Skip to content

2 pawòl ki lejè sou lang lan, ki lou nan balans lan (nan jijman an), epi ki chè nan kè Allah.

Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«2 pawòl ki lejè sou lang, ki lou nan balans lan, ke Sila a ki gen anpil Mizèrikòd la renmen anpil: Glwa pou Allah ki Gran an, Glwa pou Allah ansanm ak lwanj pou Li».

«كَلِمَتَانِ خَفِيفَتَانِ عَلَى اللِّسَانِ، ثَقِيلَتَانِ فِي الْمِيزَانِ، حَبِيبَتَانِ إِلَى الرَّحْمَنِ: سُبْحَانَ اللهِ الْعَظِيمِ، سُبْحَانَ اللهِ وَبِحَمْدِهِ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te enfòme sou 2 pawòl moun pwononse san difikilte nan nenpòt ki sikonstans, epi rekonpans yo gran nan Balans lan, epi Mèt nou an, Sila ki gen anpil mizèrikòd la, ki beni epi ki egzalte a, renmen yo : Glwa pou Allah ki Gran an, Glwa pou Allah ansanm ak lwanj pou Li; paske yo gen ladan yo jan yo dekri Allah ak grandè ak pèfeksyon, epi yo deklare Li pa gen okenn defo, Limenm ki gen benediksyon epi ki anlè nèt.

Siyifikasyon mo yo

.....:

Pami benefis Hadith la

Pi gwo envokasyon Allah a se sa ki rasanble nan li: glorifye non senyè toupwisan an ak fè lwanj pou Li.

Sa montre gwo kè sansib (mizèrikòd) Allah ki laj pou sèvitè li yo, kote se Li menm ki rekonpanse yon ti aksyon ak yon gwo rekonpans (gwo kado).

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (8/ 86) (6406).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2072) (2694).

Plis (4)

منحة العلام في شرح بلوغ المرام.

لعبد الله الفوزان (10/ 480).

فتح ذي الجلال والإكرام بشرح بلوغ المرام.

لابن عثيمين (6/ 519).