الإسلام - نبذة موجزة عن الإسلام (مشتملة على الأدلة)
Islam Yon brèf apèsi sou Islam jan sa te vini nan Koran an ak nan Tradisyon Pwofèt la (Sunna). Yon liv enpòtan ki gen ladan li yon definisyon brèf sou Islam, ki montre prensip fondamantal li yo, ansèyman li yo ak bèl kalite li yo, apati sous orijinal li yo ki se Koran an ak Sounna Pwofèt la . Liv sa a adrese a tout moun (mizilman kou moun ki pa mizilman) nan pwòp lang pa yo, nan tout tan ak tout kote, kèlkeswa sikonstans ak kondisyon yo. Yon vèsyon ki gen ladan li tout prèv ki soti nan Koran an ak nan Tradisyon Pwofèt la (Sunna). 1- Islam se mesaj Allah pou tout limanite, se mesaj divin ki…
This PDF is generated automatically from the book's text; its layout may differ from the printed edition.
Islam
Yon brèf apèsi sou Islam jan sa te vini nan Koran an ak nan Tradisyon Pwofèt la (Sunna).
Yon liv enpòtan ki gen ladan li yon definisyon brèf sou Islam, ki montre prensip fondamantal li yo, ansèyman li yo ak bèl kalite li yo, apati sous orijinal li yo ki se Koran an ak Sounna Pwofèt la . Liv sa a adrese a tout moun (mizilman kou moun ki pa mizilman) nan pwòp lang pa yo, nan tout tan ak tout kote, kèlkeswa sikonstans ak kondisyon yo.
Yon vèsyon ki gen ladan li tout prèv ki soti nan Koran an ak nan Tradisyon Pwofèt la (Sunna).
1- Islam se mesaj Allah pou tout limanite, se mesaj divin ki etènèl la, epi se dènye mesaj ki soti bò kote Seyè a:
Islam se mesaj Allah pou tout moun nèt. Allah ki gen tout pouvwa a di: Nou pa te voye ou (Muhammad) sinon pou tout limanite nèt, pou pote bon nouvèl epi pou avèti yo; men pifò moun pa konnen sa. Sourat Saba, Vèsè 28 Men sa Allah di tou: Di: O nou menm lèzòm! Anverite, mwen se Mesaje Allah pou nou tout nèt. [Al-A’raf:158]. Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: O nou menm lèzòm! Vrèmanvre, Mesaje a vin jwenn nou ak laverite ki soti bò kote Seyè nou an. Kidonk, se pou nou kwè, sa va pi bon pou nou. Men si nou pa kwè, konnen byen, tout sa ki nan syèl yo ak sou tè a se pou Allah. Epi Allah konn tout bagay, Li gen anpil bon konprann. [An-Nisa:170].
Islam se mesaj divin ki la pou tout tan an, epi li se fen (kloti) tout mesaj ki soti nan men Allah yo. Allah ki gen tout pouvwa a di: Muhammad pa papa okenn nan gason pami nou, men li se Mesaje Allah epi li se dènye nan tout pwofèt yo. Epi Allah konnen tout bagay nèt ale. [Al-Ahzab:40].
2- Epi Islam se pa yon relijyon ki rezève pou yon sèl ras oswa yon sèl pèp, men pito se relijyon Allah pou tout moun nèt:
Epi Islam se pa yon relijyon ki rezève pou yon sèl ras oswa yon sèl pèp, men pito se relijyon Allah pou tout moun nèt, epi premye kòmandman ki nan gran Koran an se pawòl Allah ki gen tout pouvwa a lè li di: O nou menm lèzòm! Adore Mèt (Allah) nou an, Li menm ki te kreye nou ak moun ki te la anvan nou yo, pou nou kapab gen krentif pou Li. [Al-Baqarah:21]. Men sa Allah di tou: O nou menm lèzòm! Gen krentif pou Mèt (Allah ) nou an, Li menm ki te kreye nou soti nan yon sèl moun (Adan), epi ki te kreye madanm li soti nan li menm tou, epi ki te gaye soti nan yo 2 a anpil gason ak anpil fanm. [An-Nisa:1]. Epi daprè Ibn Oumar (se pou Allah satisfè avèk yo 2 a) , Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè yon prèch pou pèp la jou konkèt Lamèk la epi li te di: O nou menm lèzòm! Allah retire nou nan mitan nou lògèy ak vante tèt ki te gen nan tan linyorans lan (Jahiliyya), kote moun yo tap vante tèt yo poutèt zansèt yo. Moun sou latè divize an 2 kategori sèlman: yon moun ki fè sa ki byen, ki gen krentif pou Allah epi ki gen anpil valè devan senyè toupwisan an ; ak yon moun ki mechan, ki malere (nan nanm li) epi ki san valè devan Allah .Tout moun se pitit Adan yo ye, epi Allah te kreye Adan ak pousyè. Senyè toupwisan an di: Rapòte pa At-Tirmidhi, nimewo (3270). Ou pap jwenn ni nan kòmandman nòb Koran an, ni nan kòmandman Pwofèt la (pè e benediksyon Allah kouvri li), okenn lwa ki fèt espesyalman pou yon pèp oswa yon gwoup, pou bay preferans pou orijin yo, nasyonalite yo, oswa ras yo.
3- Lislam se mesaj divin ki te vini pou konplete mesaj pwofèt ak mesaje ki te vini anvan yo (lapè ak benediksyon sou yo) te pote bay pèp pa yo.
Lislam se mesaj ki soti bò kote Allah la, ki te vini pou konplete mesaj pwofèt ak mesaje ki te la anvan yo (lapè ak benediksyon Allah sou yo tout) te pote bay pèp pa yo. Allah ki gen tout pouvwa a di: Anverite, Nou voye revelasyon ba ou (Muhammad) menm jan Nou te voyel bay Noe ak tout pwofèt ki te vini aprè li yo. Nou te voye revelasyon tou bay Abraram, Ismayèl, Izarak, Jakòb ak douz tribi yo, Jezi, Jòb, Jonas, Arawon ak Salomon. Epi Nou te bay David liv ki rele Zabou (Sòm) a. [An-Nisa:163]. Epi relijyon sa a, Allah te revele li bay Mesaje a, Muhammad (benediksyon ak lapè Allah sou li), se menm relijyon an li te mete kòm lwa pou pwofèt anvan yo, epi li te rekòmande yo li. Allah ki gen tout pouvwa a di: 13: Li (Allah ) etabli pou nou nan relijyon an, menm chemen li te kòmande Noe a. Se menm chemen sa a tou Nou te revele ba ou (Muhammad), epi se sa menm Nou te kòmande Abraram, Moyiz ak Jezi; pou nou kenbe relijyon an djanm epi pou nou pa divize ladan l. Sa wap envite moun kap adore zidòl yo a sanble twò lou pou yo. Allah chwazi pou tèt li moun Li vle, epi Li gide nan chemen li an moun ki tounen vin jwenn Li ak tout kè yo.. [Ash-Shura:13]. Epi sa Allah te revele bay Mesaje Mouhammad (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) se yon konfimasyon pou Liv selès ki te vini anvan li yo, tankou Tora ak Labib, anvan yo te chanje yo, jan Allah ki gen tout pouvwa a te di: Epi sa nou revele ba ou nan Liv la (Koran an), se li menm ki laverite a; li la pou li konfime sa ki te la anvan li yo. Anverite, Allah konnen sèvitè li yo byen net epi li wè tout sa y ap fè. [Fatir:31].
4- Pwofèt yo (lapè sou yo tout), relijyon yo se youn sèlman, men lwa (sharia) yo diferan:
Relijyon pwofèt yo (kè poze sou yo) se yon sèl, men fason yo te aplike lalwa yo te diferan, Allah ki gen tout pouvwa a di: Epi Nou voye Liv la (Koran an) ba ou avèk laverite, poul konfime liv ki te la anvan li yo epi pou li sèvi kòm temwen ak pwotèktè sou yo. Se pou ou jije nan mitan yo dapre sa Allah voye desann, epi pa swiv dezi yo pouw ta vire do bay laverite ki te vini jwenn ou an. Pou chak moun pami nou, Nou etabli yon lalwa ak yon chemen pou nou swiv. Si Allah te vle, Li tap fè nou tounen yon sèl pèp (nan yon sèl lalwa), men Li fè sa pou li ka sonde nou nan sa Li te ban nou an. Konsa, se pou nou fè kous pou nou fè sa ki byen. Se bò kote Allah ou tout ap tounen ansanm, epi lè sa a, lap fè nou konnen sa nou te konn diskite sou yo a. [Al-Ma'idah:48]. Epi Mesaje a,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: « Mwen se moun ki pi pwòch Jezi, pitit Mari a, nan lavi sou tè sa a ak nan lòt lavi a. Pwofèt yo se frè menm papa; manman yo diferan (sa vle di lwa yo diferan), men relijyon yo se youn sèlman. » Se Al-Bukhari ki rapòte l anba nimewo (3443).
5- Menm jan ak tout pwofèt yo — tankou Noe, Abraram, Moyiz, Salomon, David ak Jezi (lapè sou yo tout) — Islam rele moun pou yo gen lafwa epi kwè se Allah ki sèl Mèt la. Se Li ki Kreye tout bagay, se Li ki bay lavi, se Li ki bay manje ak richès, se Li ki bay lanmò, epi se Li ki sèl chèf ki gen kontwòl tout kreyasyon an. Se li menm kap dirije tout sa kap pase, epi Li gen anpil bonte ak kè sansib.
Lislam envite moun yo menm jan ak tout pwofèt yo: Noe (Nouh), Abraram (Ibrahim), Moyiz (Moussa), Salomon (Soulayman), David (Daoud), ak Jezi (Issa) — pou yo gen lafwa ke sèl Mèt ki egziste a se Allah, Kreyatè a, Sila a ki bay manje a, Sila a ki bay lavi a, Sila a ki bay lanmò a, epi ki se sèl chèf sou tout sa ki egziste. Se li menm kap jere tout bagay; epi li se Sila a ki plen bonte ak konpasyon an. Allah ki anwo nèt la di: O nou menm lèzòm! Sonje tout byen (favè) Allah fè pou nou. Èske gen yon lòt kreyatè anplis Allah ki ka ban nou manje ak richès ki soti nan syèl la ak sou tè a? Pa gen lòt Allah ki merite adorasyon pase Li. Nan kondisyon sa a, ki jan nou fè kite yo twonpe nou konsa? [Sourat Fatir, vèsè 3] Men sa Allah di tou: Di: «Kilès ki ban nou rezèv nou ki soti nan syèl la ak sou tè a? Kilès ki mèt zòrèy nou ak zye nou? Kilès ki fè sak vivan soti nan sa ki mouri, epi ki fè sa ki mouri soti nan sa ki vivan? Epi kilès kap dirije tout bagay?» Yap reponn san mank: «Se Allah». Lè sa a, di: «Ebyen, èske nou pap gen krentif pou Li?» (Sourat Younous, vèsè 31) Men sa Allah di tou: Oubyen, kilès sa a ki kòmanse kreyasyon an, epi kap refè li ankò (aprè lanmò)? Epi kilès sa a ki ban nou manje ak richès ki soti nan syèl la ak sou tè a? Èske gen yon lòt dye ansanm ak Allah ? Di yo: Pote prèv nou si se sa kap di a se laverite. (Sourat An-Naml, vèsè 64)
Tout pwofèt yo ak mesaje yo (kè poze sou yo) te voye ak apèl pou moun adore Allah sèlman, jan Allah Granmèt la di: Anverite, Nou te voye yon mesaje nan chak nasyon pou di yo: 'Adore Allah sèlman, epi rete lwen tout fo dye(zidòl) '. Gen ladan yo Allah te gide, epi gen lòt ki te merite pèdi chemen an. Konsa, vwayaje sou tè a pou nou wè ki jan sa te fini pou moun ki te di se manti yo tap bay yo. Sourat An-Nahl (vèsè 36) Men sa Allah di tou: Nou pa te voye okenn mesaje anvan ou (Muhammad) san Nou pa te revelel sa: 'Anverite, pa gen lòt dye ki merite adorasyon pase Mwen (Allah). Konsa, se Mwen menm sèl pou nou adore'. (Sourat Al-Anbiya, vèsè 25) Men sa Allah rapòte konsènan Noé, se pou lapè sou li, ke li te di: O pèp mwen! Adore Allah sèlman, nou pa gen okenn lòt dye anplis Li. Anverite, mwen pè pou nou yon chatiman nan yon gwo jou (Jou Jijman an). (Sourat Al-A'raf, vèsè 59) Epi men sa zanmi Allah la, Abraram, lapè ak benediksyon Allah sou li –jan Allah te rapòte sa konsènan li a,te di: Epi Sonje Abraram, lè li te di pèp li a: 'Adore Allah sèlman epi gen krentif pou Li. Sa se pi bon bagay pou nou, si nou ta konnen'. (Sourat Al-Ankabut, vèsè 16) Epi pwofèt Salih (lapè sou li) te di — jan Allah fè nou konnen sa: Li te di: 'O pèp mwen! Adore Allah sèlman, nou pa gen okenn lòt dye anplis li. Anverite, yon prèv klè soti nan Mèt nou an rive jwenn nou. Men fenmèl chamo Allah a, se yon siy pou nou. Kitel manje sou tè Allah a, epi piga nou fè li okenn mal, sinon yon chatiman kap fè nou mal anpil ap tonbe sou nou'. Sourat Al-A'raf, vèsè 73) Pwofèt Chouyèb (lapè poze sou li) te deklare tou — jan Allah rapòte sa nan pawòl Li: Li te di: 'O pèp mwen! Adore Allah sèlman, nou pa gen okenn lòt dye anplis Li. Anverite, yon prèv klè soti nan Mèt nou an rive jwenn nou. Konsa, bay tout moun sa ki pou yo lè nap mezire ak lè nap peze; pa devalorize (pa vòlò) byen lòt moun, epi pa vin simen dezòd sou tè a aprè Allah fin metel nan lòd. Sa se pi bon bagay pou nou, si nou se moun ki gen lafwa tout bon'. (Sourat Al-A'raf, vèsè 85)
Epi, premye fwa Allah te pale ak Moyiz, sou li lapè ak benediksyon Allah avèk li, men sa Allah ki sen anpil la di li: 13: Epi se Mwen menm ki chwazi ou (Moyiz); konsa, koute byen sa kap revele ba ou a. 14: Anverite, se Mwen menm ki Allah, pa gen okenn divinite eksepte Mwen menm sèl. Donk adore Mwen, epi etabli As-Salat (lapriyè a) pouw ka sonje Mwen. vèsè 13 ak 14 nan Sourat Ta-Ha Epi Allah fè nou konnen kòman pwofèt Moyiz (lapè poze sou li) te chèche pwoteksyon bò kote li lè li te deklare: Mwen chèche pwoteksyon bò kote Mèt mwen an, ki se Mèt pa nou tou, kont nenpòt moun ki gen lògèy epi ki pa kwè nan Jou Jijman an (Jou Kont la). (Sourat Ghafir, vèsè 27) Epi Allah fè nou konnen kòman Jezi (Mesi a, lapè poze sou li) te deklare: Sètènman, Allah se Mèt mwen ak Mèt nou an, kidonk adore Li. Sa a se yon chemen ki dwat. (Sourat Al-Imran, vèsè 51) Epi Allah ki gen tout pouvwa ak tout glwa) fè nou konnen —ankò — kòman Jezi (Mesi a, lapè poze sou li) te deklare: «Nou menm pitit Izrayèl yo, adore Allah, Mèt mwen ak Mèt nou an. Anverite, moun ki bay Allah asosye, Allah entèdi li antre nan Paradi a, epi kote li pral rete a se nan Dife (lanfè). Epi mechan yo pap gen pèsonn pou pote yo sekou.» [Al-Ma'idah:72].
Menm nan Tora a ak Levanjil la, yo mete aksan sou adorasyon Allah sèlman. Konsa, nan liv Detewonòm nan, yo rapòte pawòl Moyiz, se pou lapè sou li, ki di: « Koute, Izrayèl! Senyè a, Allah nou an, se yon sèl Senyè Li ye. » Epi yo te konfime inite Allah a (Tawhid) nan levanjil Mak la, kote Jezi (Mesi a, lapè poze sou li) te deklare: « Premye nan tout kòmandman yo (lwa yo) se: "Koute, Izrayèl! Senyè a, Allah nou an, se yon sèl Senyè." »
Epi Allah Granmèt la te montre ke tout pwofèt yo te voye ak gwo misyon sa a: rele moun pou yo adore Allah sèlman (Tawhid), e Allah, Trèwo a, di: Anverite nou te voye yon Mesaje nan chak nasyon pou di: Adore Allah epi evite fo divinite a; pami yo genyen moun Allah te gide, epi pami yo genyen moun ki te merite egareman an. Sourat An-Nahl (vèsè 36) Men sa senyè toupwisan an di: « Di yo: "Èske nou wè sa nap adore (epi priye) nan plas Allah yo? Moutrem non: kisa yo te kreye sou tè a? Oubyen, èske yo te patisipe nan kreyasyon syèl la? Pote yon liv pou mwen ki te vini anvan sa a (Koran an), oswa nenpòt tras konesans (ki soti nan ansyen yo), si sa nap di a se laverite." » (Sourat Al-Ahqaf, vèsè 4) Cheikh Al-Sa'di (se pou Allah gen pitye pou li) te deklare: « Konsa, li vin klè ke diskisyon moun kap bay Allah asosye yo sou sa yap adore a pa baze sou okenn prèv solid ni okenn demonstrasyon. Okontrè, yo baze sèlman sou sispisyon ki bay manti, sou vye lide ki pa vo anyen, ak sou yon lojik ki gate. Sa ki montre lojik yo a gate, se lèw byen gade jan yap viv, konesans yo ak aksyon yo; epi lèw gade sitiyasyon moun ki pase tout lavi yo ap adore lòt bagay sa yo: èske "dye" sa yo (sa yap adore nan plas Allah a) te janm itil yo anyen nan lavi sa a, oswa èske yap itil yo anyen nan lòt lavi a? » Taysir al-Karim al-Mannan paj 779.
6- Allah Granmèt la se Kreyatè a, e se li menm sèl ki merite tout adorasyon, epi okenn lòt pa dwe jwenn adorasyon bò kote li.
Allah se li menm sèl ki merite pou yo adorel, epi okenn lòt pa dwe jwenn adorasyon bò kote li. Allah Granmèt la di : 21: O nou menm Lèzòm! Adore Mèt nou an, Limenm ki te kreye nou ansanm ak moun ki te anvan nou yo, pou nou kapab gen krentif pou Li. 22: Se Li menm ki fè tè a tounen yon kabann (yon kote ki konfòtab) pou nou, epi ki fè syèl la tounen yon do kay (yon pwoteksyon); Li fè dlo soti nan syèl la tounen yon lapli, epi avèk dlo sa a, Li fè tout kalite plant pouse kòm manje pou nou. Konsa, piga nou bay Allah okenn parèy (oswa asosye), alòske nou konnen byen (se Li sèl ki kreye tout bagay sa yo). [Al-Baqarah:21-22]. Kidonk, sila a ki kreye nou an, e ki te kreye jenerasyon ki te vini anvan nou yo, e ki fè tè a tankou yon tapi pou nou, e ki fè lapli desann sot nan syèl la pou nou, epi avèk dlo sa a, li fè fwi yo pouse kòm manje pou nou; se li menm sèl ki merite tout adorasyon. Epi Li menm Granmèt la di: O nou menm lèzòm! Sonje favè Allah fè nou. Èske gen yon lòt kreyatè aprè limenm ki ka ban nou pwovizyon ki soti nan syèl la ak nan tè a? Pa gen okenn divinite ki merite adorasyon sof Li menm. Kòman fè nou kite yo detounen nou konsa? (Sourat Fatir, vèsè 3) Kidonk, Sila a ki kreye epi ki bay mwayen an, se Li menm sèl ki merite adorasyon an. Epi Allah Granmèt la di: Se Li menm ki Allah Mèt nou an. Pa gen lòt bondye pase Li sèlman. Se Li menm ki Kreyatè tout bagay; konsa, adore Li sèlman. Se Li menm k ap veye sou tout bagay (e se nan men L tout bagay ye). (Sourat Al-An'am, vèsè 102)
Tout sa moun ap adore nan plas Allah pa merite adorasyon ditou; paske yo pa posede menm pwa yon ti grenn pousyè (pwa yon atom) ni nan syèl la, ni sou tè a. Yo pa asosye ak Allah nan anyen, epi yo pa moun kap ede Li ni kap soutni Li. Konsa, ki jan fè moun ap priye yo ansanm ak senyè toupwisan an, oswa yap rann yo parèy avèk Li? Allah ki anwo nan syèl la deklare: Di yo: 'Rele sa nap pretann ki dye nan plas Allah yo! Yo pa posede menm pwa yon ti grenn pousyè, ni nan syèl la, ni sou tè a. Yo pa gen okenn pati nan pouvwa sa yo, epi Allah pa gen okenn asistan nan mitan yo. [Sourat Saba, vèsè 22].
Se Allah Granmèt la ki te kreye kreyati sa yo e ki te fè yo soti nan anyen, epi egzistans yo se prèv pou egzistans Li, pou pouvwa li kòm Mèt, ak pou divinite li. Men sa Allah Granmèt la di: 20: Epi pami siy li yo (ki montre pouvwa Li), se paske Li te kreye nou ak pousyè tè; aprèsa, gade nou vin tounen moun kap gaye toupatou sou tè a. 21: Epi pami siy Li yo, se paske Li te kreye madanm oswa mari pou nou, ki soti nan nou menm menm, pou nou ka jwenn repo ak kè poze bò kote yo; epi Li mete afeksyon (lanmou) ak mizèrikòd nan mitan nou. Anverite, nan sa a gen anpil siy pou moun kap reflechi. 22: Epi pami siy Li yo genyen: kreyasyon syèl yo ak tè a, ansanm ak divèsite lang nou yo ak koulè nou yo. Vrèman, nan tout sa se siy ki genyen pou moun ki gen konesans yo. 23 : Epi pami siy Li yo, se dòmi nap dòmi lannwit kou lajounen pooun ka repoze, ak jan nap fè efò pou nou chèche lavi nan favè li. Anverite, nan sa a gen bèl siy tout bon pou yon pèp kap koute mesaj Allah a ak atansyon 24- Pami siy li yo, se lè li fè nou wè zèklè a, pou fè nou pè epi pou ban nou espwa, epi li fè dlo desann sot nan syèl la, epi avèk li, li bay tè a lavi aprèl te fin mouri. Anverite, nan sa gen plizyè siy pou yon pèp ki reflechi. 25- Pami siy li yo, se syèl la ak tè a ki kanpe fèm pa lòd li. Aprè sa, lè li rele nou yon sèl fwa soti anba tè a, lapoula nou tout ap soti deyò. 26: Tout sa ki nan syèl la ak sou tè a se pou li yo ye; tout nèt soumèt devan li (ak respè epi obeyisans). 27: Se li menm ki kòmanse kreyasyon an, aprè sa lap refè li ankò; epi sa pi fasil toujou pou li (Sourat Ar-Roum, vèsè 20 rive 27)
Epi Nimwòd (wa a) te nye egzistans Mèt li a; se konsa pwofèt Abraram (lapè poze sou li) te reponn li, jan Allah fè nou konnen sa nan Koran an: « Abraram di li: "Anverite, Allah fè solèy la leve bò kote lès; enben, ou menm, fèl leve bò kote lwès non!" Lè sa a, moun ki te nye a (wa ki pa te kwayan an) rete bouch ouvè li pèdi pawòl. Epi Allah pa dirije moun kap fè mechanste (ki nan fènwa)." » [Al-Baqarah: 258]. Se konsa tou, Abraram, se pou lapè ak benediksyon Allah sou li, te prezante prèv bay pèp li a ke se Allah ki te gide li, ki te ba li manje ak bwè, epi lè li malad se li ki geril, e se Li menm ki fè li mouri epi ki fè li viv ankò. Epi li te di jan Allah te rapòte sa konsènan li a: 78: Se li(Allah ) menm ki te kreyem, epi se Li menm kap gidem (dirije m). 79 : Se li menm ki banm manje epi banm bwè. 80 : Epi lè mwen malad, se li menm ki gerim. 81 : Epi se li menm ki gen pou fè mwen mouri, aprèsa la fè mwen reviv. Sourat Ash-Shu‘arā’ vèsè 78 a 81. Epi Allah fè nou konnen kòman pwofèt Moyiz (lapè poze sou li) te kanpe devan Faraon pou li te ba li prèv, kote li te di li konsa: Anverite, Mèt mwen an se: Mèt nou an, se Li menm ki bay chak kreyati fòm (ak nati) ki apwopriye pou li, epi aprèsa, Li gide li (pou li konnen jan poul viv). [Sourat Ta-Ha vèsè 50 ].
Epi Allah mete tout sa ki nan syèl la ak sou tè a nan sèvis lèzòm, epi Li kouvri yo ak benediksyon (favè); pou yo ka adore senyè toupwisan an sèlman epi pou yo pa janm vire do ba Li (pou yo pa engra). Allah ki anwo nan syèl la deklare: Èske nou pa wè Allah soumèt pou nou tou sa ki nan syèl la ak tou sa ki sou tè a, epi li vide favè li yo sou nou, sa ki parèt ak sa ki kache? Poutan, pami lèzòm, gen moun kap diskite sou Allah san konesans, ni gidans, ni okenn Liv ki pote limyè. [Luqman:20]. Epi menm jan Allah mete tout sa ki nan syèl yo ak tè a nan sèvis moun, se konsa tou li kreye li epi li ba li zòrèy, zye, ak entèlijans, pou li ka aprann konesans ki itil li epi ki ka gide li jwenn Mèt li ak Kreyatè li a. Allah, Sila a ki Pi Wo a, di: Se Allah ki fè nou soti nan vant manman nou, lè sa a nou pa te konnen anyen. Li ban nou zòrèy pou nou tande, zye pou nou wè, ak kè (pou nou konprann), dekwa pou nou ka rekonesan. [An-Nahl:78].
Allah lwanj pou Li, se Li ki kreye tout monn sa yo, se Li ki kreye moun epi ki preparel ak tout manm ak tout fòs li bezwen; aprèsa, Li ba li tout sekou poul ka adore Allah epi pou li travay pou devlopman tè a, epi li mete tout sa ki nan syèl la ak sou tè a nan sèvis li.
Allah sèvi ak kreyasyon gwo mèvèy sa yo kòm prèv solid pou montre se li ki sèl Mèt ki gen tout pouvwa , sa ki rann li obligatwa pou se Li sèl nou adore . Se konsa Allah, lwanj pou Li, deklare: Di: «Kilès ki ban nou rezèv nou ki soti nan syèl la ak sou tè a? Kilès ki mèt zòrèy nou ak zye nou? Kilès ki fè sak vivan soti nan sa ki mouri, epi ki fè sa ki mouri soti nan sa ki vivan? Epi kilès kap dirije tout bagay?» Yap reponn san mank: «Se Allah». Lè sa a, di: «Ebyen, èske nou pap gen krentif pou Li?» [Sourat Yunus: 31]. Epi Verite a (Allah), lwanj pou Li, deklare: Di yo: "Èske nou wè sa nap priye (adore) nan plas Allah yo? Moutrem non: ki sa yo te kreye sou tè a? Oswa èske yo gen yon patisipasyon (yon pòsyon pouvwa) nan kreyasyon syèl la? Pote yon liv pou mwen ki te parèt anvan sa a (Koran an), oswa nenpòt ti rès konesans (ki soti nan ansyen tan yo), si se laverite n ap di." [Al-Ahqaf: 4]. Men sa Allah di tou: Li kreye syèl yo san okenn poto nou ka wè, epi li mete gwo mòn byen fèm sou tè a pou li pa tranble avèk nou, epi li simaye tout kalite bèt vivan sou li. Epi Nou fè dlo desann soti nan syèl la, epi avèk li Nou fè tout kalite bèl plant ki itil pouse sou tè a. Sa a se kreyasyon Allah. Enbyen montrem kisa sa yo nou adore nan plas senyè toupwisan an te kreye. Men, moun kap fè enjistis yo nan yon egareman ki klè. [Luqman:10 11]. Men sa sila (Allah) ki Verite a epi ki sen anpil la di: 35: Oswa, èske yo te fèt konsa san anyen (san yon Kreyatè)? Oswa, èske se yo menm ki kreye tèt yo? 36- Oubyen, èske se yo ki te kreye syèl yo ak tè a? Non, se konviksyon yo pa genyen (yo pa gen sètitid). 37- Oubyen, èske se yo ki gen trezò Senyèw la ? Oubyen se yo menm ki gen tout kontwòl la ? (Sourat At-Tour, vèsè 35-37) Cheikh As-Sadi, ke Allah fèl mizèrikòd, te di: Sa a se yon agiman (yon prèv) kote yo pa gen lòt chwa: swa yo soumèt devan Verite a, swa yo oblije aji kont bon sans (lojik) ak kont relijyon an menm. Tafsir Ibn Sa'di: 816.
7- Allah se Kreyatè tout sa ki nan linivè a, sa nou wè ak sa nou pa wè; tout sa ki andeyò Li se youn nan kreyasyon Li yo, epi Allah te kreye syèl yo ak tè a nan 6 jou.
Allah, lwanj pou li, se Kreyatè tout sa ki nan linivè a, ni sa nou wè, ni sa nou pa wè. Tout sa ki andeyò li se youn nan kreyati li yo. Men sa Allah te di koran an: Di: «Kiyès ki Mèt syèl yo ak tè a?» Di: «Se Allah». Di: «Ebyen, èske se lòt mèt nou pran an deyò li, ki pa ka ni fè tèt yo byen, ni fè tèt yo mal?» Di: «Èske moun ki avèg la egal ak moun ki wè a? Oubyen èske fènwa ak limyè egal?» Oubyen èske yo bay Allah kèk asosye ki kreye menm jan ak kreyasyon li a, epi kreyasyon an vin parèt menm jan pou yo? Di: «Allah se Kreyatè tout bagay, epi se Li menm ki Sèl la, Dominatè Absoli a.» (Sourat Ar-Ra'd, vèsè 16), Epi Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: epi Li kreye sa nou pa konnen. (Sourat An-Nahl, vèsè 8)
Epi Allah te kreye syèl la ak tè a nan 6 jou,Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: Se Li menm ki te kreye syèl la ak tè a nan 6 jou, epi aprèsa Li te monte sou Twòn nan . Li konnen sa kap antre nan tè a ak sa kap soti ladan li, ak sa kap desann soti nan syèl la ak sa kap monte ale ladan li. Epi Li avèk nou kèlkeswa kote nou ye. Epi Allah wè tout sa nap fè. [Al-Hadid:4]. Men sa Allah di tou: Anverite, Nou te kreye syèl la ak tè a ansanm ak tout sa ki nan mitan yo nan 6 jou; epi okenn fatig pat janm touche Nou. [Qaf:38].
