Skip to content

Lè nap lapriyè, ranje ran nou yo byen, epi kite youn nan nou dirije lapriyè a pou nou tout(kòm imam) . Lè li di 'Allahu Akbar' (Allah gran), nou menm tou nou di 'Allahu Akbar'.

Soti nan Hittam bin Abdullah ar-Raqashi, li te di: Mwen te fè yon lapriyè ansanm ak Abu Musa al-Ash’ari. Lè yo te rive nan moman chita a (tashahhud), yon mesye nan gwoup la te di: 'Lapriyè a te konfime avèk byenfè ak zakat.' Lè Abu Musa te fini lapriyè a epi li te fin salye (taslim), li te vire gade moun yo epi li di: 'Kilès nan nou ki te di mo sa yo?' Moun yo te rete an silans. Li te repete: 'Kilès nan nou ki te di mo sa yo?' Moun yo te rete an silans ankò. Lè sa a, li di: 'Petèt se ou menm, Hittam, ki te di sa?' Li reponn: 'Mwen pat di sa, epi mwen te pè pouw pat repwochem pou sa.' Yon lòt mesye nan gwoup la te di: 'Se mwen menm ki te di sa, epi mwen pat gen okenn lòt entansyon pase fè byen.' Abu Musa te reponn li: 'Èske nou pa konnen ki jan nou dwe pale nan lapriyè nou yo? Vreman vre, Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè yon diskou pou nou, li te montre nou sunnah nou an, li te anseye nou lapriyè nou an, epi li te di:

Lè nou kanpe pou lapriyè, ranje ran nou yo byen. Aprèsa kite youn nan nou dirije lapriyè a pou nou. Lè Imam lan di 'Allahu Akbar', nou menm tou di 'Allahu Akbar'. Lè li rive nan fen Al-Fatiha a epi li di:  {غَيْرِ الْمَغْضُوبِ عَلَيْهِمْ وَلا الضَّالِّينَ}, {ghayr almaghdub ealayhim wala alddallina} Sa vle di: ( pa chemen sa yo ki fè w an kòlè, epi ki pa chemen moun ki pèdi wout la), nou tout di: 'Amin', konsa Allah ap reponn nou. Lè Imam lan di 'Allahu Akbar' epi li bese (ruku'), nou menm tou di 'Allahu Akbar' epi nou bese, paske Imam lan dwe bese anvan nou epi li dwe leve anvan nou." Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: "Se konsa sa dwe fèt. Lè Imam lan di: Sami'allahu liman hamidah (Allah tande moun ki fè lwanj pou li), nou menm nou di: Allahumma Rabbana lakal hamd (O Allah, Seyè nou an, se pou ou lwanj la), konsa Allah ap tande nou. Paske Allah Toupwisan an, te di nan bouch pwofèt li a: Sami'allahu liman hamidah. Lè li di 'Allahu Akbar' epi li pwostène (sujud), nou menm tou di 'Allahu Akbar' epi nou pwostène, paske Imam lan dwe pwostène anvan nou epi li dwe leve anvan nou." Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te ajoute: "Se konsa sa dwe fèt. Lè nou rive nan moman chita a (tashahhud), se pou premye pawòl nou di se: At-tahiyyatu at-tayyibatu as-salawatu lillah, as-salamu 'alayka ayyuhan-nabiyyu wa rahmatullahi wa barakatuhu, as-salamu 'alayna wa 'ala 'ibadillahis-salihin, ash-hadu an la ilaha illallah wa ash-hadu anna Muhammadan 'abduhu wa rasuluh (Tout salitasyon, tout bon bagay, ak tout lapriyè se pou Allah , Lapè sou ou, O Pwofèt, ansanm ak pitye ak benediksyon Allah. Lapè sou nou ak sou sèvitè dwat Allah yo. Mwen temwanye pa gen lòt dye eksepte Allah, epi mwen temwanye Muhammad se sèvitèl ak mesaje li)."

