghābirīn, waghfir lanā wa lahou yā Rabbal-'ālamīn, wafsah lahou fī qabrih, wa nawwir lahou fīh
55- Lapriyè (envokasyon) pou moun ki mouri a pandan lapriyè fineray la (Salat al-Janaza).
O Allah padonel epi gen pitye pou li, prezève li, pase sou fot li yo, ba li yon bèl akèy, elaji kotel pral repoze a, lavel avèk dlo, nèj ak lagrèl, netwayel anba pechel yo menm jan Ou netwaye yon rad blan anba salte, ranplase kay li a ak yon kay ki pi bon pase kay li a, fanmil ak yon fanmi ki pi bon pase fanmil, maril/madanm li ak yon mari/madanm ki pi bon pase pal la, fè li antre nan Paradi a, epi pwoteje li kont chatiman kavo a [ak chatiman Difè a].[199] [199] Muslim (2/663) nimewo (963).
Allāhoummagh-fir lahou warhamhou, wa 'āfihi, wa'fou 'anhou, wa akrim nouzoulahou, wa wassi' moud-khalahou, waghsilhou bil-mā-i wath-thalji wal-barad, wa naqqihi minal-khatāyā kamā naqqaytath-thawbal-abyada minad-danas, wa abdilhou dāran khayran min dārihi, wa ahlan khayran min ahlihi, wa zawjan khayran min zawjihi, wa adkhilhoul-jannata, wa a'idh-hou min 'adhābil-qabri [wa 'adhābin-nār]
«O Allah! Padone moun ki vivan pami nou yo ak moun ki mouri yo, sa ki prezan yo ak sa ki absan yo, timoun piti nou yo ak granmoun nou yo, gason nou yo ak fi nou yo. O Allah, kèlkeswa moun pami nou Ou bay lavi, fèl viv sou Islam, epi kèlkeswa moun pami nou Ou pran nanm li, fèl mouri sou lafwa. O Allah, pa prive nou de rekonpans li, epi pa egare nou aprè li» [200]. [200] Abou Daoud nimewo (3201), ak At-Tirmidhi nimewo (1024), ak An-Nasa'i nimewo (1985), ak Ibn Majah (1/480) nimewo (1498), ak Ahmad (2/368) nimewo (8809), epi gade: Sahih Ibn Majah (1/251).
Allāhoummagh-fir li-hayyinā wa mayyitinā, wa chāhidinā wa ghā-ibinā, wa saghīrinā wa kabīrinā, wa dhakarinā wa ounthānā, Allāhoumma man ahyaytahou minnā fa-ahyihi 'alal-Islām, wa man tawaffaytahou minnā fa-tawaffahou 'alal-īmān, Allāhoumma lā tahrimnā ajrahou, wa lā toudillanā ba'dah
«O Allah! Sètènman entèl pitit entèl anba pwoteksyon Ou, ak nan kòd garanti Ou, kidonk pwoteje li kont eprèv nan tonbo a, ak kont pinisyon Dife a. Epi se Ou menm ki Mèt fidelite ak verite a, kidonk padone li epi gen mizèrikòd pou li, sètènman se Ou menm ki Konn Padone a, ki gen anpil Mizèrikòd la» [201]. [201] Rapòte pa Ibn Majah anba nimewo (1499), gade: Sahih Ibn Majah (1/251), ak rapòte pa Abou Dawoud (3/211) anba nimewo (3202).
Allāhoumma inna foulāna-bna foulānin fī dhimmatika, wa habli jiwārika, faqihi min fitnatil-qabri, wa 'adhābin-nār, wa Anta ahloul-wafā-i wal-haqq, faghfir lahou warhamhou, innaka Antal-Ghafoūrour-Rahīm
« O Allah, sèvitè W la, pitit gason sèvant Ou an, bezwen mizerikòd Ou, epi Ou pa gen okenn bezwen pouw pini li. Si li te konn fè byen, ogmante bon zèv li yo, epi si li te konn fè sa ki mal, pase sou fòt li yo » [202]. "[202] Rapòte pa Al-Hakim ak li deklare li Sahîh, epi Ad-Dhahabi dakò avèk li (1/359), epi gade: Ahkam Al-Jana'iz pa Al-Albani (paj 125)."
Allahoumma 'abdouka wabnou amatika-htadja ila rahmatika, wa anta ghaniyyoun 'an 'adhabihi, in kana mouhsinan fazid fi hasanatihi, wa in kana mousi-an fatajawaz 'anhou.
56-Lapriyè pou yon timoun ki mouri pandan lapriyè fineray la (Salat al-Janaza).
«O Allah, pwotejel anba chatiman tonb lan.»[203]. [203] (Sa'id bin Al-Musayyib te di: Mwen te fè lapriyè dèyè Abu Hurairah (ke Allah kontan avèk li) pou yon ti gason ki pat janm fè okenn peche, epi mwen te tande lap di..) hadith la. Malik te rapòtel nan Al-Muwatta (1/288), ak Ibn Abi Shaybah nan Al-Musannaf (3/217), ak Al-Bayhaqi (4/9), epi Shu'ayb Al-Arna'ut te otantifye chèn transmisyon li an nan verifikasyon li te fè pou Sharh As-Sunnah pa Al-Baghawi a (5/357).
Allahoumma a'idh-hou min 'adhab-il-qabr.
Epi si li di: «O Allah! Fè timoun sa a devanse paran li yo (nan Paradi) poul prepare plas pou yo, fè li tounen yon trezò ak yon pwoteksyon pou yo, epi fèl tounen yon entèsesè (yon moun kap plede pou yo) Allah ap koute. O Allah! Sèvi ak lanmò sa a pou fè balans bon zak paran li yo vin pi lou, epi fè rekonpans yo vin pi gran. Metel ansanm ak kwayan debyen yo, mete l anba swen ak pwoteksyon pwofèt Ibrahim, epi ak mizèrikòd Ou, sovel anba chatiman lanfè a, ranplase kay li ak yon kay ki pi bon pase kay li a, epi fanmi l ak yon fanmi ki pi bon pase fanmi li a. O Allah! Padone moun ki te mouri anvan nou yo, timoun nou yo ki devanse nou yo, ak moun ki te devanse nou nan lafwa yo»
Allahoumma-dj'al-hou faratan wa dhoukhran liwalidayhi, wa chafi'an moudjaban, Allahoumma thaqqil bihi mawazinahouma, wa a'dhim bihi oudjourahouma, wa alhiq-hou bisalih-il-mou'minina, wadj'al-hou fi kafalati Ibrahima, wa qihi birahmatika 'adhab-al-djahim, wa abdil-hou daran khayran min darihi, wa ahlan khayran min ahlihi, Allahoumma-ghfir li-aslafina, wa afratina, wa man sabaqana bil-iman. Li bon[204]. [204] Gade: Al-Mughni pa Ibn Qudamah (3/416), ak Ad-Durus al-Muhimmah li Ammat al-Ummah, pa Cheikh Abdul Aziz bin Abdullah bin Baz (ke Allah fè l mizèrikòd) (paj 15).
« O Allah ,fè li tounen yon devansye pou nou, yon trezò ki pase anvan nou, ak yon rekonpans. »[205] [205] Al-Hasan te konn fè lekti Al-Fatiha sou timoun nan, epi li di... adit la. Al-Baghawi rapòte li nan Sharh As-Sunnah (5/357), ak Abdul Razzaq sou nimewo (6588), epi Al-Bukhari sitel an sispansyon (mu'allaq) nan Liv Janaza yo (65), Chapit: Lekti Al-Fatiha sou Janaza a (2/113), anvan adit nimewo (1335).
Allāhumma-j‘alhu lanā faraṭan, wa salafan, wa ajran.
57. Lapriyè pou konsole yon moun ki nan lapenn.(Ki gen moun mouri)
Tout sa Allah pran se pou Li, tout sa Li bay se pou Li, epi chak bagay gen yon limit tan Li deja fikse... Kidonk, pran pasyans epi mete espwaw nan rekonpans Li.[206] [206] Al-Bukhari (2/80) nimewo (1284), ak Muslim (2/636) nimewo (923).
Inna lillāhi mā akhadha, wa lahu mā a‘ṭā, wa kullu shay’in ‘indahu bi-ajalim-musammā... faltasbir wal-taḥtasib.
Epi si li di: « Se pou Allah ogmante rekonpans ou, se pou Li konsole kèw nan lapenn ou, epi se pou Li padone moun paw la ki mouri a. »
A‘ẓamallāhu ajrak, wa aḥsana ‘azā’ak, wa ghafara limayyitik. Alò, li bon[207]. [207] Al-Adhkar pa Al-Nawawi (Paj 126).
58- Lapriyè pou lè yap desann mò a nan tonb li an
« Nan non Allah, epi daprè prensip ak tradisyon Mesaje Allah a. »[208] [208] Abu Dawud (3/314) sou nimewo (3215) ak yon chèn transmisyon otantik, ak Ahmad sou nimewo (5234) ak nimewo (4812) avèk fòmilasyon sa a: «Nan non Allah, epi sou relijyon Mesaje Allah a», epi chèn transmisyon li an otantik.
Bismillāhi, wa ‘alā sunnati Rasūlillāh.
59. Lapriyè aprè yo fini antere mò a
«O Allah! Padone li, O Allah! Kenbe li fèm»[209]. [209] Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li), lè li te fin antere mò a, li te konn kanpe bò kote li, epi li te di: «Mande padon pou frè nou an, epi mande fèmte pou li; paske kounye a yap poze li kesyon». Abu Dawud (3/315) nimewo (3223) ak Al-Hakim, epi li te otantifye li, epi Ad-Dhahabi te dakò avèk li (1/370).
Allāhumma-ghfir lahu, Allāhumma thabbit-hu.