8- Epi Allah ki gen tout pouvwa a, Li pa gen okenn asosye ni nan souverènte li, ni nan kreyasyon li, ni nan administrasyon Li, ni nan adorasyon li.
Epi Allah, li menm ki sen anpil la e ki elve a, se mèt souverènte a, li pa gen okenn asosye ni nan kreyasyon li, ni nan souverènte li, ni nan administrasyon li. Men sa Allah Granmèt la di: Di yo: «Èske nou wè sa nap rele nan plas Allah yo? Montrem ki sa yo te kreye sou tè a, oubyen èske yo gen yon pataj nan syèl yo? Pote yon liv pou mwen ki te la anvan sa a (Koran an), oubyen nenpòt rès konesans, si se laverite nap di.» [Al-Ahqaf:4]. Cheikh As-Sa'di (ke Allah fèl mizèrikòd) te di: (Sa vle di: mande moun sa yo ki asosye ak Allah lòt zidòl ak fo dye yo, ki pa gen pouvwa pou pote okenn pwofi, ni pou anpeche okenn mal, ni yo pa gen pouvwa sou lanmò, ni sou lavi, ni sou resisite moun mouri. Di yo —pou montre yo feblès zidòl yo, epi yo pa merite okenn adorasyon: {Montrem kisa yo kreye sou tè a, oubyen èske yo gen yon patisipasyon nan syèl la?} Èske yo te kreye yon bagay nan syèl la ak sou tè a? Èske yo te kreye mòn yo? Èske yo te fè rivyè yo koule? Èske yo te kreye zannimo yo? Èske yo te fè pyebwa yo pouse? Èske yo te ede nan kreyasyon youn nan bagay sa yo? Pa gen anyen nan tout sa, epi se yo menm ki rekonèt sa, alewè pou lòt moun. Sa a se yon prèv lojik ki klè ki montre ke tout sa yo adore ki pa Allah, adorasyon sa a pa vo anyen.)
Aprèsa, Allah montre ke pa gen okenn prèv nan liv ki te vini anvan yo . Li di: 'Pote yon liv pou mwen ki te parèt anvan sa a' (yon liv ki ta mande pou moun adore lòt dye), 'oswa nenpòt ti rès konesans' ki soti nan sa pwofèt yo te kite epi ki ta bay lòd sa a. Li klè pou tout moun ke yo pa kapab pote okenn prèv ki soti nan okenn pwofèt ki ta sipòte sa; okontrè, nou gen konviksyon total ak sètitid ke tout pwofèt yo te rele moun pou yo adore yon sèl Allah, epi yo te entèdi moun adore anyen ansanm ak Li. Sa se pi gwo konesans ki rete kòm eritaj ki soti nan pwofèt yo. Tafsir Ibn Sa'di: 779.
Epi Allah Granmèt la se Mèt Souverènte a, pa gen okenn asosye pou li nan souverènte li a. Men sa Allah Granmèt la di: Di: «O Allah, ou menm ki Mèt Souverènte a, ou bay souverènte a bay moun ou vle, e ou retire li nan men moun ou vle. Ou onore moun ou vle, epi ou rabese moun ou vle. Se nan men ou tout byenfè ye. Anverite, ou gen pouvwa sou tout bagay.» [sourat Al Imran:26]. Epi Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di, poul klarifye ke tout dominasyon an nèt se pou li nan Jou Jijman an: Jou sa a, yap parèt aklè (devan Allah); anyen nan yo pap kache pou li. Allah va mande: 'Pou kilès pouvwa a ye jounen jodi a?' epi repons lan va soti: 'Se pou Allah Sèl Mèt la, Sèl moun ki gen tout pouvwa a . [Ghafir: 16].
Epi Allah, ki sen anpil la, pa gen okenn asosye pou li ni nan souverènte li,ni nan kreyasyon li,ni nan administrasyon li, ni nan adorasyon li. Men sa Allah Granmèt la di: Epi di: « Tout lwanj se pou Allah, ki pa janm pran pitit, ki pa gen okenn asosye nan wayòm Li an, e ki pa gen okenn pwotektè kont feblès; epi pwoklame grandè Li ak tout fòs. » [Al-Isra:111]. Men sa Allah di tou: Se pou li menm sèl tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a ye; Li pa janm gen pitit, epi Li pa janm gen okenn asosye nan pouvwa li a. Li kreye tout bagay, epi Li ba yo chak yon mezi (yon fòm ak yon desten) ki byen kalkile [Al-Furqan:2]. Se Li menm (Allah) ki Sèl Mèt la, epi tout sa ki egziste se pwopriyete Li yo ye; se Li ki Kreyatè a, epi tout sa ki egziste aprè Li menm,se kreyati Li yo ye. Se Li menm kap dirije tout sa kap pase nan linivè a. Konsa, yon moun ki gen tout pouvwa sa yo, li obligatwa pou se Li sèl nou adore; men, adore lòt bagay anplis Li se yon mank bon konprann (sòt), epi se yon peche grav ki detwi lavi yon moun ni sou tè a, ni nan lavi aprè lanmò a. Allah ki anwo nan syèl la deklare: 135: Yo di: "Se pou nou vin Jwif oswa kretyen pou nou ka jwenn bon chemen an (direksyon)." Di yo: "Non! (Nou swiv) relijyon Abraram nan, li menm ki te rete dwat nan adore yon sèl Allah ; epi li pat janm nan moun kap bay Allah asosye (mouschrikin) yo." [Al-Baqarah:135]. Men sa Allah di tou: Kilès ki gen yon pi bon relijyon pase moun ki soumèt tèt li nèt bay Allah, pandan lap fè sa ki byen (ak senserite), epi kap swiv relijyon Abraram nan, li menm ki te rete dwat (nan adore yon sèl senyè toupwisan ? Epi Allah te pran Abraram sèvi kòm yon zanmi trè pwòch . [An-Nisa:125]. Epi Verite a (Allah), lwanj pou li, fè nou konnen ke nenpòt moun ki swiv yon lòt relijyon ki pa relijyon pwofèt Abraram nan (zanmi Allah a), moun sa a ap aji tankou yon moun ki pèdi lespri li(ki sòt). Se konsa Allah lwanj pou Li, deklare: Kilès kap vire do bay relijyon Abraram nan, si se pa yon moun ki rann tèt li sòt (ki pèdi lespri l)? Anverite, Nou te chwazi li (Abraram) nan monn sa a; epi nan lòt lavi a (lavi apreè lanmò), lap pami moun ki jis yo (moun ki nan bon kondisyon yo). [Al-Baqarah:130].
9: Epi Allah, lwanj pou li, pa janm fè pitit, Li pa te janm fèt (Li pa gen manman ni papa), epi pa gen pèsonn ki sanble avèk oswa ki egal avè li.
Epi Allah ki sen anpil la pat fè pitit, epi li menm tou, li pat fèt nan men pèsonn, e li pa gen okenn egal ni okenn parèy pou li. Epi Verite a (Allah), lwanj ak laglwa pou Li, deklare: 1- « Di konsa: Li menm se Allah, Li se Yon sèl. » 2- Allah se li menm tout kreyati konte sou li (pou tout bezwen yo). 3- Li pat fè pitit, epi li menm tou, li pat fèt nan men pèsonn. 4- « Epi pa gen pèsonn ki sanble ak Li, ni ki egal ak Li. » [Al-Iklas:1-4]. Men sa Allah di tou: « Li se Mèt syèl la ak tè a, ansanm ak tout sa ki nan mitan yo; kidonk, adore li epi gen pasyans nan adore li. Èskew konnen nenpòt lòt moun (oswa kreyati) ki gen menm non avèk li (ki egal avè li)? » [Maryam:65]. Epi Verite a(mèt linivèa) , ki gen yon pouvwa ak yon diyite ki san limit, deklare: Li se Kreyatè syèl la ak tè a; Li ban nou madanm (ak mari) ki soti nan pwòp tèt nou, epi Li ban nou bèt yo pa koup (mâl ak fenmèl) tou; se konsa Li fè nou miltipliye (sou tè a). Pa gen anyen ki sanble avèk li; epi se li menm ki tande tout bagay, ki wè tout bagay. [Ash-Shura:11].
10- Epi Allah — lwanj pou Li, Li menm ki pi wo a — pa melanje ak anyen, epi Li pa pran fòm okenn kreyati nan kreyasyon li an:
Epi Allah,lwanj pou Li, pa janm antre nan anyen ,Li pa janm pran fòm yon kreyati, epi Li pa janm fè yonn ak anyen; paske Allah se Kreyatè a epi tout sa ki egziste aprè Li se kreyati. Se Li menm ki la pou tout tan, epi tout lòt bagay gen pou yo disparèt . Tout bagay se pou li epi se Li ki Mèt yo. Konsa, Allah pa antre nan okenn kreyati Li, epi okenn kreyati pa ka antre nan li. Allah pi gran pase tout bagay, epi Li pi wo pase tout bagay. Men jan Allah, lwanj pou Li, deklare pou li demanti moun ki pretann ke Allah te antre nan kò Jezi (Mesi a): Sètènman, moun ki di: «Se Allah ki Mesi a, pitit gason Maryam nan» se moun ki pa kwayan. Di: «Ebyen, kilès ki gen kèlkeswa pouvwa pou li anpeche Allah si li deside detwi Mesi a, pitit gason Maryam nan, ansanm ak manman li, ak tout moun ki sou tè a nèt?» Se pou Allah wayòm syèl la ak tè a, ak tout sa ki ant yo 2 a. Li kreye sa li vle. Epi Allah gen pouvwa sou tout bagay. [Al-Ma'idah:17]. Men sa Allah di tou: Se pou Allah solèy leve ak solèy kouche ye. Kidonk, kèlkeswa direksyon nou vire, se la prezans Allah ye. Vrèmanvre, Allah gen grandè san limit, e Li gen konesans sou tout bagay. 116: Yo di: Allah gen yon pitit; Lwanj ak pèfeksyon pou Li ! (li pa gen pitit). Okontrè, tout sa ki nan syèl la ak sou tè a se pou Li; tout bagay ap soumèt devan li (ak respè). 117: Li se Kreyatè (ki fè parèt) syèl la ak tè a san okenn modèl anvan sa; epi chak fwa li deside yon bagay, li sèlman di : "Fèt!", epi li fèt. [Al-Baqarah:115-117]. Men sa Allah di tou: 88-« Yo di: "Allah ki gen tout krentif la gen pitit." » 89: Anverite, nou fè yon bagay ki tèrib(yon bagay ki grav anpil) 90- Syèl la manke pete (fann) tèlman sa grav, tè a manke louvri (fann) an 2 epi mòn yo manke tonbe kraze an miyèt moso. 91: « Paske yo pretann (yo di) ke Allah ki gen Tout Mizèrikòd la gen yon pitit. » 92: « Epi, sa pa konvenab (sa pa apwopriye ditou) pou Allah ki gen Tout Mizèrikòd la ta gen yon pitit. » 93- Pa gen youn nan tout sa ki nan syèl yo ak sou latè ki pap vini kòm sèvitè devan Sila ki gen anpil gras la. 94- Vrèman vre, Li konnen yo tout nèt, epi li konte yo yonn pa yonn (san manke yonn). 95: Epi yo tout gen pou vini devan li nan jou Rezirèksyon an, youn pa youn. [Maryam:88-95]. Men sa senyè toupwisan di: Allah ! Pa gen lòt dye ki merite adorasyon sof Li menm, Li menm ki toujou Vivan an, Li menm ki Kenbe tout sa ki egziste. Somèy pa janm pran li, ni li pa janm dòmi. Tout sa ki nan syèl la ak tout sa ki sou tè a se pou li. Ki moun ki ka plede (entèsede) devan li san pèmisyon li? Li konnen sa ki te rive yo ak sa ki gen pou rive yo. Pesonn pa ka konnen anyen nan konesans Li, eksepte sa li vle fè yo konnen. Pouvwa li kouvri syèl la ak tè a nèt. Sa pa ba li okenn chay pou li veye sou yo ak pwoteje yo. Se li menm ki Pi Wo a, Epi ki pi Gran an. [Al-Baqarah:255]. Konsa, yon moun ki gen tout grandè sa a, epi kreyati li yo nan eta sa a (yo fèb, yo gen limit), kijan Li ta ka fè antre nan yonn ladan yo? Oubyen kijan Li ta ka pran yonn ladan yo kòm pitit Li? Oubyen kijan Li ta ka fè yonn ladan yo tounen yon dye ansanm avèk li?
11- Allah, ki sen an, Toupwisan an,ki gen bon kè e li plen mizèrikòd pou sèvitè li yo, se poutèt sa Li te voye mesaje yo epi Li te desann Liv yo.
Epi Allah ki sen an, Toupwisan an se Sila a ki gen anpil afeksyon ak mizèrikòd (bon kè) pou sèvitè li yo. Pami mizèrikòd li gen pou sèvitè li yo, sèke li te voye mesaje yo ba yo epi li te fè desann liv yo ba yo; pou retire yo soti nan fènwa mekrèyans ak asosyasyon pou mennen yo nan limyè Monoteyis la ak gidans lan. Allah, Trèwo a, te di: Se Li menm (Allah) ki voye vèsè ki klè yo desann bay sèvitè Li a, pou li ka retire nou soti nan fènwa yo pou mennen nou nan limyè a. Epi anverite, Allah gen anpil dousè ak mizèrikòd pou nou. [Al-Hadid:9].
Men sa Allah di tou: Nou pa te voye ou (Muhammad), si se pa te pouw te ka yon mizèrikòd (yon benediksyon) pou tout linivè a (tout sa ki egziste) [Al-Anbiya: 107]. Epi Allah te bay pwofèt li a lòd poul te fè sèvitè yo konnen ke se li menm ki konn padone anpil la, e ki gen anpil mizèrikòd la, epi Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: Annonse sèvitèm yo ke, anverite, se Mwen menm ki padone anpil la, Sila a ki Gen Mizèrikòd la. [Al-Hijr:49]. Epi pami konpasyon li ak mizèrikòd li, se li menm ki retire tout malè, epi ki fè byenfè desann sou sèvitè li yo. Men sa Allah, Toupwisan an, di: Epi si Allah fè yon mal touchew , pa gen pèsonn ki ka retire li eksepte li menm; epi si Li vle yon byen pou ou, enben pa gen pèsonn ki ka anpeche favè li. Li fè li rive jwenn moun li vle pami sèvitè li yo. Epi se Li menm ki konn padone a, ki gen anpil mizèrikòd la. [Yunus:107].
12- Allah se Senyè ki gen kè sansib la. Se li menm sèl ki pral jije tout kreyati yo nan Jou Rezirèksyon an, lèl a fin fè yo tout leve soti nan tonbo yo, poul rekonpanse chak moun daprè sa yo te fè, kit se byen, kit se mal. Konsa, moun ki fè bon aksyon pandan li se yon kwayan, lap jwenn yon bèl plezi ki pap janm fini. Men, moun ki pa kwè epi ki fè mechanste, lap jwenn yon gwo pinisyon nan lavi aprè a.
Allah se Mèt la ki gen kè sansib la; se li menm sèl ki pral jije tout kreyati yo nan Jou Rezirèksyon an, lèl a fin fè yo tout leve soti nan tonbo yo, epi lap rekonpanse chak moun daprè sa li te fè, kit se byen, kit se mal. Konsa, moun ki fè bon aksyon pandan li se yon kwayan, lap jwenn yon bèl plezi ki pap janm fini. Men, moun ki pa kwè epi ki fè move aksyon, lap jwenn yon gwo chatiman nan Jou Rezirèksyon an. Paske, pami sa ki montre jan jistis Allah, ki merite tout lwanj epi ki anlè nèt la, pafè, ansanm ak sajès li ak konpasyon li pou kreyati li yo, sèke li fè lavi sou tè sa a tounen yon kote pou moun fè aksyon, epi li fè yon dezyèm lavi kote ap gen rekonpans ak jijman; pou moun ki te fè sa ki byen an ka jwenn rekonpans pou bonte li, epi pou moun ki te fè mal, ki te opresè epi ki te rebèl la, ka jwenn pinisyon pou opresyon ak rebelyon li yo. Epi, kòm se yon bagay kèk nanm ka twouve ki difisil pou kwè, Allah etabli anpil prèv ki montre aklè ke Rezirèksyon an se yon verite ki pa gen okenn dout ladan li. Allah, ki anlè nèt la, di konsa: Pami siy li yo, se lè ou wè tè a ki sèch san vi. Men, kou nou fè dlo desann sou li, li kòmanse sekwe epi li pouse. Sètènman, Sila a ki ba li lavi a, se li menm kap bay moun ki mouri yo lavi. Anverite, li gen pouvwa sou tout bagay. [Fussilat:39]. Men sa Allah di tou: O nou menm lèzòm! Si nou gen dout sou lavi aprè lanmò a (rezirèksyon an), sonje byen ke se nou menm ki te kreye nou ak pousyè, aprèsa ak yon gout dlo (semans), aprèsa ak yon moso san ki kole, aprèsa ak yon moso chè (vyann) ki deja fòme oswa ki poko fin fòme; Nou fè sa pou nou montre nou pouvwa Nou. Nou kenbe nan matris manman yo sa nou vle jouk tan ki fikse a rive, aprèsa nou fè nou soti tankou yon ti bebe, aprèsa (Nou kite nou grandi) jouk nou vin gen tout fòs nou. Gen nan nou ki mouri jenn, epi gen lòt yo kite rive nan laj ki pi vye a (laj feblès la), kote yo vin bliye tout sa yo te konnen anvan. Epi, ou wè tè a ki fin seche (san lavi), men depi Nou voye dlo (lapli) sou li, li kòmanse souke, li gonfle, epi li fè tout kalite bèl plant pouse sou li [Al-Hadj:5]. Epi, Allah ki anwo nan syèl la te site nan vèsè sa a 3 prèv lojik ki bay prèv sou Rezirèksyon an, epi yo se:
1. Allah te kreye moun pou premye fwa ak pousyè; epi moun ki te gen pouvwa pou li kreye yon moun ak pousyè a, Li gen pouvwa tou pou li refèl tounen vivan ankò lè kò li va tounen pousyè.
2-Sila a ki te kreye yon moun ak yon ti gout dlo, gen pouvwa poul fèl tounen vivan ankò aprè li fin mouri.
3- Sila a ki bay tè a lavi ak lapli aprè li fin mouri, gen pouvwa poul bay moun ki mouri yo lavi. Epi nan vèsè sa a gen yon gwo prèv sou mirak ki nan Koran an: kòman yon vèsè —ki pa menm long— rive mete ansanm 3 gwo prèv lojik ki klè konsa sou yon kesyon ki gen tout enpòtans sa a.
Men sa Allah di tou: Jou sa a, Nap pliye syèl la menm jan yo pliye yon woulo papye ki gen sa ki ekri ladan li.Menm jan Nou te kòmanse premye kreyasyon an, se konsa Nap refè li tounen ankò. Sa se yon pwomès Nou fè, epi anverite, se sa nap fè. [Al-Anbiya: 104]. Men sa Allah di tou: 78: Epi li site yon egzanp pou nou, epi li bliye pwòp kreyasyon li. Li di: «Kiyès ki pral bay zo sa yo lavi ankò alòske yo fin tounen pousyè?» Di: Se Sila a ki te kreye yo premye fwa a ki pral ba yo lavi ankò. Epi Li gen yon konesans pafè sou tout sa ki kreye. [Yasin:78]. Men sa Allah di tou: 27: Èske se nou menm ki pi difisil pou kreye, oubyen se syèl la? Se Li menm (Allah) ki te bati li. 28: Li batil byen wo, epi Li ba li yon fòm ki pafè. 29: Epi li pfè lannwit li vin fènwa, epi li fè klète lajounen li soti 30: Aprèsa, Li te louvri tè a (Li te platil epi li pare li pou lavi). 31: Li fè dlo soti nan tè a, epi Li fè savann pouse sou li 32: Epi mòn yo, Li te plante yo byen fèm (tankou pikèt). [An-Nazi'at:27-32]. Konsa, Verite a te montre klè ke kòm kreyasyon moun pa pi gwo pase kreyasyon syèl la ak tè a ak tout sa ki ladan yo, Sila a ki gen pouvwa pou kreye syèl yo ak tè a pa enkapab pou li refè moun nan yon dezyèm fwa.
13- Allah, li menm ki pi wo a, te kreye Adan ak tè epi li te fè desandan li yo miltipliye aprè li. Konsa, tout moun egal nan rasin yo, epi pa gen okenn ras ki pi bon pase yon lòt, ni okenn pèp ki pi bon pase yon lòt pèp, eksepte nan fason yo respekte Allah.
Allah Granmèt la te kreye Adan ak pousyè epi li te fè desandan li yo miltipliye aprè li. Konsa, tout moun egal nan rasin yo, epi pa gen okenn ras ki pi bon pase yon lòt, ni okenn pèp ki pi bon pase yon lòt, eksepte nan fason yo respekte Allah. Allah Granmèt la di: O nou menm lèzòm! Nou te kreye nou soti nan yon sèl gason ak yon sèl fi, epi Nou te fè nou tounen divès pèp ak divès tribi pou nou ka fè konesans youn ak lòt. Anverite, moun ki pi nòb (ki gen plis valè) nan mitan nou devan Allah, se moun ki gen plis krentif pou Li. Anverite, Allah konn tout bagay, epi li konnen sa kap pase nèt ale. [Al-Hujurat:13] Men sa Allah di tou: Se Allah ki te kreye nou nan pousyè tè, aprèsa apati yon ti gout spèm, aprèsa Li fè nou vin an koup (gason ak fi). Epi, okenn fi pa ka ni ansent ni akouche san se pa ak konesans li. Epi, lavi okenn moun pa pwolonje, ni pa diminye san sa pa nan yon Liv (Liv desten an). Sètènman, sa fasil pou Allah. [Fatir:11]. Men sa Allah di tou: Se li menm ki te kreye nou sòti nan pousyè tè, aprèsa sòti nan yon gout semans, aprè sa sòti nan yon mòso san ki kwoke; aprèsa Li fè nou soti tankou yon tibebe, aprèa pou nou ka rive nan laj fòs nou, apre sa pou nou vin granmoun. Gen nan nou ki mouri anvan sa. Epi se pou nou ka rive nan yon tan ki fikse, epi pou nou ka reflechi. [Ghafir: 67]. Men sa Allah di tou, pou li montre aklè ke li te kreye Mesi a avèk kòmandman kreyasyon an, menm jan li te kreye Adan soti nan pousyè avèk menm kòmandman sa a, Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: Anverite, egzanp Jezi bò kote Allah se menm jan ak egzanp Adan; Li te kreye li ak pousyè tè, apresa Li di li: "Swa", epi li vin egziste imedyatman. [Al Imran:59]. Epi nou te deja mansyone nan paragraf nimewo (2) ke Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te esplike klèman ke tout moun egal ego e pa gen pèsonn ki pi bon pase yon lòt, sof si li gen plis krentif pou Allah.
14- Chak timoun ki fèt, li fèt ak yon nati ki sen.
Epi tout timoun ki fèt fèt ak nati natirèl li (Al-Fitrah). Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: Konsa, kanpe fèm pou relijyon an, nan mache dwat (san okenn melanj). Sa se Fitrah Allah (nati orijinal la) ke li te kreye tout moun sou li. Pa ka gen okenn chanjman nan kreyasyon Allah. Se sa menm ki relijyon ki dwat la, men pifò moun pa konnen. Ar-Roum: 30]. Epi Hanifiya a (Relijyon ki dwat la), se relijyon Abraram (Ibrahim), zanmi Allah a, lapè sou li. Men sa Allah deklare: Aprèsa, Nou te revele ba ou pou ou swiv relijyon Ibrahim, li menm ki te sou chemen dwat la, epi li pat pami moun kap bay Allah asosye yo. [An-Nahl:123]. Epi Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: Pa gen okenn timoun ki fèt san li pa fèt ak nati natirèl li (Al-Fitrah). Aprèsa, se paran li ki fèl vin jwif, oswa ki fèl vin kretyen, oswa ki fèl vin maj (moun kap adore dife), menm jan yon bèt fè yon lòt bèt ki gen tout manm li yo konplè. Èske nou wè youn ladan yo ki gen yon pati nan kò li ki koupe? Aprèsa, Abou Hurayrah (se pou Allah satisfè avè l) di: Nati Allah te mete nan moun yo depil te kreye yo a; pa gen chanjman nan kreyasyon Allah a. Sa se relijyon ki dwat la, men pifò moun pa konnen sa. [Ar-Rum: 30] Sahih Al-Bukhari 4775, Epi Mesaje Allah a,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: « Koute byen! Granmèt mwen an te ban m lòd poum anseye nou sa nou pa konnen nan sa Li te aprann mwen jounen jodi a: "Tout byen (richès) Mwen bay yon sèvitè Mwen, li legal (halal) pou li. Epi, Mwen te kreye tout sèvitè Mwen yo ak yon nati ki dwat (yo te enkline bò kote laverite sèlman), men dyab yo te vin jwenn yo, yo rale yo lwen relijyon yo a, yo te entèdi yo sa Mwen te pèmèt yo, epi yo te ba yo lòd pou yo asosye lòt bagay avèk mwen.(adore lòt dye), alòske Mwen pat janm bay okenn prèv (otorite) pou sa." » Rapòte pa Mouslim 2865.
15- Pa gen okenn moun ki fèt ak peche nan kòl oswa kap eritye peche yon lòt moun te fè:
Pa gen okenn moun sou tè a ki fèt ak peche nan kòl, ni ki eritye peche yon lòt moun. Allah ki gen tout pouvwa a fè nou konnen lè Adan (lapè sou li) te dezobeyi lòd Allah li menm ak madanm li Èv (Hawwa), lè yo te manje fwi nan pyebwa a, yo te règrèt sa, yo te repanti epi yo te mande Allah padon. Lè sa a, senyè toupwisan an te mete bèl pawòl nan bouch yo pou yo te ka di yo; yo te di yo, epi Allah te aksepte repantans yo. Men sa Allah deklare: 35: Epi Nou te di: 'O Adan, abite nan Paradi a, ou menm ak madanm ou. Manje ladan li an abondans kote nou vle. Men pa pwoche bò pyebwa sa a, pou nou pa vin pami moun ki fè tèt yo mal yo. 36 : Men, dyab la (Cheytan) te fè yo fè yon fo pa (li te twonpe yo), li te fè yo soti kote yo te ye a (nan Paradi a). Epi Nou te di yo: "Desann (ale sou tè a)! Nap lènmi youn ak lòt. Se sou tè a nou pral rete, epi nap jwenn sa nou bezwen poun viv jouk tan ki fikse a rive." 37: Aprèsa, Adan te resevwa (kèk) pawòl nan men Granmèt li a, epi Allah te aksepte repantans li . Anverite, se Li menm ki toujou pare poul padone a, epi ki gen anpil mizèrikòd la. 38: Nou te di yo: "Desann soti nan Paradi a pou nal sou tè a nou tout ansanm! Si yon gid (yon limyè) soti nan menm rive jwenn nou, moun ki swiv gid Mwen an pa bezwen gen okenn krentif, epi yo pap nan lapenn." [Al-Baqarah:35-38]. Depi lè Allah te aksepte repantans Adan (lapè sou li), li pat pote peche a ankò. Konsa, pitit pitit li yo pa eritye yon peche ki te deja efase pa mwayen repantans (Tawbah), epi prensip la se ke yon moun pa pote fado peche yon lòt moun. Allah ki gen tout pouvwa a di: Epi okenn moun pa fè anyen eksepte kont li menm; epi okenn moun pap pote chay yon lòt moun. Aprèsa, se bò kot Mèt nou an nap retounen, epi lap enfòme nou sou sa nou te nan divèjans sou li. [Al-An‘ām:164].
Men sa Allah di tou: Nenpòt moun ki chwazi chemen ki dwat la, se pou byen tèt li lap fè li; epi nenpòt moun ki pèdi wout li, se sou tèt li malè a ap tonbe. Okenn moun kap pote chay peche pa gen pou li pote chay yon lòt moun. Epi, Nou pa janm pini yon pèp toutotan Nou pa te voye yon Mesaje (yon Pwofèt) ba yo. [Al-Isra:15]. Men sa Allah di tou: Okenn moun kap pote chay (peche) pap pote chay yon lòt moun. Si yon moun ki gen yon chay ki twò lou rele yon lòt pou edel pote li, yo pap wete anyen nan chay sa a pou li, menmsi moun li rele a ta yon fanmi pwòch li. Anverite, ou ka sèlman avèti moun ki gen krentif pou Granmèt yo a, menmsi yo pa wèl ak zye yo, epi ki fè lapriyè yo regilyèman. Nenpòt moun ki pirifye tèt li, se pou pwòp tèt li lap fè li. Epi, se bò kote senyè toupwisan an tout moun gen pou yo tounen. [sourat Fatir:18].
16 : Objektif prensipal ki fè Allah te kreye tout moun se: pou yo adore li Sèlman san yo pa bali okenn asosye :
Epi rezon ki fè li kreye moun se pou yo adore Allah sèlman, jan Allah, ki gen tout glwa a, te di: Mwen pat kreye Djinn yo ak moun yo pou okenn lòt rezon, esepte pou yo ka adorem sèlman. [ sourat Adh-Dhariyat: 56].
17- Islam onore moun ,kit se gason, kit se fanm ; epi li garanti yo tout dwa yo nèt. Li fè chak moun responsab pou tout chwa li fè, pou aksyon li, ak pou konpòtman li; epi chak moun ap pote responsablite pou nenpòt aksyon ki ka fè tèt li mal oswa ki ka fè lòt moun mal.
Islam onore moun — kit se gason, kit se fanm — paske Allah ki gen tout pouvwa a te kreye moun poul tounen yon reprezantan (yon moun ki gen responsablite) sou tè a. Men sa senyè toupwisan an deklare: Epi sonje lè Mèt ou te di zanj yo: "Anverite, Mwen pral mete yon reprezantan sou latè ." [Al-Baqarah:30].
Epi onè sa a valab pou tout pitit Adan yo nèt (tout moun nèt sou tè a). Men sa Allah deklare: Anverite, Nou te onore pitit Adan yo; Nou te pote yo sou tè a ak sou lanmè; Nou te ba yo bon bagay pou yo manje, epi Nou te ba yo yon gwo avantaj pase anpil nan lòt kreyati nou te kreye yo. [Sourat Al-Isra:70]. Men sa Allah di tou: « Anverite, Nou te kreye moun nan fòm ki pi bèl la (fòm ki pi pafè a). » [Sourat At-Tin:4].