«إِذَا صَلَّيْتُمْ فَأَقِيمُوا صُفُوفَكُمْ، ثُمَّ لِيَؤُمَّكُمْ أَحَدُكُمْ فَإِذَا كَبَّرَ فَكَبِّرُوا، وَإِذْ قَالَ: {غَيْرِ الْمَغْضُوبِ عَلَيْهِمْ وَلا الضَّالِّينَ} [الفاتحة: 7]، فَقُولُوا: آمِينَ، يُجِبْكُمُ اللهُ، فَإِذَا كَبَّرَ وَرَكَعَ فَكَبِّرُوا وَارْكَعُوا، فَإِنَّ الْإِمَامَ يَرْكَعُ قَبْلَكُمْ، وَيَرْفَعُ قَبْلَكُمْ»، فَقَالَ رَسُولُ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ: «فَتِلْكَ بِتِلْكَ، وَإِذَا قَالَ: سَمِعَ اللهُ لِمَنْ حَمِدَهُ، فَقُولُوا: اللَّهُمَّ رَبَّنَا لَكَ الْحَمْدُ، يَسْمَعِ اللهُ لَكُمْ، فَإِنَّ اللهَ تَبَارَكَ وَتَعَالَى قَالَ عَلَى لِسَانِ نَبِيِّهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ: سَمِعَ اللهُ لِمَنْ حَمِدَهُ، وَإِذَا كَبَّرَ وَسَجَدَ فَكَبِّرُوا وَاسْجُدُوا، فَإِنَّ الْإِمَامَ يَسْجُدُ قَبْلَكُمْ وَيَرْفَعُ قَبْلَكُمْ»، فَقَالَ رَسُولُ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ: «فَتِلْكَ بِتِلْكَ، وَإِذَا كَانَ عِنْدَ الْقَعْدَةِ فَلْيَكُنْ مِنْ أَوَّلِ قَوْلِ أَحَدِكُمُ: التَّحِيَّاتُ الطَّيِّبَاتُ الصَّلَوَاتُ لِلهِ، السَّلَامُ عَلَيْكَ أَيُّهَا النَّبِيُّ وَرَحْمَةُ اللهِ وَبَرَكَاتُهُ، السَّلَامُ عَلَيْنَا وَعَلَى عِبَادِ اللهِ الصَّالِحِينَ، أَشْهَدُ أَنْ لَا إِلَهَ إِلَّا اللهُ وَأَشْهَدُ أَنَّ مُحَمَّدًا عَبْدُهُ وَرَسُولُهُ».