60- Lapriyè lè wap vizite simityè (tonbo yo)
« Se pou lapè ak sekirite sou nou, o moun ki abite kote sa a, pami kwayan yo ak mizilman yo. Epi nou menm tou, si Allah vle (inchallah) , nou gen pou nou vin jwenn nou. [E se pou Allah fè moun ki te pati anvan yo gras pami nou, ansanm ak moun ki gen pou vin aprè yo]. Mwen mande Allah sekirite ak delivrans pou nou menm ansanm ak nou menm. »[210] [210] Mouslim (2/671) anba nimewo (975), ak Ibn Mājah (1/494), epi pawòl yo se pou li, anba nimewo (1547), daprè Bourayda, ke Allah satisfè avèk li, epi sa ki ant kwochè yo se daprè hadith Aisha, ke Allah satisfè de li, nan Mouslim (2/671) anba nimewo (975).
As-salāmu ‘alaykum ahlad-diyāri, minal-mu’minīna wal-muslimīn, wa innā in shā’allāhu bikum lāḥiqūn, [wa yarḥamullāhul-mustaqdimīna minnā wal-musta’khirīn], as’alullāha lanā wa lakumul-‘āfiyah.
61-Lapriyè pou lè van ap soufle fò
« O Allah, mwen mande Ou tout byen ki gen nan van sa a, epi mwen chèche pwoteksyon nan men Ou kont tout mal ki gen ladan li. »[211] [211] Rapòte pa Abou Dawoud (4/326), anba nimewo (5099), ak Ibn Majah (2/1228), anba nimewo (3727), ak gade: Sahih Ibn Majah (2/305).
Allāhumma innī as’aluka khayrahā, wa a‘ūdhu bika min sharrihā.
« O Allah mwen mande Ou byen ki gen nan van sa a, byen ki anndan li, ansanm ak tout byen Li voyel pote a; epi mwen chèche pwoteksyon nan men Ou kont mal ki gen nan van sa a, mal ki anndan li, ansanm ak tout mal Li voyel pote a. »[212] [212] Mouslim, ak vèsyon an se pal(2/666), anba nimewo (899), ak Al-Boukhari (4/76), anba nimewo (3206) ak (4829).
Allāhumma innī as’aluka khayrahā, wa khayra mā fīhā, wa khayra mā ursilat bih, wa a‘ūdhu bika min sharrihā, wa sharri mā fīhā, wa sharri mā ursilat bih.
62- Lapriyè pou lè loray ap gwonde
«Glwa pou Sila a loraj la ap glorifye avèk louwanj Li, epi zanj yo tou akòz lakrentif pou Li»[213]. [213] Lè Abdullah ibn Az-Zubayr (ke Allah satisfè avèk yo) te konn tande loraj, li te sispann pale epi li te di:... adit la, Al-Muwatta (2/992), epi Al-Albani te di nan Sahih Al-Kalim At-Tayyib (157): "Isnad li otantik antanke Mawqouf."
Subḥānalladhī yusabbiḥur-ra‘du biḥamdih, wal-malā’ikatu min khīfatih
63. Pami siplikasyon pou 'Al-Istisqa' ( Lapriyè pou mande lapli)
« O Allah vide sou nou yon gwo lapli kap pote soulajman, yon lapli ki agreyab epi ki bay bon rekòlt, yon lapli ki itil san li pa fè dega, yon lapli ki rive touswit san li pa pran reta. »[214] [214] Abou Dawoud (1/303) anba nimewo (1171), epi Al-Albani te otantifye li nan Sahih Abou Dawoud (1/216).
Allāhummasqinā ghaythan mughīthan marī’an marī‘an, nāfi‘an ghayra ḍārr, ‘ājilan ghayra ājil.
""O Allah! Voye lapli pou nou, O Allah! Voye lapli pou nou, O Allah! Voye lapli pou nou.""[215] [215] Al-Boukhari (1/224) anba nimewo (1014), ak Mouslim (2/613) anba nimewo (897).
« O Allah bay sèvitèw yo dlo pou yo bwè ansanm ak bèt ou yo, simaye mizèrikòd ou, epi fè peyiw la ki fin mouri a reviv ankò. »[216] [216] Abu Dawud (1/305) anba nimewo (1178), epi Al-Albani te kalifye l kòm Hasan nan Sahih Abu Dawud (1/218).
Allāhummasqi ‘ibādaka, wa bahā’imaka, wanshur raḥmataka, wa aḥyi baladakal-mayyit.
64- Lapriyè pou lè yon moun wè lapli ap tonbe
« O Allah, fè se yon lapli kap vide an kantite epi ki pote byenfè ak benediksyon. »[217] [217] Al-Bukhari avèk Al-Fath (2/518) nimewo (1032).
Allāhumma ṣayyiban nāfi‘ā.
65. Evokasyon (Lapriyè) aprè lapli fini tonbe
«Nou resevwa lapli gras avèk favè Allah ak mizèrikòd Li»[218]. [218] Al-Bukhari (1/205) nimewo (846), ak Muslim (1/83) nimewo (71).
Muṭirnā bifaḍlillāhi wa raḥmatih.
66-Pami lapriyè pou mande lapli sispann epi syèl la vin klè
« O Allah fè l tonbe toutotou nou men pa sou nou! O Allah fè li tonbe sou ti mòn yo, sou kolin yo, nan fon ravin yo, epi nan kote pyebwa yo pouse. »[219]. [219] Al-Boukhari (1/224) anba nimewo (933), ak Mouslim (2/614) anba nimewo (897).
67-Lapriyè lè yon moun wè nouvèl lin (kwasan lin nan)
« Allah se pi gran! O Allah fè nouvèl lin sa a leve sou nou avèk sekirite ak lafwa, avèk lapè ak soumisyon pou Ou, epi ak siksè pou nou fè sa Ou renmen ak sa ki fèw plezi. Mèt pa nou ak Mèt pa ou (o lalin) se Allah. »[220] [220] At-Tirmidhi (5/504) anba nimewo (3451), ak Ad-Darimi ak menm mo yo (1/336), epi gade: Sahih At-Tirmidhi (3/157).
Alahou akbar, Alahouma ahilahou alayna bil amni wal imann, wasalamati wal islamm, watawfiki lima touhibou rabana watarda, rabouna waraboukal lah.
68. Priyè (envokasyon) lè yon moun kap fè jèn ap kase jèn nan »
« Swaf dlo a fini, venn yo wouze (rejenerasyon fèt), epi rekonpans lan garanti, si Allah vle. »[221] [221] Rapòte pa Abou Dawoud (2/306) anba nimewo (2359), ak lòt moun. Epi gade: Sahih Al-Jami' (4/209).
Dhahabaẓ-ẓama’u, wabtallatil-‘urūqu, wa thabatal-ajru in shā’allāh
« O Allah mwen mande Ou, gras mizèrikòd Ou a ki kouvri tout bagay, pou Ou padone pechem yo. »[222] [222] Rapòte pa Ibn Majah (1/557) anba nimewo (1753) soti nan envokasyon Abdullah bin Amr, ke Allah satisfè ak yo tou 2 , epi Al-Hafiz te klase li kòm bon nan Takhrij Al-Adhkar. Gade: Sharh Al-Adhkar (4/342).
Allāhumma innī as’aluka bi-raḥmatikal-latī wasi‘at kulla shay’in an taghfira lī.
69. Lapriyè anvan yon moun manje
Lè youn nan nou ap manje, se pou li di: Nan non Allah,
Bismillāh E si li ta bliye di sa nan kòmansman an, se pou li di: Nan non Allah nan kòmansman li ak nan fen li[223]. [223] Rapòte pa Abou Dawoud (3/347) anba nimewo (3767), At-Tirmidhi (4/288) anba nimewo (1858), ak gade: Sahih At-Tirmidhi (2/167).
Bismillāhi fī awwalihi wa ākhirih.
Moun Allah bay manje poul manje, se poul di: O Allah, mete benediksyon pou nou ladan li, epi ban nou manje ki pi bon pasel toujou.
Allāhumma bārik lanā fīhi wa aṭ‘imnā khayran minh. E moun Allah bay lèt pou li bwè, se pou li di: "O Allah, beni li pou nou, epi ban nou plis ladan li»[224]." [224] At-Tirmidhi (5/506) nimewo (3455), epi gade: Sahih At-Tirmidhi (3/158).
Alahoumma barik lana fihi wa zidna minnh
70. Fè envokasyon (Lapriyè) nan moman ou fini manje.
« Tout lwanj se pou Allah, Sila a ki ban mwen manje sa a poum manje, epi ki founi mwen li san okenn efò ni okenn fòs ki soti nan mwen menm. »[225] [225] Rapòte pa otè Sounan yo eksepte An-Nasa'i: Abou Dawoud, anba nimewo: (4025), At-Tirmidhi, anba nimewo: (3458), ak Ibn Majah, anba nimewo: (3285), epi gade Sahih At-Tirmidhi (3/159).
Al-hamdou lillahi allazi atamani haza, wa razakanihi, minn rayri hawlinn minni wa la kouwa
Tout lwanj se pou Allah, yon lwanj ki an abondans, ki pi e ki plen benediksyon; se pa yon lwanj ki sifi pou peye favè Li yo, ni yon favè nou ka abandone, ni yon bagay nou ka pase san li, o Mèt nou! [226] [226] Al-Bukhari (6/214) nimewo (5458), ak At-Tirmidhi avèk menm mo yo (5/507) nimewo (3456).
Al hamdou lilah, hamdann kasirann tayibann moubarakann fih, gayra makfiyinn wa la mouwada-inn, wa la moustagnann ann-hou rabana.