Epi Allah entèdi moun poul fè tèt li tounen yon esklav ki san valè devan okenn kreyati yap adore, oswa devan okenn chèf oubyen moun yap swiv avèg nan plas Allah. Men sa Allah deklare: « Gen kèk moun ki pran lòt bagay (oswa moun) kòm rival pou Allah ; yo renmen yo menm jan yo ta dwe renmen Allah. Men, moun ki gen lafwa yo gen yon renmen ki pi fò toujou pou Senyè toupwisan an. Si moun ki fè mechanste yo (ki adore lòt dye) te ka wè moman kote yo pral wè pinisyon an, yo ta konprann tout fòs se pou Allah sèlman, epi Allah se yon moun ki bay pinisyon ki rèd anpil. Moman sa a, chèf yo te konn swiv yo pral vire do bay moun ki te konn swiv yo a; yap wè pinisyon an devan zye yo, epi tout lyen ki te ini yo ap koupe nèt. » [Al-Baqarah: 165-166]. Epi Allah ki gen tout pouvwa a te pale pou li montre sitiyasyon moun ki te konn swiv yo ak chèf ki te konn mennen yo nan manti yo (nan sa ki pa sa), jan sa pral ye nan Jou Jijman an: 32: Moun ki te gen lògèy yo (chèf yo) pral di moun ki t ap swiv yo a: "Èske se nou menm ki te anpeche nou swiv chemen ki dwat la (gid la) aprè li te fin rive jwenn nou? Non! Se nou menm ki te kriminèl (se nou menm ki te chwazi fè sa ki mal). 33: Epi moun ki tap swiv yo pral di moun ki te gen lògèy yo (chèf yo): "Non! Se te pito konplo nou tap mare lajounen kou lannwit, lè nou tap ban nou lòd pou nou meprize Allah (poun pa kwè nan Li) epi poun mete lòt rival (lòt bondye) ansanm avèk li." Yo tout pral kache gwo règrè yo genyen nan fon kè yo lè yap wè pinisyon an. Epi Nou (Allah) pral mete chenn nan kou moun ki pat vle kwè yo. Èske yap jwenn yon lòt rekonpans (pinisyon) pase sa yo te konn fè ak pwòp men yo? Sourat Saba, Vèsè 32-33
Epi, kòm prèv jistis Allah ki gen tout pouvwa a ,nan Jou Jijman an, Li pral fè fo lidè yo ak gid kap pèdi moun yo pote pwòp peche yo, epi yap pote peche moun yo te twonpe yo san konesans tou. Men sa Allah deklare: Konsa, yap gen pou yo pote chay peche pa yo nèt ale nan Jou Jijman an, ansanm ak yon pati nan chay moun yo tap pèdi nan inyorans yo (moun ki pa te gen konesans yo). Koute byen! Ala yon move chay yap pote la a! [sourat An-Nahl:25].
Relijyon Islam la garanti pou moun tout dwa yo nèt nan lavi sou tè a ak nan lavi aprèa, epi pi gran nan dwa li garanti epi li esplike klè pou moun yo se: dwa Allah genyen sou moun yo ak dwa moun yo genyen sou Allah. Mu'adh (se pou Allah kontan ak li) rapòte: "Mwen te dèyè Pwofèt la (ke lapè ak Benediksyon Allah sou li) sou bèt li tap monte a, epi li dim: 'O Mu'adh!' Mwen reponn: 'Mwen la, wi, sèvitèw la pare pou li koutew. Li repete sa 3 fwa. Apre sa, li dim: 'Èske w konnen ki dwa Allah genyen sou sèvitè li yo?' Mwen reponn: 'Mwen pa konnen.' Li dim: 'Dwa Allah genyen sou sèvitè li yo, se pou yo adore li Sèlman san yo pa bali okenn asosye. Aprèsa, li mache yon ti bout tan ankò, epi li di: 'O Mu'adh!' Mwen reponn: 'Mwen la, wi, sèvitèw la pare pou li koutew.' Li dim: 'Èske w konnen ki dwa sèvitè yo genyen sou Allah si yo fè sa (si yo adore li sèl)? Se pou Allah pa pini yo. Sahih Al-Bukhari(6840).
Epi Islam garanti pwoteksyon pou 5 bagay fondamantal nan lavi moun: relijyon li ki se verite a, desandans li (pitit li), byen li (lajan li ak sal posede), ak diyitel (onè li). Li di, ke lapè ak benediksyon Allah sou li: « Anverite, Allah deklare lavi nou , byen nou, ak onè nou sakre pou nou menm jan jou jou Arafat la sakre, nan mwa sa a (mwa Dhul-Hijjah) ki sakre, epi nan vil sa a (Lamèk) ki sakre. » Sahih Al-Bukhari . (6501) « Epi Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te deklare gwo kontra sa a nan moman "Dènye Pelerinaj" la , kote te gen plis pase san mil (100,000) nan konpayon li yo ki te prezan. Li te repete mesaj sa a epi li te mete aksan sou sa ankò nan jou Sakrifis la pandan pelerinaj sa a. »
Epi Lislam fè moun responsab pou tout chwa li fè, pou aksyon li, ak pou konpòtman li. Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: Chak moun, Nou mare desten li (tout aksyon li fè) nan kou li; epi nan Jou Jijman an, Nou va fè yon liv parèt pou li, lap jwenn li ouvè byen laj devan zyel ; lè sa a, yap di li: "Li liv ou a! Jodi a, ou sifi pou kont ou pou fè pwòp kontwòl (pou jije) tèt ou. (Sourat Al-Isra, vèsè 13 ak 14) Sa vle di: kèlkeswa byen oswa mal li fè, Allah fè li rete kole ak li, li pa pase al jwenn yon lòt moun. Konsa, yo pap jijel pou aksyon yon lòt moun, ni yo pap jije yon lòt moun pou aksyon pa li. Epi men sa Allah ki anwo nan syèl la di: O ou menm moun! Anverite, wap travay di anpil (wap fè anpil efò) pou wal jwenn Granmèt ou a, epiw gen pouw rankontrel (rankontre rezilta travay ou a). (Sourat Al-Inshiqaq, vèsè 6) Men sa senyè toupwisan an di: Nenpòt moun ki fè sa ki byen, se pou li menm. Epi, nenpòt moun ki fè sa ki mal, se kont li menm. Epi Mèt ou a pa janm enjis anvè sèvitè yo. [Fussilat: 46]
Epi Islam mete responsablite sou do chak moun pou nenpòt aksyon li fè ki lakòz tèt li mal oswa ki lakòz lòt moun mal. Men sa Allah deklare: Nenpòt moun ki fè yon peche, se kont li menm sèlman li fèl. Epi Allah se Savan, li Saj. [Sourat An-Nisa:111]. Men sa Allah di tou: Se poutèt sa, nou te pase lòd sa a bay pitit Izrayèl yo: Nenpòt moun ki touye yon moun san se pa yon lòt moun li te touye (san se pa revanj) epi san se pa dezòd li tap fè sou tè a, se kòmsi li te touye tout moun nèt. Men, moun ki sove lavi yon moun, se kòmsi li te sove lavi tout moun nèt. Sourat Al-Ma'idah, vèsè 32 Epi Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Pa gen okenn nanm yo touye ak enjistis, san premye pitit gason Adan an pa pote yon pati nan responsablite san li, paske se li menm ki te premye moun ki te mete zak touye moun sou pye.» Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan)5150.
18- Islam mete gason ak fanm nan menm nivo nan sa ki konsène travay, responsablite, ak rekonpans.
Islam mete gason ak fanm nan menm nivo nan sa ki konsène aksyon, responsablite, ak rekonpans. Allah, ki Egzalte a, di: Epi kèlkeswa moun ki fè bon zak, kit li se gason oswa fanm, toutotan li se yon kwayan (ki gen lafwa), moun sa yo ap antre nan Paradi, epi yo pap jwenn okenn lenjistis, menm si se ta yon ti kras ki piti tankou twou ki dèyè grenn dat la. [An-Nisa:124]. Men sa Allah di tou: Nenpòt moun ki fè sa ki byen, kit li se gason oswa fanm, pandan li gen lafwa, Nap ba li yon bèl lavi (yon lavi ki dous). Epi, Nap rekonpanse yo pou pi bon nan sa yo te konn fè. [An-Nahl:97]. Men sa Allah di tou: Nenpòt moun ki fè yon move zak, li pap jwenn rekonpans sof sa ki menm jan avèl la; epi nenpòt moun ki fè sa ki byen, kit li se gason oswa fanm, pandan li gen lafwa, moun sa yo ap antre nan Paradi, kote yap jwenn pwovizyon ladan li san konte. [Ghafir: 40]. Men sa Allah di tou: Anverite, pou gason ki mizilman yo ak fanm ki mizilman yo, gason ki gen lafwa yo ak fanm ki gen lafwa yo, gason kap obeyi Allah ak tout kè yo ak fanm kap obeyi li ak tout kè yo, gason ki sensè (ki di laverite) ak fanm ki sensè yo, gason ki gen pasyans ak fanm ki gen pasyans yo, gason ki gen krentif (ki gen imilite devan Allah ) ak fanm ki gen krentif yo, gason kap fè lacharite ak fanm kap fè lacharite yo, gason kap fè jèn ak fanm kap fè jèn yo, gason kap pwoteje onè yo (pati prive yo) ak fanm kap pwoteje onè yo, epi gason kap sonje Allah souvan ak fanm kap sonje Li souvan; senyè toupwisan an prepare yon padon pou yo ak yon gwo rekonpans. [Al-Ahzab:35].
19- Islam onore fanm epi li konsidere yo tankou mwatye gason yo (yo egal nan diyite). Li obligatwa pou gason an pran swen fanm nan si li gen mwayen: konsa, yon papa dwe pran swen pitit fi li, yon pitit gason ki gran epi ki gen mwayen dwe pran swen manman li, epi yon mari dwe pran swen madanm li.
Epi Islam konsidere fanm egal ak gason. Epi Mesaje Allah a,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «An verite, fanm se parèy gason» Rapòte pa At-Tirmidhi, nimewo 113.
Epi, kòm yon fason pou Islam onore fanm, li rann li obligatwa pou yon pitit gason pran swen manman li (ba li mwayen pou li viv) si pitit la gen kapasite pou sa. Epi Mesaje Allah la, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Men moun kap bay la se li ki pi wo a. Kòmanse ak manman ou ak papaw, sèw ak frèw, aprèsa fanmi ki pi pwòch ou yo, selon degre fanmi an.» Rapòte pa Imam Ahmad Epi, insha'Allah nap vini esplike an detay enpòtans ak plas paran yo genyen nan paragraf nimewo (29) la.
Epi, yon lòt fason Islam onore fanm, se lè li rann li obligatwa pou yon mari pran swen madanm li (ba li tout sa li bezwen poul viv) si mari a gen mwayen pou sa. Men sa Allah deklare: Se pou moun ki gen mwayen depanse selon mwayen li; epi moun ki gen mwayen li limite, se pou li depanse nan sa Allah ba li. Allah pa mete yon chay sou okenn moun ki depase sa li ba li. Aprè difikilte, Allah ap pote fasilite. [At-Talaq:7] Yon nonm te mande Pwofèt la (Se pou lapè ak Benediksyon Allah sou li): "Ki dwa yon madanm genyen sou mari li?" Pwofèt la reponn li: "Se pou ou ba li manje menm jan ou menm wap manje, ba li rad pou li mete menm jan ou menm wap mete rad, ou pa dwe janm ba li kou nan vizaj, epi ou pa dwe janm manke li dega (jourel oswa dil move pawòl). Rapòte pa Imam Ahmad, Epi Mesaje Allah la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di, poul te montre klè kèk nan dwa fanm yo sou mari yo: «Epi se responsabilite nou pou nou founi yo manje ak rad yo nan yon fason ki kòrèk.» Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan). Epi li di, ke lapè ak benediksyon Allah sou li: «Sa sifi kòm peche pou yon moun, pou li neglije moun li gen pou li okipe» Rapòte pa Imam Ahmad Epi Al-Khattabi te deklare: « Konsènan pawòl (Pwofèt la): "moun li dwe bay manje", sa vle di moun li gen obligasyon pou li ba yo sa yo bezwen pou yo viv. Sa vle di, se kòmsi li tap di moun kap fè lacharite a: "Pa bay sa ki nesesè pou fanmiw manje kòm lacharite nan lide pouw chèche rekonpans nan men Allah paske saw fè a ap tounen yon peche pou ou siw neglije yo (si ou kite yo grangou).»
Epi, yon lòt fason Islam onore fanm, se lè li rann li obligatwa pou yon papa pran swen pitit fi li ba li tout sa li bezwen pou li viv. Men sa Allah deklare: Manman yo dwe bay pitit yo tete pandan 2 lane nèt, pou moun ki vle bay tete a nèt ale. Epi, se responsablite papa a moun ki mèt pitit la pou li bay manman yo manje epi ba yo rad pou yo mete, daprè sa ki dwat (ak respè). [Al-Baqarah:233]. Konsa, Allah fè konnen se responsablite papa ki gen yon pitit ki fenk fèt pou li bay pitit la manje epi ba li rad pou li mete, daprè sa ki dwat (ak respè). Men sa Allah deklare tou: « Si yo bay pitit nou yo tete, na ba yo sa yo merite pou travay sa a (peye yo pou sa). » B[At-Talaq:6]. Konsa, Allah rann li obligatwa pou papa a peye pou depans lèt (bay tete) pitit li a; sa montre klè ke se sou do papa a chaj poul bay pitit li sa li bezwen pou li viv. Mo "pitit" la gen ladan li ni gason ni fi. Epi nan Hadith (pawòl Pwofèt la) ki vin aprèsa, gen prèv ki montre obligasyon yon papa genyen pou li pran swen madanm li ak pitit li yo.. Aisha (se pou Allah kontan avè li) rapòte ke Hind te di Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li): "O Pwofèt Allah anverite Abu Sufyan (mari m) se yon nonm ki chich anpil; mwen jwenn mwen oblije pran nan lajan li (san li pa konnen)." Pwofèt la di li: «Pran sa ki sifiw ak pitit ou a, yon fason ki rezonab (san fè eksè).» Se Al-Boukari ki rapòte li. Epi Pwofèt la (ki gen anpil bon kè) te esplike ki gwo rekonpans (benefis) yon moun jwenn lè li depanse pou pitit fi li yo ak sè li yo. Men sa li te deklare: « Nenpòt moun ki pran swen (ki bay manje, rad, ak edikasyon) 2 pitit fi oswa 3 oswa 2 sè oswa 3 jiskaske yo marye (yo kite kay la) oswa jiskaske li mouri kite yo; mwen menm avèk moun sa a ap tankou 2 bagay sa yo nan Paradi. Epi li fè siy ak 2 dwèt li: dwèt endèks la ak dwèt mitan an. » As-Silsilah As-Sahihah 296.
20- Lanmò se pa disparisyon nèt ale, men okontrè, se yon pasaj soti nan lavi kote moun fè aksyon pou ale nan lavi kote moun jwenn rekonpans. Lanmò touche ni kò a, ni nanm nan. Pou nanm nan, lanmò se lè li separe ak kò a, epi aprèsa li retounen ladan li aprè moun fin leve soti vivan nan lanmò nan jou Jijman an. Epi aprè lanmò, nanm nan pa deplase al nan yon lòt kò, ni li pa repwodui tèt li nan yon lòt kò.
Lanmò se pa lafen nèt ale, Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: « Di yo: "Zanj lanmò a, li menm yo mete responsab nou an, ap pran nanm nou (lè lè a rive); aprèsa, se devan Granmèt nou an yap mennen nou tounen." » [As-Sajdah:11]. Epi lanmò afekte kò a ak nanm nan, e lanmò nanm nan se lè li kite kò a, aprèsa li tounen jwenn li aprè rezireksyon an nan Jou Jijman an. Allah, Sila ki Egzalte a, di: Se Allah ki pran nanm yo lè yo mouri, epi (Li pran) sa yo ki pa mouri yo tou pandan yap dòmi. Lè sa a, Li kenbe nanm moun li deside ki dwe mouri a, epi li voye lòt yo tounen (nan kò yo) pou yon tan byen limit ki te fikse deja. Anverite, nan sa genyen plizyè siy pou yon pèp kap reflechi. [Sourat Az-Zoumar:42]. Epi Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: « Anverite, lè nanm nan soti (nan kò a), zye a swiv li (li gadel kap ale). » Rapòte pa Mouslim 920 , Epi aprè lanmò, lòm deplase soti nan mond aksyon an pou li ale nan mond rekonpans ak pinisyon an. Allah ki anwo nan syèl la di: Se bò kote li menm nou tout pral tounen; se yon vrè pwomès ki soti bò kote Allah. Sètènman, se li menm ki kòmanse kreyasyon an, aprè sa lap refè li ankò, pou li ka rekonpanse moun ki gen lafwa epi ki fè bon zèv yo ak jistis. Epi pou moun ki pat kwè yo, yap gen yon bwason ki fèt ak dlo kap bouyi ak yon chatiman ki fè mal anpil, poutèt yo pa te vle kwè a. [Yunus:4].
Epi nanm nan pa transfere nan yon lòt kò aprè lanmò, ni li pa reyenkanne. Paske reklamasyon reyenkanasyon an, pa gen ni lojik ni sans yo ki pwouve li, epi pa gen okenn transmisyon ki soti bò kote Pwofèt yo (se pou lapè Allah sou yo) ki temwanye pou kwayans sa a.
21- Islam rele moun pou yo gen lafwa nan gwo prensip fondamantal yo (Pilye Lafwa yo), ki se: Kwè nan Allah ,kwè nan zanj li yo, kwè nan Liv ki soti nan syèl yo tankou Tora , Evanjil ak Sòm (Zabur) jan yo te ye anvan yo te chanje yo a ak Koran an. Epitou, kwè nan tout pwofèt ak mesaje yo (lapè sou yo tout), epi kwè nan dènye pami yo a, ki se Muhammad, mesaje Allah a, ki se dènye tout pwofèt ak mesaje yo. Kwè tou nan Jou Dènye a (Jou Jijman an); paske nou konnen si lavi sou tè a se te la li fini, lavi ak egzistans nou tap san sans nèt. Anfen, kwè nan Desten (Al-Qadar), kit li bon kit li pa parèt bon pou nou.
Lislam rele pou moun kwè nan gwo prensip lafwa yo, menm prensip tout pwofèt ak mesaje yo te rele pou yo a, ki se:
Premye a: Kwè nan Allah kòm Senyè a, Kreyatè a, Sila a ki bay pwovizyon, ak Sila a ki jere tout linivè sa a; epi ke se li menm sèl ki merite pou yo adore li, epi ke adorasyon tout sa ki pa li a se yon adorasyon ki pa vo anyen, e tout sa yo adore an deyò de li pa vo anyen. Adorasyon pa dwe fèt pou okenn lòt moun pase li, e li pa valab si se pa pou li sèlman li fèt. Prèv pou kesyon sa a te deja esplike nan paragraf nimewo (8).
Epi Allah, ki sen anpil e ki Egzalte a, te site gwo prensip sa yo nan anpil vèsè ki gaye nan Sen Koran an, pami yo gen pawòl li a, Sila ki Egzalte a: Pwofèt la kwè nan sa Granmèt la voye desann ba li a, epi tout kwayan yo kwè ladan li tou. Yo tout kwè nan Allah, nan zanj li yo, nan liv li yo, ak nan pwofèt li yo. Yo di: 'Nou pa fè okenn diferans ant pwofèt li yo. Epi yo di: 'Nou tande sa Ou di a epi nap obeyi. Padonnen nou, Granmèt nou, paske se bò kote Ou tout moun ap retounen. [Al-Baqarah:285]. Men sa Allah di tou: Se pa vire figi nou bò kote solèy leve oswa bò kote solèy kouche ki vle di nou gen bon kè . Men, vrè moun ki gen bon kè a, se moun ki kwè nan Allah,nan Jou Dènye a, nan zanj yo, nan Liv la (Koran an ak lòt Liv Allah yo), ak nan pwofèt yo. Se moun ki bay nan byen li genyen yo malgre li renmen yo bay fanmi li, timoun san papa (òfelen), moun ki nan nesesite (pòv), vwayajè ki bloke, moun kap mande sekou, epi pou delivre moun ki nan esklavaj. Se moun ki fè lapriyè , ki bay lacharite obligatwa (Zakat). Se moun ki kenbe pwomès yo lè yo fè yo, ak moun ki gen pasyans nan moman mizè, nan moman maladi, ak nan moman batay. Moun sa yo, se yo menm ki sensè (nan lafwa yo), epi se yo menm ki gen krentif pou Allah tout bon vre. (Sourat Al-Baqarah, vèsè 177) Epi Allah, Trèwo a, te mande pou moun kwè nan prensip sa yo, epi li te fè konnen ke nenpòt moun ki nye yo, li pèdi nan yon egareman ki lwen anpil. Allah ki gen tout pouvwa a di : O nou menm ki kwè yo (ki gen lafwa you)! Se pou nou kwè nan Allah ak nan Mesaje li a, ak nan Liv li te voye desann bay Mesaje li a, ansanm ak Liv li te voye desann anvan an. Nenpòt moun ki nye Allah ,zanj li yo, liv li yo, mesaje li yo, ak dènye jou a, li pèdi nèt nan yon egare ki trè pwofon. [An-Nisa:136]. Epi nan Hadith la, bò kote Omar ibn al-Khattab (Se pou Allah satisfè de li) li te di: Pandan nou te bò kote Mesaje Allah yon jou, sanzatann yon mesye parèt devan nou, rad li te byen blan, cheve li te byen nwa. Ou pat ka wè okenn tras vwayaj sou li, epi pèsonn pami nou pat konnen li. Jiskaske li te vin chita bò kote Pwofèt la, li mete jenou pal yo kont jenou pa Pwofèt la, epi li mete pla menl yo sou kwis pal, epi li di: "Ya Muhammad, palem de Islam?" Lè sa a, Mesaje Allah la di: «Islam se: pou ou temwanye ke pa gen okenn divinite ki merite adorasyon sof Allah epi Muhammad se Mesaje Allah la, pouw akonpli Lapriyè obligatwa yo, pouw bay Zakat la, pouw jene Ramadan, epi pouw fè Hajj nan lamèk la siw gen mwayen pou sa.» Li di: «Ou di laverite.» Sa te fè nou sezi pou li, lap pozel kesyon epi lap konfimel . Li di: "Alò, palem sou afwa?" Li di: «Se pouw kwè nan Allah, nan Zanj li yo, nan Liv li yo, nan Mesaje li yo, nan Dènye Jou a, epi pouw kwè nan Desten an, kit li bon kit li pa bon.» Li di: «Ou di laverite.» Li di: "Alò, palem de Ekselans?" Li di: «Se pouw adore Allah kòmsi ou tap wè li, paske menmsi ou pa wè li, li menm, li wè ou.» Sahih Mouslim ,Liv Otantik Mouslim nan 8 . Nan hadith sa a, Jibril te vin jwenn Pwofèt la, Muhammad (lapè ak benediksyon Allah sou li), epi li te poze li kesyon sou nivo relijyon an ki se: Islam, Lafwa (Iman), ak Ekselans . Pwofèt la, Muhammad (lapè ak benediksyon Allah sou li), te reponn li. Aprèsa, Pwofèt la, Muhammad (lapè ak benediksyon Allah sou li), te di konpayon li yo (ke Allah satisfè avèk yo) ke se te Jibril ki te vin jwenn yo pou anseye yo relijyon yo a. Men sa Islam ye: yon mesaj divin ke Jibril te transmèt, epi Pwofèt la Muhammad (lapè ak benediksyon Allah sou li) te kominike li bay moun yo. Konpayon li yo (ke Allah satisfè avèk yo) te prezève li, epi yo te kominike li bay moun ki te vini aprè yo.
Dezyèmman: Se kwè nan zanj yo; yo se yon mond envizib ke Allah kreye, li ba yo yon fòm espesifik epi li konfye yo gwo travay. Pami travay ki pi enpòtan yo, se transmèt mesaj divin yo bay Mesaje ak Pwofèt yo, ke lapè sou yo. Epi zanj ki pi gran an se Jibril, ke lapè sou li. Epi pami sa ki montre Jibril, ke lapè sou li, te konn desann ak revelasyon an bay Mesaje yo, ke lapè ak benediksyon sou yo, se pawòl Allah ki di: Li voye zanj yo desann ak Revelasyon an pa kòmandman li, sou sila Li vle pami sèvitè li yo, pou yo bay avètisman ke pa gen okenn divinite (ki merite adorasyon) sof Mwen, kidonk se pou nou gen krentif pou Mwen. [An-Nahl:2]. Men sa Allah di tou: 192- Epi sètènman, li (Koran an) se yon revelasyon ki sòti bò kote Mèt (ki kreye, ki posede, epi kap dirije) tout kreyasyon an (tout sa ki egziste). 193: « Se Lespri ki fidèl la (Zanj Jibril) ki desann avèk li (Koran an). » 194: « Li desann li sou kè ou, pou ou kapab pami moun kap avèti yo (kap bay avètisman yo). » Nan yon lang arab ki byen klè [195] 196: « Epi anverite, (mesaj sa a) te deja nan Liv moun ansyen yo (nan Liv pwofèt ki te la anvan yo). » Sourat Ash-Shu‘arā’ vèsè 192 a 196.
Twazyèm nan: Kwè nan Liv divin yo tankou Tora a, Levanjil la, ak Sòm yo —anvan yo te chanje yo ak Koran an, jan Allah ki gen tout pouvwa a di: O nou menm ki kwè yo (ki gen lafwa you)! Se pou nou kwè nan Allah ak nan Mesaje li a, ak nan Liv li te voye desann bay Mesaje li a, ansanm ak Liv li te voye desann anvan an. Nenpòt moun ki nye Allah ,zanj li yo, liv li yo, mesaje li yo, ak dènye jou a, li pèdi nèt nan yon egare ki byen lwen. [An-Nisa:136]. Men sa Allah di tou: 3: Li desann Liv la (Koran an) sou ou ak laverite, pou li konfime sa ki te la anvanl, epi Li desann Tora a ak Levanjil la. 4-Li te voye yo anvan sa, kòm yon gid pou lèzòm, epi Li desann Furqan an (Koran an ki se kritè pou rekonèt sa ki byen ak sa ki mal). Anverite, moun ki pa kwè nan siy Allah yo, gen yon chatiman ki rèd kap tann yo. Allah ki gen tout pouvwa, li se moun ki konn pran revanj (pou jistis). (Sourat Al-Imran, vèsè 3 a 4) Men sa Allah di tou: Pwofèt la kwè nan sa Granmèt la voye desann ba li a, epi tout kwayan yo kwè ladan li tou. Yo tout kwè nan Allah, nan zanj li yo, nan liv li yo, ak nan pwofèt li yo. Yo di: 'Nou pa fè okenn diferans ant pwofèt li yo. Epi yo di: 'Nou tande sa Ou di a epi nap obeyi. Padonnen nou, Granmèt nou, paske se bò kote Ou tout moun ap retounen. [Al-Baqarah:285]. Men sa senyè toupwisan an di: 95- Di: 'Nou kwè nan Allah nou kwè nan sa ki te desann sou nou, ak nan sa ki te desann sou Abraram, Ismayèl, Izarak, Jakòb ak douz branch fanmi yo . Nou kwè tou nan sa Moyiz, Jezi ak tout lòt pwofèt yo te resevwa nan men Seyè yo a. Nou pa fè okenn diferans ant yo menm, epi se devan Li menm sèlman nou soumèt nou (nou se Mizilman)'. [Al Imran:84]
Katriyèmman: Lafwa nan tout Pwofèt yo ak Mesaje yo (ke lapè Allah sou yo). Nou dwe kwè nan tout Pwofèt yo ak Mesaje yo (ke lapè Allah sou yo) epi gen kwayans ke yo tout se mesaje ki soti bò kote Allah, kap transmèt mesaj Allah yo, relijyon li a, ak lwa li yo bay pèp yo. Jan Allah toupwisan an te di: Di: Nou kwè nan Allah ak nan sa ki te desann sou nou, ak nan sa ki te desann sou Abraram, Ismayèl, Izarak, Jakòb ak douz branch fanmi yo. Nou kwè tou nan sa Moyiz ak Jezi te resevwa, ansanm ak sa tout pwofèt yo te resevwa nan men Seyè yo a. Nou pa fè okenn diferans ant yo menm, epi se devan Li menm sèlman nou soumèt nou (nou se Mizilman). [Al-Baqarah:136]. Men sa Allah di tou: Pwofèt la kwè nan sa Granmèt la voye desann ba li a, epi tout kwayan yo kwè ladan li tou. Yo tout kwè nan Allah, nan zanj li yo, nan liv li yo, ak nan pwofèt li yo. Yo di: 'Nou pa fè okenn diferans ant pwofèt li yo. Epi yo di: 'Nou tande sa Ou di a epi nap obeyi. Padonnen nou, Granmèt nou, paske se bò kote Ou tout moun ap tounen. [Al-Baqarah:285]. Men sa Allah di tou: 84- Di: 'Nou kwè nan Allah nou kwè nan sa ki te desann sou nou, ak nan sa ki te desann sou Abraram, Ismayèl, Izarak, Jakòb ak douz branch fanmi yo. Nou kwè tou nan sa Moyiz, Jezi ak tout lòt pwofèt yo te resevwa nan men Seyè yo a. Nou pa fè okenn diferans ant yo menm, epi se devan Li menm sèlman nou soumèt nou (nou se Mizilman)'. [Al Imran:84].
Epi pou li kwè nan dènye a, ki se Muhammad, Mesaje Allah a, dènye nan tout pwofèt ak tout mesaje yo (se pou lapriyè ak benediksyon Allah sou yo tout). Men sa Allah deklare: Sonje lè Allah te pran angajman (kontra) nan men pwofèt yo, Li te di yo: "Mwen ban nou Liv ak Sajès; aprèsa, si yon Mesaje (Muhammad) vini pou konfime sa nou gen nan men nou an, se pou nou kwè nan li epi se pou nou ede li." Allah di: "Èske nou dakò? Èske nou aksepte chay (responsablite) sa a?" Yo reponn: "Nou dakò." Allah di: "Enben, sèvi temwen, epi mwen menm tou, map temwen ansanm ak nou." [Al Imran:81]
Islam egzije pou nou kwè nan tout pwofèt ak mesaje yo an jeneral, epi li egzije pou nou kwè nan dènye nan yo a, ki se mesaje Muhammad (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li). Allah toupwisan an di: Di yo: "O nou menm moun Liv yo (Jwif ak Kretyen)! Nou pa poze sou anyen (nou pa gen okenn valè nan relijyon nou an) toutotan nou pa aplike (swiv) Tora a, Evanjil la, ak tout sa ki desann vin jwenn nou ki soti nan men Granmèt nou an (Koran an). (Sourat Al-Ma'idah, vèsè 68) Men sa Allah di tou: 64: Di: O nou menm moun ki te resevwa Liv la! Vini non pou nou antann nou sou yon sèl pawòl ki valab ni pou nou ni pou ou : Ke nou pa dwe adore pèsonn esepte Allah, nou pa dwe bay li okenn asosye, epi pèsonn nan nou pa dwe pran lòt moun kòm mèt nan plas Allah. Si yo vire do yo, lè sa a di yo: 'Temwaye ke nou menm, nou se Mizilman moun ki soumèt devan Allah. [Al Imran:64].
