الإسلام - نبذة موجزة عن الإسلام (مجردة من الأدلة)
Nan non Allah ki gen tout gras, ki gen tout konpasyon. Islam Yon brèf mesaj sou Islam jan sa te vini nan Koran an ak nan Tradisyon Pwofèt la (Sunna). Yon kopi(vèsyon) ki pa gen okenn prèv ladan l. [1] Gen yon lòt vèsyon mesaj sa a ki gen ladan li prèv ki soti nan Koran an ak nan Tradisyon Pwofèt la (Sunna) sou chak sijè ki ladan l, ou ka konsilte li atravè lyen sa a: https://islamhouse.com/ar/books/2830071. Yon ti liv enpòtan ki gen ladan li yon definisyon brèf sou Islam, ki montre prensip fondamantal li yo, ansèyman li yo ak bèl kalite li yo, ki soti nan sous orijinal li yo ki se Koran an ak…
This PDF is generated automatically from the book's text; its layout may differ from the printed edition.
Nan non Allah ki gen tout gras, ki gen tout konpasyon.
Islam
Yon brèf mesaj sou Islam jan sa te vini nan Koran an ak nan Tradisyon Pwofèt la (Sunna).
Yon kopi(vèsyon) ki pa gen okenn prèv ladan l. [1] Gen yon lòt vèsyon mesaj sa a ki gen ladan li prèv ki soti nan Koran an ak nan Tradisyon Pwofèt la (Sunna) sou chak sijè ki ladan l, ou ka konsilte li atravè lyen sa a: https://islamhouse.com/ar/books/2830071.
Yon ti liv enpòtan ki gen ladan li yon definisyon brèf sou Islam, ki montre prensip fondamantal li yo, ansèyman li yo ak bèl kalite li yo, ki soti nan sous orijinal li yo ki se Koran an ak Sounna Pwofèt la. Ti liv sa a adrese a tout moun (mizilman kou moun ki pa mizilman) nan pwòp lang pa yo, nan tout tan ak tout kote, kèlkeswa sikonstans ak kondisyon yo.
1. Islam se mesaj Allah pou tout moun nèt; se yon mesaj diven kap la pou tout tan.
2. Islam pa yon relijyon ki rezève pou yon sèl ras oswa pou yon sèl gwoup moun sèlman, men se relijyon Allah pou tout moun nèt sou latè.
3. Islam se mesaj diven ki vini pou konplete mesaj tout pwofèt ak tout mesaje Allah ki te pase anvan yo(benediksyon ak lapè Allah sou yo)mesaj yo te pote bay pèp pa yo a.
4- Pwofèt yo (lapè sou yo tout), relijyon yo se yon sèl sèlman, men lwa (règ) yo diferan:
5- Menm jan ak tout pwofèt yo ( tankou Noe, Abraram, Moyiz, Salomon, David ak Jezi (lapè sou yo tout) Islam rele moun pou yo gen lafwa epi kwè se Allah ki sèl Mèt la. Se Li ki kreye tout bagay, se Li ki bay lavi, se Li ki bay manje ak richès, se Li ki bay lanmò, epi se Li ki se sèl chèf ki gen kontwòl tout kreyasyon an. Se li menm kap dirije tout sa kap pase, epi Li gen anpil bonte ak kè sansib.
6. Allah, lwanj ak laglwa pou li ; se li menm ki kreyatè a, epi se li sèl ki merite pou nou adorel. Nou pa dwe adore okenn lòt moun ni okenn lòt bagay ansanm avè l.
7. Allah se kreyatè tout sa ki nan linivè a, sa nou wè ak sa nou pa wè. Tou sa ki egziste an deyò Allah se kreyati li yo ye; Allah te kreye syèl la ak latè a nan 6 jou.
8 : Allah, lwanj ak laglwa pou li, pa gen okenn asosye ni nan pouvwa li, ni nan kreyasyon li, ni nan jan lap dirije linivè a, ni nan adorasyon moun dwe ba li a.
9: Epi Allah, lwanj pou li, pa janm fè pitit, Li pa te janm fèt (Li pa gen manman ni papa), epi pa gen pèsonn ki sanble avèk oswa ki egal avè li.
10- Epi Allah , lwanj pou Li, Li menm ki pi wo a , pa melanje ak anyen, epi Li pa pran fòm okenn kreyati nan kreyasyon li an.