71. Lapriyè envite a fè pou mèt kay la (moun ki te ba li manje a)
«O Allah, beni pou yo sa Ou akòde yo kòm pwovizyon, epi padone yo, epi fè yo mizerikòd.»[227]. [227] Muslim (3/1615) nimewo (2042).
Allahumma barik lahum fima razaqtahum, waghfir lahum warhamhum.
72. Sèvi ak yon envokasyon pou mande manje oswa bwè yon fason endirèk.
« O Allah, bay moun ki ban mwen manje a manje pou li manje, epi bay moun ki ban mwen bwè a dlo poul bwè! »[228] [228] Muslim (3/1626) nimewo (2055).
Allāhumma aṭ‘im man aṭ‘amanī, wasqi man saqānī.
73. Fè envokasyon (Lapriyè) lè wap koupe jèn lakay yon fanmi.
« Se pou moun kap fè jèn yo toujou jwenn pou yo kase jèn lakay nou, se pou moun ki jis epi ki bon yo manje nan manje nou, epi se pou zanj yo priye pou Allah vide benediksyon sou nou! »[229] [229] Sunan Abu Dawud (3/367) nimewo (3856), ak Ibn Majah (1/556) nimewo (1747), ak An-Nasa'i nan Amal Al-Yawm Wal-Laylah, nimewo (296-298), epi li presize ke li ﷺ te konn di sa lè li kase jeun li lakay yon fanmi, epi Al-Albani te otantifye li nan Sahih Abu Dawud (2/730).
Afṭara ‘indakumuṣ-ṣā’imūn, wa akala ṭa‘āmakumul-abrār, wa ṣallat ‘alaykumul-malā’ikah.
74- Lapriyè moun kap fè jèn nan lè manje a pare devan li men li pa kase jèn nan
« Lè yo envite youn nan nou, se pou li reponn envitasyon an. Si lap fè jèn, se poul priye (fè benediksyon pou moun yo), epi sil pa sou jèn, se pou li manje. »[230] Epi sans «se poul priye», sa vle di: «se pou li fè envokasyon». [230] Muslim (2/1054) nimewo (1150).
75- Sa yon moun kap fè jèn dwe di si yon moun joure li (oubyen ensiltel)
«Mwen ap jene, mwen ap jene» [231]. [231] Al-Bukhari avèk Al-Fath (4/103) nimewo (1894), ak Muslim (2/806) nimewo (1151).
76.Lapriyè pou lè yon moun wè premye grenn fwi nan yon rekòt (fwi ki fèk donnen)
«O Allah, beni fwi nou yo pou nou, beni vil nou an pou nou, beni mezi Sa' nou an pou nou, epi beni mezi Mudd nou an pou nou. »[232] [232] Muslim (2/1000) nimewo (1373).
Alahouma barik lana fi samarina, wa barik lana fi madinatina, wa barik lana fi sa ina, wa barik lana fi moudina.
77. Lapriyè pou lè yon moun etènye
«Lè youn nan nou estènye, se pou li di: Lwanj pou Allah,
Al hamdou lila Epi se pou frè li oswa zanmi li di li: "Se pou Allah gen pitye pou ou,"
Yarhamouka Ala Si li ta dil: "Se pou Allah gen pitye pou ou", se poul di: "Se pou Allah gide nou epi ranje sitiyasyon nou"[233]. [233] Al-Boukhari (7/125) nimewo (5870).
Yahdikoumoullahou wa youslihou balakoum
78- Sa pou di yon moun ki pa kwayan (ki pa mizilman) si li etènye epi li fè lwanj pou Allah
"Se pou Allah gide nou epi ranje sitiyasyon nou."[234]. [234] At-Tirmidhi (5/82) nimewo 2741, ak Ahmad (4/400) nimewo 19586, ak Abu Dawud (4/308) nimewo 5040, epi gade: Sahih At-Tirmidhi (2/354).
Yahdikoumoul lahou wa youslihou balakoum
79. Lapriyè pou yon moun ki fèk marye
« Se pou Allah beniw, se pou benediksyon li repoze sou ou, epi se poul mete nou ansanm nan sa ki bon. »[235] [235] Rapòte pa otè Sounan yo eksepte An-Nasa'i: Abou Dawoud, anba nimewo (2130), At-Tirmidhi, anba nimewo (1091), Ibn Majah, anba nimewo (1905), ak An-Nasa'i nan Amal Al-Yawm Wal-Laylah, anba nimewo (259), epi gade: Sahih At-Tirmidhi (1/316).
Barakal-lahou laka, wa baraka aleyka, wa djama-a baynakouma fi khayr
80-Lapriyè pou moun ki fèk marye (lèl antre sou madanm li) ak lè yon moun achte yon bèt (mwayen transpò)
Lè youn nan nou marye ak yon fi, oubyen si li pran yon sèvitè (travayè), se poul di: « O Allah, mwen mandew sa ki bon nan li, ak tout bonte Ou te mete nan natirèl li lèw tap kreyel la; epi mwen chèche pwoteksyon nan Ou kont mal ki nan li, ak tout move panchan Ou te kreye nan natirèl li. »
Allahoumma inni as-alouka khayraha, wa khayra ma djabaltaha aleyhi, wa a-oudhou bika min charriha, wa charri ma djabaltaha aleyhi « Epi sil achte yon chamo, se poul kenbe nan pwent bòs li a (tèt bòs chamo a) epi se poul di menm bagay sa a tou. »[236] [236] Abu Dawud (2/248) nimewo (2160), ak Ibn Majah (1/617) nimewo (1918), epi gade: Sahih Ibn Majah (1/324).
81. Fè envokasyon (lapriyè) anvan ou gen relasyon entim ak madanm ou.
« Nan non Allah (Bismillah). O Allah, elwanye Satan lwen nou, epi elwanye Satan an lwen sa Ou ban nou kòm don (pitit Ou va ban nou an). »[237] [237] Al-Bukhari (6/141) anba nimewo (141), epi Muslim (2/1028) anba nimewo (1434).
Bismil-lah, Allahoumma djannibnach-chaytana, wa djannibich-chaytana ma razaqtana
82. Siplikasyon lè ou an kòlè
«Mwen chache pwoteksyon nan men Allah kont Satan sa yo rejte a»[238]. [238] Al-Bukhari (7/99) nimewo (3282), ak Muslim (4/2015) nimewo (2610).
Aouzou bilahi minach chaytanir radjim
83. Lapriyè pou lè yon moun wè yon lòt moun ki nan yon eprèv (ki malad, enfim, oswa anba yon difikilte)
«Lwanj pou Allah ki delivrem anba sal te voye eprouvew la, epi ki onorem (ki metem pi wo) pase anpil nan lòt kreyati li yo.»[239]. [239] At-Tirmidhi (5/494) ak (5/493) nimewo (3432), epi gade: Sahih At-Tirmidhi (3/153).
Alhamdu lillahil-ladhi 'afani mimma ibtalaka bihi, wa faddalani 'ala kathirin mimman khalaqa tafdila.
84.Sa pou moun di nan yon reyinyon (nan yon asanble / chita-pale)
Daprè Ibn Umar (ke Allah satisfè ak li), li di: Yo te konn konte pou Mesaje Allah a (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) 100 fwa nan yon sèl rasanbleman, anvan li kanpe: « Granmèt, padonem, epi asepte repantans mwen, vrèmanvre se Ou menm ki Sila ki toujou asepte repantans lan, Sila ki toujou padone a. »[240] [240] At-Tirmidhi nan nimewo (3434), ak Ibn Majah nan nimewo (3814), epi gade: Sahih At-Tirmidhi (3/153), ak Sahih Ibn Majah (2/321), epi fòmilasyon an se pou At-Tirmidhi.
Rabbi irfir li, wa toub a-lay-ya, innaka anntat tawwaboul rafour.
85.Lapriyè ekspyasyon (lapriyè pou efase fot) lè wap kite yon asanble / reyinyon
«O Allah, glwa pou ou ak lwanj pou ou, mwen temwaye pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon an Sèlman ou menm, mwen mande ou padon epi mwen repanti tounen vin jwenn ou.»[241]. [241] Otè liv Sunan yo: Abu Dawud sou nimewo (4858), At-Tirmidhi sou nimewo (3433), ak An-Nasa'i sou nimewo (1344), epi gade Sahih At-Tirmidhi (3/153). Epi li sètifye ke Aisha (se pou Allah satisfè ak li) te di: «Mesaje Allah la (ke lapè AK Benediksyon Allah kouvril) pat konn chita nan okenn asanble, ni li pat konn resite Koran, ni li pat konn akonpli okenn lapriyè, san li pat konkli sa ak kèk pawòl...» adit la, An-Nasa'i te rapòtel nan 'Amal Al-Yawm wal-Laylah sou nimewo (308), ak Ahmad (6/77) sou nimewo (24486), epi Doktè Faruq Hamada te otantifyel nan verifikasyon li te fè sou liv An-Nasa'i a ki rele 'Amal Al-Yawm wal-Laylah (paj 273).
Soubhanaka Allahoumma wa biham-dika, ach-hadou ann la ilaha il-la ann-ta, astagfirouka wa atoubou ilayk.
86. Lapriyè pou moun ki diw: "Se pou Allah padonew
«Pou ou menm tou»[242]. [242] Ahmad (5/82) nimewo (20778), ak An-Nasa'i nan Amal al-Yawm wal-Laylah (paj 218) nimewo (421), verifikasyon Doktè Farouk Hamada.
Wa-laka
87- Lapriyè pou yon moun ki rann ou yon sèvis (ki fè yon bon jès pou ou)
«Se pou Allah rekonpansew ak sa ki bon (ak pi bon rekonpans la)»[243] [243] Rapòte pa At-Tirmidhi anba nimewo (2035), epi gade: Sahih Al-Jami' (6244) ak Sahih At-Tirmidhi (2/200).
