Most Searched
ما لا يسع أطفال المسلمين جهله
Se Tirmizi ak Ahmad ki rapòte hadit sa a.
These files are generated automatically from the book's text; their layout may differ from the printed edition.
Se Tirmizi ak Ahmad ki rapòte hadit sa a.
Entwodiksyon liv Ibn Abi Zayd Al-Qayrawani (paj: 5).
Rapòte pa Mouslim.
"Se At-Tirmidhi ki rapòte l."
Rapòte pa Abou Dawoud.
Rapòte pa Mouslim.
Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim.
Se Abou Dawoud ak At-Tirmidhi ak lòt moun ankò ki rapòte li.
Rapòte pa Mouslim.
Rapòte pa Mouslim.
Se At-Tirmidhi ki rapòte li.
Se Abou Dawoud ki rapòtel
Se Mouslim ki rapòtel
Rapòte pa Mouslim.
Rapòte pa Abou Dawoud.
Rapòte pa Abou Dawoud.
Rapòte pa Ahmad.
Rapòte pa Ahl as-Sunan.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Rapòte pa Mouslim.
Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim.
Rapòte pa Abou Dawoud ak Ibn Majah.
Rapòte pa Mouslim.
Se Abou Dawoud, At-Tirmidhi ak lòt moun ankò ki rapòte li.
Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim.
Se Abou Dawoud, At-Tirmidhi ak lòt ankò ki rapòte li.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Rapòte pa Mouslim.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Se Ahmad ak At-Tirmidhi epi lòt yo ki rapòte li.
Rapòte pa Ahl as-Sunan.
Se Al-Boukari ki rapòte li.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Se Al-Boukari ki rapòte li.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Rapòte pa Mouslim.
Rapòte pa An-Nasa'i epi orijin li nan 2 Sahih yo.
Rapòte pa At-Tirmidhi epi lòt yo.
Rapòte pa Mouslim, Ahmad ak lòt ankò.
Rapòte pa Abou Dawoud ak lòt moun.
Rapòte pa Abou Dawoud ak lòt moun.
Se Al-Boukari ki rapòte li.
Se Ahmad ak At-Tirmidhi ki rapòte li.
Rapòte pa Ibn Majah ak Malik nan Al-Muwatta a.
Se At-Tirmidhi ak An-Nasa'i ki rapòte li.
Se Ibn Majah ki rapòte li.
Rapòte pa Al-Hakim epi lòt yo.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Rapòte pa Mouslim.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Rapòte pa Al-Boukhari ak lòt moun.
Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim.
Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim.
Rapòte pa Mouslim.
Se At-Tirmidhi ki rapòte li epi li di: "Se yon Hadit ki bon epi ki natif natal (Hasan Sahih)."
Se At-Tirmidhi ki rapòte li.
Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim.
Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim.
Se Al-Boukari ki rapòte li.
Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim.
Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim.
Rapòte pa Abou Dawoud.
Se At-Tirmidhi ki rapòte li.
Rapòte pa At-Tirmidhi epi lòt yo.
Se At-Tirmidhi ki rapòte li.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Se At-Tirmidhi ki rapòte li.
Rapòte pa Mouslim.
Se At-Tirmidhi ak Abou Dawoud ki rapòte li.
Rapòte pa Abou Dawoud ak At-Tirmidhi.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Rapòte pa Abou Dawoud.
Se Al-Boukari ki rapòte li.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Rapòte pa Mouslim.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Se At-Tirmidhi ak Abou Dawoud ki rapòte li.
Al-Bukhari ak Muslim.
Rapòte pa Mouslim.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Rapòte pa Abou Dawoud.
Se Ibn Majah ki rapòte li.
Rapòte pa At-Tirmidhi ak Ad-Darimi.
Rapòte pa Abou Dawoud.
Se Al-Boukari ki rapòte li.
Se At-Tirmidhi ak Abou Dawoud ki rapòte li.
Se Al-Boukari ki rapòte li.
Se Al-Boukari ki rapòte li.
Se At-Tirmidhi ak Ahmad ki rapòte li.
Se Al-Boukari ki rapòte li.
Rapòte pa Ahmad.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Se At-Tirmidhi ak Ahmad ki rapòte li.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Rapòte pa At-Tirmidhi ak Ibn Majah.
Rapòte pa Ahmad ak Ibn Majah.
Rapòte pa Abou Dawoud ak Ibn Majah.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Rapòte pa Mouslim.
Rapòte pa Mouslim.
Rapòte pa Mouslim.
Rapòte pa Abou Dawoud ak Ahmad.
Se Al-Boukari ki rapòte li.
Rapòte pa Abou Dawoud ak Ahmad.
Rapòte pa Abou Dawoud.
Rapòte pa At-Tabarani ak Ibn Abi Shaybah.
Se Al-Boukari ki rapòte li.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Se Ibn Majah ki rapòte li.
Rapòte pa Abou Dawoud ak Ibn Majah.
Rapòte pa Mouslim.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Rapòte pa Mouslim.
Rapòte pa Mouslim.
Rapòte pa An-Nasa'i.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Rapòte pa Mouslim.
Rapòte pa At-Tirmidhi ak Ad-Darimi.
Rapòte pa At-Tirmidhi, Abou Dawoud, ak Ahmad.
Rapòte pa Mouslim.
Rapòte pa Mouslim.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Rapòte pa Abou Dawoud.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Rapòte pa Abou Dawoud.
Rapòte pa Abou Dawoud ak Ahmad.
Rapòte pa Mouslim ak Abou Dawoud, epi pawòl yo se pal.
Rapòte pa Mouslim.
Se Abou Dawoud, Ahmad ak At-Tirmidhi ki rapòte li.
Rapòte pa Abou Dawoud ak Ahmad.
Rapòte pa At-Tirmidhi ak Ibn Majah.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Rapòte pa Ahmad.
Rapòte pa Mouslim.
Se At-Tirmidhi ki rapòte li.
Se At-Tirmidhi ak Abou Dawoud ki rapòte li.
Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim.
Se At-Tirmidhi ki rapòte li.
Rapòte pa Mouslim.
Rapòte pa Mouslim.
Se At-Tirmidhi ak Ahmad ki rapòte li.
Rapòte pa Al-Hakim ak Al-Tabarani.
Rapòte pa Abou Dawoud ak At-Tirmidhi.
Rapòte pa Ahmad.
Se Abou Dawoud ak At-Tirmidhi ki rapòte li.
Rapòte pa Ahmad.
Rapòte pa Mouslim.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Rapòte pa Mouslim.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Se Al-Boukari ki rapòte li.
Rapòte pa At-Tirmidhi ak Ibn Majah.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Rapòte pa Mouslim.
Rapòte pa Ahmad.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Rapòte pa Abou Dawoud ak At-Tirmidhi.
Se Al-Boukari ki rapòte li.
Se Al-Boukari ki rapòte li.