11- Allah, ki sen an, Toupwisan an,ki gen bon kè epi li plen mizèrikòd pou sèvitè li yo, se poutèt sa Li te voye mesaje yo epi Li te desann Liv yo.
12- Allah se Senyè ki gen kè sansib la. Se li menm sèl ki pral jije tout kreyati yo nan Jou Rezirèksyon an, lèl a fin fè yo tout leve soti nan tonbo yo, poul rekonpanse chak moun daprè sa yo te fè, kit se byen, kit se mal. Konsa, moun ki fè bon aksyon pandan li se yon kwayan, lap jwenn yon bèl plezi ki pap janm fini. Men, moun ki pa kwè epi ki fè mechanste, lap jwenn yon gwo pinisyon nan lavi aprè a.
13. Allah , lwanj ak laglwa pou li te kreye Adan ak pousyè tè, epi li fè ras li miltipliye aprè li. Kidonk, nan orijin yo, tout moun egal ego; pa gen yon ras ki pi bon pase yon lòt, ni yon pèp ki pi gran pase yon lòt. Sèl sa ki bay yon moun valè pase yon lòt, se krentif li gen pou Allah.
14: Chak timoun ki fèt, li fèt ak yon nati ki pwòp (Fitra).
15- Pa gen okenn moun ki fèt ak peche nan kòl oswa kap eritye peche yon lòt moun te fè.
16 : Objektif prensipal ki fè Allah te kreye tout moun se: pou yo adore li Sèlman san yo pa bali okenn asosye.
17- Islam onore moun ,kit se gason, kit se fanm ; epi li garanti yo tout dwa yo nèt. Li fè chak moun responsab pou tout chwa li fè, pou aksyon li, ak pou konpòtman li; epi chak moun ap pote responsablite pou nenpòt aksyon ki ka fè tèt li mal oswa ki ka fè lòt moun mal.
18: Li mete gason ak fanm nan menm nivo nan sa ki konsène responsablite ak rekonpans.
19 : Islam onore fanm epi li konsidere yo tankou mwatye gason yo (yo egal nan diyite). Li obligatwa pou gason an pran swen fanm nan si li gen mwayen: konsa, yon papa dwe pran swen pitit fi li, yon pitit gason ki gran epi ki gen mwayen dwe pran swen manman li, epi yon mari dwe pran swen madanm li.
20 : Lanmò pa vle di yon disparisyon total ki pap janm fini. Okontrè, se yon tranzisyon kote moun nan soti nan yon mond kote nap travay (latè) pou nous ale nan yon mond kote nap resevwa rekonpans oswa pinisyon. Lanmò touche ni kò a, ni nanm nan; lanmò nanm nan se lè li separe ak kò a. Aprèsa, nanm nan ap tounen nan kò a ankò lè jou rezirèksyon an rive. Nanm nan pa pase nan yon lòt kò aprè lanmò, epi li pa transmèt (reyenkanasyon) nan okenn lòt kò non plis.
21. Islam mande pou nou kwè nan gwo pilye lafwa yo, ki se: kwè nan Allah, nan zanj li yo, ak nan liv diven yo tankou Tora a, Anjenjil, ak sòm yo (Zabou) , jan yo te ye anvan yo te chanje yo a , epi nan Koran an. Li mande tou pou nou kwè nan tout pwofèt ak mesaje Allah yo (lapè pou yo tout ) epi pou nou kwè nan dènye pwofèt la, ki se Muhammad, mesaje Allah a, ki fèmen chèn pwofèt yo ak mesaje yo. Epitou, fòk nou kwè nan dènye jou a (jou jijman an); paske nou konnen si lavi sou tè a se te fen an, lavi ak egzistans moun pa tap gen okenn sans ditou. Finalman, nou dwe kwè nan desten, sa vle di tou sa Allah deside kap rive.
22 : Pwofèt yo (se pou lapè Allah sou yo) gen pwoteksyon Allah nan mesaj yap transmèt pou li a, epi yo gen pwoteksyon kont tout sa ki ale kont lojik oswa kont bon moralite. Epi se pwofèt yo menm Allah bay responsablite pou pote lòd li yo bay sèvitè li yo. Pwofèt yo pa gen okenn nan kalite ki se pou Allah sèlman, ni nan nivo kreyasyon ni nan nivo adorasyon; okontrè, yo se moun tankou tout moun, sèlman Allah Toupwisan an voye mesaj li yo ba yo.