Djazakal-lahou khayran
88. Sa Allah itilize pou pwoteje yon moun kont Dadjal ( Fo Mesi a)
« Moun ki memorize dis (10) premye vèsè yo nan Sourat Al-Kahf la, lap jwenn pwoteksyon kont Dajjal la » [244], Epi mande Allah pwoteksyon kont eprèv li a aprè dènye Tachahhoud la nan chak lapriyè [245]. [245] Gade: Hadith nimewo (55), ak Hadith (56) (paj 41) nan liv sa a. [244] Muslim (1/555) nimewo (809), epi nan yon vèsyon: soti nan fen Al-Kahf (1/556) nimewo (809).
89. Lapriyè pou yon moun ki diw: "Mwen renmen ou poutèt Allah"
« Se pou Sila a ou renmen mwen poutèt Li a renmen ou tou. »[246] [246] Rapòte pa Abou Dawoud (4/333) anba nimewo (5125), ak Al-Albani deklare li hasan nan Sahih Sunan Abi Dawoud (3/965).
A-habbakal-ladhi a-hbabtani lahou
90. Lapriyè pou yon moun ki ofriw nan lajan li(nan byen li)
« Se pou Bondye beni fanmiw ak byen ou pou ou. »[247] [247] Al-Bukhari avèk Al-Fath (4/288) nimewo (2049).
Barakal-lahou laka fi ahlika wa malik
91- Lapriyè pou moun ki te pretew lajan an lè wap remèt li
« Se pou Allah beni fanmiw ak byen w pou ou; vrèmanvre, sèl rekonpans pou yon prè, se remèsiman ak ranbousman. »[248] [248] Rapòte pa An-Nasa'i nan Amal al-Yawm wal-Laylah (paj 300), ak Ibn Majah (2/809) nimewo (2424), epi gade: Sahih Ibn Majah (2/55).
Barakallahu laka fi ahlika wa malik.
92- Lapriyè lè yon moun pè tonbe nan bay Allah asosye (Chik)
« O Allah, mwen chèche pwoteksyon nan Ou poum pa ba ou asosye pandan mwen konnen sa, epi mwen mandew padon pou sa mwen pa konnen. »[249] [249] Ahmad (4/403) nan nimewo (19606), ak Al-Adab al-Mufrad pa Boukhari nan nimewo (716), epi gade: Sahih Al-Jami' (3/233), ak Sahih At-Targhib wat-Tarhib pa Al-Albani (1/19).
Alahouma ini aouzou bika ann ouchrika bika wa ana alamou, wa astagfirouka lima la alam.
93. Lapriyè pou moun ki diw: "Se pou Allah beniw"
« Epi se pou Allah beniw tou. »[250] [250] Rapòte pa Ibn As-Sunni (paj 138), nimewo (278), epi gade: Al-Wabil As-Sayyib pa Ibn Al-Qayyim (paj 304), verifikasyon Bashir Muhammad Uyun.
Wa-fika barakal-lah
94. Lapriyè lè yon moun santi move sipèstisyon (laperèz pou move siy / move chans)
« O Allah pa gen okenn prezaj (siy desten) sof sa Ou deside, pa gen okenn bonte sof bonte Ou, epi pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon Sèlman Ou menm. »[251] [251] Ahmad (2/220) anba nimewo (7045), ak Ibn As-Sunni anba nimewo (292), e Al-Albani te otantifye l nan Silsilat Al-Ahadith As-Sahihah (3/54) anba nimewo (1065). Kanta pou bon presaj, sa te konn fè Pwofèt la ﷺ plezi; se poutèt sa, li te tande yon nonm di yon bèl pawòl ki te fè l plezi, epi li te di: «Nou pran bon presaj ou a soti nan bouch ou», Abu Dawud anba nimewo (3719), ak Ahmad anba nimewo (9040), e Al-Albani te otantifye l nan Silsilat Al-Ahadith As-Sahihah (2/363), dapre Abu Ash-Sheikh nan Akhlaq An-Nabi ﷺ (paj 270).
Alahouma la tayra ila tayrouk, wa la khayra ila khayrouk, wa la ilaha ghayrouk.
95. Lapriyè pou moun kap monte machin (oubyen bèt/transpò)
«Nan non Allah, tout lwanj se pou Allah
Bismilahi, walhamdou lilah Lwanj pou Allah ki te ban nou kontwòl sou tout bagay sa yo, paske nou pa tap janm ka rive fè sa pou kò nou.
Soubhannal lazi sakkara lana haza, wa ma kounna lahou moukrininn. E se vre wi, se bò kote Granmèt nou an (Senyè nou an) nou gen pou nou retounen.
Wa-in-naa ilaa Rob-binaa lamoun-qolibouun « Lwanj pou Allah, lwanj pou Allah lwanj pou Allah. Allah se pi gran an, Allah se pi gran an, Allah se pi gran an. Glwa pou ou, O Allah ! Mwen te fè tèt mwen mal (mwen fè peche), kidonk padone mwen; paske an verite, pa gen lòt moun ki ka padone peche apa ou menm. »[252] [252] Abu Dawud (3/34) nimewo (2602), ak At-Tirmidhi (5/501) nimewo (3446), epi gade: Sahih At-Tirmidhi (3/156), Sourat Az-Zukhruf [13-14].
Al-hamdou lillah, Al-hamdou lillah, Al-hamdou lillah, Allahou Akbar, Allahou Akbar, Allahou Akbar, Soub-haanaka Allahoumma in-nii zolam-tou naf-sii fagh-fir lii; fa-in-nahou laa yagh-firouz-zounouuba il-laa Ant.
96. Envokasyon pou vwayaj.
«Allah se pi gran an, Allah se pi gran an, Allah se pi gran an,
Alahou akbarou, Alahou akbarou, Alahou akbar Lwanj pou Allah ki te ban nou kontwòl sou tout bagay sa yo, paske nou patap janm ka rive fè sa pou kò nou.
Soubhanalazi sakara lana haza, wama kouna lahou moukrininn Epi se bò kote Gran Mèt nou an nap retounen,
Wa inna ila rabina lamounkaliboun « O Allah ! Nap mandew nan vwayaj sa a pouw ban nou ladwati (bon konpòtman) ak lakrentif pou ou, epi pouw ede nou fè aksyon ki fèw plezi. O Allah ! Rann vwayaj sa a fasil pou nou, epi fè distans la parèt kout pou nou. O Allah , Se ou menm ki konpayon nou nan vwayaj la, epi se ou kap veye sou fanmi nou pandan nou pa la. O Allah ! Mwen chèche pwoteksyon bò kotew kont fatig ak difikilte vwayaj la, kont move vizyon (move sèn ki ka fè lapenn), epi pou anyen mal pa rive byen nou ak fanmi nou lè nou retounen. »
Alahoumma inna nasalouka fi safarina haza al birra wat takwa, wa minal amali ma tarda, Alahoumma hawinn alayna safarana haza watwi anna boudahou, Alahoumma annta as sahibou fis safari, wal kalifatou fil ahli, Alahoumma inni aouzou bika minn wasa-i as safari, wa ka-abati al mannzari, wa sou-i al mounkalabi fil mali wal ahl Epi lèl tounen, li te konn repete yo epi li te ajoute sa ladan yo: «Nou retounen, nou repanti, nap adore, nap fè lwanj pou Senyè nou»[253]. [253] Muslim (2/978) nimewo (1342).
Ayibouna, taibouna, abidouna, lirabina hamidoun
97. Lapriyè (envokasyon) lè wap antre nan yon vilaj oswa yon vil
« O Allah ! Mèt 7 syèl yo ak tout sa yo kouvri, Mèt 7 tè yo ak tout sa yo pote sou yo, Mèt move lespri yo (move espri/dyab) ak tout moun yo pèdi (egare), Mèt van yo ak tout sa yo gaye ; mwen mandew byen ki genyen nan vil (vilaj) sa a, byen ki nan moun kap viv ladan yo, ak byen ki nan tout sa ki ladan li. Epi mwen chèche pwoteksyon bò kotw kont sa ki mal ladan li, kont mechanste moun kap viv ladan li yo, ak tout malè ki gen ladan li »[254] [254] Al-Hakim rapòte l epi li klasel kòm sahih, epi Ad-Dhahabi te dakò avè l (2/100), ak Ibn As-Sunni anba nimewo (524), epi Al-Hafidh te klasel kòm hasan nan liv "Takhrij Al-Adhkar" (5/154). Al-Allamah Ibn Baz, rahimahullah, te di: "Epi An-Nasa'i te rapòtel avèk yon Chènn transmisyon ki bon (isnad hasan)". Gade: Touhfat Al-Akhyar (paj 37).
Alahoumma raba as-samawati as-sabi wa ma azlalna, wa raba al-aradina as-sabi wa ma aklalna, wa raba ach-chayatini wa ma adlalna, wa raba ar-riyahi wa ma zarayna, as-alouka khayra hazihi al-karyati, wa khayra ahliha, wa khayra ma fiha, wa aouzou bika minn chariha, wa chari ahliha, wa chari ma fiha.
98. Lapriyè (envokasyon) lè wap antre nan mache
"«Pa gen okenn divinite esepte Allah, Li sèl, Li pa gen okenn asosye , se pou Li wayòm nan ye, epi se pou Li tout louwanj ye, Li bay lavi epi li bay lanmò, epi Li vivan, Li pa janm mouri, se nan men Li tout byen ye, epi Li gen pouvwa sou tout bagay.»[255]." [255] Al-Tirmidhi nan nimewo (3428), ak Ibn Majah (5/291) nan nimewo (3860), ak Al-Hakim (1/538), epi Al-Albani evalye li kòm Hasan nan Sahih Ibn Majah (2/21), ak nan Sahih Al-Tirmidhi (3/152).
