Skip to content
Envestigasyon ak Eksplikasyon sou anpil keksyon konsènan Pelerinaj (Hadj), Omra, ak Vizit, daprè sa ki ekri nan Liv la (Koran) ak Tradisyon Pwofèt la (Sounna).

Envestigasyon ak Eksplikasyon sou anpil keksyon konsènan Pelerinaj (Hadj), Omra, ak Vizit, daprè sa ki ekri nan Liv la (Koran) ak Tradisyon Pwofèt la (Sounna).

Liv sa a esplike règ ak prensip pou pelerinaj (Hadj), Omra, ak vizit yo, daprè sa ki ekri nan Liv la (Koran) ak Tradisyon Pwofèt la (Sounna). Li montre devwa ki genyen nan Hadj ak Omra, bagay ki entèdi pandan moun nan eta Ihram, ak jan pou moun konpòte yo lè yap vizite Moske Pwofèt la (Al-Masjid an-Nabawi), tout pandan lap avèti kont move pratik (Bid'a) ki pa nan relijyon an.

Language: lang_ht
Prepared by: Abdelaziz ibn Abdallah ibn Baz
Version: 3.1

Verifikasyon ak Eksplikasyon sou anpil keksyon konsènan Pelerinaj (Hadj), Omra, ak Vizit, daprè limyè Liv la (Koran) ak Tradisyon Pwofèt la (Sounna).

Pa gwo savan ki gen anpil respè a, Cheikh

Abdelaziz ibn Abdallah ibn Baz

Entwodiksyon Otè a

Nan non Allah ki gen anpil pitye, ki gen anpil mizèrikòd la.

Lwanj pou Allah, Mèt linivè a. Bon rezilta a se pou moun ki gen krentif pou senyè toupwisan an. Benediksyon ak lapè sou sèvitè li ak mesaj li a Mouhamad, ansanm ak tout fanmi li ak tout konpayon li yo.

Kounye a (Aprè sa) :

Se poutèt sa, ti liv sa a se yon rezime sou pelerinaj (Hadj), li esplike valè li ak bon jan fason pou moun konpòte yo ladan li ,ansanm ak sa yon moun ki vle vwayaje pou lal fè li dwe konnen. Li esplike tou anpil keksyon enpòtan sou Hadj, Omra, ak vizit yo, nan yon fason ki kout epi ki klè. Mwen fè tout efò mwen pou mwen baze li sou sa Liv Allah (koran) a ak tradisyon Mesaje li a (Sounna) (se pou lapè ak benediksyon Allah kouri li) montre. Mwen rasanble li kòm yon konsèy pou tout Mizilman yo, epi poum obeyi pawòl Allah Granmèt la ki di: 55: Epi kontinye bay rapèl, paske anverite, rapèl la sèvi moun ki kwè yo. [Adh-Dhariyat: 55], Epi pawòl Allah Granmèt la ki di: Epi chonje lè Allah te pran yon angajman solid nan men moun yo te bay Liv la (Lalwa ak Evanjil la): 'Nou fèt pou nou fè moun yo konnen sa ki nan Liv la byen klè, epi nou pa dwe kache anyen ladan li..... [Sourat Al-Imran, vèsè 187] Se menm jan an tou, Bondye ki Granmèt la di nan vèsè sa a: ........Epi, pote men bay youn lòt nan fè sa ki byen ak nan gen krentif pou Allah..... [Sourat Al-Ma'idah, vèsè 2]

Epi, poutèt sa ki rapòte nan Pawòl ki sèten (Hadit) ki soti nan bouch Pwofèt la ﷺ,(ke lapè ak Benediksyon Allah sou li) kote li te di: «Relijyon an se konsèy ki sensè.» Li repete sa 3 fwa. Yo mande li: «Pou ki moun, o Mesaje Allah ?» Li reponn: «Pou Allah, pou Liv li a, pou Mesaje li a, pou chèf kap dirije Mizilman yo, epi pou pèp la an jeneral.» Se Mouslim ki rapòtel, anba nimewo (55)

At-Tabarani rapòte tou, daprè sa Houdhayfah te di, Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te deklare: Nenpòt moun ki pa bay afè Mizilman yo enpòtans, li pa fè pati yo. Nenpòt moun ki pase jounenl oswa nwit li san li pa gen entansyon bay senyè toupwisan an,Mesaje li a, Liv li a, lidè li, ak pèp la an jeneral yon konsèy ki sensè, li pa fè pati yo.» [2] [2] Se At-Tabarani ki rapòte li nan liv ki rele Al-Awsat, anba nimewo (7469).

Mwen mande Allah pou li fè liv sa a itil ni pou mwen, ni pou tout Mizilman yo. Mwen mande li ou poul fè tout efò mwen mete ladan li fèt sèlman pou mwen ka jwenn favè li, epi pou sa sèvi kòm yon rezon pou mwen jwenn viktwa nan Jaden plezi yo (Paradi). Anverite, li se Sila a ki tande e ki reponn lapriyè. Li sifi pou nou, e se li ki pi bon pwotèktè nou ka genyen.

Chapit

Seksyon sou prèv ki montre pelerinaj (Hadj) ak Omra se yon obligasyon, ak enpòtans pou moun prese al fè yo san pèdi tan.

Lè nou fin konprann sa, se pou nou konnen — mwen mande Allah pou li ban mwen ak nou tout gras pou nou konnen laverite epi pou nou swiv li — anverite, Allah ki gen tout pouvwa a epi ki merite tout lwanj lan, fè pelerinaj nan kay sakre li a (Kaaba) tounen yon obligasyon pou sèvitè li yo, epi li mete li kòm youn nan Pilye ki kenbe relijyon Islam nan. Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: ...Se yon devwa pou tout moun devan Allah pou yo fè pelerinaj nan Kay la (Kaaba), pou moun ki gen mwayen pou fè vwayaj la. Kanta pou moun ki refize kwè, anverite, Allah pa bezwen anyen nan men pèsonn nan linivè a. "[Sourat Al-Imran, vèsè 97]

Epi, nan 2 liv ki pi sèten yo (Sahih al-Bukhari ak Muslim), Ibn Omar (se pou Allah kontan ak yo 2 a) rapòte Pwofèt la (pè e benediksyon Allah kouvri li) te di: «Islan nan bati sou senk pilye : sètifye pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon sof Allah, epi Muhammad se mesaje Allah, fè lapriyè yo regilyèman, bay lacharite obligatwa a (Zakat), fè jèn nan mwa Ramadan an, epi fè pelerinaj nan kay sakre Allah a (Hadj).» [3] [3] Se Al-Boukhari ki rapòtel anba nimewo (8), epi Mouslim anba nimewo (16).

Epi, Sa'id rapòte nan liv li a (Sunan), daprè sa Omar ben Al-Khattab (se pou Allah kontan avèk li) te di: «Mwen te gen entansyon voye kèk moun nan tout vil sa yo pou yo al tcheke tout moun ki gen mwayen [4] men ki pa te fè pelerinaj (Hadj) la, pou yo ka fè yo peye taks (Djizya). Moun sa yo pa Mizilman, moun sa yo pa Mizilman [5]» [4] Sa vle di: yon moun ki gen ou posede anpil kòb nan men li. [5] Yo atribiye li nan liv Jami' al-Ahadith anba nimewo (31221) kòm yon tèks ki soti nan Sunan Sa'id bin Mansour, men mwen pa te jwenn li nan vèsyon ki disponib la.

Epi, yo rapòte daprè sa Ali (se pou Allah kontan avèk li) te di: «Nenpòt moun ki gen mwayen pou li fè pelerinaj la (Hadj) epi li pa fè li, sa pa tap fè okenn diferans si li mouri tankou yon Jwif oswa tankou yon Kretyen.» [6] Se At-Tirmidhi ki rapòte l anba nimewo (812).

Epi li se yon devwa pou sila a ki gen kapasite pou fè Hajj men ki poko fè li poul prese fè li ; paske yo rapòte de Ibn Abbas (ke Allah satisfè de li), ke Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di: «Prese al fè pelerinaj (Hadj) la — sa vle di pelerinaj ki obligatwa a — paske pèsonn nan nou pa konnen ki sa k ka rive l (difikilte oswa maladi ki ka anpeche l al fè l pita).» [7] [7] Rapòte pa Abou Dawoud, anba nimewo (1732).

Epi, se paske pelerinaj la (Hadj) se yon obligasyon pou yon moun fè touswit depi li gen mwayen pou li fè vwayaj la; daprè sans klè pawòl Allah a ki di: «...Se yon devwa pou tout moun devan Allah pou yo fè pelerinaj nan Kay la (Kaaba), pou moun ki gen mwayen pou fè vwayaj la. Kanta pou moun ki refize kwè, anverite, Allah pa bezwen anyen nan men pèsonn nan linivè a.» Sourat [Al Imran vèsè 97]. Epi pawòl Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) nan sèmon li a: «O moun yo, anverite Allah rann pelerinaj la (Hadj) obligatwa pou nou, kidonk, al fè pelerinaj la.» [8] [8] Se Mouslim ki rapòte li anba nimewo (1337)

Epi, gen plizyè Hadit ki te rapòte ki montre Omra se yon obligasyon tou, pami yo genyen:

Pawòl Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) nan repons li te bay Jibril lè li te pozel kesyon sou Islam, li te di: «Islam se lè ou sètifye pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon sof Allah, epi Muhammad se mesaje Allah, ou fè lapriyè yo regilyèman, ou bay lacharite obligatwa a (Zakat), ou fè jèn nan mwa Ramadan an, ou fè pelerinaj nan kay la (Hadj), epi ou fè Omra si ou kapab.» Ibn Khuzaymah ak Al-Daraqutni rapòte l, dapre yon hadit Omar ben Al-Khattab (se pou Allah kontan avè l), epi Al-Daraqutni te di: Chèn transmisyon sa a solid e li verifye (Sahih). [9] Se Ibn Khuzaymah ki rapòte l anba nimewo (1)

Epi pami yo: gen hadit Aïcha (se pou Allah kontan avèk li) kote li te di: «O Mesaje Allah, èske medam yo gen yon konba (Dji'ad) pou yo fè? Li di: Yo gen yon konba pou yo fè kote pa gen batay: pelerinaj (Hadj) ak Omra.» [10] Ahmad ak Ibn Majah te rapòte li avèk yon chèn transmisyon ki verifye (Sahih). 10] Se Al-Boukhari ki rapòte l anba nimewo (1520)

Epi pelerinaj (Hadj) ak Omra pa obligatwa pase yon sèl fwa nan lavi yon moun; daprè sa Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di nan hadit ki verifye a (Sahih):" «Pelerinaj la (Hadj) se yon sèl fwa, kanta pou moun ki fè li anplis, sa se yon aksyon volontè.» [11] Se An-Nasa'i ki rapòte li anba nimewo (2620)

Epi li rekòmande (Sunnah) pou yon moun repete pelerinaj (Hadj) ak Omra kòm aksyon volontè; daprè sa ki konfime nan 2 liv ki pi verifye yo (Al-Bukhari ak Muslim), ki soti nan Abu Hurayrah (se pou Bondye kontan avè l) ki te di: Mesaje Allah a (lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te di: Fè yon Omra aprè yon lòt Omra, sa efase peche ki te fèt ant 2 a yo; epi yon pelerinaj (Hadj) ki aksepte, pa gen lòt rekonpans pou li sof Paradi a.» [12] [12] Se Al-Bukhari ki rapòte li anba nimewo (1773), epi Muslim anba nimewo (1349).

Chapit

«Sou obligasyon pou yon moun repanti (Tawbah) pou peche li yo, epi poul rann moun sa li dwe yo (repare enjistis li te fè).»

«Lè yon Mizilman pran desizyon pou li vwayaje pou li al fè pelerinaj (Hadj) oswa Omra: li rekòmande (Mustahab) pou li bay fanmi li ak zanmi li konsèy pou yo gen krentif pou Allah (Taqwa), ki vle di: obeyi avèk lòd Allah epi evite sa li entèdi.»

Epi, li bon pou li ekri tout sa li posede ak tout dèt li genyen sou dol, epi fè moun sèvi temwen pou sa. Konsa tou, li dwe prese fè yon repantans ki sensè (Tawbah Nasuh) pou tout peche li yo; daprè pawòl Allah a ki di: «...Epi tounen vin jwenn Allah ak repantans (fè Tawbah), nou tout, O kwayan yo, pou nou ka jwenn siksè.» [ Sourat An-Nour vèsè 31].

Epi verite sou repantans lan (Tawbah) se: sispann fè peche yo nèt epi abandone yo, gen gwo regrè pou sa ki te fèt nan tan pase, epi pran desizyon fèm pou pa janm retounen ladan yo ankò. Si li te fè moun enjistis, kit se nan lavi yo, nan byen yo oswa nan repitasyon yo, li dwe rann yo sa ki pou yo, oswa mande yo padon (repare sa) anvan li pati vwayaje; daprè sa ki te verifye (Sahih) soti nan Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li)kote li te di: «Moun ki te fè frè li yon enjistis, kit se nan byen li oswa nan repitasyon li, se pou li mandel padon jodi a menm, anvan jou kote pap gen ni dina ni dirham (lajan). Si li gen bon aksyon, yap pran ladan yo pou peye valè enjistis li te fè a; si li pa gen bon aksyon (hassanat), yap pran nan peche moun li te fè enjistis la epi yap mete yo sou do pa li.» [13] [13] Se Al-Bukhari ki rapòte l anba nimewo (2449).

«Epi, li bon pou li chwazi pou pelerinaj (Hadj) ak Omra li a, yon depans ki pwòp ki soti nan yon lajan ki lwa (Halal); daprè sa ki te verifye (Sahih) soti nan Pwofèt la ﷺ kote li te di: Allah ki anwo nan syèl la, Li bon (Li pwòp) epi Li pa aksepte anyen sof sa ki bon (pwòp). [14] Se Muslim ki rapòte li anba nimewo (1015).

Epi At-Tabarani rapòte daprè Abi Houreira (se pou Allah satisfè avè l), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Lè yon nonm pati poul al fè pelerinaj (Hadj) ak yon depans ki pwòp (lajan Halal), epi li mete pyel nan etriye a (li pare pou li pati) epi li rele: "Labayk Allahouma Labayk" (Mwen reponn apèl Ou, O Allah), yon moun ki soti nan syèl la relel, li di li: "Labayka wa Sa'dayka" (Mwen aksepte apèl ou a epi mwen kontan pou ou), manje ou se Halal, montir ou se Halal, epi pelerinaj ou a ap aksepte san peche. Men, lè yon nonm pati ak yon depans ki pa pwòp (lajan Haram), epi li mete pyel nan etriye a epi li rele: "Labayk Allahouma Labayk", yon moun ki soti nan syèl la rele li, li dil: "La Labayka wa la Sa'dayka" (Mwen pa aksepte apèl ou a epi mwen pa kontan pou ou), manje ou se Haram, depans ou se Haram, epi pelerinaj ou a pa aksepte.» [15] [15] Se At-Tabarani ki rapòte l nan liv "Al-Mu'jam al-Kabir" anba nimewo (2989).

Epi, li bon pou peleren an (Hadj) pa depann sou sa ki nan men moun, epi pou li evite mande yo charite; daprè sa Pwofèt la ﷺ te di: «Epi moun ki chèche gen diyite (ki evite mande), Allah ap ba li diyite; epi moun ki chèche pa depann sou moun, Allah ap bal dekwa pou li pa bezwen pèsonn.» [16] [16] Se Al-Bukhari ki rapòte li anba nimewo (1427), epi Muslim anba nimewo (1035).

Epi pawòl li, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): «Yon moun pap janm sispann mande moun (charite) san rezon, jouk li rive nan Jou Jijman an ak figil san yon ti moso chigrit vyann sou li.» [17] [17] Se Al-Bukhari ki rapòte l anba nimewo (1474), epi Muslim anba nimewo (1040).

«Epi peleren an dwe gen entansyon nan pelerinaj (Hadj) ak Omra li a poul chèche figi Allah ak kay nan lòt lavi a (Paradi), epi poul pwoche pi prè Allah ak pawòl ak aksyon ki fè li plezi nan kote sakre sa yo. Li dwe veye kòl anpil pou li pa fè pelerinaj li a poul chèche byen latè ak dekore lavi sa a, oswa poul fè moun wè (Riya), poul fè non, oswa pou li vante tèt li ak sa. Paske, sa yo se pami move entansyon ki pi lèd, epi se yo ki lakòz aksyon yon moun gaspiye epi yo pa aksepte li; jan Allah ki anwo nan syèl la te di a:» 15: «Moun ki vle lavi sou tè sa a ak tout bèl bagay ki ladan li yo, nap ba yo rekonpans aksyon yo nèt nan lavi sa a, epi yo pap pèdi anyen nan sa ki pou yo a.» Se moun sa yo ki pap gen anyen nan lòt lavi a eksepte dife a; tout sa yo te fè yo tounen anyen, epi tout sa yo te konn fè yo pa vo anyen. [Sourat Houd vèsè 15-16].

Men sa senyè toupwisan di: 18 : Moun ki vle lavi sa a kap pase vit la, Nap prese ba li sa nou vle pou moun Nou vle ladan lli, aprèsa nou mete Lanfè pou li kote lap boule ladan li ak imilyasyon epi kote yo chase l.» 19: Moun ki vle lavi ki ap vini an, ki fè tout efò ki nesesè pou sa, pandan li gen lafwa, moun sa yo, senyè toupwisan an ap aksepte efò yo epi lap rekonpanse yo. [Sourat Al-Isra vèsè 18-19].

Epi sa sèten bò kote Mesaje Allah, li te di: Allah Toupwisan an di: Mwen se sa ki pi pa bezwen asosye nan mitan tout asosye yo. Nenpòt moun ki fè yon aksyon kote li asosye yon lòt moun avèk Mwen, Mwen abandone li, li menm ak asosyel la. Mizilman rapòte li anba nimewo (2985).

Li bon tou pou yon moun chwazi mache ak moun ki debyen, moun ki obeyi Allah moun ki gen krentif pou Li, epi ki konnen relijyon yo byen pandan lap vwayaje. Anmenmtan, li dwe fè atansyon pou li pa vwayaje ak moun ki ensanse oswa moun kap fè sa ki mal.

Li bon tou pou yon moun aprann sa ki obligatwa ak sa ki rekòmande pou li fè pandan lap fè Al-Hajj ak Al-Umrah. Li dwe chèche konnen byen epi poze kesyon sou tout sa ki pa klè pou li, poul ka gen konesans sou sa lap fè a. Lè li monte bèt li, machin li, avyon li, oswa nenpòt lòt mwayen transpò, li rekòmande pou li di non Allah ki sen (Bismillah), fè louwanj pou li (Alhamdulillah), epi aprèsa li di "Allahu Akbar" 3 fwa, epi li di: 13: Lwanj pou Allah ki te ban nou kontwòl sou tout bagay sa yo, paske nou pa tap janm ka rive fè sa pou kò nou. 14: Epi se bò kote Gran Mèt nou an nap retounen. [Sourat Az-Zukhruf vèsè 13-14].

19: O Allah mwen mande ou nan vwayaj mwen an pou Ou ban mwen fòs poum fè sa ki byen ak krentif pou Ou, epi poum fè aksyon ki fè Ou plezi. O Allah, rann vwayaj sa a fasil pou nou, epi fè wout la parèt kout pou nou. O Allah se ou menm ki konpayon nou nan vwayaj la, epi se Ou kap veye sou fanmi nou pandan nou pa la. O Allah, mwen mande Ou pwotejem kont fatig vwayaj la, kont move vizyon ki ka fèm tris, epi pou malè pa rive ni nan byen mwen ni nan fanmim lèm tounen. Paske sa a se sa ki kòrèk ki soti nan Pwofèt la (pè ak benediksyon Allah kouvri li)epi Muslim te rapòte li nan adit Ibn Umar (se pou Bondye kontan ak yo 2 a). [19] Rapòte pa Mouslim, nimewo (1342).

Pandan lap vwayaje, li dwe toujou sonje Allah (Dhikr), mande li padon (Istighfar), fè anpil lapriyè (Dou-a), epi li dwe li Koran an byen pandan lap medite sou sans vèsè yo. Anplis de sa, li dwe toujou fè lapriyè yo ansanm ak lòt moun , veye sou bouch li pou li pa tonbe nan pale anpil, ni nan pale sou bagay ki pa konsènel, ni nan bay twòp blag. Li dwe pwoteje lang li tou kont manti, pale moun mal dèyè do yo, chache simen divizyon ant moun, oswa pase zanmi li ak lòt frè Mizilman li yo nan betiz.

Li bon tou pou li fè byen pou moun ki avèk li yo, pou li pa fè yo anyen ki mal, epi pou li ankouraje yo fè sa ki byen epi dekouraje yo fè sa ki mal avèk sajès ak bèl pawòl, daprè kapasite li.

Chapit

Sa moun ki pral fè pelerinaj la (Haj) dwe fè lè li rive nan Mikat (Miqat):

Lè li rive nan Mikat (Miqat), li rekòmande pou li benyen epi mete pafen; paske yo rapòte ke Pwofèt la (Lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te retire rad ki koud yo lè li tap antre nan eta Ihram, epi li te benyen. Epitou, daprè sa ki konfime nan 2 liv sahih yo (Bukhari ak Muslim), Aicha (se pou Allah kontan avè l) te di: «Mwen te konn pafime Mesaje Allah la (se pou lapè ak benediksyon Allah avèk li), pou Ihram li anvanl te antre ladanl, epi pou sòtil ladan l anvan l te fè Tawaf toutotou Kay la» [20], Epitou, li te pase Aicha lòd, lè li te gen règ li pandan li te gentan nan eta Ihram pou Umrah, pou li te benyen epi antre nan Ihram pou Haj la. Epi Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li .) te bay Asma pitit fi Oumays lòd, lè li te fin akouche nan Dhoul Houlayfa, pou li benyen, mare yon moso twal pou kenbe san an, epi pou li antre nan eta sakre (Ihram)[21]. Sa montre klèman ke si yon fanm rive nan Mikat la pandan li gen règ oswa san aprè akouchman, li dwe benyen epi antre nan eta sakre (Ihram) ansanm ak rès moun yo, epi li dwe fè tout sa pèleren yo fè, sof vire toutotou Kay Sakre a, menm jan Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li .) te bay Aicha ak Asma lòd pou yo fè sa. [20] Rapòte pa Al-Boukhari, nimewo (1539), e Mouslim, nimewo (1189). [21] Rapòte pa Mouslim nimewo (1218).

Li rekòmande pou moun ki vle antre nan eta sakre a (Ihram), pou li pran swen moustach li, zong li, pwal bò pati entim li, ak pwal anba bra li. Konsa, l'ap retire sa ki bezwen retire, pou li pa bezwen fè sa aprè li fin antre nan eta sakre a (Ihram), paske sa ap entèdi pou li. Epi tou, se paske Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te preskri pou Mizilman yo pou yo toujou pran swen bagay sa yo, jan sa sèten nan 2 liv ki pi otantik yo (Sahihayn), daprè Abou Hurayra (se pou Allah satisfè ak li), li te di: Mesaje Allah a (Lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di: Gen 5 aksyon ki nan nati moun (Al-Fitra): sikonsizyon, raze plim nan pati prive, taye moustach, koupe zong, ak rale plim anba bwa» [22] Bukhari rapòte li anba nimewo (5891), epi Muslim anba nimewo (257).

Epi nan liv Sahih Muslim, Anas (se pou Allah kontan avè l) te di: Yo te ban nou yon limit tan pou nou taye moustach nou, koupe zong nou, rale plim anba bwa nou, epi raze plim nan pati prive nou: pou nou pa kite sa pase plis pase karant nuit» [23]. [23] Muslim rapòte l anba nimewo (258).

