Èske mwen pa ta dwe fè nou konnen pi bon aksyon nou yo, sila a ki pi bon devan Wa (Mèt) nou an, epi ki pi monte ran nou yo pi wo?
Daprè Abou ad-Darda (ke Allah satisfè avèk li), li te di: Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Èske mwen pa ta dwe fè nou konnen pi bon nan tout aksyon nou yo, sila a ki pi pwòp nan zye Mèt nou an (Allah), ki bay plis grad, ki pi bon pou nou pase depanse lò ak lajan, epi ki pi bon pou nou pase rankontre lènmi nou yo kote nap koupe tèt yo epi yap koupe tèt nou?» Yo reponn: «Wi, sètènman.» Li di: «Se fè louwanj Allah ki pi Wo a (Dhikrullah).»
«أَلاَ أُنَبِّئُكُمْ بِخَيْرِ أَعْمَالِكُمْ، وَأَزْكَاهَا عِنْدَ مَلِيكِكُمْ، وَأَرْفَعِهَا فِي دَرَجَاتِكُمْ وَخَيْرٌ لَكُمْ مِنْ إِنْفَاقِ الذَّهَبِ وَالوَرِقِ، وَخَيْرٌ لَكُمْ مِنْ أَنْ تَلْقَوْا عَدُوَّكُمْ فَتَضْرِبُوا أَعْنَاقَهُمْ وَيَضْرِبُوا أَعْنَاقَكُمْ؟» قَالُوا: بَلَى. قَالَ: «ذِكْرُ اللهِ تَعَالَى».
Pwofèt la, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), te mande konpayon li yo: Èske nou ta renmen mwen fè nou konnen epi anseye nou sou zèv nou yo ki pi bon, ki pi nòb, ki pi pwofitab, ki pi pwòp, epi ki gen plis valè devan Allah, Souvren an, Toupwisan epi Majestye a? Epi sila a ki leve nou pi wo nan ran (oswa nivo) nou nan Paradi a? Epi ki pi bon pou nou pase fè lacharite ak lò ak ajan? Epi ki pi bon pou nou pase rankontre enkwayan yo (moun ki pa kwayan yo) pou nou goumen, kote nap koupe tèt yo epi yap koupe tèt nou? Konpayon yo te di: Wi, nou vle sa. Li di, ke lapè ak benediksyon Allah sou li: Sonje Allah Trèwo a nan tout moman, ak nan tout pozisyon ak sitiyasyon.
Lè yon moun toujou ap sonje Allah Senyè toupwisan an epi lap repete non li (Dhikr), kit se aklè kit se an kachèt nan kè li, sa se youn nan pi gwo aksyon ki pèmèt li pwoche pi prè Li, epi ki pi itil devan Allah Senyè toupwisan an.
Tout zèv yo te etabli sèlman pou fè rapèl Allah ki Trè O a, Allah ki Trè O a di: (Epi fè lapriyè pou sonje Mwen). Epi Pwofèt la (kè poze ak benediksyon Allah sou li) di: Yo etabli Tawaf la nan Kay la, ant Safa ak Marwa, ak voye wòch yo sèlman pou fè rapèl Allah ki Trè O a. Se Abu Dawud ak Tirmidhi ki rapòte l.
Al-'Izz ibn 'Abd al-Salam te di nan liv li a (Qawa'id): «Hadit sa a se youn nan prèv ki montre rekonpans lan pa depann sèlman sou kantite efò (oswa fatig) nan tout zak adorasyon yo; okontrè, Allah ki Pi Wo a ka bay plis rekonpans pou yon ti aksyon pase sa Li bay pou yon gwo aksyon. Kidonk, rekonpans lan depann pito sou diferans ki genyen nan nivo valè ak diyite zak la.
Al-Munawi te di nan Fayd al-Qadir: «Yo konprann Adis sa a nan sans ke fè louwanj pou Allah (Dhikr) se te pi bon bagay pou moun li tap pale avèk yo a. Si se te yon moun ki brav epi vanyan ki te ka pote avantaj pou Islam nan konba, li tap dil pito: se batay (Djihad); oswa pou yon moun rich ki te ka ede pòv yo ak lajan li, li tap dil: se bay lacharite (Sadaqah); epi pou yon moun ki gen mwayen fè Pelerinaj la, li tap di li: se Pelerinaj (Hajj); oswa pou yon moun ki gen paran li vivan toujou, li tap dil: se pran swen yo ak respè. Se konsa yo rive mete tout pawòl sa yo an amoni.»
Fason ki pi konplè pou sonje Allah (Dhikr) la, se pawòl ki soti nan bouch la ansanm ak refleksyon ki fèt nan kè a, answit se sa ki fèt nan kè a sèlman tankou meditasyon, aprèsa se pawòl ki soti nan bouch la sèlman, epi nan chak nan yo genyen yon rekonpans, si Allah Trèwo a vle.
Lè yon mizilman respekte epi repete souvan fòmil pou sonje Allah yo (Adhkar) ki gen rapò ak diferan sitiyasyon nan lavi a — tankou priyè maten ak aswè, sa li dwe di lè lap antre oswa sòti nan moske a, nan kay la, nan twalèt la, ak lòt bagay konsa... — sa fèl fè pati moun ki toujou sonje Allah anpil yo.»
Sounna At-Tirmidhi (5/ 389) (3377).
Sounna Ibn Majah (4/ 705) (3790).
Mousnad Ahmad (36/ 33) (21702).
Plis (5)
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (2/ 513).
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (2/ 985).
كنوز رياض الصالحين لمجموعة من الباحثين.
Cited in books
4 BooksPlis (3)
- الخطب المنبرية موسوعة الخطب المنبرية (القسم الثاني)«أَلَا أُخْبِرُكُمْ بِخَيْرِ أَعْمَالِكُمْ، وَأَزْكَاهَا عِنْدَ مَلِيكِكُمْ، وَأَرْفَعِهَا فِي دَرَجَاتِكُمْ، وَخَيْرٌ لَكُمْ مِنْ إِنْفَاقِ الذَّهَبِ وَالْوَرِقِ، وَخَيْرٌ لَكُمْ مِنْ أَنْ تَلْقَوْا عَدُوَّكُمْ فَتَضْرِبُوا أَعْنَاقَهُمْ و
- الذكر والدعاء والعلاج بالرقي من الكتاب والسنة" ألا أنبئكم بخير أعمالكم، وأزكاها عند مليككم، وأرفعها في درجاتكم، وخير لكم من إنفاق الذهب والوَرِق، وخير لكم من أن تلقوا عدوكم فتضربوا أعناقهم ويضربوا أعناقكم؟ " قالوا: بلى. قال: ذكر الله تعالى".
- مجموعة زاد الحديث(2)1«أَلا أُنَبِّئُكُمْ بِخَيْرِ أَعْمَالِكُمْ، وَأَزْكَاهَا عِنْدَ مَلِيكِكُمْ، وَأَرْفَعِهَا فِي دَرَجَاتِكُمْ، وَخَيْرٌ لَكُمْ مِنْ إِنْفَاقِ الذَّهَبِ وَالْوَرِقِ، وَخَيْرٌ لَكُمْ مِنْ أَنْ تَلْقَوْا عَدُوَّكُمْ فَتَضْرِبُوا أَعْنَاقَهُمْ و