La ilaha ilallah wahdahou la charika lahou, lahoul moulk, wa lahoul hammd, youhyi wa youmit, wa houwa hayounn la yamout, biyadihil kayr, wa houwa ala kouli chayinn kadir.
99.Envokasyon pou lè bèt (oswa mwayen transpò) wap monte a bite.
« Nan non Allah »[256]. [256] Abu Dawud (4/296) anba nimewo (4982), epi Al-Albani otantifye li nan Sahih Abu Dawud (3/941).
Bismilah
100.Envokasyon vwayajè a fè pou moun ki rete a.
«Mwen konfye nou nan men Allah, Sila a ki pa janm pèdi sa yo konfye Li a.»[257]. [257] Ahmad (2/403) nimewo (9230), ak Ibn Majah (2/943) nimewo (2825), epi gade: Sahih Ibn Majah (2/133).
Astawdi oukoumoul lahal lazi la tadiou wadaiouh
101. Lapriyè moun ki rete lakay li a pou moun kap vwayaje a
«Mwen konfye relijyonw, responsablitew, ak dènye aksyonw yo nan men Allah.»[258]. [258] Ahmad (2/7) nimewo (4524), ak At-Tirmidhi (5/499) nimewo (3443), epi Al-Albani otantifye li nan Sahih Sunan At-Tirmidhi (3/419).
Astawdioulaha dinaka, wa amanataka, wa rawatima amalik.
«Se pou Allah ba ou pyete kòm pwovizyon, padonnen peche ou, epi fasilite sa ki byen pou ou kèlkeswa kote ou ye»[259] [259] At-Tirmidhi nimewo (3444), epi gade: Sahih At-Tirmidhi (3/155).
Zawa dakal lahout takwa, wa gafara zanbak, wa yasara lakal khèyra haysou ma kount.
102.Fè Takbir (di Allahu Akbar) ak Tasbih (di Subhanallah) pandan vwayaj la.
Jabir, ke Allah satisfè avèk li, te di: Lè nou tap monte , nou te konn di : Allāhou Akbar (Allah se pi gran), Li di: (Allah se pi gran.)
Alahou Akbar « Épi lè nou tap desann, nou te konn di : Soubhānallāh (Glwa pou Allah) »[260]. Li di: (Glwa pou Allah) [260] Al-Bukhari avèk Al-Fath (6/135) nimewo (2993).
Soubhana lah
103. Lapriyè vwayajè a lè douvanjou kòmanse rive
« Se pou moun ki tande a rann temwayaj sou lwanj nou fè pou Allah ak tout bèl byenfe Li vide sou nou. O Mèt nou, rete avèk nou (pwoteje nou) epi vide gras ou sou nou ; pandan map chèche pwoteksyon bò kot Allah kont dife lanfè. »[261] [261] Muslim (4/2086) anba nimewo (2718), epi siyifikasyon «Samma'a saami'un»: sa vle di, yon temwen rann temwayaj sou louwanj nou an pou Allah, Trèwo a, pou byenfè Li yo ak bèl favè Li a. Epi siyifikasyon «Samma'a saami'un» vle di tou: yon moun ki tande pawòl mwen sa a transmèt li bay yon lòt moun, epi li di menm bagay la tou kòm yon rapèl pou fè evokasyon (zikr) ak siplikasyon (douya) nan lè anvan douvanjou a (sahar). Esplikasyon Al-Nawawi sou Sahih Muslim (17/39).
Samma‘a sāmi‘um bi-ḥamdi-Llāhi wa-ḥusni balā’ihī ‘alaynā, Rabbanā ṣāḥibnā wa-afḍil ‘alaynā, ‘ā’idhan bi-Llāhi mina-n-nār.
104. Envokasyon lè yon moun desann yon kote pandan yon vwayaj oswa nan nenpòt lòt sikonstans.
«Mwen chèche pwoteksyon nan pawòl pafè Allah yo kont mal ki nan sa Li kreye.»[262]. [262] Muslim (4/2080) nimewo (2709).
105. Lapriyè (envokasyon) lè wap retounen soti nan vwayaj
«Li di 'Allahu Akbar' (Allah se pi gran an) 3 fwa sou chak kote ki wo, aprèsa, li di: «Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, Li sèl, li pa gen asosye. Se pou Li tout pouvwa a ye, se pou Li tout lwanj yo ye, epi Li gen pouvwa sou tout bagay. Nou retounen, nou repanti, nap adore, epi nap fè lwanj pou Seyè nou an. Allah te akonpli pwomès Li, epi Li te bay sèvitèl la viktwa, epi se Li menm sèl ki te venk fòs kowalisyon yo»[263]. [263] Pwofèt la (se pou lapè AK Benediksyon Allah kouvril) te konn di sa lè li tap retounen sot nan yon ekspedisyon militè oswa nan Hajj, Al-Boukhari (7/163) anba nimewo (1797), ak Mouslim (2/980) anba nimewo (1344).
La ilaha ilal-lah wah-dahou la charika lahou, lahoul moulkou, wa lahoul ham-dou, wa houwa ala kouli chèy-inn kadir, ayibounn, ta-ibounn, abidounn, li-rabina ha-midounn, sadakal-lahou wa-dahou, wa nasara ab-dahou, wa hazamal ah-zaba wah-dah
106. Sa yon moun dwe di lèl resevwa yon bagay ki fèl plezi oswa yon bagay li pa renmen
Pwofèt la (ke lapè AK Benediksyon Allah kouvril) lè yon bagay ki te fèl kontan te vin jwenn li, li te konn di: « Tout lwanj se pou Allah Gras avèk favè Li tout bon bagay rive fèt nèt. »
Al hamdou lillahil lazi binimatihi tatimmous salihat Epi lè yon bagay li pa renmen rivel, li di: «Tout louwanj se pou Allah nan tout sikonstans»[264]. [264] Rapòte pa Ibn As-Sunni nan 'Amal Al-Yawm Wal-Laylah nan nimewo (377), ak Al-Hakim, epi li deklare li Sahîh (1/499), ak Al-Albani deklare li Sahîh nan Sahîh Al-Jami' (4/201).
Alhamdou lilahi ala koulli hal
107. Merit lapriyè sou Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li).
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Nenpòt moun ki voye yon sèl salitasyon (priyè) sou mwen, Allah ap vide 10 benediksyon sou li pou sa.»[265]. Tankou lè li di: (O Allah, voye elòj ou ak lapè sou Pwofèt nou an, Muhammad). [265] Rapòte pa Mouslim (1/288), anba nimewo (384).
Alahouma sali wa salim ala nabiyina Mouhamad
Epi li te di (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): «Piga nou fè tonb mwen tounen yon fèt, epi voye lapriyè sou mwen; paske anverite, lapriyè nou yo rive jwenn mwen kèlkeswa kote nou ye»[266]. [266] Abou Daoud (2/218) nimewo (2044), ak Ahmad (2/367) nimewo (8804), epi Al-Albani otantifyel nan Sahih Abou Daoud (2/383).
Epi li te di (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): «Moun ki chich la, se moun yo site non mwen devan li epi li pa priye pou mwen»[267]. [267] At-Tirmidhi (5/551) nimewo (3546), ak lòt ankò, epi gade: Sahih Al-Jami' (3/25), ak Sahih At-Tirmidhi (3/177).
Epi li te di (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): «Sètènman, Allah gen zanj kap sikile sou tè a pou transmèt mwen salitasyon lapè ki soti nan kominote mwen an.»[268]. [268] An-Nasa'i (3/43) anba nimewo (1282), ak Al-Hakim (2/421), epi Al-Albani deklarel otantik nan Sahih An-Nasa'i (1/274).
Epi li te di (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): «Pa gen pèsonn ki voye salitasyon sou mwen san Allah pa retounen nanm mwen ban mwen, poum ka retounen salitasyon an ba li» [269]. [269] Abou Dawoud, nimewo (2041), epi Al-Albani klase l kòm bon nan Sahih Abou Dawoud (1/383).
108. Simaye 'Salam' (salitasyon) an
Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: "«Nou pap antre nan Paradi a jiskaske nou gen lafwa, epi nou pap gen lafwa jiskaske nou renmen youn lòt. Èskem pa dwe di nou yon bagay, si nou fè li, nap renmen youn lòt? Simaye Salam nan mitan nou.»"[270]. [270] Mouslim (1/74) anba nimewo (54), ak Ahmad, anba nimewo (1430), epi tèks la se pou li, ak tèks Mouslim nan se: «Nou pap antre...».
« Gen 3 kalite, nenpòt moun ki rasanble yo gen tout lafwa nèt : rekonèt sa ki dwat menm si se kont pwòp tèt ou (fè jistis), salye tout moun ou rankontre, epi pataje bay moun ki nan nesesite menm lè ou menm ou nan mank. »[271] [271] Al-Bukhari avèk Al-Fath (1/82) nimewo (28), daprè Ammar, ke Allah satisfè avè li, sou fòm Mawquf ak Mu'allaq.
Yo rapòte Abdullah ibn Umar (ke Allah satisfè de yo tou 2), ke yon Mesye te mande Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): « Ki aksyon nan Islam ki pi bon? » Li reponn: « Se pouw bay moun manje, epi pouw bay Salam (Salitasyon) a moun ou konnen ak moun ou pa konnen. »[272]. [272] Al-Bukhari avèk Al-Fath (1/55) nimewo (12), ak Muslim (1/65) nimewo (39).
