Skip to content

Di: Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, Li sèl, Li pa gen asosye, Allah pi gran anpil, epi anpil lwanj pou Allah, Glwa pou Allah, Seyè tout mond yo, pa gen okenn mwayen ni okenn fòs si se pa avèk pèmisyon Allah, Sila a ki gen tout pouvwa a, Sila a ki gen tout sajès la.

Soti bò kote Sa'd (ke Allah satisfè de li), li te di:

Yon bedwen (arab ki rete nan dezè) te vin jwenn Mesaje Allah a (ke lapriyè ak lapè Allah sou li), epi li di: «Montrem kèk pawòl poum di.» Li reponn: «Di: Pa gen lòt divinite ki merite adore Sèlman Allah, Li pa gen okenn asosye; Allah se pi gran an toutbon vre; anpil lwanj se pou Allah ; glwa pou Allah, Mèt tout linivè a; pa gen okenn fòs ni okenn pouvwa si se pa gras ak Allah Toupwisan an, Saj la.» Bedwen an di: «Sa yo se pou Mèt mwen, men kisa ki pou mwen?» Pwofèt la di: «Di: O Allah padonem, fèm mizèrikòd, gidem, epi ban mwen pwovizyon.»

جَاءَ أَعْرَابِيٌّ إِلَى رَسُولِ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ، فَقَالَ: عَلِّمْنِي كَلَامًا أَقُولُهُ، قَالَ: «قُلْ: لَا إِلَهَ إِلَّا اللهُ وَحْدَهُ لَا شَرِيكَ لَهُ، اللهُ أَكْبَرُ كَبِيرًا، وَالْحَمْدُ لِلَّهِ كَثِيرًا، سُبْحَانَ اللهِ رَبِّ الْعَالَمِينَ، لَا حَوْلَ وَلَا قُوَّةَ إِلَّا بِاللهِ الْعَزِيزِ الْحَكِيمِ» قَالَ: فَهَؤُلَاءِ لِرَبِّي، فَمَا لِي؟ قَالَ: «قُلْ: اللهُمَّ اغْفِرْ لِي وَارْحَمْنِي وَاهْدِنِي وَارْزُقْنِي».

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Yon Mesye pami abitan dezè yo te mande Mesaje Allah la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) pou li anseye li yon dhikr poul di, Epi li di li, lapè ak benediksyon Allah sou li: Di: "Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, Li sèl, li pa gen asosye" li kòmanse avèk temwayaj Tawhid la, epi sans li se: Pa gen pèsonn ki merite pou yo adore li tout bon vre sinon Allah, "Allah se pi gran anpil." Sa vle di: Allah pi gran pase tout bagay, epi Li pi pwisan, "Epi lwanj pou Allah anpil" Sa vle di: anpil lwanj pou Allah, pou atribi Li yo, aksyon Li yo, ak favè Li yo ki pa ka konte, Glwa pou Allah, Mèt tout sa ki egziste nan linivè a. Sa vle di: Li lwen epi li sanktifye san mank, "Pa gen okenn mwayen ni okenn fòs si se pa avèk pèmisyon Allah, Toupwisan an, ki gen tout Sajès la" Sa vle di: Pa gen okenn chanjman soti nan yon eta al nan yon lòt si se pa avèk pèmisyon Allah, ak èd Li, ak siksè Li bay la, Epi Mesye an te di: "Pawòl sa yo se pou Seyè mwen an, pou sonje Li ak glorifye Li, donk kisa mwen genyen kòm envokasyon pou tèt mwen?" Epi li dil, lapè ak benediksyon Allah sou li: Di: O Allah! Padonem Nan efase peche yo epi kouvri yo, "gen mizèrikòd pou mwen" Nan fèm jwenn benefis ak avantaj pou relijyon mwen ak lavim sou tè a, "gidem" nan pi bon kondisyon yo epi sou chemen ki dwat la, "Ban mwen mwayen pou mwen viv" Lajan halal, lasante, ak tout sa ki bon ak pwoteksyon.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Ankourajman pou sonje Allah (fè dhikr) nan di La ilaha illa Allah (tahlil), Allahu Akbar (takbir), Alhamdulillah (tahmid), ak SubhanAllah (tasbih).

Rekòmandasyon pou mansyone Allah ak fè lwanj pou Li anvan doua a.

Li rekòmande pou moun nan fè dou'a ak pi bon dou'a yo, epi ak sa ki rapòte yo ki rasanble tout byen pou lavi sou tè sa a ak pou lavi nan lòt mond lan, epi li gen dwa mande sa li vle.

Sèvitè a (kwayan an) dwe fè efò pou li aprann sa ki ka itil li nan lavi sou tè sa a ak nan lavi kap vini an.

Ankourajman pou mande padon, mizèrikòd, ak pwovizyon, paske se yo ki rasanble tout sa ki byen.

Konpasyon li (lapè ak benediksyon Allah sou li) pou li anseye kominote li a nan sa kap itil yo.

Yo mansyone mizèrikòd la aprè padon an pou pirifikasyon an kapab konplè. Paske padon an, se kouvri peche yo, efase yo epi sove yon moun anba dife lanfè a. Tandiske mizèrikòd la, se pèmèt yon moun jwenn benediksyon yo epi antre nan Paradi. Epi se sa ki gwo viktwa a.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2072) (2696).

Plis (6)

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم الهلالي (2/ 498).

نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.

لمجموعة من الباحثين (2/ 972).

مرقاة المفاتيح شرح مشكاة المصابيح.

لعلي القاري (4/ 1606).