Nan non Allah, Sila a ki gen anpil mizèrikòd la. Èske w janm mande tèt ou: Kilès ki kreye syèl la ak tè a ansanm ak tout gwo kreyati ki ladan yo? Epi kilès ki bati sistèm ki tèlman presi epi ki tèlman pafè sa a?
Relijyon ki mache ak nati moun , ak entèlijans (la rezon), epi ki bay kè kontan (bonè)
Nan non Allah, Sila a ki gen anpil mizèrikòd la.
Èske w janm mande tèt ou:
Kilès ki kreye syèl la ak tè a ansanm ak tout gwo kreyati ki ladan yo? Epi kilès ki bati sistèm ki tèlman presi epi ki tèlman pafè sa a?
Kouman gwo linivè sa a fè rete konsa nan lòd ak estabilite, avèk lwa kap kontwolel yon fason ki tèlman presi depi tout ane sa yo?
Èske se linivè sa a ki kreye tèt li? Oubyen èske se yon aza ? Oubyen èske li egziste pa aksidan (pa chans)?
Kiyès ki kreye w?
Kilès ki mete sistèm ki tèlman presi sa a nan tout ògan kò ou ak nan kò tout bèt vivan yo?
Pèsonn pa tap janm aksepte si yo ta di li kay sa a parèt konsa san se pa yon moun ki bati li Oubyen si yo ta dil se anyen ki kreye kay sa a! Alò, kouman fè gen kèk moun ki kwè sa yap di yo a, kòmkwa gwo linivè sa a ta parèt konsa san pa gen yon Kreyatè? Kouman yon moun ki gen lespri ka aksepte yo dil lòd ak presizyon sa a ki nan linivè a te parèt konsa pa chans?
Sètènman, gen yon Senyè ki gran anpil, ki kreye epi ki dirije linivè sa a ak tout sa ki ladanl; e Senyè sa a se Allah, glwa ak louwanj pou li.
Mèt la (glwa pou li) te voye mesaje ban nou epi li te desann Liv selès yo (Revelasyon an) sou yo; dènye nan Liv sa se Koran ki Sen an Allah te voye desann sou Mouhammad (lapè ak benediksyon Allah kouvri li)ki se dènye mesaje Allah a. Epi, pa mwayen Liv li yo ak mesaje li yo:
Li fè nou konnen kilès li ye, li fè nou konnen kalitel yo ak dwa li genyen sou nou; epi li fè nou konnen tou ki dwa nou genyen sou Li.
Epi li fè nou konnen se li menm ki mèt ki kreye tout kreyati yo. Li se Senyè ki vivan ki pa janm mouri; tout kreyasyon an nan menl, li sou kòmandmanl epi se li kap deside jan li vle.
Epi li fè nou konnen pami kalite li yo (valè li genyen yo) genyen Konesans; Li konnen tout bagay nèt, anyen pa kache pou li. Li tande tout sa kap di epi li wè tout sa kap fèt; anyen pa ka kache pou li, ni sou tè a, ni nan syèl la.
Epi li fè nou konnen se li menm ki Mèt la ki gen tout kalite ki pafè yo. Li ban nou entèlijans ak sans ki pèmèt nou konprann mèvèy kreyasyon li yo ak pouvwa li, sa ki moutre nou grandè li, fòs li, ak jan kalite li yo pafè nèt. Li mete nan fon kè nou yon nati ki moutre nou jan li pafè, e ki moutre nou tou li pa posib ditou pou li ta gen okenn mank oswa okenn defo.
Epi li fè nou konnen senyè anwo nan syèl yo,Li pa andedan mond nan, epi mond nan pa andedan linon plis (Li separe ak kreyasyon li lan).
Epi li fè nou konnen nou dwe soumèt nou devan Li (glwa pou li), paske se li ki Kreyatè nou, se li ki kreye linivè a epi se Li kap dirijel.
Kreyatè ki gen anpil kalite ,ki gen anpil grandè, epi li pa posib ditou poul ta gen bezwen anyen oswa gen defo. Konsa, Mèt linivèa pa janm bliye, Li pa janm dòmi, epi li pa manje manje; li pa posib non plis pou li ta gen yon madanm oswa yon pitit. Tout tèks ki gen ladan yo bagay ki kontrè ak grandè Kreyatè a, se pa vrè revelasyon mesaje Allah yo (lapè sou yo) te pote a.