23- Islam ankouraje adorasyon Allah sèlman atravè gwo adorasyon fondamantal sa yo: Lapriyè a, ki se kanpe dwat, koube, pwostène, sonje Allah, fè lwanj pou li, epi fè demann; yon moun dwe akonplil 5 fwa chak jou. Pandan lapriyè a, tout diferans disparèt: moun rich kou moun pòv, dirijan kou sibòdone, yo tout kanpe nan menm ran. Zakat la: se yon ti pòsyon nan lajan selon kondisyon ak kantite Allah fikse ki obligatwa pou moun ki rich yo bay moun ki pòv ak lòt moun ki nan bezwen, yon fwa chak ane. Jèn nan: se evite tout sa ki ka anile jèn nan pandan jounen an nan mwa Ramadan an; li kiltive volonte ak pasyans nan nanm nan. Pelerinaj la: se ale nan kay Allah nan Lamèk ki beni an, yon fwa nan lavi a pou moun ki gen kapasite ak mwayen pou sa. Nan pelerinaj sa a, tout moun egal ego devan Kreyatè a, glwa pou li, epi tout distenksyon ak afilyasyon sosyal disparèt.
24. Youn nan pi bèl karakteristik adorasyon nan Islam, se paske se Allah, lwanj ak laglwa pou li ,ki fikse fason pou yo fèt, ki lè pou yo fèt, ak tout kondisyon ki mache ak yo. Se mesaje li a ( lapè ak benediksyon Allah sou li) ki te transmèt yo jan yo ye a. Depi lè sa a jouk jounen jodi a, okenn moun pa janm mete pou ajoute oswa retire anyen ladan yo. Tout gwo pratik sa yo, se sa tout pwofèt yo ( lapè sou yo) te konn anseye pèp yo.
Mesaje Islam nan se te Muhammad, pitit gason Abdoullah. Li soti nan ras pwofèt Ismayèl, ki li menm se te pitit pwofèt Ibrahim. Li te fèt nan lavil Lamèk nan lanne 571 (aprè Jezikri). Se la li te kòmanse resevwa mesaj Allah anvan li te pati ale viv nan lavil Medine. Li pat janm patisipe nan sèvi zidòl ak pèp li a, men li te toujou ede yo nan tout bon aksyon yo tap fè. Li te gen yon bon konpòtman depi anvan li te vin pwofèt, kifè moun nan pèp li a te relel: 'Moun serye a' (Al-Amine). Allah te voyel kòm mesaje lèl te gen 40 lanne. Allah te ba li anpil mirak pou apiyel, epi pi gwo mirak pami yo se te Koran an. Se sèl mirak pami tout mirak pwofèt yo ki rete la jouk jodi a. Lè Allah fin fè relijyon an konplè epi pwofèt la fini transmèt tout mesaj la nèt, li te mouri ak 63 lane epi yo te antere li nan lavil Medine. Pwofèt Muhammad se dènye nan tout pwofèt Allah te voye yo. Allah te voye li ak verite a pou li rale moun soti nan fènwa kote yap sèvi zidòl ak kote yo nan inyorans, poul mennen yo nan limyè lafwa ak konesans yon sèl Allah. Senyè toupwisan an menm sèmante ke se Li ki te voye li poul rele moun vin jwenn Li.
26: Lalwa Islamik (Charia) Pwofèt Muhammad ( Lapè ak benediksyon Allah sou li) te pote a, se dènye mesaj ak dènye lalwa Allah voye sou latè. Se yon lalwa ki pafè nèt; li la pou gide moun nan lavi espirityèl yo ak nan lavi yo sou tè a. Premye priyorite lalwa sa a se pwoteje: relijyon moun, lavi yo , byen yo (lajan yo), lespri yo (bon sans yo), ak desandans yo. Lalwa sa a ranplase tout lalwa ki te la anvan li yo, menm jan ansyen lalwa yo te konn ranplase youn lòt tou.
27- Allah, ki merite tout glwa epi ki trè elve a, pa aksepte okenn lòt relijyon , Sèlman Islam. Se relijyon sa a Mesaje Muhammad (lapè ak benediksyon Allah sou li) te pote a. Epi nenpòt moun ki swiv yon lòt relijyon pase Islam, Allah pap janm akseptel nan men li.
