Books
Books
Twa Prensip Fondamantal yo ak Prèv yo
Liv sa a pale sou prensip fondamantal chak Mizilman dwe aprann: konnen Bondye, konnen relijyon Islam nan, epi konnen Pwofèt Muhammad (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li). Li mete aksan sou enpòtans prensip sa yo pou bati lafwa ak bon aksyon, pandan li baze sou prèv ki soti nan Koran an ak Hadit yo.
Mwayen ki itil pou yon lavi ki gen kè kontan.
Liv ki rele "Mwayen ki itil pou yon lavi ki gen kè kontan" nan men Chek Abdurrahman bin Nasir Al-Saadi, pale sou rezon ki bay vrè kè kontan an nan yon nivo lafwa ki fon anpil. Li gide moun kap lil la pou li jwenn lapè nan kèl gras ak lafwa, bon aksyon, sonje Allah, satisfaksyon nan sa li posede, ak kalkile sou tout benediksyon li resevwa. Li pale tou sou bay sa ki bon, mete konfyans nan Allah, pasyans, ak jan pou moun byen analize sitiyasyon yo. Avèk yon bèl fason li ekri, li mete nan menw yon plan pou yon lavi ki trankil, ki balanse, epi ki gen kè kontan, malgre tout tèt chaje ki gen nan…
Gid kout e klè pou Mouèzen, Imann, Predikatè ak tout regleman sou Moske yo
Liv sa a bay yon vizyon konplè sou regleman pou Azànn (rele pou lapriyè) ak Ikama, jan pou moun dirije lapriyè (Imaman), ak jan pou fè diskou (Khoutbah) jou vandredi. Liv la pale tou sou fason moun dwe konpòte yo anndan moske yo. Liv la esplike ki devwa yon Mouèzen, yon Imann, ak yon Predikatè (Katib) genyen. Li montre jan sa enpòtan pou yo aprann lwa relijye yo (Ahkam) ki gen rapò ak travay sa yo, pou yo ka fè yo jan sa dwe fèt. Epitou, liv la genyen pawòl ak aksyon Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) ladan li, ak esplikasyon ki mache avèk yo, pou asire moun yo aplike yo…
الإسلام دين رسل الله
Islam se relijyon tout Mesaje Allah yo. Islam se soumèt devan Allah, Kreyatè ak Mèt linivè a, epi obeyi li ak renmen ak respè. Fondasyon Islam se lafwa nan Allah : se li ki Kreyatè a epi tout sa ki egziste se kreyati li yo. Se li menm sèl ki merite adorasyon, li pa gen asosye. Pa gen lòt dye ki gen dwa pou yo adore sof li menm. Li gen pi bèl non yo ak kalite ki pi wo yo. Li gen pèfeksyon total san okenn mank. Li pat fè pitit, yo pat fè li tou, epi pa gen anyen ki sanble avèl. Li pa melanje ak kreyatil yo epi li pa pran fòm anyen nan sal kreye yo. Epi Islam se sèl relijyon Allah, sila ki trè…
الإسلام دين رب العالمين
Nan non Allah, ki gen anpil pitye, epi ki konn fè anpil byen yo. Islam se relijyon Mèt tout linivè a. Kiyès ki Mèt ou? Sa a se pi gwo kesyon ki egziste ; se kesyon ki pi enpòtan yon moun dwe konnen repons li. Mèt nou an se li menm ki kreye syèl yo ak tè a, li fè lapli desann sot nan syèl yo, epi avèk dlo sa a, li fè fwi ak pyebwa pouse pou bay nou manje, ansanm ak bèt nap elve pou nou manje yo. Se li menm ki kreye nou, li kreye zansèt nou yo, epi li kreye tout bagay. Se li menm ki fè lannwit ak lajounen ; li fè lannwit lan sèvi yon tan pou nou dòmi ak repoze, epi li fè lajounen an sèvi yon…
الإسلام - نبذة موجزة عن الإسلام (مشتملة على الأدلة)
Islam Yon brèf apèsi sou Islam jan sa te vini nan Koran an ak nan Tradisyon Pwofèt la (Sunna). Yon liv enpòtan ki gen ladan li yon definisyon brèf sou Islam, ki montre prensip fondamantal li yo, ansèyman li yo ak bèl kalite li yo, apati sous orijinal li yo ki se Koran an ak Sounna Pwofèt la . Liv sa a adrese a tout moun (mizilman kou moun ki pa mizilman) nan pwòp lang pa yo, nan tout tan ak tout kote, kèlkeswa sikonstans ak kondisyon yo. Yon vèsyon ki gen ladan li tout prèv ki soti nan Koran an ak nan Tradisyon Pwofèt la (Sunna). 1- Islam se mesaj Allah pou tout limanite, se mesaj divin ki…
Yon rezime sou kwayans islamik .
