Se pou lang ou toujou rete mouye ak rapèl Allah .
Daprè Abdullah bin Busr (ke Allah satisfè ak li), gen yon Mesye ki te di: 'O Mesaje Allah a, pratik (obligasyon) Islam yo vin anpil pou mwen, kidonk, ban mwen yon bagay mwen ka kenbe fèm avèl.' Li (Pwofèt la) reponn:
Se pou lang ou toujou rete mouye ak rapèl Allah .
«لاَ يَزَالُ لِسَانُكَ رَطْبًا مِنْ ذِكْرِ اللَّهِ».
Yon mesye te plenyen bay Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah pou li) dèske aksyon adorasyon volontè yo te vin twòp pou li, jiskaske li pa te kapab fè yo akòz feblès li. Epi, li te mande Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah pou li) pou li montre li yon aksyon ki fasil kap pote anpil rekonpans, pou li ka atache avè li epi kenbe li fèm. Konsa, li menm (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te gide li pou lang li rete mouye epi an mouvman nan toujou ap sonje Allah (ki sen e ki anwo nan syèl la) nan tout tan ak nan tout sitiyasyon; ki gen ladan li: Tasbih (ba li glwa), ak Tahmid (fè lwanj pou li), ak Istighfar (mande padon), ak lapriyè (Dou-a), ansanm ak lòt bagay ki sanble ak sa.
Merit pou toujou ap sonje Allah Toupwisan an.
Younn nan pi gwo favè Allah Granmèt la, se lè Li fasilite mwayen pou jwenn rekonpans.
Sèvitè Allah yo diferan nan nivo yo selon pòsyon yo pran nan divès chemen (pòt) ladwati ak bon zèv.
Sonje Allah anpil ak lang lan nan repete Tasbih (ba li glwa), ak Tahmid (fè lwanj pou li), ak Tahlil (rekonèt li sèl), ak Takbir (di "Allahu Akbar"), ansanm ak lòt ankò, avèk yon kè ki prezan, sa pran plas anpil zèv adorasyon siplemantè.
Konsiderasyonl (kè poze ak benediksyon Allah sou li) pou moun kap pozel kesyon yo, nan reponn chak moun ak sa ki apwopriye pou li.
Sounna At-Tirmidhi (5/ 388) (3375).
Sounna Ibn Majah (4/ 707) (3793).
Mousnad Ahmad (29/ 226) (17680).
Plis (8)
جامع العلوم والحكم في شرح خمسين حديثا من جوامع الكلم.
لابن رجب الحنبلي (2/ 510).
التحفة الربانية في شرح الأربعين حديثًا النووية.
لإسماعيل الأنصاري (ص104).
فتح القوي المتين في شرح الأربعين وتتمة الخمسين.
للنووي وابن رجب (ص154).
الأحاديث الأربعون النووية وعليها الشرح الموجز المفيد.
لعبد الله بن صالح المحسن (ص93).
Cited in books
4 BooksPlis (3)
- الذكر والدعاء والعلاج بالرقي من الكتاب والسنةيا رسول الله إن شرائع الإسلام قد كثرت عليَّ فأخبرني بشيءٍ أتشبث به. قال: "لا يزال لسانك رطباً من ذكر الله".
- رياض الصالحينرياض الصالحين مع فوائد وهدايات - 7«لايزالُ لسانُكَ رطباً من ذكر الله».
- نبراس طالب (2)نبراس طالب (2) «لَا يَزَالُ لِسَانُكَ رَطْبًا مِنْ ذِكْرِ اللَّهِ»