Fòm ak modalite Oumra a (Yon gid pratik e tou kout) Kijan pou fè Oumra? (Yon ti leson edikatif senplifye) Yon videyo ki esplike etap Oumra yo nan lòd yo soti nan Ihram rive nan Tahallul, yon fason ki senp epi ki klè; gade videyo a epi aprann kijan pou ou fè Oumraw ou fasilman ak tout swen. Fòm ak fason Oumra a fèt Se yon devwa pou moun ki vle fè Omra pou li antre an Ihram nan Miqat ki etabli pou li a. Mawaqit yo: Se kote Pwofèt la, (lapè ak benediksyon Allah kouvri li), te chwazi. Se pou nenpòt moun ki vle fè Hajj oswa Omra antre nan eta Ihram soti kote sa a. Kidonk, pou moun ki pase nan…
Fòm ak modalite Oumra a (Yon gid pratik e tou kout) Kijan pou fè Oumra? (Yon ti leson edikatif senplifye)Yon videyo ki esplike etap Oumra yo nan lòd yo soti nan Ihram rive nan Tahallul, yon fason ki senp epi ki klè; gade videyo a epi aprann kijan pou ou fè Oumraw ou fasilman ak tout swen.Fòm ak fason Oumra a fèt
Se yon devwa pou moun ki vle fè Omra pou li antre an Ihram nan Miqat ki etabli pou li a.
Mawaqit yo: Se kote Pwofèt la, (lapè ak benediksyon Allah kouvri li), te chwazi.Se pou nenpòt moun ki vle fè Hajj oswa Omra antre nan eta Ihram soti kote sa a.
Kidonk, pou moun ki pase nan youn nan pwen sa yo avèk entansyon poul fè Hadj oswa Omra, se yon devwa pou li poul antre nan eta Ihram nan pwen sa a, epi li pa pèmi poul depase li san li pa antre nan eta Ihram.
Epi moun ki pi prè Lamèk pase limit Mikat sa yo, tankou moun ki rete Djeddah:Miqat pa li se kote li rete a; se la menm lap kòmanse Ihram li pou Hajj oswa pou Omra.
Kanta pou moun ki abite Lamèk yo, yo fè Ihram pou Hajj la depi nan kay yo nan Lamèk.Kanta pou Oumra a: yo dwe sòti deyò limit sakre a pou yo pran Ihram, tankou nan Tan'im oswa lòt kote konsa.
Pou moun ki nan yon avyon, li dwe antre nan eta Ihram lè li rive nan nivo Mikat la,Li dwe prepare tèt li epi mete rad Ihram yo anvan li rive nan nivo Mikat la,Lè li rive nan nivo sa a, li fè entansyon Ihram nan menm moman an,Epi li ka pran prekosyon pou li fè Talbiya anvan li rive nan menm liy ak Mikat la, poul pa rate kote a poutèt vitès avyon an.Epi li pa gen dwa ranvwaye sa jiskaskel ateri nan ayewopò a.
Fason pou fè Ihram ak règleman li yo.
Nenpòt moun ki vle antre nan eta Ihram la, li dwe:
1. Li rekòmande pou li lave tout kò a.
2. Li rekòmande pou gason mete pafen,Ou dwe mete li sou kò a ak nan bab la, men pa sou rad Ihram yo.
3. Epi li obligatwa pou mete rad Ihram, ki se: - pou gason - yon moso twal pou mare ren (izar) ak yon moso twal pou kouvri zepòl yo (rida).Epi li rekòmande daprè Sounnah a pou yo tou 2 blan, pwòp oswa nèf
Epi fanm lan antre nan eta Ihram ak rad li vle, san li pa abiye ak rad ki gen dekorasyon(pa pou ekspoze bote li ni atire atansyon sou li)Men li evite mete niqab ak gan sou men li,Epi li kouvri vizaj li ansanm ak men li avèk yon lòt bagay.