Epi an-Nasa'i rapòte l ak pawòl sa yo: Mesaje Allah te fikse yon limit tan pou nou» [24] Ahmad, Abou Daoud, ak At-Tirmidhi rapòtel menm jan ak an-Nasa'i. Kanta pou cheve nan tèt, li pa nan prensip relijyon an pou moun koupe anyen ladan lè yap antre nan eta Ihram, kit se pou gason, kit se pou fanm. [24] Rapòte pa An-Nasa'i, anba nimewo (14).

Kanta bab la, li entèdi pou moun raze li oswa koupe anyen ladan li nan nenpòt ki lè. Okontrè, se yon obligasyon pou moun kite li grandi epi kitel byen ranpli, daprè sa ki konfime nan 2 liv sahih yo (Bukhari ak Muslim), kote Ibn Umar (se pou Allah kontan ak yo 2 a) te di: Mesaje Allah (lapè ak Benediksyon Allah kouvri li)te di: «Fè sa ki diferan ak sa moun kap sèvi zidòl yo fè: kite bab nou grandi byen ranpli, epi taye moustach nou kout» [25]. Epi Mouslim rapòte nan Sahih li a, bò kote Abou Hourayra (ke Allah satisfè de li) li te di: Mesaje Allah a (Pè AK benediksyon Allah kouvri li) te di: «Koupe moustach nou kout, epi kite bab nou pouse long, fè sa ki diferan ak sa moun ki adore dife yo (Majous) fè» [26]. [25] Bukhari rapòte l anba nimewo (2892), epi Muslim anba nimewo (259). [26] Rapòte pa Mouslim, nimewo (260).

Malè a vin pi grav nan epòk sa a poutèt anpil moun pa respekte tradisyon (Sunnah) sa a, yo fè lagè ak bab yo, epi yo aksepte sanble ak moun ki pa kwayan yo ak medam yo; sitou moun ki di yo nan domèn konesans ak ansèyman. Se pou Allah nou ye, epi se bò kotel nap tounen. Nou mande Allah pou li gide nou ansanm ak tout lòt Mizilman yo pou nou mache selon Sunnah a, pou nou rete kole ak li epi fè moun konnen li, menmsi pifò moun ta vire do ba li. Allah sifi pou nou, se pi bon pwotèktè a, epi pa gen ni fòs ni pouvwa si se pa gras ak Allah ki anwo nèt la, ki gran anpil la.

Aprèsa gason an mete yon rad pou anba ak yon rad pou anwo, epi li rekòmande pou yo toude blan e pwòp. Li rekòmande tou poul antre nan eta sakre a (Ihram) ak sandal nan pyel paske Pwofèt la(ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li)te di: «Epi se pou chak moun nan nou antre nan eta Ihram avèk yon moso twal pou li vlope anba (Izar), yon moso twal poul kouvri anwo (Rida), ak yon pè sandal (Na'layn). Si li pa jwenn sandal, se poul mete yon pè bòt (Khuffayn), epi se pou li koupe yo pou yo ka rive pi ba pase je pye l» [27]. Imam Ahmad (se pou Allah gen pitye pou li) te rapòte l. 27] Muslim rapòte l anba nimewo (1177).

Kanta pou fanm nan, li gen dwa antre nan eta ihram ak rad nenpòt koulè li vle, kit se nwa, vèt, oswa lòt koulè, depi li pran prekosyon pou abiman li pa sanble ak pa gason yo. Men, li pa gen dwa mete niqab ak gan pandan li nan eta ihram. Okontrè, li dwe kouvri figi li ak 2 men li avèk yon lòt bagay ki pa niqab la ak gan yo; sa se paske Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te entèdi fanm ki nan eta ihram mete niqab ak gan. Kanta pou sa kèk moun pami pèp la abitye fè, kote yo di se sèlman rad vèt oswa nwa fanm nan dwe mete pou ihram li, sa pa gen okenn fondman.

Aprèsa li fin benyen, netwaye kò li epi mete rad Ihram yo, li dwe gen entansyon nan kè li pou li antre nan rit li vle fè a, kit se Hajj oswa Omra; paske Pwofèt la(ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li)te di: «An verite, aksyon yo se daprè entansyon yo, epi chak moun ap jwenn sa li te gen nan entansyon li» [28]. 28] Bukhari rapòte li anba nimewo (1), epi Muslim anba nimewo (1907).

Epitou, li nan prensip relijyon an pou li pwononse sa li gen entansyon fè a ak bouch li. Si entansyon li se pou li fè Umrah, lap di: "Labbayka 'Umratan" oswa "Allahumma Labbayka 'Umratan". Si entansyon li se pou l fè Haj, lap di: "Labbayka Hajjan" oswa "Allahumma Labbayka Hajjan"; paske se konsa Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li)te fè. Si li gen entansyon fè yo 2 a ansanm, lap di: "Allahumma Labbayka 'Umratan wa Hajjan". Epi sa ki pi bon an, se pou li pwononse sa lè li fin byen chita sou mwayen transpòl , kit se yon bèt, yon machin, oswa nenpòt lòt bagay; paske Pwofèt la(lapè ak Benediksyon Allah kouvri li)te kòmanse di "Talbiyah" la sèlman apre li te fin byen monte sou chamo li, epi bèt la te kòmanse mache soti nan Mikat (Miqat) la. Sa a se opinyon ki pi kòrèk pami pawòl moun ki gen konesans yo.

Epi se pa yon bagay ki preskri pou li, poul pwononse ak bouch li sa li gen kòm entansyon, sòf espesyalman nan ka 'Ihram' la, poutèt sa rapòte sou Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li).

Kanta pou lapriyè (Salat), vire won bò kote Kaaba (Tawaf), ak lòt aksyon konsa, li pa dwe pwononse entansyon an ak bouch li pou okenn ladan yo. Li pa dwe di: "Mwen gen entansyon priye tèl bagay", ni "Mwen gen entansyon fè Tawaf tèl jan". Okontrè, pwononse sa ak bouch se pami inovasyon (Bid'ah) yo kreye nan relijyon an, epi di sa byen fò pi mal toujou epi li gen plis peche ladan li. Si pwononse entansyon an ak bouch te yon bagay ki nan prensip relijyon an, Mesaje Allah tap esplike li epi li tap fè nasyon an konnen sa nan aksyon li oswa nan pawòl li, epi premye moun ki te swiv li yo (Salaf) tap fè sa anvan nou.

Kòm sa pa te rapòte ni nan men Pwofèt la (Lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) ni nan men konpayon li yo (se pou Allah kontan ak yo), sa fè nou konnen se yon inovasyon (Bid'ah) li ye. Epi Pwofèt la ﷺ te di: «Epi bagay ki pi mal yo, se sa yo envante nan relijyon an, epi chak inovasyon (Bid'ah) se yon pèdisyon» [29]. Rapòte pa Mouslim nan Sahih li a, Epi li (ke lapè ak benediksyon Allah sou li)te di: «Nenpòt moun ki pote yon bagay nèf nan relijyon nou an, alòske bagay sa a pa ladan li yap voye l jete nan figil» [30]. Tout moun tonbe dakò sou verite li, Epi nan yon vèsyon Muslim rapòte, li di: «Nenpòt moun ki fè yon aksyon ki pa mache ak jan nou mande fèl la, yap voyel jete nan figi l» [31]. [29] Rapòte pa Mouslim, nimewo (867). [30] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (2697), ak Mouslim, anba nimewo (1718). [31] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (2550), ak Mouslim, anba nimewo (1718).

Chapit Konsènan lye yo (Mikat) kote yo dwe kòmanse Ihram la ak jan yo fikse yo:

Mikat yo se 5:

Premye a: Dou l-Oulayfa, se Mikat moun Madine yo, epi se li moun yo rele jodi a: Abya Ali.

Dezyèm lan: Al-Jouhfa, se Mikat moun peyi Siri yo (ach-Cham). Se yon ti vilaj ki kraze ki touprè Rabigh. Jodi a, moun yo antre nan Ihram depi Rabigh, epi moun ki fè sa a antre nan Ihram depi nan Mikat la menm, paske Rabigh sitye yon ti kras anvan li.

Twazyèm lan: Qarn al-Manazil, se Mikat moun Najd yo, epi se li yo rele jodi a: As-Sayl.

Katriyèm nan se: Yalamlam, ki se Miqat moun Yemenn yo.

Senkyèm lan: Dhat 'Irq, se Mikat moun peyi Irak yo.

Epi Mikat sa yo, Pwofèt la (lapè ak Benediksyon Allah kouvri li)te fikse yo pou moun nou sot site yo, ak pou nenpòt lòt moun kap pase nan kote sa yo ki gen entansyon fè Haj oswa Umrah.

Epi, se yon devwa pou moun ki pase nan pwen sa yo pou li antre nan eta sakralizasyon ('Ihram') la, e se entèdi pou li depase yo san li pa antre nan eta sa a si li gen entansyon ale Lamèk poul fè yon Hadj oswa yon Omra, kit li pase sou yo pa wout tè, kit se nan lè lap pase; daprè sans jeneral pawòl Pwofèt la (ke lapriyè ak lapè Allah desann sou li) lèl te fikse pwen delimitasyon sa yo: «Kote sa yo se pou moun ki abite ladan yo, ak pou moun ki pase bò kote yo ki pa moun zòn sa yo, pami moun ki gen entansyon fè Haj ak Umrah» [32]. [32] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (1524), ak Mouslim, anba nimewo (1181).

Epi, sa ki rekòmande pou yon moun kap ale Lamèk pa avyon ak entansyon poul fè Haj oswa Umrah, se poul prepare kò li avèk gwo dlo (Ghusl) ak lòt bagay konsa anvan li monte avyon an. Lè li prèske rive nan nivo Mikat la, li mete Izar li ak Rida li, epi li di Talbiyah pou Umrah si li gen ase tan. Si tan an kout, li di Talbiyah pou Haj. Si li mete Izar ak Rida li anvan li monte avyon an oswa anvan li pwoche bò Mikat la, sa pa gen pwoblèm; men li pa dwe gen entansyon antre nan eta Ihram nan, ni li pa dwe di Talbiyah pou sa, toutotan li pa rive nan nivo Mikat la oswa li pa pwoche bò kote li. Paske Pwofèt la ﷺ te sèlman antre nan Ihram depi nan Mikat la, epi li se yon obligasyon pou nasyon an pranl kòm egzanp nan sa, menm jan nan tout lòt bagay ki konsène relijyon an; daprè pawòl Allah ki sen anpil: «Anverite, nou jwenn nan Mesaje Allah a yon bèl egzanp pou nou swiv...» [Sourat Al-Ahzab vèsè 21]. Epi daprè pawòl Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) nan Hajj Adye li ya: Pran nan menm fason pou nou fè pelerinaj nou an (manasik)» [33]. Mouslim rapòte l, nimewo (1297).

«Kanta pou moun ki prale Lamèk epi ki pa gen entansyon fè ni pelerinaj (Hadj) ni Omra; tankou yon machann, yon moun kap chèche bwa, yon moun kap pote mesaj (kourye), oswa lòt moun konsa, li pa obligatwa pou li mete rad pelerinaj (Ihram), sof si li vle fè sa li menm; daprè sa Pwofèt la ﷺ te di nan Hadit nou te wè anvan an, lè li t ap pale sou limit kote pou moun kòmanse pelerinaj yo (Mawaqit):» "Yo la pou moun pa yo, ak pou sila yo ki pase pa la ki pa moun pa yo, pami moun ki gen entansyon fè Hadj ak Oumra" [34], «Limit sa yo se pou moun ki abite nan zòn sa yo, epi pou tout lòt moun ki pase bò kote yo (ki pa moun zòn nan), depi se moun ki gen entansyon fè pelerinaj (Hadj) oswa Omra.» [34] [34] Sa se yon pati nan Hadit Al-Bukhari (1524) ak Muslim (1181) te rapòte.

Epi sa se yon siy mizèrikòd Allah genyen pou sèvitè li yo, ak fason li rann bagay yo fasil pou yo. Kidonk, se pou li tout louwanj ak remèsiman pou sa. Sa ki pwouve sa, sèke lè Pwofèt la, ke lapriyè ak lapè Allah sou li, te rive Lamèk nan ane Konkèt la, li pa te mete tèt li nan eta sakre (Ihram), okontrè, li te antre nan vil la ak yon kas sou tèt li; paske nan moman sa a, li pa te gen entansyon pou li fè ni vwayaj pelerinaj (Hadj), ni Omra. Sèl entansyon li se te libere vil la, epi retire tout zak asosyasyon (Chirk) ki te ladan l.

Kanta pou sila a ki gen rezidans li pi prè pase Mawaqit yo; tankou abitan Jeddah, Oum as-Salam, Bahra, Charayi, Badr, Mastourah ak lòt kote ki menm jan, li pa gen obligasyon pou li ale nan youn nan 5 Mawaqit nou sot site yo a. Men pito, rezidans li se miqat pa li, kidonk se depi la poul antre nan ihram pou Hajj oswa Umrah li gen entansyon fè a. E si li gen yon lòt rezidans ki andeyò Miqat la, li gen chwa: si li vle, li ka antre nan ihram depi nan Miqat la, e sil vle, li ka antre nan ihram depi nan rezidans li a ki pi prè Lamèk pase Miqat la; poutèt pawòl jeneral Pwofèt la ﷺ nan adit Ibn Abbas la (Allah satisfè avè l) lèl te mansyone Mawaqit yo, li te di: «Moun ki rete pi prè Makka pase limit sa yo (Mawaqit), kote lap kòmanse pelerinaj li a se depi lakay li. Menm jan an tou pou moun ki rete Makka, yo kòmanse Ihram yo depi Makka menm.» [36] Rapòte pa Boukhari ak Mouslim. [35]Kote li kòmanse a : sa vle di : lè li kòmanse di 'Labbayk' depi kote li mete rad sakre (Ihran) li a." [36]"Yon pati nan hadit ki te pase anvan an."

Men, moun ki vle fè 'Umrah' (ti pèlerenaj) pandan li deja anndan zòn sakre a (Al-Haram), li dwe soti deyò limit zòn nan pou li pran angajman sakre li a (Ihram). Paske, lè Aïcha te mande Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) pou li fè 'Umrah', Pwofèt la te bay frè li a, Abd al-Rahman, lòd poul mennen li deyò zòn sakre a pou li te ka kòmanse 'Ihram' li. Sa montre klèman yon moun pa ka kòmanse 'Umrah' li pandan li anndan zòn sakre a, men li fèt pou li kòmanse li depi deyò limit yo

Epi hadit sa a vin pote yon presizyon espesyal sou hadit Ibn Abbas nou te wè anvan an, sa ki montre sa Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) te vle di lè li te di : «menm moun kap viv nan lavil Lamèk yo, y ap kòmanse 'Ihram' (deklarasyon sakre) yo depi anndan Lamèk la menm» [37]," Se pou 'Hajj' (Gwo Pèlerenaj la) li tap pale, se pa pou 'Umrah' (Ti Pèlerenaj la). Paske si sa te pèmèt pou yon moun kòmanse 'Ihram' pou 'Umrah' depi anndan zòn sakre a (Al-Haram), Pwofèt la ta dwe bay Aïcha (kote Allah kontan avè l) pèmisyon pou li fè sa, li pa tap mande li poul fè tout efò sa a poul soti deyò limit yo (Al-Hill). Pwen sa a klè anpil, epi se sa pifò savan yo (Jumhur) di (kote Allah gen pitye pou yo). Sa se chemen ki pi an sekirite pou kwayan an, paske konsa li aplike tou 2 hadit yo ansanm. Se Allah ki bay siksè." [37] Referans li te deja site.

Kanta pou sa kèk moun konn fè, kote yap miltipliye 'Umrah' (ti pèlerenaj) aprè yo fin fè 'Hajj' (gwo pèlerenaj la), nan soti depi zòn At-Tan'im, Al-Ji'ranah oswa lòt kote ankò, alòske yo te deja fè yon 'Umrah' anvan 'Hajj' la: pa gen okenn prèv ki montre sa nan lalwa relijye a. Okontrè, prèv yo montre li pi bon pou yon moun pa fè sa. Paske Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) ak konpanyon li yo (se pou Allah kontan avè yo) pa te konn fè lòt 'Umrah' aprè yo fin pèfòme 'Hajj' la. Aïcha te sèlman fè 'Umrah' depi zòn At-Tan'im lan paske li pa te kapab fè li ansanm ak lòt moun yo lè yo te antre Mèk la poutèt règ li (mwa li) ki te sou li. Li te mande Pwofèt la pou li te ka fè yon 'Umrah' pou ranplase sa li te kòmanse depi nan 'Miqat' la (limit vwayaj la). Pwofèt la te dakò sa pou li. Konsa, li te gen de 'Umrah': yonn ki te mache ak 'Hajj' li a, epi yonn ki separe. Donk, pou yon moun ki nan menm sitiyasyon ak Aïcha, pa gen pwoblèm poul fè yon 'Umrah' apre li fin fè 'Hajj' la; sa pèmèt nou aplike tout prèv yo ansanm epi sa bay Mizilman yo plis fasilite.

Epi pa gen dout nan sa, lè pèleren yo ap chache fè yon lòt 'Umrah' ankò aprè yo fin pèfòme 'Hajj' la — anplis premye 'Umrah' yo te deja fè lè yo te antre Mèk la — sa rann travay la difisil pou tout moun. Sa lakòz twòp foul moun (blokaj), sa miltipliye aksidan yo, epi an plis de sa, sa pa mache ak fason Pwofèt la (Se pou Lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te konn fè bagay yo (Sunnah li). Se Allah ki bay siksè.

Chapit

Konsènan règleman pou yon moun ki rive nan 'Miqat' (limit sakre a) pandan se pa mwa pèlerenaj (Hajj) yo.

Konnen byen, gen 2 fason sa ka pase pou yon moun ki rive nan 'Miqat' (limit sakre a) :

Premye ka a se lè yon moun rive nan 'Miqat' la nan yon moman ki pa mwa pèlerenaj (Hajj) yo, tankou nan mwa Ramadan oswa nan mwa Chaban. Nan sitiyasyon sa a, sa ki dwat pou li fè (Sunnah a), se pou li pran 'Ihram' pou yon 'Umrah'. Li dwe mete entansyon an nan kè li epi pwononse li ak bouch li konsa: 'Labbayka Umrah' oswa 'Allahumma Labbayka Umrah'. Aprèsa, lap kòmanse di pawòl 'Talbiyah' Pwofèt la (Lajwa ak benediksyon Allah sou li) te konn di a, ki se: «Mwen la pou ou, O Allah,mwen la! Mwen la, Ou pa gen okenn asosye, mwen la! Tout lwanj, tout favè ak tout pouvwa se pou Ou sèlman. Ou pa gen okenn asosye.» [38]. "Li dwe repete 'Talbiyah' sa a anpil, epi toujou ap sonje Allah (fè Dhikr) jiskaske li rive nan kay senyè toupwisan an(Kaaba). Lè li rive nan kay la, li sispann di 'Talbiyah' a, epi li fè wonn Kaaba a sèt (7) fwa (Tawaf). Aprèsa, li fè de (2) rakat (lapriyè) dèyè 'Maqam Ibrahim'. Aprè sa, li soti poul ale nan mòn Safa, epi li mache ale vini ant Safa ak Marwah sèt (7) fwa (Sa'i). Lè li fini, li dwe kale tèt li oswa koupe cheve li kout. Konsa, 'Umrah' li a fini, epi tout sa ki te entèdi pou li pandan li te nan 'Ihram' la vin pèmèt pou li ankò." [38] Rapòte pa Al-Bukhari, anba nimewo (1549), ak Muslim, anba nimewo (1184).

Dezyèm ka a : Se lè yon moun rive nan 'Miqat' la pandan mwa pèlerenaj (Hajj) yo. Mwa sa yo se : Chawwal, Dhu al-Qi'dah, ak dis (10) premye jou nan mwa Dhu al-Hijjah.

Moun sa a gen chwa ant twa (3) opsyon: swa li fè 'Hajj' (pèlerenaj) sèlman, swa li fè 'Umrah' sèlman, oswa li fè tou 2 ansanm. Paske, lè Pwofèt la (se pou Lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te rive nan 'Miqat' nan mwa 'Dhu al-Qi'dah' pou dènye pèlerenaj li a (Pèlerenaj Adye a), li te bay konpanyon li yo chwa ant twa (3) kalite pèlerenaj sa yo. Men, sa ki pi bon (Sunnah a) pou yon moun ki pa gen bèt pou li ofri kòm sakrifis, se pou li kòmanse ak 'Umrah'. Lap fè menm sa nou te esplike pou moun ki rive anvan mwa pèlerenaj yo. Paske Pwofèt(se pou Lapè ak Benediksyon Allah kouvri li)la te bay konpanyon li yo lòd, lè yo te rive touprè Lamèk, pou yo chanje entansyon yo pou yo fèl tounen yon 'Umrah'. Li te ensiste sou sa lè yo te rive Lamèk menm; yo te fè 'Tawaf', yo te fè 'Sa'i', yo te koupe cheve yo epi yo te soti nan eta sakre a (Ihram) pou yo obeyi lòd Pwofèt(ke lapè ak Benediksyon Allah kouvri li)a. Sèl moun ki pa t fè sa, se te moun ki te gen bèt sakrifis la avèk yo; Pwofèt (ke lapè ak Benediksyon Allah kouvri li)la te mande moun sa yo pou yo rete nan eta sakre jiskaske jou sakrifis la (Yawm al-Nahr) rive. Sa ki pi bon (Sunnah a) pou yon moun ki mennen bèt sakrifis (Hady) la avèl, se pou li kòmanse 'Hajj' ak 'Umrah' yo ansanm. Paske se sa Pwofèt la (se pou Lapè ak benediksyon Allah rete sou li) te fè, li te mennen bèt sakrifis la avèl. Li te bay moun nan konpanyon li yo ki te mennen bèt sakrifis epi ki te kòmanse ak 'Umrah' sèlman lòd pou yo ajoute 'Hajj' la sou li nan 'Talbiyah' yo a. Li te mande yo pou yo pa soti nan eta sakre (Ihram) a jiskaske yo fini ak yo 2 a ansanm nan jou sakrifis la (Yawm al-Nahr). Konsa tou, si yon moun ki mennen bèt sakrifis la te kòmanse ak 'Hajj' sèlman, li dwe rete nan eta sakre a tou jiskaske jou sakrifis la rive, menm jan ak moun ki te fè 2 yo ansanm nan (Qarin).

Avèk sa, nou konprann ke: Moun ki antre nan eta 'Ihram' (sakralizasyon) pou Hadj la sèlman, oubyen pou Hadj ak Omra ansanm, san li pa genyen 'Hadi' (bèt pou sakrifis) avèk li, li pa sipoze rete nan eta sa a. Okontrè, sa ki konfòm ak 'Sunnah' la nan ka pa li a se poul transfòme 'Ihram' li an poul fè yon Omra; konsa lap fè 'Tawaf', lap fè 'Sa'i', lap koupe chevel epi lap soti nan eta sakralizasyon an. Se egzakteman jan Pwofèt la (Lapè AK benediksyon Allah kouvri li) te bay konpayon li yo ki pa te mennen 'Hadi' avèk yo a lòd pou yo fè sa. Sof si moun sa a pè pou li pa rate Hadj la, paske li rive anreta; nan ka sa a, pa gen okenn pwoblèm pou li rete nan eta 'Ihram' li an. Epi Allah konnen pi byen.

Men, si moun ki nan eta sakre a (Ihram) pè pou li pa kapab akonpli seremoni adorasyon li yo, paske li malad, oswa li pè yon ènmi oswa yon lòt bagay menm jan an, li rekòmande pou li di lè lap antre nan eta sakre a: "Si yon obstak bloke mwen, kote map soti nan eta sakre a se kote Ou blokem nan"; sa a se daprè adit Douba'a bint Az-Zoubayr (ke Allah satisfè de li), ki te di: O Mesaje Allah, mwen vle fè Hadj la, men mwen soufri. Lè sa a, Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) di li: «Fè 'Hajj' ou, epi fè kondisyon sa a: 'Kote map fini ak eta sakre (Ihram) mwen an, se kote Ou (senyè toupwisan an)va retem nan'» [39] Tout moun tonbe dakò sou li. [39] Rapòte pa Al-Bukhari, nimewo (5089), ak Muslim, nimewo (1207).