Liv sa a eksplike prensip fondamantal lafwa yo ki gen ladan yo: kwè nan Allah, nan zanj li yo, nan liv li yo, nan pwofèt li yo, nan jou dènye a, ak nan desten. Liv la prezante prensip de baz yon mizilman dwe kwè ak jan li dwe aji daprè yo. Li mete aksan sou enpòtans pou yon moun ranfòse relasyon li ak Allah atravè yon konpreyansyon pwofon sou kwayans islamik la.
Yon mesaj sou san natirè
Liv sa a, ki rele "Rissalat fi al-dima' al-tabi'iya li-nissa'" (Yon ti liv sou san natirèl medam yo), se travay gwo savan Cheikh Muhammad bin Salih Al-Uthaymeen (Allah gen pitye pou li). Se yon rechèch akademik ki serye anpil kote li etidye ak anpil presizyon san natirèl fanm yo, tankou: Règ (Hayd), en pèdisyon (Istihada), ak San apre akouchman (Nifas). Liv sa a baze sou Liv senyè toupwisan an (Koran an) ak Tradisyon Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li)Sunna a, ansanm ak yon konpreyansyon byen fon sou sa gwo savan yo di sou keksyon sa yo. Li esplike règleman sou san yo, li…
Leson enpòtan pou tout pèp la (Oumma a).
Liv "Leson enpòtan pou tout pèp la" (Al-Dourous al-Mouhimmah) se yon ti liv ki kout men ki gen yon valè ki pa gen parèy. Se gwo savan Cheikh Abdel Aziz bin Baz (Allah gen pitye pou li) ki te prepare l pou sèvi kòm yon gid solid pou chak kwayan mizilman. Nan liv sa a, li pale sou fondasyon relijyon an ak tout pilye li yo : depi nan Inisite Allah a (Allah pa gen Asosye), Lafwa (Iman), ak Islam, rive nan règleman sou pwòpte (Tahara), Lapriyè (Salat), ak bèl konpòtman yon mizilman dwe genyen (Adab). Li montre aklè tou sa pou nou evite, tankou bay senyè toupwisan asosye (Chirk) ak fè peche. Li…
إعداد خطيب ماهر
Nan non Allah, Sèl Mèt ki gen yon Mizèrikòd ki san limit, ak yon Gwo Pitye ki pap janm fini. Tout louwanj se pou Allah, Nap fè louwanj pou li, nap mande li sekou, epi nap mande li padon. Nap mande senyè toupwisan an pwoteksyon kont move lide ki nan kè nou ak kont move aksyon nou fè. Moun Allah gide, pèsonn pa ka pèdil ; epi moun li kite pèdi, pèsonn pa ka mete li nan bon chemen. Mwen temwaye pa gen okenn lòt dye ki merite pou moun adore tout bon vre, eksepte Allah, li menm sèl poun adore, li pa gen asosye. Epi mwen temwaye Muhammad se sèvitè li ak Mesaje li. Se pou benediksyon ak lapè Allah…
Kijan Pwofèt (Muhammad)la (ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn fè lapriyè li.
Liv 'Kijan Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn fè lapriyè li' se yon rezime Gran Savan Chek Abdoul Aziz bin Baz (ke lapè pou nanm li)te ekri. Nan liv sa a, li esplike fason Pwofèt la te konn priye ak yon fason ki senp epi ki egzak anpil, pandan li baze sou tèks ki kòrèk yo (Hadit). Liv sa a sèvi kòm yon gid pou ede Mizilman yo nan lapriyè yo. Li moutre tout poto fèm yo, pratik ki rekòmande yo (Sounah), ak tout etap lapriyè a depi nan pran dlo (Woudou) jouk nan salitasyon final la. Li makonnen prèv yo ak eksplikasyon klè, pou envite moun swiv Pwofèt la nèt ale nan pi gwo…
Envestigasyon ak Eksplikasyon sou anpil keksyon konsènan Pelerinaj (Hadj), Omra, ak Vizit, daprè sa ki ekri nan Liv la (Koran) ak Tradisyon Pwofèt la (Sounna).