28. Koran Sen an se Liv Allah te revele bay Mesaje li a, Muhammad (lapè ak benediksyon Allah sou li). Se pawòl Seyè tout linivè a li ye; Allah te bay tout moun ak tout djinn defi pou yo ta fè yon liv oswa menm yon sèl ti pati ki sanble avèk li, epi defi sa a rete kanpe jouk jounen jodi a. Koran an reponn anpil kesyon enpòtan ki boulvèse lespri plizyè milyon moun. Liv sa a pwoteje epi li rete menm jan an nan lang arab li te desann nan; pa manke menm yon sèl lèt ladan li, Li pibliye toupatou, se yon liv estrawòdinè ki se yon mirak ladan li menm, epi li merite pou tout moun lil oswa li tradiksyon sans li. Konsa tou, Tradisyon Pwofèt la (Sunnah), ansèyman li ak istwa lavil pwoteje epi yo transmèt yo atravè yon gwoup moun ki serye epi ki merite konfyans. Yo pibliye yo nan lang arab Pwofèt la te pale a, epi yo tradwi yo nan anpil lòt lang. Koran an ak Tradisyon Pwofèt la se sèl sous pou tout lwa ak ansèyman Islam yo. Sa vle di, nou pa dwe gade konpòtman kèk moun ki di yo se Mizilman pou nou konnen sa Islam ye; men se nan revelasyon Allah a pou nou chèchel : nan Koran Sen an ak nan Tradisyon Pwofèt la.
29- Islam kòmande byenfè pou paran yo menm si yo pa mizilman, epi li fè rekòmandasyon pou timoun yo.
30- Islam mande pou gen jistis nan pawòl ak nan aksyon menm avèk lènmi yo.
31- Epi Islam kòmande pou moun fè byen ak tout kreyati yo, epi li rele moun pou yo genyen pi bèl kalite moral yo ak pi bèl aksyon yo.
Islam kòmande bèl kalite moral tankou verite, onètete, diyite ak chaste, pudè, kouraj, bay ak jenerozite, ede moun ki nan bezwen, pote sekou pou moun ki nan detrès, bay moun grangou manje, bon vwazinaj, kenbe bon relasyon ak fanmi, epi gen dousè pou bèt yo.
33- Islam pèmèt nou jwi tout sa ki bon (ki pwòp) nan manje ak nan bwè. Li mande pou kè nou pwòp, pou kò nou pwòp, epi pou lakay nou pwòp tou. Se pou tèt sa li pèmèt maryaj, menm jan tout Pwofèt yo te mande sa; paske Pwofèt yo toujou bay lòd poun fè tout sa ki bon.
34- Islam entèdi tout vye bagay ki ka nwi (deranje) moun, tankou: bay Allah asosye , vire do bay Allah , sèvi zidòl, epi pale de Allah san nou pa konnen sa nap di a. Li entèdi touye timoun, touye moun inosan, fè dezòd sou tè a, fè maji, ak tout kalite vye aksyon sal (tankou dezòd seksyèl ak adiltè). Li entèdi enterè sou lajan (Riba), manje bèt ki mouri pou kont li, manje vyann kochon, oswa nenpòt bagay ki sal. Li entèdi vòlè byen timoun san manman ak papa, twonpe moun sou balans nan mache, ak koupe fache ak fanmi. Tout Pwofèt yo (lapè sou yo) te dakò ansanm pou yo entèdi vye bagay sa yo.
35. Islam entèdi tout move konpòtman tankou: bay manti, twonpe moun, trayizon, koken, vòlè, jalouzi, plan pou fè moun mal, vòl, abi pouvwa, ak enjistis. Li entèdi nèt tout move karaktè ki ka sal konsyans yon moun.
36. Islam entèdi tout kalite tranzaksyon lajan kote ki gen enterè (riba/moun kap souse san moun), kote ki gen gwo risk ki pa klè (dout), kote ki gen twonperi oswa enjistis. Li entèdi tou nenpòt aktivite ekonomik ki ka lakòz gwo malè, dezas, oswa gwo dega pou sosyete a, pou pèp yo, ak pou moun an patikilye.
37. Relijyon Islam vini pou li pwoteje lespri moun epi li entèdi tout sa ki ka gate li, tankou bwè alkòl. Islam leve nivo lespri a; li fèl tounen baz pou moun nan resevwa lòd Allah, epi li delivre lespri a anba chenn sipèstisyon ak adorasyon zidòl. Nan Islam, pa gen sekrè ni lalwa ki fèt pou yon sèl kalite moun; tout lalwa ak prensip li yo mache ak bon sans (bon lespri), epi yo bati sou jistis ak sajès.
