Skip to content

Allah ap fè li antre nan Paradi a, kèlkeswa sa li te genyen kòm zèv.

Daprè Oubadah (ke Allah satisfè de li), Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Nenpòt moun ki temwaye ke pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, Li menm sèl, Li pa gen okenn asosye, epi Muhammad se sèvitè Li epi Mesaje Li, epi 'Isa (Jezi) se sèvitè Allah ak Mesaje Li, ak pawòl Li ke Li te voye bay Maryam, epi yon lespri ki soti nan Li, epi Paradi a se verite, epi Lanfè a se verite; Allah ap fè li antre nan Paradi a, kèlkeswa sa zèv li yo te ye.»

«مَنْ شَهِدَ أَنْ لَا إِلَهَ إِلَّا اللهُ وَحْدَهُ لَا شَرِيكَ لَهُ، وَأَنَّ مُحَمَّدًا عَبْدُهُ وَرَسُولُهُ، وَأَنَّ عِيسَى عَبْدُ اللهِ وَرَسُولُهُ وَكَلِمَتُهُ أَلْقَاهَا إِلَى مَرْيَمَ وَرُوحٌ مِنْهُ، وَالْجَنَّةُ حَقٌّ، وَالنَّارُ حَقٌّ، أَدْخَلَهُ اللهُ الْجَنَّةَ عَلَى مَا كَانَ مِنَ الْعَمَلِ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Mesaje Allah a (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) fè nou konnen ke nenpòt moun ki pwononse pawòl Tawid la, pandan li konnen sans li epi li aji daprè egzijans li, epi li temwaye Muhammad (benediksyon ak lapè Allah sou li) se sèvitè Li ak mesaje Li, epi li rekonèt Isa (Jezi) se sèvitè Li ak mesaje Li, Epi Allah te kreye li avèk pawòl li: "Fèt", epi li te fèt, epi ke li se yon lespri pami lespri ke Allah te kreye yo, Epi li te deklare manman li inosan anba sa Jwif yo te akize li a, Epi li kwè ke Paradi se verite, epi Lanfè se verite, pandan li kwè nan egzistans yo, epi ke yo se rekonpans Allah ak pinisyon li. Epi li mouri sou sa; destinasyon li se nan Paradi, menm si li te gen mankman nan obeyisans yo, epi li gen peche.

Siyifikasyon mo yo

لا إله إلا الله: لا معبود بحق إلا الله.

ألقاها إلى مريم: أرسل بها جبريل إليها فنفخ فيها من روحه بإذن الله عز وجل.

Pami benefis Hadith la

Allah ki gen tout pouvwa a te kreye Issa(Jezi) pitit gason Maryam ak pawòl "Swa" a, san okenn papa.

Mete ansanm kwayans ki di Jezi ak Muhammad (ke lapè ak Benediksyon Allah kouvri yo) se sèvitè Allah ak mesaje li; donk, yo tou 2 se mesaje, nou pa dwe trete yo tankou moun kap bay manti, epi yo se sèvitè, nou pa dwe adore yo.

Merit Inisite Allah a ak jan li efase peche, epi destine moun ki rekonèt Allah sèl ki merite adorasyon an se Paradi, menm si li ta rive komèt kèk peche.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (4/ 165) (3435).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 57) (28).

Plis (4)

الملخص في شرح كتاب التوحيد.

لصالح الفوزان (ص25).

الجديد في شرح كتاب التوحيد.

لمحمد القرعاوي (ص36).