Rapòte pa Mouslim.
Se At-Tirmidhi ki rapòte li.
Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim.
Rapòte pa Mouslim.
Rapòte pa Mouslim.
Rapòte pa Mouslim.
Rapòte pa Mouslim.
Rapòte pa Mouslim.
Rapòte pa Mouslim.
Rapòte pa At-Tirmidhi ak Ibn Hibban.
Se Al-Boukari ki rapòte li.
Rapòte pa At-Tirmidhi ak Ibn Majah.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Se Abou Dawoud ak At-Tirmidhi ak lòt moun ankò ki rapòte li.
Se At-Tirmidhi ki rapòte li.
Rapòte pa Abou Dawoud ak At-Tirmidhi.
Rapòte pa Abou Dawoud.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Rapòte pa Abou Dawoud ak At-Tirmidhi.
Rapòte pa Abou Dawoud ak lòt moun.
Rapòte pa Mouslim.
Rapòte pa Abou Dawoud ak At-Tirmidhi.
Rapòte pa Abou Dawoud.
Rapòte pa Mouslim.
Rapòte pa Mouslim.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Rapòte pa Mouslim.
Al-Bukhari.
Se Al-Boukari ki rapòte li.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Rapòte pa Abou Dawoud ak At-Tirmidhi.
Rapòte pa Abou Dawoud, Ibn Majah ak lòt ankò.
Rapòte pa Mouslim.
Se Al-Boukari ki rapòte li.
Se Abou Dawoud ak At-Tirmidhi ki rapòte li, ansanm ak lòt moun ankò.
Rapòte pa Abou Dawoud ak At-Tirmidhi.
Epi lè li retounen li di yo, epi li ajoute: «Nou retounen, nou repanti, nap adore, nap fè lwanj pou Senyè nou» Rapòte pa Mouslim.
Rapòte pa Ahmad ak Ibn Majah.
Se Ahmad ak At-Tirmidhi ki rapòte li.
Rapòte pa At-Tirmidhi ak Ibn Majah.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Se At-Tirmidhi ki rapòte li.
Rapòte pa Abou Dawoud.
Rapòte pa Al-Hakim epi lòt yo.
Sahih Al-Jami.
Nan At-Tirmidhi ak Abou Dawoud epi lòt yo.
Al-Bukhari.
Al-Bukhari ak Muslim.
Abou Dawoud ak Ibn Majah.
Muwatta Malik.
Se At-Tirmidhi ki rapòte li.
Rapòte pa Ahmad ak Ibn Majah, ak lòt moun ankò.
Tout moun tonbe dakò sou li.
Seksyon Divès:
Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim.
Rapòte pa Mouslim.
Rapòte pa Mouslim.
Rapòte pa Abou Dawoud.
Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi ak Ibn Majah.
Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim.
Sa chak timoun mizilman fèt pou yo konnen.
Nan non Allah, ki gen tout koutwazi, ki gen tout mizèrikòd.
Entwodiksyon
Nan non Allah, tout lwanj se pou Li ; apre sa.
Men pwen esansyèl sou sa yon timoun mizilman pa dwe pa konnen nan relijyon Allah a, ki gen benediksyon ak grandè; se devwa paran yo pou yo montre timoun yo sa depi yo toupiti. Se yon pwogram ki senp epi ki byen konplè , li kouvri tout baz tankou: lafwa, lalwa, lavi Pwofèt la, fason pou moun viv, esplikasyon Koran, pawòl Pwofèt la, bon jan moral ak priyè pou sonje Allah. Li bon ni pou timoun, ni pou granmoun, ni pou moun ki fenk antre nan relijyon an. Yo ka sèvi avèk li tout kote: kit se anndan kay, nan gadri oswa lekòl, pou moun aprann pa kè oswa pou fè esplikasyon. Mwen ranje travay sa a pa tèm, epi mwen prezantel sou fòm keksyon ak repons pou li ka pi byen louvri lespri yo epi ede yo kenbe sa yap aprann yo . Se mèt lekòl la oswa paran yo kap chwazi sa ki adapte ak laj chak timoun.
Mwen mande Allah poul fè travay sa a itil epi pou li aksepte li.
Epi, men baz travay sa a:
- Pawòl li, Sila a ki egzalte a: O nou menm ki gen lafwa! Pwoteje tèt nou ak tout fanmi nou pou nou pa tonbe nan yon dife kote se moun ak wòch kap sèvi li chabon. Dife sa a, se yon bann zanj ki rèd epi ki gen fòs kap veye li; yo pa janm vire do bay lòd Allah ba yo, epi yo fè egzakteman sa Li mande yo fè. [At-Tahrim:6].
Epi hadit Abdallah bin Abbas (se pou Allah kontan avè l) kotel di: Yon jou mwen te dèyè Pwofèt la (se pou benediksyon ak lapè Allah sou li), li dim konsa: « Ti gason, mwen pral montrew kèk pawòl : Toujou sonje Allah, Allah ap pwotejew. Toujou sonje Allah, wap jwenn Li bò kote w. Si wap mande, mande Allah. Siw bezwen sekou, chache sekou nan men Allah. Epi konnen byen : Menmsi tout moun nan lemond ta mete tèt yo ansanm pou yo fè yon byen pou ou, yo pa tap ka fè anyen pou ou si se pa sa Allah te deja ekri pou ou. Konsa tou, si yo ta mete tèt yo ansanm pou yo fèw yon mal, yo pa tap janm ka fèw anyen si se pa sa Allah te deja deside ki tap rivew. Plim yo deja leve, epi lank sou paj yo deja chèch. »
Enpòtans pou nou montre timoun yo relijyon an
Chak moun fèt pou montre timoun yo sa yo bezwen konnen nan relijyon yo, pou yo ka grandi kòm moun ki konplè nan nati Islam nan (fitra), epi pou yo gen yon lafwa ki djanm nan yon sèl Allah (tawid).
Imam Ibn Abi Zayd Al-Qayrawani (se pou Allah gen pitye pou li) di konsa: "Gen lòd ki bay pou nou montre timoun fè lapriyè depi yo gen 7 Ane, epi pou nou pi sevè ak yo sou sa lè yo gen 10 zan, pandan nap separe kote yzp dòmi an. Konsa tou, li enpòtan pou nou montre yo sa Allah mande sèvitè li yo fè kòm pawòl ak aksyon anvan yo rive nan laj pou yo fòme; konsa, lè yo vin granmoun, verite sa yo ap deja chita byen fon nan kè yo, lespri yo ap anpè ak sa, epi tout kò yo ap deja abitye pratike yo."
