Nenpòt moun ki di: "Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, Li sèl, li pa gen asosye. Se pou Li tout pouvwa a ye, se pou Li tout lwanj yo ye, epi Li gen pouvwa sou tout bagay," 10 fwa
Daprè Abou Ayoub (ke Allah satisfè de li), soti bò kote Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ki te di:
« Nenpòt moun ki di: "Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, Li sèl, li pa gen asosye. Se pou Li tout pouvwa a ye, se pou Li tout lwanj yo ye, epi Li gen pouvwa sou tout bagay," 10 fwa, lap tankou yon moun ki libere 4 moun pami pitit Ismayil yo. »
«مَنْ قَالَ: لَا إِلَهَ إِلَّا اللهُ وَحْدَهُ لَا شَرِيكَ لَهُ، لَهُ الْمُلْكُ وَلَهُ الْحَمْدُ وَهُوَ عَلَى كُلِّ شَيْءٍ قَدِيرٌ، عَشْرَ مِرَارٍ كَانَ كَمَنْ أَعْتَقَ أَرْبَعَةَ أَنْفُسٍ مِنْ وَلَدِ إِسْمَاعِيلَ».
Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè konnen ke nenpòt moun ki di: «Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, Li sèl, li pa gen asosye. Se pou Li tout pouvwa a ye, se pou Li tout lwanj yo ye, epi Li gen pouvwa sou tout bagay», epi sans li se: pa gen okenn lòt moun oswa bagay ki merite pou yo adorel tout bon vre pase Allah sèlman ki pa gen okenn asosye, epi se pou Li menm ki sen an sèlman tout pouvwa a ye nèt, epi se Li ki merite lwanj ak konpliman ansanm ak lanmou ak grandè, e non pa nenpòt lòt moun oswa lòt bagay, epi Li gen pouvwa, pa gen anyen ki ka depasel. Donk, moun ki repete gwo zikr sa a 10 fwa nan yon jou; lap jwenn menm rekonpans ak yon moun ki libere 4 esklav pami desandan Ismail pitit gason Ibrahim nan, lapè ak benediksyon sou yo, epi li espesifye desandan Ismail yo, lapè sou li; paske yo pi nòb pase lòt moun yo.
Merit la ak vèti ki gen nan dhikr envokasyon sa a ki gen ladan li fason li mete Allah Toupwisan an apa nan divinitel, nan souverèntel, nan louwanj li, ak nan tout pouvwal.
Moun ki dil youn aprè lòt oswa separe ap jwenn rekonpans zikr sa a.
Sahih Al-Bukhari (8/ 86) (6404).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2071) (2693).
Plis (8)
توضيح الأحكام من بلوغ المرام.
للبسام (7/ 533).
منحة العلام في شرح بلوغ المرام.
لعبد الله الفوزان (10/ 399).
فتح ذي الجلال والإكرام.
لابن عثيمين (6/ 465).
سبل السلام بشرح بلوغ المرام.
للصنعاني (2/ 703).
Cited in books
4 BooksPlis (3)
- الذكر والدعاء والعلاج بالرقي من الكتاب والسنة"من قال لا إله إلا الله وحده لا شريك له، له الملك، وله الحمد، وهو على كل شيء قدير عشر مرار. كان كمن أعتق أربعة أنفس من ولد إسماعيل".
- تحفة الأخيار تحفة الأخيار (ببيان جملة نافعة مما ورد في الكتاب والسنة من الأدعية والأذكار)«مَنْ قَالَ: لَا إِلَهَ إِلَّا اللهُ وَحْدَهُ لَا شَرِيكَ لَهُ، لَهُ الْمُلْكُ وَلَهُ الْحَمْدُ وَهُوَ عَلَى كُلِّ شَيْءٍ قَدِيرٌ، عَشْرَ مِرَارٍ كَانَ كَمَنْ أَعْتَقَ أَرْبَعَةَ أَنْفُسٍ مِنْ وَلَدِ إِسْمَاعِيلَ» [14]
- شرح الأصول الثلاثة«مَنْ قَالَ: لَا إِلَهَ إلَّا اللَّهُ خَالِصًا مِنْ قَلْبِهِ»