Kijan Pwofèt (Muhammad)la (ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn fè lapriyè li.
Kijan Pwofèt (Muhammad)la (ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn fè lapriyè li.
Liv 'Kijan Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn fè lapriyè li' se yon rezime Gran Savan Chek Abdoul Aziz bin Baz (ke lapè pou nanm li)te ekri. Nan liv sa a, li esplike fason Pwofèt la te konn priye ak yon fason ki senp epi ki egzak anpil, pandan li baze sou tèks ki kòrèk yo (Hadit). Liv sa a sèvi kòm yon gid pou ede Mizilman yo nan lapriyè yo. Li moutre tout poto fèm yo, pratik ki rekòmande yo (Sounah), ak tout etap lapriyè a depi nan pran dlo (Woudou) jouk nan salitasyon final la. Li makonnen prèv yo ak eksplikasyon klè, pou envite moun swiv Pwofèt la nèt ale nan pi gwo…
Kijan Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn fè lapriyè li.
Eminans Cheik la
Abdulaziz ibn Abdullah ibn Baz
Nan non Allah ki gen anpil mizèrikòd, epi ki gen anpil konpasyon an .
Lwanj pou Allah sèlman, epi lapè ak benediksyon pou sèvitè li ak Mesaje li, Pwofèt nou an, Mouhammad(Ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li), ansanm ak fanmi li ak tout konpanyon li yo. Apre sa :
Men kèk mo tou kout pou esplike kijan Pwofèt la (Ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li ) te konn fè lapriyè li. Mwen te vle prezante yo bay tout gason ak tout fanm mizilman, pou konsa, chak moun ki li yo kapab fè jefò pou yo swiv egzanp li nan sa; paske Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah kouvri li te di:Priye menm jan nou te wè map priye a.Men esplikasyon sa a pou moun kap li a:[1] Rapòte pa Al-Bukhari, nimewo (605).
Epi jan Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li)te di:(Pa gen lapriyè ki aksepte san pirifikasyon) [2].[2] Mouslim rapòte l,
Epi jan Pwofèt la (Ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di moun ki pa te byen fè lapriyè li a:Lè ou kanpe pou ou al fè lapriyè, fè woudou (pirifikasyon)ou byen fèt.[3] Rapò
2. Moun kap priye a dwe vire fas li bò kote Kibla a (ki se Kaaba a), kote li ye a, ak tout kò li. Li dwe gen entansyon nan kè li pou lapriyè li pral fè a, kit se yon lapriyè obligatwa oswa yon lapriyè volontè . Li pa dwe pwononse entansyon an ak bouch li, paske pwononse entansyon an ak bouch pa nan lalwa relijyon an, okontrè se yon bagay yo envante ki pa nan relijyon an, paske Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li)pa te janm pwononse entansyon li, ni konpanyon li yo (ki pou Allah satisfè ak yo) pa te fè sa. Moun nan dwe mete yon 'Soutrah' (yon mak devan li) si li se yon Imam oswa si lap priye pou kont li. Vire fas bò kote Kibla a se yon kondisyon pou lapriyè a valab, an wetan kèk ka espesyal ki byen esplike nan liv savan yo.
3. Li di 'Takbirat al-Iram' la, lè li di: 'Allahu Akbar' (Allah se pi gran an), pandan li ap gade ak zye li kote li pral mete fwon li atè a (kote li pral fè pwostènasyon an).
4. Li leve 2 men li pandan li ap di 'Takbir' la, rive nan nivo zepòl li yo oswa nan nivo zòrèy li yo.
5. Li mete men li sou lestonmak li: li mete men dwat li sou do men gòch li, sou jwenti ponyèt la ak sou bra a; paske sa se yon bagay ki sèten ki soti nan pratik Pwofèt Muhammad (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li).
6-Li se yon pratik ki rekòmande (Sounah) pou moun nan li yon 'Doua Al-Istiftah' (priyè pou ouvri lapriyè a), ki se :O Allah! Mete yon distans ant mwen menm ak peche mwen yo, menm jan ou mete yon distans ant kote solèy la leve ak kote solèy la kouche. O Allah! Netwaye mwen de pechem yo menm jan yo netwaye yon rad blan lè li gen kras sou li. O Allah! Lave pechem yo ak dlo, ak lanèj, epi ak lagrèl).Se Boukari ki rapòte li nan nimewo (744), ak Mouslim, nan nimewo (598).