Avantaj ki genyen nan kondisyon sa a se: si yon moun ki nan eta sakre (Ihram) ta jwenn yon obstak ki anpeche li fini pèlerenaj li a — kit se yon maladi, kit se lènmi ki bare wout li — li gen dwa soti nan eta sakre a (Tahallul) san li pa bezwen peye anyen (san okenn amann).

Chapit

Konsènan règleman sou pèlerenaj (Hajj) yon timoun piti: èske sa ranplase 'Hajj' obligatwa a (Hajjat al-Islam) pou li?

Pèlerenaj (Hajj) yon ti gason ak yon ti fi valab; daprè sa ki ekri nan liv 'Sahih Muslim', kote Ibn Abbas (se pou Allah kontan ak yo 2 a) rakonte: gen yon madanm ki te leve yon timoun piti devan Pwofèt la (Se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) epi li mande li: 'O Mesaje Allah èske timoun sa a ka fè Hajj?' Pwofèt la reponn li: «Wi, epi ou menm (manman an) ap jwenn rekonpans tou.» [40] [40] Mouslim rapòte l, nimewo (1336).

Epi nan Sahih Al-Bukhari a, bò kote As-Sa'ib ibn Yazid, ke Allah satisfè ai li, di: «Yo te mennenm fè 'Hajj' (pèlerenaj) ansanm ak Mesaje Allah ﷺ(Pè ak Benediksyon Allah kouvri li) pandan mwen te gen sèt (7) an sèlman.» [41] Men, pèlerenaj (Hajj) sa a pa ranplase pèlerenaj obligatwa a (Hajjat al-Islam) pou yo. [41] Se Al-Bukhari ki rapòte l nan nimewo (1858).

Menm jan an tou, pèlerenaj (Hajj) yon gason ki esklav oswa yon fanm ki esklav valab, men sa pa ranplase pèlerenaj obligatwa a (Hajjat al-Islam) pou yo; daprè sa ki sèten nan hadit Ibn Abbas (se Allah kontan ak yo 2a), kote Pwofèt la(se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li)te di: «Nenpòt timoun ki fè 'Hajj' (pèlerenaj), epi aprèsa li rive nan laj matirite (laj pou li rann kont), li dwe fè yon lòt pèlerenaj ankò. Epi nenpòt esklav ki fè 'Hajj', epi aprèsa li vin lib, li dwe fè yon lòt pèlerenaj ankò.» [42] Rapòte pa Ibn Abi Chaybah, epi Al-Bayhaqi avèk yon sanad hasan. [42] Rapòte pa Ibn Abi Chayba, (j4/444).

Apre sa, si ti gason an poko gen laj rezon, se responsab li a ki pou fè entansyon mete li nan eta sakre (Ihram) pou li. Konsa, li dwe retire tout rad ki gen kouti sou li, epi li resite Talbiyah a nan plas li. Se konsa ti gason an vini nan eta sakre (mouhrim), epi li dwe evite menm bagay yon adilt ki nan eta sakre dwe evite. Menm jan an tou, pou tifi a ki poko gen laj rezon, se responsab li a ki pou fè entansyon mete li nan eta sakre (Ihram) pou li, epi resite Talbiyah a nan plas li. Se konsa tifi a vin nan eta sakre (mouhrima), epi li dwe evite menm bagay yon dam adilt ki nan eta sakre dwe evite. Yo tou 2 dwe gen rad ak kò yo pwòp pandan yap fè Tawaf la; paske Tawaf la sanble ak lapriyè a, epi pirifikasyon se yon kondisyon pou lapriyè a valab.

Si tigason an ak tifi a rive nan laj kote yo ka disène bagay yo, yo dwe antre nan eta 'Ihrâm' avèk pèmisyon responsab yo a, epi lè yap antre nan eta 'Ihrâm' la, yo dwe fè sa yon granmoun fè, tankou pran gwo beny rityèl la (Ghusl), mete pafen, ak lòt bagay menm jan an. Responsab yo a se moun ki okipe zafè yo epi kap veye sou enterè yo, kit se papa yo, kit se manman yo, oswa yon lòt moun. Epi responsab la ap fè pou yo sa yo pa kapab fè yo, tankou voye wòch yo (Ar-Ramy) ak lòt bagay konsa. Epi se yon obligasyon pou yo akonpli tout rès rit yo, tankou kanpe sou 'Arafat, pase nwit nan 'Minâ' ak 'Muzdalifah', fè 'Tawâf' la ak 'Sa'y' la, Si yo pa kapab fè 'Tawaf' (vire wonn) ak 'Sa'i' (mache ale vini) la pou kont yo, yap fè sa pou yo pandan yap pote yo. Men, li pi bon pou moun kap pote yo a pa melanje entansyon pa li ak pa yo nan menm 'Tawaf' ak 'Sa'i' la. Okontrè, li dwe mete entansyon pou li fè yo pou yo menm dabò, epi aprèsa, li fè yon 'Tawaf' ak yon 'Sa'i' separe pou tèt pal. Sa se pou li ka pran plis prekosyon nan sèvis lap bay Allah a (Ibadah), epi pou li obeyi pawòl Pwofèt la (Hadit) ki di: «Kite sa ki ba ou dout pou sa ki pa ba ou dout.» [43] Si moun ki pote a gen entansyon fè 'Tawaf' la pou tèt pa li ak pou moun li pote a, sa sifi pou li, daprè opinyon ki pi kòrèk nan 2 yo; paske Pwofèt la (Lapè AK benediksyon Allah kouvri li) pat bay madanm ki te poze li kesyon sou Hadj yon timoun nan lòd pou li fè yon 'Tawaf' apa pou li. E si sa te yon obligasyon, li menm (Lapè AK benediksyon Allah kouvri li) tap klarifye sa. Epi se Allah ki bay reyisit la. [43] Rapòte pa At-Tirmidhi, nimewo (2518).

Yo dwe bay tigason an ak tifi a ki rive nan laj pou yo konprann lòd pou yo fè pirifikasyon yo kont tout kalite enpirite anvan yo kòmanse 'Tawaf' la, menm jan ak yon granmoun ki nan eta 'Ihram'. Mete yon ti gason ak yon ti fi ki poko gen laj pou konprann nan eta 'Ihram' se pa yon obligasyon pou responsab yo, okontrè, se yon aksyon volontè. Si responsab la fè sa, lap genyen yon rekonpans pou sa, men si li pa fè li, pa gen okenn pwoblèm nan sa. Epi se Allah ki konnen pi byen.

Chapit

Esplikasyon sou sa ki entèdi (Mahzurat) pandan yon moun nan 'Ihram' ak sa ki pèmèt li fè.

Yon fwa yon moun fini mete entansyon pou li antre nan eta sakre (Ihram) a — kit li se yon gason, kit li se yon fanm — li pa gen dwa koupe okenn moso nan cheve li, ni nan zong li, epi li pa gen dwa mete pafen.

Epi, li entèdi espesyalman pou gason pou li mete rad ki koud (Makhit) ki vlope tout kò li; sa vle di: rad yo taye epi yo koud selon fòm kò a, tankou chemiz (Qamis). Li pa gen dwa mete yo ni sou tout kòl, ni sou yon pati nan kòl; tankou mayo (Fanila), pantalon (Srawil), bòt (Khuffayn), ak chosèt (Jawrabayn). Sèlman, si li pa jwenn yon moso twal pou li vlope ren l (Izar), li gen dwa mete yon pantalon. Konsa tou, si li pa jwenn sandal (Na'layn), li gen dwa mete bòt (Khuffayn) san li pa bezwen koupe yo; sa se selon hadit Ibn Abbas (se pou Allah kontan ak yo 2 a) ki sèten nan liv 'Sahih' yo (Bukhari ak Muslim), kote Pwofèt la (Pè ak Benediksyon Allah kouvri li) te di: «Nenpòt moun ki pa jwenn sandal, se pou li mete bòt (Khuffayn). Epi nenpòt moun ki pa jwenn yon 'Izar' (moso twal pou vlope ren l), se pou l mete yon pantalon.» [44] [44] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (1841), ak Mouslim, anba nimewo (1179).

Kanta pou sa ki rapòte nan hadit Ibn Omar (se pou Allah satisfè ak yo tou 2) konsènan lòd pou koupe khouffayn yo (yon kalite soulye ki fèt ak po bèt) lè yon moun bezwen mete yo paske li pa gen sandal, lòd sa a abwoje (anile); paske Pwofèt la (lapriyè ak lapè Allah avèk li) te bay lòd sa a nan vil Medin, lè yo te mandel ki rad yon moun ki an eta sakralizasyon (mouhrim) kapab mete. Aprè sa, lèl tap fè diskou pou moun yo nan Arafat, li te bay pèmisyon pou mete khouffayn yo lè yon moun pa jwenn sandal, epi li pat bay lòd pou koupe yo. Epi, moun ki pa te tande repons li te bay nan vil Medin nan te prezan nan diskou sa a, e mete reta nan yon esplikasyon lè moun yo bezwen li pa pèmèt, jan sa deja kone nan syans fondman Hadit ak Fiqh (jirispridans Islamik). Konsa, sa pwouve aklè ke lòd pou koupe a te anile. E si sa te obligatwa, Pwofèt la (lapriyè ak lapè Allah avèk li) t'ap esplike li aklè. Epi Allah konnen pi byen.

Li pèmèt pou moun ki an eta sakre a mete yon kalite soulye an kui ki pa kouvri zo pye yo, paske yo antre nan menm kategori ak sandal yo.

Epi, yon moun ki nan 'Ihram' gen dwa mete bòt kout (Khifaf) ki pa rive nivo zo kote nan pye a (cheviy); paske yo konsidere yo menm jan ak sandal.

Moun ki an ihram la gen dwa benyen, lave tèt li, epi gratel si li bezwen fè sa dousman epi san fòse. Si gen yon bagay ki tonbe sot nan tèt li akoz de sa, pa gen pwoblèm pou li.

Epi li entèdi pou yon fanm ki an Ihram mete yon bagay ki koud sou figil, tankou Boukou ak Nikab, oswa sou men li tankou gan; sa baze sou pawòl Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li): «Yon fanm ki nan 'Ihram' pa dwe mete 'Niqab' (vwal ki kouvri figi li epi ki kite 2 twou pou zyel), epi li pa dwe mete gan tou.» [45] Se Al-Boukari ki rapòte li. Gan yo: se sa yo koud oswa tise ak lenn, koton, oswa lòt materyèl, sou mezi men yo. [45] Rapòte pa Al-Boukhari, nimewo (1838).

"Epi, yon fanm gen dwa mete nenpòt lòt rad ki koud; tankou chemiz (oswa rad long), pantalon, bòt (Khuffayn), chosèt, ak lòt rad ki sanble ak sa yo.

Menmjan an tou, li pèmèt pou li desann foulal sou vizaj li si li bezwen fè sa, san li pa marel. E si foula a touche vizaj li, pa gen okenn pwoblèm nan sa; sa baze sou adit Aicha (se pou Allah kontan avèl) kote li te di: «Vwayajè (sou chamo) te konn ap pase bò kote nou pandan nou te ansanm ak Mesaje Allah a(Se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li)nan eta sakre (Ihram). Lè yo te rive nivo nou, chak nan nou te konn rale vwal (Jilbab) ki sou tèt li a desann sou figi li. Lè yo fin pase, nou te konn dekouvri figi nou ankò.» [46] Rapòte pa Abou Dawoud, epi Ibn Majah, epi Ad-Daraqutni rapòte dapre adit Oum Salamah yon vèsyon menmjan. [46] Rapòte pa Abou Dawoud, anba nimewo (1833).

Menm jan an tou, pa gen okenn pwoblèm pou li kouvri men li yo ak rad li oswa ak yon lòt bagay, epi se yon obligasyon pou li kouvri figi li ak 2 pla men li lè li an prezans gason ki pa fanmi li; paske yo se 'awra'; paske Allah (Glwa pou Li, Sila ki elve a) te di: «...epi pou yo pa montre bèlte yo (dekorasyon yo) sof bay mari yo...» [sourat An-Nour vèsè 31]. Epi, pa gen okenn dout nan sa: figi ak 2 pla men yo, se yo ki pami pati ki pi enpòtan nan bèlte (yon fanm).

Epi agiman an nan sa a pi fò e pi gran. Men sa senyè toupwisan di: «...Epi lè nap mande yo (madanm Pwofèt yo) yon bagay, mande yo sa dèyè yon vwal (rido). Sa pi bon pou pite kè pa nou ak kè pa yo...» [sourat Al-Ahzab vèsè 53].

Pou sa ki konsène sa anpil medam abitye fè a, ki se mete yon bandeau anba Khimar la pou level sou figi yo, sa pa gen okenn fondman nan relijyon an, daprè sa nou konnen. Epi si se te yon bagay ki te pèmèt, Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) tap esplikel klè pou kominote li a, epi li pa tap pèmèt pou li te rete an silans sou sa.

Li pèmèt pou gason ak medam ki an eta sakre yo lave rad yo te mete pou antre nan eta sa a si yo sal oswa gen yon bagay konsa, epi li pèmèt tou pou yo chanje yo pou lòt rad.

Epi, li pa gen dwa mete okenn rad ki te touche sa yo rele 'Zafran' (Shafran) oswa 'Wars' (yon kalite plant ki santi bon); paske Pwofèt la (Pè ak Benediksyon Allah kouvri li)te entèdi sa nan hadit Ibn Umar la (se pou Allah kontan ak yo 2 a).

Epi, li obligatwa pou yon moun ki nan 'Ihram' evite tout pawòl oswa aksyon ki deplase (Rafath), tout move zak (Fusouq), ak tout diskisyon (Jidal); daprèsa Allah ki anwo nan syèl la di: «Pèlerenaj la (Hajj) fèt nan mwa yo konnen yo. Konsa, nenpòt moun ki deside fè Hajj nan mwa sa yo, li pa gen dwa gen move konpòtman nan relasyon seksyèl (Rafath), li pa gen dwa fè peche (Fusouq), ni li pa gen dwa nan gwo diskisyon (Jidal) pandan Hajj la...» [Sourat Al-Baqarah vèsè197].

Epi, sa soti nan yon sous ki sèten (Sahih) bò kote Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di: «Nenpòt moun ki fè 'Hajj' (pèlerenaj), epi li pa gen move konpòtman (Rafath), ni li pa fè peche (Fusouq), lap tounen (lakay li pwòp) menm jan ak jou manman li te fè l la.» [47] Epi Ar-Rafath: se relasyon seksyèl, ak pawòl ak aksyon ki vilgè; Al-Fusūq: se transgresyon yo; epi Al-Jidāl: se diskisyon chirepit sou sa ki fo, oubyen sou sa ki pa gen okenn benefis ladanl . Kanta pou diskisyon ki fèt nan meyè fason an pou fè verite a parèt epi pou refite sa ki fo a, pa gen okenn mal nan sa, okontrè, li se yon bagay ki kòmande; poutèt pawòl Allah, Sila a ki Egzalte a: «Envite moun nan chemen Mèt ou a avèk sajès ak bèl pawòl kap touche kè yo, epi fè diskisyon ak yo nan fason ki pi bon an...» [An-Nahl: 125]. [47] Rapòte pa Al-Boukhari, dapre Abou Hourayra (ke Allah satisfè avè l), anba nimewo (1521), ak Mouslim, anba nimewo (1350).

Epi, li entèdi pou yon gason ki an Ihram kouvri tèt li ak yon bagay ki kole dirèk sou li; tankou bone, foula, oswa turban ak lòt bagay ki sanble ak yo, menm jan an tou pou figi li; paske Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di sou moun ki te tonbe sot sou montil la jou Arafa a epi ki te mouri a: «Lave li ak dlo ak sidr, anvlope li nan 2 rad li yo, epi pa kouvri tèt li, ni figi li, paske nan Jou Jijman an, yap resisite li pandan lap fè Talbiyah» [48] Tout moun tonbe dakò sou li, e sa a se pawòl Mouslim. [48] Rapòte pa Al-Boukhari, nimewo (1521), e Mouslim, nimewo (1350).

Kanta pou yon moun pran lonbraj anba plafon yon machin, anba yon parasòl oswa lòt bagay ki sanble ak yo, pa gen okenn pwoblèm nan sa; menm jan ak lè yon moun pran lonbraj anba yon tant oswa yon pyebwa. Paske, li konfime nan yon rapò otantik (Sahih) ke yo te fè lonbraj pou Pwofèt la, (se pou lapriyè ak lapè Allah sou li,) ak yon moso twal lè li tap voye wòch nan Jamrat al-Aqaba. Epi se yon bagay ki otantik tou ki rapòte sou li, se pou lapriyè ak lapè Allah sou li, ke yo te monte yon tant pou li nan Namira, epi li te rete anbal jiskaske solèy la te fin depase pwen ki pi wo nan syèl la jou Arafat la.

Epi, li entèdi pou yon moun ki nan 'Ihram' — kit li se gason, kit li se fanm — pou li touye bèt nan bwa (lachas), pou li ede moun fè sa, oswa pou li fè bèt yo sove kite kote yo ye a. Li entèdi tou pou yo fè kontra maryaj ,pou yo gen relasyon seksyèl, pou yo mande fanm maryaj (fiyansay), oswa pou yo gen kontak fizik ak dezi (pasayon) ant yo; dapre hadit Uthman (se pou Allah kontan avè l), kote Pwofèt la ﷺ te di: «Moun ki an eta sakre a pa dwe marye, ni li pa dwe marye yon lòt moun, ni li pa dwe fiyanse» [49] Rapòte pa Mouslim. [49] Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (1409).

Si yon moun ki an Ihram mete yon rad ki koud, oswa li kouvri tèt li, oswa li mete pafen paske li te bliye oswa li pa t konnen, li pa gen okenn konpansasyon pou li bay. Epi li dwe retire sa depi li sonje oswa li vin konnen. Menm jan an tou, moun ki raze tèt li, oswa ki retire yon pati nan cheve l, oswa ki koupe zong li paske li te bliye oswa li pa te konnen, pa gen anyen sou li pou sa, daprè opinyon ki pi kòrèk la.

Li entèdi pou yon Mizilman – kit li an eta sakre (ihram) ou pa, kit se gason oswa fi – pou li touye jibye ki nan teritwa sakre a, ak pou li ede nan touye l, kit se ak yon zouti, yon siy, oswa yon lòt bagay menm jan an.

Epi li entèdi pou fè li pè pou li kouri kite kote li ye a, epi li entèdi pou koupe pyebwa Haram nan ak plant vèt li yo, ak bagay pèdi yon moun jwenn ladan lli eksepte pou moun ki pral fè anons pou li; paske Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di: «Paske vil sa a — sa vle di Lamèk — se yon kote ki sakre (Haram) paske Allah fè il sakre jiska jou jijman an. Yo pa gen dwa koupe pikan ki ladan l, yo pa gen dwa fè bèt nan bwa (lachas) sove kite kote yo ye, yo pa gen dwa ranmase bagay ki pèdi ladan li sof pou moun ki vle fè konnen li jwenn li (pou li ka remèt mèt li), epi yo pa gen dwa rache zèb fre kap pouse ladan l.» Tout moun tonbe dakò sou li. [50] Rapòte pa Al-Bukhari, anba nimewo (1834), ak Muslim, anba nimewo (1353).

Mo 'Al-Munshid' la (moun kap anonse a): se moun kap fè konnen li jwenn yon bagay ki te pèdi a. 'Al-Khala': se zèb ki vèt epi ki fre a. 'Mina' ak 'Muzdalifah' fè pati zòn sakre a (Al-Haram), men kanta pou 'Arafah', li fè pati zòn ki pa sakre a (Al-Hill).

Chapit

Esplikasyon sou sa pèleren an (Haj) dwe fè lè lap antre nan vil Lamèk, ak sa li dwe fè aprè li fin antre nan Gran Moske a (Al-Masjid Al-Haram), tankou kijan poul fè 'Tawaf' la ak fason pou li reyalize l.

Lè moun ki nan 'Ihram' nan rive nan vil Lamèk, li rekòmande (Mustahabb) pou li benyen anvan li antre ladan li ; paske Pwofèt la (Pè ak Benediksyon Allah sou li)te fè sa. Lè li rive devan Gran Moske a (Al-Masjid Al-Haram), li se yon 'Sunnah' (tradisyon Pwofèt la) pou li antre ak pye dwat li an premye, epi li di: 'Bismillāh, was-salātu was-salāmu 'alā Rasūlillāh. A'ūdhu billāhil-'Azīmi, wa bi-wajhihil-Karīmi, wa sultānihil-qadīmi minash-shaytānir-rajīm. Allāhummaf-tah lī abwāba rahmatik.' (Nan non Allah benediksyon ak kè poze pou Mesaje li a. Mwen chèche pwoteksyon bò kote Allah ki Gran an, ak bò kote figi Li ki nòb la, ak otorite Li ki la depi tout tan an, kont Satan yo te chase a. O Allah ouvri pòt kòmsadwa Ou yo pou mwen). Li dwe di pawòl sa yo lè lap antre nan nenpòt lòt moske tou; paske, daprè sa mwen konnen, pa gen okenn pawòl espesyal ki sèten (Thabit) ki soti nan bouch Pwofèt la ﷺ ki fèt sèlman pou lè moun ap antre nan Gran Moske a.

Lè li rive nan Kaaba a, li sispann di 'Talbiyah' la anvan li kòmanse 'Tawaf' la, si se yon moun kap fè 'Tamattou' oswa 'Oumra' li ye. Aprèsa, li ale nan direksyon Wòch Nwa a epi li kanpe anfas li. Aprèsa, li touche li ak men dwat li epi li bo li si sa fasil pou li, e li pa dwe bouskile moun. Lè lap touche l, li di: "Bismillahi Wallahu Akbar", oswa li di: "Allahu Akbar". Men, si sa difisil pou li bo li, li dwe touche li ak men li oswa ak yon baton oswa yon bagay ki sanble ak sa, epi li bo sa li te touche li avè l la. Men, si sa difisil pou li touche li, li fè yon sin nan direksyon li, li di: "Allahu Akbar", epi li pa dwe bo sa li fè sin avè l la. Pami kondisyon pou yon 'Tawaf' valab, se pou moun kap fèl la nan yon eta pirifikasyon kont tout ti ak gwo enpirite; paske 'Tawaf' la se menm jan ak lapriyè, sèlman yo pèmèt moun pale ladan li. Li dwe mete 'Kaaba' a sou bò gòch li pandan tout 'Tawaf' la. Si nan kòmansman 'Tawaf' li a, li di: "O Allah, (mwen fè sa) avèk fwa nan Ou, avèk konviksyon nan Liv Ou a, pou mwen kenbe alyans mwen avèk Ou, epi poum swiv Sounnah Pwofèt Ou a, Mouhammad (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li)", sa se yon bon bagay; paske sa te rapòte de Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li). Li dwe fè 7 tou, epi li dwe mache rapid ('Raml') nan 3 premye tou yo nan premye 'Tawaf' la (ki se 'Tawaf' yon moun fè premye lè li rive Lamèk), kit li vini pou yon Omra, kit se pou Hadj 'Tamattou', pou Hadj 'Ifrad' (Hadj sèlman), oswa pou Hadj 'Qiran' (ki konbine Hadj ak Omra). Epi li mache nòmalman nan 4 dènye tou yo. Li kòmanse chak tou bò Wòch Nwa a epi li fini l bò kote li tou.

