Mesaje Allah Toupwisan an a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn sèvi ak fraz sa yo (tashahhud la) poul fè lwanj ak adorasyon Allay aprè chak lapriyè.
Soti nan Abi Al-Zubayr, li di:
Ibn Al-Zubayr te konn di aprè chak lapriyè, lèl fin bay salitasyon an: 'Pa gen lòt dye eksepte Allah , Li sèl, Li pa gen okenn asosye. Se pou Li tout wayòm nan ak tout lwanj yo, e Li gen pouvwa sou tout bagay. Pa gen okenn chanjman nan kondisyon nou, ni okenn fòs, eksepte pa Allah. Pa gen lòt dye eksepte Allah, e nou pa adore pèsonn lòt pase Li. Se pou Li tout favè, se pou Li tout merit, epi se pou Li tout bèl lwanj yo. Pa gen lòt dye eksepte Allah, nap fè adorasyon an pou Li sèlman, menmsi moun kap nye yo pa renmen sa.' Epi li te di: 'Mesaje Senyè toupwisan an(lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn sèvi ak fraz sa yo pou li fè tahlil (di pa gen lòt dye eksepte Allah) aprè chak lapriyè.
كَانَ ابْنُ الزُّبَيْرِ يَقُولُ فِي دُبُرِ كُلِّ صَلَاةٍ حِينَ يُسَلِّمُ: «لَا إِلَهَ إِلَّا اللهُ وَحْدَهُ لَا شَرِيكَ لَهُ، لَهُ الْمُلْكُ وَلَهُ الْحَمْدُ وَهُوَ عَلَى كُلِّ شَيْءٍ قَدِيرٌ، لَا حَوْلَ وَلَا قُوَّةَ إِلَّا بِاللهِ، لَا إِلَهَ إِلَّا اللهُ، وَلَا نَعْبُدُ إِلَّا إِيَّاهُ، لَهُ النِّعْمَةُ وَلَهُ الْفَضْلُ وَلَهُ الثَّنَاءُ الْحَسَنُ، لَا إِلَهَ إِلَّا اللهُ مُخْلِصِينَ لَهُ الدِّينَ وَلَوْ كَرِهَ الْكَافِرُونَ» وَقَالَ: «كَانَ رَسُولُ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ يُهَلِّلُ بِهِنَّ دُبُرَ كُلِّ صَلَاةٍ».
Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn fè tahlil (di pa gen lòt dye eksepte Allah) aprèl fin bay salitasyon nan chak lapriyè obligatwa ak gwo siplikasyon sa a, epi men sa li vle di: "La ilaha illa Allah": sa vle di: Pa genyen okenn divinite ki merite adorasyon an verite, sof Allah. Li pou kont li, li pa gen okenn asosye; sa vle di: li pa gen pèsonn ki pataje pouvwa diven li , pouvwa li kòm Mèt , ni nan non li yo ak kalite li yo. « Se pou li tout wayòm nan » oswa « Se li ki posede tout bagay ». E se pou li louwanj lan; sa vle di: se li menm ki gen tout pèfeksyon an, se li menm moun dwe fè lwanj pou pèfeksyon li, avèk lanmou ak respè, nan tout sikonstans, kit bagay yo byen, kit yo mal. E li gen pouvwa sou tout bagay; sa vle di: pouvwa li konplè epi li total sou tout plan. Pa gen anyen ki ka anpeche li fè sa li vle, e pa gen okenn bagay ki enposib pou li. « La hawla wa la quwwata illa billah »: Pa gen okenn chanjman nan yon sitiyasyon, ni okenn fòs pou kite sa ki mal pou fè sa ki byen, sof gras Allah Se li menm ki bay èd la, e se sou li menm sèlman pou nou konte. « Pa gen okenn bondye eksepte Allah, e nou pa adore pèsonn eksepte Li: » sa se yon afimasyon sou sans divinite a ak rejè tout kalite asosye (chirk), e ke pa gen lòt moun ki merite adorasyon sof Li. « Se pou li tout favè a, e se pou li tout byenfezans lan »: sa vle di se Li menm ki kreye tout benediksyon yo, ki posede yo, e ki bay yo kòm kado bay kèlkeswa sèvitè Li vle. "«Epi se pou Li bèl lwanj lan»: pou Li menm, kalite Li yo, aksyon Li yo ak favè Li yo, epi nan tout sikonstans." « Pa gen okenn dye eksepte Allah, pandan nap fè adorasyon nou an pou li sèlman »: sa vle di nou se moun ki rekonèt inite Allah , san pa gen okenn ipokrizi oswa chèche gade-wè nan obeyisans nou anvè Allah. « Menm si moun ki pa kwè yo ta rayi sa »: sa vle di, nap rete fèm nan inite Allah ak nan adorasyon nou anvè li, menm si moun ki pa kwè yo pa ta renmen sa.
الثناء: تكرار المدح والذكر.
Li rekòmande pou nou toujou fè souvni sa yo aprè chak priyè obligatwa.
Mizilman an fyè de relijyon li, epi li montre senbòl li yo, menm si moun ki pa kwè yo ta rayi sa.
« Si mo nan fen lapriyè a parèt nan yon Adit : si sa ki mansyone nan Adit la se yon dhikr (anvokasyon), prensip la se pou li fèt aprè salitasyon final la (taslim). Si se yon dou'a (lapriyè), lè sa a li fèt anvan salitasyon final la nan lapriyè a. »
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 415) (594).