4. Epi Ihram, se entansyon pou antre nan rityèl la, konsa li di:« O Allah mwen reponn apèl Ou poum fè Oumra »Labbayka Allahumma 'umratan" (Mwen reponn apèl Ou, O Allah, pou yon Omra).Epi si lap fè Omra a pou yon lòt moun, li di:O Allah mwen reponn apèl Ou poum fè Oumra nan non entèl(tèl moun)(Labbayka Allahumma Omran 'an fulan).
5. Epi si moun ki vle antre nan eta Ihram la pè pou pa gen yon obstak ki anpechel fini rityèl li a,Kidonk li gendwa mete yon kondisyon lè lap fè Ihram nan, epi li di:O Allah mwen reponn apèl Ou pou mwen fè Oumra, epi si yon obstak anpechem, kote map soti nan Ihram nan se kote Ou blokem lanLabbayka Allahoumma ‘Oumrah, wa in habasani habis, famahilli haythou habastani)Kidonk, depil fè kondisyon sa a epi yon obstak rive ki anpeche li fin akonpli rit li yo, li soti nan Ihram nan epi li pa dwe okenn penalite.
6. Aprèsa, li fè anpil At-Talbiyah:Mwen la pou ou, O Allah, mwen la. Mwen la, ou pa gen okenn asosye, mwen la. Sètènman, tout lwanj, tout favè ak tout pouvwa se pou ou. Ou pa gen okenn asosye.Labèyka Allahoumma labèyk, labèyka la charika laka labèyk, innal hamda, wanni'mata, laka wal moulk, la charika lakGason an dwe monte vwa li poul di sa.Epi se menm bagay la pou fanm yo tou; toutotan li pa devan gason ki etranje (gason ki pa fanmil).
7. Yon moun ki nan eta sakre dwe evite tout sa ki entèdi nan Ihram nan, jiskaske li soti nan eta sa a.
Entèdiksyon Ihram yo divize an 3 kategori:
Premyèman: Pati ki entèdi pou gason ak fi yo:
Raze, koupe, oswa rache cheve nan nenpòt ki pati nan kò li.
Koupe tout zong yo oswa kèk ladan yo, nan pye oswa nan men.
Mete pafen sou kò a, oswa sou rad Ihram nan.
Touye bèt sovaj ki viv sou tè, oswa chase yo menm si li pa touye yo.
Fè demand maryaj, pou tèt li oubyen pou yon lòt moun.
Kontra maryaj.
Kontak fizik entim san rapò seksyèl, tankou bay bo, oswa manyen ak dezi.
Rapò seksyèl, sa vle di penetrasyon nan pati prive a.
Dezyèmman: Kategori ki entèdi pou gason yo:
Kouvri tèt la ak yon bagay ki kole ak li, tankou: yon takiye (chapo), yon imama (tuban), mete rida a (twal zepòl la) sou tèt li, oswa nenpòt lòt bagay ki fèt pou kouvri tèt la.
Mete rad abityèl ki koud selon fòm kò a; nan fòm li abitye ye a, tankou : rad long ki koud, pantalon, ak chemiz.
Twazyèmman: Kategori ki entèdi pou fi yo:
Mete niqab, burqa, oswa litham (yon twal ki kouvri figi a menm jan ak yon niqab). Li oblije kouvri figi li devan gason ki etranje (ki pa fanmil) ak lòt kalite rad (ki pa niqab).
Li pa dwe mete gan nan men li, epi se yon obligasyon pou li kouvri men li yo devan gason ki pa fanmi li.
Moun kap fè Oumra a kòmanse Oumra li lè li fè Tawaf alantou Kaaba a.
Epi li obligatwa pou yon moun ki pral fè tawaf (vire) nan Kaaba a poul nan eta pwòpte (gen woudou).
Lè moun ki nan Ihram nan antre nan Gran Moske a, se yon Sounna (tradiksyon) pou li mete pye dwat li anvan.Epi li di lapriyè (doua) pou antre nan moske a, ki se:""O Allah, louvri pou mwen pòt mizèrikòd Ou yo.""Alahouma iftah li abwaba rahmatika.
Lè li wè Kaaba a, li dwe sispann di Talbiya a.