Epi "Al-Ramal": se lè yon moun ap mache rapid pandan lap fè ti pa kout (youn touprè lòt). Li rekòmande tou pou li fè "Idtiba" pandan tout Tawaf sa a sèlman (men li pa fè li nan lòt rityèl yo). Epi "Al-Idtiba": se lè yon moun mete mitan moso twal ki anlè a (Rida) anba zesèl dwat li, epi li voye de pwent twal la sou zepòl gòch li.

Epi, si yon moun gen dout sou kantite wonn (Ashwat) li fin fè, se pou li bati (desizyon lli) sou sa li sèten an, ki vle di chif ki pi piti a. Pa egzanp: si li gen dout èske li fè twa (3) wonn oswa kat (4) wonn, se pou li konsidere li fè 3 wonn sèlman. Se menm jan an tou li dwe aji lèl ap fè "Sa'y" la (mache ant Safa ak Marwa).

Aprè li fin fè Tawaf sa a, li mete rad li sou 2 zepòl li, ak 2 bout li yo sou lestonmak li, anvan li fè de Raka Tawaf la.

Pami bagay nou dwe denonse epi avèti medam yo kont sa, se fè "Tawaf" ak dekorasyon (bijou/makiyaj), mete pafen ki santi bon, epi manke kouvri kò yo kòmsadwa pandan yo se "Awrah" (pati ki dwe rete kache). Li obligatwa pou yo kouvri kò yo nèt, epi pou yo pa mete dekorasyon ni pandan "Tawaf", ni nan lòt sitiyasyon kote fanm ap melanje ak gason; paske yo se "Awrah" epi yo ka lakòz tantasyon (Fitnah). Epi, figi yon fanm se pati ki pi vizib nan bèlte li, donk li pa gen dwa montre li sof bay moun ki fanmi li (Mahram); daprè sa ki anwo nan syèl la di: «...epi pou yo pa montre bèlte yo (dekorasyon yo) sof bay mari yo...» [An-Nour: 31] Medam yo pa gen dwa dekouvri figi yo lè yap bo Wòch Nwa a si gen gason ki ka wè yo. Epi si yo pa jwenn espas pou yo manyen Wòch la epi bo li, yo pa gen dwa pou yo ap pouse kò ak gason yo. Okontrè, yo dwe fè Tawaf la dèyè yo, e sa pi bon pou yo e yap gen pi gwo rekonpans pase si yo ta fè Tawaf la prè Kaaba a pandan yap pouse kò ak gason yo. 'Raml' (mache rapid) ak 'Idtiba'' (dekouvri zèpòl dwat la) pa nan lalwa relijyon an nan lòt Tawaf ki pa sa a, ni nan 'Sa'i' (mache ale-vini ant mòn Safa ak Marwa), ni pou medam yo; paske Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) pa te fè 'Raml' ak 'Idtiba'' eksepte nan premye Tawaf li a, sa li te fè lè li te rive nan vil Meka a. Epi pandan lap fè Tawaf la, moun nan dwe pirifye kont tout kalite salte, li dwe soumèt devan Mèt li a epi gen imilite devan Li.

Epi, li rekòmande (Mustahabb) pou li fè anpil "Zikr" (sonje Allah) ak anpil "Douaa" (lapriyè/siplikasyon) pandan lap fè "Tawaf" la. Sil li kèk pati nan Koran an tou, sa bon anpil. Men, pa gen okenn "Zikr" espesyal ni okenn "Douaa" espesyal ki obligatwa nan "Tawaf" sa a, ni nan lòt "Tawaf" yo, ni nan "Sa'y" la (mache ant Safa ak Marwa).

Kanta pou sa kèk moun inove, ki se espesifye chak tou nan 'Tawaf' la oswa chak ale-vini nan 'Sa'i' a ak kèk pawòl espesifik (Adhkar) oswa siplikasyon espesifik, sa pa gen okenn fondman. Okontrè, kèlkeswa rapèl Allah (Dhikr) oswa siplikasyon ki fasil pou yon moun fè, sa sifi. Lè li rive nan nivo 'Rukn al-Yamani' (Kwen Yemenit la), li touche li ak men dwat li, epi li di: 'Nan non Allah, e Allahu Akbar', men li pa bo li. Si li difisil pou li poul touche li,li kite li epi li kontinye 'Tawaf' li a. Li pa dwe fè siy sou li, epi li pa dwe di 'Allahu Akbar' lè li rive nan nivo li; paske sa pa sèten li soti nan Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li), daprè sa nou konnen. Epi, li rekòmande pou li di ant 'Rukn al-Yamani' (Kwen Yemenit la) ak 'Hajar al-Aswad' (Wòch Nwa a): 201: ...Mèt nou, ban nou sa ki bon nan lavi nap mennen sou tè sa a, ban nou sa ki bon tou nan lavi kap vini an (Lòt bò a), epi pwoteje nou kont pinisyon dife a (Lanfè). [Sourat Al-Baqarah vèsè 201]. Chak fwa li rive nan nivo Wòch Nwa a, li dwe touche li epi bo li, epi li di: "Allāhu Akbar" (Allah pi Gran an). Si li pa fasil pou li touche li epi bo li, lap annik lonje menl nan direksyon li(fè yon siy) chak fwa li rive nan nivol la, epi li di "Allāhu Akbar".

Pa gen okenn pwoblèm pou yon moun fè Tawaf la dèyè Zamzam ak Makam nan, sitou lè gen anpil moun. Tout Moske a se yon kote pou fè Tawaf, e menm si li ta fè li nan galeri Moske a, sa ap valab pou li. Men, fè Tawaf la prè Kaaba a pi bon, si sa fasil pou li.

Lè li fin fè 'Tawaf' la, li priye 2 'Raka' dèyè 'Makam' nan si sa fasil pou li. Men, si sa pa fasil pou li poutèt foul moun ak lòt bagay ki sanble, li priye yo nan nenpòt ki kote nan moske a. Epi li rekòmande poul li ladan yo aprè Al-Fatiha. 1: «Di: O nou menm ki pa kwayan yo (moun ki voye verite a jete)!» [Al-Kafirun: 1] nan premye 'Raka' a 1: Di: Li menm ki Allah senyè toupwisan an, Li se Youn sèl (Li inik). [Al-Ikhlas: 1] Nan dezyèm Raka a, se sa ki pi bon. Epi si li li yon lòt bagay, pa gen pwoblèm nan sa. Aprè sa, li ale nan direksyon Pyè Nwa a epi li touche li ak men dwat li si sa fasil pou li; pou li kapab swiv egzanp Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) nan sa.

Aprèsa, li soti nan pòt ki mennen nan Safa a, epi li monte sou li oswa li kanpe bò kotel. Li pi bon pou li monte sou Safa si sa fasil pou li, epi lè lap kòmanse premye chawt la, li li pawòl Allah ki anwo nèt la: «Anverite, mòn Safa ak mòn Marwa fè pati siy (senbòl) relijyon Allah a...» [Baqarah: 158].

Epi, li rekòmande (Mustahabb) pou li fè fas ak "Qibla" a (Kaaba a) lè li sou mòn Safa, pou li fè louwanj pou Allah (Alhamdulillah) epi di Allah se pi Gran an (Allahu Akbar). Aprèsa, li di: "Pa gen lòt bondye ki merite adorasyon sof Allah, Li sèl, Li pa gen asosye. Se pou Li tout pouvwa a ye, se pou Li tout louwanj yo ye; Li bay lavi epi Li bay lanmò, epi Li gen pouvwa sou tout bagay. Pa gen lòt bondye sof Allah, Li sèl; Li te reyalize pwomès Li, Li te bay sèvitèl la viktwa, epi Li te kraze tout lame alye yo (ki te kont Li), Li menm sèl. Apre sa, li fè priyè (doua) ak sa ki fasil pou li, pandan lap leve 2 men li, epi li repete pawòl rapèl sa a ak priyè sa a 3 fwa. Aprèsa, li desann epi li mache nan direksyon Marwa jiskaske li rive bò premye siy lan; lè sa a, gason an dwe mache pi rapid jiskaske li rive bò dezyèm siy lan. Men pou fanm nan, li pa preskri pou li mache rapid ant 2 siy yo; paske li se yon 'awrah' (kò li dwe rete kouvri). Okontrè, sa ki preskri pou li se mache nòmalman pandan tout 'Sa'i' a (mach ant Safa ak Marwa). Aprèsa, li kontinye mache jiskaske li monte sou Marwa oswa li kanpe bò kote li, Epi, li pi bon pou li monte sou li si sa fasil pou li; epi li di e li fè sou Marwa menm jan li te di e li te fè sou Safa, esepte pou lekti vèsè a, ki se pawòl Allah Toupisan an: Anverite, mòn Safa ak mòn Marwa fè pati siy (senbòl) relijyon Allah a [Al-Baqarah: 158], Sa a se yon pratik ki fèt sèlman lè yon moun ap monte Safa nan premye 'Chawt' la; pou swiv egzanp Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li). Aprèsa, li desann epi li mache nan kote ki fèt pou mache a, epi li kouri prese nan kote ki fèt pou kouri prese a, jiskaske li rive Safa. Li fè sa sèt fwa; ale a se yon 'Chawt', epi retou a se yon lòt 'Chawt'; paske Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te fè sa ki mansyone a, epi li te di: «Pran nan men m (aprann nan men m) fason pou nou fè rityèl pèlerenaj nou yo.» [51] Li rekòmande pou yon moun miltipliye 'Dhikr' ak 'Dua' pandan lap fè 'Sa'i' a ak sa ki fasil pou li, epi fòk li pirifye anba gwo ak ti enpirte ritirèl la. Men, si li fè 'Sa'i' a san li pa gen pite, sa valid pou li. Se menm jan an tou, si yon fi gen règ li oswa san aprè akouchman aprè li fin fè 'Tawaf' la, li fè 'Sa'i' a e sa valid pou li; paske pite se pa yon kondisyon nan 'Sa'i' a, men pito se yon bagay ki rekòmande, jan sa te mansyone anvan. [51] Referans li te deja site.

Lè li fin konplete 'Sa'i' a, li dwe raze tèt li oswa koupe cheve li tou kout, e se raze tèt la ki pi bon pou gason. Men, si li koupe cheve li epi li kite raze tèt la pou Hajj la, se yon bon bagay. Epi si li rive Lamèk touprè lè Hajj la, sa ki pi bon pou li se koupe cheve li tou kout, pou li ka raze rès tèt li pandan Hajj la; paske lè Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) ak konpanyon li yo te rive Lamèk nan katriyèm jou mwa Dou al-Hijja a, li te bay moun ki pa te mennen bèt pou sakrifye yo lòd pou yo soti nan eta sakre yo a epi pou yo koupe cheve yo, e li pat ba yo lòd pou yo raze tèt yo. Lè yon moun ap koupe cheve a, fòk sa fèt sou tout tèt la nèt; li pa sifi pou li koupe yon pati sèlman, menm jan tou, li pa sifi pou li raze yon pati sèlman. Kanta pou fanm nan, se sèlman koupe cheve a ki lejifere pou li. Sa ki preskri pou li a, se pou li pran nan chak très cheve li yon kantite ki egal ak pwent yon dwèt oswa mwens. E pwent dwèt la se bout dwèt la. Epi fanm nan pa dwe pran plis pase sa.

Lè moun ki nan eta sakre a fin fè sa ki mansyone a, Oumra li a konplete e tout sa ki te entèdi pou li vin pèmèt. Men, sil te mennen yon bèt pou li sakrifye soti andeyò zòn sakre a, li dwe rete nan eta sakrel la jiskaske li fin libere anba Pelerinaj la ak Oumra a nèt.

Kanta pou sila a ki mete 'Ihram' li pou Hajj la sèlman, oswa pou Hajj la ak Omra a ansanm, se yon 'Sounnah' pou li pou l chanje 'Ihram' li an pou yon Omra, epi pou li fè sa yon 'Moutamatti'' fè, esepte si li te mennen bèt pou sakrifye a avè l; paske Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te bay konpayon li yo lòd pou yo fè sa, epi li te di: «Sim pa te vini ak bèt ofrann nan, mwen tap retire sakralizasyon an avèk nou» [52]. [52] Rapòte pa Al-Boukhari, nimewo (1568).

Si yon fanm gen règ li oswa li gen san aprè akouchman aprè li fin mete entansyon pou li fè Omra a, li pa dwe fè Tawaf bò Kaaba a ni li pa dwe fè Sa'i ant Safa ak Marwa jiskaske li vin pwòp. Lè li vin pwòp, lap fè Tawaf la, lap fè Sa'i a epi lap koupe nan cheve li,Konsa, Omra li a ap konplè. Si li pa ta vin pwòp anvan jou Tarwiyah, li dwe mete entansyon pou li fè Hadj la depi kote li ye a, epi li dwe soti ak rès moun yo pou ale Mina. Konsa, li vin ap fè Hadj ak Omra ansanm, yon tip pelerinaj yo rele 'Qiran'. Li dwe fè tout sa peleren yo fè, tankou: kanpe sou montay Arafat, kanpe bò Al-Mash'ar, jete ti wòch yo, pase nuit nan Mouzdalifah ak Mina, sakrifye bèt la, ak koupe cheve a. Lè li vin pwòp, lap fè yon sèl Tawaf bò Kaaba a ak yon sèl Sa'i ant Safa ak Marwa, e sa ap sifi pou Hadj li a ak Omra li a, tou le 2 ansanm. Sa baze sou adit Aïcha ki te gen règ li aprè li te fin mete entansyon pou li fè Omra, epi Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon allah kouvri li) te di li: «Fè sa yon pèleren fè, sof ke ou pap fè tawaf otou Kay la jiskaske ou pirifye» [53] Tout moun tonbe dakò sou li. [53] Rapòte pa Al-Bukhari, nimewo (305), ak Muslim, nimewo (1211).

Si yon fanm ki gen règ li oswa yon fanm ki fenk akouche rive voye kout wòch nan gwo poto a (Jamratul-'Aqabah) nan jou fèt la (Yawm an-Nahr) epi li koupe yon pati nan cheve li, li gen dwa soti nan premye etap "Ihram" la; tout sa ki te entèdi pou li vin pèmèt ankò, tankou mete pafen ak lòt bagay konsa. Sèl bagay ki rete entèdi pou li se relasyon ak mari li, jiskaske li fin fè rès pèlerenaj li a menm jan ak tout lòt fanm ki pwòp yo. Konsa, se lè li fin fè "Tawaf" ak "Sa'y" la apre li fin vin pwòp, se lè sa a relasyon ak mari l ap vin pèmèt pou li.

Chapit

Konsènan lwa sou mete eta sakre (Ihram) pou 'Hajj' nan wityèm jou mwa Dhu al-Hijjah la, ak deplase ale nan zòn Mina.

Lè jou 'Tarwiyah' a rive, ki se wityèm jou nan mwa 'Dhul-Hijjah' la, li rekòmande pou moun ki te soti nan eta sakralizasyon yo (Ihram) nan Lamèk, ak pou moun Lamèk ki vle fè pelerinaj la, pou yo antre nan eta Ihram pou Hadj la depi kote yo rete a; paske konpayon Pwofèt la (ke lapriyè ak lapè Allah sou li) te rete nan zòn 'Al-Abtah' epi se la menm yo te antre nan eta Ihram pou Hadj la nan jou 'Tarwiyah' a, sou lòd Pwofèt la (ke lapriyè ak lapè Allah sou li). Pwofèt la (ke lapriyè ak lapè Allah sou li) pa te ba yo lòd pou yal bò Kay la pou yo antre nan eta Ihram la, ni bò goutyè a (Al-Mizab). Menm jan an tou, li pa te ba yo lòd pou yo fè 'Tawaf Al-Wada' (tawaf orevwa a) lè yo tap soti pou yall Mina. Si sa te yon zak ki te preskri nan relijyon an, li tap anseye yo li. Epi tout byen an nèt chita nan swiv Pwofèt la (ke lapriyè ak lapè Allah sou li) ak konpayon li yo, ke Allah kontan ak yo.

Li rekòmande pou li benyen, netwaye kò li, epi mete pafen lè li ap antre nan eta sakre (Ihram) pou Hadj (gwo pelerinaj), menm jan li fè sa lè li ap antre nan eta sakre (Ihram) depi nan Miqat la. Aprè yo fin mete yo nan eta sakre ('Ihram') pou Hajj la, Sounnah a se pou yo ale nan Mina jou 'Tarwiyah' a, anvan 'Zawal' oswa aprè li. Epi se pou yo miltipliye 'Talbiyah' la jiskaske yo fin lapide 'Jamrat al-Aqabah' la. Nan Mina, yo dwe priye Dhuhr, Asr, Maghrib, Isha, ak Fajr. Sounnah a se pou yo fè chak lapriyè nan lè pa li, pandan yap rakousi yo san yo pa kole yo ansanm, esepte pou lapriyè Maghrib ak Fajr, paske yo menm yo pa rakousi.

Pa gen okenn diferans ant moun Lamèk ak lòt moun yo; paske Pwofèt la, ke lapriyè ak lapè Allah sou li, te dirije moun Lamèk yo ak lòt yo nan lapriyè nan Mina, Arafat ak Mouzdalifa, kote li te kousi priyè a. Epi li pa tevbay moun Lamèk yo lòd pou yo te fè li nèt. Paske si sa te obligatwa pou yo, li t ap fè yo konnen sa.

Aprèsa, lè solèy la fin leve nan jou Arafat la, pèleren yo pran direksyon soti Mina pou yo ale Arafat. Li rekòmande pou yo rete Namirah jouk lè Zawal la, si sa posib; paske se sa Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te konn fè.

Lè solèy la fin pase mitan syèl la (pou l kòmanse desann), li se yon "Sunnah" pou lidè a (Imam) oswa moun k ap ranplase l la fè yon diskou (Khutbah) pou pèp la ki adapte ak sitiyasyon an. Nan diskou sa a, l ap esplike sa ki pèmèt pou pèleren yo fè nan jou sa a ak nan jou k ap vini yo; l ap mande yo pou yo gen krentif pou Allah (Taqwa), pou yo adore Allah sèl (Tawhid) epi pou yo sensè nan tout aksyon yap poze. Lap avèti yo tou kont sa Allah entèdi, epi lap konseye yo pou yo rete kole ak Liv Allah a (Koran an) ansanm ak tradisyon Pwofèt Li a ﷺ (Sunnah), pou yo sèvi ak yo kòm lwa epi pou yo jije daprè yo nan tout bagay; sa se pou nou swiv egzanp Pwofèt la ﷺ nan tout pwen sa yo. Apre diskou a, yap fè priyè "Dhuhr" ak "Asr" ansanm (Jam'an) epi yap redui yo (Qasran - 2 Rakaat chak) nan lè premye priyè a, avèk yon sèl Adan (apèl) ak de Iqamah; paske se konsa Pwofèt la ﷺ te fè li.Se Muslim ki rapòte sa nan hadit Jabir la (se pou Allah kontan avè l).

Aprèsa, moun yo kanpe nan 'Arafat'; yo ka kanpe tout kote nan zòn sa a, eksepte nan fon 'Uranah'. Li rekòmande pou li vire fas li bò 'Kibla' a ak Mòn Rahmah, si sa fasil pou li. Men, si sa pa fasil pou li vire fas li bò yo toule de, li dwe vire fas li bò 'Kibla' a menm si li pa kapab vire bò mòn nan. Epi li rekòmande pou pèleren an, nan moman kanpe sa a, fè gwo efò nan sonje Allah, fè priyè (Dua) pou li epi sipliye li avèk imilite. Epi li leve 2 men li pandan lap fè priyè (Dua) a. Epi si li di 'Talbiyah' la oswa li li yon pati nan Koran an, sa se yon bon bagay. Epi li rekòmande (Sounah) pou li di pawòl sa yo anpil fwa: "La ilaha illallahu wahdahu la sharika lah, lahul-mulku wa lahul-hamd, yuhyi wa yumit, wa huwa 'ala kulli shay'in qadir"; paske li rapòte ke Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di: "Pi bon envokasyon an se envokasyon jou Arafat la, epi pi bon sa mwen menm ak pwofèt ki te anvan mwen yo te di se: Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, Li sèl, Li pa gen asosye. Se pou Li tout pouvwa a ye, se pou Li tout lwanj yo ye, Li bay lavi epi Li bay lanmò, epi Li gen pouvwa sou tout bagay." [54] Epi sa sèten bò kote Mesaje Allah, li te di: «Pawòl Allah pi renmen yo se 4 : Glwa pou Allah, Lwanj pou Allah, Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, epi Allah pi gran» [55]. [54] Rapòte pa At-Tirmidhi, nimewo (3585). [55] Mouslim rapòte l, nimewo (2137).

Konsa, li rekòmande pou nou repete souvni sa a anpil fwa, avèk imilite ak yon kè ki prezan. Epi li rekòmande tou pou nou miltipliye souvni ak priyè (Dua) ki nan lalwa yo nan tout tan, sitou nan moman sa a, nan gwo jou sa a. Epi fòk nou chwazi souvni ak priyè ki pi konplè yo. Pami yo, nou jwenn:

Glwa pou Allah ansanm ak lwanj pou Li, Glwa pou Allah ki Gran an. ...Pa gen lòt bondye (ki merite adorasyon) sof Ou menm. Glwa pou Ou! Anverite, mwen te fè pati moun ki fè lenjistis (moun ki antò yo).» [87] [Al-Anbiya: 87].

Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, epi nou pa adore pèsonn lòt pase Li. Se nan Li tout benediksyon soti, se pou Li tout favè yo ye, epi se pou Li tout bèl lwanj yo ye. Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah; nou ba Li tout devosyon nou ak tout senserite nou nan relijyon an, menm si sa pa fè moun ki pa kwè yo plezi.

* Pa gen okenn mwayen ni okenn fòs si se pa avèk pèmisyon Allah [56]. Mouslim rapòte li, daprè Ibn Al-Zoubayr, ke Allah satisfè de li, anba nimewo (594).

«...Mèt nou, ban nou sa ki bon nan lavi nap mennen sou tè sa a, ban nou sa ki bon tou nan lavi kap vini an aprè Lanmò a, epi pwoteje nou kont pinisyon dife a (Lanfè).» [201] [Al-Baqarah: 201].

«O Allah! Ranje relijyon mwen an pou mwen, paske se li ki pwoteksyon pou tout zafè m. Ranje lavim sou tè sa a pou mwen, paske se ladanl map viv. Ranje lòt lavi m nan (lavi aprè lanmò a) pou mwen, paske se la map retounen. Fè lavi sa a sèvi kòm yon okazyon poum ogmante nan tout sa ki byen, epi fè lanmò sèvi kòm yon repo pou mwen kont tout sa ki mal.» [57] [57] Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (2720).

Mwen chache pwoteksyon nan men Allah kont gwo kalamite, kont malè ak lamizè, kont move dekrè, epi kont rejwisans ènmi yo [58]. [58] Rapòte pa Al-Bukhari, daprè Abou Hourayra, ke Allah satisfè de li, nimewo (6347).

O Allah! Mwen mande Ou pwoteksyon kont enkyetid ak tristès, kont enkapasite ak laparès, kont lachte ak avaris, kont peche ak dèt, epi kont dèt ki akablan ak opresyon lèzòm [59]. [59] Rapòte pa Abou Dawoud avèk fòmilasyon sa a, daprè Abou Umamah al-Ansari, san pawòl li a (ومن المأثم والمغرم), nimewo (1554).

«O Allah! Mwen mande Ou pwoteksyon kont maladi tach blan sou po (Al-Baras), kont foli (pèdi tèt), kont maladi lèp (ki manje po), epi kont tout lòt maladi ki grav anpil (ki kase kò moun).» [60] [60] Rapòte pa Abou Dawoud daprè Anas (ke Allah satisfè avè l), nimewo (1554).

O Allah! Mwen mande Ou padon ak lasante nan mond sa a ak nan lòt lavi a.