38- Lè moun kap swiv fo relijyon yo pa ka konprann tout kontradiksyon ak bagay dwòl ki pa mache ak lojik nan kwayans yo, chèf relijye yo fè yo kwè relijyon an pi wo pase lespri (entelijans) moun, epi lespri moun pa ka konprann koze Allah. Men, pou Islam, relijyon an se yon limyè kap klere chemen lespri a. Moun kap defann fo relijyon yo vle pou moun fèmen lespri yo epi swiv yo zye fèmen; men Islam vle pou moun reveye entelijans yo, pou yo ka konprann verite a jan li ye toutbon an.
39. Islam bay bon lide ak konesans syantifik anpil valè; li ankouraje moun fè rechèch serye san paspouki ak san kite santiman pèsonèl gide yo. Li mande pou nou egzamine epi reflechi sou jan nou fèt ak sou jan linivè a fonksyone. Tout bon rezilta lasyans jwenn ki kòrèk, yo pa janm kontredi ansèyman Islam yo.
40- Allah pa aksepte okenn aksyon, ni li pa bay rekonpans pou li nan lavi kap vini an, eksepte nan men moun ki kwè nan Allah, ki obeyil epi ki kwè nan pwofèt li yo (se pou lapè ak benediksyon sou yo). Epi, Allah pa aksepte nan adorasyon yo eksepte sa li menm li te otorize. Konsa, kòman yon moun ka fè pou li refize kwè nan Allah epi poul espere lap rekonpanse li? Epi, Allah pa aksepte lafwa okenn moun sof si li kwè nan tout pwofèt yo (se pou lapè sou yo), epitou li kwè nan misyon Muhammad (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li).
41. Objektif tout mesaj Allah voye sou latè se pou vrè relijyon an ede moun leve tèt yo, pou yo vin sèvi Allah, Chèf tout linivè a ak tout kè yo. Islam la pou libere moun anba esklavaj lòt moun, anba esklavaj materyèl (lajan), oswa anba kwayans ki pa gen baz (sipèstisyon). Jan ou ka wèl la, Islam pa bay moun yon valè ki sakre pou li ta mete yo pi wo pase jan yo ye a, epi li pa janm fè moun tounen Allah.
42- Allah mete repantans nan Islam. Repantans vle di: lè yon moun tounen vin jwenn Mèt li epi li sispann fè peche. Islam efase tout peche ki te fèt anvan li, epi repantans efase tout peche ki te fèt anvan repantans lan. Konsa, yon moun pa bezwen al konfese pechel devan yon lòt moun.
Nan Islam, relasyon ant yon moun ak Allah se yon relasyon dirèk. Ou pa bezwen pèsonn pou sèvi entèmedyè ant ou menm ak Allah. Islam entèdi pou nou fè moun tounen dye oswa pou nou fè yo patisipe nan pouvwa ak adorasyon ki pou Allah sèlman.
Nan dènye pati lèt sa a, nou sonje ke tout moun, kèlkeswa tan yap viv, nasyon yo oswa peyi yo, tout limanite nèt, gen lide ak objektif ki diferan, epi yo pa viv menm jan. Se poutèt sa, yo bezwen yon gid pou dirije yo, yon sistèm pou mete yo ansanm, ak yon chèf pou pwoteje yo. Se pwofèt yo (lapè ak benediksyon sou yo) ki te konn fè travay sa a gras a revelasyon Allah te ba yo. Yo te konn montre moun chemen byen ak verite, yo te konn rasanble yo anba lwa Allah, epi yo te konn rann jistis san patipri. Konsa, lavi moun yo te vin dwat daprè jan yo te koute pwofèt yo ak jan yo te touprè tan pwofèt yo tap viv la. Allah te fini tout mesaj Li yo ak mesaj pwofèt Muhammad (lapè ak benediksyon Allah sou li). Li te fè mesaj sa a rete pou tout tan, Li fèl sèvi kòm yon gid, yon favè (mizèrikòd), yon limyè ak yon direksyon pou mennen moun jwenn kote senyè toupwisan an la ye.