Epi, si li vle, li kapab di sa a tou nan plas lòt la:O Allah, glwa pou ou ak lwanj pou ou, non ou gen benediksyon, grandè ou anlè nèt, epi pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon an wetan ou menm.Si li itilize lòt fòm priyè ouvèti (Istiftah) ki sèten ki soti nan Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li)pa gen pwoblèm nan sa. Men, sa ki pi bon an, se pou li fè yon fason pafwa, epi yon lòt fason pafwa; paske sa se fason ki pi konplè pou yon moun swiv Pwofèt la. Apre sa, li di: 'Mwen mande Allah pwoteksyon kont dyab la yo chase a' (A'ouzou billah), 'Nan non Allah ki gen anpil mizèrikòd, ki gen anpil konpasyon' (Bismillah), epi li li Sourat Al-Fatiha, paske Pwofèt la(lapè ak benediksyon Allah kouvri li)te di:"Pa gen lapriyè pou yon moun ki pa li chapit ki ouvri liv la (Al-Fatiha).Epi apre sa, li di: 'Amiiin'—fò ak vwa li nan lapriyè ki fèt fò yo, epi dousman nan kè li nan lapriyè ki fèt an sekrè yo. Apre sa, li sa ki fasil pou li nan Koran an. Li pi bon pou li li apre Al-Fatiha, nan lapriyè zour (midi), Asr (apremidi), ak Icha (lannwit), kèk sourat ki nan mitan pati 'Moufassal' la; nan lapriyè Fajr , li dwe li sourat ki pi long yo; epi nan lapriyè Magreb (nan kouche solèy), pafwa li li sourat ki long, pafwa li li sourat ki kout, pou li kapab swiv tout adit ki egziste sou sa.[5] Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (399).Se Al-Boukari ki rapòte li, nan nimewo (756).
7. Li fè 'Ruku' (li panche kò li) pandan li ap di 'Allahu Akbar' epi l ap leve 2 men li rive nan nivo zepòl li oswa zòrèy li. Li dwe mete tèt li nan menm nivo ak do li (pou do li dwat), epi li mete men li sou jenou li ak dwèt li yo louvri. Li dwe pran pozisyon sa a ak kalm (san prese), epi li di: 'Subhana Rabbiyal 'Adhim' (Glwa pou Mèt mwen ki gen anpil grandè). Li pi bon pou li repete sa 3 fwa oswa plis, epi li rekòmande pou li di touGlwa pou Ou o Allah, Mèt nou, ak lwanj pou Ou. O Allah! Padone peche m yo)[7] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (817), ak Mouslim, anba nimewo (484).
8. Li leve tèt li soti nan pozisyon 'Ruku' a (pozisyon kote li te panche a), pandan lap leve 2 men li rive nan nivo zepòl li oswa zòrèy li, epi lap di:Allah koute sila ki fè lwanj pou li.Si li se yon Imam (moun kap dirije lapriyè a) oswa si lap priye pou kont li—epi pandan li ap kanpe dwat la, li di:O Senyè nou, tout louwanj se pou ou yon louwanj ki anpil, ki pi e ki beni, ki ranpli syèl yo ak tè a, epi ki ranpli tout sa ou vle apre sa.Rapòte pa Al-Bukhari, nimewo (711), ak Muslim, nimewo (598).
Li rekòmande pou chak moun nan yo — sa vle di Imam nan, moun kap priye dèyè li a (Mamoum), ak moun ki ap priye pou kont li a — mete men li sou lestonmak li, menm jan li te fè sa pandan li te kanpe anvan li te panche a (Ruku). Sa se paske gen prèv ki sèten ki montre sa soti nan Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah kouvri li), nan adit Wa'il bin Houjr ak Sahl bin Sa'd (se pou Allah satisfè ak yo 2 a).
9. Li desann pou li fè pwostènasyon (Soudjoud) pandan li ap di 'Allahu Akbar'. Li dwe mete jenoul atè anvan menl, si sa fasil pou li. Men, si sa difisil pou li, li ka mete men li anvan jenoul. Li dwe vire pwent dwèt pye li yo ak pwent dwèt men li yo bò kote 'Kibla' a, pandan lap kole dwèt men li yo ansanm epi lap lonje yo (bò kote tèt li). Li dwe apiye sou 7 pati nan kòl: fwon li ansanm ak nen li, 2 pla men li yo, 2 jenou li yo, ak anba dwèt pye li yo. Li di: 'Subhana Rabbiyal A'la' (Glwa pou Mèt mwen ki pi wo a). Li rekòmande (Sounah) pou li di sa 3 fwa oswa plis, epi li bon pou li di tou.(Glwa pou Ou, O Allah, Seyè nou an, e tout louwanj se pou Ou, O Allah, padonem),Epi se pou li miltipliye dou'a, dapre pawòl Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li):Kanta pou 'Ruku' a (lè nou panche a), se pou nou bay Mèt la glwa ladan li(fè lwanj pou grandè Li). Men kanta pou 'Soudjoud' la (lè nou mete fwon nou atè a), se pou nou fè anpil jefò nan fè priyè ladan li,paske se nan moman sa a li plis kapab pou Allah reponn nou.Rapòte pa Mouslim, nimewo (479).
