Sa se yon Cheytàn (Satan) yo rele Khinzab, epi si ou santi li, enben se pou ou chèche pwoteksyon nan men Allah kont li, epi krache sou bò gòch ou 3 fwa.
Soti bò kote Ousmane ibn Abi al-As (ke Allah satisfè avèk li):
Li te vin jwenn Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) epi li di: "Ya Mesaje Allah, anverite Satan vin kanpe ant mwen menm ak lapriyè mwen ansanm ak lekti mwen, lap fèm pèdi twouble ladan yo." Lè sa a, Mesaje Allah (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te di: «Sa se yon Satan yo rele Khinzab, epi si ou santi li, enben chache pwoteksyon nan men Allah kont li, epi krache sou bò gòch ou 3 fwa.» Li di: Mwen te fè sa, epi Allah te chase li lwen mwen.
أنه أَتَى النَّبِيَّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ فَقَالَ: يَا رَسُولَ اللهِ، إِنَّ الشَّيْطَانَ قَدْ حَالَ بَيْنِي وَبَيْنَ صَلَاتِي وَقِرَاءَتِي يَلْبِسُهَا عَلَيَّ، فَقَالَ رَسُولُ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ: «ذَاكَ شَيْطَانٌ يُقَالُ لَهُ خِنْزَِبٌ، فَإِذَا أَحْسَسْتَهُ فَتَعَوَّذْ بِاللهِ مِنْهُ، وَاتْفُلْ عَلَى يَسَارِكَ ثَلَاثًا»، قَالَ: فَفَعَلْتُ ذَلِكَ فَأَذْهَبَهُ اللهُ عَنِّي.
Ousman bin Abi Al-As (ke Allah satisfè avèk li) te vin jwenn Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), epi li te di: O Mesaje Allah, Vrèman vre Satan mete yon baryè ant mwen menm ak lapriyè mwen , li anpechem konsantre ladan li, li fèm pèdi fil nan lekti mwen an, epi li fèm gen dout sou li, Epi Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di li: Sa a se yon satan yo rele Khinzab, epi si ou jwenn sa epi ou santi li, enben kenbe fèm ak Allah, epi chache refij bò kote Allah kont li, epi soufle sou bò gòch ou ak yon ti krache twa fwa. Ousmane te di: Enben mwen te fè sa Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te kòmande mwen an, epi Allah te fè li ale lwen mwen.
...:
Enpòtans konsantrasyon ak prezans lespri nan lapriyè, kote moun nan mete tout tèt li nan sa lap fè ak sa lap di devan Allah, ansanm ak fason Satan fè tout efò posib poul twouble epi mete dout ladan li.
Li rekòmande pou chache pwoteksyon bò kote Allah kont Satan lè lap plante dout (Wouswous) nan lapriyè a, epi krache lejèman sou bò goch 3 fwa.
Esplikasyon sou fason Konpayon yo (se pou Allah kontan ak yo) te konn tounen vin jwenn Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) nan pwoblèm ki te konn rive yo, pou li te ka rezoud yo pou yo.
Lavi nan kè konpanyon yo, epi lefèt ke preyokipasyon yo se te Lavi ki ap vini an(lavi aprè lanmò a)
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 1728) (2203).
Plis (3)
إكمال المعلم (7/110).
شرح النّووي على مسلم (14/190).
البحر المحيط الثجاج في شرح صحيح الإمام مسلم بن الحجاج (36/ 136).
Cited in books
9 BooksPlis (8)
- الذكر والدعاء والعلاج بالرقي من الكتاب والسنة"ذلك شيطانٌ يقال له خنْزبٌ، فإذا أحسسته فتعوذ بالله منه، واتفل عن يسارك ثلاثاً" .
- الذكر والدعاء والعلاج بالرقي من الكتاب والسنة"قلت يا رسول الله إن الشيطان قد حال بيني وبين صلاتي، وقراءَتي يلبسهَا عليَّ. فقال رسول الله - صلى الله عليه وسلم -: "ذاك شيطانٌ يقَال لَه خنزب، فإذا أحسسته فتعوذ بالله منه. واتفل على يسارك ثلاثاً" قال: ففعلت ذلك فأذهبه الله عني" .
- الصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهمالصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهم«ذَاكَ شَيْطَانٌ يُقَالُ لَهُ خَنْزَبٌ، فَإِذَا أَحْسَسْتَهُ فَتَعَوَّذْ بِاللهِ مِنْهُ، وَاتْفِلْ عَلَى يَسَارِكَ ثَلَاثًا» قَالَ: فَفَعَلْتُ ذَلِكَ فَأَذْهَبَهُ اللهُ عَنِّي[179].
- الصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهمالصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهميَا رَسُولَ اللهِ إِنَّ الشَّيْطَانَ قَدْ حَالَ بَيْنِي وَبَيْنَ صَلَاتِي وَقِرَاءَتِي يَلْبِسُهَا عَلَيَّ، فَقَالَ رَسُولُ اللهِ ﷺ: «ذَاكَ شَيْطَانٌ يُقَالُ لَهُ خَنْزَبٌ، فَإِذَا أَحْسَسْتَهُ فَتَعَوَّذْ بِاللهِ مِنْهُ، وَاتْفِلْ عَلَى يَ
- الصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهم«ذَاكَ شَيْطَانٌ يُقَالُ لَهُ خِنْزَبٌ، فَإِذَا أَحْسَسْتَهُ فَتَعَوَّذْ بِاللهِ مِنْهُ، وَاتْفِلْ عَلَى يَسَارِكَ ثَلَاثًا» قَالَ: فَفَعَلْتُ ذَلِكَ فَأَذْهَبَهُ اللهُ عَنِّي[179].
- الصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهميَا رَسُولَ اللهِ إِنَّ الشَّيْطَانَ قَدْ حَالَ بَيْنِي وَبَيْنَ صَلَاتِي وَقِرَاءَتِي يَلْبِسُهَا عَلَيَّ، فَقَالَ رَسُولُ اللهِ ﷺ: «ذَاكَ شَيْطَانٌ يُقَالُ لَهُ خِنْزَبٌ، فَإِذَا أَحْسَسْتَهُ فَتَعَوَّذْ بِاللهِ مِنْهُ، وَاتْفِلْ عَلَى يَ
- خطب تعظيم قدر الصلاة"ذاك شيطان يقال له خنزب"
- موسوعة الإيمان«ذَاكَ شَيْطَانٌ يُقَالُ لَهُ خِنْزَبٌ، فَإِذَا أَحْسَسْتَهُ فَتَعَوَّذْ بِاللهِ مِنْهُ، وَاتْفِلْ عَلَى يَسَارِكَ ثَلَاثًا». قَالَ: فَفَعَلْتُ ذَلِكَ، فَأَذْهَبَهُ اللهُ عَنِّي.