45. Se poutèt sa, mwen envitew , ou menm moun kap li a, pouw pran yon pozisyon sensè devan Allah, sanw pa kite tradisyon oswa vye abitid enfliyansew. Chonje byen ke aprè lanmòw, se bò kote mèt ou wap tounen. Gade byen nan fon kèw epi gade linivè ki bò kotew la. Aksepte Islam, wa jwenn bonè nan lavi sa a ak nan lavi kap vini an. Siw vle antre nan Islam, ou sèlman bezwen temwaye ke: "Pa gen lòt dye ki merite adorasyon sof Allah, epi Muhammad se mesaje Allah" Aprèsa, ou dwe sispann adore tout sak pa Senyè toupwisan an, epi ou dwe kwè Allah ap fè tout moun ki nan tonb yo leve, epi jou jijman an ak rekonpans la se yon verite. Depiw fin fè temwayaj sa a (Chahada), ou vin Mizilman. Depi lè sa a, ou dwe adore Allah jan li mandel la: nan fè lapriyè, bay zakat (Lacharite ak moun ki nan bezwen), fè jèn, epi fè pèlerenaj (Hadj) siw gen mwayen pou sa.
Vèsyon dat 19-11-1441
Ekri pa Pwofesè Doktè Muhammad bin Abdillah as-Suhaym
Pwofesè Lafwa (Akida) nan depatman Etid Islamik (anvan)
Fakilte Edikasyon nan Inivèsite Wa Saoud
Riyad, Wayòm Arabi Sawoudit
Related books
All books
Yon brèf apèsi sou Islam jan sa te vini nan Koran an ak nan Tradisyon Pwofèt la (Sunna).71 languagesYon brèf apèsi sou Islam jan sa te vini nan Koran an ak nan Tradisyon Pwofèt la (Sunna).
Islam Yon liv enpòtan ki gen ladan li yon definisyon brèf sou Islam, ki montre prensip fondamantal li yo, ansèyman li yo ak bèl kalite li yo, apati sous orijinal li yo ki se Koran an ak Sounna Pwofèt la . Liv sa a adrese a tout moun (mizilman kou moun ki pa mizilman) nan pwòp lang pa yo, nan tout tan ak tout kote, kèlkeswa sikonstans ak kondisyon yo. Yon vèsyon ki gen ladan li tout prèv ki soti nan Koran an ak nan Tradisyon Pwofèt la (Sunna). 1- Islam se mesaj Allah pou tout limanite, se mesaj divin ki etènèl la, epi se dènye mesaj ki soti bò kote Seyè a: Islam se mesaj Allah pou tout moun…
Yon ti mesaj tou kout pou yon moun ki pa kwè nan Allah (yon ate)31 languagesYon ti mesaj tou kout pou yon moun ki pa kwè nan Allah (yon ate)
Yon mesaj kout pou yon moun ki pa kwè nan Allah (yon ate): Pale ak entèlijans ou pou w wè jan linivè a egzak epi jan li byen òganize; sa montre klèman li pay ka parèt pa chans, men li montre gen yon Kreyatè ki gen bon konprann. Èske li posib pou tout bèl bagay sa yo ta soti nan anyen (nan vid)? Louvri kèw pouw reflechi epi medite, chèche laverite, paske ou ka jwenn ladanl yon limyè kap gidew.
Yon rezime sou kwayans islamik .47 languagesYon rezime sou kwayans islamik .
Liv sa a eksplike prensip fondamantal lafwa yo ki gen ladan yo: kwè nan Allah, nan zanj li yo, nan liv li yo, nan pwofèt li yo, nan jou dènye a, ak nan desten. Liv la prezante prensip de baz yon mizilman dwe kwè ak jan li dwe aji daprè yo. Li mete aksan sou enpòtans pou yon moun ranfòse relasyon li ak Allah atravè yon konpreyansyon pwofon sou kwayans islamik la.
Islam se relijyon tout Mesaje Allah yo.85 languagesIslam se relijyon tout Mesaje Allah yo.
Islam se soumèt devan Allah, Kreyatè ak Mèt linivè a, epi obeyi li ak renmen ak respè. Fondasyon Islam se lafwa nan Allah : se li ki Kreyatè a epi tout sa ki egziste se kreyati li yo. Se li menm sèl ki merite adorasyon, li pa gen asosye. Pa gen lòt dye ki gen dwa pou yo adore sof li menm. Li gen pi bèl non yo ak kalite ki pi wo yo. Li gen pèfeksyon total san okenn mank. Li pat fè pitit, yo pat fè li tou, epi pa gen anyen ki sanble avèl. Li pa melanje ak kreyatil yo epi li pa pran fòm anyen nan sal kreye yo. Epi Islam se sèl relijyon Allah, sila ki trè anwo nan syèl yo.Li pa aksepte okenn lòt…