Epi li mande Senyè li a pou byenfè lavi isiba ak lavi aprè lanmò.Kit lapriyè a se yon lapriyè obligatwa oswa yon lapriyè volontè . Li dwe kenbe bra li yo lwen kòt li, li kenbe vant li lwen kwis li, epi kwis li lwen janm li. Epitou, li dwe leve 2 bwa li(soti nan koud rive nan ponyèt) pou yo pa touche tè a, paske Pwofèt la(ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li)te di:Kenbe kò nou nan yon bon pozisyon pandan nap fè 'Soudjoud' la, epi piga okenn nan nou lonje 2 bra li atè plat menm jan yon chen lonje pat liRapòte pa Al-Boukhari, nimewo (788), e Mouslim, nimewo (493).
10- Li leve tèt li pandan lap di: Allahou akbar, epi li kouche pye goch li atè epi li chita sou li, epi li drese pye dwat li, epi li poze 2 men li yo sou kwis li yo ak sou jenou li yo, epi li di:Mèt mwen! Padonem, gen mizèrikòd pou mwen, gadem pou ou ,gidem, ban mwen mwayen pou mwen viv, ban mwen lasante, epi ranplase sa mwen pèdi yo/ranfòsem.Epi li dwe pran pozisyon sa a (chita a) ak kalm (san prese).Rapòte pa Tirmidhi, nimewo (284), Abou Dawoud, nimewo (850), ak Ibn Mājah, nimewo (898).
11. Li fè dezyèm pwostènasyon an (Soudjoud) pandan lap di 'Allahu Akbar', epi li fè menm jan li te fè nan premye pwostènasyon an.
12. Li leve tèt li pandan lap di 'Allahu Akbar', epi li chita yon ti moman tou kout, menm jan li chita ant de pwostènasyon yo; yo rele chita sa a 'Jalsat al-Istiraha' (ti chita pou pran souf). Li se yon pratik ki rekòmande,men si yon moun pa fè li, pa gen okenn peche nan sa. Pa gen okenn pawòl espesyal ni priyè (doua) pou yo di nan moman sa a. Apre sa, li leve kanpe pou li fè dezyèm 'Raka' a (dezyèm sik la) pandan lap apiye sou jenou li si sa fasil pou li. Si sa difisil pou li, li ka apiye men li atè pou li leve. Apre sa, li li Sourat Al-Fatiha ak sa ki fasil pou li nan Koran an, epi li fè tout mouvman yo menm jan li te fè nan premye 'Raka' a.
13- Si lapriyè a gen 2 'Raka' sèlman — sa vle di 2 sik — tankou lapriyè Fajr (priyè maten an) lapriyè Vandredi (Joumaa), oswa lapriyè de Fèt yo (Eid); apre moun nan fin leve soti nan dezyèm pwostènasyon (Soudjoud) an, li chita: li kite pye dwat li kanpe sou zòtèy li, epi li chita sou pye gòch li ki kouche plat . Li mete men dwat li sou kwis dwat li, li fèmen tout dwèt li yo eksepte endèks la (dwèt kap montre a) pou li fè siy kap raple Inisite Allah a (Tawhid). Si li prefere fèmen de dènye ti dwèt li yo, epi li fè yon sèk ak pous li ak dwèt mitan an pandan lap lonje endèks la, sa se yon bon bagay tou; paske de fason sa yo sèten ki soti nan Pwofèt la. Li pi bon pou li fè yon fason pafwa, epi lòt fason an yon lòt lè. Li mete men gòch li plat sou kwis gòch li ak sou jenou li, epi li li 'Tachahoud' la nan pozisyon sa a, ki se:(Tout salitasyon se pou Allah, ak lapriyè yo, ak tout bon bagay yo. Lapè sou ou, O Pwofèt, ak mizerikòd Allah ak benediksyon li yo. Lapè sou nou, ak sou sèvitè Allah ki dwat yo. Mwen temwaye ke pa gen okenn divinite eksepte Allah, epi mwen temwaye ke Muhammad se sèvitè Li ak mesaje Li),Apre sa, li di:(O Allah, voye elòj ou sou Mouhammad e sou fanmi Mouhammad, menm jan ou te voye elòj ou sou Ibrahim e sou fanmi Ibrahim; an verite, Ou diy de louwanj, Ou glorye. Epi beni Mouhammad e sou fanmi Mouhammad, menm jan ou te beni Ibrahim e sou fanmi Ibrahim; an verite, Ou diy de louwanj, Ou glorye) .[13] Rapòte pa Al-Bukhari, anba nimewo (797), ak Muslim, anba nimewo (402).