Seksyon sou Fondasyon Lafwa a
Konesans Lafwa (Akida):
Lafwa Islamik la se lè yon moun gen yon konviksyon ki solid, san okenn dout nan kèl, poul rekonèt Allah se sèl Kreyatè ak sèl Chèf tout bagay, se Li sèl ki merite adorasyon, epi Li gen bèl Non ak Kalite ki san parèy. Lafwa sa a baze tou sou kwayans nan zanj yo, nan liv yo, nan pwofèt yo, nan Jou Jijman an, ak nan Desten an, kit sak rive a sanble bon oswa move pou nou. Sa mande tou pou nou kwè nan tout verite ki kache (Al-Ghayb) sa nou pa ka wè ak zye nou, ak tout gwo prensip relijyon an jan premye jenerasyon musulman yo te konprann yo epi dakò sou yo.
Kesyon 1: Kiyès ki Mèt ou?
Repons : Mèt mwen se Allah, Li menm ki pran swen mwen epi ki bay tout sa ki egziste lavi ak tout kalite benediksyon. Se Li menm sèl mwen adore, mwen pa gen lòt dye pase Li. Se Li ki Kreyatè a, se Li ki mèt tout bagay, se Li ki bay manje ak pwovizyon, epi se Li menm kap jere tout sa kap pase nan linivè a.
Men prèv la nan pawòl Allah (se pou li glorifye epi li nan nivo ki pi wo a): Tout louwanj se pou Allah, Mèt tout sa ki egziste nan linivè a. [Al-Fatiha: 2].
K2: Ki relijyon ou?
R: Relijyon mwen se Islam. Islam vle di: rann tèt devan Allah nan rekonèt se Li sèl ki Allah (Tawid), soumèt devan li nan obeyi kòmandman li yo, epi pran distans ak tout sa ki gen pou wè ak bay Allah asosye ansanm ak moun kap pratike sa yo.
Men sa senyè toupwisan an di: « Se vre wi, sèl relijyon Allah aksepte se Islam. » [Al Imran: 19].
Kesyon 3: Kiyès ki Pwofèt ou?
R: Muhammad, ke lapè ak benediksyon Allah sou li.
Men sa senyè toupwisan an di: « Muhammad se Mesaje Allah a. » [Al-Fath: 29].
Kesyon 4: Di ki sa ki pawòl ki deklare Allah se yon sèl la (Tawid), epi esplike kisa li vle di.
R: Pawòl ki deklare Allah se yon sèl la se: "La ilaha illa Allah". Sans li se: Pa gen anyen oswa pèsonn ki merite pou yo adorel tout bon vre, sof Allah.
- Men sa senyè toupwisan an di: « Se pouw konnen byen, pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon tout bon vre, sof Allah. » (Sourat Muhammad, vèsè 19)
Men sa li menm ki gen tout pouvwa a di: « Sa se paske Allah se Li menm ki Verite a tout bon vre, epi tout sa yap envoke(adore ) ki pa li se manti. Se Allah ki nan nivo ki pi wo a, epi se Li ki pi Gran an. » [Al-Hadj: 62].
Kesyon 5: Kote Allah ki gen tout pouvwa ak tout glwa a ye?
R: Allah nan syèl la, Li anwo Twòn li an, anwo tout kreyati li yo. Men sa senyè toupwisan an di: « Li menm ki gen anpil mizirikòd la (Ar-Rahman), Li etabli tèt Li anwo Twòn nan. » [Ta-Ha: 5].
Men sa senyè toupwisan an di: « Se Li menm ki gen tout pouvwa sou sèvitè li yo, epi se li menm ki gen Sajès la ak Konesans total la. » [Al-An‘ām: 18].
Kesyon 6: Kisa sa vle di pou yon moun temwaye Muhammad se Mesaje Allah a?
R: Sa vle di: Allah voyel kòm yon mesaje pou tout limanite, pou li pote bèl nouvèl (pou moun ki kwè yo) epi poul bay avètisman (pou moun ki pa kwè yo).
• Epi se yon obligasyon:
1. Obeyil nan tout sa li bay lòd fè.
2. Kwè nan tout sa li bay kòm enfòmasyon san okenn dout.
3. Pa dezobeyi li.
4. Pa adore Allah yon lòt jan, Sèlman jan li menm li mandel la; sa vle di swiv Tradisyon Pwofèt la (Sunnah) epi rejte tout inovasyon nan relijyon an (Bid'ah).
Men sa senyè toupwisan an di: "Moun ki obeyi Mesaje a, se Allah li obeyi." [Sourat An-Nisa vèsè 80],
Men sa Sila a ki sen anpil la di: Epi li pa janm pale daprè pwòp lide pal(oswa dapre dezi pal) 3 4- Sa li di a pa anyen lòt sinon yon revelasyon Allah voye ba li (poul transmèt). Sa se vèsè 3, 4 nan Sourat An-Najm
Epi Allah, ki Gran anpil epi ki pi wo a, di : Anverite, gen yon bèl egzanp pou nou nan Mesaje Allah la, pou moun ki gen espwa nan Allah ak Dènye Jou a, epi ki sonje Allah anpil. [Sourat Al-Ahzab vèsè 21].
Kesyon 7: Poukisa Allah Granmèt la te kreye nou?
R: Li kreye nou pou nou adore li sèlman, san nou pa ba li okenn asosye. Epi li pat kreye nou pou san rezon, oswa pou amizman ak jwèt, oubyen pou li kite nou lage san okenn objektif.
Men sa senyè toupwisan an di: Mwen pat kreye Djinn yo ak moun yo pou okenn lòt rezon, esepte pou yo ka adorem sèlman. [Adh-Dhariyat: 56].
Kesyon 8: Kisa adorasyon an ye?
C: Se yon non ki rasanble tout sa Allah renmen epi Li aksepte, kit se nan pawòl oswa nan aksyon, kit yo kache (nan kè) oswa yo parèt aklè.
-Sa ki parèt aklè yo: tankou fè lwanj Allah ak lang nou nan repete pawòl sen (Tasbih), remèsiman (Tahmid), ak pwoklamasyon grandè Li (Takbir), ansanm ak lapriyè epi pelerinaj.
Sa ki kache yo: tankou mete konfyans total nan Allah (Tawakkul), gen krentif pou Li, epi gen espwa nan gras Li.
Kesyon 9 : Ki devwa ki pi enpòtan (ki pi gran) nou genyen?
R: Pi gwo devwa nou genyen: Se rekonèt ak pratike inikite Allah (Tawid) ki pi wo nan syèl la.
Men sa senyè toupwisan an di: Poutan, sèl kòmandman yo te resevwa se pou yo adore Allah sèlman, nan sèvi Li ak yon kè ki sensè... Sourat Al-Bayyinah, vèsè 5
K10: Ki kategori (oswa ki kalite) inikite Allah (Tawid) ki genyen?
R: 1- Tawid ar-Rouboubiya (Inisite Allah nan aksyon li yo kòm Seyè): Se pouw gen lafwa ke Allah se li ki Kreyatè a, se Li ki bay pwovizyon, se Li ki mèt tout bagay, epi se Li ki jere tout bagay, Li menm sèl san li pa gen okenn asosye.