Liv sa a esplike règ ak prensip pou pelerinaj (Hadj), Omra, ak vizit yo, daprè sa ki ekri nan Liv la (Koran) ak Tradisyon Pwofèt la (Sounna). Li montre devwa ki genyen nan Hadj ak Omra, bagay ki entèdi pandan moun nan eta Ihram, ak jan pou moun konpòte yo lè yap vizite Moske Pwofèt la (Al-Masjid an-Nabawi), tout pandan lap avèti kont move pratik (Bid'a) ki pa nan relijyon an.
Kenbe Inisite Allah
Liv sa a esplike enpòtans yon kwayans ki kòrèk, epi li mete aksan sou prensip Inisite Allah chak Mizilman dwe kwè ladan yo, tankou: kwè nan Allah, nan zanj yo, nan liv sakre yo, nan pwofèt yo, nan Dènye Jou a, ak nan desten an, kit li bon, kit li move. Li baze sou prèv ki otantik pou pwoteje kwayans lan kont devyasyon, epi li ankouraje Mizilman yo pou yo kenbe fèm nan Inisite Allah epi pou yo rete lwen zak ki se bay Allah asosye.
Men etap prensipal yo pou yon moun ki ap fè Omra, depi nan kòmansman rive nan fen:
Lwanj pou Allah, Mèt tout linivè a. Ke benediksyon ak lapè poze sou pwofèt nou an Mouhamad, ansanm ak fanmi li ak tout konpayon li yo.Lwanj pou Allah, Mèt tout linivè a. Ke benediksyon ak lapè poze sou pwofèt nou an Mouhamad, ansanm ak fanmi li ak tout konpayon li yo. Pou nou kontinye: Sa a se yon ti liv ki kout sou fason pou moun fè Omra, règleman li yo, ak bon jan fason pou moun konpòte yo ladan li. Nou fè tout efò nou ladan li pou n esplike pifò nan sa yon moun kap fè Omra bezwen. Nap mande Allah pou li fè travay sa a fèt sèlman pou li (pou chèche plezi li), epi pou li fè tout kominote…
2 ti liv tou kout sou Zaka ak Karèm
Liv sa a pale sou 2 obligasyon ki se Zaka ak Jèn (Karèm), kote li esplike règleman yo ak benefis yo genyen. Li fè nou sonje dwa Allah genyen sou sèvitè li yo. Liv la genyen ladanl esplikasyon sou règleman Zaka yo ak kalite byen yon moun dwe bay Zaka sou yo. Li pale tou sou kalite mwa Ramadan an, règleman jèn nan ak bon fason pou moun konpòte yo lè yap jene. Li ekri nan yon fason syantifik ki melanje baz lalwa relijyon an ak konsèy pou edike kwayan yo.
Yon ti mesaj tou kout pou yon moun ki pa kwè nan Allah (yon ate)
Yon mesaj kout pou yon moun ki pa kwè nan Allah (yon ate): Pale ak entèlijans ou pou w wè jan linivè a egzak epi jan li byen òganize; sa montre klèman li pay ka parèt pa chans, men li montre gen yon Kreyatè ki gen bon konprann. Èske li posib pou tout bèl bagay sa yo ta soti nan anyen (nan vid)? Louvri kèw pouw reflechi epi medite, chèche laverite, paske ou ka jwenn ladanl yon limyè kap gidew.
Ki moun ki te kreye linivè a? Epi ki moun ki te kreye m? Epi poukisa?
Liv sa a diskite sou orijin linivè ak moun, li sètifye gen yon gwo Kreyatè ki se Bondye (Allah), ki mete lwa pou dirije lavi a. Li esplike kalite Bondye genyen ak enpòtans pou nou kwè nan pwofèt yo ak liv sakre yo. Li sètifye tou Islam se sèl vrè relijyon an pou moun jwenn bonè nan lavi sa a ak nan lavi k ap vini an.
Pwofèt islam nan, Mouhammad, ke benediksyon ak lapè Allah poze sou li.
Liv ki pote tit 'Pwofèt Islam nan, Mouhammad (ke benediksyon ak lapè Allah poze sou li) egzamine lavi Pwofèt Mouhammad (ke benediksyon ak lapè Allah poze sou li ), depi nan ras li ak janl te grandi, rive nan maryaj beni li ak kòmansman revelasyon an ki te make kòmansman dènye mesaj li a. Liv la montre prèv ak siy ki sètifye li se yon pwofèt tout bon vre, epi li esplike lwa (Charia) li te pote a ansanm ak wòl li nan pwoteje dwa ak diyite moun. Epitou, liv la mete aksan sou pozisyon advèsèl yo ak temwayaj yo te bay sou li, pandan lap klere bèl kalite moral li yo ki fèl tounen yon modèl pou moun…
"Èske ou janm mande tèt ou: Ki moun ki kreye w? Poukisa? Epi kisa kap pase apre lanmò?