Lè li vle kòmanse tawaf la, li se yon sounna pou li fè "idtiba'" (mete bout twal rida a anba bra dwat li epi voye pwent li sou zepòl gòch li).Lè li mete mitan moso twal ki anlè a anba zesèl dwat li, epi li voye 2 pwent twal la sou zepòl gòch li,Lè li fin fè Tawaf la, li remete rad li pou li kouvri 2 zepòl li, paske Idtiba a fèt sèlman pandan Tawaf la.
Tawaf la kòmanse bò Wòch Nwa a.
Li rekòmande pou li touche Wòch Nwa a (al-Hajar al-Aswad) ak men dwat li epi bo li.Si sa pa fasil pou li poul bo li, li touchel ak men li, epi li bo men li.Si sa pa posib pou li, li manyen li avèk yon bagay li gen avèl tankou yon baton oswa yon bagay konsa, epi li bo bagay sa a.Si sa pa fasil pou li, li vire fas li bò kote Wòch la epi li fè yon siy nan direksyon li ak men li, epi li pa bo men li,Epi li pi bon pou li pa bouskile moun, pou li pa fè yo mal, epi pou yo pa fè li mal tou.
Epi li rekòmande pou li di lè lap touche Wòch la oswa lap fè siy nan direksyon li:Allah se pi gran.Allahou Akbar
Aprèsa li pran direksyon dwat la, li mete Kaaba a sou bò gòch li.Epi lèl rive nan Kwen Yemani an, li touchel san li pa bo li,Men si sa pa posib pou li, li pa dwe pouse moun nan foul la pou sa, epi li pa dwe fè siy ak men li sou li nonplis.
O Senyè nou, ban nou sa ki bon sou tè a, ban nou sa ki bon nan lavi aprè a, epi pwoteje nou kont pinisyon dife a.Rabbana atina fid-dounya hasanatan, wa fil-akhirati hasanatan, wa qina ‘adhaban-nar
Epi, lè li ant Kwen Yemani an ak Wòch Nwa a, lap di :
Chak fwa li pase devan Wòch Nwa a, li fè siy ak men li nan direksyon li, epi li di:Allah se pi gran anAlahou Akbar
Epi nan rès Tawaf li a, li di sa li renmen nan Zikr, Douaa ak lekti Koran.
Daprè Sounna a se pou li fè "ramal" (mache ak ti pa rapid epi kout, ak yon fason pou li montre fòs) nan 3 premye tou yo sèlman - si sa posib pou li -.Mache yon ti jan rapid epi fè ti pa ki kout,Kanta pou 4 tou ki rete yo, pa gen mache vit ladan yo.
Lè li fin fè Tawaf la ansanm ak 2 Raka li yo, li soti pou li ale nan Masa a,Epi lè li pwoche bò Safa, li resite:Anverite, Safa ak Marwa se pami senbòl Allah yo.Aprèsa, li di:Mwen kòmanse ak sa Allah te kòmanse avèl la.Abdaou bima bada alahou bihi.((Abda’ou bima bada’a Allahou bihi)
Aprèsa, li rekòmande poul vire fas li nan direksyon Qibla a (Kaaba a), epi lap di :Pa gen okenn lòt divinite ki merite adorasyon eksepte Allah, Li menm sèl, Li pa gen okenn asosye. Se pou Li pouvwa a, se pou Li louwanj la, epi Li gen pouvwa sou tout bagay.Pa gen okenn lòt divinite ki merite adorasyon eksepte Allah, Li menm sèl. Li akonpli pwomès Li, Li bay sèvitè Li a viktwa, epi Li te kraze gwoup lènmi yo, Li menm sèl.La ilaha illallah, wahdahou la charika lah, lahoul moulkou wa lahoul hamdou, wa houwa 'ala koulli chay'in qadirLa ilaha illallah, wahdahou, anjaza wa'dahou, wa nasara 'abdahou, wa hazamal-ahzaba wahdahouLi dwe repete sa 3 fwa, epi li fè dou'a nan mitan yo.
Aprèsa ,li desann soti Safa pou li ale Marwa pandan lap mache,Epi lè li rive bò siy vèt la, gason yo sèlman mache rapid anpil,Epi lè li rive nan dezyèm mak vèt la, li mache.