Plis (12)
سبل السلام شرح بلوغ المرام.
للصنعاني (1/ 293).
كنوز رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (17/ 61).
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.
لمصطفى الخِن وغيره (2/ 973).
بهجة الناظرين.
لسليم الهلالي (2/ 499).
مرقاة المفاتيح شرح مشكاة المصابيح.
لعلي القاري (2/ 762).
شرح رياض الصالحين.
لابن عثيمين (5/ 492).
Cited in books
10 Books- Fòterès Mizilman an : Priyè ak rapèl ki soti nan Koran an ak nan Sounna aحصن المسلم"Pa gen lòt dye vre Sèlman Allah, li sèl san okenn asosye. Se pou li tout wayòm nan ye, se pou li tout louwanj ye, epi li gen tout pouvwa sou tout bagay. Pa gen okenn mwayen ni okenn fòs si se pa gras avèk Allah. Pa gen lòt dye vre Sèlman A
- Fòterès Mizilman an : Priyè ak rapèl ki soti nan Koran an ak nan Sounna aحصن المسلمLā ilāha illallāhu waḥdahū lā sharīka lah, lahul-mulku wa lahul-ḥamdu, wa Huwa 'alā kulli shay'in Qadīr.
- Kijan Pwofèt (Muhammad)la (ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn fè lapriyè li.كَيفِيَّةُ صَلَاةِ النَّبِيِّ ﷺ "Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, Li sèl, li pa gen asosye. Se pou Li tout pouvwa a ye, se pou Li tout lwanj yo ye, epi Li gen pouvwa sou tout bagay. Pa gen okenn mwayen ni okenn fòs si se pa avèk pèmisyon Allah. O All
Plis (7)
- الذكر والدعاء والعلاج بالرقي من الكتاب والسنة"لا إله إلا الله وحده لا شريك له، له الملك، وله الحمد، وهو على كل شيء قدير. لا حول ولا قوة إلا بالله، لا إله إلا الله ولا نعبد إلا إياه، له النعمة وله الفضل، وله الثناء الحسن، لا إله إلا الله مخلصين له الدين ولو كره الكافرون".
- الذكر والدعاء والعلاج بالرقي من الكتاب والسنة"لا إله إلا الله وحده لا شريك له، له الملك وله الحمد وهو على كل شيء قدير، آيبون، تائبون، عابدون، لربنا حامدون، صدق الله وعده، ونصر عبده، وهزم الأحزاب وحده" .
- العلم الواجب بدون فقه وبدون زيادات1لَا إِلَهَ إِلَّا اللَّهُ وَحْدَهُ لَا شَرِيكَ لَهُ لَهُ الْمُلْكُ وَلَهُ الْحَمْدُ وَهُوَ عَلَى كُلِّ شَيْءٍ قَدِيرٌ، لَا حَوْلَ وَلَا قُوَّةَ إِلَّا بِاللَّهِ، لَا إِلَهَ إِلَّا اللَّهُ، وَلَا نَعْبُدُ إِلَّا إِيَّاهُ، لَهُ النِّعْمَةُ وَ
- تطبيق القرآن والأذكارأذكار الصباح والمساء((لاَ إِلَهَ إِلاَّ اللَّهُ، وَحْدَهُ لاَ شَرِيكَ لَهُ، لَهُ الْمُلْكُ وَلَهُ الْحَمْدُ وَهُوَ عَلَى كُلِّ شَيْءٍ قَدِيرٌ)) (مائةَ مرَّةٍ إذا أصبحَ)[30].
- رسالة في الأذكار1«لَا إِلَهَ إِلَّا اللهُ وَحْدَهُ لَا شَرِيكَ لَهُ، لَهُ المُلْكُ، وَلَهُ الحَمْدُ، وَهُوَ عَلَى كُلِّ شَيْءٍ قَدِيرٌ، لَا حَوْلَ وَلَا قُوَّةَ إِلَّا بِاللهِ، لَا إِلَهَ إِلَّا اللهُ، وَلَا نَعْبُدُ إِلَّا إِيَّاهُ، لَهُ النِّعْمَةُ، وَلَه
- ما لا يسع أطفال المسلمين جهله«لَا إِلَهَ إِلَّا اللَّهُ وَحْدَهُ لَا شَرِيكَ لَهُ، لَهُ المُلْكُ وَلَهُ الحَمْدُ، وَهُوَ عَلَى كُلِّ شَيْءٍ قَدِيرٌ، لَا حَوْلَ وَلَا قُوَّةَ إِلَّا بِاللَّهِ، لَا إِلَهَ إِلَّا اللَّهُ، وَلَا نَعْبُدُ إِلَّا إِيَّاهُ، لَهُ النِّعْمَةُ و
- من الأحكام الفقهية في الطهارة والصلاة والجنائز«لَا إِلَهَ إِلَّا اللَّهُ، وَحْدَهُ لَا شَرِيكَ لَهُ، لَهُ الْمُلْكُ، وَلَهُ الْحَمْدُ، وَهُوَ عَلَى كُلِّ شَيْءٍ قَدِيرٌ، لَا حَوْلَ وَلَا قُوَّةَ إِلَّا بِاَللَّهِ، لَا إِلَهَ إِلَّا اللَّهُ، وَلَا نَعْبُدُ إِلَّا إيَّاهُ، لَهُ النِّعْمَ