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Sahabi Abu Musa al-Ash’ari (se pou Allah kontan avèl) te dirije yon lapriyè. Lè li te rive nan moman chita a (tashahhud), youn nan moun ki tap lapriyè dèyèl yo te di: 'Lapriyè a te asosye ak byenfè ak zakat nan Koran an.' Lè Abu Musa te fini lapriyè a, li te vire gade moun yo epi li mande yo: 'Kilès nan nou ki te di mo: Lapriyè a te asosye ak byenfè ak zakat nan Koran an?' Moun yo te rete an silans, pa gen youn ki te reponn. Li te poze kesyon an ankò, men lè pèsonn pat reponn, Abu Musa te di: 'Petèt se ou menm, Hittam, ki te di sa!' (Li te di sa paske Hittam te pwòch li epi li te konn pale avèl avèk libète, kidonk akizasyon an pa tap blesel, epi se te yon fason pou pouse moun ki te di sa a pou li konfese). Hittam te demanti sa, li di: 'Mwen te pè pouw pat repwochem paskew tap sispèk se mwen ki te di sa.' Lè sa a, yon Mesye nan gwoup la te di: 'Se mwen menm ki te di sa, epi mwen pa te gen okenn lòt entansyon pase fè byen.' Abu Musa te reponn li poul anseyel: 'Èske nou pa konnen ki jan nou dwe pale nan lapriyè nou yo?' (Se te yon fason pou li fè konnen sa pat apwopriye nan moman sa a). Aprèsa Abu Musa te rakonte yo kijan Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè yon diskou pou yo yon fwa, li te rakonte yo lwa yo, li te anseye yo lapriyè yo, epi Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: Lè nou kanpe pou lapriyè, ranje ran nou yo byen epi kenbe yo dwat. Aprèsa, kite youn nan nou dirije lapriyè a pou lòt yo. Lè Imam lan di 'Takbir' (Allahu Akbar) pou ouvèti lapriyè a, nou menm tou dil menm jan an. Lè li fin li Fatiha a epi li rive nan: (sa ki pa chemen sa yo ki fèw an kòlè, e ki pa chemen moun ki pèdi wout la), nou tout di: 'Amin'. Lè nou fè sa, Allah ap reponn lapriyè nou an. Lè li di 'Allahu Akbar' epi li bese (ruku'), nou menm tou di 'Allahu Akbar' epi nou bese. Paske Imam lan bese anvan nou epi li leve anvan nou, pa prese pase devan li. Paske ti moman Imam lan pran pou li bese a, li konpanse pou nou pa reta nou pran pou nou bese aprèl; konsa ti moman sa a konpanse ak lòt la, epi dire bese pa nou an vin egal ak pal la. Lè Imam lan di: Sami'allahu liman hamidah (Allah tande moun ki fè lwanj pou li), nou menm nou di: Allahumma Rabbana lakal hamd (O Allah, Seyè nou an, se pou ou lwanj la). Si moun kap lapriyè yo di sa, Allah Toupwisan an ap tande lapriyè yo ak pawòl yo, paske Allah ki beni epi ki anwo tout bagay te di nan bouch Pwofèt li a: Sami'allahu liman hamidah. Lè Imam lan di 'Allahu Akbar' epi li pwostène (sujud), moun ki dèyè yo dwe di 'Allahu Akbar' epi yo pwostène. Paske Imam lan pwostène anvan yo epi li leve anvan yo, ti moman sa a konpanse ak lòt la, konsa dire pwostrasyon pa nou an vin egal ak pa Imam lan. Lè nou rive nan moman chita pou Tashahhud la, kite premye pawòl moun kap lapriyè a di se: (Tout salitasyon, tout bon bagay, ak tout lapriyè se pou Allah). Paske tout pouvwa, tout letènite, ak tout grandè se pou Allah Toupwisan an, e menm jan an tou, 5 lapriyè yo se pou Allah) . Lè sa a, nou di: 'As-salamu 'alayka ayyuhan-nabiyyu wa rahmatullahi wa barakatuhu' (Lapè sou ou, O Pwofèt, ansanm ak pitye ak benediksyon Allah), 'as-salamu 'alayna wa 'ala 'ibadillahis-salihin' (Lapè sou nou ak sou sèvitè dwat Allah yo). Nou mande Allah sekirite kont tout defo, tout malè, tout mank, ak tout koripsyon. Nou espesyalman salye Pwofèt nou an Muhammad (lapè ak benediksyon Allah sou li), aprèsa nou salye tèt nou, epi nou salye tout sèvitè dwat Allah yo ki respekte dwa Allah yo ak dwa sèvitèl yo. Aprèsa , nou temwanye pa gen lòt dye Sèlman Allah, epi nou temwanye Muhammad se sèvitèl ak mesajel."

Siyifikasyon mo yo

فأرمّ: سكنوا وسكتوا.

تبكعني: تقرعني وتوبخني.

Pami benefis Hadith la

"Eksplikasyon sou youn nan fòmil Tashahhud yo."

Aksyon ak pawòl nan lapriyè a dwe soti nan sa ki pwouve nan men Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li); li pa pèmèt okenn moun envante yon pawòl oswa yon aksyon ki pa pwouve nan Sunnah a.

Li pa pèmèt pou yon moun kap lapriyè dèyè yon Imam pran devan li oswa rete twò lwen dèyèl. Sa ki kòrèk la se pou moun ki deyè imam lan swiv li nan tout aksyon li yo.

Mansyone fason Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te bay enpòtans nan transmèt mesaj la, epi nan anseye kominote li a règleman relijyon an.

Imam lan se modèl pou sila a kap swiv la, kidonk li pa pèmèt pou li devanse li nan aksyon lapriyè yo, ni fè aksyon yo ansanm avèk li, ni pran reta dèyè li; okontrè, li dwe kòmanse swiv li aprè li fin asire li ke li antre nan aksyon li vle fè a, epi Sunnah a se poul swiv Imam lan nan aksyon li yo .

Lejitimite(obligasyon) pou mete ranje yo byen dwat nan lapriyè a.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 303) (404).

Plis (4)

إكمال المعلم (2/298).

المفهم لما أشكل من تلخيص كتاب مسلم (2/ 37).

النهاية في غريب الحديث والأثر (ص376) (87).

البحر المحيط الثجاج في شرح صحيح الإمام مسلم بن الحجاج (9/ 402).