Epi, nenpòt moun ki pa kwè nan yon sèl pwofèt, se kòmsi li pat kwè nan tout pwofèt yo ak tout mesaje yo nèt (se pou lapriyè ak benediksyon Allah sou yo tout). Se pou rezon sa a Allah te deklare jijman li sou pèp Noe a (lapè sou li) konsa: « Pèp Noe a te demanti Mesaje yo. » [Ash-Shu‘arā’:105]. Li konnen ke Nouh (Noé) (kè poze sou li) pat gen okenn mesaje ki te vini anvan li epoutan, lè pèp li a te demantil, demanti sa a yo te fè a se te yon demanti pou tout Pwofèt ak Mesaje yo; paske apèl yo a se youn, epi objektif yo a se youn.
Senkyèm pwen an: Se pou nou gen lafwa nan Jou Dènye a, ki se Jou Jijman an (Yawm al-Qiyamah). Lè lavi sou tè sa a ap rive nan bout li, Allah ap bay zanj Israfil (lapè sou li) lòd pou li soufle klewon an. Lè sa a, tout moun Allah vle ap tonbe epi yap mouri anba gwo kout son sa a. Men sa Allah deklare: Epi, yap soufle klewon an (Twonpèt la); lè sa a, tout sa ki nan syèl la ak tout sa ki sou tè a ap tonbe mouri eksepte sa Allah vle (epanye) yo. Aprèsa, yap soufle li yon dezyèm fwa; epi men yo tout kanpe la ap gade (yap tann sak pral rive). [Az-Zoumar:68]. Epi lè tout sa ki nan syèl yo ak sa ki sou tè a peri, eksepte sila Allah vle yo, Allah va woule syèl yo ak tè a, jan Allah Granmèt la di sa: Jou nap pliye syèl la tankou lè yo pliye yon woulo papye menm jan Nou te kòmanse premye kreyasyon an, se konsa Nou pral fè li tounen ankò. Se yon pwomès ki soti bò kote nou; anverite, se sèten nou pral akonplil. [Al-Anbiya: 104]. Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: Yo pa bay Allah valè Li merite (yo pa rekonèt pouvwa li tout bon vre); poutan, tout tè a nèt ap nan pla men li nan Jou Jijman an, epi syèl yo ap vlope (ranmase) nan men dwat lii. Glwa pou Li! Li pi wo pase tout sa yo vle mete ansanm avèk li yo. [Az-Zoumar:67]. Epi Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Jou Jijman an, Allah ap pliye syèl yo, aprèsa lap pran yo nan men dwat Li, aprèa lap di: Mwen se Wa a. Kote moun ki te gen gwo ponyèt yo? Kote moun ki te gen lògèy yo? Aprèsa sa, lap pliye tè a ak men goch Li, epi lap di: Mwen se Wa a. Kote moun ki te gen gwo ponyèt yo? Kote moun ki te gen lògèy yo?» Rapòte pa Mouslim.
Aprèsa Allah bay zanj lan lòd, epi li soufle ladan li yon lòt fwa, epi menm moman an yo tout kanpe ap gade. Men sa Allah ki gen tout pouvwa a di: {Aprèsa, yo soufle nan Twonpèt la pou yon dezyèm fwa, epi men yo kanpe ap gade} [Az-Zoumar:68]. Epi, lè Allah fè kreyati yo leve pou li rasanble yo pou jijman an, Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: Jou tè a va fann pou yo kouri soti, sa se yon rasanbleman ki fasil pou Nou fè. [Qaf: 44]. Men sa Allah di tou: Jou yo pral parèt aklè a, anyen nan yo pap kache pou Allah. Pou kiyès wayote a ye jou sa a? Se pou Allah, Sila a ki Youn nan, Sila a ki gen dominasyon total la. [Ghafir: 16]. Nan jou sa a, Allah ap jije tout moun, Lap rann jistis pou chak moun ki te sibi enjistis nan men moun ki te fè yo tò a, epi chak moun ap resevwa rekonpans oswa pinisyon pou sa li te fè. Allah ki anwo nan syèl la di: Jodi a, yap rekonpanse chak nanm pou sa li te fè. Pa gen okenn enjistis jodi a. Sètènman, Allah rapid nan fè kalkil. [Ghafir:17]. Men sa Allah di tou: Sètènman, Allah pa fè pèsonn enjistis, pa menm pwa yon atòm. E si se yon bon aksyon, li fè li vin plizyè fwa plis, epi li bay bò kote pal yon gwo rekonpans. [An-Nisa: 40]. 7: Konsa, moun ki fè yon ti kras byen ki pèse pwa yon ti grenn pousyè, lap wè li. 8- Epi, nenpòt moun ki fè pwa yon atòm nan sa ki mal, li gen pou li wèl. [Az-Zalzalah:7-8] Men sa Allah di tou: 47- Nap mete balans jistis yo pou jou Jijman an, e pyès nanm pap sibi okenn enjistis. Menmsi se te pwa yon grenn moutad, Nap vini avèl. Epi, Nou menm sèl nou sifi pou fè tout kalkil. [Al-Anbiya:47].
Epi aprè Rezirèksyon an ak jijman an, pral gen rekonpans lan. Konsa, moun ki te fè sa ki byen, se pou li yon bonè kap pap janm fini an. Epi moun ki te fè sa ki mal epi ki te voye verite a jete, se pou li chatiman an ye. Allah ki anwo nan syèl la di: 56- Jou sa a, pouvwa a se pou Allah, lap jije antre yo. Konsa, moun ki kwè yo epi ki fè sa ki byen yo ap nan Jaden delis yo. Men, moun ki pa kwè yo epi ki demanti vèsè nou yo, moun sa yo gen yon chatiman ki bay gwo wont pou yo. [Al-Hadj:56-57]. Epi nou konnen si lavi sou tè a se te la li te fini, lavi ak egzistans tap yon bagay ki fèt pou granmesi nèt. Men sa Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: « Èske nou te panse nou te kreye nou konsa konsa pou granmesi (san rezon), epi nou patap tounen vin jwenn nou ankò? » [Al-Mouminoun: 115].
Sizyèm pwen an: Se pou ou gen lafwa nan sa Allah deside ak sa Li planifye (Al-Qada wal-Qadr). Sa vle di, ou dwe kwè Allah konnen tout sa ki te pase, tout sa kap pase, ak tout sa ki gen pou rive nan linivè sa a. Epi, ou dwe kwè Allah te deja ekri tout bagay sa yo anvan Li te kreye syèl la ak latè a. Se Li menm ki gen kle bagay ki kache yo; pèsonn pa konnen yo sof Li. Li konnen tout sa ki sou tè ak nan lanmè. Pa gen yon fèy ki tonbe san li pa konnen li, ni yon grenn nan fènwa tè a, ni anyen ki vèt, ni anyen ki sèk, ki pa anrejistre nan yon Liv ki klè. [Al-An‘ām:59]. Epi ke Li anvlòpe tout bagay ak konesans li, Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: Se Allah ki te kreye 7 syèl, epi menm jan an pou tè a tou. Kòmandman an ap desann nan mitan yo, pou nou ka konnen ke Allah gen pouvwa sou tout bagay, e ke konesans li antoure tout bagay. [At-Talaq:12]. Epi pa gen okenn bagay ki rive nan linivè sa a si se pa Allah ki te vlel, ki te gen volonte pou li, ki te kreye li, epi ki te fasilite mwayen pou li. Men sa Allah Granmèt la di: Se pou Li tout otorite nan syèl la ak sou latè a. Li pa janm pran pitit, Li pa gen okenn asosye nan pouvwa Li a. Li kreye tout sa ki egziste, epi Li regle yo daprè yon mezi ki pafè.. [Al-Furqan:2]. Epi, li gen yon sajès ki total nan sa, yon sajès lèzòm pa ka fin konprann nèt. Allah ki gen tout pouvwa a di: Se yon sajès ki pafè nèt; men avètisman yo pa sèvi anyen pou moun ki derefize kwè. (Sourate Al-Qamar, vèsè 5) Men sa Allah di tou: Se Li menm ki kòmanse kreyasyon an, epi se Li kap refèl ankò; epi sa pi fasil toujou pou li. Se pou li tout kalite ki pi wo (ak tout glwa) nan syèl la ak sou latè a. Se li ki gen tout Pouvwa a, e se Li ki Gen Tout Sajès la. (Sourate Ar-Rum, vèsè 27) Epi Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, dekri tèt li avèk lasajès epi li rele tèt li Al-Ḥakīm. Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: Allah temwaye li menm, ak tout zanj li yo, ansanm ak moun ki gen konesans yo, pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon sof li menm; Li toujou kanpe pou jistis. Pa gen okenn lòt dye sof Li menm, Li se Sila a ki gen tout pouvwa a, epi ki gen tout bon konprann lan. [Al Imran:18] Epi Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, rapòte ke Issa(Jezi), ke lapè sou li, pral pale ak Allah nan Jou Rezirèksyon an, epi lap di: Si Ou pini yo, se sèvitè Ou yo ye (Ou gen dwa sa a sou yo); epi si Ou padone yo, anverite, se Ou menm ki Gen Tout Pouvwa a, e se Ou menm ki Gen tout Sajès la. Sourat Al-Ma'idah, vèsè 118 Epi Allah ki gen tout pouvwa a te pale ak Moyiz (lapè sou li) lè Li te relel, pandan Moyiz te bò kote mòn Tour (mòn Sinayi a): O Moyiz, an verite, Mwen se Allah ki gen tout pouvwa a epi ki gen tout sajès la. [An-Naml:9].
Yo dekri Sen Koran an avèk sajès, epi Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: Alif, Lam, Ra. Sa a se yon Liv vèsè li yo byen fèm (yo pafè), epi aprè sa yo byen esplike an detay, sa soti nan men Yon moun ki gen tout bon konprann epi ki konn tout bagay. [Houd: 1]. Men sa Allah di tou: Sa se yon pati nan sajès Mèt ou a te revele ou. Epi piga ou mete yon lòt divinite ansanm avèk Allah, paske lè sa a, wap jete nan Jahannam(lanfè a) blame epi rejte. [Al-Isra:39].
Pwofèt yo (se pou lapè Allah sou yo) gen pwoteksyon Allah nan mesaj yap transmèt pou li a, epi yo gen pwoteksyon kont tout sa ki ale kont lojik oswa kont bon moralite. Epi se pwofèt yo menm Allah bay responsablite pou pote lòd li yo bay sèvitè li yo. Pwofèt yo pa gen okenn nan kalite ki se pou Allah sèlman, ni nan nivo kreyasyon ni nan nivo adorasyon; okontrè, yo se moun tankou tout moun, sèlman Allah Toupwisan an voye mesaj li yo ba yo.
Epi pwofèt yo (se pou lapè Allah sou yo) gen pwoteksyon Allah nan mesaj yap transmèt pou Allah a; paske Allah chwazi pi bon pami kreyasyon li yo pou yo pote mesaj li yo. Allah, Trèwo a, di: Allah chwazi mesaje pami zanj yo ak pami moun yo. Sètènman, Allah tande tout bagay, e li wè tout bagay. [Al-Hadj:75]. Men sa senyè toupwisan an di: Anverite, Allah te chwazi Adan, Noe, fanmi Abraram, ak fanmi Imran sou tout mond yo. [Al Imran:33]. Men sa senyè toupwisan an di: Senyè toupwisan an di: 'O Moyiz! Anverite, Mwen chwazi ou pami tout moun pou pote mesaj Mwen yo epi poum pale avèk ou. Konsa, pran sa Mwen ba ou a, epi se pou ou nan gwoup moun kap di Allah mèsi yo (moun ki gen rekonesans yo).' Sourat Al-A'raf, vèsè 144. Mesaje yo (ke lapè ak benediksyon Allah sou yo) yo konnen sa ki desann vin jwenn yo a se revelasyon ki soti kot Allah a, epi yo wè zanj yo kap desann ak Revelasyon an. Allah (glwa pou li) di: 26 : Se Li menm ki konnen tout sa ki kache; Li pa devwale sekrè sa yo bay pèsonn. 27: Sèl moun li devwale sekrè sa yo, se mesaje li chwazi yo; lè sa a, Li mete yon gad zanj devan yo ak dèyè yo pou veye yo. 28 : Pou li ka fè konnen mesaje yo te transmèt mesaj Mèt yo a kòrèkteman. Li konnen tout sa ki nan men yo nèt, epi li konte chak grenn bagay ki egziste ak yon presizyon total. Sourat Al-Jinn (vèsè 26 a 28) Epi Allah te ba yo lòd pou yo transmèt mesaj li yo, epi Sila ki gen tout pouvwa a di: O ou menm Mesaje a, transmèt sa Mèt ou a te fè desann vin jwenn ou an. Epi si ou pa fè sa, ebyen ou pa transmèt mesaj Li a. Epi Allah ap pwoteje ou kont moun yo. Anverite, Allah pa gide pèp ki pa kwè yo. [Al-Ma'idah:67]. Men sa senyè toupwisan an di: « Mesaje ki pote bon nouvèl epi ki bay avètisman, pou lèzòm pa gen okenn agiman kont Allah aprè Mesaje yo. Epi Allah se Toupwisan an, li gen anpil sajès. » [An-Nisa:165].
Epi Mesaje yo, (lapè ak benediksyon Allah sou yo), yo gen krentif pou Allah nan nivo ki pi wo a; se poutèt sa yo pa ajoute nan mesaj li yo, ni yo pa retire ladan yo. Allah, Trèwo a, te di: 44: Si li te envante kèk pawòl sou kont nou (pou li fè kwè se Nou ki di yo) 45 : Anverite, Nou tap kouri mete men sou li ak fòs (ak men dwat Nou) 46 : Epi, Nou tap koupe gwo venn ki mennen san nan kèl la (venn lavi l la). 47 : Epi, pa tap gen pèsonn pami nou ki tap ka anpeche sa rive (pou pwoteje l). Sourat Al-Haqqah (vèsè 44-47) Ibn Kathir (ke Allah fèl mizèrikòd) te di: (Allah di: {E si li ta envante pawòl sou nou} sa vle di: si Muhammad (Lapè ak benediksyon Allah poze sou li .) te jan moun yo ap pretann nan, yon moun kap envante manti sou nou, epi li ta ajoute nan mesaj la oswa li ta retire ladanl, oubyen li ta di yon bagay ki soti bò kote pal epi li ta di se nou ki dil –sa ki pa vrè ditou– nou tap prese pini li. Epi se pou sa li di: {Nou tap sezil ak men dwat la}. Gen moun ki di: sa vle di nou tap tire revanj sou li ak men dwat la; paske se li ki gen plis fòs pou frape. Epi gen lòt ki di: nou tap pran li pa men dwat li.) Men sa senyè toupwisan di: Epi, Sonje lè Allah va di: 'O Jezi, pitit Mari! Èske se ou menm ki te di moun yo: Pran mwen menm ak manman m sèvi kòm 2 dye nan plas Allah ?' Jezi va reponn: 'Glwa pou Ou! Mwen pa janm gen dwa poum ta di yon bagay ki pa vre. Sim te janm di sa, Ou tap konnen li deja. Ou konnen sak nan fon kè m, men mwen menm, mwen pa konnen sak nan fon kè ou. Anverite, se Ou menm ki konnen tout sa ki kache nèt. [Al-Ma'idah:116-117].
Epi, se yon favè Allah fè pwofèt ak mesaje li yo (lapè ak benediksyon sou yo), dèske Li fè yo rete fèm nan jan yap transmèt mesaj li yo. Allah ki gen tout pouvwa a di: 54 : Li di: 'Mwen pran Allah sèvim temwen, epi nou menm tou, se pou nou rann temwayaj ke mwen menm, mwen pa gen anyen poum wè nan sa nap adore ansanm ak Allah yo (idòl nou yo), (55) nan plas Allah a. Alò, mete tèt nou ansanm pou nou fèm nenpòt mal nou vle, epi pa ban m yon ti moman delè (pa pèdi tan).' Anverite, mwen mete tout konfyans mwen nan Allah, Mèt mwen ak Mèt pa nou an. Pa gen okenn kreyati ki pa anba kontwòl total Li. Anverite, Mèt mwen an sou yon chemen ki dwat. [Houd: 54-56]. Men sa Allah di tou: 73- Epi anverite, yo te prèske fè ou vire do ak sa nou te voye kòm revelasyon ba ou a, dekwa pou ou te ka envante yon lòt bagay kont nou. Epi lè sa a, san dout, yo tap pran ou kòm zanmi pwòch. Epi, si nou pa te fèw kanpe fèm, ou tap prèske panche bò kote yo yon ti kras. 75: Lè sa a, se sèten Nou tap fèw goute yon pinisyon doub nan lavi a ak yon pinisyon doub nan lanmò a. Aprè sa, ou pa tap jwenn pèsonn pou potew sekou kont Nou. [Al-Isra:73-75]. Siy sa yo, ak sa kite la anvan yo, se temwayaj ak prèv ki montre Koran an se Mèt tout kreyasyon an ki voyel desann; paske si se te bò kote Mesaje Mouhammad (benediksyon ak lapè Allah sou li) li te soti, li pa tap mete yon pawòl konsa ki adrese li dirèkteman ladan l.
Epi Allah lwanj pou li, pwoteje mesaje li yo kont move zak lèzòm. Allah ki gen tout pouvwa a di: O ou menm Mesaje! Transmèt tout sa Mèt ou te voye desann ba ou a. Si ou pa fè sa, sa vle di ou pat transmèt mesaj li a ditou. Epi Allah ap pwoteje ou kont lèzòm. Anverite, Allah pa dirije moun ki derefize kwè yo [Al-Ma'idah:67]. Men sa Allah di tou: Rakonte yo istwa Noe, lè li te di pèp li a: 'O pèp mwen! Si prezans mwen nan mitan nou ak rapèl map fè nou sou pawòl Allah yo twòp pou nou, ebyen, mwen mete tout konfyans mwen nan Allah .Mete tèt nou ansanm ak tout lòt dye (asosye) nou yo, epi prepare plan nou nèt ale pou nou pa nan dout. Aprèsa, fèm sa nou gen pou nou fè a, epi pa ban mwen yon ti moman delè (pa pèdi tan). [Yunus:71]. Epi Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, te di — poul te fè konnen pawòl Moyiz, sou li lapè Allah avèk li: 45: Yo di: 'Mèt nou! Nou pè pou li pa aji mal ak nou avèk kòlè, oswa pou li pa kontinye fè mechanste (depase limit yo). 46 : Allah reponn yo: 'Nou pa bezwen pè! Anverite, Mwen la avèk nou toude; Map tande, epi Map wè tout sa kap pase. [Ta-Ha:45-46]. Konsa, Allah (ki gen tout pouvwa a) te esplike klèman ke li pwoteje Mesaje li yo (lapè poze sou yo) kont ènmi yo, pou yo pa ka rive atenn yo pou fè yo mal. Epi Allah (ki gen tout glwa ak tout pouvwa) te fè konnen ke li pwoteje Revelasyon li an, pou pèsonn pa ka ni ajoute ni retire anyen ladanl. Allah ki gen tout pouvwa a te di: Anverite, se nou menm ki te desann Rapèl la, epi anverite, se Nou menm kap pwoteje li. [Al-Hijr:9].
Epi pwofèt yo (se pou lapè Allah sou yo) gen pwoteksyon Allah kont tout sa ki ta ka ale kont lojik oswa moralite; Allah Toupwisan an te di poul fè lwanj Pwofèt li a Muhammad: Epi anverite, ou gen yon karaktè ki estrawòdinè. [Al-Qalam:4]. Epi li te di sou li ankò: Epi, moun pa nou an (Pwofèt la) pa fou ditou. [At-Takwir:22]; Epi sa fèt konsa pou yo ka ranpli misyon yo nan pi bon fason posib. Pwofèt yo (lapè sou yo) se moun Allah bay responsablite pou transmèt lòd Li yo bay sèvitè Li yo. Yo pa gen okenn nan kalite ki fè moun Allah (pouvwa senyè a), ni yo pa gen anyen ki fè yo merite adorasyon. Okontrè, yo se moun menm jan ak tout moun, sèlman Allah voye revelasyon mesaj Li yo ba yo. Mèt linivèa ki gen tout pouvwa a di: Mesaje yo te di yo: «Nou se sèlman moun menm jan ak nou , men se Allah ki bay moun li vle pami sèvitè li yo favè li. Epi se pa nou menm ki gen pouvwa pou nou pote yon prèv pou nou si se pa avèk pèmisyon Allah. Epi se sou Allah pou kwayan yo mete konfyans yo.» [Ibrahim:11]. Epi Allah ki gen tout pouvwa a di, kòm yon kòmandman pou Mesaje li a Muhammad, (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li), pou li di pèp li a: Di (yo): 'Mwen se yon moun menm jan ak nou, sèlman mwen resevwa revelasyon ki fèm konnen senyè toupwisan an nou an se Allah sèlman. Konsa, nenpòt moun ki espere rankontre Mèt li a, se poul fè bon zèv, epi li pa dwe janm mete pèsonn lòt ansanm ak Mèt li a nan adorasyon lap fè a. Sourat Al-Kahf (vèsè 110).
23- Islam ankouraje adorasyon Allah sèlman atravè gwo adorasyon fondamantal sa yo: Lapriyè a, ki se kanpe dwat, koube, pwostène, sonje Allah, fè lwanj pou li, epi fè demann; yon moun dwe akonpli l senk 5 fwa chak jou. Pandan lapriyè a, tout diferans disparèt: moun rich kou moun pòv, dirijan kou sibòdone, yo tout kanpe nan menm ran. Zakat la: se yon ti pòsyon nan lajan selon kondisyon ak kantite Allah fikse ki obligatwa pou moun ki rich yo bay moun ki pòv ak lòt moun ki nan bezwen, yon fwa chak ane. Jèn nan: se evite tout sa ki ka anile jèn nan pandan jounen mwa Ramadan an; li kiltive volonte ak pasyans nan nanm nan. Pelerinaj la: se ale nan kay Allah nan Lamèk ki beni an, yon fwa nan lavi a pou moun ki gen kapasite ak mwayen pou sa. Nan pelerinaj sa a, tout moun egal ego devan Kreyatè a, glwa pou li, epi tout distenksyon ak afilyasyon sosyal disparèt.
Islam rele moun pou adore Allah avèk gwo kalite adorasyon yo ak lòt kalite adorasyon yo ankò. Epi gwo adorasyon sa yo, Allah te fè yo tounen yon obligasyon pou tout Pwofèt ak Mesaje yo, ke lapriyè ak lapè Allah sou yo tout. Epi adorasyon ki pi gran yo se:
Premyèman: Allah te rann lapriyè a obligatwa pou Mizilman yo, menm jan li te rann li obligatwa pou tout lòt pwofèt yo ak mesaje yo, (ke elòj ak lapè sou yo tout) Epi Allah te bay pwofèt li a, zanmi pwòch li a Abraram (Ibrahim), kè poze sou li, lòd pou li pirifye Kay li a pou moun kap fè wonn li yo, moun kap fè lapriyè yo, sila yo ki koube yo, ak sila yo ki pwostène yo. Allah Toupwisan an di: Epi sonje lè Nou te fè Kay la yon kote pou moun yo rasanble ak yon kote ki an sekirite. Epi pran plas kote Abraram te kanpe a kòm yon kote pou lapriyè. Epi Nou te bay Abraram ak Ismayèl lòd pou yo pirifye Kay Mwen an pou moun kap fè wonn li yo, pou moun kap rete ladan li pou adore yo, epi pou moun kap koube ak pwostène yo. [Al-Baqarah:125]. Epi Allah te rann sa obligatwa pou Moyiz depi premye fwa Li te relel la. Allah ki gen tout pouvwa a di: 12: Anverite, se Mwen menm ki Mèt ou. Konsa, retire sapat nan pye ou, paske ou nan vale sakre ki rele Touwa a 13: «Epi Mwen chwazi w, koute sa yap revele ou a.» 14: Anverite, se Mwen menm ki Allah ; pa gen lòt dye pase Mwen menm sèlman. Konsa, adore mwen, epi fè lapriyè (Salat) pou ou ka toujou sonjem. [Ta-Ha: 12-14]. Epi Mesi a, Jezi (Isa), lapè sou li, te fè konnen ke Allah te ba li lòd pou lapriyè ak Zakat la, epi li te di jan Allah te fè konnen an: Epi, li fèm tounen yon moun ki beni kèlkeswa kotem ye, e li pasem lòd poum fè lapriyè a ak bay Zaka a toutotan map viv. [Maryam:31]. Epi lapriyè nan Islam se kanpe, roukou, ak soudjoud, se sonje Allah epi fè lwanj pou li, ak siplikasyon ke yon moun fè 5 fwa chak jou. Allah ki anwo nan syèl la di sa: Toujou fè lapriyè nou yo regilyèman (nan lè yo sipoze fèt), sitou lapriyè ki nan mitan an; epi kanpe devan Allah avèk anpil respè ak soumisyon. [Al-Baqarah:238]. Men sa Allah di tou: Fè lapriyè (Salat) depi lè solèy la kòmanse panche (nan mitan syèl la) rive jouk nan fènwa lannwit lan; epi fè lekti koran nan lapriyè douvanjou a tou. Anverite, lekti douvanjou a, se yon bagay zanj yo rann temwayaj. [Al-Isra:78]. Epi li di, ke lapè ak benediksyon Allah sou li: Kanta pou 'Roukou' a (lè nou panche a), se pou nou bay Mèt la glwa ladan li(fè lwanj pou grandè Li). Men kanta pou 'Soudjoud' la (lè nou mete fwon nou atè a), se pou nou fè anpil jefò nan fè priyè ladan li,paske se nan moman sa a li plis kapab pou Allah reponn nou. Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan)
Dezyèmman: Zaka a, Allah te fè li obligatwa sou Mizilman yo, menm jan li te fè li obligatwa sou Pwofèt ak Mesaje ki te vini anvan yo, ke lapè ak benediksyon Allah sou yo tout. Li se yon ti kantite richès ,daprè kondisyon ak kantite Allah te detèmine ki obligatwa sou byen moun ki rich yo, pou yo bay moun ki pòv yo ak lòt moun ankò yon sèl fwa chak ane . Allah ki anwo nan syèl la te di: «Pran nan byen yo ; yon ofrann pou ou pirifye e sanktifye yo avèk li, e priye pou yo. Sètènman, lapriyè ou se yon trankilite pou yo. Epi Allah tande tout bagay, Li gen konesans.» [Repantans:103]. Epi lè Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te voye Mou'adh (ke Allah satisfè avèk li) nan peyi Yemenn, li te dil: «Ou pral kot yon pèp ki se moun ki te resevwa Liv la, kidonk envite yo nan temwayaj ke pa gen lòt dye pase Allah sèlman epi ke mwen se Mesaje Allah. Si yo obeyiw pou sa, fè yo konnen ke Allah, Ki gen tout pouvwa ak glwa a, te fèl obligatwa pou yo fè 5 lapriyè (Salat) chak jou ak chak swa. Si yo obeyi pou sa, fè yo konnen ke Allah, Ki gen tout pouvwa ak glwa a, te fèl obligatwa pou yo bay yon lacharite (Zakat) sou byen yo, ke yo pran nan men sa ki rich pami yo epi yo remèt li bay sa ki pòv pami yo. Si yo obeyiw pou sa, fè atansyon pouw pa pran pi bon byen yo genyen yo. Epi krenn siplikasyon moun yap oprime a, paske pa gen okenn baryè ant li menm ak Allah, Ki gen tout pouvwa ak glwa a.» Rapòte pa At-Tirmidhi, anba nimewo (625).
Twazyèmman: Jèn nan, Allah, Sila a ki Pi Wo a, rann li obligatwa pou Mizilman yo, menm jan li te rann li obligatwa pou Pwofèt yo ak Mesaje yo ki te vini anvan yo (lapè ak benediksyon Allah sou yo). Allah, Sila a ki Pi Wo a, te di: O nou menm ki gen lafwa! Yo rann jèn nan obligatwa pou nou, menm jan yo te rann li obligatwa pou moun ki te anvan nou yo, pou nou ka vin gen krentif pou Allah [Al-Baqarah:183]. Sa vle di: Pa manje, pa bwè, epi pa fè anyen ki kase jèn nan pandan lajounen nan mwa Ramadan. Jèn nan aprann moun gen kontwòl tèt yo ak pasyans. Li di, ke lapè ak benediksyon Allah sou li: Allah, Sila a ki Toupwisan an epi ki gen Glwa a, di: «Jèn nan se pou mwen, epi se mwen menm kap bay rekonpans pou li; li kite dezil, manjel, ak bwèl poutèt mwen sèlman. Epi jèn nan se yon boukliye, epi gen 2 kè kontan pou moun kap jene a: yon kè kontan lè lap kase jèn nan, ak yon kè kontan lè lap rankontre ak mèt li.» Sahih Al-Bukhari 7492.
Katriyèmman: Allah rann Hajj la obligatwa pou Mizilman yo, menm jan li te rann li obligatwa pou pwofèt ak mesaje ki te la anvan yo ( ke lapè ak benediksyon Allah sou yo tout) Epi Allah te bay pwofèt li a, Ibrahim, bon zanmi li a ( ke lapè Allah sou li) lòd pou li te pwoklame Hajj la. Allah, ki anwo nèt la, di: Epi, rele tout moun pou yo vin fè pelerinaj (Hajj). Yap vin jwenn ou apye, oswa sou do chamo ki vwayaje byen lwen, yap soti nan tout kalite kote ki byen lwen nèt. Sourat Al-Hajj (vèsè 27) Epi Allah te komande li pou li pirifye Kay Ansyen an pou pèleren yo, epi Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: Epi sonje lè nou te etabli pou Abraram anplasman Kay la, lè Nou te di li: 'Pa asosye anyen avèk Mwen, epi pirifye Kay Mwen an pou moun kap fè wonn li yo, moun kap kanpe nan lapriyè yo, ak pou moun kap koube epi kap pwostène yo. [Al-Hadj:26].
Epi Hajj la, li se: gen pou destinasyon kay Allah nan vil La Mèk ki gen anpil onè a, pou fè yon seri aksyon espesifik, yon sèl fwa nan lavi a pou moun ki kapab epi ki gen mwayen an. Allah, ki Egzalte a, di: Se yon devwa pou tout moun devan Allah pou yo fè pelerinaj nan Kay la (Kaaba), pou moun ki gen mwayen pou fè vwayaj la. Kanta pou moun ki refize kwè, anverite, Allah pa bezwen anyen nan men pèsonn nan linivè a. [Al Imran:97]. Pandan pelerinaj la (Hadj), pèleren mizilman yo rasanble nan yon sèl kote, yo adore Kreyatè a (subhanahu) ak tout senserite yo, epi tout pèleren yo akonpli rit Hadj yo nan yon fason ki idantik, kote tout diferans ki genyen nan anviwònman, kilti, ak nivo lavi disparèt.