2. Tawid al-Oulouhiya (Inisite Allah nan adorasyon an): Se fè tout adorasyon yo pou Allah sèlman, konsa nou pa dwe adore pèsonn pase Allah (Trèwo a).
3. Tawid al-Asma wa s-Sifat (Inisite nan non ak kalite Allah yo): Se pouw gen lafwa nan non ak kalite Allah (Trèwo a) ki parèt nan Koran an ak nan Sounna a, san fè okenn konparezon, san fè okenn sanblans, san anile yo, epi san chèche konnen kijan yo ye.
Men prèv ki apiye 3 kategori inikite Allah yo (Tawid): Pawòl li, Sila a ki egzalte a: "Li se Mèt syèl la ak tè a, ansanm ak tout sa ki nan mitan yo; konsa, sèvi Li sèlman epi rete fèm ak pasyans nan adorasyon wap rann Li a. Èskew konnen nenpòt lòt ki ta ka egal ak Li nan kalite Li yo?" Sa a se vèsè 65 nan Sourat Maryam
K11: Ki peche ki pi grav (ki pi gwo) ?
C: Pi gwo peche a: Se bay Allah asosye
Men sa senyè toupwisan an di: Anverite, Allah pa padone pou yo ba Li asosye, men Li padone nenpòt lòt peche apa sa a pou moun Li vle. Nenpòt moun ki bay Allah asosye, se yon manti grav li envante epi li komèt yon peche ki san parèy. Sourat An-Nisa vèsè 48
K12: Kisa asosyasyon an (As-Shirk) ye, epi ki kategori ki genyen anndan l?
R: Asosyasyon an se lè yon moun bay yon kreyati yon pati nan sa ki pou Allah sèlman, kit se nan souverènte Li, nan adorasyon Li, oswa nan non ak kalite Li yo.
Youn nan fòm asosyasyon an (Shirk), se lè yon moun detounen nenpòt kalite adorasyon pou li bay yon lòt dye ki pa Allah ki Sen an.
"Kategoril yo" (Oswa: "Kalitel yo")
Gwo asosyasyon (Shirk Akbar); pa egzanp: priye yon lòt ki pa Allah Toupwisan an oswa pwostène devan yon lòt ki pa Li menm ki gen tout glwa a, oswa fè sakrifis bèt pou yon lòt ki pa Allah ki gen tout pouvwa ak tout fòs la.
2. Ti asosyasyon (Shirk Asghar) Se yon peche ki grav, men li pa mete moun nan andeyò lafwa (Islam). Men kèk egzanp: Fè sèman sou non yon lòt : Lè yon moun fè sèman sou tèt manman l, sou yon lwa, oswa sou nenpòt lòt bagay ki pa Allah ki Pi Wo a. Pote amilèt (grigri) : Lè yon moun pann yon bagay sou li (tankou yon kòd, yon bag, oswa yon meday) paske li kwè bagay sa a ap pote chans pou li oswa lap pwoteje li kont malè. Fè bèl nan adorasyon (Riya) : Pa egzanp, lè yon moun ap byen ranje lapriyèl sèlman paske li wè moun ap gadel, pou yo ka fè lwanj pou li.
Kesyon 13: Èske gen moun ki konnen sa ki kache a, sof Allah, Trèwo a?
Repons: Pa gen pèsonn ki konnen sa ki kache a, sof Allah li menm sèl.
Men sa senyè toupwisan an di: Di yo: 'Pèsonn nan syèl la ni sou tè a pa konnen sa ki kache, eksepte Allah. Epi yo pa menm konnen ki lè yap gen pou yo leve soti vivan nan lanmò. Sa a se vèsè 65 nan Sourat An-Naml.
Kesyon 14: Ki sa ki Pilye Lafwa (Iman) yo?
Repons: Pilye Lafwa yo se 6 :
1. Lafwa nan Allah ki anwo nan syèl la.
2. ak zanj Li yo.
3. Liv li yo.
4. Ak mesaje li yo.
5. Ak Jou Dènye a (Jou Jijman an).
6. Ak kwè nan desten an (Al-Qadr), kit li bon kit li move.
Prèv la se: Adis Jibril la ki popilè nan liv Imam Muslim nan, kote Jibril te di Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): «Alò, palem de lafwa, li di: Se pou ou kwè nan Allah, ak nan zanj li yo, ak nan Liv li yo, ak nan pwofèt li yo, ak nan Dènye Jou a, epi pou ou kwè nan desten an, nan byen li ak nan mal li»
Kesyon 15: Kisa "Pilye Lafwa" yo vle di?
Repons : Kwè nan Allah ki gen tout pouvwa a: Se pou ou gen konviksyon ke se Allah ki kreye ou, se li menm ki ba ou fòs ak mwayen pou ou viv (pwovizyon), epi se li menm sèl ki sèl Mèt ak sèl Chèf kap dirije tout sa ki egziste nan kreyasyon an. Se li menm sèl ki merite adorasyon; pa gen okenn lòt èt ki gen dwa pou yo adore li tout bon vre sof li menm. Se pou li sèl zak kreyasyon an ak otorite kòmandman an ye; se li ki sèl Jij epi ki sèl Sous kap etabli lwa, san li pa gen okenn asosye.
Epi li menm se Sila a ki gran anpil la, Sila a ki pi gran an, Sila a ki pafè a, se pou Li tout louwanj yo ye, epi se pou Li tout bèl non yo ak tout kalite ki pi wo yo, Li pa gen okenn egal, epi pa gen anyen ki sanble ak Li, li menm ki sen anpil la.
Lafwa nan zanj yo: Yo se kreyati Allah kreye ak limyè, pou yo adore li epi pou yo obeyi lòd li nèt ale san okenn mank.
- Men sa senyè toupwisan an di: Okontrè, yo se sèvitè Allah onore anpil. yo pa janm pran devan li nan lapawòl, epi se sèlman daprè lòd li yo egzekite aksyon yo. Sourat Al-Anbiya, 26-27
Epi li menm,(lapè ak benediksyon Allah sou li )te di: "Zanj yo te kreye ak limyè"
- Pami yo, gen Jibril (lapè sou li), ki desann ak Revelasyon an bay Pwofèt yo. Men sa senyè toupwisan an di: "Epi anverite, liv sa a (koran an)se yon revelasyon ki soti nan men Mèt ki kreye epi kap dirije linivè a." Se Lespri ki fidèl la (zanj Djibril) ki te desann avèk li "Sou kè ou (li te desann li), pou ou kapab fè pati moun kap bay avètisman yo," Nan yon lang arab ki byen klè Sourat Ach-Chou'ara, vèsè 192 a 195.
Kwè nan Liv yo: Epi, se Liv yo Allah te voye desann bay mesaje li yo.