Si ou kwè nan Mèt ki Kreyatè a, èske ou janm poze tèt ou kesyon sou rezon ki fè li te kreye ou? Kisa Allah vle nou fè, epi ki objektif prezans nou sou tè a?
Èske li posib pou Allah ta kreye nou epi poul ta lage nou konsa sanl pa okipe nou? Èske li posib pou Allah ta kreye tout kreyati sa yo sanl pa gen yon objektif oswa yon rezon byen presi?
Verite a sèke Mèt la ki pi gwo Kreyatè a, ki se 'Allah', fè nou konnen rezon ki fè li kreye nou: se pou nou adore li menm sèl. Li fè nou konnen tou kisa li vle nou fè! Li fè nou konnen se li menm sèl ki merite adorasyon, epi li montre nou pa mwayen mesaje lo yo (lapè sou yo) kouman pou nou adorel. Li montre nou kouman pou nou pwoche pi prè li lè nou fè sa li kòmande nou epi nou evite sa l entèdi nou. Li montre nou kouman pou nou jwenn satisfaksyon nan li, kouman pou nou evite chatiman li yo, epi li fè nou konnen ki kote nap pase aprè nou fin mouri.
Epi ii fè nou konnen lavi sa a nap viv sou tè a se sèlman yon tès li ye, epi vrè lavi a, lavi ki pafè nèt la, ap vini nan aprè (Lavi apre lanmò a) lè nou fin mouri.
Epi li fè nou konnen moun ki adore Allah jan li te kòmandel la, epi ki sispann fè sa li te entèdi yo; moun sa a ap jwenn yon bèl lavi sou tè a, epi lap jwenn yon plezi ki pap janm fini nan lavi aprèa. Men, moun ki dezobeyi li epi ki pa vle kwè nan li, lap jwenn mizè sou tè a, epi lap jwenn yon chatiman ki pap janm fini nan lavi aprè a.
Epi paske nou konnen li pa posib pou nou pase nan lavi sa a san pou chak moun pa ta resevwa rekonpans pou sal te fè, kit se byen kit se mal; èske sa ta vle di pa tap gen chatiman pou moun kap fè mechanste yo, ni pa tap gen rekonpans pou moun kap fè byen yo?
Nenpòt moun ki gade sa pifò moun ap adore jodi a, lap jwenn genyen kap adore moun parèy yo, yon lòt ap adore zidòl, yon lòt ap adore planèt, ak tout kalite lòt bagay ankò. Men, yon moun ki gen lespri pa ta dwe adore pèsonn sof Mèt linivè a, Sila a ki pafè nan tout kalite li yo. Kouman yon moun fè ap adore yon kreyati tankoul, oubyen yon bagay ki pi ba pasel! Sila a nap adore a pa ka yon moun, ni yon zidòl, ni yon pyebwa, ni yon bèt!
Konsa, tout relijyon moun ap pratiké jodi a — sof Islam — Allah pa aksepte yo; paske se swa se relijyon lèzòm envante, oubyen se relijyon ki te soti nan Allah men lèzòm te vin chanje yo. Kanta pou Islam, se relijyon Mèt linivè a, li pa janm chanje epi li pa ka chanje. Liv relijyon sa a se Koran an; se yon liv ki pwoteje jan Allah te voyel la, epi li toujou nan men Mizilman yo jodi a nan menm lang li te desann sou dènye Mesaje a.
Epi, yonn nan prensip debaz Islam yo se pou ou kwè nan tout mesaje Allah te voye yo. Yo tout se te moun menm jan ak nou, Allah te ba yo fòs avèk mirak ak siy pou apiye yo, epi li te voye yo pou rele moun vin adore li menm sèl, san yo pa mete anyen ak li.Epi dènye nan mesaje yo se pwofèt Muhammad (benediksyon ak lapè Allah sou li) Allah te voyel avèk dènye lwa divin nan ki vin ranplase tout lòt lwa mesaje ki te vin anvanl yo. Li te ba li gwo mirak pou apiyel, epi pi gwo nan mirak sa yo se Koran an, ki se pawòl Mèt linivè a. Se pi gwo liv limanite janm konnen; li se yon mirak nan sa li gen ladan li, nan fason li ekri, nan jan li ranje, ak nan kòmandman li yo. Li gen ladan li gidans pou jwenn verite a kap mennen nan bonè sou tè a ak nan lavi aprè a, epi li te desann nan lang arab.
Epi, gen anpil prèv lojik ak prèv syantifik ki montre, san okenn dout, Koran sa a se pawòl Kreyatè a (glwa pou Li). Li montre tou li pa ta ka janm soti nan men lèzòm.
