Yon gid pratik tou kout sou fason pou akonpli lapriyè a, pou nou ka adore Allah ak konesans, epi pou lapriyè nou an kapab konplè avèk tout pilye l ak kondisyon li yo. Fason pou fè lapriyè a. Si nou vle fè lapriyè, se pou nou pwòp nèt. Sa vle di, nou dwe retire tout sa ki ka gate ablisyon nou, kit se ti mankman yo, kit se gwo mankman yo ki mande pou nou benyen nèt. Epi, nou dwe priye ak rad ki pwòp nèt, rad ki kouvri tout pati nan kò nou relijyon an mande pou nou kache yo. Fòk kò nou ak kote nap fè lapriyè a pwòp nèt, san okenn tras salte ki ka gate lapriyè a Nou vire fas nou nan direksyon…
Yon gid pratik tou kout sou fason pou akonpli lapriyè a, pou nou ka adore Allah ak konesans, epi pou lapriyè nou an kapab konplè avèk tout pilye l ak kondisyon li yo.Fason pou fè lapriyè a.
Si nou vle fè lapriyè, se pou nou pwòp nèt. Sa vle di, nou dwe retire tout sa ki ka gate ablisyon nou, kit se ti mankman yo, kit se gwo mankman yo ki mande pou nou benyen nèt.
Epi, nou dwe priye ak rad ki pwòp nèt, rad ki kouvri tout pati nan kò nou relijyon an mande pou nou kache yo.
Fòk kò nou ak kote nap fè lapriyè a pwòp nèt, san okenn tras salte ki ka gate lapriyè a
Nou vire fas nou nan direksyon Kibla a.Epi li rekòmande pou nou lapriyè devan yon soutra (yon objè ki sèvi kòm baryè).
Aprèsa, nou fè premye takbir la (Takbiratoul-Ihram) pou n kòmanse lapriyè a, lè nou di:
Allah se pi gran an
Allahou Akbarou
Epi, nou leve 2 men nou nivo zepòl nou oswa nivo zòrèy nou.
Epi pla men nou dwe fè fas ak Kibla a.
Epi, nou poze men dwat nou sou men gòch nou.
Epi, li rekòmande pou nou kòmanse ak priyè ouvèti a (Doua al-Istiftah) anvan nou kòmanse li Koran an, epi nou di:
Glwa pou Ou, O Allah, avèk louwanj pou Ou. Non Ou gen benediksyon, grandè Ou anlè nèt, epi pa gen okenn lòt dye pase Ou.
Glwa pou Ou, O Allah, ak tout louwanj ki merite Ou. Non Ou plen ak benediksyon, grandè Ou pa gen limit, epi pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon pase Ou menm sèl.
Oswa ak nenpòt lòt fòm priyè ouvèti ki te rapòte nan tradisyon Pwofèt la.
Aprèsa, nan kòmansman lapriyè a, nou mande Allah pwoteksyon epi nou di:
Mwen mande Allah pwoteksyon kont dyab la (Chaytan) yo chase a.
A-OU-ZOU BIL-LA-HI MI-NACH-CHÈY-TA-NIR-RA-DJIM
Aprèsa, nou li chapit Al-Fatiha a (Premye chapit nan Koran an).
Apre sa, li rekòmande pou li sa ki fasil nan Koran an apre Al-Fatiha.
Aprèsa, nou bese (Rinkou) epi nou di: Allahou Akbar.Allah se pi gran an.Allahou Akbar
Nou poze pla men nou sou jenou nou, epi nou louvri dwèt nou kòmsi nap kenbe jenou yo.
Epi nou di:Glwa pou Mèt mwen, Limenm ki gen anpil grandè.Soubhana Rabbiyal Azim3 fwa.
Aprèsa, nou leve soti nan pozisyon bese a epi nou di:Allah tande moun kap fè lwanj pou Li.Sami a Allahou liman hamidah
Epi, depi nou fin kanpe dwat nèt, nou di:Mèt nou, tout louwanj se pou ou sèlman.Rabbana walakal Hamdou
Aprèa, nou desann mete tèt nou atè (Soujou) pandan nap di:Allah se pi gran.Allahou Akbar
Epi pwostènasyon an (Sujood la) dwe fèt sou 7 pati nan kò a :
Fwon an ak nen an, 2 men yo, 2 jenou yo, ak pwent 2 pye yo.