Lè li rive sou mòn Marwa, li dwe fè menm jan li te fè sou mòn Safa a.Tankou fè Takbir, fè Douya, resite Koran, epi fè fas ak Kaba a.
Aprèsa ,li desann soti Marwa, li mache pou li ale Safa,Epi lè li rive nan mak vèt la, li kouri prese anpil,Epi lè li rive nan dezyèm mak vèt la, li mache.
Epi se konsa jiskaske li konplete 7 tou,Ale a soti Safa rive Marwa se yon tou,Epi retou li soti Marwa rive Safa se yon lòt tou;Li kòmanse nan Safa epi li fini nan Marwa.
Epi pandan lap fè Sa'y li a(Sa'i) li di sa li renmen nan Zikr, Douaa ak lekti Koran.
Deskripsyon fason pou rase oswa koupe cheve:
Lè moun ki ap fè Oumra a fin konplete Tawaf li ak Sa'i li, yon gason dwe kale tèt li oswa koupe cheve li pi kout,Epi li obligatwa pou kale tèt la oswa koupe cheve a fèt sou tout tèt la nèt.
Epi fanm nan koupe nan pwent cheve li yon kantite ki egal ak pwent yon dwèt.
Epi se konsa, Omra a fin konplete.
Règ sou Mawaqit yo
(Al-Madinah)
"Medin" (oswa Al-Madinah Al-Mounawwarah, ki vle di "Vil Limyè a").(Dhul Hulayfah) oswa (Zoul Houlayfa)
"Dhul Hulayfah" (jounen jodi a, yo plis rele kote sa a Abyar Ali oswa Masjid al-Miqat nan vil Medin).Dhat 'Irq
Dhat 'Irq se pwen "Miqat" ki te fikse pou moun kap vwayaje soti nan peyi Irak, Iran, ak lòt peyi ki nan direksyon lès yo.(Al-Jouhfa)
"Al-Jouhfa" (jounen jodi a, pèleren yo abitye ranplasel ak vil Rabigh ki touprèl la).
"Yalamlam"
(yon kote yo konn rele As-Sa'diyah tou jodi a)."Qarn al-Manazil"
(yon kote yo rele tou As-Sayl Al-Kabir jodi a).Mawaqit yo
Lamèk MakkaMiqat yoIhram pou moun ki prè LamèkPlas li
Ihram moun Lamèk yoPou Hajj laDepi lakay yoPou Omra(At-Tan'im)
Ihram pou moun ki vini nan avyonAnvan ou rive nan nivo Miqat la.Li mete rad Ihram yo.Lèw rive sou menm liy lan (oswa lèw rive bò kote a)Li fè entansyon poul antre nan (eta) Ihram lan."Li kòmanse Talbiya a.Li pa pèmèt pou retade Ihram nan jiska w rive nan ayewopò a.
Deskripsyon ak règ Ihram nan
Lave tout kò a
Mete pafen
Pou gason sèlman, pa pou fanm.Kò aBab laRad yo
Mete rad Ihram yo.Izar ak RidaZikr2 moso twal blan.FiNenpòt rad li vleSan li pa montre bote li.Nikab laGan yo
Antre nan eta Ihram pou Omra:
MaladiYon evènman
Mete kondisyon nan entansyon an.
Li pèmèt epi li pa gen anyen sou li.
Deskripsyon Talbiya a:
Evite entèdiksyon Ihram yo
Jouk li soti nan eta Ihram li a.Entèdiksyon Ihram yoLi entèdi pou gason ak fi.Fè demann an maryaj pou tèt li oubyen pou yon lòt moun.Kontra maryajEntèdi pou gasonGason yoEntèdi pou fi yo
Fason pou fè Tawaf laSe yon kondisyon pou Tawaf la pou moun nan pirifye.
Priyè pou antre nan moske a
Pye dwat la
Dekouvri zepòl dwat la.Al-Idtiba se pou Tawaf la sèlman.Tawaf la kòmanse bò Wòch Nwa a.