Apre sa, li fè priyè lap mande Allah tout sa li vle nan bon bagay ki gen nan lavi sa a ak nan lavi kap vini an. Si li priye pou paran li, oswa pou lòt musulman, pa gen okenn pwoblèm nan sa — kit lapriyè a se yon lapriyè obligatwa , kit li se yon lapriyè volontè . Sa se poutèt sa Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di nan yon fason jeneral nan adit Ibn Mas'oud la (ki pou Allah satisfè avè l), lè li tap anseyel 'Tachahoud' la:"(Apre sa, pou li chwazi pami siplikasyon yo sa ki pi agreyab pou li a, epi pou li sipliye) .E nan yon lòt vèsyon:(Apre sa, se pou li chwazi sa li vle pou li mande)Rapòte pa An-Nasa'i, anba nimewo (1298).Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (402).
Epi sa a gen ladanl tout bagay ki ka itil sèvitè a (kwayan an) nan lavi sou tè sa a ak nan lavi kap vini an.Apre sa, li bay 'Salam' (salitasyon) sou bò dwat li epi sou bò gòch li, pandan lap di: 'Assalamou Alaykoum wa Rahmatoullah' (Se pou lapè Allah ak mizèrikòd li sou nou), 'Assalamou Alaykoum wa Rahmatoullah'.
Epi li di 'Subhanallah' (Glwa pou Allah ) 33 fwa, li di 'Alhamdulillah' (Lwanj pou Allah ) 33 fwa, epi li di 'Allahu Akbar' (Allah pi gran) 33 fwa. Poul ka rive nan san (100), li di: 'Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, Li sèl, Li pa gen asosye. Se pou Li tout pouvwa a ye, se pou Li tout lwanj yo ye, epi Li gen pouvwa sou tout bagay'. Apre sa, li li 'Ayat al-Kursi', epi li li Sourat 'Al-Ikhlas' (Qul huwa Allahu Ahad), Sourat 'Al-Falaq', ak Sourat 'An-Nas' apre chak lapriyè. li rekòmande pou li repete 3 dènye sourat sa yo 3 fwa wa aprè lapriyè 'Fajr' (lapriyè nan maten an)ak apre lapriyè 'Maghrib' (aswè); paske gen adit ki soti nan Pwofèt la ki montre sa. Tout pawòl sa yo (Adhkar) se 'Sounah' (bagay ki rekòmande), yo pa obligatwa."
Li preskri pou chak mizilman gason ak mizilman fi pou yo priye anvan salat Dhuhr 4 raka epi apre li 2 raka, epi apre salat Maghrib 2 raka, epi apre salat Isha 2 raka, epi anvan salat Fajr 2raka. Sa fè yon total douz raka. Yo rele raka sa yo Rawatib; paske Pwofèt la te konn fè yo regilyèman lè li pa te an vwayaj.Kanta pou lè li nan vwayaj, Pwofèt la (Lapè AK benediksyon Allah kouvri li)te konn kite lapriyè volontè sa yo, esepte 2 rak'a ki fèt anvan lapriyè Fajr la ak lapriyè 'Witr' la. Paske, li menm (benediksyon ak lapè Allah sou li) te toujou kenbe 2 sa yo fèm, kit li te lakay li, kit li te nan vwayaj. Sa ki pi bon an, se pou yon moun fè lapriyè 'Rawatib' sa yo ak 'Witr' la lakay li; men si li fè yo nan Moske a, pa gen okenn pwoblèm nan sa, paske Pwofèt la te di:"Meyè lapriyè yon moun se nan kay li, sof lapriyè obligatwa a.Rapòte pa Al-Boukhari, nimewo (6860).
E obsèvasyon regilye rak'at sa yo se pami mwayen pou antre nan Paradi, daprè pawòl Pwofèt la (ke lapriyè ak lapè Allah desann sou li):Moun ki priye douz raka nan yon jou ak yon nwit, yo va bati pou li yon kay nan Paradi.Rapòte pa Mouslim, nan nimewo (728).