Nou kenbe 2 pye nou yo byen dwat, epi nou mete pwent dwèt pye nou yo nan direksyon Kibla a.
Nou kite espas ant 2 kwis nou yo, epi nou leve vant nou pou li pa touche yo.
Nou kenbe 2 bwa nou yo anlè pou yo pa touche atè a, epi nou louvri yo pou yo pa kole ak kò nou.
Eksepte si nap priye ansanm ak lòt moun (an gwoup )epi nou pè pou nou pa jennen moun ki bò kote nou yo.
Nou mete 2 pla men nou yo nan menm nivo ak zepòl nou.
Epi nou di :Glwa pou Mèt mwen, Limenm ki pi wo a.Soubhana Rabbil Aala3 fwa.
Apre sa, nou leve tèt nou soti nan Soudjoud la pandan nap di Allahu Akbar.Allah se pi gran.Allahou Akbar
Epi nou kouche pye gòch nou plat atè, nou chita sou li byen poze (avèk trankilite).
Epi nou kenbe pye dwat nou kanpe, epi nou fè zòtèy li yo fè fas ak Kibla a.
Nou mete men dwat nou sou kwis dwat nou, epi men gòch nou sou kwis gòch nou.
Epi nou di :Mèt mwen! PadonemRabbi ighfir li3 fwa.
Aprèsa, nou fè dezyèm Soudjoud la pandan nap di 'Allahu Akbar', menm jan ak premye a.
Aprèsa, nou kanpe epi nap ba li glwa.Allah se pi gran an.Allahou AkbarPou dezyèm 'Raka' a
Epi nou fè dezyèm pati a (Raka) menm jan ak premye a, eksepte nou pa refè priyè ouvèti a (Istiftah).
Aprè nou fin fè dezyèm Raka a, nou chita pou Tachahoud la, sou pye goch nou, ak pye dwat la kanpe.
Pandan tchehoud la, nou mete men dwat la sou kwis dwat la, epi nou fèmen tout dwèt yo nèt, sof dwèt endèks la.
Epi men gòch la, nou ouvè li byen plat sou kxis gòch la, epi nou di tchehoud la (temwayaj la):
Tout salitasyon se pou Allah, ak lapriyè yo, ak tout bon bagay yo. Lapè sou ou, O Pwofèt, ak mizerikòd Allah ak benediksyon li yo. Lapè sou nou, ak sou sèvitè Allah ki dwat yo. Mwen temwaye ke pa gen okenn divinite eksepte Allah, epi mwen temwaye ke Muhammad se sèvitè Li ak mesaje Li.At-tahiyyatou lillah was-salawatou wat-tayyibatou, As-salamou aleyka ayyouha an-nabiyyou wa rahmatoullahi wa barakatouhou, As-salamou aleyna wa ala ibadillah is-salihin, Ach-hadou an la ilaha illallah, wa ach-hadou anna mouhammadan abdouhou wa rasoulouhou.
Si lapriyè a gen 2 Raka, nou konplete 'Tachahoud' la, nan li Priyè Ibrahimik la, pandan nap di:
«O Allah, voye elòj ou sou Mouhammad e sou fanmi Mouhammad, menm jan ou te voye elòj ou sou Ibrahim e sou fanmi Ibrahim; an verite, Ou diy de louwanj, Ou glorye. Epi beni Mouhammad e sou fanmi Mouhammad, menm jan ou te beni Ibrahim e sou fanmi Ibrahim; an verite, Ou diy de louwanj, Ou glorye».Alahoumma sali ala Mouhammadin wa ala aali Mouhammadin kama salayta ala Ibrahima wa ala aali Ibrahima, innaka Hamidoun Madjiid, Alahoumma baarik ala Mouhammadin wa ala aali Mouhammadin kama baarakta ala Ibrahima wa ala aali Ibrahima, innaka Hamidoun Madjiid.