- Tankou Koran an: sou Mouhammad, ke lapè ak benediksyon Allah sou li.
- Evanjil la (Al-Injil): sou 'Issa (Jezi) -ke lapè Allah sou li.
- Tora a: sou Moyiz (lapè sou li).
- Zabou a( Sòm): sou Daoud (David) -ke lapè Allah sou li.
- Ekriti Abraham ak Moyiz yo: sou Abraham ak Moyiz (ke lapè ak benediksyon Allah sou yo).
Kwè nan Mesaje yo (Al-Imàn bir-Rusul): Yo se moun Allah voye bò kote sèvitè li yo pou anseye yo, pou anonse yo bon nouvèl sou byen ak paradi a, epi pou avèti yo kont mal ak dife lanfè a.
Epi sa ki pi siperyè pami yo se sa yo rele: 'Moun ki gen gwo detèminasyon yo'. Yo se:
- Noé ke lapè sou li.
- Abraham (ke lapè sou li).
- Moyiz (lapè sou li).
- 'Issa (Jezi) -ke lapè Allah sou li.
- Muhammad, ke lapè ak benediksyon Allah sou li.
Lafwa nan Jou Dènye a (Jou Jijman an): Epi se sa kap pase aprè lanmò nan tonbo a, ak Jou Jijman an, ansanm ak jou kote yap leve moun yo epi jije yo, kote moun Paradi yo ap etabli nan plas yo, epi moun Lanfè yo ap etabli nan plas pa yo.
Men sa senyè toupwisan an di: Chak nanm gen pou li goute lanmò. Se sèlman nan Jou Jijman an n ap resevwa rekonpans nou nèt ale. Konsa, moun yo retire lwen dife lanfè a pou yo fèl antre nan paradi a, se moun sa a ki sètènman reyisi. Lavi sou tè sa a pa anyen lòt pase yon plezi kap twonpe moun. Sourat Al-Imran (vèsè 185)
Kwè nan desten (Al-Qadr), kit li bon kit li move:
Desten: Se kwayans ki di ke Allah konnen tout sa kap pase nan linivè a, li te ekri tout bagay sa yo nan 'Tablo ki byen konsève a, epi li te deside egzistans yo ak kreyasyon yo daprè volonte li.
Men sa senyè toupwisan an di: Anverite, tout sa nou kreye, nou kreye yo ak yon mezi ki byen kalkile (yon desten). Sa a se vèsè 49 nan Sourat Al-Qamar
Gen 4 Nivo Desten (4 etap fondamantal yo)
Premye a se: Konesans Allah ki gen tout pouvwa a; sa gen ladan li konesans li genyen davans sou tout bagay, anvan menm yo rive ak aprè yo fin rive.
Prèv li, se pawòl Allah Granmèt la di: Anverite, se nan men Allah Sèlman konesans sou Lè a (Jou Jijman an) ye. Se li menm ki fè lapli desann, epi li konnen sa ki nan matris manman yo. Pa gen okenn nanm ki konnen sal pral reyalize demen, epi pa gen okenn nanm ki konnen sou ki tè li pral mouri. Anverite, Allah gen tout konesans nèt epi li konnen tout detay. Sourat Luqman (vèsè 34)
Dezyèm: Allah te ekri sa nan Tablo ki byen prezève a, konsa tout sa ki te pase ak tout sa ki gen pou rive deja ekri bò kote Li nan yon liv.
Prèv li, se pawòl Allah Granmèt la di: Se nan men li tout kle sa ki kache yo ye; pèsonn pa konnen yo sof li menm. Li konnen tout sa ki sou tè a ak tout sa ki nan lanmè a. Pa gen yon sèl fèy bwa ki tonbe san li pa konnen sa; pa gen yon sèl grenn semans ki kache nan fon tè a, ni anyen ki vèt (ki fre), ni anyen ki sèch, san yo pa ekri nan yon Liv ki klè nèt. Sa a se vèsè 59 nan Sourat Al-An'am
Twazyèm lan se: Lefèt ke tout sak rive, se daprè volonte Allah yo rive; pa gen anyen ki ka fèt nan linivè a, ni pami kreyati li yo, si Allah ki gen tout pouvwa a pa vle sa. Moun nan gen kapasite pou li fè chwa, li gen pwòp volonte pa li ak pwòp dezi pa li; men volonte sa a ak dezi sa a pa kapab reyalize si yo pa fèt aprè volonte Allah (ki pi wo a tout glwa).
Prèv li, se pawòl Allah Granmèt la di: 28: Pou nenpòt moun pami nou ki vle swiv chemen ki dwat la. 29: "Men, nou pa kapab vle anyen, si se pa Allah, Mèt ki kreye epi kap dirije linivè a, ki vlel tou." [Sourat At-Takwir28 - 29].
Katriyèm lan se: Kwayans ki fè nou aksepte ke tout sa ki egziste se kreyati Allah yo ye; se li menm ki kreye yo. Li kreye nati yo (sa yo ye a), kalite yo, mouvman yo, ak tout ti detay ki nan yo.
Prèv li, se pawòl Allah Granmèt la di: Poutan, se Allah ki kreye nou, li kreye ni nou menm, ni sa nap fè a. Sa a se vèsè 96 nan Sourat As-Saffat
Kesyon 16: Kisa definisyon Koran an ye?
Repons: Li se Pawòl Allah ki gen tout pouvwa a; li pa yon kreyati.
Men sa senyè toupwisan an di: "Epi, si youn nan moun ki tap adore lòt dye yo mande ou pwoteksyon, ba li pwoteksyon sa a poul ka gen chans tande Pawòl Allah a." Sourat At-Tawbah vèsè 6
Epi, sa te rapòte nan tradisyon an (Adit la): Menm jan Allah pi gran pase tout sa li kreye, se konsa tou, Pawòl li pi gran pase tout lòt pawòl.
Kesyon 17: Kisa Sounah la ye?
C: "Se tout sa ki te rapòte sou Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li): kit se pawòl li te di, aksyon li te fè, oswa sa li te aksepte lòt moun fè."
Kesyon 18: Ki sa ki "Al-Bid'ah" (Inovasyon)? Èske nou aksepte li?
Repons: "Al-Bid'ah (Inovasyon), se tout sa moun envante oswa ajoute nan relijyon an ki pa gen okenn baz nan Koran an ni nan fason Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te montre nou."
Nou pa aksepte li, epi nou fèt pou nou voyel jete.
Paske Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: "Tout inovasyon (nan relijyon an) se yon pèdi chemen."
- Epi pawòl li, (ke lapriyè ak lapè sou li): «Nenpòt moun ki fè yon aksyon ki pa mache ak jan nou mande fè li a, yap voye aksyon sa a jete»
Egzanp li: Ogmantasyon an nan adorasyon an, tankou yon katriyèm lavaj anplis sou woudou a, ak tankou selebrasyon nesans Pwofèt la, donk pa gen anyen konsa ki rapòte de Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) ak Konpayon li yo.
