Islam se relijyon tout Mesaje Allah yo. Islam se soumèt devan Allah, Kreyatè ak Mèt linivè a, epi obeyi li ak renmen ak respè. Fondasyon Islam se lafwa nan Allah : se li ki Kreyatè a epi tout sa ki egziste se kreyati li yo. Se li menm sèl ki merite adorasyon, li pa gen asosye. Pa gen lòt dye ki gen dwa pou yo adore sof li menm. Li gen pi bèl non yo ak kalite ki pi wo yo. Li gen pèfeksyon total san okenn mank. Li pat fè pitit, yo pat fè li tou, epi pa gen anyen ki sanble avèl. Li pa melanje ak kreyatil yo epi li pa pran fòm anyen nan sal kreye yo. Epi Islam se sèl relijyon Allah, sila ki trè…
Islam se soumèt devan Allah, Kreyatè ak Mèt linivè a, epi obeyi li ak renmen ak respè. Fondasyon Islam se lafwa nan Allah : se li ki Kreyatè a epi tout sa ki egziste se kreyati li yo. Se li menm sèl ki merite adorasyon, li pa gen asosye. Pa gen lòt dye ki gen dwa pou yo adore sof li menm. Li gen pi bèl non yo ak kalite ki pi wo yo. Li gen pèfeksyon total san okenn mank. Li pat fè pitit, yo pat fè li tou, epi pa gen anyen ki sanble avèl. Li pa melanje ak kreyatil yo epi li pa pran fòm anyen nan sal kreye yo.
Epi Islam se sèl relijyon Allah, sila ki trè anwo nan syèl yo.Li pa aksepte okenn lòt relijyon nan men moun pase li menm. Se relijyon sa a tout pwofèt yo (lapè ak benediksyon sou yo) te pote bay limanite
Youn nan prensip de baz Islam se lafwa nan tout mesaje yo. Allah te voye yo pou transmèt kòmandmanl yo bay sèvitèl yo, epi li te ba yo liv. Dènye nan mesaje sa yo se te Mouhammad (lapè ak benediksyon Allah sou li). Allah te voyel ak dènye lwa divin nan ki ranplase tout lwa mesaje ki te anvan li yo. Allah te ba li gwo mirak pou apiyel, epi pi gwo ladan yo se Koran ki Sen an. Koran an se pawòl Mèt tout linivè a, se pi gwo liv limanite janm konnen. Li se yon mirak nan kontni li, nan fason li ekri ak nan jan li konstwi. Li gen ladanl gidans pou jwenn verite kap mennen nou nan bonè sou tè a ak nan apre lavi a. Li konsève jouk jounen jòdi a nan lang arab li te desann nan ; yo pa janm chanje ni yo pa janm ranplase menm yon sèl lèt ladan li.
Youn nan prensip de baz Islam se lafwa nan zanj yo ak lafwa nan Jou dènye a. Nan jou sa a, Allah ap fè tout moun leve soti nan tonb yo (rezirèksyon) pou li ka jije yo dapre sa yo te fè. Konsa, moun ki te fè bèl aksyon pandan li te gen lafwa, lap jwenn yon bonè ki pap janm fini nan Paradi a. Men, moun ki te rejte verite a epi ki te fè move zak, lap jwenn yon gwo chatiman nan lanfè. Yon lòt prensip nan Islam ankò, se lafwa nan sa Allah deside (desten), kit li bon kit li move
Epi Mizilman yo kwè Jezi se sèvitè Allah ak mesaje li, yo kwè li pa pitit Allah ; paske Allah tèlman gran, li pa ka gen ni madanm ni pitit. Men, Allah fè nou konnen nan Koran an Jezi te yon pwofèt Allah te bay anpil mirak, epi Allah te voye li pou li te ka rele pèp li a pou yo adore Allah sèlman san yo pa ba li asosye. Koran an fè nou konnen tou Jezi pat janm mande moun adorel , okontrè, se li menm ki tap adore Kreyatè li a.