O Allah! Mwen mande Ou padon ak byennèt nan relijyon mwen, nan lavi mwen sou latè, nan fanmi mwen, ak nan byen mwen.

«O Allah! Kouvri feblès mwen yo (pati ki dwe rete kache yo), epi ban mwen sekirite kont tout sak fèm pè. O Allah! Pwotejem devan mwen, dèyè mwen, sou bò dwat mwen, sou bò gòch mwen, epi anlèm. Epi, mwen mande pwoteksyon nan grandè Ou pou yo pa detwim (pa fè m disparèt) anba pye m.» [61]. [61] Rapòte pa Abou Dawoud daprè Ibn Umar, ke Allah satisfè de li, nimewo (5074).

«O Allah! Padonem pou sam fè seryezman ak sam fè poum jwe (nan blag), pou sam fè pa erè ak sam fè esprè ; epi mwen rekonèt mwen fè tout bagay sa yo nèt. O Allah! Padonem pou pechem te fè nan tan pase ak sa map fè pi devan, sam te fè an kachèt ak sam te fè aklè, epi pou sa Ou menm Ou konnen sou mwen pasem konnen sou tèt mwen. Se Ou menm ki mete moun devan, se Ou menm ki mete moun dèyè, epi Ou gen pouvwa sou tout bagay.» [62] [62] Yon pati nan yon adit rapòte pa Mouslim daprè Abou Mousa Al-Ach'ari, ke Allah satisfè de li, anba nimewo (2719).

«O Allah! Mwen mande Ou poum rete fèm nan zafè (relijyon m), epi poum gen detèminasyon poum rete nan bon chemen an. Mwen mande Ou poum ka remèsye Ou pou tout favè Ou fèm, epi poum adore Ou byen jan sa dwe fèt. Mwen mande Ou yon kè ki sen (ki pwòp), ak yon lang ki di laverite. Mwen mande Ou nan tout sa ki bon Ou konnen ki genyen, mwen mande Ou pwoteksyon kont tout sa ki mal Ou konnen ki genyen, epi mwen mande Ou padon pou sa Ou konnen (mwen fè ki pa bon). Anverite, se Ou menm ki konnen tout sa ki kache nèt.» [63] [63] Rapòte pa At-Tirmidhi, daprè Chaddād ibn Aws, ke Allah satisfè de li, nimewo (3407).

O Allah, Seyè Pwofèt Muhammad la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li), padone pechem, retire kòlè nan kè mm, epi pwoteje mm kont tantasyon ki ka mennen moun sou move chemen yo pandan tout tan ou kite nou viv [64]. [64] Rapòte pa Ahmad, dapre adit Oum Salama (ke Allah satisfè de li), (6/301).

O Allah, Senyè syèl yo, Senyè tè a, ak Senyè Gwo Twòn nan, Senyè nou e Senyè tout bagay, Ou menm ki fann grenn nan ak nwayo a, Ou menm ki te desann Tora a, Levanjil la, ak Forqan an (Koran an), mwen mande Ou pwoteksyon kont mal tout bagay Ou gen kontwòl total sou yo. O Allah, Ou se Premye a, pa gen anyen ki te la anvan Ou; epi Ou se Dènye a, pa gen anyen kap la aprè Ou; epi Ou se Sila a ki anlè nèt la, pa gen anyen ki pi wo pase Ou; epi Ou se Sila a ki Kache a, pa gen anyen ki pi prè pase Ou. Peye dèt nou yo epi delivre nou anba povrete [65]. [65] Rapòte pa Mouslim daprè Abou Hourayra, ke Allah satisfè de li, anba nimewo (2713).

* O Allah! Bay nanm mwen krentif li pou ou, epi pirifye li, Ou se pi bon Sila a ki ka pirifyel, Ou se Pwotektè li ak Mèt li. O Allah! Mwen mande Ou pwoteksyon kont enkapasite ak parès, epi mwen mande Ou pwoteksyon kont lachte, gwo vyeyès, ak avaris, epi mwen mande Ou pwoteksyon kont pinisyon nan tonbo a[66]. [66] Mouslim rapòte li soti nan adit Zayd ibn Arqam, ke Allah satisfè de li, nimewo (2722).

O Allah, se pou ou mwen soumèt tèt mwen, se nan ou mwen kwè, se sou ou mwen mete tout konfyans mwen, se vè Ou mwen tounen nan repantans, epi se pou koz Ou mwen kanpe fèm. Mwen chèche refij nan Grandè Ou pou Ou pa kite m pèdi. Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Ou menm. Ou se Sila a ki toujou vivan ki pa janm mouri, tandiske djin yo ak lèzòm yo, yo tout ap mouri [67]. [67] Rapòte pa Mouslim, daprè hadith Ibn Abbas, ke Allah satisfè de yo tou 2 anba nimewo (2717).

(O Allah! Mwen mande Ou pwoteksyon kont yon konesans ki pa pote benefis, kont yon kè ki pa gen imilite, kont yon nanm ki pa janm satisfè, epi kont yon demann ki pa jwenn repons) [68]. [68] Sa a se yon pati nan adit Zayd ibn Arqam, ke Allah satisfè avè l', referans li te site deja anba nimewo (2722).

O Allah! Eloye mwen de move karaktè yo, move aksyon yo, move dezi yo, ak move maladi yo [69]. [69] Rapòte pa at-Tirmidhi, daprè Ziyad ibn 'Alaqah, daprè tonton li, nimewo (3591).

O Allah! Enspire mwen poum konn sa ki dwat, epi pwotejem kont mal pwòp nanm mwen [70]. [70] Rapòte pa at-Tirmidhi nan adit 'Imran ibn Husayn, ke Allah satisfè avè l, nimewo (3483).

O Allah, fèm kontantem ak sa ki lisit ou a pou mwen pa bezwen sa ki ilegal ou a, epi, ak favèw, fèm pa depann de pèsonn sof Ou menm[71]. [71] Rapòte pa at-Tirmidhi, daprè hadith Ali (ke Allah satisfè avè l), nimewo (3563).

(O Allah! Mwen mande Ou gidans, lakrentif pou Ou, vèti, ak kontantman) [72]. [72] Mouslim rapòtel daprè adit Abdallah ibn Mas'oud, ke Allah satisfè de li, anba nimewo (2721).

O Allah! Mwen mande Ou gidans (poum mache nan bon chemen an) ak jistès (poum toujou tonbe sou sa ki dwat nan pawòl mwen ak nan aksyon m).» [73] [73] Rapòte pa Mouslim, dapre adit Ali, ke Allah kontan avè l, anba nimewo (2725).

O Allah! Mwen mande Ou tout kalite byenfè, sa ki pou kounye a ak sa ki pou pita, sa mwen konnen ladan yo ak sa mwen pa konnen, epi mwen mande Ou pwoteksyon kont tout mal, sa ki pou kounye a ak sa ki pou pita, sa mwen konnen ladan yo ak sa mwen pa konnen, epi mwen mande Ou pi bon nan sa sèvitè Ou ak pwofèt Ou a, Mouhammad ﷺ, te mande Ou, epi mwen mande Ou pwoteksyon kont mal sèvitè Ou ak pwofèt Ou a, Mouhammad ﷺ, te mande Ou pwoteksyon kont li, O Allah! Mwen mande Ou Paradi ak tout pawòl oswa aksyon ki ka mennen m pi pre li, epi mwen mande Ou pwoteksyon kont dife Lanfè ak tout pawòl oswa aksyon ki ka mennen m pi pre li, epi mwen mande Ou pou fè chak desizyon Ou pran pou mwen tounen yon byenfè. [74]. [74] Rapòte pa Ibn Mājah, dapre Aicha, ke Allah satisfè de li, nimewo (3846).

Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, Li sèl, Li pa gen asosye. Se pou Li tout pouvwa a ye, se pou Li tout lwanj yo ye. Se Li ki bay lavi e ki bay lanmò, tout byen se nan men li sa ye, epi li gen pouvwa sou tout bagay. Glwa pou Allah, epi lwanj pou Allah, epi pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, epi Allah pi gran, epi pa gen okenn mwayen ni okenn fòs si se pa avèk pèmisyon Allah, Sila a ki anwo nèt la, Sila a ki gran anpil la. [75] Rapòte pa Al-Bukhari, daprè hadith Oubada bin As-Swamit, ke Allah satisfè avèk li, nimewo (1154).

* O Allah, voye elòj ou sou Mouhammad, e sou fanmi Mouhammad, menm jan ou te voye elòj ou sou Ibrahim, e sou fanmi Ibrahim; an verite, Ou diy de louwanj, Ou gloriye. Epi beni Mouhammad, e sou fanmi Mouhammad, menm jan ou te beni Ibrahim, e sou fanmi Ibrahim; an verite, Ou diy de louwanj, Ou gloriye [76]. [76] Rapòte pa Al-Boukhari daprè adit Ka'b ibn 'Ujrah, ke Allah satisfè de li, anba nimewo (3370).

«...Mèt nou, ban nou sa ki bon nan lavi nap mennen sou tè sa a, ban nou sa ki bon tou nan lavi kap vini an (Lòt bò a), epi pwoteje nou kont pinisyon dife a (Lanfè).» [201] [Al-Baqarah: 201].

Li rekòmande nan gran moman sa a pou pèleren an repete evokasyon yo ak priyè yo ki te mansyone anvan, ansanm ak tout sa ki nan menm sans lan tankou evokasyon, priyè, ak lapriyè sou Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li). Li dwe ensiste nan priyè li, epi mande Mèt li bon bagay ki gen nan lavi sa a ak nan lavi kap vini an. Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te konn repete priyè li yo 3 fwa, kidonk, li bon pou nou swiv egzanp li nan sa.

Nan pozisyon sa a, Mizilman an kanpe devan Senyè li a (Lwanj pou Li) avèk imilite, soumisyon, ak yon kè ki depann nèt de li, lap espere jwenn kè sansib li ak padon li, epi li pè chatiman li ak kòlè li. Li fè bilan sou tèt li epi li renouvle yon repantans ki sensè; paske se yon jou ki gran e se yon gwo rasanbleman, kote Allah vide jenerozite li sou sèvitè li yo, li fè lwanj pou yo devan zanj li yo, epi Li libere anpil moun anba dife a. Pa janm gen yon jou yo wè Satan pi bat, pi piti, e pi imilye pase jou Arafah la, sof sa yo te wè nan jou Badr la; e sa se poutèt sa li wè nan jenerozite Allah sou sèvitè li yo, nan bonte li anvè yo, ak kantite moun Li delivre anba dife a epi ak tout padon li bay.

Epi nan Sahih Muslim, soti bò kote Aisha (ke Allah satisfè avèk li), ke Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Pa gen okenn jou kote Allah libere plis sèvitè anba Dife a pase jou Arafat la. Li pwoche pi prè,Li fè lwanj pou yo devan zanj yo, epi Li di: Kisa moun sa yo vle?» [77]. [77] Rapòte pa Mouslim, dapre adit Aicha, ke Allah satisfè de li, anba nimewo (1348).

Kidonk, Mizilman yo dwe montre Allah sa ki pi bon nan yo menm, pou yo imilye Chaytan, ennmi yo a, epi pou yo fèl tris lè yo miltipliye lwanj pou Allah (Dhikr) ak priyè (Dua), epi lè yo rete atache ak repantans ak mande padon pou tout peche ak fot yo. Epi pèleren yo rete nan plas sa a okipe ap fè lwanj pou Allah (Dhikr), priyè (Dua) ak siplikasyon avèk imilite jiskaske solèy la kouche. Lè li fin kouche, yo ale nan Mouzdalifa avèk kalm ak diyite, epi yo miltipliye Talbiyah a, epi yo mache vit kote ki gen espas; paske se sa Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te fè. Epi li pa pèmèt pou yo ale anvan solèy la kouche; paske Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te kanpe jiskaske solèy la te kouche, epi li te di: «Pran nan menm (aprann nan menm) fason pou nou fè rityèl pèlerenaj nou yo.» [78] [78] Referans li te site anvan.

Lè yo rive nan Mouzdalifa, yo priye Maghrib la 3 raka ak Isha 2 raka gwoupe ansanm, ak yon sèl Adhan epi 2 Iqamah, kou yo rive a; paske se sa Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te fè. Kit yo rive nan Mouzdalifa nan lè Maghrib la, oswa aprèlè Isha a fin antre.

Sa kèk moun nan pèp la konn fè, kote yo ranmase ti wòch pou Jamarât yo depi lè yo rive Mouzdalifa anvan yo priye, epi yo kwè ke sa se yon bagay ki nan relijyon an, se yon erè ki pa gen okenn fondman. Pwofèt la (ke lapriyè ak lapè Allah sou li) pa te janm bay lòd pou yo ranmase ti wòch pou li eksepte aprè li te fin kite Al-Mach'ar poul ale Mina. Kèlkeswa kote moun nan ranmase ti wòch yo, sa valab. Epi se pa yon obligasyon pou ranmase yo nan Mouzdalifa, okontrè, li pèmèt pou ranmase yo nan Mina. Sounnah a se pou ranmase sèt (7) ti wòch nan jou sa a pou voye yo sou Jamrat al-'Aqaba; pou suiv egzanp Pwofèt la (ke lapriyè ak lapè Allah sou li). Kanta pou 3 jou yo, moun nan ap ranmase 21 ti wòch chak jou nan Mina pou voye yo sou 3 Jamarât yo.

Li pa rekòmande pou lave ti wòch yo, pito yo voye yo san lave; paske sa pa rapòte de Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouri li) ak konpayon li yo. Epi, yo pa dwe voye yon ti wòch yo te deja voye.

Pèleren an dwe pase nuit sa a nan Mouzdalifa, epi li pèmèt pou moun ki fèb yo tankou medam yo, timoun yo ak lòt moun ki menm jan ak yo, pou yo ale nan Mina nan fen nuit lan; daprè adit Aicha, Oum Salama ak lòt moun ankò. Kanta pou lòt pèlren yo, li enpòtan anpil pou yo rete la jiskaske yo fin fè priyè douvanjou a (Fajr). Aprèsa, se pou yo kanpe bò kote Al-Mash'ar al-Haram nan, vire fas yo bò kote Kibla a, epi pou yo ogmante evokasyon non Allah, di 'Allahu Akbar' ak priyè (doua), jiskaske li fè granjou nèt. Li rekòmande pou yo leve men yo isit la pandan yap fè Doua a, epi kèlkeswa kote yo kanpe nan Mouzdalifa, sa sifi pou yo. Li pa obligatwa pou yo pwoche bò Al-Mach'ar la, ni pou yo monte sou li; paske Pwofèt la(ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li)te di: «Mwen te kanpe isit la — sa vle di bò kote yo rele "Al-Mash'ar al-Haram" nan — men tout zòn "Jam'" lan (Muzdalifah) nèt se yon kote pou moun kanpe (pou yo fè rityèl la).» [79] Mouslim rapòte l nan Sahih li a, e Jam’ se Mouzdelifa. «Se Muslim ki rapòte sa nan liv "Sahih" li a; epi "Jam'" (ki vle di rasanbleman an), se zòn Mouzdalifa (Muzdalifah).»

Lè douvanjou a fin klere anpil, yo pati pou Mina anvan solèy la leve pandan yap fè anpil 'Talbiyah' sou wout yo, epi lè yo rive Mouhassir, sa ki pi bon an se pou yo prese yon ti kras.

Lè yo rive Mina, yo sispann di 'Talbiyah' a lè yo rive bò kote 'Jamrat al-Aqaba' a. Aprè sa, kou yo rive a, yo lage sèt ti wòch sou li, youn dèyè lòt. Moun nan dwe leve men li chak fwa li lage yon ti wòch, epi li di 'Allahu Akbar'. Li rekòmande poul lage wòch yo soti nan fon vale a, epi li mete Kaaba a sou bò goch li, ak Mina sou bò dwat li; paske se sa Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te fè. Men si li lage wòch yo soti nan lòt kote yo, sa valab tou si ti wòch yo tonbe nan 'Marma' a (kote pou lage wòch yo). Se pa yon kondisyon pou ti wòch yo rete nan 'Marma' a, sèl kondisyon an se pou yo tonbe ladanl. Konsa, si yon ti wòch tonbe nan 'Marma' a epi apre sa li soti deyò, sa valab dapre sa ki parèt nan pawòl savan yo. Pami moun ki te di sa klèman, genyen An-Nawawi (ke Allah gen pitye pou li) nan liv 'Sharh al-Muhadhdhab' la. Ti wòch pou 'Jamarat' la dwe menm gwosè ak ti wòch yo rele 'Khadhf' la, ki se yon tikras pi gwo pase yon pwa chich.

Aprèsa, aprè li fin lage ti wòch yo, li sakrifye bèt li ofri kòm sakrifis la (hadiy). Li rekòmande pou li di lè lap fè sakrifis la: "Nan non Allah, e Allah se pi Gran an. O Allah, sa a soti nan Ou epi li se pou Ou." Epi li dwe vire l nan direksyon Kibla a. Epi sa ki nan Sounnah a se pou yo sakrifye chamo yo pandan yo kanpe ak pye goch devan yo mare, epi pou yo sakrifye bèf ak kabrit/mouton yo pandan yo kouche sou bò goch yo. Si li ta sakrifye bèt la san li pa vire l nan direksyon Kibla a, li abandone yon Sounnah, men sakrifis li a akseptab kanmenm; paske vire bèt la nan direksyon Kibla a lè w ap fè sakrifis la se yon Sounnah, se pa yon obligasyon. Li rekòmande tou pou li manje yon pati nan bèt li sakrifye a, pou li bay yon pati kòm kado epi pou li bay rès la kòm lacharite; dapre pawòl Allah, Trèwo a: «...Konsa, manje nan vyann sa a, epi bay moun ki nan nesesite (moun kap soufri) ki pòv yo manje tou.» Sourat Al-Hajj, vèsè 28 Tan pou fè sakrifis la dire jiska solèy kouche nan twazyèm jou pami jou Tashriq yo, selon opinyon ki pi kòrèk bò kote savan yo. Konsa, dire sakrifis la se jou Nahr la ak 3 jou aprèl

Apre sa, lè li fin sakrifye bèt li a, li kale tèt li oubyen li koupe cheve li pi kout. Kale tèt la se sa ki pi bon; paske Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li) te mande mizèrikòd ak padon pou moun ki kale tèt yo 3 fwa,epi pou moun ki koupe cheve yo pi kout yon sèl fwa. Li pa sifi pou yon moun koupe sèlman yon pati nan cheve a, men pito, fòk li koupe tout cheve ki nan tèt la, menm jan ak lè yon moun ap kale li. Kanta pou yon fanm, li koupe nan chak très cheve li yon longè ki egal ak yon ti bout dwèt, oswa menm mwens.

Aprè pèleren an fin voye wòch nan Jamrat al-Aqabah, epi li fin kale tèt li oswa koupe cheve libpi kout, tout bagay ki te entèdi pou li akoz eta Ihram la vin pèmèt pou li, eksepte relasyon ak madanm. Yo rele sa a: 'At-Tahallul al-Awwal' (premye liberasyon an). Apre liberasyon sa a, se yon Sunnah poul mete pafen epi ale Lamèk poul fè 'Tawaf al-Ifadah'; sa dapre adit Aicha (ki pou Allah satisfè avè l) kote li di: «Mwen te konn mete pafen pou Mesaje Allah la (se pou lapè ak benediksyon Allah avèk li) pou Ihram li, anvan li te kòmanse li, epitou pou lè li te fini avèk li, anvan li te fè Tawaf otou Kay la» [80] Rapòte pa Boukhari ak Mouslim. [80] Rapòte pa Al-Boukhari, nimewo (1539), e Mouslim, nimewo (1189).

«Yo rele "Tawaf" sa a: "Tawaf Al-Ifadah" (Wonn Deplasman an) ak "Tawaf Al-Ziyarah" (Wonn Vizit la). Li se yonn nan poto fondamantal (Rukn) pèlerenaj la; pèlerenaj la pa ka konplè san li pa fèt. Epi, se li menm allah (ki gen tout pouvwa a) te vle di nan pawòl Li a:» 29: Aprèsa, se pou yo konplete rityèl yo, epi se pou yo kenbe pwomès yo, epi se pou yo fè wonn Ansyen Kay la. [Al-Hadj: 29].

«Aprèsa, se pou yo fini ak kras (salte) ki sou yo a (lè yo koupe cheve yo epi yo netwaye kò yo), se pou yo ranpli pwomès yo te fè yo, epi se pou yo fè wonn (Tawaf) Kay ki la depi lontan an (Kaaba a).» [29]

Epi yon sèl Sa'i pa sifi, dapre opinyon ki pi kòrèk pami savan yo; poutèt Hadith Aisha a — se pou Allah kontan avèk li—, li te di: «Nou te soti avèk Mesaje Allah a (Pè AK benediksyon Allah kouvri li)» li te mansyone tout Hadith la, epi ladan li, li menm (Pwofèt la) te di: «Nenpòt moun ki gen bèt pou sakrifis (Hady) avèl, se pou li mete entansyon pou li fè Hajj ansanm ak Umrah (Qiran). Aprèsa, li pa dwe soti nan eta sakre (Ihram) a jiskaske li soti ladan li pou yo 2 a ansanm (lè li fini tout rityèl yo).» Jouk li rive di: «Moun ki te mete entansyon pou Omra (ti pelerinaj) yo, yo te fè Tawaf bò kote Kay sakre a epi ant Safa ak Marwa ; apre sa yo te soti nan eta sakre yo a, epi yo te fè yon lòt Tawaf aprè yo te retounen sòti Mina pou Hadj (gwo pelerinaj) pa yo a» [81] Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim. [81] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (1556), ak Mouslim, anba nimewo (1211).

Epi pawòl li a —ke Allah satisfè de li— sou moun ki te antre nan eta sakre pou Omra yo: «aprèsa, yo te fè yon lòt Tawaf aprè yo te retounen sot Mina pou Hadj yo», li te vle di pa sa: Tawaf ant Safa ak Marwa, dapre opinyon ki pi kòrèk la nan esplikasyon hadith sa a. Kanta pou opinyon moun ki di li te vle di Tawaf al-Ifadah la, enben sa pa kòrèk; paske Tawaf al-Ifadah se yon poto (yon obligasyon fondamantal) pou tout moun, e yo te deja fè l. Sa ki vle di pito, se sa ki konsène pèleren ki fè Tamattu' a, ki se dezyèm Tawaf ant Safa ak Marwa a apre li retounen sot Mina pou konplete Hadj li a. E sa klè, louwanj pou Allah, e se opinyon majorite savan yo.

Epi sa ki pwouve sa kòrèk tou, se sa Al-Bukhari rapòte nan Sahih li a kòm yon narasyon li konfime; li soti nan Ibn Abbas — se pou Allah kontan avèk yo toule 2—, yo te pozel kesyon sou Mut'ah Hajj la, epi li te di: Moun "Muhajirun" yo (sak te soti lamek yo), moun "Ansar" yo (sak te resevwa yo nan Madinah), ak madanm Pwofèt la ﷺ te mete entansyon (Ihram) nan pèlerenaj adye a (Hajja al-Wadaa), epi nou menm tou nou te fè sa. Lè nou rive Lamèk, Pwofèt la ﷺ di nou: "Chanje entansyon pèlerenaj nou an (Hajj) pou li vin yon 'Umrah', sof pou moun ki te mennen bèt pou sakrifis (Hady) avè l". Konsa, nou fè wonn Kay la (Tawaf), nou fè ale-vini ant mòn Safa ak mòn Marwa (Sa'y), epi nou gen relasyon ak madanm nou epi nou mete rad òdinè nou. Pwofèt la ﷺ di: "Moun ki te mennen bèt sakrifis avè l la pa gen dwa soti nan eta sakre (Ihram) jiskaske bèt la rive nan plas kote y ap touye l la (nan jou fèt la)". Apre sa, nan apremidi jou "Tarwiyah" la (8 Dhu al-Hijjah), li bay nou lòd pou n mete entansyon pou Hajj la. Lè nou fin fè tout rityèl yo, nou tounen, nou fè wonn Kay la epi nou fè ale-vini ant Safa ak Marwa.» [82] «Sa nou te bezwen esplike a fini la; epi tèks sa a montre aklè (san dout) ke moun kap fè pèlerenaj "Tamattu'" la dwe fè ale-vini (Sa'y) ant mòn Safa ak mòn Marwa 2 fwa. Epi, se Allah ki konnen pi byen.» [82] Rapòte pa Al-Boukhari, nimewo (1572).