Aprèsa, nou di:O Allah! Mwen mande Ou pwoteksyon kont pinisyon nan dife Lanfè, kont pinisyon nan tonbo, kont tantasyon lavi a ak lanmò, epi kont mal tantasyon fo mesye yo rele Mesye-Dajjal la.Allahoumma inni aouzou bika, min azabi jahannam, wa min azabil kabr, wa min fitnatil mahya wal mamat, wa min charri fitnatil masihid-Dajjal.
Aprèsa, nou bay 'Salam', epi nou vire sou bò dwat:Se pou lapè Allah ak mizèrikòd li sou nou.Assalamou Alaykoum Wa Rahmatoullòh
Epi sou bò gòch.""Se pou lapè Allah ak mizèrikòd li sou nou,""As-salamou aleykoum wa rahmatoullah
Epi si lapriyè a gen 3 oswa 4 raka,
Nou leve kanpe apre premye Tachahoud la pou nou fè sa ki rete nan lapriyè a.
Epi nou di 'Allahu Akbar' pandan nap leve a:Allah se pi gran anAllahu Akbar
Epi nou li sèlman 'Al-Fatiha' (premye chapit la) nan pati sa yo.Nou priye menm jan nou te priye nan Raka anvan yo.
Epi lè nou rive nan dènye Tachahoud la ; nou chita nan pozisyon Tawarouk la, ki fèt konsa :
Li drese pye dwat li, li pase pye goch li anba janm dwat li, epi li chita sou ranch goch li.
Epi nou di Tachahoud la ak Lapriyè Ibrahimik la.
Aprèsa, nou fè envokasyon (lapriyè mande) epi nou bay salitasyon an (taslim).
1- Nan nivo zepòl yo
2- Nan nivo zòrèy yo
3- sèt (7) zo
4- Fwon an ak nen an
5- 2 pla men yo
6- 2 jenou yo
7- 2 pye yo
Kijan pou w fè Woudou: Yon demonstrasyon vizyèl senp. Yon demonstrasyon pratik ki montre kijan pou ou fè woudou (ablisyon) etap pa etap. Sa enpòtan anpil paske woudou se yon kondisyon pou lapriyèw ka valab. Gade videyo a epi aprann bon fason pou w fè woudou (ablisyon) kòrèkteman. Fason pou fè Woudou (Ablisyon)
Liv sa a eksplike prensip fondamantal lafwa yo ki gen ladan yo: kwè nan Allah, nan zanj li yo, nan liv li yo, nan pwofèt li yo, nan jou dènye a, ak nan desten. Liv la prezante prensip de baz yon mizilman dwe kwè ak jan li dwe aji daprè yo. Li mete aksan sou enpòtans pou yon moun ranfòse relasyon li ak Allah atravè yon konpreyansyon pwofon sou kwayans islamik la.
Liv sa a pran chak mo nan Azàn an (apèl pou lapriyè a) pou li ba yo yon esplikasyon ki chita sou lafwa (iman). Li mete aksan sou dimansyon kwayans (akida) ak edikasyon espirityèl ki gen dèyè chak fraz.
Men etap prensipal yo pou yon moun ki ap fè Omra, depi nan kòmansman rive nan fen:
65 languages
Men etap prensipal yo pou yon moun ki ap fè Omra, depi nan kòmansman rive nan fen:
Lwanj pou Allah, Mèt tout linivè a. Ke benediksyon ak lapè poze sou pwofèt nou an Mouhamad, ansanm ak fanmi li ak tout konpayon li yo.Lwanj pou Allah, Mèt tout linivè a. Ke benediksyon ak lapè poze sou pwofèt nou an Mouhamad, ansanm ak fanmi li ak tout konpayon li yo. Pou nou kontinye: Sa a se yon ti liv ki kout sou fason pou moun fè Omra, règleman li yo, ak bon jan fason pou moun konpòte yo ladan li. Nou fè tout efò nou ladan li pou n esplike pifò nan sa yon moun kap fè Omra bezwen. Nap mande Allah pou li fè travay sa a fèt sèlman pou li (pou chèche plezi li), epi pou li fè tout kominote…