Epi, pami prensip debaz Islam yo, genyen: kwè nan zanj yo, kwè nan jou dènye a kote Allah ap fè tout moun leve soti nan tonbo yo nan jou Jijman an poul jije yo daprè sa yo te fè. Konsa, moun ki te fè sa ki byen epi ki te gen lafwa, lap jwenn plezi ki pap janm fini nan paradi a. Men, moun ki pa te vle kwè epi ki te fè sa ki mal, lap jwenn yon gwo chatiman nan lanfè a. Yon lòt prensip nan Islam se pou ou kwè nan sa Allah ki deside (desten an), kit se sa ki parèt byen pou ou, kit se sa ki parèt mal.
Relijyon Islam nan se yon kad konplè pou lavi a, li an amoni ak nati moun ansanm ak bon konprann, epi tout nanm ki sen aksepte li. Se gwo Kreyatè a ki mete lwa sa yo pou kreyati li yo. Se yon relijyon ki pote byen ak bonè pou tout moun nèt, kit se sou tè a, kit se nan lavi aprè a. Li pa mete yon ras pi wo pase yon lòt, ni yon koulè pi wo pase yon lòt; tout moun egalego ladan li. Nan Islam, pèsonn pa gen plis valè pase yon lòt, sof pa mwayen bon aksyon li fè.
Epi, pami sa Allah konfime nan Koran an, genyen lefèt ke kwè nan Allah kòm Mèt ak sèl senyè pou nou adore, kwè nan Islam kòm relijyon, epi kwè nan Muhammad kòm Mesaje, epi antre nan Islam se yon obligasyon; se pa yon bagay moun nan gen dwa chwazi fè oswa pa fè (si li vle sove). Nan jou rezirèksyon an, ap gen yon jijman ak yon rekonpans; konsa, moun ki te yon kwayan sensè, lap jwenn siksè ak gwo delivrans, epi moun ki pa t vle kwè, lap nan yon pèdisyon ki klè nèt.
Epi, moun ki vle antre nan Islam nan dwe di: (Mwen temwaye pa gen lòt dye ki merite adorasyon sof Allah, epi mwen temwaye Muhammad se mesaje Allah), pandan li konnen sans pawòl sa a epi li kwè ladanl ak tout kè li .Konsa, li vin Mizilman; apre sa, lap aprann rès kòmandman Islam yo piti piti poul ka fè sa Allah mandel fè.
"Islam se yon relijyon ki konplè" se yon konferans ki montre jan Islam konplè nan divès domèn lavi a, pandan li ap prezante vèsè koranik ki mete aksan sou enpòtans monoteyis (Tawhid), bon zèv, ekonomi, politik, ak lavi sosyal. Li abòde tou kèk pwoblèm tankou feblès mizilman yo ak dominasyon moun ki pa kwè yo, epi li konfime Islam te pote solisyon konplè pou tout defi limanite ap rankontre.
Islam se soumèt devan Allah, Kreyatè ak Mèt linivè a, epi obeyi li ak renmen ak respè. Fondasyon Islam se lafwa nan Allah : se li ki Kreyatè a epi tout sa ki egziste se kreyati li yo. Se li menm sèl ki merite adorasyon, li pa gen asosye. Pa gen lòt dye ki gen dwa pou yo adore sof li menm. Li gen pi bèl non yo ak kalite ki pi wo yo. Li gen pèfeksyon total san okenn mank. Li pat fè pitit, yo pat fè li tou, epi pa gen anyen ki sanble avèl. Li pa melanje ak kreyatil yo epi li pa pran fòm anyen nan sal kreye yo. Epi Islam se sèl relijyon Allah, sila ki trè anwo nan syèl yo.Li pa aksepte okenn lòt…
Yon ti mesaj tou kout pou yon moun ki pa kwè nan Allah (yon ate)
61 languages
Yon ti mesaj tou kout pou yon moun ki pa kwè nan Allah (yon ate)
Yon mesaj kout pou yon moun ki pa kwè nan Allah (yon ate): Pale ak entèlijans ou pou w wè jan linivè a egzak epi jan li byen òganize; sa montre klèman li pay ka parèt pa chans, men li montre gen yon Kreyatè ki gen bon konprann. Èske li posib pou tout bèl bagay sa yo ta soti nan anyen (nan vid)? Louvri kèw pouw reflechi epi medite, chèche laverite, paske ou ka jwenn ladanl yon limyè kap gidew.