Epi kanta pou sa Muslim rapòte de Jabir — se pou Allah kontan avèk li—: « Ni Pwofèt la, ni Konpayon li yo, pa te fè vavi-vyen an ant Safa ak Marwa sof yon sèl fwa. » [83], Premye Tawaf yo a, sa aplike pou Konpayon sa yo ki te mennen bèt sakrifis la; paske yo te rete nan eta sakre (Ihram) yo a ansanm ak Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah kouvri li), jiskaske yo te fini ak Hadj la ansanm ak Omra a tou le 2 nèt. Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah kouvri li) li menm, te gentan deklare entansyon li poul fè Hadj la ak Omra a, epi li te bay moun ki te mennen bèt sakrifis la lòd pou yo deklare entansyon pou yo fè Hadj la ansanm ak Omra a, epi pou yo pa sòti nan eta sakre a jiskaske yo fin akonpli yo tou le 2 nèt; «Epi moun kap fè "Qiran" (ki mare Hajj ansanm ak Umrah), li pa gen poul fè pase yon sèl ale-vini (Sa'y) sèlman, jan sa parèt nan hadit Jabir nou te site a ak nan lòt hadit ki serye (Sahih) tou.» Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (1215).

Menm jan an tou, moun ki fè Hadj la sèlman (Ifrad) epi ki rete nan eta sakre (Ihram) li a jiska Jou Sakrifis la, li gen yon sèl Sa'y poul fè. Kidonk, si pèleren ki sou mòd Qiran an ak sa ki sou mòd Ifrad la fè Sa'y apre Tawaf arive a (Tawaf al-Qudum), sa a sifi pou yo; epi yo pa bezwen fè Sa'y ankò apre Tawaf prensipal Hadj la (Tawaf al-Ifadah). Se fason sa a nou rekonsilye ant adit Aicha ak Ibn Abbas yo, ansanm ak adit Jabir ki te mansyone anvan an. Konsa, kontradiksyon an elimine, epi sa pèmèt nou aplike tout adit yo.

«Yonn nan bagay ki apiye fason sa a pou nou mete hadit yo ansanm (nan yon sèl lide), se paske 2 hadit Aisha ak Ibn Abbas yo se 2 hadit ki serye (Sahih). Yo tou 2 konfime ke gen yon dezyèm ale-vini (Sa'y) ki obligatwa pou moun kap fè pèlerenaj "Tamattu'" la. Atout hadit Jabir la parèt kòmsi li di sa pa egziste, règleman ki tabli nan syans fondamantal yo (Al-Usul) ak nan syans tèm hadit yo di: "Moun ki konfime yon enfòmasyon gen priyorite sou moun ki nyel (negatif la)". Se Allah (ki gen tout Glwa ak tout Pouvwa a) ki bay siksè poun jwenn sa ki dwat la; epi pa gen okenn chanjman (fòs) ni okenn pouvwa sof nan men Allah.»

Chapit

«Esplikasyon sou ki sa ki pi bon (prefere) pou pèleren an fè nan jou fèt la (10 Dhu al-Hijjah).»

Sa ki pi bon pou pèleren an se poul fè 4 bagay sa yo nan lòd nan Jou Sakrifis la, jan sa a: premyèman, li kòmanse pa lapide gwo poto a (Jamrat al-Aqaba), aprèsa, li fè sakrifis la (an-Nahr), aprèsa, li raze tèt li oswa diminye cheve l, epi apre sa, li fè Tawaaf bò Kay Sakre a epi Sa'y la apre sa. Sa'y la se pou moun ki ap fè Hadj Tamattu' a, e menm jan an tou pou moun ki ap fè Hadj Mufrid ak Qarin yo si yo pat gentan fè Sa'y la ansanm ak Tawaaf arive a (Tawaaf al-Qudum). Men, si li fè youn nan bagay sa yo anvan lòt, sa akseptab; paske gen prèv ki montre Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te bay pèmisyon pou sa. Epi sa gen ladanl tou, fè Sa'y la anvan Tawaaf la; paske se youn nan bagay ki fèt nan Jou Sakrifis la. Kidonk, sa antre nan pawòl Sahabi a (konpayon Pwofèt la) ki te di: Jou sa a, yo pa te janm poze li kesyon sou yon bagay ki te fèt anvan oswa apre lòd li, san li pat di: Fèl janw fèl la, epi pa gen okenn peche (ni okenn pwoblèm) nan sa.» [84] Epi, kòm se yon bagay moun fasil bliye oubyen yo pa konnen, li te vin obligatwa pou li antre nan règ jeneral sa a; poutèt sa pote kòm fasilite ak senplisite. [84] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (83), ak Mouslim, anba nimewo (1306).

Epi sa sèten bò kote Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), ke yo te poze li kesyon sou yon moun ki te fè Sa'i anvan li te fè Tawaf, epi li te di: «Pa gen blame» [85] Rapòte pa Abou Dawoud, soti nan hadîth Ousama ibn Charik la avèk yon sanad sahih, konsa, enklizyon li nan ka jeneral la vin klè san okenn dout, epi Allah se Sila a ki bay siksè. [85] Rapòte pa Abou Dawoud, nimewo (2015).

Gen 3 aksyon ki pèmèt pèleren an jwenn liberasyon total la: lanse wòch nan Jamrat al-Aqaba, raze tèt la oswa koupe cheve a kout, epi fè Tawaf al-Ifadha a ansanm ak Sa’i a aprè li, jan sa te esplike anvan an. Lè yon moun fin fè 3 aksyon sa yo, tout sa ki te entèdi pou li akoz eta Ihram nan vin pèmèt pou li nèt, tankou rapò ak madanm li, mete pafen ak lòt bagay ankò. Moun ki fè de nan aksyon sa yo sèlman, tout bagay vin pèmèt pou li eksepte rapò ak madanm li. Yo rele sa: At-Tahallul al-Awwal (premye liberasyon an).

Li rekòmande pou pèleren an bwè dlo Zamzam, bwè jiskaske li satisfè, fè priyè (Doua) ak sa ki fasil pou li nan priyè ki pote benefis yo, epi Dlo Zamzam sèvi pou nenpòt rezon (entansyon) yon moun bwè l. Jan sa rapòte bò kote Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) nan Sahih Muslim, daprè Abi Zar: ke Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di konsènan dlo Zamzam la: «Anverite, li se yon manje ki bay moun manje (ki koupe grangou).» [87] Epi Abou Dawoud ajoute: «Epi yon gerizon pou maladi» [88]. «[86] Se Ibn Majah ki rapòte l, li soti nan bouch Jabir bin Abdullah (se pou Allah kontan avè l), epi li pote nimewo (3062).» [87] Rapòte pa Mouslim, nimewo (2473). [88] Sa vle di: se Abou Dawoud At-Tayalisi ki te rapòte li nan menm hadith istwa Islam Abou Dharr la, ke Allah satisfè de li. Gade Mousnad Abou Dawoud At-Tayalisi anba nimewo (459).

«Apresa "Tawaf Al-Ifadah" ak "Sa'y" la (pou moun ki gen pou fèl), pèleren yo tounen nan zòn Mina pou yo pase twa (3) jou ak nwit yo la. Chak jou nan twa (3) jou sa yo, yo dwe voye kout wòch nan twa (3) poto yo (Al-Jamarāt) apre solèy la fin pase mitan syèl la (Zawal). Epi, li obligatwa pou yo respekte lòd kote yap voye wòch yo yonn apre lòt.»

«Konsa, li kòmanse ak premye poto a (Al-Jamrah al-Ūlā): se li ki pi pre moske "Al-Khayf" la. Li voye sèt (7) ti wòch ladan l yonn apre lòt, epi li leve men l pou chak grenn wò l ap voye. Li se yon "Sunnah" (yon pratik pwofèt la ﷺ) pou l fè yon ti rale kò l bò kote apresa, pou lli mete poto a sou bò gòch li, epi li vire fas li nan direksyon "Qibla" a (Kaaba a), li leve de (2) men li anlè, epi li fè anpil priyè (Douaa) ak tout kè l devan Allah.»

Apre sa, li lapide dezyèm Jamrah la menm jan ak premye a, epi li rekòmande poul avanse yon ti kras aprè li fin lapidel, kitel sou bò dwat li, vire fas li bò kote Kibla a, leve de menl, epi sipliye anpil.

Apre sa, li voye wòch nan twazyèm Jamrah la, epi li pa kanpe la.

Apre sa, li voye Jamarat yo nan dezyèm jou pami jou Tashriq yo apre Zawal, menm jan li te voye yo nan premye jou a. Epi, bò kote premye ak dezyèm Jamarat la, li fè menm jan li te fè nan premye jou a; pou li swiv egzanp Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li).

Lanse wòch yo nan 2 premye jou Tashreeq yo se youn nan devwa pelerinaj la (Hajj), menm jan tou, pase nwit nan Mina nan premye ak dezyèm nwit yo se yon devwa, sof pou moun kap bay dlo, bèje yo, ak lòt moun ki nan menm ka ak yo; pou yo menm, sa pa yon devwa.

Aprèsa, aprè yo fin voye wòch yo nan 2 jou ki mansyone yo, moun ki vle prese kite Mina gen pèmisyon pou sa, e fòk li soti anvan solèy kouche. Men, moun ki rete pi lontan, ki pase twazyèm nwit la epi ki voye wòch yo nan twazyèm jou a, sa pi bon pou li e rekonpans li pi gran, jan Allah, Sila ki Pi Wo a, te di: Epi site non Allah (fè Zikr) pandan jou ki limite yo. Konsa, moun ki prese pati apre 2 jou, pa gen okenn peche pou li; epi moun ki rete (jouk twazyèm jou a), pa gen okenn peche pou li non plis; sa se pou moun ki gen krentif pou Allah..».. [Al-Baqarah: 203], Epi se paske Pwofèt la ﷺ te bay moun yo pèmisyon pou yo prese pati (nan dezyèm jou a), men li menm, li pat prese pati. Okontrè, li te rete nan zòn Mina jouk li fin voye kout wòch yo nan twazyèm jou a (13 Dhu al-Hijjah) aprè solèy la te fin pase mitan syèl la (Zetwal), aprèsa li pati anvan li te fè priyè Dhuhr la.

«Epi li pèmèt pou responsab (papa oswa moun kap okipel la)yon ti gason ki pa gen kapasite poul voye wòch yo pou kont li, pou li voye yo pou ti gason sa a (nan gwo poto a ak nan tout lòt poto yo) apre li fin voye pa li yo anvan. Menm jan an tou, pou yon ti fi ki piti ki pa gen fòs pou l voye wòch yo, responsab li a gen dwa voye yo pou li; sa se baze sou hadit Jabir la (se pou Allah kontan avè l) ki te di:» «Nou te fè Hadj ansanm ak Mesaje Allah la, ke lapriyè ak lapè Allah sou li, epi medam yo ak timoun yo te ansanm ak nou; nou te fè Talbiya a pou timoun yo epi nou te voye wòch yo pou yo.» [89] Rapòte pa Ibn Majah. [89] Rapòte pa Tirmidhi, nimewo (927).

Li pèmèt pou moun ki pa kapab fè jete wòch la akoz yon maladi, oswa laj li avanse, oswa yon gwosès, pou li delege yon moun ki pou fèl nan plas li; poutèt pawòl Allah, Trèwo a: «...Konsa, gen krentif pou Allah (respekte lòd Li yo) otan nou kapab...» [At-Tagaboun: 16], «Moun sa yo (timoun ak moun ki fèb yo) pa ka nan bouskilad ak foul moun yo bò kote poto yo; epi piske tan pou voye kout wòch yo gen yon limit (li ka pase), epi pa gen okenn règleman ki mande pou yo ratrape l pita, yo pèmèt yo bay yon lòt moun fè l pou yo (delege). Men, sa diferan pou lòt rityèl pèlerenaj yo: yon moun ki nan eta sakre (Muhrim) pa dwe bay yon lòt moun fè rityèl yo nan plas li, menm si pèlerenaj sa a se yon pèlerenaj volontè (Nafilah). Paske nenpòt moun ki mete entansyon (Ihram) pou Hajj oswa Umrah, menm si se pa te yon obligasyon, li obligatwa pou li fini yo nèt; sa se baze sou pawòl Allah (ki gen tout pouvwa a) ki di:» Epi fini (fè yo nèt) pèlerenaj la (Hajj) ak ti pèlerenaj la (Umrah) pou Allah... [Al-Baqarah: 196], Epi, peryòd (tan) pou fè "Tawaf" ak "Sa'y" la pa janm fini (li pa ka ekspire nèt), kontrèman ak peryòd pou voye kout wòch yo (Ramy) ki ka pase.

«Kanta pou kanpe sou mòn Arafat, pase nwit nan Muzdalifah ak nan Mina, se sèten ke peryòd (tan) yo a konn fini (ekspire). Men, li posib pou yon moun ki malad oswa ki fèb prezan nan kote sa yo menm si sa mande anpil efò (soufrans), sa ki diferan ak aksyon poul voye kout wòch la limenm. Anplis de sa, gen prèv ki montre ke gran ansyen yo (As-Salaf as-Salih) te konn bay lòt moun voye wòch yo nan plas moun ki gen eskiz valab, sa ki pat fèt pou lòt rityèl yo.»

Adorasyon yo se bagay ki depann sèlman sou revelasyon, okenn moun pa gen dwa pou ajoute oubyen envante yon bagay ladan yo san pa gen yon prèv. Moun kap ranplase yon lòt moun nan gen dwa voye wòch yo pou tèt pa li anvan, apre sa li voye pou moun li ap ranplase a pou chak grenn Jamra nan twa Jamra yo, pandan li rete nan menm pozisyon an. Epi, daprè opinyon ki pi kòrèk pami savan yo, li pa obligatwa pou li fin voye wòch pou twa Jamra yo nèt pou tèt pa l, epi pou l retounen pou l voye pou moun li ap ranplase a; paske pa gen okenn prèv ki egzije sa, epitou akoz difikilte ak jèn sa gen ladan l. Epi Allah, Louwanj pou Li, Sila a ki anwo nèt la, di: Li pa mete okenn difikilte sou nou nan relijyon an. [Al-Hadj: 78]. Epi Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Rann lavi a fasil (pou moun yo), pa rann li konplike; (bay bon nouvèl, pa dekouraje moun).» [90] Epi se paske yo pa rapòte sa 2 Konpayon Pwofèt la (lapriyè ak lapè Allah avèk li) yo, lè yo te jete wòch pou timoun pa yo ak pou sa ki pa te kapab pami yo. E si yo te fè sa, yo tap rapòte l; paske se yon bagay ke tout moun tap prese pou rapòte. Epi se Allah ki konnen pi byen. [90] Rapòte pa Al-Boukhari, dapre hadith Anas (ke Allah satisfè de li), nimewo (69).

Chapit

«Konsènan obligasyon pou fè yon sakrifis bèt (Dam) pou moun kap fè pèlerenaj "Tamattu'" ak "Qiran".

Pèleren an gen obligasyon poul ofri yon sakrifis si lap fè pèlerinaj kalite Tamattou' oubyen Qiran, epitou si se pa yon moun ki abite nan zòn Masjid al-Haram. Sakrifis sa a se: yon mouton, oubyen yon setyèm nan yon chamo, oubyen yon setyèm nan yon bèf. Epi se yon obligasyon pou sa fèt ak lajan ki legal (halal) ak yon revni ki pwòp; paske Allah pwòp, e li pa aksepte anyen eksepte sa ki pwòp.

Yon mizilman ta dwe kenbe diyite li pou li pa mande moun kado oswa lòt bagay, kit se wa, kit se lòt moun, lè Allah ba li nan richès pa l sa ki sifi pou li epi ki fèl pa bezwen sa ki nan men lòt moun; sa se poutèt sa ki rapòte nan anpil adit Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) ki kondane abitid mande moun ak defo ki gen ladan li,epi ki fè lwanj pou moun ki kite sa.

Si moun kap fè pelerinaj kalite Tamattou ak Qirân an pa kapab ofri bèt sakrifis la, li dwe jene 3 jou pandan pelerinaj la, epi 7 jou lè li retounen bò kote fanmi li. Epi, li gen chwa poul jene 3 jou sa yo: si li vle, li ka jene yo anvan jou Sakrifis la, e si li vle, li ka jene yo pandan 3 jou Tachrîq yo. Allah, ki Trè Wo a, di: ...Nenpòt moun ki pwofite fè Umrah anvan Hajj la (Tamattu'), se poul ofri yon bèt pou sakrifis (Hady) li kapab jwenn. Men, moun ki pa jwenn bèt la, li dwe fè twa (3) jou jèn pandan pèlerenaj la, epi sèt (7) jou jèn lè nou tounen lakay nou; sa fè dis (10) jou nèt. Sa a se pou moun ki pa gen fanmi yo (ki pa rete) bò kote Gran Moske a (Lamèk)...» [Al-Baqarah: 196] Vèsè.

Epi nan liv "Sahih al-Bukhari", yo rapòte Aisha ak Ibn Umar (se pou Allah kontan avè yo) te di: Yo pa te bay pèmisyon (yo pat rann li pèmèt) pou moun fè jèn nan "Jou Tashriq" yo, sof pou moun ki pat kapab jwenn bèt pou sakrifis la (Hady).» [91] Epi sa konsidere kòm yon pawòl ki soti bò kote Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li). Sa ki pi bon an se pou yon moun jene 3 jou yo anvan jou Arafah la, poul ka pa nan jèn nan jou Arafah la; paske Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te kanpe nan jou Arafah la san li pat nan jèn, epi li te entèdi pou moun ki Arafah yo jene jou sa a, epi paske tou lè yon moun pa nan jèn nan jou sa a, sa ba li plis enèji pou li sonje Allah epi poul fè siplikasyon. Li pèmèt pou moun jene 3 jou mansyone yo youn dèyè lòt oubyen separe. Menm jan an tou, pou jèn 7 jou yo, se pa yon obligasyon pou moun fè yo youn dèyè lòt; okontrè, li pèmèt pou moun jene yo kit se youn apre lòt, kit se separe; paske Allah (ki gen tout glwa pou Li) pa te mete kòm kondisyon pou yo fèt youn dèyè lòt, ni tou Mesaje li a (lapè ak benediksyon Allah sou li). Epi, sa ki pi bon se retade jèn sèt jou yo jiskaske li retounen lakay li bò kot fanmi li; dapre pawòl Li, Trèwo a: ...epi sèt (7) jou jèn lè nou tounen (lakay nou)...» [Al-Baqarah: 196]. [91] Rapòte pa Al-Bukhari, nimewo (1998).

Fè jèn pou yon moun ki pa gen mwayen poul achte bèt sakrifis la, sa pi bon pase pou lap mande wa (dirijan) oswa lòt moun ba li yon bèt poul touye pou tèt pa li. Men, si yo bay yon moun yon bèt oswa nenpòt lòt bagay san li pa te mande sa epi san li pa tap espere sa nan kèl, pa gen okenn pwoblèm nan sa, menm si li se yon moun kap fè pèlerenaj pou yon lòt moun; sa vle di: depi moun ki te bal responsablite a pat mete kondisyon poul achte bèt la nan lajan yo te ba li a. Kanta sa kèk moun konn fè, kote yap mande gouvènman an oswa lòt kote bèt sakrifis nan non kèk moun yap site pandan yap bay manti, sa se yon bagay ki entèdi (Haram) san okenn dout; paske se yon fason pou moun pwofite fè lajan sou manti. Se pou Allah pwoteje nou ak tout Mizilman yo kont sa.»

Chapit

Konsènan obligasyon pou kòmande sa ki byen (Al-Amr bi-l-Ma'ruf) pou pèleren yo ak pou tout lòt moun.

Pami pi gwo obligasyon pou pèleren yo ak lòt moun yo, se òdone sa ki byen epi entèdi sa ki mal, ak prezève 5 priyè yo lan gwoup, jan Allah te kòmande sa nan Liv li a, ak nan pawòl Mesaje li a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li).

Kanta pou sa anpil moun pami moun ki abite Lamèk ak lòt kote yo ap fè, sètadi priye nan kay yo epi neglije moske yo, se yon fot ki kontrè ak lalwa relijyon an. Donk, fòk yo entèdi sa, epi pou yo kòmande moun yo pou yo kenbe fèm sou lapriyè nan moske yo; paske sa pwouve ke Pwofèt la ﷺ te di Ibn Oumm Maktoum (ki pou Allah satisfè avè l) lè li te mandel pèmisyon pou li priye lakay li; poutèt li te avèg epi kay li te lwen moske a: «Èske ou tande apèl (Azan) pou lapriyè a? Li reponn: Wi. Li (Pwofèt la ﷺ) di li: Enben, reponn li (ale nan moske a).» [92] Epi nan yon lòt vèsyon (yo rapòte): Mwen pa jwenn okenn pèmisyon (eskiz) pou ou.» [93] Epi li di (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): «Mwen te menm sou pwen poum bay lòd pou yo etabli lapriyè a, aprèsa poum bay yon nonm lòd pou li sèvi kòm imam pou pèp la, epi poum ale jwenn mesye ki pa asiste lapriyè a pou mwen boule kay yo sou yo ak dife» [94]، Epi nan liv "Sunah Ibn Majah" ak nan lòt liv ankò, ak yon chèn transmisyon ki bon (Isnad Hasan), yo rapòte Ibn Abbas (se pou Allah kontan ak yo 2 a) te di ke Pwofèt la Lapè ak Benediksyon Allah kouvri li?te di: «Moun ki tande apèl pou lapriyè a epi li pa vini, pa gen lapriyè pou li, sof si li gen yon eskiz» [95]، Epi nan Sahih Muslim, daprè Ibn Mas'oud (ke Allah satisfè de li), li te di: «Moun ki ta kontan rankontre Allah demen kòm Mizilman, se poul veye sou lapriyè sa yo kote yo fè apèl pou yo a, paske Allah te trase pou Pwofèt nou an chemen gidans yo, e yo menm (lapriyè sa yo) fè pati de chemen gidans yo. E si nou ta priye lakay nou, menm jan ak moun sa a ki rete dèyè a k ap priye lakay li, nou t ap abandone Sounnah Pwofèt nou an, e si nou ta abandone Sounnah Pwofèt nou an, nou t ap egare. E pa gen yon moun ki pirifye tèt li, e ki fè sa byen, epi ki pran direksyon youn nan Moske sa yo, san ke pou chak pa li fè, Allah pa ekri yon bon aksyon pou li, Li elve l yon degre avèk pa sa a, epi Li efase yon move aksyon pou li avèk li. E nou te konn wè lè sa a, pèsonn pa t konn rete dèyè (pou lapriyè an gwoup) eksepte yon ipokrit ki gen ipokrizi li klè. E te menm konn gen yon mesye yo mennen vini, li menm k ap apiye sou de lòt mesye, jiskaske yo mete l kanpe nan ran an» [96]. [92] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (2420), ak Mouslim, anba nimewo (651). [93] Rapòte pa Mouslim de Abou Hourayra, ke Allah satisfè de li, anba nimewo (653). [94] Rapòte pa Abou Dawoud daprè Abdullah ibn Umm Maktoum, nimewo (552). Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (654). [96] Rapòte pa Abou Dawoud, daprè Ibn Abbas, ke Allah satisfè avèk yo tou le 2 nan nimewo (551).