24- Youn nan pi gwo bagay ki karakterize adorasyon yo nan Lislam, sèke fason pou fè yo, lè pou yo fè yo, ak kondisyon yo, se Allah, Trèwo a, ki te dekrete yo, epi Mesaje li a (se pou lapè ak benediksyon Allah rete avèk li) te transmèt yo, san okenn moun pa ni ajoute ni retire anyen ladan yo jiska jodi a. Epi tout gwo adorasyon sa yo, se tout pwofèt yo (Lapè pou yo tout) ki te rele moun pou pratike yo.
Yonn nan pi gwo bagay ki fè fason moun sèvi Allah nan chemen soumisyon an espesyal, se paske se Allah menm ki deside kòman pou nou fè sa, ki lè pou nou fè sa, ak ki kondisyon ki mache avèk sa. Mesajel la te transmèt sa ban nou nèt ale. Depi lè sa a rive jodi a, pèsonn pa janm chanje anyen ladan li, ni yo pa ajoute, ni yo pa retire anyen. Allah ki gen tout pouvwa a di: Jodi a, Mwen pèfeksyone relijyon nou an pou nou, Mwen akonpli favè mwen sou nou, e Mwen apwouve Islam kòm relijyon pou nou. [Al-Ma'ida:3]. Men sa Allah di tou: Kenbe fèm ak sa Nou te revele ba ou a, paske sètènman ou sou chemen ki dwat la. [Az-Zukhruf:43]. Epi Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di sou Lapriyè: Lè nou fin fè lapriyè a, se pou nou toujou sonje Allah kit nou kanpe, kit nou chita, oswa kit nou kouche sou kote. Men, depi nou an sekirite (san kè sote), se pou nou fè lapriyè a nòmalman jan sa dwe fèt la. Anverite, lapriyè a se yon obligasyon pou moun kap kwè yo, epi li gen lè (moman) fiks pou li fèt. Sourat An-Nisa (vèsè 103) Epi, Allah ki gen tout pouvwa a di konsènan moun ki dwe resevwa ofrann obligatwa yo (Zakat): Anverite, ofrann obligatwa yo (Zakat) se sèlman pou: moun ki pòv nèt yo, moun ki nan nesesite yo, moun kap travay pou ranmase lajan sa a, moun yo vle rale kè yo (nan chemen Allah a), pou libere moun ki nan esklavaj, pou ede moun ki gen gwo dèt sou do yo, pou depanse nan chemen Allah a, ak pou vwayajè ki bloke nan wout. Sa se yon lòd ki soti nan senyè toupwisan an, Allah konnen tout bagay, epi Li gen anpil sajès. Sourat At-Tawbah (vèsè 60) Men sa senyè toupwisan di sou jèn nan: Mwa Ramadan an, se mwa kote yo te fè Koran an desann kòm yon gid pou tout moun, ak prèv klè sou bon chemen an, epi (kòm) sa ki fè diferans (ant sa ki byen ak sa ki mal). Konsa, nenpòt moun pami nou ki prezan pandan mwa a, se pou li jene. Men sila a ki malad, oubyen ki nan vwayaj, se pou li jene menm kantite jou sa a nan kèk lòt jou. Allah vle sa ki fasil pou nou, epi li pa vle sa ki difisil pou nou, epi pou nou konplete kantite jou yo, epi pou nou fè lwanj pou grandè Allah poutèt Li gide nou, epi petèt konsa na rekonesan. [Al-Baqarah:185]. Epi Allah, Sila ki Egzalte a, di konsènan Hajj la: Pelerinaj la fèt nan kèk mwa yo byen konnen. Konsa, nenpòt moun ki deside fè pelerinaj nan mwa sa yo, li pa dwe nan pale koze sal (oswa fè bagay moun marye fè), li pa dwe nan fè peche, ni li pa dwe nan fè gwo diskisyon pandan pelerinaj la. Nenpòt byen nou fè, Allah konnen li. Epi, prepare pwovizyon nou; men konnen pi bon pwovizyon an se krentif pou Allah (respè pou lòd Li yo). O nou menm ki gen lespri, gen krentif pou Mwen. [Sourat Al-Baqarah vèsè197]. Epi tout pwofèt yo (kè poze sou yo) te rele moun pou yo fè tout gwo zak adorasyon sa yo.
Mesaje Islam nan se te Muhammad, pitit gason Abdoullah. Li soti nan ras pwofèt Ismayèl, ki li menm se te pitit pwofèt Ibrahim. Li te fèt nan lavil Lamèk nan lanne 571 (aprè Jezikri). Se la li te kòmanse resevwa mesaj Allah anvan li te pati al viv nan lavil Medine. Li pat janm patisipe nan sèvi zidòl ak pèp li a, men li te toujou ede yo nan tout bon aksyon yo tap fè. Li te gen yon bon konpòtman depi anvan li te vin pwofèt, kifè moun nan pèp li a te relel: 'Moun serye a' (Al-Amine). Allah te voyel kòm mesaje lèl te gen 40 lanne. Allah te ba li anpil mirak pou apiyel, epi pi gwo mirak pami yo se te Koran an. Se sèl mirak pami tout mirak pwofèt yo ki rete la jouk jodi a. Lè Allah fin fè relijyon an konplè epi pwofèt la fin transmèt tout mesaj la nèt, li te mouri ak 63 lane epi yo te antere li nan lavil Medine. Pwofèt Muhammad se dènye nan tout pwofèt Allah te voye yo. Allah te voye li ak verite a pou li rale moun sot nan fènwa kote yap sèvi zidòl ak kote yo nan inyorans, poul mennen yo nan limyè lafwa ak konesans yon sèl Allah. Senyè toupwisan an menm sèmante ke se Li ki te voye li poul rele moun vin jwenn Li.
Pwofèt Islam nan se Mouhammad, pitit gason Abdoullah, ki soti nan ras Ismayèl, pitit gason Abraram (Ibrahim), ke lapè poze sou yo tout. Li te fèt nan vil Lamèk nan lane 571 apre Jezikri, se la li te resevwa misyon pwofetik li, epi li te imigre al nan vil Medin. Moun nan pèp li a te konn relel 'Moun ki serye a' (Al-Amin). Li pat janm patisipe ak pèp li a nan pratik idolatri (adore zidòl) yo, men li te konn patisipe ansanm ak yo nan gwo travay ki itil kominote a. Li te gen yon karaktè estrawòdinè anvan li te resevwa misyon pwofetik li. Senyè li a te dekri li kòm yon moun ki gen yon karaktè estrawòdinè, se konsa Allah, Ki Pi Wo a, te di sou li: Epi anverite, ou gen yon karaktè ki estrawòdinè. [Al-Qalam:4]. Epi Allah te voye li lè li te gen karantan (40 an), epi li te soutni li avèk mirak ki gran anpil, e pi gwo a ladan yo se Koran ki Sen an. Epi Mesaje li a,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Pa gen yon Pwofèt pami Pwofèt yo ki pat resevwa sa ki te ka fè moun kwè nan li, men sa mwen menm mwen te resevwa a se yon revelasyon Allah te revele ban mwen, donk mwen espere ke se mwen menm ki pral gen plis moun kap swiv pami yo nan Jou Jijman an» Sahih Al-Bukhari. Epi Sen Koran an se revelasyon Allah te voye bay Mesaje li a (Lapè ak benediksyon Allah poze sou li), Allah di sou li: Sa a se Liv la, pa gen okenn dout ladan li, yon gid pou moun ki gen krentif yo. [Al-Baqarah:2]. Epi Allah ki gen tout pouvwa a di ladan l: Èske yo pa pran tan pou yo byen egzamine (epi konprann) sa ki nan Korann nan? Si se yon lòt moun ki pa Allah ki te fè li yo tap jwenn anpil kontradiksyon (bagay ki pa mache ansanm) ladan li. Sourat An-Nisa (vèsè 82) Epi Allah te defye djin yo ak lèzòm yo pou yo pote yon bagay ki sanble avè li.Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: Di: Si tout moun ak tout djinn yo ta mete tèt yo ansanm pou yo fè yon Koran ki sanble ak sa a, yo pap janm kapab fè parèy li, menm si youn tap ede lòt. [Al-Isra:88]. Epi Allah te ba yo defi pou yo pote 10 chapit ki tankou sa ki nan Liv la. Allah ki gen tout pouvwa a di: Oswa, èske y ap di: 'Se li menm ki envantel'? Di yo: 'Enben, ekri 10 chapit ki menm jan ak li, epi rele nenpòt moun nou vle pou ede nou esepte Allah, si se vre sa nap di a'. Sourat Houd (vèsè 13) Men pito, Allah te ba yo yon defi pou yo te fè yon sèl chapit (sourat) ki sanble avèl. Men sa Allah ki gen tout pouvwa a di: Si nou gen dout sou sa nou desann bay sèvitè nou an (Muhammad), ebyen pote yon sèl chapit (sourat) ki sanble avèl. Epi, rele tout lòt moun nou genyen ki pou ede nou esepte Allah, si se laverite nap di. [Al-Baqarah:23].
Koran ki gran an se sèl siy pami siy pwofèt yo ki rete jouk jounen jodi a, epi lè Allah te fin fè relijyon an nèt nèt pou Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah poze sou li) epi li te fin transmèt li nan nivo ki pi wo a, Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah poze sou li) te mouri lè li te gen swasann-twazan (63 an), epi yo te antere li nan vil Pwofèt la (Medine).
Epi Mesaje Muhammad (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) se dènye a(finisman) tout pwofèt yo ak mesaje yo, epi Allah ki gen tout pouvwa a di: Muhammad pa papa okenn nan gason pami nou, men li se Mesaje Allah epi li se dènye nan tout pwofèt yo. Epi Allah konnen tout bagay nèt ale. [Al-Ahzab:40]. Epi daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: Istwa mwen ak pwofèt ki te pase anvanm yo, se tankou yon moun ki bati yon kay ki bèl anpil, li byen dekore li, men li kite yon sèl brik manke nan yon kwen. Moun kap pase yo tap admire kay la, men yo tap mande: 'Poukisa yo pat mete dènye brik sa a?' Pwofèt la di: 'Enben, se mwen menm ki brik sa a, epi se mwen menm ki dènye nan tout pwofèt yo'." Sahih Al-Bukhari, Epi nan Levanjil la, Mesi a (ke lapè a sou li) te di, pandan li tap pote bòn nouvèl sou Mesaje a, Muhammad (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): Nan liv yo, yo mande: 'Èske nou pa janm li kote sa te ekri a: Wòch moun kap bati yo te voye jete a, se li menm ki vin tounen wòch ki pi enpòtan nan kwen kay la ? Se travay Allah epi li bèl anpil nan zye nou'. Konsa tou, nan liv Lalwa (Tora) ki egziste jodi a, Allah te di Moyiz: 'Map fè yon pwofèt parèt nan mitan frè yo, yon pwofèt ki tankou ou. Map mete pawòl Mwen nan bouch li, epi lap di yo tout sa Mwen ba li lòd pou l di'.
Epi Allah te voye Mesaje li a, Mouhammad (le lapè ak benediksyon Allah poze sou li), avèk gidans ak relijyon verite a, epi Allah te temwaye pou li ke li sou verite a epi ke Li te voye li poul rele moun nan verite a avèk pèmisyon li. Allah, Sila a ki Egzalte a, di: Men Allah temwaye pou sa li te desann pou ou a, li desann li ak konesans li, epi zanj yo temwaye tou. Epi Allah sifi kòm temwen. [An-Nisa:166]. Men sa Allah di tou: Se Li menm (Allah) ki voye Mesaje li a avèk Gidans lan (bon chemen an) ak relijyon verite a, pou li ka fèl triyonfe sou tout lòt relijyon yo, epi Allah sifi kòm temwen. [Al-Fath:28]. Allah te voye li avèk gidans poul ka retire moun yo nan fènwa adorasyon zidòl, fènwa pa kwè nan Allah, ak fènwa inyorans, poul mennen yo nan limyè inite Allah (Tawhid) ak lafwa. Allah Granmèt la di: Avèk Liv sa a, Allah dirije moun kap chèche fè li plezi yo nan chemen lapè a. Li fè yo soti nan fènwa pou yo antre nan limyè paske li vle sa, epi Li mete yo sou yon chemen ki dwat nèt. Sourat Al-Ma'idah (vèsè 16) Men sa Allah di tou: Alif, Lam, Ra. Sa a se yon Liv Nou desann ba ou pou ou ka retire moun yo soti nan fènwa pou mennen yo nan limyè, avèk pèmisyon Mèt yo a, pou mete yo sou chemen Sèl Chèf la (vanyan an), Sila a ki merite tout lwanj la. [Ibrahim:1].
Lalwa (Chari'a) Islam nan Pwofèt Mouhammad (se pou benediksyon Allah kouvri li) te pote a se dènye nèt nan tout misyon ak lalwa ki soti nan syèl la. Se yon lalwa ki konplè, epi li gen ladanl sa ki bon pou relijyon moun yo ak pou lavi yo isiba. Li pwoteje an premye: relijyon moun yo, lavi yo, byen yo (richès yo), lespri yo (entèlijans yo), ak desandans yo. Epi li ranplase tout lalwa ki te la anvanl yo, menm jan ansyen lalwa yo te konn ranplase youn lòt tou.
Lwa Islam yo pwofèt Muhammad te pote a, se dènye mesaj ak dènye lwa Allah voye sou tè a. Avèk mesaj sa a, Allah fè relijyon an vin konplè nèt, epi Li bay tout moun favè li nèt ale lè Li voye pwofèt Muhammad kòm mesaje. Allah ki gen tout pouvwa a di: Jodi a, Mwen pèfeksyone relijyon nou an pou nou, Mwen akonpli favè mwen sou nou, epi Mwen apwouve Islam kòm relijyon pou nou. [Al-Ma'ida:3].
Epi, lalwa (Chari'a) Islam nan se yon lalwa ki pafè epi li gen ladanl tou sa ki bon pou lavi relijye moun yo ak pou lavi yo sou tè a; paske li rasanble tout sa ki te nan lalwa ki te la anvan yo, li rann yo pafè epi li konplete yo. Allah ki wo anpil la di: Sètènman, Koran sa a gide nan chemen ki pi dwat la, epi li bay kwayan yo ki fè bon zak yo bòn nouvèl ke gen yon gwo rekonpans pou yo. [Al-Isra:9]. Epi, Charia Islam lan te soulaje moun yo anba fado ki te sou nasyon ki te vini anvan yo. Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: Moun ki swiv Mesaje a, pwofèt la ki pat konn ni li ni ekri a, moun sa a menm yo jwenn ki ekri bò kote yo nan Tora a ak nan Levanjil la, li òdone yo fè sa ki dwat epi li entèdi yo fè sa ki mal, li rann bon bagay yo lisit pou yo epi li entèdi yo move bagay yo, epi li retire fado ki te sou yo a ak chènn ki te mare yo . Konsa, moun ki kwè nan li yo, ki onore li epi ki pote li sekou, epi ki swiv limyè ki te desann avèk li a, se moun sa yo menm ki pral jwenn siksè. [Al-A’raf:157].
Lalwa (Chari'a) Islam nan ranplase tout lalwa ki te la anvan libyo. Allah ki gen tout pouvwa a di: Nou voye Liv sa a ba ou (Muhammad) ak tout verite a. Li konfime sa ki te ekri nan liv ki te la anvan li yo, epi li sèvi kòm temwen (ak pwoteksyon) sou yo. Kidonk, se pou ou jije nan mitan yo daprè sa Allah voye desann nan, epi pa swiv move lide yo pou ou pa vire do bay verite ki vin jwenn ou an. Pou nou chak, Nou te bay yon lalwa ak yon chemen pou nou swiv. Si Allah te vle, Li tap fè nou tout tounen yon sèl pèp, men li vle teste nou nan sa Li ban nou an. Konsa, fè kous pou nou fè sa ki byen. Se bò kote Allah nou tout ap tounen, lè sa a, lap fè nou konnen tout sa nou pat dakò sou yo a. Sourat Al-Ma'idah (vèsè 48). Koran an, ki gen lalwa (Charia) a ladanl, vini poul konfime liv Allah te voye anvanl yo, poul jije yo, epi poul ranplase yo.
27- Allah, ki merite tout glwa e ki trè elve a, pa aksepte okenn lòt relijyon pase Islam. Se relijyon sa a Mesaje Muhammad (lapè ak benediksyon Allah sou li) te pote a. Epi nenpòt moun ki swiv yon lòt relijyon pase Islam, Allah pap janm akseptel nan men li.
Aprè misyon pwofèt Muhammad (lapè ak benediksyon Allah sou li), Allah, sila ki anwo nèt la, pap aksepte okenn lòt relijyon pase Islam, ki se relijyon Mesaje Muhammad (lapè ak benediksyon Allah sou li) te pote a. Epi nenpòt moun ki chache yon lòt relijyon pase Islam, Allah pap janm aksepte sa nan men li. Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: Nenpòt moun ki chèche yon lòt relijyon pase Islam, Allah pap janm akseptel nan men li; epi nan lavi aprè lanmò a, lap pami moun ki pèdi yo nèt. [Al Imran:85]. Men sa Allah di tou: Anverite, sèl fason pou moun sèvi Allah ki valab devan zyel, se chemen soumisyon an (Islam). Moun ki te resevwa Liv anvan yo te kòmanse fè divizyon sèlman aprè yo te fin konnen verite a, epi yo te fè sa paske yonn tap fè jalouzi pou lòt. Nenpòt moun ki pa kwè nan siy Allah yo, se poul konnen senyè toupwisan an pa pran tan poul rann kont. Sourat Ali 'Imran (vèsè 19) Epi Islam sa a se relijyon Ibrahim, zanmi entim Li a, lapè ak benediksyon Allah sou li. Allah ki gen tout pouvwa a di: Epi kiyès ki ta vire do bay relijyon Abraram nan, si se pa yon moun ki avili pwòp tèt li? Vrèmanvre, Nou te chwazi li nan mond sa a, epi anverite, nan lavi aprè lanmò a, li fè pati moun ki jis yo. [Al-Baqarah:130]. Men sa Allah di tou: Kilès ki gen yon pi bon relijyon pase moun ki soumèt tèt li nèt bay Allah, pandan lap fè sa ki byen, epi lap swiv chemen Ibrahim (Abraham) ki te kwè nan yon sèl senyè toupwisan an ? Epi Allah te chwazi Ibrahim kòm yon zanmi pèsonèl (yon zanmi trè pwòch). [An-Nisa:125]. Epi Allah te kòmande Mesaje a Muhammad, (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li), pou li di: «Di: "Anverite, Senyèm nan gidem sou yon chemen ki dwat, yon relijyon ki kòrèk, relijyon Ibrahim nan, li menm ki te adore Allah sèlman san melanj. Epi li pat fè pati moun kap bay Allah asosye (Mushrikīn) yo."» [Al-An‘ām:161].
Koran an se liv Allah te revele bay Pwofèt Mouhammad (Lapè ak benediksyon Allah poze sou li) la; se pawòl Mèt linivè a li ye. Allah te bay tout moun ak tout djinn defi pou yo ta fè yon liv parèy avèl oswa pou yo ta fè yon sèl ti chapit (sourat) ki sanble avèl, epi defi sa a toujou kanpe jouk jounen jodi a. Koran an reponn anpil keksyon enpòtan ki fè milyon moun ap poze tèt yo keksyon. Gran Koran sa a konsève jouk jodi a nan lang arab li te desann ladanl lan, pa gen yon sèl lèt ki manke ladanl; li enprime epi li gaye toupatou. Li se yon liv ki estrawòdinè (mirakile), li merite pou moun lil oswa pou yo li tradiksyon sans vèsè li yo. Epitou, tradisyon (Sounah) Pwofèt Mouhammad (lapè ak benediksyon Allah poze sou li), ansèyman li yo, ak istwa lavi li (Sira) konsève epi yo transmèt yo atravè yon fason moun kap rakonte ki fyab anpil. Tradisyon sa yo enprime nan lang arab Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah poze sou li) te pale a, epi yo tradwi yo nan anpil lòt lang. Koran an ak Sounah Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah poze sou li) se sèl sous pou tout lwa ak prensip relijye nan Islam. Paske Islam pa soti nan aksyon moun ki afilye avèl yo; men pito, li soti nan revelasyon Allah la: Gran Koran an ak Sounah Pwofèt la.
Koran ki Sen an se liv Allah te revele bay Pwofèt Arab la, Mouhammad (Lapè ak benediksyon Allah poze sou li) nan lang arab, e se pawòl Mèt linivè a li ye. Allah ki anwo nan syèl la di: 192- Epi an verite, li (Koran an) se yon revelasyon ki soti bò kote Mèt (ki kreye, ki posede, epi kap dirije) tout kreyasyon an (tout sa ki egziste). 193- Se Lespri ki fidèl la (Zanj Jibril) ki te desann avèk li (mesaj la). 194: Sou kè ou, pou ou ka nan gwoup moun kap avèti yo. (Li desann li) nan yon lang arab ki klè anpil. Sourat Ash-Shu‘arā’ vèsè 192 a 195. Men sa Allah di tou: Epi anverite, wap resevwa Koran an soti nan men yon moun ki gen tout bon konprann epi ki konnen tout bagay. [An-Naml:6]. Epi Koran sa a, se Allah menm ki voyel desann, epi li konfime liv ki te soti nan men Allah anvan li yo, jan Allah ki sen an, Toupwisan an te di: Koran sa a se pa yon bagay yo ka envante ki pa soti bò kote Allah, men se yon konfimasyon pou sa ki te la anvan li yo, epi se yon esplikasyon an detay pou Liv la, pa gen okenn dout ladan li, li soti bò kote Mèt tout mond yo. [Yunus:37]. Epi Gran Koran an tranche sou pifò kesyon kote Jwif yo ak kretyen yo te gen dezakò nan relijyon yo a. Allah, ki Egzalte a, di: « Anverite, Koran sa a ap rakonte pitit Izrayèl yo pifò nan sa yo gen dezakò ladanl lan. » [An-Naml:76]. Epi gran Koran an gen ladanl prèv ak agiman ki sèvi kòm prèv konplè pou tout limanite, pou yo ka konnen verite ki gen rapò ak Allah ki sen epi ki toupwisan an, relijyon li a, ak jijman li a. Allah, Sila ki Egzalte a, di: Epi Nou te bay moun yo tout kalite egzanp nan Koran sa a, pou yo ka pran rapèl. [Az-Zoumar:27]. Men sa senyè toupwisan di: Epi Nou te desann Liv la sou ou kòm yon eksplikasyon pou tout bagay, yon gid, yon mizèrikòd, ak yon bòn nouvèl pou Mizilman yo. [An-Nahl:89].
Epi Koran an reponn anpil keksyon enpòtan ki fè milyon moun ap poze tèt yo keksyon, li montre kijan Allah te kreye syèl yo ak latè a. Allah, ki Egzalte a, di: Èske moun ki pa vle kwè yo pa wè syèl la ak tè a te fè yon sèl (yo te kole ansanm), epi se Nou menm (Mèt linivèa) ki separe yo? Epi, se avèk dlo nou fè tout sa ki vivan. Èske yo pap kwè toujou? [Al-Anbiya: 30]. Sou kesyon kijan Allah te kreye lòm, Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: O nou menm Lèzòm! Si nou gen dout sou Rezireksyon an, se Nou menm ki te kreye nou ak pousyè tè, apre sa ak yon gout spèm, apre sa ak yon mòso san ki kole, apre sa ak yon mòso chè ki sanble ak yon bagay ki moulen, yon pati ladanl fòme e yon lòt pati ki pa fòme, pou Nou ka montre nou (pwisans Nou) klè. Epi Nou fè sa Nou vle rete nan matris yo pou yon tan ki detèmine. Apre sa, Nou fè nou soti sou fòm yon tibebe, apre sa pou nou ka rive nan laj kote nou gen tout fòs nou. Epi gen nan nou ki mouri (byen bonè), e gen nan nou ki retounen nan laj kote moun pi fèb la, pou l pa konnen anyen ankò apre li te fin gen konesans. Epi ou wè tè a ki san vi, men lè Nou voye dlo desann sou li, li pran bouje, li gwosi epi li fè pouse tout kalite bèl plant. Sourat Al-Hajj (vèsè 5): Epi ki kote desten li ye, e ki rekonpans pou moun kap fè byen yo ak moun kap fè mal yo aprè lavi sa a? Epi prèv pou kesyon sa a te gentan mansyone nan paragraf nimewo (20). Epi èske egzistans sa a se yon aza, oswa li te kreye pou yon objektif ki nòb? Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: Èske yo pa janm gade jan Allah ap dirije syèl la ak tè a, ak tout sa Li kreye? Epi, èske yo pa janm panse ke tan pa yo (lanmò yo) ka rive kote yo pa tap tann li a? Nan ki lòt pawòl ankò aprèsa (Korann nan) yap kwè? Sourat Al-A'raf (vèsè 185) Men sa senyè toupwisan an di: « Èske nou te panse nou te kreye nou konsa konsa pou granmesi (san rezon), epi nou patap tounen vin jwenn nou ankò? » [Al-Mouminoun: 115].
Epi Gran Koran an konsève jouk jounen jodi a nan lang li te desann ladanl lan, Allah ki anwo nan syèl la di: Anverite, se Nou menm ki desann Rapèl la, epi se Nou menm toutbon ki Gadyen li. [Al-Hijr:9]. Pa gen menm yon sèl lèt ki manke ladan li. Li enposib pou ta gen kontradiksyon, mank, oswa chanjman ladan li. Allah ki gen tout pouvwa a di: Donk, èske yo pa medite sou Koran an? Epi sil te soti nan men yon lòt ki pa Allah, yo tap jwenn anpil dezakò ladan li. [An-Nisa:82]. Li enprime epi li gaye toupatou, e li se yon liv estrawòdinè (mirakile) ki merite pou moun lil, koutel, oswa li tradiksyon sans li yo. Epitou, tradisyon Pwofèt Mouhammad (Sounah) (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li), ansèyman li yo, ak istwa lavi li (Sira) konsève epi yo transmèt yo atravè yon fason moun kap rakonte ki fyab anpil. Yo enprime yo nan lang arab Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te pale a, epi yo tradwi yo nan anpil lòt lang. Koran an ak Sounah Pwofèt la se sèl sous pou tout lwa ak prensip relijye nan Islam. Paske Islam pa soti nan aksyon moun ki di yo fè patil; okontrè, li soti nan revelasyon divinn ki pa gen erè a: Gran Koran an ak Tradisyon Pwofèt la (Sounah). Allah di konsènan Koran an: Sètènman, moun ki pa kwè nan Rapèl la (Koran an) lè li rive jwenn yo; e se yon Liv ki vanyan toutbon. Okenn fo bagay pa kapab antre ladan li, ni pa devan, ni pa dèyè. Se yon revelasyon ki soti nan men yon Senyè ki gen anpil bon konprann, ki merite tout lwanj. [Fussilat:41 42]. Epi Allah ki gen tout pouvwa a di sou Sunnah Pwofèt la, e ke li se yon revelasyon ki soti nan men Allah: "Nenpòt sa Mesaje a ban nou, pran li; epi nenpòt sa li entèdi nou fè, sispann fè li. Epi, gen krentif pou Allah, paske pinisyon Allah di anpil." [Al-Hashr: 7].
29- Islam kòmande byenfè pou paran yo menm si yo pa mizilman, epi li fè rekòmandasyon pou timoun yo.
Lislam kòmande byenfè pou paran yo; Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: Epi Mèt ou a te dekrete pou nou pa adore pèsonn eksepte li menm sèl, epi pou nou montre byenfè anvè paran nou yo. Si youn nan yo, oubyen toule 2 rive nan gran laj pandan yo avèk ou, piga ou menm di yo 'ouf', ni piga ou pale fò ak yo, men pito, di yo pawòl ki plen respè. [Al-Isra:23]. Men sa Allah di tou: « Epi Nou te kòmande lòm poul aji byen ak paran li yo. Manman li te potel nan vant li pandan li tap andire feblès sou feblès, epi sevraj li (lè li sispann tete) pran 2 Lane dezan. Se pou ou montre rekonesans anvè Mwen ansanm ak paran ou yo. Se bò kote Mwen menm retou final la ye. » [Luqman:14]. Men sa Allah di tou: « Nou te bay moun lòd pou li aji byen ak paran li yo. Manman li te potel nan vant li ak difikilte, epi li te akouchel ak difikilte. Peryòd gwosès li ak sevraj li ansanm dire 30 trant mwa. Jiskaske, lè li rive nan laj matiritel epi li atenn karantan, li di: O Senyè mwen enspirem poum remèsyew pou favè Ou vide sou mwen ansanm ak sou paran mwen yo, epi pou mwen fè bon zèv ki pou fèw plezi. Epi fè desandans mwen yo vin moun debyen. Vrèman, mwen repanti devan Ou, epi vrèman mwen pami moun ki soumèt tèt yo bay Ou. » [Al-Ahqaf: 15]. Abou Hourayra (se pou Allah kontan avè l) rapòte: Yon nonm te vin jwenn Mesaje Allah a (lapè sou li) epi li mande li: 'O Mesaje , ki moun ki gen plis dwa poum aji byen avè li epi poum ba li konpayim?' Pwofèt la reponn: 'Manman ou'. Nonm lan mande: 'Apre sa, ki moun ankò?' Pwofèt la di: 'Apre sa, se manman ou'. Nonm lan mande ankò: 'Apre sa, ki moun ankò?' Pwofèt la di: 'Apre sa, se manman ou'. Nonm lan mande yon dènye fwa: 'Apre sa, ki moun ankò?' Pwofèt la di: 'Apre sa, se papa ou'. Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan).
Epi kòmandman sa a pou byen trete paran yo, kit yo se Mizilman, kit yo pa Mizilman. Dapre Asma, pitit fi Abou Bakr, li te di: «Manmanm, ki te yon moun kap sèvi zidòl te vini ak pitit gason li pandan peryòd trete Qouraych yo te genyen ak Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li). Mwen te mande Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li) sa poum fè, epim te dil: Manmanm vini epi li nan bezwen, èske mwen dwe kenbe bon relasyon avèl? Li te reponn: Wi, kenbe bon relasyon ak manmanw.» Sahih Al-Bukhari, Pito, menm si paran yo ta eseye e fè tout efò yo pou pitit la ta kite Islam poul tonbe nan mekreyans, enben, Islam kòmandel nan ka sa a poul pa obeyi yo, men pito poul rete yon kwayan nan Allah, poul kontinye aji byen anvè yo, epi poul konpòtel avèk yo nan sa ki byen. Allah di: Men si yo (paran w yo) fè gwo efò pou fòsew asosye avèk Mwen sa ou pa gen okenn konesans sou li, piga ou obeyi yo. Epi, konpòtew byen avèk yo nan lavi sou tè a, epi swiv chemen moun ki tounen vin jwenn Mwen an. Aprè sa, se bò kote Mwen nou tout ap retounen, epi Map enfòme nou sou sa nou te konn ap fè. [Luqman:15].
