Pa fè kay nou tounen kavo, epi pa fè kavo mwen tounen yon kote pou fèt (oswa yon kote pou moun rasanble regilyèman pou yo selebre). Mande benediksyon (salawat) pou mwen, paske lapriyè nou an ap rive jwenn mwen kèlkeswa kote nou ye.
Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
Pa fè kay nou tounen kavo, epi pa fè kavo mwen tounen yon kote pou fèt (oswa yon kote pou moun rasanble regilyèman pou yo selebre). Mande benediksyon (salawat) pou mwen, paske lapriyè nou an ap rive jwenn mwen kèlkeswa kote nou ye.
«لَا تَجْعَلُوا بُيُوتَكُمْ قُبُورًا، وَلَا تَجْعَلُوا قَبْرِي عِيدًا، وَصَلُّوا عَلَيَّ؛ فَإِنَّ صَلَاتَكُمْ تَبْلُغُنِي حَيْثُ كُنْتُمْ».
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) entèdi nou kite kay nou san lapriyè, yon fason pou yo pa tounen tankou kavo kote moun pa fè lapriyè. Epi li (Pwofèt la) entèdi moun vwayaje oswa vizite kavol la repete anpil fwa, oswa rasanble bò kotel jan yo ta konn fè sa kòm yon abitid; paske sa se yon mwayen ki kapab mennen nan fè chirk (bay Allah asosye). Epi li te bay lòd pou yo voye benediksyon ak lapè sou li nenpòt ki kote sou tè a; paske sa rive jwenn li kit se pre, kit se lwen, menm jan an. Konsa, pa gen okenn bezwen pou yon moun ap fè ale vini nan tonbo li a.
ولا تجعلوا قبري عيدًا: العيد: ما يعتاد مجيئه وقصده من زمان ومكان، أي: لا تتخذوا قبري محل اجتماعٍ تترددون إليه وتعتادونه للصلاة والدعاء وغير ذلك.
Entèdiksyon pou moun kite kay yo san yo pa adore Allah (Toupwisan an) ladan yo.
Yo entèdi vwayaje (espesyalman) pou ale vizite kavo Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li); paske li te bay lòd pou nou mande benediksyon pou li (salawat) epi li te fè konnen benediksyon sa yo rive jwenn li (kèlkeswa kote nou ye). Sa ki pèmèt nou vwayaje ale se pou nou vizite moske a (Moske Pwofèt la nan Medin) epi pou nou priye ladan l.
Entèdiksyon pou fè vizit kavo Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) tounen yon kote pou fèt (oswa yon seremoni regilye), nan fason pou repete vizit yo sou yon fòm espesyal nan yon tan espesyal; epi se menm bagay la tou pou vizit nenpòt lòt kavo.
Onè Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) bò kote Seyè li a, se atravè lejitimite pou voye benediksyon ak lapè sou li nan tout tan ak tout kote.
Etandone entèdiksyon pou fè lapriyè bò kote kavo yo te deja etabli pami konpayon yo (Sahaba yo), se poutèt sa Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te entèdi pou nou fè kay nou tounen tankou kavo kote moun pa fè lapriyè.
Sounna Abou Dawoud (3/ 385) (2042).
Plis (4)
الجديد في شرح كتاب التوحيد.
لمحمد القرعاوي (ص202).
الملخص في شرح كتاب التوحيد.
لصالح الفوزان (ص185).
Cited in books
7 BooksPlis (6)
- المختصر في آداب السفر وصفة الحج والعمرة وآداب الزيارة والأدعية الجامعة مع ملحق بالفتاوى والمخالفات3- المختصر في آداب زيارة المسجد النبوي وأحكامها (للحرمين)«لَا تَجْعَلُوا بُيُوتَكُمْ قُبُورًا، وَلَا تَجْعَلُوا قَبْرِي عِيدًا، وَصَلُّوا عَلَيَّ، فَإِنَّ صَلَاتَكُمْ تَبْلُغُنِي حَيْثُ كُنْتُمْ» [2].
- المختصر في آداب زيارة المسجد النبوي وأحكامهاالمختصر في آداب زيارة المسجد النبوي وأحكامها (للحرمين)«لَا تَجْعَلُوا بُيُوتَكُمْ قُبُورًا، وَلَا تَجْعَلُوا قَبْرِي عِيدًا، وَصَلُّوا عَلَيَّ، فَإِنَّ صَلَاتَكُمْ تَبْلُغُنِي حَيْثُ كُنْتُمْ» [2].
- رسالة في الأذكار1«لَا تَجْعَلُوا قَبْرِي عِيدًا، وَصَلُّوا عَلَيَّ؛ فَإِنَّ صَلَاتَكُمْ تَبْلُغُنِي حَيْثُ كُنْتُمْ».
- كتاب التوحيدكتاب التوحيد للشيخ محمد بن عبد الوهاب((لاَ تَجْعَلُوا بُيُوتَكُمْ قُبُورًا، وَلاَ تَجْعَلُوا قَبْرِي عِيدًا، وَصَلُّوا عَلَيَّ؛ فَإِنَّ صَلاَتَكُمْ تَبْلُغُنِي حَيْثُ كُنْتُمْ))
- مجموعة زاد العقيده (4)العقيدة 4«لا تَجْعَلُوا بُيُوتَكُمْ قُبُورًا، وَلا تَجْعَلُوا قَبْرِي عِيدًا، وَصَلُّوا عَلَيَّ؛ فَإِنَّ صَلاتَكُمْ تَبْلُغُنِي حَيْثُ كُنْتُمْ».
- موسوعة الإيمان«وَصَلُّوا عَلَيَّ؛ فَإِنَّ صَلَاتَكُمْ تَبْلُغُنِي حَيْثُ كُنْتُمْ».