Epi se yon devwa pou pèleren yo ak lòt moun pou yo kanpe lwen tout sa Allah (ki gen tout grandè pou Li) entèdi, epi pou yo pran prekosyon pou yo pa komèt yo; tankou: fònikasyon, sodomi, vòlè, pran lajan enterè, depanse lajan timoun òfelen, triche nan tranzaksyon, trayi konfyans, bwè bwason ki soule, fimen, kite rad trennen atè pa ògèy, lògèy, jalouzi, fè zèv pou moun wè, pale moun mal, simen divizyon, moke Mizilman, sèvi ak enstriman mizik pou amizman; tankou disk, enstriman ak kòd, flit, ak sa ki sanble yo, koute chante ak mizik nan radyo oswa lòt aparèy, jwe zo, jwe echèk, patisipe nan jwèt aza, fè pòtre kreyati ki gen nanm tankou moun ak lòt bèt, epitou dakò ak sa. Paske tout bagay sa yo se pami sa ki mal ke Allah entèdi sèvitè li yo fè nan tout tan ak tout kote, kidonk se yon devwa pou pèleren yo ak moun ki abite nan Kay Sakre Allah la pou yo pran prekosyon kont yo plis pase lòt moun; paske peche nan vil sakre sa a, gravite yo pi fò e pinisyon yo pi gran.

Men sa senyè toupwisan an di: 25: ...Epi nenpòt moun ki chèche fè sa ki mal (deviyasyon) ladanl (nan Gran Moske a) nan fè enjistis, nap fèl goute yon chatiman ki rèd anpil.» [Al-Hadj: 25], Si Allah te menase moun ki sèlman gen entansyon pou li fè enjistis nan zòn sakre a, enben kòman pinisyon moun ki fèl la menm ap ye?! Pa gen dout ke li pi gran e li pi rèd. Kidonk, nou dwe pran prekosyon ak sa, ansanm ak tout rès peche yo.

Epi, peleren yo pap jwenn byenfè Hajj la ak padon pou peche yo, si yo pa pran prekosyon ak peche sa yo ak lòt ankò pami sa Allah entèdi yo, menm jan sa ye nan hadith la bò kote Pwofèt (pè ak Benediksyon Allah kouvri li) la kote li te di: «Moun ki fè Hadj, epi li pa komèt zak obsèn ni li pa fè peche, li retounen san peche, menm jan ak jou manman l te fè l la» [97]. [97] Rapòte pa Al-Boukhari daprè Abou Hourayra (ke Allah satisfè de li), anba nimewo (1521), ak Mouslim, anba nimewo (1350).

Epi sa ki pi grav e pi gwo pase move zak sa yo se: envoke moun ki mouri yo, rele yo nan moman detrès, fè pwomès pou yo, epi ofri sakrifis pou yo; nan lespwa ke yo pral entèsede pou moun kap envoke yo a devan Allah, oswa pou yo geri malad li a oswa fè moun pa li ki disparèt la tounen, ak lòt bagay tankou sa.

Sa a se youn nan pi gwo kalite Chirk ke Allah entèdi, e se te relijyon moun ki te konn bay Allah asosye nan tan inyorans yo. Epi Allah te voye pwofèt yo ak Liv yo pou rejte li epi pou entèdi li.

Kidonk, chak moun, kit se pèleren oswa lòt, dwe fè atansyon ak peche sa a, epi li dwe repanti devan Allah pou sa ki te pase a, si li te gentan komèt li, epitou li dwe rekòmanse yon nouvo pelerinaj aprè repantans sa a; paske pi gwo peche ki se bay Allah asosye a anile tout zèv yo nèt, jan Allah, Trèwo a, te di sa: 88: «...Epi si yo te bay Allah asosye (fè Shirk), tout sa yo te konn fè (kòm bon zèv) tap pèdi valè yo (tap anile nèt).» [Al-An‘ām: 88].

Pami kalite Chirk minè yo genyen: fè sèman sou yon lòt bagay ki pa Allah; tankou fè sèman sou Pwofèt la (pè ak Benediksyon Allah kouvri li), Kaaba a, Amana a, ak lòt bagay konsa.

«Epi nan sa yo (ki ka anile zèv yo), genyen: fè wè (Riyā') ak chèche lwanj (Sum'ah), epi di: "Sa Allah vle ak saw vle", oswa "Si se pa te Allah ak ou menm", oswa "Sa a soti nan Allah ak nan men w", ak lòt pawòl ki sanble ak sa yo.»

Kidonk, li obligatwa pou nou pran prekosyon kont move zak Chirk sa yo, epi youn konseye lòt pou kite yo, paske sa sèten bò kote Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li), li te di: «Nenpòt moun ki fè sèman sou non yon lòt (bagay oswa moun) ki pa Allah, anverite li fè yon zak enkwayans (Kufr) oswa li bay Allah asosye (Shirk).» [98] Rapòte pa Ahmad, Abou Dawoud, ak At-Tirmidhi avèk yon isnad sahih. [98] Rapòte pa Abou Dawoud, nimewo (3251).

Epi nan Sahih la, bò kote Omar (ke Allah satisfè de li) li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Moun ki gen pou fè sèman, li dwe fè sèman pa Allah, oubyen li dwe fè silans» [99]. Epi Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di ankò: «Nenpòt moun ki fè sèman sou onètete (konfyans), li pa fè pati nou (li pa swiv chemen nou an nèt).» [100] Rapòte pa Abou Dawoud. [99] Rapòte pa Abou Dawoud, nimewo (3253). [100] Rapòte pa Al-Boukhari daprè Abdullah, anba nimewo (2679), ak Mouslim, anba nimewo (1646).

Epi Pwofèt la, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), te di ankò: «Pi gwo bagay mwen pè pou nou an se Chirk minè a, epi yo te mande li sou li, li te di: Riya» [101]. Epi li te di (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): «Pa di: "Sa Allah vle AK sa entèl vle", men di pito: "Sa Allah vle, EPI aprèsa (Thumma) sa entèl vle".» [102] Epi An-Nasa'i rapòte, daprè Ibn Abbas (Allah satisfè avèk yo toulède), ke yon mesye te di: "O Mesaje Allah, sa Allah vle, epi sa ou vle." Epi Pwofèt la te di: "Èske ou fèm tounen yon egal pou Allah? Okontrè, se sa Allah li menm sèl vle" [103]. [101] Rapòte pa Ahmad, nimewo (5/428). [102] Rapòte pa Abou Dawoud, anba nimewo (4980). [103] Rapòte pa Ibn Majah, nimewo (2117).

Hadit sa yo montre kijan Pwofèt la ﷺ te pwoteje onè Inite Allah a (Tawhīd), ak kijan li te avèti kominote li a (Ummah) kont gwo fòm asosyasyon (Ash-Shirk al-Akbar) ak ti fòm asosyasyon (Ash-Shirk al-Asghar). Sa montre jan li te enterese anpil pou lafwa yo rete an sekirite epi pou yo sove anba chatiman Allah ak tout sa ki ka lakòz kòlè Li. Se pou Allah ba li pi bèl rekonpans pou sa; paske anverite, li te transmèt mesaj la, li te bay avètisman yo, epi li te bay Allah ak sèvitè li yo bon konsèy. Se pou benediksyon ak kè poze Allah (Ṣallā -llāhu ʿalayhi wa-sallam) rete sou li nèt ale jouk jou jijman an.»

Se yon devwa pou moun ki gen konesans yo, pami pèleren yo ak moun ki abite nan vil sakre Allah a ak nan vil nòb Mesaje li a, pou yo anseye pèp la sa Allah lejisifere pou yo, epi pou yo avèti yo kont sa Allah entèdi yo, tankou tout kalite fòm pou asosye lòt bagay avèk Li ak tout kalite peche. Epi pou yo esplike sa ak prèv li yo, epi pou yo bay yon esplikasyon ki klè e ki satisfè; pou yo ka retire moun yo soti nan fènwa pou mennen yo nan limyè, epi pou yo akonpli devwa Allah mete sou yo pou yo transmèt mesaj la epi byen esplike li. Allah Granmèt la di: Epi sonje lè Allah te pran yon angajman (kontra) nan men moun yo te bay Liv la (Savan yo ak moun ki gen konesans yo): Nou dwe esplike l byen klè bay moun yo, epi nou pa dwe kache li (fè li sekrè)...» [Al Imran: 187].

Objektif (vèsè) sa a se: pou avèti savan ki nan kominote (Ummah) sa a pou yo pa swiv menm chemen ak moun ki fè enjistis nan mitan moun yo te bay Liv la (Ahl al-Kitāb) yo, kote yo te konn kache laverite; paske yo te pito chwazi pwofite lavi sou tè a (sa kap pase vit la) pase yo chwazi lavi ki gen pou vini an (sa kap rete pou tout tan an). Epi Allah (ki gen tout pouvwa a) di: 159: «Anverite, moun ki kache sa nou te voye desann kòm prèv klè ak gidans (verite a), apre nou te fin esplike sa byen klè pou moun yo nan Liv la (Koran an); moun sa yo, Allah ap ba yo madichon, epi tout moun ki gen dwa bay madichon ap ba yo madichon tou.» 160: Esepte moun ki repanti yo, ki korije tèt yo, epi ki esplike (laverite a) klè. Moun sa yo, map aksepte repantans yo, e se Mwen menm ki toujou aksepte repantans lan, ki gen anpil mizèrikòd la. [Al-Baqarah: 159-160]. Vèsè Koran yo ak Hadith Pwofèt la montre ke rele moun vin jwenn Allah Granmèt la epi gide sèvitè yo sou sa yo te kreye pou li a se youn nan pi bon zak adorasyon yo ak devwa ki pi enpòtan yo, e ke se chemen Mesaje yo ak sila yo ki swiv yo jiska Jou Jijman an, jan Allah Granmèt la di: 33- Epi ki moun ki gen pi bèl pawòl pase moun ki rele (lòt moun) vin jwenn Allah, ki fè bon aksyon, epi ki di: "Mwen se youn nan Mizilman yo (moun ki soumèt tèt yo devan Allah)"? [Fussilat: 33], Men sa Senyè Pwisan e Majestye a di: 108: «Di (O Muhammad): "Men chemen mwen nan; map rele (moun yo) vin jwenn Allah ak yon konesans ki klè (ak prèv), mwen menm ansanm ak moun ki swiv mwen yo. Respè ak lwanj pou Allah (ki pa gen okenn defo)! Epi mwen menm, mwen pa fè pati moun kap bay Allah asosye (Mushrikīn) yo."» [108] [Yusuf: 108].

Epi Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Moun ki montre yon moun fè sa ki byen, lap genyen menm rekonpans ak moun ki fè l a.» [104] «Pou Allah gide yon sèl moun atravè ou, sa pi bon pou ou pase pi bon richès yo» [105] Epi, gen anpil lòt siy ak adit ankò nan menm sans lan. [104] Mouslim rapòte l, nimewo (1893). [105] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (3009), e Mouslim, anba nimewo (2406).

Enben, li nesesè (se yon devwa) pou moun ki gen konesans (savan yo) ak moun ki gen lafwa yo pou yo double efò yo nan travay pou rele moun vin jwenn Allah (subḥānahu wa-taʿālā), nan gide sèvitè Allah yo nan chemen kap sove yo a, epi nan avèti yo kont tout sa ki ka pèdi yo. Sitou nan epòk sa nap viv la kote pasyon (lanvi lachè) ap domine, kote move lide kap detwi moun ak pawòl kap twonpe moun gaye toupatou, kote moun kap rele moun nan verite a vin pa anpil, epi moun kap rele moun nan enkwayans (Ilḥād) ak nan lavi san lòd (imoralite) vini anpil. Se nan men Allah sèlman nou mande sekou; pa gen okenn fòs ni okenn pouvwa ki egziste si se pa ak pèmisyon Allah, Li menm ki pi Wo a, Li menm ki pi Gran an.

Chapit

«Konsènan rekòmandasyon pou miltipliye (ogmante) zak adorasyon yo (atout nou kapab).»

Li rekòmande pou pèleren yo toujou rete nan sonje Allah, obeyil, epi fè bon zèv pandan tout tan yo rete Mèk la, epi pou yo miltipliye lapriyè ak Tawaf bò kay sakre a; paske bon zèv yo miltipliye nan zòn sakre a, e peche yo ladan l grav anpil. Menm jan tou, li rekòmande pou yo miltipliye lapriyè ak salitasyon sou Mesaje Allah la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li).

Lè pèleren yo vle soti Lamèk, yo gen obligasyon pou yo fè 'Tawaf Al-Wadaa' (Tawaf orevwa a) bò kote Kay la; pou se dènye kontak yo avèk Kay la. Esèpte pou fanm ki gen règ li ak sa ki nan san aprè akouchman an; pa gen okenn 'Wadaa' (orevwa) pou yo 2 a; dapre hadith Ibn Abbas la, ke Allah satisfè 2 yo a, ki te di: «Yo te bay moun yo lòd pou dènye angajman yo se ak Kay Sakre a, sof ke yo te soulaje fanm ki gen règ li.»[106] [106] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (1755), ak Mouslim, anba nimewo (1328).

Lè li fin fè seremoni orevwa a nan Kay la epi li vle soti nan Moske a, fòk li ale tou dwat devan li jiskaske li soti, epi li pa dwe mache an bak; paske sa pa yon bagay ki soti nan men Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) ni nan men konpayon li yo. Plito, se youn nan inovasyon (bid'a) ki envante yo. Epi Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di: «Moun ki fè yon aksyon ki pa sou lòd nou an, li rejte» [107]. Epi li te di (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): «Mefye nou de tout nouvote, paske tout nouvote se yon bid'a, e tout bid'a se yon egareman» [108]. [107] Sous li te deja mansyone. [108] Rapòte pa Mouslim, daprè Jabir bin Abdoullah, ke Allah satisfè avè l', nimewo (867).

Nou mande Allah pou li ban nou fèmete sou relijyon li a, epi pwoteksyon kont tout sa ki opoze li. Anverite, li se Sila a ki donan an, Sila a ki jenere a.

Chapit

Sou règleman pou fè vizit ak bon kondwit ki genyen ladan l.

Epi se yon Sounah pou vizite moske Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) anvan Hajj la oswa aprè li; poutèt sa ki otantifye nan 2 Sahih yo daprè Abou Hourayra (ki pou Allah satisfè avè l), ki te di: Mesaje Allah la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di: Yon lapriyè nan moske mwen sa a pi bon pase mil lapriyè nan nenpòt lòt moske, sof Moske Sakre a. Epi, bò kote Ibn Oumar (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Yon lapriyè nan Masdjid mwen sa a pi bon pase mil lapriyè nan nenpòt ki lòt, sof Masdjid Al-Haram» [110] Rapòte pa Mouslim, Epi soti bò kote Abdullah ibn Az-Zubayr (Ke Allah satisfè de li), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Yon lapriyè nan moske mwen sa a pi bon pase mil lapriyè nan lòt moske yo, sof Masjid al-Haram (Moske Sakre a), epi yon lapriyè nan Masjid al-Haram pi bon pase san lapriyè nan moske mwen sa a» [111] Rapòte pa Ahmad, Ibn Khuzaymah, ak Ibn Hibban. [109] Rapòte pa Al-Bukhari, nimewo (1190), ak Muslim, nimewo (1394). [110] Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (1395). [111] Rapòte pa Ahmad, nimewo (4/5).

Epi, li soti nan Jabir (se pou Allah kontan avèk li), ke Mesaje Allah a (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di: Yon lapriyè nan moske mwen an sa a pi bon pase mil lapriyè nan lòt yo, sof Moske Sakre a, epi yon lapriyè nan Moske Sakre a pi bon pase san mil lapriyè nan lòt yo. [112] Rapòte pa Ahmad, epi Ibn Majah. Epi adit yo nan sans sa a anpil. [112] Rapòte pa Ibn Majah, nan nimewo (1406).

Lè vizitè a rive nan moske a, li rekòmande pou li mete pye dwat li anvan lè li ap antre, epi li di: "Nan non Allah, ak lapriyè ak lapè sou Mesaje Allah, mwen mande Allah ki Pwisan an pwoteksyon, ak fas Nob li a, ak Otorite Etènèl li a, kont dyab la yo chase a, O Allah, ouvri pou mwen pòt mizerikòd ou yo",

Se menm envokasyon sa a li fè lè lap antre nan tout lòt Moske yo, epi pa gen okenn envokasyon espesyal pou antre nan Moske li a (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li). Aprèsa, li priye 2 'Raka' kote li mande Allah ladan yo tout sa li vle nan bon bagay ki gen nan lavi sa a ak nan lavi kap vini an. Men si li priye yo nan 'Rawdah Charifa' a, se pi bon an; paske Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di: «Espas ki ant lakay mwen ak Minba mwen an, se yon jaden pami jaden Paradi yo» [113]. Aprèsa, apre lapriyè a, li vizite tonm Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li), ak tonm 2 konpayon li yo: Abu Bakr ak Omar (ki pou Allah satisfè avèk yo tou 2). Li kanpe devan tonb Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) avèk respè epi ak vwa li tou ba, aprèsa, li salye li (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) pandan li ap di: "Lapè sou ou, O Mesaje Allah, ak mizèrikòd Allah ak benediksyon li yo"; daprèsa ki nan Sunan Abu Dawud avèk yon bon chèn transmisyon, daprè Abu Hurayrah (ki pou Allah satisfè avè l) ki te di: Mesaje Allah la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di: «Pa gen pèsonn ki voye salitasyon sou mwen san Allah pa retounen nanm mwen ban mwen, poum ka retounen salitasyon an ba li» [114]. Epi si vizitè a di nan salitasyon li: "Lapè sou ou, O Pwofèt Allah, Lapè sou ou, O pi bon chwa Allah pami kreyati li yo, Lapè sou ou, O Chèf Mesaje yo ak Gid moun ki gen lakrentif pou Allah yo, Mwen temwaye ke ou te delivre Mesaj la, ou te remèt konfyans nan, ou te konseye nasyon an, epi ou te lite nan chemen Allah jan ou te dwe lite a" pa gen okenn pwoblèm nan sa; paske tout bagay sa yo se pami deskripsyon li yo (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li), epi li voye benediksyon sou li epi li fè priyè pou li; dapre sa ki deja etabli nan Lalwa Islamik la konsènan lejitimite pou mete ansanm benediksyon ak lapè sou li; annakò avèk pawòl li, Sila ki Pi Wo a: 56- An verite, Allah ak zanj Li yo voye benediksyon sou Pwofèt la. O, nou menm ki gen lafwa, voye benediksyon sou li, epi voye lapè sou li ak tout soumisyon. [Al-Ahzab: 56]. Aprèsa, li salye Abou Bakr ak Omar (ki pou Allah satisfè avèk yo 2 a), epi li priye pou yo 2 a, epi li mande satisfaksyon Allah pou yo d a. [113] Rapòte pa Al-Bukhari daprè Abdallah bin Zayd Al-Mazini anba nimewo (1195), ak Muslim anba nimewo (1390). [114] Rapòte pa Abou Dawoud, nimewo (2041).

Epi Ibn Omar (ke Allah satisfè de yo tou le 2), lè li te konn bay salam sou Mesaje Allah ak de konpayon li yo, pi souvan li pat konn di plis pase pawòl sa a: Lapè sou ou, O Mesaje Allah, Lapè sou ou, O Abou Bakr, Lapè sou ou, O papam Aprèsa, li ale.

Epi vizit sa a, se yon bagay ki preskri sèlman pou gason yo; kanta pou fanm yo, yo pa gen dwa vizite okenn tonb, jan sa sèten bò kote Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon allah kouvri li), kote li te di: Li (Allah oswa Pwofèt la ) bay madichon pou medam kap vizite kavo yo souvan, ak moun ki pran kavo sa yo pou yo fè moske sou yo, epi ki limen lanp (limyè) sou yo. [115] Rapòte pa Abou Dawoud, nimewo (3236).

Kanta pou desizyon vizite vil Medin pou moun al fè lapriyè nan Moske Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), pou fè lwanj ak demann nan moske sa a, oswa lòt bagay konsa ki pèmèt nan tout lòt moske yo; sa se yon bagay ki otorize pou tout moun, daprè sa ki te di nan adit (pawòl pwofèt la) nou te wè anvan yo.

Li rekòmande pou vizitè a priye 5 priyè yo nan Moske Pwofèt la (Lapè AK benediksyon Allah kouvri li), epi pou li miltipliye ladan li lwanj pou Allah, súplikasyon, ak lapriyè volontè; pou li ka pwofite gwo rekonpans ki gen nan sa.

Epi li rekòmande pou yon moun fè anpil priyè volontè (Nafila) nan 'Rawda' ki sen an (Jaden beni an); akòz sa ki te di deja nan adit ki fyab (Adit sa’i) sou valè kote sa a, kote Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: Sa ki ant kay mwen ak chèz kote m preche a (minbar), se yon jaden nan mitan jaden Paradi yo.[116] [116] Sous li (oswa referans li) te deja bay anvan sa.

Kanta pou lapriyè obligatwa yo, se pou vizitè a ak lòt moun yo prese pou yo ale ladanl, epi fè tout sa yo kapab pou yo nan premye ran an, paske gen plizyè adit otantik ki montre jan Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te ankouraje moun pou yo nan premye ran an, tankou pawòl li a (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li): « Si moun yo te konnen ki valè (benediksyon) ki genyen nan lanse apèl pou lapriyè (Azàn) ak nan kanpe nan premye ranje a, epi yo pa ta jwenn okenn lòt mwayen pou yo deside kilès kap fèl sof si yo fè tiraj osò, yo ta fè tiraj osò a san manke. » [117] Tout moun tonbe dakò sou li. Epi tankou lè li (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di konpayon li yo: «Avanse, swiv mwen, epi se pou sila ki dèyè nou yo swiv nou. Epi, yon moun pap sispann ret dèyè nan lapriyè a, jiskaske Allah mete li dèyè» [118] Rapòte pa Muslim. [117] Rapòte pa Mouslim, dapre Abou Sa`id Al-Khoudri, ke Allah satisfè avè l, anba nimewo (438). [118] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (615), ak Mouslim, anba nimewo (437).

Epi Abu Dawud rapòte, daprè Aicha (ke Allah satisfè avèk li), avèk yon bon chèn narasyon, ke Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: « Yon moun ap kontinye ret nan dèyè (li pap chache vin devan) nan premye ranje yo, jouk tan Allah va mete l dèyè nèt nan Lanfè. » [119] Epi sa sèten bò kote l (Pwofèt la) (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li), li te di pou konpayon li yo: «Èske nou pap fè ran menm jan zanj yo fè ran devan Senyè yo a?» Yo reponn: «O Mesaje Allah la, e kijan zanj yo fè ran devan Senyè yo a?» Li di: «Yo konplete premye ran yo, epi yo sere ran yo» [120] Rapòte pa Mouslim. [119] Mouslim rapòte l dapre Jabir ibn Samoura, nimewo (430). [120] Rapòte pa Abou Dawoud, nimewo (679), avèk tèks sa a: "Yon pèp p ap sispann rete dèyè premye ran an jiskaske Allah mete yo dèyè nan Dife a."

Gen anpil adit (pawòl Pwofèt la) ki ale nan sans sa a, epi yo valab pou moske Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ansanm ak tout lòt moske yo, kit se anvan yo te agrandi moske a, kit se aprè agrandisman an. Li rapòte ak tout prèv li (Sahih) kote Pwofèt la te konn ankouraje konpayon l yo pou yo pran plas nan pati dwat ranje yo. Epi li klè ke pati dwat ranje yo nan premye moske Pwofèt la te konn deyò zòn Rawda a. Sa fè nou konprann ke bay enpòtans ak premye ranje yo ansanm ak pati dwat ranje yo, se yon bagay ki pase anvan enpòtans nou bay Rawda a. Konsa, veye pou moun toujou nan premye ranje yo oswa sou bò dwat la, gen plis valè pase chache priye nan Rawda a sèlman. Sa se yon bagay ki klè pou nenpòt moun ki byen gade adit ki ekri sou sijè sa a. Se Bondye sèl k ap bay siksè."