Kesyon 19: Ki sa ki kwayans "Al-Wala' wal-Bara'" (Alyans ak Dezasosyasyon)?
Repons: Al-Wala' (الولاء): Se renmen Allah, renmen Pwofèt li a (lapè ak benediksyon Allah sou li), ak renmen kwayan yo epi kore yo." "Al-Bara' (البراء): Se pran distans nou ak tout sa ki kontrè ak volonte Allah tankou kwayans ki pa kòrèk (Shirk) ak peche, epi pa swiv chemen moun ki opoze ak verite a."
Men sa senyè toupwisan an di: Kwayan yo, kit se gason kit se fi, youn se alye lòt (yo youn sipòte lòt epi yo youn renmen lòt). Sourat At-Tawbah vèsè 71
Al-Bara' (البراء): Se rayi moun ki refize kwè yo epi konsidere yo kòm lènmi.
Men sa senyè toupwisan an di: Nou te gen yon bèl egzanp pou nou swiv nan Ibrahim ak moun ki te avèl yo, lè yo te di pèp yo a: 'Nou pran distans nou avèk nou, epi nou pran distans nou ak sa nap adore nan plas Allah yo. Nou rejte kwayans nou yo; depi jodi a, gen yon divizyon ak yon rankin ki pete ant nou menm avèk nou pou tout tan, jouk tan nou kwè nan Allah sèlman'. Sa a se yon pati nan vèsè 4 nan Sourat Al-Mumtahanah
Kesyon 20: Èske Allah aksepte yon lòt relijyon ki pa Islam lan?
C: Allah pa aksepte okenn lòt relijyon pase Islam.
Men sa senyè toupwisan an di: Nenpòt moun ki chèche yon lòt relijyon pase Islam, Allah pap janm aksepte sa nan men li; epi nan lavi aprè lanmò a, moun sa a ap pami moun ki pèdi yo. vèsè 85 nan Sourat Al-Imran
Kesyon 21: Yon moun ka montre li pa gen lafwa (Kouf) nan fason li pale, nan sa li fè, oswa nan sak nan kè li. Bay kèk egzanp.
c: Se lè yon moun ap joure Allah (Mèt ki sen an), oswa lap derespekte Mesaje li a (lapè ak benediksyon Allah sou li).
Egzanp aksyon: Se lè yon moun derespekte Koran an esprè, oswa li mete ajenou pou li adore yon lòt bagay ki pa Allah.
Egzanp sou kwayans (sa k nan kè): "Se lè yon moun gen konviksyon nan fon kèl gen lòt fòs ki merite pou moun adore yo apa de Allah oswa li kwè gen yon lòt kreyatè ki gen menm pouvwa ak Allah."
Kesyon 22: Ki sa ki ipokrizi (An-Nifaq), epi ki kalite ki genyen?
1. Gwo Ipokrizi "Se lè yon moun kache lide li genyen kont relijyon an nan fon kè li, epi li fè semblan li se yon kwayan tout bon devan tout moun."
Kalite sa a rann yon moun soti nèt nan relijyon an, epi li tonbe nan pi gwo nivo Mekreyans lan.
Men sa senyè toupwisan an di: "Anverite, ipokrit yo ap nan nivo ki pi ba nèt nan dife a (lanfè), epi ou pap janm jwenn pèsonn pou pote yo sekou." vèsè 145 nan Sourat An-Nisa
2. Ti Ipokrizi (an-Nifaq al-Asghar): 2. Ti Ipokrizi "Se lè yon moun gen lafwa nan kèl, men li gen move abitid ak konpòtman ki sanble ak sa ipokrit yo fè. Egzanp : bay manti ,pa genbe pwomès,trayi konfyans.
Kalite sa a pa rann yon moun soti nan relijyon an, men se yon peche ki grav epi moun ki fèl la ka jwenn chatiman.
Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: Gen 3 siy ki fè moun rekonèt yon ipokrit: lè lap pale li bay manti, lè li fè pwomès li pa kenbe li, epi lè yo fèl yon konfyans li trayi l.
Kesyon 23: Kiyès ki dènye nan tout pwofèt yo ak tout mesaje yo?
Repons: Li se Muhammad, ke lapè ak benediksyon Allah sou li.
Men sa senyè toupwisan an di: Muhammad pa papa okenn nan gason pami nou, men li se Mesaje Allah epi li se dènye nan tout pwofèt yo. [Al-Ahzab:40].
Epi Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: "Epi se mwen menm ki dènye nan tout pwofèt yo, pa gen pwofèt aprè mwen."
Kesyon 24: Kisa ki yon mirak ?
Repons: Mirak la: se tout sa Allah te bay pwofèt Li yo pami bagay estrawòdinè ki depase fòs natirèl; pou montre misyon yo tout bon vre, tankou:
- Fann lalin nan pou Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li). Men sa senyè toupwisan an di: Lè a (Jou Jijman an) ap pwoche, epi lalin nan fann an 2. Epi, chak fwa yo wè yon siy (yon mirak), yo vire do yo epi yo di: 'Sa se yon maji kap kontinye'. Yo di se manti, epi yo pito swiv pwòp lide pa yo (pasyon yo); men tout sa ki te deside (pa Allah) gen pou rive nan bout li. (Sourat Al-Qamar, vèsè 1-3)
- Epi fann lanmè a pou Moyiz (lapè poze sou li), epi neye Faraon ak sòlda li yo. Men sa senyè toupwisan an di: Epi (sonje) lè Nou te fann lanmè a pou nou, epi Nou te sove nou, epi Nou te nwaye pèp Farawon an pandan nap gade ak zye nou. [Al-Baqarah: 50].
Kesyon 25: Kiyès ki konpayon yo (As-Sahaba), epi èske nou gen obligasyon pou nou renmen yo?
Repons: Konpanyon (Sahabi) an: se moun ki te rankontre Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li), ki te kwè nan li, epi ki te mouri nan Islam.
Se yon obligasyon pou nou renmen yo epi swiv egzanp yo. Aprè pwofèt yo, se yo menm ki pi bon moun ki te janm pase sou tè a.
Epi pi bon pami yo se: 4 Kalif yo:
Abou Bakr (ki pou Allah satisfè avè l).
Omar (Se pou Allah satisfè de li).
Outhman, ke Allah satisfè de li.
Ali, (se pou Allah kontan avèk li).
Sila a ki egzalte a te di sou konpayon yo (ke Allah satisfè avèk yo tout): Epi premye moun yo ki te pran devan pami Mouhajirin yo (moun ki te kite Lamèk pou al Medina) ak Ansar yo (moun Medina ki te ede yo), ak moun ki te swiv yo nan fè sa ki byen, Allah satisfè de yo, epi yo menm tou yo satisfè de li. Epi li prepare pou yo bèl jaden (Paradi) kote dlo ap koule anba yo, yap rete ladan yo pou toutan. Sa a, se gwo siksè a. [At-Tawbah: 100].