Islam pa anpeche Mizilman an aji byen ak fanmi li ki bay Allah asosye yo (Mouchrik), oubyen ak moun ki pa fanmi li, si moun sa yo pa nan lagè avèk li. Allah (ki gen tout grandè pou Li) te di: Allah pa entèdi nou pou nou aji byen epi pou nou aji avèk jistis anvè moun ki pa te konbat nou poutèt relijyon an, epi ki pat mete nou deyò nan kay nou. Anverite, Allah renmen moun ki aji avèk jistis yo. [Al-Mumtahanah:8].
Epi Lislam kòmande pou nou pran swen pitit yo, e pi gwo bagay li kòmande yon paran, se poul anseye pitit li yo dwa Granmèt yo a genyen sou yo, menm jan Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di kouzen li an, Abdallah ibn Abbas (se pou Allah satisfè avèk yo tou le 2): «O jenn gason, èskem pa dwe anseye ou kèk pawòl Allah ap ba ou benefis avèk yo? Mwen te di: Wi. Epi li te di: "Respekte dwa Allah, lap pwoteje ou, respekte dwa Allah, wap jwenn li devan ou. Sonje Li lè ou alèz, lap rekonèt ou nan moman difisil, epi si ou mande, mande Allah, epi si ou mande èd, mande èd nan men Allah»" Se Ahmad ki rapòte l (nan liv li a), nan liv nimewo 4, paj 287.
Allah òdone paran yo pou yo anseye pitit yo sa kap itil yo nan zafè relijyon yo ak lavi isiba a, Sila a ki anwo nan syèl la, di: O nou menm ki kwè! Pwoteje tèt nou ak fanmi nou kont yon dife ki gen moun ak wòch kap sèvil bwa chofaj. Gen zanj ki mechan epi ki fò anpil kap veye dife sa a; yo pa janm dezobeyi lòd Allah ba yo, epi yo fè egzakteman sa Li mande yo fè. [Sourate At-Tahrim:6] Epi daprè Ali, (se pou Allah kontan avèk li), pou pawòl Li, Trèwo a: {Pwoteje tèt nou ak fanmi nou kont dife Lanfè} Epi li di tou: "Edike yo, anseye yo" . Pwofèt la (lapè ak Benediksyon Allah sou li) te bay paran yo lòd pou yo aprann pitit yo fè lapriyè, pou yo ka grandi ak bon abitid sa a nan kè yo. Se konsa Pwofèt la (lapè sou li) te di: Bay pitit nou yo lòd pou yo fè lapriyè depi yo gen 7 ane Rapòte pa Abou Dawoud, Epi li di, ke lapè ak benediksyon Allah sou li: "Nou tout se gadyen, epi nou tout responsab pou moun ki sou responsabilite nou yo. Dirijan an se yon gadyen, epi li responsab pou moun ki sou responsabilitel yo. Epi gason an se yon gadyen nan fanmi li, epi li responsab pou moun ki sou responsabilite l yo. Epi fanm nan se yon gadyen nan kay mari li, epi li responsab pou moun ki sou responsabilitel yo. Epi sèvitè a se yon gadyen pou byen mèt li, epi li responsab pou sa ki sou responsabilite li yo. Epi nou tout se gadyen, epi nou tout responsab pou moun ki sou responsabilite nou yo." Se Sahih Ibn Hibban ki rapòte li (nan liv li a), nimewo 4490.
Epi Lislam te kòmande papa a poul depanse pou pitit li yo ak moun lakay li, yon pwen nou te deja abòde nan paragraf nimewo (18). Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah avèk li) te esplike valè ki genyen nan depanse pou pitit yo, li te di: Pi bon lajan (dinar) yon moun ka depanse, se lajan li depanse pou fanmi li. Aprèsa, se lajan li depanse pou bèt li (mwayen transpòl) pou sèvi senyè toupwisan an epi se lajan li depanse pou zanmil (konpayon li) kap sèvi nan chemen Allah." Abou Kilaba (yon moun ki tap rapòte pawòl la) di: "Pwofèt la te kòmanse ak fanmi an an premye." Aprè sa, li di ankò: "Ki moun ki ka gen yon pi gwo rekonpans pase yon gason kap depanse lajan li poul pran swen ti pitit li yo, pou Allah ka pwoteje yo, poul fè yo jwenn avantaj, epi poul fè yo pa nan bezwen (mande moun)? Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan)994.
30- Islam mande pou gen jistis nan pawòl ak nan aksyon menm avèk lènmi yo.
Allah (louwanj pou li, Sila ki pi Wo a) aji ak jistis nan aksyon li yo ak nan jan li jere bagay yo pou sèvitèl yo, epi li toujou sou chemen ki dwat la nan sa li bay lòd pou fè ak sa li entèdi, epitou nan sa li kreye ak sa li deside. Allah, Sila ki pi Wo a, di konsa: Allah temwaye ke pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon sof Li menm; zanj yo ansanm ak moun ki gen konesans yo temwaye sa tou. Li toujou kanpe pou jistis. Pa gen okenn lòt dye sof Li menm, Li se Sila a ki gen tout pouvwa a, epi ki gen tout bon konprann nan. [Al Imran:18] Epi Allah kòmande lajistis, Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: Di: Mèt mwen bay lòd pou gen lajistis. [Al-A’raf:29]. Epi tout Mesaje yo ak Pwofèt yo, ke lapriyè ak salitasyon Allah sou yo, te vini ak lajistis. Senyè toupwisan an di: Anverite Nou te voye Mesaje nou yo ak prèv klè, epi Nou te desann Liv la ak balans la avèk yo pou lèzòm ka tabli lajistis. [Al-Hadid: 25]. Epi Balans lan se jistis, kit se nan pawòl, kit se nan aksyon.
Epi Islam mande pou gen jistis nan pawòl ak aksyon, menm avèk ennmi yo. Allah, ki Egzalte a, di: O nou menm ki kwè! Kanpe fèm pou jistis, epi sèvi Allah temwen ak tout kè nou, menm si temwayaj sa a ta kont pwòp tèt pa nou, kont paran nou, oswa kont fanmi nou ki pi pwòch. Kit moun lan rich, kit li pòv, Allah pi byen konnen sa ki bon pou yo 2 a. Pa kite sa nou anvi (move lide nou) fè nou pa aji ak jistis. Si nou defòme verite a oswa si nou refize bay temwayaj, konnen byen Allah konnen tout sa nap fè. [An-Nisa:135]. Men sa Allah di tou: Pa kite kòlè nou genyen kont yon pèp (paske yo te anpeche nou antre nan Gwo Moske a) pouse nou fè enjistis oswa atake yo. Okontrè, se pou nou yonn ede lòt nan fè sa ki byen ak nan obeyi Allah ; men, pa janm mete tèt nou ansanm pou nou fè peche oswa pou nou fè mechanste. Respekte Bondye ak tout kè nou, paske Allah sevè anpil lè lap bay pinisyon. [Sourat Al-Ma'idah, vèsè 2] Men sa Allah di tou: O nou menm ki kwè! Se pou nou toujou kanpe fèm pou Allah kòm temwen nan jistis. Epi pa kite layèn nou pou yon pèp fè nou pa aji avèk jistis. Aji avèk jistis, paske se sa ki pi prè krentif pou Allah. [Al-Ma'idah:8]. Èske wap jwenn nan lwa nasyon yo jodi a, oswa nan relijyon moun yo, yon kòmandman pou temwaye ak verite epi pou pale sa ki dwat menm lè se kont pwòp tèt ou, kont paran ou, ak kont fanmi pwòch ou, epitou pou aji ak jistis ni ak lènmi, ni ak zanmi?
Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah avèk li) te kòmande pou gen jistis ant timoun yo. Daprè 'Amir, li te di: Mwen te tande Al-Nu'man ben Bachir (se pou Allah satisfè avèk yo tou 2) sou minbar la kap di: "Papam te ban mwen yon kado. Lè sa a, 'Amrah bint Rawahah di: 'Mwen pap dakò jiskaske ou pran Mesaje Allah la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) pou temwen.' Donk, li te ale kot Mesaje Allah la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) epi li di: 'Mwen te bay pitit gason mwen an, sila ki soti bò kote 'Amrah bint Rawahah la, yon kado, epi li te pasem lòd poum pran ou pou temwen, O Mesaje Allah.' Pwofèt la te mande: «Èskew te bay tout lòt pitit ou yo menm jan an?». Li te reponn: 'Non'. Lè sa a, Pwofèt la te di: «Krenn Allah, epi se pou nou jis nan mitan pitit nou yo.» Aprèsa, li te retounen epi li te repran kadol la." Se Al-Bukhari ki rapòte li anba nimewo (2587).
Sa se paske se sèlman avèk jistis zafè pèp yo ak nasyon yo ka tabli, epi se sèlman avèk jistis moun yo ka santi yo an sekirite pou relijyon yo, lavi yo, desandans yo, onè yo, byen yo, ak peyi yo. Se pou rezon sa a nou wè, lè moun LaMèk ki pa t kwayan yo te mete presyon sou Mizilman yo nan vil LaMèk, Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah poze sou li) te ba yo lòd pou yo emigre ale nan peyi Abisinia (Lachabi); li te jistifye sa lèl te di te gen yon wa ki jis nan peyi sa a, e bò kote li pèsonn pa tap sibi enjistis.
31- Epi Islam kòmande pou moun fè byen ak tout kreyati yo, epi li rele moun pou yo genyen pi bèl kalite moral yo ak pi bèl aksyon yo.
Islam kòmande pou fè byen ak tout kreyati yo nèt. Allah Granmèt la di: Vrèmanvre, Allah pase lòd pou moun aji avèk jistis, pou yo fè sa ki byen, epi pou yo ede fanmi yo ak moun ki pwòch yo. [An-Nahl:90]. Men sa Allah di tou: Moun ki depanse nan bon moman kou nan move moman, ki kontwole kòlè yo, epi ki padone moun. Epi Allah renmen moun kap fè byen yo. [Al Imran:134]. Epi Mesaje a Muhammad,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: Anverite, Bondye mande pou nou aji ak bon kè nan tout sa nap fè. Si nou gen pou nou touye (nan lagè), fèl ak bon jan fason. Si nap touye yon bèt (poun manje), fèl ak bon jan fason: se pou chak moun file kouto li byen file, epi se pou li fè bèt la pa soufri. Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan)1955
Islam ankouraje moun pou yo gen pi bèl kalite (bon moralite) epi pou yo fè pi bèl aksyon ki egziste. Men sa Allah te di nan liv ki te la anvan yo pou li te dekri kijan pwofèt Muhammad (lapè sou li) tap ye: Moun ki jwenn mizèrikòd Allah se moun kap swiv Mesaje a, Pwofèt ki pat konn li ni ekri a, moun yo te jwenn non li ekri lakay yo nan liv Lalwa (Tora) ak nan liv Levanjil (Enjil) la. Li mande yo pou yo fè sa ki byen, li defann yo fè sa ki mal, li pemèt yo jwi tout sa ki bon epi li entèdi yo tout sa ki sal. Li vin retire chay lou ki te sou do yo a ak chenn ki te mare yo a. Kidonk, moun ki kwè nan li, ki ba li respè, ki ede li, epi ki swiv Limyè (Koran an) ki desann ansanm avèl la, se moun sa yo kap jwenn vrè siksè a." [Al-A’raf:157]. Epi Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: O Ayicha! Anverite, Allah gen bon kè (Li dou), epi li renmen dousè. Li bay moun ki gen dousè (rekonpans) sa li pa bay moun ki nan vyolans, epi Li bay pou dousè sa Li pa bay pou okenn lòt bagay ankò. Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan)2593 Epi Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Sètènman, Allah entèdi nou: maltrete manman , antere pitit fi tou vivan , epi refize bay pandan nap toujou ap mande. Epi Li pa renmen pou nou: fè tripotay ak pawòl initil (Qil wa Qal), poze twòp kesyon, epi gaspiye lajan.» Sahih Al-Bukhari 2408. Epi Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Nou pap antre nan Paradi a jiskaske nou gen lafwa, epi nou pap gen lafwa jiskaske nou renmen youn lòt. Èskem pa dwe di nou yon bagay, si nou fè li, nap renmen youn lòt? Simaye Salam nan mitan nou.» Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan)54.
Islam kòmande bèl kalite moral tankou verite, onètete, diyite ak chaste, pudè, kouraj, bay ak jenerozite, ede moun ki nan bezwen, pote sekou pou moun ki nan detrès, bay moun grangou manje, bon vwazinaj, kenbe bon relasyon ak fanmi, epi gen dousè pou bèt yo.
Epi Islam kòmande bèl kalite moral, Mesaje Allah (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Yo te voye m sèlman pou m pèfeksyone bon moralite a» Sahih Al-Adab al-Mufrad 207, Epi Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: Anverite, pami nou, moun mwen pi renmen, epi ki pral gen plas ki pi prèm nan Jou Jijman an, se sila yo ki gen pi bon konpòtman an. Epi anverite, moun mwen pi rayi pami nou, epi ki pral gen plas ki pi lwen mwen nan Jou Jijman an, se moun ki pale anpil san rezon yo, moun ki pale avèk pretansyon yo, ak 'Al-Moutafayhiqoun' yo. Yo te di: 'Nou deja konnen kiyès moun ki pale anpil san rezon yo ak moun ki pale avèk pretansyon yo ye, men kiyès 'Al-Moutafayhiqoun' yo ye?' Li te reponn: 'Se moun ki gen lògèy yo.' As-Silsilah As-Sahihah 791. Epi daprè Abdallah ibn Amr (se pou Allah satisfè avèk yo tou le 2), li te di: "Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) pat ni grosye, ni li pa t konn fè esprè pou li grosye." Epi li te konn di: "(Moun ki pi bon pami nou yo se sa ki gen pi bon moralite a.)" Sahih Al-Bukhari 3559, Epi gen anpil lòt vèsè ak adit ki montre ke yon fason jeneral, Islam ankouraje pi bèl kalite moral yo ak pi bon aksyon yo.
Pami sa Islam pase lòd se pou di laverite: Mesaje Allah la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) di: (Se pou nou toujou di laverite, paske verite a mennen nan bonte (pyete), epi bonte a mennen nan Paradi. Epi yon moun ap kontinye di laverite epi fè efò pou li di laverite, jiskaske yo ekril bò kote Allah kòm yon moun ki veridik.) Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan)2607
Pami sa Islam mande tou, se pou moun remèt fè devwa yo ak sa yo te konfye yo a. Allah ki gen tout pouvwa a di: Anverite, Allah ban nou lòd pou nou remèt tout sa yo te konfye nou (tout konfyans yo) bay moun ki mèt yo a. [An-Nisa:58].
Pami sa Islam mande tou, se pou moun gen kontrent sou tèt yo (pou yo rete pwòp nan konpòtman yo). Men sa Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: Gen 3 kalite moun Allah rann li obligatwa pou li ede yo. Pami yo, Pwofèt la te site: Moun kap marye a paske li vle rete pwòp (nan konpòtman li). Sounann At-Tirmidhi, anba nimewo (1655). Epi pami dou'a li yo, ke lapè ak benediksyon Allah sou li, li te konn di: O Allah, men sa map mande Ou: Montrem bon chemen an, edem gen krentif pou Ou, fèm rete yon moun ki serye (pwòp), epi fè kèm kontan ak sam genyen (poum pa nan bezwen mande moun). Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan)2721.
Pami sa Islam mande tou, se pou moun gen respè ak wont pou sa ki mal). Men sa Mesaje Allah a (lapè ak Benediksyon Allah sou li) te di: Lè yon moun gen respè pou tèt li , sa ap toujou pote bon bagay pou li." Sahih Al-Bukhari 6117, Epi Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: Chak relijyon gen yon bèl kalite ki makonnen avèk li bèl kalite pa Islam nan, se respè pou tèt nou ak wont pou sa ki mal. Rapòte pa Al-Bayhaqi nan Shu'ab al-Iman 6/2619.
Epi pami sa Lislam kòmande genyen kouraj, daprè Anas (ke Allah satisfè avèk li), li te di: «Pwofèt la (Ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te pi bon, pi vanyan, epi pi jenere pami tout moun. Yon fwa, moun Medin yo te pran yon gwo laperèz, epi Pwofèt la (Ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te gentan devanse yo sou yon cheval.» Sahih Al-Bukhari 2820. Epi Mesaje Allah a (Pè AK benediksyon Allah kouvri li) te konn chache refij bò kote Allah kont Laperèz, epi li te di: «O Allah! Mwen mande Ou pwoteksyon kont lachte» Sahih Al-Bukhari 6374 .
Epi pami lòd Lislam bay, li kòmande pou moun bay ak tout kè yo epi pou yo gen jenerozite. Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: Egzanp moun ki depanse richès yo nan chemen Allah se tankou yon grenn ki pouse sèt zepi, kote nan chak zepi gen san grenn. Epi Allah miltipliye (rekonpans sa a) pou moun Li vle; Allah gen yon favè ki laj epi Li gen tout konesans. [Al-Baqarah:261]. Epi, karaktè Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah rete sou li) se te jenerozite, epi bò kote Ibn Abbas, ke Allah satisfè avèk yo tou le 2, li te di: «Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) se te moun ki pi jenere pami tout moun nan fè sa ki byen, epi li te konn pi jenere toujou nan mwa Ramadan lè Jibril te konn rankontre li. Epi Jibril (ke lapè sou li) te konn rankontre li chak nwit nan mwa Ramadan jiskaske mwa a fini, epi Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn resite Koran an pou li. Konsa, lè Jibril (ke lapè sou li) te rankontre li, li te konn pi jenere nan fè sa ki byen pase yon van ki lage ap soufle.» Sahih Al-Bukhari 1902.
Pami sa Islam kòmande yo genyen: ede moun ki nan nesesite, pote sekou bay moun ki nan detrès, bay moun ki grangou manje, byen aji ak vwazen yo, kenbe lyen familyal yo, epi montre dousè ak bèt yo. Yo rapòte de Abdullah ibn Amr (ke Allah satisfè de yo tou le 2), ke yon nonm te mande Pwofèt la: « Ki aksyon nan Islam ki pi bon? » Li reponn: « Se pouw bay moun manje, epi pouw bay Salam moun ou konnen ak moun ou pa konnen. » Sahih Al-Bukhari 12. Epi Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Pandan yon nonm tap mache sou yon wout, yon gwo swaf te pran li. Li jwenn yon pi, li desann ladan li, li bwè, aprèsa li monte soti. Lè sa a, li wè yon chen kap rale lang li, kap manje tè mouye tèlman li te swaf. Nonm nan di: 'Sètènman, swaf ki kenbe chen sa a menm jan ak sa ki te kenbem nan.' Alò, li tounen desann nan pi a, li plen soulye kwi li a ak dlo, aprèsa li kenbe li nan bouch li, epi li bay chen an bwè. Allah te rekonesan pou aksyon sa a, epi Li padonel.» Yo di: 'O Mesaje Allah, èske vrèman nou gen yon rekonpans pou byenfè nou fè bèt yo?' Li reponn: «Wi, gen yon rekonpans pou chak kreyati ki gen fwa vivan» Sahih Ibn Hibban 544. Epi Mesaje a,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Moun kap ede vèv ak malere se menm jan ak moun kap fè jefò nan chemen Allah, oswa menm jan ak moun ki pase nwit ap lapriyè epi ki fè jèn lajounen.» Sahih Al-Bukhari 5353.
Islam mete anpil fòs sou dwa fanmi (moun ki menm san ak ou), epi li rann li obligatwa pou nou kenbe kontak ak yo. Allah ki gen tout pouvwa a di: Pwofèt la gen plis dwa sou kwayan yo pase yo menm genyen sou pwòp tèt yo, epi madanm li yo se manman yo. Epi moun ki gen lyen san, youn gen plis dwa sou lòt nan Liv Allah la pase kwayan yo ak emigran yo, eksepte pou yon jès byenveyans nou ta fè pou zanmi pwòch nou yo. Sa te deja ekri nan Liv la. [Al-Ahzab:6]. Li te avèti kont koupe relasyon ak fanmi, epi Li te asosye sa ak simen dega sou latè, Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: 22- Si nou vire do (bay Allah), èske nou pap riske lage kò nou nan fè dezòd sou tè a epi nan koupe fache (kraze relasyon) ak fanmi nou? 23- Moun sa yo, se yo menm Allah madichonnen: Li rann yo soud (yo pa ka tande verite a) epi Li rann Zye yo avèg (yo pa ka wè bon chemen an). [Sourat Muhammad, vèsè 22-23]. Epi Mesaje Allah a,(ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: Moun ki koupe relasyon fanmi pap janm antre nan Paradi a. Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) 2556. Fanmi yon moun gen obligasyon pou li kenbe bon relasyon avèk yo se: papa ak manman, frè ak sè, tonton yo (frè papa) ak matant yo (sè papa), ak lòt tonton yo (frè manman) ak lòt matant yo (sè manman).
Epi Islam mete aksan sou dwa vwazen an, menm sil se yon moun ki pa kwè. Allah ki gen tout pouvwa a di: Adore Allah, epi piga nou ba li okenn asosye (nan adorasyon an) nan anyen ditou. Epi aji byen ak paran nou, ak fanmi nou ak moun ki pwòch nou, ak timoun ki òfelen yo, ak moun ki nan bezwen yo, ak vwazen ki fanmi nou, ak vwazen ki pa fanmi nou, ak konpayon ki bò kote nou yo, ak vwayajè ki nan bezwen, epi ak sa men dwat nou posede yo (tankou esklav ak sèvitè). Vrèmanvre, Allah pa renmen moun ki awogan epi ki toujou ap vante tèt yo. [An-Nisa:36]. Epi Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: Zanj Jibril pat janm sispann ban mwen konsèy poum byen aji ak vwazen mwen, jouk mwen te menm konn pansel pral dim vwazen an gen dwa eritye nan byen mwen tou. Sahih Abou Dawoud 5152.
33- Islam pèmèt nou jwi tout sa ki bon (ki pwòp) nan manje ak nan bwè. Li mande pou kè nou pwòp, pou kò nou pwòp, epi pou lakay nou pwòp tou. Se pou tèt sa li pèmèt maryaj, menm jan tout Pwofèt yo te mande sa; paske Pwofèt yo toujou bay lòd poun fè tout sa ki bon.
Epi Islam rann legal (halal) bon bagay yo nan manje ak bwason, epi Mesaje Allah a (Pè AK benediksyon Allah kouvri li) te di: O moun yo! Anverite, Allah pwòp (Li bon nèt), epi Li aksepte sèlman sa ki pwòp. Allah bay kwayan yo menm lòd Li te bay Pwofèt yo. Men sa Li te di Pwofèt yo: 'O nou menm Mesaje yo! Manje nan sa ki bon (ki pwòp), epi fè sa ki dwat...' Epi Li di kwayan yo tou: 'O nou menm ki kwè! Manje nan sa ki bon nan sa nou ba nou yo...'" Aprèsa, Pwofèt la bay egzanp yon vwayajè ki fè yon vwayaj byen lwen, cheve li tou gaye ,li kouvri ak pousyè, epi lap leve 2 bral nan syèl la, lap rele: "O senyè O senyè !" poutan, manjel se vòlè (haram), rad sou li se vòlè, bwason li se vòlè, epi li grandi nan sa ki mal (haram). Ki jan pou Allah ta fè reponn yon moun konsa?! Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan)1015 Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: Di: «Ki moun ki entèdi bèl bagay Allah te fè parèt pou sèvitè li yo, ak bon provizyon Li bay yo?» Di: «Yo se pou moun ki kwè yo nan lavi sou tè sa a, epi se sèlman pou yo nan jou Jijman an.» Se konsa nou esplike vèsè yo klèman pou yon pèp ki gen konesans. [Al-A'raf:32].
Epi Islam kòmande pwòpte kè a, kò a, ak kay la, e se poutèt sa li pèmèt maryaj, menm jan Pwofèt yo ak Mesaje yo (ʿalayhimu-s-salām) te kòmande li, paske yo menm, yo kòmande tout sa ki bon. Epi Allah, ki Elve a, di: Se Allah ki ban nou madanm ki soti pami nou menm, epi apati madanm nou yo, li ban nou pitit ak pitit pitit, epi li ba nou bon pwovizyon. Alò, èske se nan sa ki fo yo kwè, epi se byenfavè Allah yo ap nye? [An-Nahl:72]. Men sa Allah di tou: 4: Epi, rad sou ou yo, kenbe yo pwòp. 5: Epi sa ki sal (zidòl yo), kouri kite yo (vire do ba yo). [Al-Mouddassir:4 5]. Epi Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: Pèsonn pap antre nan Paradi si li gen menm pwa yon atòm lògèy nan kè li. Yon mesye di: "Yon moun renmen pou rad li bèl, epi pou sandal li bèl." Li reponn: "An verite, Allah bèl e li renmen sa ki bèl. Lògèy se rejte verite a epi meprize moun." Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan)91.
34- Islam entèdi tout vye bagay ki ka nwi moun, tankou: bay Allah asosye (Shirk), vire do bay Allah (Koufr), sèvi zidòl, epi pale de Allah san nou pa konnen sa nap di a. Li entèdi touye timoun, touye moun inosan, fè dezòd sou tè a, fè maji, ak tout kalite vye aksyon sal (tankou dezòd seksyèl ak adiltè). Li entèdi enterè sou lajan (Riba), manje bèt ki mouri pou kont li, manje vyann kochon, oswa nenpòt bagay ki sal. Li entèdi vòlè byen timoun san manman ak papa, twonpe moun sou balans nan mache, ak koupe fache ak fanmi. Tout Pwofèt yo (lapè sou yo) te dakò ansanm pou yo entèdi vye bagay sa yo.
Lislam entèdi fondman bagay ki entèdi yo tankou: asosye lòt bagay ak Allah (Chirk), mekreyans (Kufr), adorasyon zidòl, pale sou Allah san konesans, epi touye pitit. Allah (ki gen tout pouvwa a) di: Di yo: 'Vini non, kite mwen di nou sa Allah entèdi nou fè toutbon: Pa bay Allah asosye (pa sèvi lòt bondye avè l). Se pou nou byen aji ak manman nou ak papa nou. Pa touye pitit nou yo paske nou pè grangou oswa nou pòv; se Nou menm (Allah) kap bay ni nou ni yo manje. Pa pwoche bò kote vye aksyon sal (dezòd seksyèl), kit sa fèt an kachèt, kit sa fèt devan tout moun. Pa touye okenn moun Bondye entèdi touye a, esepte si lalwa mande sa. Men sa Allah kòmande nou pou nou fè, pou nou ka konprann ak bon sans nou. Epi pa pwoche bò kote richès òfelen an, sof si se nan fason ki pi bon an, jiskaske li atenn laj matirite. Epi respekte mezi a ak balans lan avèk jistis. Nou pa mete yon chay sou okenn nanm ki depase sa li ka pote. Epi lè nou pale, pale avèk jistis, menmsi se ta pou yon fanmi pwòch. Epi respekte angajman nou pran ak Allah. Sa se enstriksyon Li ban nou, pou nou ka sonje sa. Sourat Al-An‘ām. Vèsè 151 a 152 Men sa Allah di tou: Di: «Sètènman, Mèt mwen an entèdi sèlman zak ki wont yo (al-Fawâhish), sa ki parèt aklè ladan yo ak sa ki kache, ak tout peche, ak transgresyon san rezon, epi pou nou ta asosye avèk Allah sa li pa desann okenn prèv pou li, epi pou nou ta di sou Allah sa nou pa konnen.» [Al-A'raf:33].
Lislam entèdi pou yo touye yon vi ki sakre. Allah, ki Pi Wo a, te di: Epi pa touye nanm Allah rann sakre a, sof si se avèk rezon. Epi, nenpòt moun yo touye enjisteman, nou bay moun ki responsab li a otorite, men fòk li pa egzajere nan pinisyon an. Se vre wi, li se yon moun ki gen sipò lalwa. [Al-Isra:33]. Men sa Allah di tou: Se moun ki pa adore okenn lòt dye ansanm ak Allah, ki pa touye nanm Allah rann sakre a sof si se avèk rezon, epi ki pa fè adiltè. Epi, nenpòt moun ki fè bagay sa yo, lap rankontre yon gwo pinisyon. [Al-Furqan:68].
Lislam entèdi simen dezòd sou latè: Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: Pa fè dezòd (oswa dega) sou tè a aprè Allah fin ranje li byen ranje a. [Al-A’raf:56]. Epi Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di konsènan pwofèt Chouayb (lapè sou li) ke li te di pèp li a: O pèp mwen! Adore Allah, nou pa gen okenn lòt dye esepte Allah . Yon prèv klè soti bò kote Mèt nou an vin jwenn nou. Kidonk, bay mezi a ak pwa a san mank, pa retire sou byen moun yo, epi pa simen dezòd sou latè aprè lòd fin tabli sou li. Sa pi bon pou nou, si nou se kwayan. [Al-A'raf:85].
Islam entèdi maji nèt ale. Men sa senyè toupwisan an, ki se Verite a menm, di (nan Korann nan): 69: Lage sa ki nan men dwat ou a (baton an), lap vale tout sa yo te fè yo. Paske, sa yo fè a se sèlman jwèt majisyen (plan malfektè); epi majisyen an pap janm genyen batay la, kèlkeswa kote li soti. [Ta-Ha:69]. Epi Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: Evite 7 peche ki ka detwi lavi yon moun nèt yo." Yo mande: "O Mesaje , kisa yo ye menm?" Li reponn: "Bay Allah asosye (Lachirk), fè maji (mizèk), touye moun Allah entèdi touye san rezon ki valab, manje lajan enterè (riba), devalize byen timoun san papa/manman , kouri devan lènmi nan lagè, epi pote move temwayaj sou fanm serye ki kwayan epi ki inosan." Sahih Al-Bukhari 6857.
Epi Lislam entèdi tout zak imoral, ni sa ki parèt ni sak kache, ansanm ak fònikasyon ak sodomi, epi vèsè ki endike sa yo te deja mansyone nan kòmansman paragraf sa a. Epi Lislam entèdi Riba. Daprèsa Allah ki anwo nan syèl la di: O nou menm ki kwè yo, gen krentif pou Allah epi abandone sa ki rete nan riba a, si nou se moun ki gen lafwa tout bon vre. Si nou pa fè sa, enben atann nou a yon lagè ki soti nan Allah ak Mesaje li a. Men, si nou repanti, kapital lajan nou an se pou nou; konsa nou pap fè pèsonn enjistis, epi pèsonn pap fè nou enjistis. [Al-Baqarah:278 279]. Epi Allah pat menase moun ki fè yon peche ak lagè, menm jan li te menase moun ki pratike Riba a; paske nan Riba genyen destriksyon pou relijyon yo, peyi yo, richès yo, ak nanm yo.