109. Kijan pou reponn salitasyon an bay yon moun ki pa kwayan si li salyew.
« Si moun Liv yo (jwif oswa kretyen) salye nou, reponn yo : "E sou nou menm tou" (Wa ‘alaykoum). »[273] [273] Al-Bukhari avèk Al-Fath (11/42) nimewo (6258), ak Muslim (4/1705) nimewo (2163).
wa ‘alaykum
110. Siplikasyon pou fè lè ou tande kòk ap chante ak bourik ap ranni.
Lè nou tande kòk yo ap chante, mande Allah nan favè Li; paske yo wè yon zanj, Tankou lè li di: (O Allah mwen mandew pou ou ban mwen nan favè ou (benediksyon Ou).)
Alahouma inni as-alouka minn fadlik Epi lè nou tande yon bourik kap ranni, enben chache pwoteksyon nan men Allah kont Satan; paske anverite, li wè yon dyab»[274]. Tankou lè li di: (Mwen chache pwoteksyon nan men Allah kont satan ki rejte a). [274] Al-Bukhari avèk Al-Fath (6/350) nimewo (3303), ak Muslim (4/2092) nimewo (2729).
Aouzou bil-lahi mi-nach chay-tanir ra-djim
111. Envokasyon lè ou tande chen ap jape lannwit.
«Lè nou tande chen kap jape ak bourik k ap ranni lannwit, chache refij bò kote Allah kont yo; paske vrèman, yo wè sa nou pa wè»[275]. Tankou lè li di: "(Mwen chache pwoteksyon nan men Allah kont satan ki rejte a)." [275] Abou Dawoud (4/327) nimewo (5105), ak Ahmad (3/306) nimewo (14283), epi Al-Albani otantifye li nan Sahih Abou Dawoud (3/961).
Aouzou bilahi minach chaytanir radjim
112. Envokasyon pou moun ou te ensilte a.
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «O Allah, kèlkeswa kwayan mwen te joure a, fè sa tounen yon mwayen pou li pwoche pi prè Ou nan Jou Rezirèksyon an» [276]. [276] Al-Boukhari avèk Al-Fath (11/171), anba nimewo (6361), ak Mouslim (4/2007), anba nimewo (396), epi mo li yo se: «Fè li tounen yon pirifikasyon ak yon mizèrikòd pou li».
113. Sa yon Mizilman di lè li fè louwanj pou yon lòt Mizilman
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: « Si youn nan nou dwe fè lwanj pou yon frè li (zanmi li) kanmenm, se poul di : "Mwen konsidere entèl konsa, men se Allah ki jij li, epi mwen pa mete pèsonn pi pwòp pase jan Bondye konnen li an ; mwen konsidere li si tout bon li konnen sa sou li — konsa ak konsa." »[277] [277] Rapòte pa Mouslim (4/2296), nimewo (3000).
114. Sa yon mizilman dwe di lè yo fè lwanj pou li (lè yo felisite li oswa fè konpliman sou li)
« O Allah, pa pinim pou sa yap di sou mwen an, padonnen mwen pou fot mwen yo ,yo menm yo pa konnen, [epi fèm vin pi bon toujou pase jan yo panse a]. »[278] [278] Boukhari nan Al-Adab al-Mufrad nan nimewo (761), epi Al-Albani deklare chèn transmisyon li an otantik nan Sahih Al-Adab al-Mufrad nan nimewo (585), epi sa ki ant kwochè yo se yon adisyon pa Al-Bayhaqi nan Shu'ab al-Iman (4/228) soti nan yon lòt chèn.
Alahouma la tou-a-kiz-ni bima yakouloun, warfir li ma la yalamoun, wajalni kayrann mima yazounoun.
115. Kòman yon moun ki an eta sakre (Ihram) fè Talbiyah nan Hadj oswa Omra
« Mwen reponn apèl Ou a, O Allah, mwen reponn apèl Ou a ! Mwen reponn apèl Ou a, Ou pa gen okenn asosye, mwen reponn apèl Ou a ! Tout lwanj, tout benediksyon ak tout pouvwa se pou Ou nèt, Ou pa gen okenn asosye ! »[279] [279] Al-Bukhari avèk Al-Fath (3/408) nimewo (1549), ak Muslim (2/841) nimewo (1184).
Labèyka Alahouma labèyk, labèyka la charika laka labèyk, innal hamda, wannimata, laka wal moulk, la charika lak.
116- Di « Allāhou Akbar » lèw rive devan Wòch Nwa a (Al-Hajar Al-Aswad)
«Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè Tawaf alantou Kaaba a sou yon chamo, chak fwa li te rive nan Kwen an, li te fè siy sou li ak yon bagay li te gen avèk li epi li te di Allahou Akbar»[280]. [280] Al-Bukhari ak Al-Fath (3/476) nimewo (1613), epi sa yo vle di pa «bagay» la se: Al-Mihjan (yon baton ki gen pwent koube). Gade: Al-Bukhari ak Al-Fath (3/472).
117. Envokasyon ant Kwen Yemenit la (Al-Rukn al-Yamani) ak Wòch Nwa a (Al-Hajar al-Aswad)
"O Senyè nou, ban nou yon byenfè nan lavi isiba ak yon byenfè nan lavi aprè lanmò, epi pwoteje nou kont pinisyon dife a." [281]. [281] Abu Dawud (2/179) anba nimewo (1894), ak Ahmad (3/411) anba nimewo (15398), ak Al-Baghawi nan Sharh As-Sunnah (7/128), epi Al-Albani te klase l kòm Hasan nan Sahih Abu Dawud, (1/354), Sourat Al-Baqarah [201].
Rabana atina fidounya hasanatann, wa fil akirati hasanatann, wa kina azabannar.
118- Lapriyè lèw kanpe sou mòn As-Safa ak Al-Marwah
Lè Pwofèt la (ke lapè AK Benediksyon Allah kouvril) te pwoche bò mòn As-Safa, li te li (resite) : « Tout bon vre, mòn As-Safa ak mòn Al-Marwah fè pati senbòl sakre Allah yo... Mwen kòmanse ak sa Allah te kòmanse avèk li a »
Innaṣ-Ṣafā wal-Marwata min sha‘ā’iri-Llāh..., abda’u bi-mā bada’a-Llāhu bih Epi li kòmanse ak mòn Safa a, li monte sou li jiskaske li wè Kay la, li fè fas ak Kibla a, li deklare inisite Allah, li di 'Allahu Akbar' (Allah se pi gran an), epi li di: «Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, Li sèl, Li pa gen asosye. Se pou Li tout pouvwa a ye, se pou Li tout lwanj yo ye, epi Li gen pouvwa sou tout bagay. Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, Li sèl. Li te akonpli pwomès Li, epi Li te bay sèvitèl la viktwa, epi se Li menm sèl ki te venk fòs kowalisyon yo,»
La ilaha ilal-lah wahdahou la charika lahou, lahoul moulkou wa lahoul hamdou wa houwa ala kouli chay-inn kadir, la ilaha ilal-lah wahdahou, anjaza wadahou, wa nasara abdahou, wa hazama al ahzaba wahdah. Aprèsa, li fè envokasyon nan mitan yo, li di menm bagay sa a 3 fwa» Hadit la. Epi ladan li: Li te fè sou Al-Marwa menm jan li te fè sou As-Safa [282]. [282] Muslim (2/888) nimewo (1218) Sourat Al-Baqarah: nimewo 158.
119. Envokasyon (lapriyè) jou Arafat la
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: Pi bon lapriyè se lapriyè nan jou Arafat la, epi pi bon pawòl mwen menm ak pwofèt ki te vin anvan mwen yo te di se : Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, Li sèl, li pa gen asosye. Se pou Li tout pouvwa a ye, se pou Li tout lwanj yo ye, epi Li gen pouvwa sou tout bagay.»[283]. [283] At-Tirmidhi, nimewo (3585), epi Al-Albani klase li kòm Hasan nan Sahih At-Tirmidhi (3/184), ak nan Silsilat Al-Ahadith As-Sahiha (4/6).
120- Lapriyè (envokasyon) lèw nan Al-Mash‘ar Al-Haram (Mouzdalifa)
« Pwofèt la (Se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvril) te monte sou chamol la ki rele Al-Qaswa jiskaske li te rive nan Al-Mash‘ar Al-Haram. Lè sa a, li vire figi li nan direksyon Qiblah a, (li fè lapriyè nan pye Allah, li di "Allāhou Akbar", li di "Lā ilāha illallāh", epi li rekonèt inisite Allah) . Li te rete kanpe konsa jiskaske douvanjou a te klè nèt, epi li pati anvan solèy la leve. »[284] [284] Muslim (2/891) nimewo (1218).
121. Di Allahu Akbar lè wap voye wòch sou Jamarat yo avèk chak ti wòch.
«Li di "Allahu Akbar" pou chak grenn ti wòch lap voye nan 3 poto yo (Al-Jimār ath-Thalāth), aprèsa li avanse, epi li kanpe poul fè priyè (envokasyon), li vire fas li nan direksyon "Qibla" a (Kaaba a), li leve de (2) men li anlè aprè premye poto a (Al-Jamrah al-Ūlā) ak dezyèm nan (Al-Jamrah ath-Thāniyah). Kanta pou poto "Al-Aqabah" la (Jamrah al-'Aqabah), li voye ti wòch ladan li epi li di "Allahu Akbar" pou chak grenn ti wòch lap voye, aprèsa li ale epi li pa kanpe devan li.»[285] [285] Al-Bukhari avèk Al-Fath (3/583) anba nimewo (1751), epi gade fòmilasyon li la. Epi Al-Bukhari avèk Al-Fath (3/583), ak (3/584), ak (3/581) anba nimewo (1753), epi Muslim rapòte li tou anba nimewo (1218).
122-Lapriyè lè yon bagay baw sipriz (sezi) oswa lè yon bon nouvèl (yon bagay ki fè kè kontan) rive
«Glwa pou Allah!»[286]. [286] Al-Bukhari avèk Al-Fath (1/210), (390) ak (414) nimewo (115), (3599) ak (6218), epi Muslim (4/1857) nimewo (1674).