E si li priye 4 anvan Asr, ak 2 anvan lapriyè Maghrib, ak 2 anvan lapriyè Isha, sa se yon bon bagay; paske gen rapò otantik ki soti bò kot Pwofèt la ki endike sa. E si li priye 4 aprè Dhuhr ak 4 anvan li, sa se yon bon bagay; poutèt pawòl li (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li).Moun ki obsève regilyèman 4 rak'ah anvan Dhuhr, ak 4 aprè li, Allah ap fè kò li sakre pou Dife a.Sa vle di, li ajoute 2 'Raka' anplis sou lapriyè 'Sounah Rawatib' ki fèt aprè Dhuhr la. Paske, 'Sounah Rawatib' nòmal la se 4 'Raka' anvan Dhuhr epi 2 'Raka' aprè li.
Konsa, si li ajoute 2 lòt 'Raka' aprè sa (sa vin fè 4 apre), lap jwenn rekonpans ki mansyone nan adit Oum Habibah la (ki pou Bondye satisfè avè l).[21] Rapòte pa Ahmad, nimewo (25547), at-Tirmidhi, nimewo (393), ak Abou Dawoud, nimewo (1077).
Epi se nan men Allah sèl siksè a soti (se Li ki bay siksè). Se pou benediksyon ak lapè Allah sou Pwofèt nou an, Muhammad bin Abdullah, sou fanmi li, sou konpanyon li yo, ak sou tout moun ki swiv chemen li ak senserite jouk jou jijman an.
Pwofèt islam nan, Mouhammad, ke benediksyon ak lapè Allah poze sou li.
79 languages
Pwofèt islam nan, Mouhammad, ke benediksyon ak lapè Allah poze sou li.
Liv ki pote tit 'Pwofèt Islam nan, Mouhammad (ke benediksyon ak lapè Allah poze sou li) egzamine lavi Pwofèt Mouhammad (ke benediksyon ak lapè Allah poze sou li ), depi nan ras li ak janl te grandi, rive nan maryaj beni li ak kòmansman revelasyon an ki te make kòmansman dènye mesaj li a. Liv la montre prèv ak siy ki sètifye li se yon pwofèt tout bon vre, epi li esplike lwa (Charia) li te pote a ansanm ak wòl li nan pwoteje dwa ak diyite moun. Epitou, liv la mete aksan sou pozisyon advèsèl yo ak temwayaj yo te bay sou li, pandan lap klere bèl kalite moral li yo ki fèl tounen yon modèl pou moun…
Yon gid pratik tou kout sou fason pou akonpli lapriyè a, pou nou ka adore Allah ak konesans, epi pou lapriyè nou an kapab konplè avèk tout pilye l ak kondisyon li yo. Fason pou fè lapriyè a. Si nou vle fè lapriyè, se pou nou pwòp nèt. Sa vle di, nou dwe retire tout sa ki ka gate ablisyon nou, kit se ti mankman yo, kit se gwo mankman yo ki mande pou nou benyen nèt. Epi, nou dwe priye ak rad ki pwòp nèt, rad ki kouvri tout pati nan kò nou relijyon an mande pou nou kache yo. Fòk kò nou ak kote nap fè lapriyè a pwòp nèt, san okenn tras salte ki ka gate lapriyè a Nou vire fas nou nan direksyon…
Liv "Leson enpòtan pou tout pèp la" (Al-Dourous al-Mouhimmah) se yon ti liv ki kout men ki gen yon valè ki pa gen parèy. Se gwo savan Cheikh Abdel Aziz bin Baz (Allah gen pitye pou li) ki te prepare l pou sèvi kòm yon gid solid pou chak kwayan mizilman. Nan liv sa a, li pale sou fondasyon relijyon an ak tout pilye li yo : depi nan Inisite Allah a (Allah pa gen Asosye), Lafwa (Iman), ak Islam, rive nan règleman sou pwòpte (Tahara), Lapriyè (Salat), ak bèl konpòtman yon mizilman dwe genyen (Adab). Li montre aklè tou sa pou nou evite, tankou bay senyè toupwisan asosye (Chirk) ak fè peche. Li…
Liv sa a eksplike prensip fondamantal lafwa yo ki gen ladan yo: kwè nan Allah, nan zanj li yo, nan liv li yo, nan pwofèt li yo, nan jou dènye a, ak nan desten. Liv la prezante prensip de baz yon mizilman dwe kwè ak jan li dwe aji daprè yo. Li mete aksan sou enpòtans pou yon moun ranfòse relasyon li ak Allah atravè yon konpreyansyon pwofon sou kwayans islamik la.