Liv sa a pale sou keksyon egzistans ak kreyasyon. Li sèvi ak rezon poul demontre gen yon kreyatè ki gen tout bon konprann ak tout pèfeksyon. Li esplike bi lavi a se adore Allah sèlman, e Islam se vrè relijyon ki konsève a. Liv la envite moun kwè nan pwofèt Muhammad (ke lapè au benediksyon Allah kouvri li)epi swiv ansèyman li yo. Li bay avètisman kont moun kap bay senyè a asyosye epi li konfime pral gen jijman ak rekonpans nan lavi aprè a
Esplikasyon Mo nan Azàn an
Liv sa a pran chak mo nan Azàn an (apèl pou lapriyè a) pou li ba yo yon esplikasyon ki chita sou lafwa (iman). Li mete aksan sou dimansyon kwayans (akida) ak edikasyon espirityèl ki gen dèyè chak fraz.
الإسلام - نبذة موجزة عن الإسلام (مجردة من الأدلة)
Nan non Allah ki gen tout gras, ki gen tout konpasyon. Islam Yon brèf mesaj sou Islam jan sa te vini nan Koran an ak nan Tradisyon Pwofèt la (Sunna). Yon kopi(vèsyon) ki pa gen okenn prèv ladan l. [1] Gen yon lòt vèsyon mesaj sa a ki gen ladan li prèv ki soti nan Koran an ak nan Tradisyon Pwofèt la (Sunna) sou chak sijè ki ladan l, ou ka konsilte li atravè lyen sa a: https://islamhouse.com/ar/books/2830071. Yon ti liv enpòtan ki gen ladan li yon definisyon brèf sou Islam, ki montre prensip fondamantal li yo, ansèyman li yo ak bèl kalite li yo, ki soti nan sous orijinal li yo ki se Koran an ak…
Gid pratik pou chak Mizilman
Liv sa a prezante baz relijyon Islam lan yon fason ki kout epi ki konplè. Li esplike lektè yo kijan pou yo adore Allah kòrèkteman, epi li bay sans sa ki rele lafwa nan Allah,nan zanj li yo, nan liv li yo, nan pwofèt li yo, nan jou dènye a, ak nan desten an. Liv la kòmanse ak yon esplikasyon sou benediksyon Islam nan, epi li montre enpòtans pou yon moun konnen Allah, kalite li yo, ak bèl non li yo. Aprèsa, li pase nan diskisyon sou 5 pilye Islam yo ak pilye lafwa yo (Iman). Li pale tou sou konsèp pèfeksyon nan adorasyon ak enfliyans sa genyen sou lavi yon kwayan. Liv sa a gen yon mak fabrik…
Bèl kalite ak bon fason pou moun genyen nan Moske Pwofèt la, ak règ pou vizite tonbo Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ansanm ak tonbo 2 konpayon li yo (ke Allah dakò ak yo).
Liv sa a montre bèl kalite Moske Pwofèt la ak bon fason pou moun vizite li. Li prezante tou bon fason pou moun vizite tonbo Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ak tonbo tonbo 2 konpayon li yo (ke Allah dakò ak yo). Liv la ensiste anpil sou enpòtans pou moun gen respè (diyite), pou yo pwòp, epi pou yo evite fè nenpòt aksyon ki pa nan tradisyon an (inovasyon) pandan vizit la.
Rezime Eksplikasyon mo ki nan Azàn lan
Rezime liv 'Eksplikasyon mo ki nan Azàn lan': Se yon vèsyon ki pi kout nan liv orijinal la ki pote menm non an. Li pran chak mo nan ladan an pou li esplike yo sou plan lafwa (iman), pandan lap montre jan yo fò nan kwayans nou ak nan jan yo edike nou. Liv la analize pawòl ladan yo an detay, soti nan jan nap bay Allah glwa (Takbir), temwayaj ke Allah se yon sèl (Tawid) ak temwayaj sou Pwofèt la, rive nan envitasyon pou nou vini priye ak chèche siksè, pou li fini ak Takbir ak inite Allah a nan yon fason ki touche kè moun.