Skip to content

O Allah, mete yon distans ant mwen menm ak pechem yo, menm jan Ou mete distans ant kote solèy leve ak kote solèy kouche.

Daprè Abu Hurayrah (ke Allah satisfè ak li), li te di:

Lè Mesaje Allah a (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te konn fè Takbir nan lapriyè, li te konn fè yon ti silans anvan li kòmanse lekti a. Epi mwen di: "O Mesaje Allah, mwen ta bay papam ak manmanm pou ou, kisa ou konn di nan silans ou fè ant Takbir (deklare grandè Allah) ak lekti a?" Li te di: «Mwen di: O Allah, mete distans ant mwen menm ak pechem yo, menm jan ou mete distans ant Lès ak Lwès. O Allah, netwayem anba pechem yo, menm jan yo netwaye yon rad blan anba salte. O Allah, lavem anba pechem yo avèk nèj, dlo, ak lagrèl.»

كَانَ رَسُولُ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ، إِذَا كَبَّرَ فِي الصَّلَاةِ، سَكَتَ هُنَيَّةً قَبْلَ أَنْ يَقْرَأَ، فَقُلْتُ: يَا رَسُولَ اللهِ بِأَبِي أَنْتَ وَأُمِّي أَرَأَيْتَ سُكُوتَكَ بَيْنَ التَّكْبِيرِ وَالْقِرَاءَةِ، مَا تَقُولُ؟ قَالَ «أَقُولُ: اللهُمَّ بَاعِدْ بَيْنِي وَبَيْنَ خَطَايَايَ كَمَا بَاعَدْتَ بَيْنَ الْمَشْرِقِ وَالْمَغْرِبِ، اللهُمَّ نَقِّنِي مِنْ خَطَايَايَ كَمَا يُنَقَّى الثَّوْبُ الْأَبْيَضُ مِنَ الدَّنَسِ، اللهُمَّ اغْسِلْنِي مِنْ خَطَايَايَ بِالثَّلْجِ وَالْمَاءِ وَالْبَرَدِ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Lè Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te fin di Allahu Akbar poul kòmanse lapriyè a, li te konn fè yon ti silans tou kout anvanl li sourat Al-Fatiha, kote li te konn kòmanse lapriyèl la avèk kèk priyè ouvèti (Du'a al-Istiftah), epi pami priyè sa yo ki te rapòte, li te konn di: «O Allah, mete yon distans ant mwen menm ak pechem yo, menm jan Ou mete distans ant kote solèy leve ak kote solèy kouche. O Allah, netwaye mwen de pechem yo, menm jan yo netwaye yon rad blan pou retire tout tach sou li. O Allah, lave pechem yo ak dlo, ak lanèj, epi ak lagrèl», Li fè lapriyè pou mande Allah Toupwisan an pou li mete yon distans ant li menm ak peche yo pou li pa tonbe ladan yo—yon distans total kote yo pap janm rankontre, menm jan solèy leve ak solèy kouche pap janm rankontre; epi si li ta rive tonbe ladan yo, pou Allah netwayel epi retire yo sou li menm jan yo retire salte sou yon rad blan; epitou pou Allah lavel de peche li yo epi etenn chalè ak flanm peche sa yo avèk eleman pirifikasyon sa yo ki fre: dlo, nèj, ak lagrèl.

Siyifikasyon mo yo

هُنَيْهَة: قليل من الزمان. والمراد هنا: أن يسكت سكتة لطيفة.

Pami benefis Hadith la

Fè 'Doua Al-Istiftah' (priyè pou ouvri lapriyè a) an silans, menm si lapriyè a fèt a vwa wo.

Konpanyon yo (se pou Allah satisfè ak yo) te bay anpil enpòtans pou yo konnen eta Mesaje a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) nan mouvman li yo ak nan moman repo li yo.

Gen lòt fòm ki rapòte pou 'Doua Al-Istiftah' (priyè pou ouvri lapriyè a), epi sa ki pi bon an, se pou moun nan swiv fòm priyè ouvèti (Istiftah) ki rapòte epi ki sèten ki soti nan Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li), pou li fè yon fason pafwa, epi yon lòt fason pafwa.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (1/ 149) (744).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 419) (598).

Plis (6)

الإلمام بشرح عمدة الأحكام.

لإسماعيل الأنصاري (1/ 118).

تيسير العلام شرح عمدة الأحكام.

للبسام (ص143).

تنبيه الأفهام شرح عمدة الأحكام.

لابن عثيمين (2/ 186).