Lislam entèdi manje bèt mouri ak bèt yo touye pou zidòl ak estati yo, epi li entèdi vyann kochon. Allah, Trèwo a, te di: Entèdi pou nou se: bèt ki mouri pou kont yo (kadav), san, vyann kochon, sa yo sakrifye pou yon lòt divinite ki pa Allah, bèt ki mouri toufe, bèt ki mouri anba kou, bèt ki mouri aprèl fin sot tonbe yon kote ki wo, bèt yon lòt bèt touye ak kout kòn, ak sa yon bèt sovaj te kòmanse manje; eksepte sa nou gentan touye (selon lalwa Islamik) anvan li mouri. Entèdi pou nou tou sa yo touye sou lotèl pou zidòl yo, epitou pou nou pa fè tiraj osò ak flèch. Tout aksyon sa yo se yon peche grav (yon dezobeyisans). [Al-Ma'idah:3].
Epi, Lislam te entèdi bwè bwason ki gen alkòl ak tout lòt salte ak move bagay; Allah ki anwo nan syèl la di: 90- O nou menm kwayan yo, anverite, bwason ki soule yo, jwèt aza yo, estati zidòl yo, ansanm ak flèch pou fè tiraj osò yo, se sèlman yon vye bagay sal ki soti nan zèv Cheytàn. Kidonk, kanpe lwen yo, pou nou ka jwenn siksè (delivrans). 91- cheytàn an sèlman vle mete lenmi ak layèn nan mitan nou pa mwayen bwason ki soule ak jwèt aza, epi pou li detounen nou pou nou pa sonje Allah ak pou nou pa fè lapriyè. Alò, èske nou pap sispann? [Al-Ma'idah:90-91]. Nou te deja mansyone nan paragraf nimewo (31) la ke Allah ki gen tout pouvwa a te fè konnen ke pami kalite Mesaje a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) nan Tora a, sèke li entèdi bagay ki mal yo pou yo. Allah ki gen tout pouvwa a di: {Sila yo ki swiv Mesaje a, Pwofèt ki pa konn ni li ni ekri a, sila menm yo jwenn ekri bò kote yo nan Tora a ak nan Levanjil la; li òdone yo fè sa ki byen epi li entèdi yo fè sa ki mal, li rann bon bagay yo lisit pou yo epi li deklare move bagay yo entèdi pou yo, epi li retire sou yo fado yo ak chèn ki te sou yo a.} [Al-A’raf:157].
Epi Lislam entèdi manje byen òfelen an: Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: «Bay (oubyen remèt) òfelen yo byen yo; epi pa chanje sa ki move a pou sa ki bon an; epi pa manje byen yo lè nou mete yo sou pa nou. Paske sa, se yon gran peche.» [An-Nisa: 2]. Men sa Allah di tou: Moun sa yo kap manje byen timoun òfelen yo avèk enjistis, se dife sèlman yap manje nan vant yo, epi yo pral boule nan yon dife kap flanbe. [An-Nisa:10].
Relijyon Islam nan entèdi moun vòlè nan peze osinon nan mezire machandiz. Men sa Allah di nan koran an: 1: Malè pou moun ki tronpe nan pwa ak mezi yo. 2 : Moun sa yo ki, lè yap resevwa mezi nan men lòt moun, yo pran mezi pa yo a konplè. 3- «Men, lè se yo menm kap mezire oubyen peze pou moun, yo pa bay kantite ki kòrèk la.» 4- Èske moun sa yo pa panse ke yo gen pou yo leve soti vivan? [Al-Mutaffifin:1-4].
Epi, Lislam entèdi pou moun koupe lyen fanmi yo, e nou te deja mansyone nan paragraf nimewo (31) an vèsè ak hadit ki montre sa. Epi, tout Pwofèt yo ak Mesaje yo (se pou lapè Allah sou yo) dakò sou entèdiksyon bagay sa yo.
35- Islam entèdi move karaktè tankou bay manti, fè magouy, kout kouto nan do, trayizon, twonpri, jalouzi, konplo mechan, vòlè, opresyon, ak enjistis, epitou li entèdi tout vye karaktè.
Islam entèdi tout move karaktè an jeneral. Men sa Allah ki gen tout pouvwa a di: Pa vire figi ou sou moun paske ou gen lògèy, epi pa mache sou tè a ak grandizè. Paske Allah pa renmen moun kap vante tèt yo epi kap fè awogans. [Luqman:18]. Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: « Sètènman, moun pami nou mwen pi renmen, epi ki pral pi prè plas mwen Jou Jijman an, se moun ki gen pi bon konpòtman yo. Epi, sètènman, moun pami nou mwen pi rayi, epi ki pral pi lwen plas mwen Jou Jijman an, se moun ki pale anpil san nesesite yo (Thartharoun), moun ki pale avèk awogans pou meprize lòt moun yo (Moutachaddiqoun), ak sa yo rele Moutafayhiqoun yo. » Yo te di: « O Mesaje Allah, nou deja konnen kiyès Thartharoun ak Moutachaddiqoun yo ye, men ki sa Moutafayhiqoun yo ye menm? » Li te reponn: « Se moun ki gen ògèy yo. » As-Silsilah as-Sahihah (Seri Otantik la) 791.
Islam entèdi bay manti, Sila a ki egzalte a di: Anverite, Allah pa gide moun ki depase limit e ki toujou ap bay manti. [Ghafir: 28]. Epi Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Pinga nou janm bay manti, paske bay manti mennen nan vye zak, epi vye zak mennen nan Dife a. Epi yon moun pap sispann bay manti epi chèche bay manti jiskaske yo ekril bò kote Allah kòm yon gwo mantò.» Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan)2607 Epi Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Siy ipokrit la se 3 : lèl pale, li bay manti, lèl pwomèt, li pa kenbel, epi lè yo fèl konfyans, li trayi.» Sahih Al-Bukhari 6095.
Islam entèdi magouy. Li rapòte nan yon Hadith ke Mesaje Allah la (se pou lapè ak benediksyon Allah avèk li) te pase bò yon pil manje, li foure men li ladan li epi dwèt li santi imidite. Epi li di: «Kisa sa a ye, O mèt manje a?» Mesye a reponn: Se lapli ki te mouyel, O Mesaje Allah. Pwofèt la di: «Poukisa ou pat metel anlè sou tèt manje a pou moun yo te ka wè l? Nenpòt moun ki twonpe moun, li pa fè pati de mwen». Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan)102.
Lislam entèdi trayizon, enfidelite, ak twonpri. Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: O nou menm ki kwè yo! Pa trayi Allah ak Mesaje a, epi pa trayi konfyans yo mete nan nou (responsablite nou yo), alòske nou konnen byen sa nap fè a. [Al-Anfal:27]. Men sa senyè toupwisan an di: Moun ki kenbe angajman yo pran ak Allah, epi ki pa trayi kontra a. [Ar-Ra‘d:20]. Epi Mesaje Allah la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn di lame li yo lè yo soti: Al goumen (pou defann koz la), men pa vòlè nan byen lagè yo, pa trayi pawòl nou bay, pa dekoupe kadav moun mouri, epi pa touye timoun. Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan)1731. Epi Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: Gen 4 defo, si yon moun genyen yo tout nèt, li se yon ipokrit san melanj. Si li gen yonn ladan yo, li gen yon mak ipokrizi nan li jouk li chanje sa. Men yo: Lè yo fèk konfyans, li trayi konfyans lan. Lè lap pale, li bay manti. Lèl fè yon pwomès (yon kontra), li pa kenbe l. Lèl nan diskisyon (nan kont), li derespektan epi li aji mal nèt Sahih Al-Bukhari 34.
Lislam entèdi jalouzi. Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: Osinon, èske yap fè jalouzi pou sa Allah bay lòt moun nan favè Li? Epoutan, Nou te deja bay fanmi Ibrahim Liv la ak Sajès la, epi Nou te ba yo yon gwo pouvwa (yon gwo wa). [An-Nisa:54]. Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: Anpil pami moun ki te resevwa Liv la ta renmen fè nou tounen moun ki pa kwè aprè lafwa nou, poutèt yon jalouzi ki soti nan yo menm, aprè ke verite a te vin klè pou yo. Donk, padone yo epi pase sou sa jiskaske Allah vini ak kòmandman Li. Sètènman, Allah gen pouvwa sou tout bagay. [Al-Baqarah:109]. Epi Mesaje a,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: Gen yon maladi ki te nan pèp ki te la anvan nou yo kap vwayaje vin jwenn nou: se Jalouzi ak Rayisab. Rayisab sa a se tankou yon razwa kap rase tout bagay nèt. Mwen pa di li rase cheve nan tèt, men li rase Lafwa (relijyon an) nèt ale. Mwen fè sèman sou non Allah ki kenbe lavim nan men li an: Nou pap antre nan Paradi si nou pa gen lafwa, epi nou pap gen lafwa toutbon si nou pa renmen youn lòt. Èske nou vlem di nou sa ki ka fè nou renmen youn lòt toutbon vre? Gaye bonjou (salitasyon lapè) nan mitan nou. Rapòte pa At-Tirmidhi, nimewo (2510).
Lislam entèdi move konplo; Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: Se konsa tou, nan chak lokalite (chak vil), Nou mete gwo chèf ki mechan pou yo fè konplo ladan li. Men, se sèlman pwòp tèt yo yap pran nan pyèj ak konplo yo a, san yo pa rann yo kont de sa. Sourat Al-An'am vèsè123 Epi Allah ki gen tout pouvwa a te fè konnen ke Jwif yo te eseye touye Mesi a, (ke lapè Allah sou li), epi yo te fè konplo, men Allah te tounen konplo a kont yo. Epi Allah te klarifye ke yon move konplo se sèlman sou moun ki te fè li yo li tounen. Allah ki gen tout pouvwa a te di: 52: Lè Jezi te santi yo pat kwè nan li, li te di: "Kimoun kap edem nan chemen Allah la?" Apòt yo te di: "Nou se moun kap ede nan chemen Allah. Nou kwè nan Allah, epi temwaye ke nou menm, nou se Mizilman (moun ki soumèt devan Allah)." 53: Granmèt nou, nou kwè nan sa Ou voye desann, epi nou swiv Mesaje a, kidonk ekri non nou pami temwen yo. 54-Yo te fè konplo, men Allah te fè plan pal tou. Epi, se Allah ki pi fò nan fè plan (se Li ki pi fò nan kontre konplo). Lè sa a, Allah te di: 'O Issa (Jezi), se Mwen menm kap pran ou, Map fè ou moute vin jwenn Mwen, Map netwaye non ou nan mitan moun ki pa kwè yo, epi Map mete moun ki swiv ou yo pi wo pase moun ki pa kwè yo, jouk jou jijman an rive. Aprèsa, se devan mwen nou tout ap tounen; lè sa a, Ma tranchen nan mitan nou sou sa nou te konn diskite a'. [Al Imran:52-55]. Allah fè nou konnen pèp pwofèt Salih la te vle touye li nan konplo; yo te mare yon move plan an kachèt. Men, Allah te fè plan pa li tou kont yo, epi li te detwi yo nèt ansanm ak tout pèp yo a. Men sa Allah di nan Koran an: 49- Yo di (youn ak lòt): «Ann fè sèman youn ak lòt devan Allah pou nou atakel nan nwit, li menm ak fanmil , epi aprèsa pou nou di moun ki responsab li a ke nou pa te temwen destriksyon fanmil lan, e ke anverite, nou se moun ki di laverite.» 50- Epi yo te fè yon plan, epi Nou menm tou Nou te fè yon plan, san yo pa te rann yo kont. 51- Gade ki jan konsekans konplo yo a te ye: Sètènman Nou te detwi yo, ansanm ak tout pèp yo a nèt. [An-Naml:49-51].
Lislam entèdi vòlè, paske Mesaje a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Moun kap fè adiltè (zina) a pa yon kwayan nan moman lap fè l la, vòlè a pa yon kwayan nan moman lap vòlè a, epi moun kap bwè alkòl la pa yon kwayan nan moman lap bwèl la. Epi pòt repantans la rete louvri aprèsa.» Sahih Al-Bukhari 6810.
Lislam entèdi enjistis, Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: Vrèmanvre, Allah pase lòd pou moun aji avèk jistis, pou yo fè sa ki byen, epi pou yo ede fanmi yo ak moun ki pwòch yo. Epi li entèdi tout vye zak sal (imoralite), tout sa ki mal, ak tout kalite mechanste (oswa prejije). Li ban nou konsèy sa yo pou nou ka sonje sa. [An-Nahl:90]. Epi Mesaje a,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Allah te revelem pou nou gen imilite, pou youn pa fè enjistis sou lòt, epi pou youn pa fè ògèy sou lòt.» Rapòte pa Abou Dawoud avèk yon sanad sahih, nimewo (4895).
Lislam entèdi enjistis, Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: Epi Allah pa renmen moun kap fè sa ki mal yo. [Al Imran:57] Men sa senyè toupwisan an di: Anverite, moun ki fè enjistis yo pap jwenn siksè. [Al-An‘ām:21]. Men sa senyè toupwisan an di: Epi pou moun ki enjis yo, Li prepare yon chatiman ki rèd anpil pou yo. (Sourat Al-Insān, vèsè 31) Epi Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Gen 3 moun envokasyon yo pa janm rejte: dirijan ki jis la, sila a kap jene a jiskaske li kase jèn li, ak envokasyon moun ki sibi enjistis la; yo potel monte sou nyaj yo epi pòt syèl yo ouvri pou li, epi Senyè a, ki gen tout pouvwa ak tout glwa a, di: ‹Pa grandè Mwen, sètènman Map potew sekou, menm si se aprè yon sèten tan.›» Se Muslim ki rapòte l (nimewo 2749) nan yon fòm ki pi kout ak yon ti diferans; Tirmidi rapòte l tou (nimewo 2526) ak yon ti diferans; epi Ahmad rapòte l (nimewo 8043), e se vèsyon Ahmad la (mo pou mo) nou itilize la a Epi lè Mesaje a, Muhammad (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te voye Mou'adh nan peyi Yemenn, pami sa li te dil yo te genyen: «Epi gen krentif pou envokasyon moun ki sibi enjistis la, paske pa gen okenn baryè ant li menm ak Allah» Sahih Al-Bukhari 1496. Epi Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Nenpòt moun ki fè yon moun ki gen yon alyans avèk nou enjistis, oubyen ki pran nan dwa li, oubyen ki ba li yon chay ki depase fòs li, oubyen ki pran yon bagay nan men li san konsantman li, enben se mwen menm kap plede kont li nan Jou Jijman an.» Rapòte pa Abou Dawoud, nimewo (3052). Kidonk, Islam entèdi tout move karaktè oswa tout trètman ki chaje ak enjistis.
36- Lislam entèdi tranzaksyon finansye ki gen ladanl Riba, oswa domaj, oswa ensètitid ak risk, oswa enjistis, oswa tronpri, oswa ki mennen nan katastwòf ak domaj jeneral pou sosyete yo, pèp yo, ak moun yo.
Islam entèdi tranzaksyon finansye ki gen ladanl Riba, oswa domaj, oswa ensètitid (Gharar), oswa enjistis, oswa magouy, oswa sa ki mennen nan katastwòf ak domaj jeneral pou kominote yo, pèp yo ak endividi yo. Epi nou te deja mansyone nan kòmansman paragraf sa a vèsè yo ak adit yo ki entèdi Riba, enjistis, tronpri, ak kowipsyon sou latè. Allah, Sila a ki Pi Wo a, di: Moun kap fè kwayan yo (gason ak fanm) mechanste pou bagay yo pat janm fè, moun sa yo chaje tèt yo ak yon manti byen lou ak yon peche ki parèt aklè nan zye tout moun. [Al-Ahzab:58]. Men sa Allah di tou: Nenpòt moun ki fè sa ki byen, se pou li menm. Epi, nenpòt moun ki fè sa ki mal, se kont li menm. Epi Mèt ou a pa janm enjis anvè sèvitè yo. [Fussilat: 46]. Nan tradisyon pwofèt la (Sunna), yo rapòte: 'Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te bay lòd pou pèsonn pa fè tèt yo mal, ni pou yo pa fè lòt moun mal'. Sunan Abou Dawoud, Epi Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: « Moun ki kwè nan Allah ak Jou Dènye a, li pa dwe nwi vwazen li, epi moun ki kwè nan Allah ak Jou Dènye a, li dwe onore envitel epi moun ki kwè nan Allah ak Jou Dènye a, li dwe di sa ki byen, oubyen li dwe fè silans. Nan yon lòt vèsyon: li dwe aji byen ak vwazen l. » Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan)47, Epi Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: Yon fanm te sibi pinisyon poutèt yon chat li te kenbe fèmen jiskaskel mouri, epi li te antre nan lanfè akoz de sa. Li pat ba li manje ni dlo pandan li te fèmen li an, epi li pat lage l nonplis poul te ka al manje ti bèt ki sou tè a. Sahih Al-Bukhari 3482, Sa a se konsènan moun ki te nwi yon chat, ebyen kisa nap di pou moun ki rive nwi moun? Epi daprè Ibn 'Umar, li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te monte sou minbar la, li te pale ak yon vwa fò epi li di: (O gwoup moun ki aksepte Islam ak lang yo, men lafwa poko antre nan kè yo! Piga nou fè Mizilman yo mal, piga nou repwoche yo, epi piga nou chèche defo yo. Paske, nenpòt moun ki chèche defo frè Mizilman li a, Allah ap chèche defo pa l la tou. E nenpòt moun Allah chèche defo li, L ap ekspoze l menm si se te anndan kay li.) Li di: Epi yon jou, Ibn Oumar te gade Kay la oubyen Kaaba a, epi li di: «Ala ou gran, e ala ou sakre! Men, yon kwayan pi sakre devan Allah pase w.») Rapòte pa At-Tirmidhi (2032), epi Ibn Hibban (5763). Epi Mesaje a,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: (Moun ki kwè nan Allah ak nan dènye jou a, li pa dwe nwi vwazenl, epi moun ki kwè nan Allah ak nan dènye jou a, li dwe onore envitel, epi moun ki kwè nan Allah ak nan dènye jou a, li dwe di sa ki byen oubyen li dwe fè silans) Sahih Al-Bukhari 6018, Dapre Abu Hurayrah, Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di: «Èske nou konnen kiyès ki moun ki fè fayit la?» Yo reponn: «Moun ki fè fayit pami nou, O Mesaje Allah, se sila a ki pa gen ni lajan ni okenn byen.» Li di: «An verite, moun ki fè fayit nan kominote mwen an se moun ki vini nan Jou Jijman an avèk jèn, lapriyè, ak Zaka, men li vini tou alòske li te joure yon moun, li te kalomnye yon lòt, epi li te manje byen yon lòt. Lè sa a, yap pran nan bon zèv li yo pou bay moun sa a, epi yap pran ladan yo pou bay lòt la. Si bon zèv li yo fini anvan li fin peye sa li dwe a, yap pran nan peche moun sa yo pou mete sou li, epi aprèsa yap jetel nan Dife a.» Rapòte pa Mouslim (2581), ak At-Tirmidhi (2418), ak Ahmad (8029) e tèks la se pa li.
Epi Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: Sou wout la te gen yon branch pyebwa ki tap bay moun yo pwoblèm, yon mesye retire li, epi yo fè li antre nan Paradi. Rapòte pa Al-Boukhari anba nimewo (652) nan menm sans lan, ak Mouslim anba nimewo (1914) nan yon fòmilasyon ki sanble, ak Ibn Majah anba nimewo (3682), ak Ahmad anba nimewo (10432), epi fòmilasyon an soti nan yo toulede. Kidonk, si retire sa ki nwizib sou wout la fè moun antre nan Paradi, enben kisa nap di pou moun ki fè moun mal epi ki gate lavi yo.
37- Relijyon Islam vini pou li pwoteje lespri moun epi li entèdi tout sa ki ka gate li, tankou bwè bweson (alkòl). Islam bay lespri a anpil valè, se li ki fè yon moun responsab devan Allah.Li delivre lespri a anba chenn sipèstisyon ak sèvi zidòl. Nan Islam, pa gen sekrè ni lalwa ki fèt pou yon sèl kalite moun; tout lalwa ak prensip li yo mache ak bon sans (bon lespri), epi yo bati sou jistis ak sajès.
Islam vini pou pwoteje lespri a epi li leve nivo li. Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: {Sètènman, tande, wè, ak lespri, se sou yo tout yon moun responsab.} [Al-Isra:36]. Konsa, devwa yon moun se pou li pwoteje lespri li, epi se poutèt sa Islam entèdi alkòl ak dwòg epi mwen te mansyone entèdiksyon alkòl la nan paragraf nimewo (34)- epi anpil nan vèsè Koran yo fini ak pawòl Li ki anwo nan syèl la: Pou nou kapab konprann. [Al-Baqarah:242]. Men sa Allah di tou: Lavi isiba a pa anyen lòt ke yon jwèt ak yon amizman, epi vrèmanvre, lavi aprèlanmò a pi bon pou moun ki gen krentif yo. Èske nou pa reflechi? [Al-An‘ām:32]. Men sa Allah di tou: Vrèman vre, Nou desann Liv sa a kòm yon Koran nan lang arab, pou nou ka sèvi ak lespri nou pou nou konprann li. [Yusuf:2]. Epi Allah te klarifye ke sèl moun ki benefisye gidans ak sajès se moun ki gen lespri yo, sila yo ki gen bon konprann yo, men sa Allah di: Li bay sajès la a sila li vle. Epi sila yo bay sajès la, se sèten li resevwa anpil byen. Epi pèsonn pa pran rapèl, sof moun ki gen bon konprann yo. [Al-Baqarah:269].
Se poutèt sa Islam fè lespri a tounen baz pou moun nan resevwa lòd Allah; Mesaje Allah la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Yo leve plim nan pou 3 kalite moun: pou moun kap dòmi an jiskaske li leve, pou timoun nan jiskaske li atenn laj pibète, epi pou moun ki pa gen lespri a jiskaske li rejwenn lespri l» Rapòte pa Al-Boukhari sou fòm mou'allaq avèk yon fòmil desizif anvan hadith (5269) avèk yon tèks ki sanble, e yo rapòte l sou fòm mawsoul pa Abou Dawoud (4402) e tèks la se pa li, ak At-Tirmidhi (1423), ak An-Nasa'i nan ((As-Sunan Al-Kubra)) (7346), ak Ahmad (956) avèk yon ti diferans, ak Ibn Majah (2042) yon fason rezime. Epi li te libere li anba chenn sipèstisyon ak adorasyon zidòl. Allah Granmèt la di, pou li fè konnen sitiyasyon nasyon yo nan atachman yo ak sipèstisyon pa yo, ak fason yo te rejte verite ki te soti bò kote Allah pou yo a: Se konsa, anvan ou, Nou pat janm voye yon avètisè nan okenn vil, san ke moun rich li yo pat di: Anverite, nou te jwenn zansèt nou yo sou yon tradisyon, epi se tras yo nap swiv. [Az-Zukhruf:23]. Epi Allah ki Trèwo a di konsènan Abraram, zanmi pwòch li a, (lapè sou li), ke li te di pèp li a: 52- « Kisa estati sa yo ye, nou menm ki rete atache ak yo nan adorasyon an? » Yo di: «Nou te jwenn zansèt nou yo ki tap adore yo.» [Al-Anbiya: 52-53]. Epi Islam te vini, li te kòmande moun yo pou yo kite adorasyon zidòl yo, pou yo abandone fo kwayans yo te eritye nan men zansèt yo, epi pou yo swiv chemen Mesaje yo (lapè ak benediksyon sou yo).
Nan Islam, pa gen ni sekrè, ni règleman ki la pou yon klas moun sou yon lòt. Yo te poze Ali bin Abi Talib keksyon, li menm ki te kouzen pwofèt la epi mari pitit fi li: "Èske Mesaje a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te ba nou kèk sekrè oswa kèk bagay espesyal li pa te bay tout moun?" Ali reponn: "Mesaje a pat janm ban nou anyen espesyal li pa te bay tout lòt moun yo tou, eksepte sa ki ekri nan papye sa a ki nan fouwo nepem lan." Li rale yon ti woulo papye kote ki te ekri: "Madichon Allah pou moun ki touye bèt (ofri sakrifis) pou yon lòt bagay ki pa Allah. Madichon Allah pou moun ki vòlè limit tè moun (ki deplase bòn tè). Madichon Allah pou moun ki bay manman li ak papa li madichon. Epi madichon Allah pou moun kap pwoteje yon kriminèl (oswa yon moun kap simen move bagay). Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan)1978. Tout lwa ak prensip relijyon Islam nan mache ansanm ak bon sans (bon lespri); yo bati nèt ale sou sa ki jis epi sou bon konesans (sajès).
38- Lè moun kap swiv fo relijyon yo pa ka konprann tout kontradiksyon ak bagay dwòl ki pa mache ak lojik nan kwayans yo, chèf relijye yo fè yo kwè relijyon an pi wo pase lespri (entelijans) moun, epi lespri moun pa ka konprann koze Allah. Men, pou Islam, relijyon an se yon limyè kap klere chemen lespri a. Moun kap defann fo relijyon yo vle pou moun fèmen lespri yo epi swiv yo zye fèmen; men Islam vle pou moun reveye entelijans yo, pou yo ka konprann verite a jan li ye toutbon an.
Bò kote fo relijyon yo, lè patizan yo pa rive konprann kontradiksyon ak bagay lespri a pa ka aksepte ki ladan yo, chèf relijye yo fè yo kwè relijyon an depase lespri moun, epi ke lespri a pa gen plas li pou konprann relijyon an. Tandiske Islam konsidere relijyon an tankou yon limyè kap klere chemen pou lespri a. Konsa, moun ki nan fo relijyon yo vle pou moun nan mete lespri li sou kote epi poul swiv yo. Men Islam, bò kote pal, vle pou moun nan reveye lespri li, dekwa poul medite, poul reflechi, epi poul ka konnen reyalite bagay yo jan yo ye a. Allah, Sila a ki Pi Wo a, di: Epi se konsa Nou te revele ba ou yon Revelasyon ki soti nan Lòd Nou. Ou pa te konnen kisa Liv la ye, ni lafwa. Men Nou fè li tounen yon limyè, avèk li Nou gide sila Nou vle pami sèvitè Nou yo. Epi anverite, sètènman wap gide nan yon chemen dwat. [Ash-Shura:52]. Konsa, revelasyon divin an genyen prèv ak agiman ki gide lespri ki an sante yo rive jwenn verite ke yo anvi konnen epi kwè ladan yo. Allah, Toupwisan an, di: O nou menm lèzòm! Yon prèv klè ki soti nan Mèt nou an vini jwenn nou, epi Nou desann yon limyè klè pou nou. [An-Nisa:174]. Konsa, Allah, Sila a ki Pi Elve a, vle pou moun viv nan limyè gidans, konesans ak verite, alòske dyab yo ak tiran yo vle pou moun rete nan fènwa mekreyans, inyorans ak egareman. Allah Granmèt la di: Allah se pwotekè moun ki gen lafwa yo; Li retire yo soti nan tenèb pou li mennen yo nan limyè. Kanta pou moun ki pa kwè yo, se fòs rebèl yo ki pwotekè yo; yo retire yo soti nan limyè pou mennen yo nan tenèb. [Al-Baqarah:257].
39- Islam bay vrè konesans lan (lasyans) anpil valè; li ankouraje moun fè rechèch syantifik ki pa baze sou pasyon oswa enterè pèsonèl, epi li mande pou nou egzaminen epi reflechi sou pwòp tèt nou ak sou linivè ki ozalantou nou an. Rezilta syantifik ki kòrèk yo pa janm antre nan konfli ak Islam.
Islam nan bay vrè konesans lan (lasyans) anpil valè. Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: Allah ap mete moun nan mitan nou ki gen lafwa yo ak moun ki gen konesans yo nan yon pozisyon ki pi wo (lap ba yo plis onè). Epi, Allah konnen byen pwòp tout sa nap fè. [Al-Moujadalah:11]. Epi Allah asosye temwayaj moun ki gen konesans yo ak temwayaj pa Li a, ansanm ak temwayaj zanj Li yo, konsènan pi gran bagay ki temwaye a. Allah ki gen tout pouvwa a di: Allah temwaye li menm, ak tout zanj li yo, ansanm ak moun ki gen konesans yo, pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon sof Li menm; Li toujou kanpe pou jistis. Pa gen okenn lòt dye sof Li menm, Li se Sila a ki gen tout pouvwa a, epi ki gen tout bon konprann nan. [Al Imran:18] Sa a montre plas moun ki gen konesans yo genyen nan Islam, epi Allah pa te bay Pwofèt li a, Mouhammad (se pou lapè ak Benediksyon Allah sou li), lòd pou li mande ogmantasyon nan anyen eksepte nan konesans. Allah ki gen tout pouvwa a di: Epi di: 'Mèt mwen, fè konesans mwen ogmante pi plis toujou Sourat Ta-Ha vèsè 114 Epi Mesaje Allah a,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Moun ki pran yon chemen poul chèche konesans, Allah ap rann yon chemen fasil pou li ki mennen nan Paradi. Vrèman, zanj yo bese zèl yo pou moun kap chèche konesans lan, pou montre jan yo satisfè. Epi, tout sa ki nan syèl la ak sou tè a, jiska pwason yo ki nan dlo, mande padon pou moun kap chèche konesans lan. Siperyorite yon savan sou yon adoratè se menm jan ak siperyorite lalin nan sou tout rès zetwal yo. Savan yo se eritye Pwofèt yo. Pwofèt yo pa kite ni dinar, ni dirham kòm eritaj, men pito yo kite konesans. Konsa, moun ki pran konesans sa a, li pran yon pòsyon ki gen anpil valè.» Rapòte pa Abou Dawoud (3641), ak At-Tirmidhi (2682), ak Ibn Majah (223) e sa a se tèks pa li, ak Ahmad (21715).
Islam ankouraje moun fè rechèch syantifik ki pa baze sou pasyon oswa enterè pèsonèl, epi li mande pou nou egzaminen epi reflechi sou pwòp tèt nou ak sou linivè a ki ozalantou nou. Men sa Allah ki gen tout pouvwa a di: Nou pral montre yo siy (mirak) Nou yo nan tout kwen linivè a epi nan pwòp kò yo tou, jouk tan yap rann yo kont toutbon vre ke Koran sa a se laverite. Èske sa pa ase pou yo konnen Mèt ou a wè tout bagay nèt? Sourat Fussilat vèsè 53 Men sa Allah di tou: Èske yo pa obsève wayòm syèl yo ak tè a, ak tout sa Allah kreye, epitou ke petèt delè yo a gentan pwoche? Ebyen, nan ki lòt pawòl aprèsa a (Koran an) yo pral kwè? [Al-A’raf:185]. Men sa Allah di tou: Èske yo pa vwayaje sou tè a pou yo wè kisak te rive moun ki te la anvan yo? Moun sa yo te gen plis fòs pase yo, yo te travay tè a epi yo te bati anpil bagay sou li plis pase sa moun jodi a bati. Mesaje yo te vin jwenn yo ak prèv ki klè (mirak). Se pa Allah ki te fè yo enjistis, men se yo menm ki te fè pwòp tèt yo mal. Sourat Ar-Rum (v. 9)
Rezilta syantifik ki kòrèk yo pa janm antre nan konfli ak Islam. Epi, nou pral site yon sèl egzanp kote Koran an te bay detay presi sou yon sijè sa gen plis pase 1500 lane, alòske se pita lasyans modèn te vin dekouvril; konsa, rezilta lasyans yo vin konfime sa ki nan Gran Koran an, ki se kreyasyon fetis la nan vant manman li. Allah Granmèt la di: 12- Vrèman vre, Nou te kreye moun ak yon moso ki soti nan tè (nan labou). 13- Aprèsa, Nou te fè li tounen yon gout semans nan yon lojman ki fèm epi ki an sekirite. 14- Aprèsa, Nou fè ti gout spèm nan tounen yon ti kras san (kaye), epi Nou fè san kaye a tounen yon mòso chè (tankou yon bagay yo moulen), epi Nou fè mòso chè a tounen zo, epi Nou kouvri zo yo ak chè. Apre sa, Nou fèl vin tounen yon lòt kreyati. Glwa pou Allah, Li menm ki pi bon pami tout kreyatè yo. [Al-Mu’minun: 12-14].