Soubhanala
"«Allah se pi gran!»[287]." [287] Al-Bukhari avèk Al-Fath (8/441) nimewo (4741) ak (3062), ak At-Tirmidhi nimewo (2180), ak An-Nasa'i nan Al-Kubra nimewo (11185), epi gade: Sahih At-Tirmidhi (2/103) ak (2/235), ak Musnad Ahmad (5/218) nimewo (21900).
Alahou akbar
123- « Sa yon moun dwe fè lè yon bon bagay rive li »
«Lè Pwofèt la (Ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te resevwa yon bagay ki fè li plezi oubyen ki fè li kontan, li te konn tonbe nan pwostènasyon (Soujoud) kòm remèsiman pou Allah (Tabaraka wa Ta'ala)»[288]. [288] Rapòte pa otè Sunan yo esepte An-Nasa'i: Abu Dawud sou nimewo (2774), ak At-Tirmidhi sou nimewo (1578), ak Ibn Majah sou nimewo (1394), gade Sahih Ibn Majah (1/233), ak Irwa' Al-Ghalil (2/226).
124. Sa yon moun dwe fè ak di lè li santi yon doulè nan kò li
«Mete men ou sou kote ki fè ou mal nan kòw la, epi di : Nan non Allah,
Bismilah 3 fwa, Epi di 7 fwa: (Mwen mande Allah pwoteksyon ak pouvwa Li kont mal mwen santi a ak sa mwen pè a)[289]. [289] Muslim (4/1728) nimewo (2202).
125- Priyè pou moun ki pè bay yon bagay move zye
« Si youn nan nou wè yon bagay li renmen nan frèl, nan pwòp tèt pal, oswa nan byen li, se poul mande benediksyon pou li, paske move zye a se yon verite. »[290] [290] Musnad Ahmad (4/447) nimewo (15700), ak Ibn Majah nimewo (3508), ak Malik (3/118-119), epi Al-Albani te otantifyel nan Sahih Al-Jami' (1/212), epi gade verifikasyon Zad Al-Ma'ad pa Al-Arna'ut (4/170).
126. Sa pou moun di lè yo sezi oswa lè yo pè
«Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah!»[291]. [291] Al-Bukhari avèk Al-Fath (6/381) nimewo (3346), epi Muslim (4/2208) nimewo (2880).
127. Sa pou di lè yap egòje oswa sakrifye yon bèt.
« Nan non Allah, Bondye pi gran. [Allah se ou ki ban mwen li epi se pou ou li ye.] Allah, tanpri aseptel nan menm. »[292] "[292] Mouslim (3/1557) anba nimewo (1967), ak Al-Bayhaqi (9/287), epi sa ki ant kwochè yo soti nan Al-Bayhaqi (9/287) ak lòt moun ankò, epi dènye fraz la mwen rapòtel daprè sans li soti nan rapò Mouslim lan."
Bismil-lahi wal-lahou akbar, [al-lahoumma minka wa lak], al-lahoumma takab-bal min-nii.
128- Sa pou moun di pou kraze pyèj move lespri ak demon ki pi rebèl yo
« Mwen chèche pwoteksyon nan pawòl pafè Allah yo, sa okenn moun ki bon ni okenn moun ki mechan pa ka depase : kont mal tout sa li te kreye, fòme epi gaye ; kont mal sa kap desann soti nan syèl la, ak mal sa kap monte ladan li; kont mal sa li gaye sou tè a, ak mal sa kap sòti ladan li ; kont mal eprèv ak pyèj lannwit kou lajounen ; epi kont mal tout vizitè ki frape nan lannwit, eksepte sila a ki pote bon nouvèl, O Ou menm ki Plen Mizerikòd. »[293] [293] Ahmad (3/419) anba nimewo (15461) avèk yon chèn transmisyon otantik, ak Ibn As-Sunni anba nimewo (637), epi Al-Arna'ut te otantifye chèn transmisyon li an nan verifikasyon sous li fè pou At-Tahawiyyah a (paj 133), epi gade: Majma' Az-Zawa'id (10/127).
A‘oūzou bi-kalimāti-Llāhit-tāmmāt, allatī lā youjāwizou-hounna barroun wa lā fājir : min charri mā khalaqa, wa bara’a wa zara’a, wa min charri mā yanzilou minas-samā’, wa min charri mā ya‘roujou fīhā, wa min charri mā zara’a fil-ard, wa min charri mā yakhroujou minhā, wa min charri fitani-layli wan-nahār, wa min charri koulli ṭāriqin illā ṭāriqan yaṭrouqou bi-khayr, yā Raḥmān.
129. Mande padon ak repantans.
Mesaje Allah a (Se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvril) te di: « Mwen fè sèman sou non Allah, mwen mande Allah padon epi mwen tounen vin jwenn li (repanti) plis pase swasann-dis 70 fwa chak jou. »[294] [294] Al-Bukhari ak Al-Fath (11/101) nimewo (6307).
Epi li te di (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): «O nou menm moun yo, repanti bay Allah, paske vrèmanvre mwen repanti ba Li 100 fwa nan yon jounen»[295]. [295] Muslim (4/2076) nimewo (2702).
Epi li te di (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): «Moun ki di: « Mwen mande Allah ki pi Gran an padon, li menm ki sèl vrè senyè toupwisan an , kap Viv pou tout tan epi kap soutni tout kreyasyon an, epi mwen tounen vin jwenn li. »
Astagfirou lahal azima, alazi la ilaha ila houwal hayoul kayoumou, wa atoubou ilèy. « Allah ap padonel, menm sil te kouri kite chan batay la. »[296] [296] Abou Dawoud (2/85) nimewo (1517), ak At-Tirmidhi (5/569) nimewo (3577), ak Al-Hakim ki te otantifye li epi Ad-Dhahabi te dakò avèk li (1/511), epi Al-Albani te otantifyel tou, gade: Sahih At-Tirmidhi (3/182) ak Jami' Al-Ousoul Li Ahadith Ar-Rasoul ﷺ (4/389-390) anba verifikasyon Al-Arnaout.
Epi li te di (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): « Moman kote Senyè a pi prè sèvitè a, se nan pwofondè dènye pati lannwit lan. Kidonk, si ou kapab fè pati moun kap fè louwanj pou Allah nan lè sa a, se pou ou fè sa. » [297]. [297] At-Tirmidhi nimewo (3579), ak An-Nasa'i (1/279) nimewo (572), ak Al-Hakim (1/309), epi gade: Sahih At-Tirmidhi (3/183), ak Jami' al-Usul ki verifye pa Al-Arna'ut (4/144).
Epi li te di (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): «Moman kote yon sèvitè pi prè Seyè li se lè li pwostène, kidonk miltipliye envokasyon nou yo»[298]. [298] Muslim (1/350) nimewo (482).
Epi li te di (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): « Kè mwen konn santil lou pafwa, se poutèt sa mwen mande Allah padon 100 fwa pa jou. »[299] [299] Muslim rapòtel (4/2075) anba nimewo (2702), Ibn Al-Atheer di: «Sètènman, gen yon vwal ki kouvri kèm», sa vledi li vini kouvri epi vlope, epi sal vledi la a se: inatansyon; paske li menm (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvril) te toujou ap miltipliye nan zikr (evokasyon), nan pwoche pi pwòch Allah, ak nan kenbe yon vijilans konstan, kidonk sil te vin inatantif sou nenpòt nan bagay sa yo pafwa, oswa si li te bliye, li te konsidere sa kòm yon peche sou tèt pal, epi li te prese chache padon (Istighfar). Gade: Jami' al-Usul (4/386).
130. « Valè (merit) fè Tasbiih, Tahmiid, Tahliil ak Takbiir »
Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Moun ki di: Glwa pou Allah ansanm ak lwanj pou Li
Soubhannallahi wa bihammdih 100 fwa nan yon jounen, pechel yo ap efase, menm si yo ta tankou kim lanmè a»[300]. [300] Al-Bukhari (7/168) nimewo (6405), ak Muslim (4/2071) nimewo (2691), epi gade: Merit pou moun ki di li 100 fwa nan maten ak nan aswè (p. 65) nan liv sa a.
Epi li te di (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): «Moun ki di: Pa gen okenn lòt divinite ki merite adorasyon eksepte Allah, Li menm sèl, Li pa gen okenn asosye. Se pou Li pouvwa a, se pou Li louwanj la, epi Li gen pouvwa sou tout bagay.
La ilaha ilalla wahdahou la charika lahou, lahoul moulkou, wa lahoul hammdou, wa houwa ala kouli chèyinn kadir. 10 fwa, se tankou yon moun ki te libere 4 moun pami pitit Ismail yo»[301]. [301] Al-Bukhari (7/67) nimewo (6404), ak Muslim avèk menm fòmilasyon an (4/2071) nimewo (2693). Epi gade: Merit moun ki di li 100 fwa nan yon jounen. Envokasyon nimewo (93) (paj 66) nan liv sa a.
Epi li te di (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): « 2 pawòl ki lejè sou lang lan, ki lou nan balans lan, epi ki trè chè pou Sila a ki gen Tout Mizèrikòd la : Glwa pou Allah ansanm ak lwanj pou Li, Glwa pou Allah ki Gran an.[302] [302] Al-Bukhari (7/168) nimewo (6404), ak Muslim (4/2072) nimewo (2694).
Soubhanallahi wa bihammdihi, soubhanallahil azim.
Epi li te di (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): Poum ta di : Allah pafè, tout remèsiman se pou Allah, pa gen lòt vrè dye pasel, epi Allah pi gran pase tout bagay.
Soubhanala, walhamdoulila, wa la ilaha ilala, walahou akbar. « Pi chè nan kèm (gen plis valè pou mwen) pase tout sa solèy la klere sou li. »[303] [303] Muslim (4/2072) nimewo (2695).