Kesyon 26: Kiyès ki "Manman tout kwayan yo" (Ummahat al-Mu'minin)?
R: Manman tout kwayan yo, se madanm Pwofèt Muhammad yo (lapè ak benediksyon Allah sou li) ki te marye avè l.
- Men sa senyè toupwisan an di: "Pwofèt la gen plis dwa sou kwayan yo pase yo menm genyen sou pwòp tèt pa yo; epi madanm li yo, se manman yo." vèsè 6 nan Sourat Al-Ahzab
Kesyon 27: Ki dwa fanmi Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) genyen sou nou ?
Repons: "Nou dwe renmen yo epi sipòte yo, nou pa dwe dakò ak moun ki rayi yo, epi nou pa dwe mete yo nan yon pozisyon ki depase nivo Allah ba yo a. Moun sa yo se: madanm Pwofèt la, desandan li yo, ak fanmi Banu Hashim ak Banu Al-Muttalib ki gen lafwa yo."
Men sa senyè toupwisan an di: Se sèl sa Allah vle: pou li retire tout sa ki pa pwòp (sou fòm peche oswa move lide) lwen nou, O nou menm moun lakay Pwofèt la (Ahl al-Bayt), epi poul netwaye nou nèt ale. [Sourat Al-Ahzab vèsè 33].
Epi, nan Hadith la bò kote Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di: «Mwen fè nou sonje Allah konsènan moun lakay mwen, mwen fè nou sonje Allah konsènan moun lakay mwen, mwen fè nou sonje Allah konsènan moun lakay mwen»
K28: Ki devwa nou anvè sila yo ki gen otorite sou Mizilman yo?
R: Obligasyon nou se: respekte yo, koute yo epi obeyi yo nan sa ki pa yon peche, priye pou yo, ba yo konsèy an sekrè, epi pou nou pa revòlte kont yo, eksepte si nou wè yon mekrèyans ki byen klè.
Men sa senyè toupwisan an di: "O nou menm ki kwè! Obeyi Allah, obeyi Mesaje a, epi obeyi moun ki gen otorite nan mitan nou yo. Si nou gen yon dezakò sou yon bagay, tounen vin jwenn Allah ak Mesaje a pou chèche solisyon an, si nou kwè tout bon nan Allah ak nan jou dènye a. Sa se pi bon fason, epi se li kap bay pi bon rezilta." [An-Nisa: 59].
Kesyon 29: Ki kote "Kay kwayan yo" (Dar al-Mu'minin) ye?
C: Kay kwayan yo, se Paradi (Al-Jannah) ,men sa senyè toupwisan an di: "Sètènman, Allah pral fè moun ki kwè yo epi ki fè sa ki byen yo antre nan jaden (Paradi) kote dlo ap koule anba yo." (Sourat Muhammad, vèsè 12)
Kesyon 30: Ki kote "Kay moun ki pa gen lafwa yo" (Dar al-Kafirin) ye?
R: Lanfè a, men sa senyè toupwisan an di: Se pou nou pè Dife a, kote se moun ak wòch ki sèvil chabon ; se yon kote ki prepare espesyalman pou moun ki pa gen lafwa yo. vèsè 24 nan Sourat Al-Baqarah
Kesyon 31: Ki sa ki "Laperèz" (Al-Khawf) epi ki sa ki "Espwa" (Ar-Raja)? Ki prèv ki genyen pou sa?
Laperèz (Al-Khawf): Se lè yon moun gen krentif pou Allah epi li pè chatiman Li.
Lespwa: se gen gwo anvi pou jwenn rekonpans Allah, padon Li, ak mizèrikòd Li.
Prèv la, se pawòl Allah Granmèt la di: Moun sa yo yap adore a (zanj oswa pwofèt), yo menm tou yap chèche mwayen pou yo pwoche pi prè Mèt yo a; yap espere jwenn mizèrikòd Li epi yo pè chatiman Li. Anverite, chatiman Mèt ou a se yon bagay tout moun dwe veye pou yo pa tonbe ladan li. vèsè 57 nan Sourat Al-Isra
Men sa senyè toupwisan an di: Fè sèvitè m yo konnen se mwen menm ki gen anpil padon epi ki gen anpil mizèrikòd (49). Men tou, fè yo konnen chatiman mwen an se yon chatiman ki fè mal anpil (50). se vèsè 49-50 nan Sourat Al-Hijr
Kesyon 32: Bay kèk nan non ak kalite Allah ki gen tout pouvwa a.
R: Allah, Seyè a, Sila ki gen anpil Mizèrikòd la, Sila ki tande tout bagay la, Sila ki wè tout bagay la, Sila ki konnen tout bagay la, Sila ki banou sa nou bezwen an, Sila ki toujou vivan an, Sila ki gran an, Sila ki gen anpil sajès la .... ak lòt ankò pami Pi Bèl Non yo ak kalite (Atribi) wo yo.
Kesyon 33: Eksplike non sa yo.
Repons : "Allah: Sa vle di Senyè toupwisan an (Divinite) ki merite pou yo adore Li ak tout verite, Li sèl san Li pa gen asosye."
- Mèt la (Senyè a): sa vle di se Li menm ki Kreyatè a, ak Mèt la, se Li ki bay tout sa nou bezwen poun viv (pwovizyon), epi se Li menm kap jere tout bagay poukont Li, ki gran anpil la.
- As-Sami‘ (السميع): Sa ki tande tout bagay la. Se Li menm ki tande tout sa ki egziste nèt, epi Li tande tout son yo, kèlkeswa diferans yo ak divèsite yo.
- Al-Basir (البصير): Sa ki wè tout bagay la. Se Li menm ki wè tout bagay, epi Li wè tout sa ki egziste, kit yo piti, kit yo gwo.
- Sila ki konnen tout bagay la (Al-Alim): Li se sila ki anvlòpe tout bagay ak konesans li, nan tan lontan, nan tan prezan, ak nan tan kap vini an.
- Ar-Rahman (الرحمن): Sila ki gen tout krentif la (oswa ki gen yon pitye ki san limit). "Se Li menm ki gen yon mizèrikòd ki kouvri tout kreyati ak tout sa ki vivan, konsa tout sèvitè yo ak tout kreyati yo anba mizèrikòd li."
- Ar-Razaq (الرزاق): Se Li menm ki pran reskonsablite pou li bay tout kreyati yo sa yo bezwen pou yo viv (pwovizyon), kit se moun, djinn, ansanm ak tout bèt yo.
- Sila ki toujou Vivan an: Se Senyè ki toujou Vivan an ki pap janm mouri a, epi tout kreyati yo ap mouri.