40- Allah pa aksepte okenn aksyon, ni li pa bay rekonpans pou li nan lavi kap vini an, eksepte nan men moun ki kwè nan Allah, ki obeyil epi ki kwè nan pwofèt li yo (se pou lapè ak benediksyon sou yo). Epi, Allah pa aksepte nan adorasyon yo eksepte sa li menm li te otorize. Konsa, kòman yon moun ka fè pou l refize kwè nan Allah epi pou l espere ke L ap rekonpanse l? Epi, Allah pa aksepte lafwa okenn moun sof si li kwè nan tout pwofèt yo (se pou lapè sou yo), epitou li kwè nan misyon Muhammad (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li).
Allah ki gen tout pouvwa a pa aksepte okenn aksyon, ni li pa bay rekonpans pou li nan lavi aprè lanmò a, sof nan men moun ki kwè nan Allah, ki obeyi li, epi ki kwè nan Mesaje li yo (se pou lapè ak benediksyon Allah sou yo tout). Allah ki gen tout pouvwa a di : 18- Nenpòt moun ki vle jwi lavi sa a kap pase vit la sèlman, nap ba li sa Nou vle pou moun nou chwazi a. Men aprèsa, Nou prepare Lanfè (Jehennam) pou li; lap antre ladan li ak tout wont sou li, epi lap pouse li lwen gras Allah. 19: Moun ki vle lavi ki ap vini an, ki fè tout efò ki nesesè pou sa, pandan li gen lafwa, moun sa yo, senyè toupwisan an ap aksepte efò yo epi lap rekonpanse yo. [Sourat Al-Isra vèsè 18-19]. Men sa Allah di tou: Nenpòt moun ki fè bon zak pandan li gen lafwa, efò li pap nye, epi se Nou menm ki ap ekri yo pou li. [Al-Anbiya: 94]. Epi Allah (ki gen tout pouvwa a) pa aksepte pami adorasyon yo eksepte sa li menm li te etabli kòm lalwa. Allah (ki gen tout pouvwa a) te di: Konsa, nenpòt moun ki espere kontre ak Mèt li a, se pou li fè bon aksyon, epi li pa dwe mete okenn lòt moun oswa okenn lòt bagay nan adorasyon li ap fè pou Mèt li a. [Al-Kahf:110]. Kidonk, li montre ke yon aksyon pa bon, sèlman si se yon bagay Allah preskri, epi moun kap fèl la fè li ak tout senserite pou Allah, pandan li se yon kwayan nan Allah ki kwè nan pwofèt li yo ak mesaje li yo. Men, kanta moun aksyon li pat konsa, Allah, Trèwo a, di: Epi Nou pral gade tout sa yo te fè kòm aksyon, epi nou pral fè yo tounen pousyè van ap gaye (pousyè ki pa gen okenn valè). [Al-Furqan:23]. Men sa Allah di tou: 2-Jou sa a, gen yon seri figi moun kap plen ak laperèz (wont) 3-"Yo te travay di, yo mouri nan rale kò yo (yo fatige nèt). 4 : Yo pral boule nan yon dife ki cho anpil (yon gwo kout dife). [Al-Ghashiyah: 2-4]. Figi sa yo plen ak wont epi yo fatige nèt ak travay yo tap fè a. Men, kòm yo tap travay san yo pat swiv gid Allah te bay la, Allah fè yo fini nan dife. Yo pat mache selon lòd senyè a,yo te pito ap sèvi zidòl epi yo te swiv move chèf ki tap envante fo relijyon pou yo. Yon bon aksyon Allah aksepte, se sa ki mache daprè sa Mesaje Li a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te pote a. Kijan yon moun ki gen mank lafwa nan Allah epi pou li ta espererel rekonpansel ?
Allah pa aksepte lafwa okenn moun sof si li kwè nan tout pwofèt yo (se pou lapè Allah sou yo) epi li kwè nan mesaj Muhammad la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) - Nou te deja mansyone kèk prèv sou sa nan paragraf nimewo (20). Epi Allah ki gen tout pouvwa a di : Pwofèt la kwè nan sa Granmèt la voye desann ba li a, epi tout kwayan yo kwè ladan li tou. Yo tout kwè nan Allah, nan zanj li yo, nan liv li yo, ak nan pwofèt li yo. Yo di: 'Nou pa fè okenn diferans ant pwofèt li yo. Epi yo di: 'Nou tande sa Ou di a epi nap obeyi. Padonnen nou, Granmèt nou, paske se bò kote Ou tout moun ap tounen. [Al-Baqarah:285]. Men sa Allah di tou: O nou menm ki kwè yo (ki gen lafwa you)! Se pou nou kwè nan Allah ak nan Mesaje li a, ak nan Liv li te voye desann bay Mesaje li a, ansanm ak Liv li te voye desann anvan an. Nenpòt moun ki nye Allah ,zanj li yo, liv li yo, mesaje li yo, ak dènye jou a, li pèdi nèt nan yon egare ki byen lwen [An-Nisa:136]. Men sa Allah di tou: Epi sonje lè Allah te pran yon angajman (yon alyans) avèk tout pwofèt yo: 'Depi mwen fin ban nou Liv ak Sajès, epi aprèsa , yon Mesaje vin jwenn nou poul konfime sa nou te genyen deja a, nou dwe kwè nan li epi nou dwe ba li konkou (ede l).' Allah di: 'Èske nou dakò? Èske nou aksepte chay (responsablite) sa a map ban nou an?' Yo reponn: 'Nou dakò.' Allah di: 'Enben, sèvi temwen pou sa, epi Mwen menm tou, Map kanpe kòm temwen avèk nou' [Al Imran:81].
41- Objektif tout mesaj ki soti nan syèl la se: pou vrè relijyon an leve nivo diyite moun nan dekwa poul tounen yon sèvitè total pou Allah Mèt linivè a; epi pou relijyon an delivre moun nan anba esklavaj lòt moun, anba depandans materyèl, oswa anba fènwa sipèstisyon. Paske Lislam jan w ka wè a pa sakralize pèsonn, ni li pa leve yo pi wo pase nivo yo, ni li pa fè yo tounen mèt ak dye.
Objektif tout mesaj ki soti nan syèl la se: pou vrè relijyon an leve nivo diyite moun nan dekwa poul tounen yon sèvitè total pou Allah Mèt linivè a; epi Lislam delivre moun nan anba depandans materyèl oswa anba fènwa sipèstisyon. Mesaje Allah la ( se pou lapè ak benediksyon Allah avèk li ) di: Madichon (oswa malè) pou moun ki esklav lajan (dina ak diram) ak bèl rad, Si li jwenn sa li vle a, li kontan; men sil pa jwenn li, li fache (li pa janm satisfè). Sahih Al-Bukhari 6435. Konsa, yon moun ki gen yon nati dwat pa soumèt devan pèsonn esepte Allah, li pa tounen esklav ni lajan, ni onè, ni gwo pozisyon, ni tribi. Istwa sa a menm montre lektè a ki jan pèp la te ye anvan Mesaj la, epi kòman yo te vin ye aprè sa?
Lè premye Mizilman yo te emigre nan peyi Abisinia, wa peyi Abisinia nan epòk sa a "Najachi" te mande yo, li di yo konsa: Ki relijyon sa a ki fè nou kite pèp nou an, epi nou pa antre ni nan relijyon pam, ni nan relijyon okenn nan pèp sa yo? Men sa Ja'far bin Abi Talib di li: O wa! Nou te yon pèp ki tap viv nan gwo kras ignorans; nou te konn sèvi zidòl, nou te konn manje bèt mouri, nou te konn fè tout kalite vye bagay sal, nou te konn koupe fache ak fanmi nou, nou te konn mal sèvi vwazen nou, epi moun ki te pi fò nan mitan nou te konn manje moun ki pi fèb yo. Nou te rete konsa jouk tan Allah voye yon Mesaje ban nou ki soti nan mitan nou menm; nou konnen fanmi li, nou konnen li se yon moun ki toujou di laverite, li se yon moun serye epi li gen bon moralite. Li rele nou poun sèvi yon sèl Allah, poun adore Li, epi poun voye jete tout ròch ak zidòl nou menm ak zansèt nou yo te konn adore. Li ban nou lòd poun toujou di laverite, poun respekte pawòl nou (sèman nou), poun kenbe bon relasyon ak fanmi nou, poun byen sèvi vwazen nou, epi poun sispann fè mechanste ak touye moun. Li entèdi nou fè bagay sal, di manti, vòlè byen timoun san papa (òfelen), oswa sal non fanm ki serye. Li mande nou pou nou adore Allah sèlman san nou pa mete anyen ak Li, epi li ban nou lòd poun lapriyè, bay pòv (Zakat), epi fè jèn (Ramadan). Nou te kwè nan li, nou te aksepte mesaj li a, epi nou te swiv li. Se konsa nou te kòmanse adore Allah sèlman, nou sispann mete lòt bagay ak Li, nou sispann fè sa Li entèdi nou epi nou fè sa Li pèmèt nou Rapòte pa Ahmad (1740) avèk yon ti diferans, ak Abou Naim nan ((Hilyat al-Awliya')) (1/115) nan fòm abreje. Konsa, Islam pa bay okenn moun karaktè sakre, ni li pa leve yo pi wo pase pozisyon yo, epitou li pa fè yo tounen ni mèt ni dye. Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: 64: Di: O nou menm moun ki te resevwa Liv la! Vini non pou nou antann nou sou yon sèl pawòl ki valab ni pou nou ni pou ou : Ke nou pa dwe adore pèsonn esepte Allah, nou pa dwe bay li okenn asosye, epi pèsonn nan nou pa dwe pran lòt moun kòm mèt nan plas Allah. Si yo vire do yo, lè sa a di yo: 'Temwaye ke nou menm, nou se Mizilman (moun ki soumèt devan Allah). [Al Imran:64] Men sa Allah di tou: Ni li pap kòmande nou pou nou pran zanj yo ak pwofèt yo kòm seyè. Èske li tap kòmande nou pou nou tonbe nan mekreyans aprè ke nou fin soumèt tèt nou? [Al Imran:80]. Epi Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Pa fè elòj pou mwen depase limit, menm jan Kretyen yo te fè pou pitit gason Mari a, se sèlman Sèvitè li mwen ye, kidonk di: Sèvitè Allah epi Mesaje Li» Sahih Al-Bukhari 3445.
42- Allah mete repantans nan Islam. Repantans vle di: lè yon moun tounen vin jwenn Mèt li epi li sispann fè peche. Islam efase tout peche ki te fèt anvan li, epi repantans efase tout peche ki te fèt anvan repantans lan. Konsa, yon moun pa bezwen al konfese pechel devan yon lòt moun.
Allah mete sa yo rele repantans nan Islam, sa vle di: lè yon moun tounen vin jwenn Mèt li epi li sispann fè peche, jan Allah (ki gen tout pouvwa a) te di sa: {Epi tounen vin jwenn Allah ak repantans, nou tout nèt, O nou menm kwayan yo, pou nou ka jwenn siksè (delivrans)} [An-Nour:31]. Men sa Allah di tou: Èske yo pa konnen ke se Allah menm ki aksepte repantans (Tawbah) nan men sèvitè li yo, epi li resevwa sadaka yo, epi ke se Allah menm ki se Sila a ki toujou aksepte repantans lan, Sila a ki gen anpil mizèrikòd la? [Repantans:104]. Men sa Allah di tou: Se Li menm ki aksepte repantans (Tawbah) nan men sèvitè li yo, Li padone move zak yo, epi li konnen tou sa nap fè. [Ash-Shura:25] Epi Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Allah gen plis kè kontan pou repantans sèvitè li a ki kwayan an pase yon moun ki nan yon tè dezole ki ka fè moun peri, li te gen bèt li a avèk li, ki te gen manjel ak bwèl sou li, epi li dòmi. Lè li leve, li wè bèt la disparèt. Li chachel jiskaske swaf te prèske touyel. Aprèsa, li di: Map retounen kotem te ye a, poum dòmi jiskaskem mouri. Li mete tèt li sou bra li poul mouri. Epi lè li leve, li jwenn bèt li a bò kote li, ansanm ak pwovizyon li manjel ak bwèl sou li. Konsa, Allah gen plis kè kontan pou repantans sèvitè kwayan an pase mesye sa a pou bèt li a ak pwovizyon li yo.» Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan)2744.
Epi Islam efase tout peche ki te fèt anvan li, epi repantans efase tout peche ki te fèt anvan repantans lan; daprè pawòl Allah a ki di: Di moun ki pa kwayan yo: si yo sispann, yap padone yo pou sak te pase deja. Men si yo retounen (nan sa yo tap fè a), enben, egzanp pèp ki te la anvan yo gentan la deja. [sourat Al-Anfal vèsè 38]. Epi Allah te rele kretyen yo (Nasara yo) pou yo fè repantans (Tawbah), se konsa sila ki gen tout glwa a te di: Èske yo pa pral tounen vin jwenn Allah ak repantans epi mande li padon? Alòske Allah se moun ki konn padone anpil, epi li gen anpil mizèrikòd. [Al-Ma'idah:74]. Epi Allah te ankouraje tout moun ki dezobeyisan yo ak tout pechè yo pou yo fè repantans (Tawbah), epi men sa Li, Sila a ki anwo nan syèl la, di: Di yo: 'O nou menm sèvitè mwen yo ki te fè tèt nou mal (nan fè anpil peche), pa janm pèdi espwa nan favè (mizèrikòd) Allah. Paske Allah padone tout peche nèt ale. Vrèman vre, se Li menm ki gen gwo padon epi ki gen yon kè sansib anpil' Sourat Az-Zumar vèsè 53 Lè Amr ibn al-As te pran desizyon poul aksepte Islam, li te gen krentif pou peche li te komèt anvan Islam yo pa te padone. Amr te rakonte evènman sa a, epi li te di: "Lè Allah te mete Islam nan kèm, mwen te ale kot Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) poum te pretel sèman. Li lonje men li ban mwen, epi mwen dil: Mwen pap prete w sèman, O Mesaje Allah, jouk tan ou padonem pou tout pechem yo ki te fèt anvan. Lè sa a, Mesaje Allah (lapè ak benediksyon Allah sou li) di m: O Amr, èskew pa te konnen ke emigrasyon an (Hijra) efase tout peche ki te fèt anvan li? O Amr, èskew pat konnen ke Islam efase tout peche ki te fèt anvan li? Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (121), nan yon vèsyon pi long ki sanble avè l, epi Ahmad, anba nimewo (17827), epi se tèks pa li a.
Nan Islam, relasyon ant yon moun ak Allah se yon relasyon dirèk. Ou pa bezwen pèsonn pou sèvi entèmedyè ant ou menm ak Allah. Islam entèdi pou nou fè moun tounen Allah, oswa pou nou fè yo patisipe nan pouvwa ak adorasyon ki pou Allah sèlman.
Nan Islam, yon moun pa bezwen al konfese peche li devan yon lòt moun, paske relasyon ant yon moun ak Allah se yon relasyon dirèk, donk ou pa bezwen pèsonn pou sèvi entèmedyè ant ou menm ak Allah. Epi menm jan sa te mansyone nan paragraf nimewo (36) ke Allah ki anwo nan syèl la rele tout moun pou yo repanti epi tounen vin jwenn li, se konsa tou li entèdi moun yo pou yo pran pwofèt yo oswa zanj yo kòm entèmedyè ant li menm ak sèvitè li yo. Epi Allah ki anwo nan syèl la di: Epi li pap kòmande nou pou nou pran zanj yo ak pwofèt yo kòm seyè. Èske li tap kòmande nou pou nou pa kwè, aprè nou se Mizilman? [Al Imran:80]. Kidonk, Islam kòm ou ka wè anpeche nou fè lèzòm tounen dye oswa asosye pou Allah nan Inisite li (Rububiyyah) oswa nan divinite li. Men sa Allah, Sila ki Trèwo a, di sou kretyen yo: Yo pran chèf relijye yo ak prèt yo sèvi kòm Bondye (mèt) nan plas sèl sèl senyè toupwisan an ; yo fè menm jan an tou pou Mesi a (Jezi), pitit gason Mari a. Men, sèl lòd yo te resevwa, se pou yo adore Allah sèlman. Pa gen lòt dye pase Li menm sèl. Lwanj pou Li! Li pi wo pase tout sa yo vle mete ansanm avèl yo. [Repantans:31]. Allah kondane moun ki pa kwè yo paske yo chache moun oswa lòt bagay pou sèvi entèmedyè ant yo menm ak Li. Men sa Mèt linivèa a di nan Koran an: Konnen byen, se pou Allah sèlman adorasyon ki san melanj lan ye (relijyon ki pi a). Epi moun sa yo ki pran lòt pwoteksyon (oswa lòt mèt) nan plas Li, yo di: «Nou pa adore yo esepte pou yo ka fè nou vin pi prè Allah». Anverite, Allah pral jije antre yo sou tout sa yo te gen dezakò ladanl yo. Anverite, Allah pa gide moun ki mantè epi ki rejte laverite. [Az-Zoumar: 3]. Epi Allah te montre aklè ke moun ki tap adore zidòl yo ,moun nan epòk inyorans la te konn pran entèmedyè ant yo menm ak Allah, epi yo te konn di ke se yo menm ki tap fè yo pwoche pi prè Allah.
Si Allah te entèdi moun sèvi ak pwofèt yo oswa zanj yo kòm entèmedyè ant Li menm ak sèvitè li yo, sa vle di tout lòt moun ki pa nan nivo sa a pa gen dwa fè sa non plis. Kouman sa ta ka fèt, alòske pwofèt yo ak mesaje yo (lapè ak benediksyon sou yo) se yo menm menm kap kouri chache fason pou yo pwoche pi pwòch Allah ? Men sa Allah di pou li fè nou konnen ki jan pwofèt yo ak mesaje yo ye: Anverite, yo te konn prese fè sa ki byen, yo te konn lapriyè nan pye nou avèk espwa (anvi rekonpans) ak laperèz (pou pinisyon), epi yo te toujou gen anpil soumisyon (imilite) devan nou. [Al-Anbiya: 90]. Men sa Allah di tou: Moun sa yo yap adore yo a, se yo menm menm kap chache mwayen pou yo pwoche pi prè Mèt yo a; yap chache konnen kilès nan yo ki ka pi prè Li toujou. Yo mete espwa yo nan favè (mizèrikòd) Li, epi yo pè châtiman Li. Vrèman vre, pinisyon Mèt ou a, se yon bagay tout moun dwe pè. [Al-Isra: 57]. Sa vle di, sila yo nap rele andeyò Allah yo pami pwofèt yo ak moun ki dwat yo se yo menm kap pwoche bò kote Allah, yap espere mizèrikòd li, epi yo pè chatiman li; kòman fè, alò, pou moun ta adore yo andeyò Allah?
Nan dènye pati lèt sa a, nou sonje ke tout moun, kèlkeswa tan yap viv, nasyon yo oswa peyi yo, tout limanite nèt, gen lide ak objektif ki diferan, epi yo pa viv menm jan. Se poutèt sa, yo bezwen yon gid pou dirije yo, yon sistèm pou mete yo ansanm, ak yon chèf pou pwoteje yo. Se pwofèt yo (lapè ak benediksyon sou yo) ki te konn fè travay sa a gras a revelasyon Allah te ba yo. Yo te konn montre moun chemen byen ak verite, yo te konn rasanble yo anba lwa Allah, epi yo te konn rann jistis san patipri. Konsa, lavi moun yo te vin dwat daprè jan yo te koute pwofèt yo ak jan yo te touprè tan pwofèt yo tap viv la. Allah te fini tout mesaj Li yo ak mesaj pwofèt Muhammad (lapè ak benediksyon Allah sou li). Li te fè mesaj sa a rete pou tout tan, Li fèl sèvi kòm yon gid, yon favè (mizèrikòd), yon limyè ak yon direksyon pou mennen moun jwenn kote senyè toupwisan an la ye.
Nan dènye pati mesaj sa a, nou sonje ke tout moun, kèlkeswa tan yap viv, nasyon yo oswa peyi yo, tout limanite nèt, gen lide ak objektif ki diferan, epi yo pa viv menm jan. Se poutèt sa, yo bezwen yon gid pou dirije yo, yon sistèm pou mete yo ansanm, ak yon chèf pou pwoteje yo. Se pwofèt yo (lapè ak benediksyon sou yo) ki te konn fè travay sa a gras a revelasyon Allah te ba yo. Yo te montre moun chemen byen ak verite, yo te rasanble yo anba lwa Allah, epi yo te rann jistis san patipri. Konsa, lavi moun yo te mache dwat daprè jan yo te koute pwofèt yo. Men, lè lavi a te vin gate ak anpil manti, lè inyorans te gaye toupatou epi moun yo te tonbe nan sèvi zidòl; Allah voye pwofèt Muhammad (lapè ak benediksyon sou li) avèk verite a ak bon relijyon an, pou li ka fè moun soti nan fènwa mank lafwa, inyorans ak zidòl, pou li mennen yo nan limyè lafwa ak verite.
45- Se poutèt sa mwen envitew, ou menm moun, pouw kanpe pou Allah ak tout senseritew, san ou pa rete nan tradisyon ak nan abitid, epi pouw konnen ke aprè lanmò w, ou gen pouw tounen jwenn Mèt ou a, epi pouw gade tèt ou ak sa ki ozalantouw. Soumèt ou (nan Islam), epi wap jwenn bonè nan lavi sa a ak nan lavi aprè lanmò a. Epi siw vle antre nan Islam, ou sèlman bezwen temwaye pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon sof Allah, epi Mouhammad se mesaje Allah, epi pouw rejte tout sa moun adore andeyò Allah, epi pouw kwè ke Allah ap resisite sila yo ki nan tonbo yo, epitou jijman an ak rekonpans lan se yon verite. Konsa, lèw fin fè temwayaj sa a, ou vin tounen yon mizilman. Aprèsa, ou dwe adore Allah daprè sa li mete kòm lwa, tankou lapriyè, zakat, jèn, ak pèlerinaj, si ou gen mwayen ak kapasite pou sa.
Se poutèt sa, map envite ou, monchè (ou menm moun), pou ou kanpe devan Allah ak tout kè ou, san ou pa kite vye koutim ak abitid mare lespri ou, menm jan Allah te mande ou fè sa nan pawòl Li a: "Di yo: Mwen sèlman ap egzòte nou sou yon sèl bagay: se pou nou kanpe pou Allah, 2 pa 2 oubyen pou kont nou, aprèsa, pou nou reflechi. Konpayon nou an (Mesaje a) pa gen okenn foli. Li se sèlman yon moun kap avèti nou anvan yon gwo chatiman." [Sourat Saba, vèsè 46]. Epi konnen ke aprè lanmòw, ou pral retounen jwenn Mèt ou a. Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: 39- Epi tou, yon moun pa ka jwenn anyen (kòm rekonpans) pase sa li te fè efò pou li a. 40- Epi tou, tout efò (travay) li te fè, gen pou yo parèt aklè devan zye li. 41- Epi, li pral resevwa rekonpans ki pi konplè a. 42: Epi se bò kote Mèt ou a retou final la ye. [An-Najm:39-42]. Epi pouw gade nan ou menm ak nan sak alantou w. Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: Èske yo pa janm gade jan Allah ap dirije syèl la ak tè a ak tout pouvwa Li? Èske yo pa wè tout sa Allah kreye yo? Epi, èske yo pa janm kalkile ke petèt lè (lanmò) yo a prèt pou rive? Si se pa nan Koran an, nan ki lòt diskou ankò yo pral kwè? [Al-A’raf:185].
Antre nan Islam, epi wap jwenn bonè nan lavi sa a ak nan lavi aprè lanmò a. E siw vle antre nan Islam, ou sèlman bezwen di: “Mwen temwaye pa gen lòt dye ki merite adorasyon sof Allah, epi mwen temwaye Muhammad se mesaje Allah”. Lè Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te voye Mouad (Muadh) ale nan peyi Yemen pou lal fè moun yo konnen sa Islam ye, men sa li te di l: «Ou pral kot yon pèp ki se moun ki te resevwa Liv la, envite yo nan temwayaj ke pa gen lòt dye pase Allah sèlman epi ke mwen se Mesaje Allah. Si yo obeyi sa, fè yo konnen ke Allah fè li tounen yon obligasyon sou yo pou yo fè 5 priyè nan chak jounen ak chak nwit. Si yo obeyi sa, fè yo konnen ke Allah fè li tounen yon obligasyon (Zaka) sou byen yo genyen; yap pranl nan men moun rich yo, epi yap renmèt li bay moun ki pòv pami yo. Si yo obeyi sa, fè atansyon pouw pa pran pi bon nan byen yo genyen yo.» Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan)19. Epi tou, ou dwe voye jete (dekonektew) ak tout sa moun ap adore nan plas Allah. Renonse ak tout fo dye sa yo, se sa yo rele 'Hanifiya', se relijyon pwofèt Ibrahim (lapè sou li) te genyen an. Men sa senyè toupwisan an di nan Koran an: Nou gen yon bèl modèl nan pwofèt Ibrahim ak moun ki te avè li yo, lè yo te di pèp yo a konsa: 'Nou dekoupe fache avèk nou, ni avèk tout sa nap adore nan plas Allah yo. Nou voye sa nap fè yo jete; depi jodi a, gen yon gwo miray (lenmi ak rayisman) ki leve ant nou menm ak nou menm pou tout tan, jouk tan nou deside kwè nan yon sèl Allah sèlman. [Al-Mumtahanah:4]. Epi ou kwè ke Allah gen pou resisite moun ki nan tonbo yo; Allah, Sila ki Egzalte a, di: 6- Sa se paske Allah se li menm ki Verite a, epi se Li menm kap bay moun ki mouri yo lavi, epi Li gen pouvwa sou tout bagay. 7 - Epi, san mank, Lè a (Jou Jijman an) ap rive, pa gen dout nan sa; epi Allah ap fè tout moun ki nan twou (nan tonbo) yo leve vivan ankò. [Al-Hadj:6-7]. Epi ke jijman ak rekonpans se yon verite. Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: Allah te kreye syèl yo ak tè a ak la verite, epi se pou chak moun jwenn sa li merite pou sal te fè, san yo pa sibi okenn enjistis. [Al-Jathiyah: 22].
Lè ou fin fè temwayaj sa a, ou tounen yon mizilman; aprèsa, se pou ou adore Allah jan li mande sa nan lapriyè, nan bay lacharite (zakat), nan fè jèn, epi nan fè pelerinaj si ou gen mwayen pou sa, ak lòt adorasyon yo ankò.
Vèsyon dat 19-11-1441
Ekri pa Pwofesè Doktè Muhammad bin Abdillah as-Suhaym
Pwofesè Lafwa (Akida) nan depatman Etid Islamik (anvan)
Fakilte Edikasyon nan Inivèsite Wa Saoud
Riyad, Wayòm Arabi Sawoudit
Related books
All books
Yon brèf mesaj sou Islam jan sa te vini nan Koran an ak nan Tradisyon Pwofèt la (Sunna).59 languagesYon brèf mesaj sou Islam jan sa te vini nan Koran an ak nan Tradisyon Pwofèt la (Sunna).
Nan non Allah ki gen tout gras, ki gen tout konpasyon. Islam Yon kopi(vèsyon) ki pa gen okenn prèv ladan l. [1] Gen yon lòt vèsyon mesaj sa a ki gen ladan li prèv ki soti nan Koran an ak nan Tradisyon Pwofèt la (Sunna) sou chak sijè ki ladan l, ou ka konsilte li atravè lyen sa a: https://islamhouse.com/ar/books/2830071. Yon ti liv enpòtan ki gen ladan li yon definisyon brèf sou Islam, ki montre prensip fondamantal li yo, ansèyman li yo ak bèl kalite li yo, ki soti nan sous orijinal li yo ki se Koran an ak Sounna Pwofèt la. Ti liv sa a adrese a tout moun (mizilman kou moun ki pa mizilman) nan…
Yon ti mesaj tou kout pou yon moun ki pa kwè nan Allah (yon ate)31 languagesYon ti mesaj tou kout pou yon moun ki pa kwè nan Allah (yon ate)
Yon mesaj kout pou yon moun ki pa kwè nan Allah (yon ate): Pale ak entèlijans ou pou w wè jan linivè a egzak epi jan li byen òganize; sa montre klèman li pay ka parèt pa chans, men li montre gen yon Kreyatè ki gen bon konprann. Èske li posib pou tout bèl bagay sa yo ta soti nan anyen (nan vid)? Louvri kèw pouw reflechi epi medite, chèche laverite, paske ou ka jwenn ladanl yon limyè kap gidew.
Yon rezime sou kwayans islamik .47 languagesYon rezime sou kwayans islamik .
Liv sa a eksplike prensip fondamantal lafwa yo ki gen ladan yo: kwè nan Allah, nan zanj li yo, nan liv li yo, nan pwofèt li yo, nan jou dènye a, ak nan desten. Liv la prezante prensip de baz yon mizilman dwe kwè ak jan li dwe aji daprè yo. Li mete aksan sou enpòtans pou yon moun ranfòse relasyon li ak Allah atravè yon konpreyansyon pwofon sou kwayans islamik la.
Islam se relijyon tout Mesaje Allah yo.85 languagesIslam se relijyon tout Mesaje Allah yo.
Islam se soumèt devan Allah, Kreyatè ak Mèt linivè a, epi obeyi li ak renmen ak respè. Fondasyon Islam se lafwa nan Allah : se li ki Kreyatè a epi tout sa ki egziste se kreyati li yo. Se li menm sèl ki merite adorasyon, li pa gen asosye. Pa gen lòt dye ki gen dwa pou yo adore sof li menm. Li gen pi bèl non yo ak kalite ki pi wo yo. Li gen pèfeksyon total san okenn mank. Li pat fè pitit, yo pat fè li tou, epi pa gen anyen ki sanble avèl. Li pa melanje ak kreyatil yo epi li pa pran fòm anyen nan sal kreye yo. Epi Islam se sèl relijyon Allah, sila ki trè anwo nan syèl yo.Li pa aksepte okenn lòt…