Islam se yon relijyon ki mache ak nati moun ak bon sans. Tout nanm ki sen aksepte li, Se gwo Kreyatè a ki mete lwa sa yo pou tout kreyatil yo. Se yon relijyon ki pote byen ak bonè pou tout moun nèt ; li pa fè diferans ant yon ras ak yon lòt ras, ni ant yon koulè ak yon lòt koulè. Nan Islam, tout moun egal ego, pèsonn pa pi bon pase yon lòt, sof si moun sa a fè plis bèl aksyon ki mache ak volonte Allah.
Epi, tout moun ki gen bon konprann dwe kwè nan Allah kòm sèl Mèt yo, nan Islam kòm relijyon yo, ak nan Mouhammad(ke lapè ak benediksyon Allah kouvri)li kòm mesaje Allah. Sa a se pa yon bagay yon moun gen dwa chwazi fè jan li vle ; paske Allah gen pou li mande chak moun kont nan jou Jijman an sou fason yo te reponn mesaj pwofèt yo te pote a. Si yon moun te gen lafwa, lap jwenn gwo siksè ak delivrans ; men si yon moun te rejte verite a, lap tonbe nan yon pèt ki klè nèt.
"Epi, nenpòt moun ki vle antre nan Islam dwe di: (Mwen temwaye pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon sof Allah, epi mwen temwaye Mouhammad se mesaje Allah), pandan li konnen byen sa sa vle di epi li kwè nan sa ak tout kè li. Konsa, li vin tounen yon mizilman; apre sa, lap aprann rès lwa ak pratik Islam yo tikras pa tikras, poul ka fè sa Allah mande li fè.
Liv sa a eksplike prensip fondamantal lafwa yo ki gen ladan yo: kwè nan Allah, nan zanj li yo, nan liv li yo, nan pwofèt li yo, nan jou dènye a, ak nan desten. Liv la prezante prensip de baz yon mizilman dwe kwè ak jan li dwe aji daprè yo. Li mete aksan sou enpòtans pou yon moun ranfòse relasyon li ak Allah atravè yon konpreyansyon pwofon sou kwayans islamik la.
Yon brèf apèsi sou Islam jan sa te vini nan Koran an ak nan Tradisyon Pwofèt la (Sunna).
71 languages
Yon brèf apèsi sou Islam jan sa te vini nan Koran an ak nan Tradisyon Pwofèt la (Sunna).
Islam Yon liv enpòtan ki gen ladan li yon definisyon brèf sou Islam, ki montre prensip fondamantal li yo, ansèyman li yo ak bèl kalite li yo, apati sous orijinal li yo ki se Koran an ak Sounna Pwofèt la . Liv sa a adrese a tout moun (mizilman kou moun ki pa mizilman) nan pwòp lang pa yo, nan tout tan ak tout kote, kèlkeswa sikonstans ak kondisyon yo. Yon vèsyon ki gen ladan li tout prèv ki soti nan Koran an ak nan Tradisyon Pwofèt la (Sunna). 1- Islam se mesaj Allah pou tout limanite, se mesaj divin ki etènèl la, epi se dènye mesaj ki soti bò kote Seyè a: Islam se mesaj Allah pou tout moun…
Yon brèf mesaj sou Islam jan sa te vini nan Koran an ak nan Tradisyon Pwofèt la (Sunna).
59 languages
Yon brèf mesaj sou Islam jan sa te vini nan Koran an ak nan Tradisyon Pwofèt la (Sunna).
Nan non Allah ki gen tout gras, ki gen tout konpasyon. Islam Yon kopi(vèsyon) ki pa gen okenn prèv ladan l. [1] Gen yon lòt vèsyon mesaj sa a ki gen ladan li prèv ki soti nan Koran an ak nan Tradisyon Pwofèt la (Sunna) sou chak sijè ki ladan l, ou ka konsilte li atravè lyen sa a: https://islamhouse.com/ar/books/2830071. Yon ti liv enpòtan ki gen ladan li yon definisyon brèf sou Islam, ki montre prensip fondamantal li yo, ansèyman li yo ak bèl kalite li yo, ki soti nan sous orijinal li yo ki se Koran an ak Sounna Pwofèt la. Ti liv sa a adrese a tout moun (mizilman kou moun ki pa mizilman) nan…