Skip to content

Pawòl Allah pi renmen tande you se 4 yo ye : SubhanAllah (Glwa pou Allah), Alhamdulillah (Lwanj pou Allah), La ilaha illallah (Pa gen lòt bondye sanble ak Allah), epi Allahu Akbar (Allah pi gran). Sa pa gen okenn enpak sou ou kèlkeswa saw ta chwazi kòmanse avèk li a

Daprè Samoura ibn Joundoub (ke Allah satisfè avèk li), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Pawòl Allah pi renmen yo se 4 : Glwa pou Allah, Lwanj pou Allah, Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, epi Allah pi gran, sa pap deranje w ak kilès ladan yo ou kòmanse».

«أَحَبُّ الْكَلَامِ إِلَى اللهِ أَرْبَعٌ: سُبْحَانَ اللهِ، وَالْحَمْدُ لِلهِ، وَلَا إِلَهَ إِلَّا اللهُ، وَاللهُ أَكْبَرُ، لَا يَضُرُّكَ بِأَيِّهِنَّ بَدَأْتَ».

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen ke pawòl Allah ki Trèwo a pi renmen yo se 4 : Glwa pou Allah: sa vle di se rekonèt epi deklare Allah Toupwisan an pa gen okenn defo (li pa manke anyen). Tout louwanj se pou Allah: Se dekri Allah ak tout kalite ki pafè nèt yo, avèk lanmou pou Li epi bay Li glwa. Epi "La ilaha illa Allah": Sa vle di: Pa gen anyen oswa pèsonn ki merite pou yo adorel tout bon vre, sof Allah. Epi Allah se pi gran: sa vle di: Li pi elve, Li pi pwisan, epi Li gen plis onè pase nenpòt lòt bagay ki egziste. Epi benefis li ak jwenn rekonpans li pa egzije pou swiv yon lòd lè y ap pwononsel.

Pami benefis Hadith la

Fasilite ki nan lwa Allah a (charya), kote sa pa gen okenn enpak (pa gen pwoblèm) kèlkeswa saw ta chwazi kòmanse avèl nan pawòl sa yo.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (3/ 1685) (2137).

(4/ 2093) (2731).

(4/ 2072) (2695).

Plis (8)

توضيح الأحكام من بلوغ المرام.

للبسام (7/ 540).

منحة العلام في شرح بلوغ المرام.

لعبد الله الفوزان (10/ 411).

فتح ذي الجلال والإكرام.

لابن عثيمين (6/ 477).

سبل السلام بشرح بلوغ المرام.

للصنعاني (2/ 706).