Li pa pèmèt pou pèsonn fote kòl sou chanm nan, oswa bo li, oswa fè wonn li; paske aksyon sa a pa rapòte de bon zansèt yo, okontrè, se yon bid'a ki kondane.

Okenn moun pa gen dwa mande Pwofèt la pou li akonpli yon bezwen, retire yon moun nan yon pwoblèm, geri yon moun ki malad, oubyen lòt bagay konsa; paske tout bagay sa yo, se sèlman nan men Allah yon moun dwe mande yo. Epi, mande moun ki mouri yo bagay sa yo se bay Allah asosye e se adore yon lòt bagay pase Li. Epi relijyon Islam lan bati sou 2 prensip:

Premye a: Pou pa gen anyen yo adore sof Allah li menm sèl.

Dezyèm: Se pou adorasyon fèt sèlman daprè sa Mesaje a te esplike.

Epi se sa ki siyifikasyon temwayaj ke pa gen lòt dye pase Allah sèlman, epi ke Muhammad se mesaje Allah.

Se konsa, okenn moun pa gen dwa mande Pwofèt la — ke lapè ak benediksyon Allah sou li — entèsesyon; paske se pou Allah sèlman li ye — Li menm ki san defo a —, donk, se li menm sèl yo dwe mande li, menm jan Allah — ki anwo nan syèl la — di sa: Di: «Se pou Allah tout entèsesyon an ye...» [Az-Zoumar: 44] Lè sa a, ou di: "O Allah, fè Pwofèt ou a entèsede pou mwen, fè zanj ou yo ak sèvitèw yo ki gen lafwa entèsede pou mwen. O Allah, fè timoun mwen yo ki mouri piti yo entèsede pou mwen", ak lòt pawòl ki sanble ak sa. Men kanta moun ki mouri yo, ou pa dwe mande yo anyen, ni pou yo entèsede pou ou, ni anyen lòt, kit yo te pwofèt, kit yo pa t pwofèt; paske sa pa te lejifere, epi tou, paske zèv yon moun ki mouri koupe, eksepte sa Lejislatè a (Allah) te fè eksepsyon pou li.

Epi nan Sahih Muslim, bò kote Abi Hurayrah (ke Allah satisfè de li) li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Lè pitit Adan an mouri, zèv li yo kanpe eksepte pou 3 bagay: yon charite kap kontinye, oswa yon konesans moun benefisye de li, oswa yon pitit ki dwat kap priye pou li» [121]. [121] Rapòte pa Mouslim, daprè Abou Houreira, ke Allah satisfè de li, anba nimewo (1631).

Rezon ki fè li otorize pou yon moun mande Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) pou li entèfere (fè chafaa) pou li pandan li te vivan epi nan jou jijman an, se paske li gen kapasite pou li fè sa; paske li ka avanse devan Mèt li pou l fè demand pou moun ki mandel la. Kanta pou lavi sou tè a, sa se yon bagay ki klè, epi se pa yon bagay ki rezève pou li sèlman; okontrè, sa valab pou li ak pou tout lòt moun. Yon mizilman gen dwa di frè l: 'Entèsede (fè chafaa) pou mwen bò kot Mèt mwen pou tèl oswa tèl bagay,' sa vle di: 'Lapriyè Allah pou mwen.' Epi moun yo di sa a gen dwa mande Allah epi entèsede pou frèl la, si sa yap mande a se yon bagay Allah pèmèt moun mande.

Men, nan Jou Jijman an, pèsonn pa ka plede (entèsede) sof apre pèmisyon Allah ki sen anpil la, jan Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: Kilès ki ka plede (entèsede) devanl si se pa avèk pèmisyon li? [Al-Baqarah:255].

Kanta pou eta lanmò a, se yon kondisyon ki espesyal nèt. Nou pa gen dwa konpare li ak jan yon moun te ye anvan li mouri, ni ak jan lap ye aprèl fin leve soti vivan nan lanmò (Rezirèksyon). Paske, aksyon yon moun ki mouri sispann, epi li prizonye tout sa li te fè (li depann de sa li te simen), eksepte sa lalwa Allah a (Charia) mete kòm eksepsyon. Mande mò pou yo entèsede (fè chafaa) pou nou, se pa yon bagay lalwa Allah a mete kòm eksepsyon, donk nou pa gen dwa konpare li ak lòt ka yo. Pa gen dout nan sa, apre lanmò li, Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Bondye sou li) vivan nan yon lavi 'Barzak' (lavi nan tonm) ki pi pafè pase lavi mati yo. Men, lavi sa a pa menm jan ak lavi li te genyen anvan l mouri a, ni li pa menm jan ak lavi l ap genyen nan jou Jijman an. Okontrè, se yon lavi ki gen yon nati ak yon fòm se Allah sèl ki konnen l. Se poutèt sa, nou te wè nan adit la pawòl Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) kote li te di: «Pa gen pèsonn ki voye Salam sou mwen san Allah pa remèt mwen nanm mwen poum ka reponn li Salam nan» [122]

Sa montre klèman ke li te mouri, epi nanm li te kite kò li, men Allah fè nanm nan tounen jwenn li lè yon moun voye salitasyon (Salam) pou li. Tèks nan Koran an ak nan Tradisyon an (Sounna) ki montre Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te mouri, se bagay tout moun konnen, epi tout savan (moun ki gen konesans) dakò sou sa. Men, sa pa anpeche li gen yon lavi 'Barzak' (lavi nan tonm), menm jan lanmò mati yo pa anpeche yo gen lavi Barzak pa yo a, jan sa ekri nan pawòl Allah a ki di: 169: E pa janm panse moun yo touye nan chemen Allah yo mouri. Okontrè, yo vivan bò kote Senyè yo a kote yap resevwa pwovizyon. [Al Imran: 169]. [122] Rapòte pa Abou Dawoud, nimewo (2041).

Rezon ki fè nou antre an detay sou kesyon sa a, se paske te gen yon gwo nesesite pou sa, poutèt gen anpil moun kap simen konfizyon nan chapit sa a, epi kap envite moun nan Chirk ak nan adorasyon mò yo apa Allah. Kidonk, nou mande Allah poul pwoteje nou, nou menm ak tout Mizilman yo, kont tout sa ki kontrè ak lwa li a. Epi se Allah ki konnen pi byen.

Kanta pou sa kèk vizitè konn fè, lè yo monte vwa yo tou prè kavo li a (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li), epi yo rete kanpe la twò lontan, sa kontrè ak sa ki rekòmande nan lalwa; paske Allah, Glwa pou Li, te entèdi nasyon an pou yo pa monte vwa yo pi wo pase vwa Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li), epi pou yo pa pale fò avè li menm jan youn konn pale fò ak lòt, e Li te ankouraje yo pou yo bese vwa yo lè yo bò kote li, nan pawòl Li, ki Elve a: O nou menm ki kwè! Piga nou leve vwa nou pi wo pase vwa Pwofèt la, epi piga nou pale fò avèk li menm jan nou konn pale youn ak lòt, pou aksyon nou yo pa anile san nou pa rann nou kont. 3 : Anverite, moun sa yo ki bese vwa yo devan Mesaje Allah la, se moun sa yo menm Allah teste kè yo pou krentif la. Yap jwenn padon epi yon gwo rekonpans. Sourat Al-Hujurat vèsè 2 a 3

Paske, rete kanpe lontan bò kavo Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li), ak repete salitasyon an anpil fwa, sa mennen gwo foul moun, anpil bri, ak vwa moun ki ap monte bò kavo li a (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li); e sa ale kont sa Allah preskri pou Mizilman yo nan vèsè sa yo ki klè. Nou dwe respekte li (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li), kit li vivan, kit li mouri. Konsa, yon kwayan pa dwe fè anyen bò kavo li a ki kontrè ak bon kondui lalwa Islamik la mande.

Epi se menm jan an tou pou sa kèk vizitè ak lòt moun fè, lè yo chache fè dou'a bò tonbo li a, yo vire fas yo bay tonbo a epi yo leve men yo ap priye. Tout bagay sa yo se kontrè ak chemen zansèt vètye yo, ki se konpayon Mesaje Allah a ak sila yo ki te swiv yo nan byen. Okontrè, sa se pami inovasyon yo envante nan relijyon an (Bid'a), epi Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di: Se pou nou swiv fason mwen viv (Sounna mwen) ak fason Chèf (Kalif) ki byen gide yo ki pral vin apre m yo. Kenbe li fèm, epi mòde ladanl ak tout fòs dan dèyè nou. Atansyon ak tout bagay nèf (moun envante nan relijyon an), paske chak bagay nèf yo envante se yon inovasyon (Bida), epi chak inovasyon se yon pèdi chemen (erè). [123] Rapòte pa Abou Dawoud dapre adit Al-Irbad ibn Sariyah, nimewo (4607).

Epi li te di (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): «Moun ki envante nan relijyon nou an sa ki pa fè pati de li, li rejte»[124] «Moun ki fè yon zèv ki pa nan zafè nou, zèv sa a rejte»[125]. [124] Referans li te site deja. [125] Referans li pase deja.

Epi Ali Ibn Al-Hussein Zayn Al-Abidin (ki pou Allah satisfè avèk yo toulède) te wè yon mesye kap fè priyè bò tonbo Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), epi li te defann li fè sa, epi li di: Èskem pa ta dwe rakontew yon adit ke mwen te tande de papam, de granpapa m, de Mesaje Allah (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), ke li te di: «Piga nou pran tonb mwen kòm yon festival, ni fè kay nou yo tounen tonb, epi priye pou mwen, paske anverite salitasyon nou yo ap rive jwenn mwen kèlkeswa kote nou ye»[126]. [126] Narasyon Zayn al-Abidin, Cheikh la atribye li bay Al-Hafiz Al-Maqdisi ki te rapòte adit la san istwa a, epi Ahmad nan Al-Musnad (2/367).

Menm jan an tou, sa kèk vizitè fè lè yap salye li (Pwofèt la) (Lapè ak benediksyon Allah kouvri li), kote yo mete men dwat yo sou men gòch yo anlè lestonmak yo oswa anba li, tankou pozisyon moun kap priye a — pozisyon sa a pa pèmèt, ni lè yap salye li (Pwofèt la) (Lapè ak benediksyon Allah kouvri li), ni lè yp salye lòt moun tankou wa yo, chèf yo ak lòt moun ankò; paske se yon pozisyon imilyasyon, soumisyon ak adorasyon ki fèt sèlman pou Allah. Se menm jan Al-Hafiz Ibn Hajar (ke Allah gen mizèrikòd pou li) te rapòte sa nan liv 'Al-Fath' la sou pawòl savan yo. Epi, bagay sa a klè anpil pou nenpòt moun ki medite sou sijè a e ki gen kòm objektif pou li suiv direksyon Salaf as-Salih yo (zansèt ki jis yo).

Men, pou moun ki kite tèt di, move dezi yo, ak swiv lòt moun zye fèmen domine yo, epi ki gen move panse sou moun kap rele nan chemen zansèt vètye yo, enben ka moun sa a nan men Allah li ye. Nap mande Allah pou li ban nou, ansanm avèl, gidans ak siksè pou nou bay verite a priyorite sou tout lòt bagay. Anverite, se li menm — lwanj pou Li — ki pi bon pou moun mande.

Menm jan an tou, sa kèk moun konn fè, kote yo kanpe byen lwen epi yo vire fas yo gade kote tonmmb beni an ye a, pandan yap remye bouch yo pou voye salitasyon (Salam) oswa pou fè kout lapriyè (Doua); tout sa yo se menm kalite bagay nèf (inovasyon) nou te wè anvan yo. Yon mizilman pa dwe janm ajoute nan relijyon li sa Allah pat otorize. Avèk jan de aksyon sa yo, moun nan pi pre meprizan (Jafa) pasel prè lanmò ak senserite. Imam Malik (ke Allah gen pitye pou li) te kondane aksyon sa a ak lòt ki sanble avè l, epi li te di: Dènye pati pèp sa a (kominote mizilman an) pap janm ka nan bon eta, si se pa menm bagay ki te mete premye pati a nan bon eta a ki sèvi l. » [127] "[127] Ighathat al-Lahfan fi Masayid al-Shaytan (Volim 1 / Paj 363)."

Epi li klè pou tout moun, sa ki te mete premye pati pèp sa a (kominote a) nan bon eta, se paske yo te mache selon chemen (Minhadj) Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), ak Chèf (Kalif) ki te byen gide yo, ak konpayon li yo Allah te aksepte yo, ansanm ak moun ki te swiv yo ak tout kè yo. Konsa tou, dènye pati pèp sa a pap janm ka nan bon eta, si se pa paske yo kenbe fèm nan chemen sa a, epi yo mache ladan l tou."

Se pou Allah bay Mizilman yo siksè pou yo ka jwenn delivrans, bònè, ak lonè sou tè sa a ak nan lavi aprè lanmò a. Anverite, li se Gran Donatè a, Sila ki plen Jenerozite a.

Avètisman" oswa "Atansyon"

Jijman sou vizit tonbo Pwofèt la (benediksyon ak lapè Allah sou li)

Vizite tonbobPwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) pa yon obligasyon ni se pa yon kondisyon nan Hadj la, jan kèk moun nan pèp la ak lòt ki tankou yo panse sa. Okontrè, se yon aksyon ki rekòmande pou moun ki vizite Moske Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li), oswa pou moun ki tou prè li.

Kanta pou moun ki lwen vil Medina a, li pa dwe antreprann yon vwayaj sèlman nan entansyon pou li vizite tonbo a, men sa ki Sounnah pou li se poul antreprann vwayaj la nan entansyon poul ale nan Moske Nob la. Lè li rive ladann, li vizite Tonbo Nob la ak tonbo 2 konpayon yo, epi vizit pou tonbo li a (benediksyon ak lapè Allah sou li) ak pou 2 konpayon li yo vin fèt kòm konsekans vizit Moske li a (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li). Sa se poutèt sa ki otantifye nan de liv 'Sahih' yo, ke Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di: Nou pa dwe prepare vwayaj (ak entansyon espesyal pou n al adore nan yon moske) eksepte pou n al nan twa (3) moske sèlman: Moske Sakre a (nan Lamèk), moske mwen an (nan Medin), ak Moske Al-Aqsa a (nan Jerizalèm). [128] [128] Rapòte pa Al-Boukhari dapre Abou Hourayra anba nimewo (1189), ak Mouslim anba nimewo (1397).

Si se te yon bagay ki te pèmèt nan relijyon an pou yon moun ta fè yon vwayaj espesyalman poul vizite tonbo li a (benediksyon ak lapè Allah sou li), oswa tonbo yon lòt moun, li tap montre Kominote a sa, epi li tap gide yo sou gwo merit ki genyen ladanl; paske se li menm ki te pi bon konseye pou moun, ki te gen plis konesans sou Allah, ak sila ki te gen plis krentif pou Li a. Li te transmèt Mesaj la yon fason ki klè, li te montre kominote li a tout sa ki byen, epi li te avèti yo kont tout sa ki mal. Kouman sa ta fè posib, alòske li te menm avèti pou moun pa fè vwayaj espesyal pou ale yon lòt kote pase twa Moske yo, lè l te di: Piga nou pran tonb mwen pou yon fèt, ni pa fè kay nou yo tounen tonb. Voye lapriyè sou mwen, paske anverite, lapriyè nou yo rive jwenn mwen kèlkeswa kote nou ye.[129] [129] Referans li te site deja.

Epi, pawòl ki di li pèmèt nan lalwa pou moun vwayaje espesyalman pou al vizite tonm li a (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li), sa mennen moun pran l kòm yon kote pou fèt, epi sa lakoz sa Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te pè a rive; ki se egzajerasyon ak lwanj ki depase limit. Se nan sa menm anpil moun deja tonbe, poutèt kwayans yo ki fè yo kwè li pèmèt nan lalwa pou vwayaje al vizite tonm li a (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li).

Kanta pou Hadit yo rapòte nan chapit sa a, sa moun ki di li pèmèt pou fè yon vwayaj espesyal pou ale nan tonb li a (benediksyon ak lapè Allah sou li) pran kòm prèv, se Hadit ki gen chèn transmisyon ki fèb; okontrè, se Hadit ki fabrike. Menm jan gwo savan Hadit yo te deja fè konnen feblès yo; tankou al-Daraqutni, al-Bayhaqi, ak Hafiz Ibn Hajar ak lòt moun ankò. Kidonk, li pa pèmèt pou yo sèvi ak Hadit sa yo pou kontredi Hadit ki sèten yo, ki montre li entèdi pou yon moun fè yon vwayaj espesyal pou ale yon lòt kote ki pa twa Moske yo.

Men pou moun kap li a, kèk nan Adit ki fabrike nan chapit sa a; pou li ka rekonèt yo epi poul pran prekosyon pou li pa kite yo twonpe l:

Moun ki fè pèlerinaj (Hadj), epi li pa vizitem, se yon moun ki meprizem (oswa ki sèvim mal)

Epi dezyèm nan se: "Moun ki vizitem aprè lanmòm, se kòmsi li te vizitem pandan mwen te vivan."

Twazyèm pwen an: «Moun ki vizitem epi ki vizite papam Ibrahim nan yon sèl ane, mwen garanti li Paradi devan Allah».

Katriyèm pwen an se: «Moun ki vizite tonb mwen, entèsesyon mwen vin yon dwa pou li.»

Konsa, adit sa yo ak lòt ki sanble ak yo, pa gen okenn ladan yo ki soti tout bon nan bouch Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li).

Al-Hafidh Ibn Hajar te di nan (At-Talkhis) - aprè li mansyone pi fò nan rapò yo -: Tout chèn Adit sa a yo fèb.

Epi Al-Hafiz Al-'Uqayli te di: Pa gen anyen ki otantik nan chapit sa a.

Cheikh al-Islam Ibn Taymiyyah — se pou Allah gen pitye pou li — te deklare ak tout sètitid ke tout adit sa yo se bagay yo fabrike. Epi temwayaj li a sifi nèt, lè nou konsidere konesans li, memwa li, ak gwo savwa li.

Si youn nan bagay sa yo te gen yon fondman ki solid, se Konpayon yo (se pou Allah kontan ak yo) ki t ap premye moun ki t ap metel an pratik, ki tap esplikel bay kominote a, epi ki tap envite yo pou yo swiv li; paske se yo menm ki pi bon moun aprè Pwofèt yo, se yo ki te gen plis konesans sou limit Allah yo ak sa li preskri pou sèvitè li yo, epi se yo ki te pi sensè pou Allah ak kreyati li yo. Piske pa gen anyen konsa ki rapòte de yo, sa montre ke se pa yon bagay ki preskri nan relijyon an.

Menm si yon bagay ladan yo ta otantik, li tap obligatwa pou nou konprann sa kòm vizit ki pèmi nan relijyon an, kote yon moun pa fè yon vwayaj espesyal sèlman pou tonm nan; sa a se pou nou ka rekonsilye ant diferan adit (hadith) yo. Epi se Allah, Li menm ki San Defo e ki Egzalte a, ki konnen pi byen.

Chapit

Sou rekòmandasyon pou vizite Moske Kouba (Qouba) ak simityè Al-Baki (Al-Baqi).

Li rekòmande pou moun ki vizite vil Madina pou li vizite Moske Kouba a epi pou li priye ladan li daprè sa ki rapòte nan 2 Sahih yo nan adit Ibn Omar (se pou Allah satisfè ak yo 2 a), li te di: «Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn vizite Moske kouba a, ni sou bèt, ni a pye, e li te konn fè 2 rakat ladan li.»[130]. [130] Rapòte pa Al-Boukhari, nimewo (1193), e Mouslim, nimewo (1399).

Epi, bò kote Sahl bin Hanif (ke Allah satisfè de li), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: Moun ki fè pirifikasyon li nan kay li, aprèsa li ale nan moske Quba epi li fè yon lapriyè ladan li, se menm valè ak yon Omra (ti pelerinaj) [131]. [131] Rapòte pa Ibn Majah, nan nimewo (1412).

Se Sounah pou li vizite tonb yo nan simityè 'Al-Baqi' a, ak tonb Chouhada (mati) yo, ak tonb Hamza (ki pou Allah satisfè avè l); paske Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te konn vizite yo epi li te konn priye pou yo, e daprè pawòl Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li): «Vizite tonb yo, paske vrèmanvre yo ap raple nou Lòt lavi a» [132]. Rapòte pa Muslim. [132] Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (976).

Epi Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn anseye konpayon li yo pou yo di lè yo vizite tonm yo: «Lapè sou nou, O abitan demè sa yo pami kwayan yo ak Mizilman yo, e sètènman nou menm, si Allah vle, nou pral rejwenn nou, nou mande Allah byennèt pou nou ak pou nou» [133]. Mouslim rapòte l nan adit Soulayman ibn Bouraydah, de papa li. [133] Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (975).

Epi Tirmidhi rapòte soti nan Ibn Abbas — se pou Allah kontan avèk yo toulède— li te di: Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te pase bò kot tonb Medina yo, li vire fas li nan direksyon yo epi li te di: «Lapè sou nou, O abitan tonbo yo, ke Allah padone nou menm ak nou menm tou, nou se predesesè nou yo e nou menm nap swiv dèyè» [134]. [134] Rapòte pa At-Tirmidhi, anba nimewo (1035).

E nan hadit sa yo, nou aprann ke vizit ki nan lalwa a pou tonb yo gen kòm objektif pou moun sonje Lòt lavi a, fè byen pou moun ki mouri yo, fè priyè (Dua) pou yo, epi mande mizèrikòd pou yo.

Kanta pou vizit yo fè nan entansyon pou fè priyè (Dua) bò tonb yo, oswa pou rete adore bò kote yo, oswa pou mande yo pou yo satisfè bezwen oubyen geri moun ki malad, oswa pou mande Allah atravè yo oswa atravè estati yo, ak lòt bagay konsa, enben, vizit sa a se yon inovasyon ki rejte, ke ni Allah, ni Mesaje li a pa t janm mete nan lalwa, epi zansèt vètye yo (ke Allah satisfè avèk yo) pat janm fèl. Okontrè, se yon pratik rejte ke Mesaje a (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te entèdi, lè li te di: «Vizite tonb yo, e pa di move pawòl» [135]. [135] Rapòte pa Mouslim, daprè Ibn Bourayda, daprè papa li, nimewo (977).

Epi tout bagay sa yo nou mansyone a, yo tout se bida (inovasyon nan relijyon an), men yo pa nan menm nivo. Genyen ladan yo ki se bida men se pa chirk; tankou envoke Allah bò tonb yo, epi mande li poutèt dwa oswa grad yon moun ki mouri, ak lòt bagay ki sanble ak sa. Epi gen lòt ladan yo ki se pi gwo fòm chirk la, tankou envoke mò yo epi chache sekou nan men yo, ak lòt bagay konsa.

Epi yo te deja bay yon eksplikasyon detaye sou sa nan sa ki te vini anvan yo. Kidonk, fè atansyon epi pran prekosyon. Epi mande Mèt ou a poul ba ou siksè ak gidans pou w ka rive sou verite a, paske se Li menm ki bay siksè a epi ki se Gid la, pa gen okenn divinite apa li, epi pa gen okenn lòt Mèt an deyò de Li.

Sa a se dènye pati nou te vle ekri (oswa dikte). Lwanj pou Allah nan konmansman ak nan lafen. Epi, ke benediksyon Allah poze sou sèvitèl la, mesaje li a, sila a li chwazi pami tout kreyatil yo, ki se Muhammad; ansanm ak sou fanmi li, sou konpayon li yo, ak sou tout moun ki swiv yo ak tout kè yo (nan bon chemen an) jouk jou Jijman an.