Skip to content

Lèl tap antre nan moske a, li te konn di: «Mwen chèche pwoteksyon bò kote Allah ki Gran an, ak figi nòb Li a, ak otorite etènèl Li a, kont Satan, sila a ki modi a.»

Li soti nan Abdullah ibn Amr ibn al-As — se pou Allah kontan avèk yo tou 2:

Daprè Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li), lèl tap antre nan moske a, li te konn di: «Mwen chèche pwoteksyon bò kote Allah ki Gran an, ak figi nòb Li a, ak otorite etènèl Li a, kont Satan, sila a ki modi a.» Li di: «Èske se sa sèlman?» Mwen reponn: «Wi.» Li di: «Lèl fin di sa, Satan di: Li pwoteje anba men mwen pou rès jounen an.»

عن النبي صلى الله عليه وسلم أنه كان إذا دخل المسجد قال: «أعوذ بالله العظيم، وبوجهه الكريم، وسلطانه القديم، من الشيطان الرَّجِيم»، قال: أَقَطُّ؟ قلت: نعم، قال: فإذا قال ذلك قال الشيطان: حُفِظَ منِّي سائر اليوم.

Rapòte pa Abou Dawoud
« Bon » ou « Byen »
Esplikasyon an

Lè Pwofèt la (ke lapriyè ak lapè Allah sou li) tap antre nan moske a, li te konn di: (Mwen chache pwoteksyon nan men Allah ki gran anpil la) Mwen pran refij epi mwen chache pwoteksyon nan men Allah ak nan kalite Li yo. (Ak figi/ vizaj nòb Li a) Sila a ki renmen bay la, Sila a ki donan an. (Ak otorite Li a) Dominasyon Li, pouvwa Li, ak kontwòl Li sou nenpòt moun Li vle pami kreyasyon li an. (Sa ki la depi toujou a) sa ki pa gen kòmansman an e kap rete pou toutan an. (kont satan ki rejte a) sila a ki ekate epi ki chase soti nan mizèrikòd Allah, Sa vle di: O Allah, pwotejem kont chichotman li, tantasyon li, pyèj li yo, move panse li mete nan tèt moun, bèl mantil fè parèt bon, ak tout fason lap chèche pèdi moun; paske se li menm ki kòz egareman an e se li kap pouse moun nan peche ak nan inyorans Epi, yo te mande Abdullah ibn Amr: "Sèlman sa?" Sa vle di: Èske Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di sa sèlman? Li di: Wi. Konsa, lè moun ki antre nan moske a fin fè priyè sa a; Satan di: «Moun sa a ki antre a pwoteje tèt li anba menm pou tout tan an, tout jounen an ak tout nwit li.

Pami benefis Hadith la

Valè pou fè priyè ak pawòl sa a lè wap antre nan moske a, epi jan li pwoteje moun ki dil la kont Satan pou rès jounen an.

Avètisman kont Cheytàn (Satan), ak lefèt ke li ap veye mizilman an pou li egarel epi poul pousel fè sa ki mal.

Nivo pwoteksyon yon moun jwenn kont egareman ak devyasyon Satan depann sou kantite lafwa nan Allah ki nan kè li, konsyans li genyen pandan lap fè priyè sa a, epi kwayans li nan pwomès Allah ki lye ak li a.

Referans yo.

Sounna Abou Dawoud (1/ 349) (466).

Plis (4)

شرح سنن أبي داود.

لبدر الدين العيني (2/ 374).

مرقاة المفاتيح شرح مشكاة المصابيح.

لعلي القاري (2/ 627).