Skip to content

Pi bon fason pou mande Allah padon (Seyè istigfar)

Daprè Shaddad bin Aws (se pou Allah satisfè avè l), daprè Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li):

«Pi gwo fòmil pou mande padon an, se pouw di: O Allah, Ou se Senyè mwen, pa gen lòt divinite esepte Ou. Ou kreyem epi mwen se sèvitè Ou, epi map kenbe angajman ak pwomès mwen fèw la daprè tout kapasitem. Mwen chèche pwoteksyon bò kotew kont sa ki mal nan sa mwen fè. Mwen rekonèt byenfè Ou yo sou mwen, epi mwen rekonèt pechem yo. Kidonk, padonem, paske vrèmanvre, pa gen pesonn ki padone peche yo esepte Ou menm.» Li te di: «Moun ki di li pandan jounen an avèk fèm konviksyon ladan li, epi li mouri nan menm jou a anvan aswè rive, lap pami moun Paradi yo. Epi moun ki di li pandan lannwit avèk fèm konviksyon ladan li, epi li mouri anvan maten rive, lap pami moun Paradi yo.»

«سَيِّدُ الِاسْتِغْفَارِ أَنْ تَقُولَ: اللَّهُمَّ أَنْتَ رَبِّي لاَ إِلَهَ إِلَّا أَنْتَ، خَلَقْتَنِي وَأَنَا عَبْدُكَ، وَأَنَا عَلَى عَهْدِكَ وَوَعْدِكَ مَا اسْتَطَعْتُ، أَعُوذُ بِكَ مِنْ شَرِّ مَا صَنَعْتُ، أَبُوءُ لَكَ بِنِعْمَتِكَ عَلَيَّ، وَأَبُوءُ لَكَ بِذَنْبِي فَاغْفِرْ لِي، فَإِنَّهُ لاَ يَغْفِرُ الذُّنُوبَ إِلَّا أَنْتَ» قَالَ: «وَمَنْ قَالَهَا مِنَ النَّهَارِ مُوقِنًا بِهَا، فَمَاتَ مِنْ يَوْمِهِ قَبْلَ أَنْ يُمْسِيَ، فَهُوَ مِنْ أَهْلِ الجَنَّةِ، وَمَنْ قَالَهَا مِنَ اللَّيْلِ وَهُوَ مُوقِنٌ بِهَا، فَمَاتَ قَبْلَ أَنْ يُصْبِحَ، فَهُوَ مِنْ أَهْلِ الجَنَّةِ».

Se Al-Boukari ki rapòte li.
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen ke gen plizyè fòmil pou mande padon, epi sa ki pi bon e ki pi gran pami yo, se pou sèvitè a di: "O Allah, Ou se Seyè mwen, pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Ou menm, Ou te kreye mwen epi mwen se sèvitè Ou, epi mwen kenbe angajman ak pwomès mwen avèk Ou nan limit kapasite mwen, mwen chèche refij nan ou kont mal nan sa mwen fè yo, mwen rekonèt byenfè Ou yo sou mwen, epi mwen rekonèt peche mwen yo, kidonk padonem, paske pa gen pèsonn ki padone peche yo esepte Ou menm" Konsa, premyèman sèvitè a rekonèt inisite Allah, epi li kwè Allah se Kreyatè li ak Sila a li adore a, li pa gen asosye, epi li respekte angajman li te pran avèk Allah, glwa pou li, pou li kwè nan li epi obeyi li, selon kapasite li; paske sèvitè a, kèlkeswa kantite adorasyon li fè, li pa gen pouvwa pou li fè tout sa Allah ba li lòd fè a, ni pou li fè tout sa ki obligatwa kòm rekonesans pou byenfè yo, epi li chèche refij nan Allah, epi li kenbe fèm ak li, paske se bò kote Li yo chèche pwoteksyon kont mal sèvitè a fè. Epi li admèt ak rekonèt devan Li, ak pwòp volonte li, byenfè Li genyen sou li, epi li tounen sou pwòp tèt li pou li admèt ak rekonèt peche li ak dezobeyisans li, Epi aprè siplikasyon sa a bay Allah, li mande Mèt li poul padonel lè Li kache pechel yo epi pwotejel kont konsekans yo gras avèk padon Li, favè Li ak mizèrikòd Li, paske vrèman pa gen okenn moun ki padone peche yo eksepte Li menm, Ki Pwisan epi Ki Majestye a. Aprèsa, Pwofèt la (ke lapriyè ak lapè Allah sou li) fè konnen se youn nan pawòl rapèl (adhkar) pou maten ak lannwit; konsa, nenpòt moun ki dil ak tout konviksyon, pandan li gen sans pawòl yo nan lespril epi li kwè nan yo nan kòmansman jounen li—soti lè solèy la leve rive lèl nan pi wo pwen li nan syèl la (zewal), ki se tan lajounen an—si l mouri, lap antre nan Paradi. Epi nenpòt moun ki dil nan lannwit, ki se soti lè solèy kouche pou rive lè douvanjou leve, epi li mouri anvan maten rive; lap antre nan Paradi a.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Fòmil pou mande padon yo (istigfar) pa menm, epi genyen ladan yo ki pi bon pase lòt.

Vrèmanvre, li nesesè pou sèvitè a toujou asire li ke li rele Allah ak Siplikasyon sa a; paske li se mèt demann padon an.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (8/ 67) (6306).

Plis (6)

توضيح الأحكام من بلوغ المرام.

لعبد الله البسام (7/ 562).

منحة العلام في شرح بلوغ المرام.

لعبد الله الفوزان (10/ 435).

فتح ذي الجلال والإكرام.

لابن عثيمين (6/ 486).