Epi li te di (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): «Èske youn nan nou pa kapab genyen 1000 bon zèv chak jou?» Lè sa a, youn nan moun ki te chita ansanm avèl yo mande l : "Kòman youn nan nou ka genyen mil bon aksyon ?" Li reponn : « Li di Subhanallah 100 fwa, yo ba li 1000 bon pwen oswa yo retire 1000 fot sou dol. »[304] [304] Muslim (4/2073) nimewo (2698).
Subḥānallāh
«Moun ki di: Glwa pou Allah ki Gran an ansanm ak lwanj pou Li
Soubhanallahil azimi wa bihamdih Yo plante yon pye dat pou li nan Paradi»[305]. [305] Rapòte pa At-Tirmidhi (5/511) anba nimewo (3464), epi Al-Hakim (1/501), li deklarel otantik epi Ad-Dhahabi dakò avèk li, epi gade: Sahih Al-Jami (5/531), ak Sahih At-Tirmidhi (3/160).
Epi li te di (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): « O Abdallah pitit gason Qays, èskew vlem montrew yon trezò pami trezò Paradi yo ? » Epi mwen te di: Wi, O Mesaje Allah, li te di: «Di: Pa gen okenn mwayen ni okenn fòs si se pa avèk pèmisyon Allah»[306]. [306] Al-Bukhari avèk Al-Fath (11/213) nimewo (4206), ak Muslim (4/2076) nimewo (2704).
Epi li te di (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): «Pawòl Allah pi renmen yo se 4 : Glwa pou Allah, tout lwanj pou Allah, epi pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, epi Allah se pi Gran,
Soubhanallah, walhamdou lillah, wala ilaha illallah, wallahou akbar. « Sa pa fè anyen nan kèlkeswa saw kòmanse avèk lia »[307] [307] Muslim (3/1685) nimewo (2137).
Yon Bedwen (yon arab ki abite nan dezè a) te vin jwenn Mesaje Allah a (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvril) , epi li di: "Anseye mwen kèk pawòl poum di." Li di: Di: Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, Li sèl, Li pa gen asosye, Allah pi gran anpil, epi anpil lwanj pou Allah, Glwa pou Allah, Seyè tout linivè a, pa gen okenn mwayen ni okenn fòs si se pa avèk pèmisyon Allah, Sila a ki gen tout pouvwa a, Sila a ki gen tout sajès la.
Lā ilāha illallāhu waḥdahu lā syarīka lah, Allāhu akbaru kabīrā, wal-ḥamdu lillāhi kathīrā, subḥānallāhi Rabbil-‘ālamīn, lā ḥawla wa lā quwwata illā billāhil-‘Azīzil-Ḥakīm. Li di: Sa yo se pou Senyè mwen, alò kisa ki pou mwen? Li di: Di: «O Allah! Padonem, gen mizèrikòd pou mwen, gidem, epi ban mwen mwayen pou mwen viv.»[308] [308] Mouslim (4/ 2072) anba nimewo (2696), epi Abou Dawoud te ajoute (1/ 220) anba nimewo (832): Lè Bedwen an te vire dol ale, Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvril)te di: «Li ranmase yon chay benediksyon nan men li»
Alahouma gfir li, warhamni, wahdini, warzoukni.
Lè yon moun te aksepte Islam, Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te anseye li lapriyè, epi li te ba li lòd pou li fè envokasyon ak pawòl sa yo: «O Allah! Padonem, gen mizèrikòd pou mwen, gidem, ban mwen lasante, epi ban mwen mwayen pou mwen viv.»[309]. [309] Muslim (4/ 2073) anba nimewo (3697), epi nan yon lòt vèsyon li tou: «Paske pawòl sa yo rasanble ni lavi sou tè a ni lavi aprè lanmò a pou ou. »
Alahouma igfir li, war hamni, wah dini, wa afini war zoukni
Vrèman vre, pi bon lapriyè a se.... Tout louanj pou Allah,
(Al-ḥamdulillāh) Epi pi bon fason pou glorifye Allah a se... Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah.[310]. [310] At-Tirmidhi (5/462) nimewo (3383), ak Ibn Majah (2/1249) nimewo (3800), ak Al-Hakim (1/503), li te deklarel otantik epi Ad-Dhahabi te dakò avèl, epi gade: Sahih Al-Jami' (1/362).
«Bon zèv kap rete pou toutan yo: «Glwa pou Allah, tout lwanj se pou Allah, pa gen okenn lòt dye Sèlman Allah, Allah pi gran, epi pa gen okenn pouvwa ni okenn fòs eksepte nan Allah»[311]. [311] Ahmad, nimewo (513) daprè aranjman Ahmad Shakir, epi gade: Majma' Az-Zawa'id (1/297), epi Ibn Hajar te atribye li nan Bulugh Al-Maram, soti nan rapò Abu Sa'id la, bay An-Nasa'i [nan Al-Kubra], nimewo (10617), epi li te di: Ibn Hibban te otantifye li, nimewo (840), ak Al-Hakim (1/541).
Subḥānallāh, wal-ḥamdu lillāh, wa lā ilāha illallāh, wallāhu akbar, wa lā ḥawla wa lā quwwata illā billāh.
131. Kijan Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn fè tasbih?
Bò kote Abdoullah ibn Amr (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), li te di: «Mwen te wè Pwofèt la (Pè ak Benediksyon Allah kouvri li) ap konte Tasbih la» epi nan yon adisyon: «ak men dwat li» [312]. [312] Abu Dawud rapòtel ak menm mo sa yo (2/81) sou nimewo (1502), ak At-Tirmidhi (5/521) sou nimewo (3486), epi gade: Sahih Al-Jami' (4/271) sou nimewo (4865), epi Al-Albani te otantifye l nan Sahih Sunan Abi Dawud (1/411).
132- Pami kalite sa ki byen ak prensip respè jeneral yo.
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Lè fènwa lannwit lan kòmanse tonbe – oswa lè aswè rive – kenbe timoun nou yo anndan, paske se nan moman sa a dyab yo ap gaye. Men, lè yon pati nan lannwit lan fin pase, nou mèt kite yo. Fèmen pòt yo epi site non Allah; paske Satan pa ka louvri yon pòt ki fèmen. Mare bouch sak dlo nou yo epi site non Allah, kouvri resipyan nou yo epi site non Allah, menmsi se sèlman yon bagay nou mete an travè sou yo, epi etènn lanp nou yo.» [313]. [313] Al-Bukhari avèk Al-Fath (10/ 88) nimewo (5623), ak Muslim (3/ 1595) nimewo (2012).
Epi, se pou benediksyon, lapè, ak gras Allah desann sou Pwofèt nou an, Muhammad, ak sou fanmi li ak tout konpayon li yo.
Related books
All books
Gid pratik pou chak Mizilman54 languagesGid pratik pou chak Mizilman
Liv sa a prezante baz relijyon Islam lan yon fason ki kout epi ki konplè. Li esplike lektè yo kijan pou yo adore Allah kòrèkteman, epi li bay sans sa ki rele lafwa nan Allah,nan zanj li yo, nan liv li yo, nan pwofèt li yo, nan jou dènye a, ak nan desten an. Liv la kòmanse ak yon esplikasyon sou benediksyon Islam nan, epi li montre enpòtans pou yon moun konnen Allah, kalite li yo, ak bèl non li yo. Aprèsa, li pase nan diskisyon sou 5 pilye Islam yo ak pilye lafwa yo (Iman). Li pale tou sou konsèp pèfeksyon nan adorasyon ak enfliyans sa genyen sou lavi yon kwayan. Liv sa a gen yon mak fabrik…
Envestigasyon ak Eksplikasyon sou anpil keksyon konsènan Pelerinaj (Hadj), Omra, ak Vizit, daprè sa ki ekri nan Liv la (Koran) ak Tradisyon Pwofèt la (Sounna).46 languagesEnvestigasyon ak Eksplikasyon sou anpil keksyon konsènan Pelerinaj (Hadj), Omra, ak Vizit, daprè sa ki ekri nan Liv la (Koran) ak Tradisyon Pwofèt la (Sounna).
Liv sa a esplike règ ak prensip pou pelerinaj (Hadj), Omra, ak vizit yo, daprè sa ki ekri nan Liv la (Koran) ak Tradisyon Pwofèt la (Sounna). Li montre devwa ki genyen nan Hadj ak Omra, bagay ki entèdi pandan moun nan eta Ihram, ak jan pou moun konpòte yo lè yap vizite Moske Pwofèt la (Al-Masjid an-Nabawi), tout pandan lap avèti kont move pratik (Bid'a) ki pa nan relijyon an.
Twa Prensip Fondamantal yo ak Prèv yo65 languagesTwa Prensip Fondamantal yo ak Prèv yo
Liv sa a pale sou prensip fondamantal chak Mizilman dwe aprann: konnen Bondye, konnen relijyon Islam nan, epi konnen Pwofèt Muhammad (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li). Li mete aksan sou enpòtans prensip sa yo pou bati lafwa ak bon aksyon, pandan li baze sou prèv ki soti nan Koran an ak Hadit yo.
Yon rezime sou kwayans islamik .47 languagesYon rezime sou kwayans islamik .
Liv sa a eksplike prensip fondamantal lafwa yo ki gen ladan yo: kwè nan Allah, nan zanj li yo, nan liv li yo, nan pwofèt li yo, nan jou dènye a, ak nan desten. Liv la prezante prensip de baz yon mizilman dwe kwè ak jan li dwe aji daprè yo. Li mete aksan sou enpòtans pou yon moun ranfòse relasyon li ak Allah atravè yon konpreyansyon pwofon sou kwayans islamik la.