Kwen Yamani an
Sa li di ant 2 Kwen Yamani yo
ZikrSiplikasyonLekti CoranLegalite Al-Ramal.nan 3 premye tou yo
Lapriyè dèyè Maqam IbrahimSi sa posib
Epi pran plas kote Ibrahim te kanpe a kòm yon kote pou lapriyè.
Fason pou fè Sa'yi a
Mòn MarwaMòn Safa
3 fwaLi kouriLi macheMak vèt laTakbirVire fas bò kote Kaba a7 touSoti Safa rive Marwa se 1 tou.Premye touDeskripsyon fason pou rase oswa koupe cheve
Obligasyon pou gason raze oswa koupe cheve yo.Li dwe kouvri tout tèt la.Obligasyon pou fanm koupe cheve yo."Fi yo / Madanm yo"
Men etap prensipal yo pou yon moun ki ap fè Omra, depi nan kòmansman rive nan fen:
59 languages
Men etap prensipal yo pou yon moun ki ap fè Omra, depi nan kòmansman rive nan fen:
Lwanj pou Allah, Mèt tout linivè a. Ke benediksyon ak lapè poze sou pwofèt nou an Mouhamad, ansanm ak fanmi li ak tout konpayon li yo.Lwanj pou Allah, Mèt tout linivè a. Ke benediksyon ak lapè poze sou pwofèt nou an Mouhamad, ansanm ak fanmi li ak tout konpayon li yo. Pou nou kontinye: Sa a se yon ti liv ki kout sou fason pou moun fè Omra, règleman li yo, ak bon jan fason pou moun konpòte yo ladan li. Nou fè tout efò nou ladan li pou n esplike pifò nan sa yon moun kap fè Omra bezwen. Nap mande Allah pou li fè travay sa a fèt sèlman pou li (pou chèche plezi li), epi pou li fè tout kominote…
Envestigasyon ak Eksplikasyon sou anpil keksyon konsènan Pelerinaj (Hadj), Omra, ak Vizit, daprè sa ki ekri nan Liv la (Koran) ak Tradisyon Pwofèt la (Sounna).
46 languages
Envestigasyon ak Eksplikasyon sou anpil keksyon konsènan Pelerinaj (Hadj), Omra, ak Vizit, daprè sa ki ekri nan Liv la (Koran) ak Tradisyon Pwofèt la (Sounna).
Liv sa a esplike règ ak prensip pou pelerinaj (Hadj), Omra, ak vizit yo, daprè sa ki ekri nan Liv la (Koran) ak Tradisyon Pwofèt la (Sounna). Li montre devwa ki genyen nan Hadj ak Omra, bagay ki entèdi pandan moun nan eta Ihram, ak jan pou moun konpòte yo lè yap vizite Moske Pwofèt la (Al-Masjid an-Nabawi), tout pandan lap avèti kont move pratik (Bid'a) ki pa nan relijyon an.
Kijan pou w fè Woudou: Yon demonstrasyon vizyèl senp. Yon demonstrasyon pratik ki montre kijan pou ou fè woudou (ablisyon) etap pa etap. Sa enpòtan anpil paske woudou se yon kondisyon pou lapriyèw ka valab. Gade videyo a epi aprann bon fason pou w fè woudou (ablisyon) kòrèkteman. Fason pou fè Woudou (Ablisyon)
Islam se soumèt devan Allah, Kreyatè ak Mèt linivè a, epi obeyi li ak renmen ak respè. Fondasyon Islam se lafwa nan Allah : se li ki Kreyatè a epi tout sa ki egziste se kreyati li yo. Se li menm sèl ki merite adorasyon, li pa gen asosye. Pa gen lòt dye ki gen dwa pou yo adore sof li menm. Li gen pi bèl non yo ak kalite ki pi wo yo. Li gen pèfeksyon total san okenn mank. Li pat fè pitit, yo pat fè li tou, epi pa gen anyen ki sanble avèl. Li pa melanje ak kreyatil yo epi li pa pran fòm anyen nan sal kreye yo. Epi Islam se sèl relijyon Allah, sila ki trè anwo nan syèl yo.Li pa aksepte okenn lòt…