- Al-Azim (العظيم): Sa ki gen tout grandè a. "Se Li menm ki gen tout pèfeksyon ak tout grandè nan non li yo, nan kalite li yo, ak nan aksyon li yo."
- Al-Hakim (الحكيم): Sila ki gen bon konprann nan. Se Li menm ki fè kreyasyon Li a pafè, ki fè l ak presizyon, epi ki fè l nan pi bon fason an, epi Li gen yon bon konprann (sajès) nan sa Li kreye ak nan lòd Li bay.
Bon konprann lan se lè yon moun mete chak bagay nan plas kote yo dwe ye a, epi li bay chak moun oswa chak sitiyasyon valè ak nivo ki meritel la.
Kesyon 34: Ki devwa nou anvè savan Mizilman yo?
Nou dwe renmen yo, epi se bò kote yo pou nou tounen lè gen keksyon oswa gwo pwoblèm ki rive nan relijyon an. Nou pa dwe pale de yo si se pa an byen; epi nenpòt moun ki pale yo mal, moun sa a pa sou bon chemen an.
- Men sa senyè toupwisan an di: Allah ap mete moun nan mitan nou ki gen lafwa yo ak moun ki gen konesans yo nan yon pozisyon ki pi wo (lap ba yo plis onè). Epi, Allah konnen byen pwòp tout sa nap fè. [Al-Moujadalah: 11].
Kèsyon 35- Kiyès ki Zanmi Allah Granmèt la (Awliya Allah)?
Repons: Alye Allah yo, se tout moun ki gen lafwa tout bon nan kè yo epi ki gen krentif pou Allah nan fason yap aji. Men sa senyè toupwisan an di: Koute byen! Anverite, zanmi Allah yo pa gen anyen pou yo pè, epi yo pap nan lapenn (62). Se moun sa yo ki te gen lafwa epi ki te toujou ap veye konpòtman yo pou yo pa fè sa ki mal (yo te gen krentif) (63). vèsè 62 ak 63 nan Sourat Yunus
Kesyon 36: Èske lafwa se pawòl ak aksyon?
C: Lafwa se pawòl, aksyon, ak kwayans.
Lafwa se yon pawòl ki soti nan bouch, se yon konviksyon ak yon aksyon ki fèt nan fon kè, epi se yon pratik ki manifeste nan aksyon kò a ak nan fason moun nan respekte poto mitan relijyon yo.
- Nan hadith la daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: Lafwa gen plis pase 70 oubyen plis pase 60 branch. Sa ki pi wo a, se deklarasyon 'La ilaha illa Allah' (Pa gen lòt dye ki merite adorasyon pase Allah); sa ki pi ba a, se retire sa kap nwi moun sou chemen yo; epi modesti (Haya) se yon branch nan lafwa
Kesyon 37: Èske lafwa ogmante epi li diminye?
Repons : Wi, lafwa ogmante lè yon moun obeyi Allah (fè sa ki byen), epi li diminye lè yon moun dezobeyi Allah (fè sa ki mal).
- Men sa senyè toupwisan an di: Anverite, kwayan yo (moun ki gen lafwa yo) se sèlman moun ki, lè yo mansyone Allah, kè yo tranble, epi lè yo resite vèsè Li yo pou yo, sa ogmante lafwa yo, epi se sou Seyè yo, yo mete konfyans yo. vèsè 2 nan Sourat Al-Anfal
K38: Kisa ki Pèfeksyon an?
R: Se adore Allah kòmsi ou tap wè li, paske menm si ou pa wè li; li menm li wè ou.
K39: Kilè aksyon yo akseptab devan Allah (Glwa pou Li)?
c: Zèv yo ap aksepte nan 2 kondisyon sa yo :
1. Si li fèt ak yon kè ki sensè pou Allah sèlman.
2. Epi si li fèt daprè Sounnah Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li).
Kèsyon 40: Kisa mete konfyans nan Allah Granmèt la ye?
Repons : Mete konfyans nan Allah (Al-Tawakkul): Se lè yon moun apiye nèt sou Allah pou li jwenn sa ki bon pou li epi poul evite sa ki mal, pandan lap itilize tout mwayen lojik ak pratik ki disponib pou sa.
Men sa senyè toupwisan an di: "Nenpòt moun ki mete tout konfyans li nan Allah, Senyè a sifi pou li (Allah ase pou li)." Sourat At-Talaq vèsè 3
Hasbuhu (حَسْبُهُ): Sa vle di Li sifi pou li.
Kesyon 41: Ki devwa nou genyen pou n kòmande sa ki byen epi anpeche sa ki mal?
Repons: Sa ki byen (Al-Ma'ruf): se bay lòd pou fè tout kalite obeyisans pou Allah, Epi, Munkar la : se entèdiksyon tout dezobeyisans anvè Allah (ki gen tout pouvwa ak tout glwa a).
- Men sa senyè toupwisan an di: Nou se pi bon nasyon yo mete deyò pou sèvi limanite; paske nou kòmande sa ki byen (Al-Ma'ruf), nou anpeche sa ki mal (Al-Munkar), epi nou gen lafwa nan Allah vèsè 110 nan Sourat Al-Imran
Kesyon 42: Ki moun ki Ahlus Sunnah wal-Jama'ah?
R: Yo se moun ki kanpe sou menm modèl ak fason pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te viv, ansanm ak konpayon li yo, nan pawòl, nan aksyon, ak nan kwayans.
- Epi yo te rele yo patizan Sounah la: paske yo swiv Sounah Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li), epi yo evite envante move pratik.
Epi yo rele yo 'Al-Jama'ah' paske yo rasanble sou sa ki vre a, epi yo pa divize sou sa.
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: Pèp Izrayèl la te divize an 72 branch, epi nasyon mwen an ap divize an 73 branch. Yo tout ap nan Lanfè, eksepte yon sèl branch." Yo mandel: "Kiyès li ye, O Mesaje Allah ?" Li reponn: "Se moun ki mache sou chemen mwen menm ak konpayonm yo ap swiv la.
Seksyon Lalwa ak Pratik Relijye (Al-Fiqh)
Syans lalwa relijye a:
Fik: Se konesans sou règleman lalwa relijye yo ki konsène aksyon pratik moun, tankou: pwòpte (tahara), lapriyè, zaka (bay pòv), jèn, pèlerenaj (Hadj), djihad (batay nan chemen Allah), ak tout lòt pratik ki mande aksyon konkrè.
Kesyon 1: Defini kisa Pwòpte (At-Taharah) ye.
Repons:Pwòpte (At-Taharah): Se retire tout sa ki sal sou kò a, sou rad, oswa nan kote nap fè adorasyon, epi se retire eta "mank pwòpte'' (al-hadath) ki anpeche yon moun fè lapriyè oswa lòt adorasyon.
Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Kle lapriyè a se pirifikasyon an»
Pwòpte kont salte (Al-Khabath) "Se lè yon Mizilman retire tout sa ki sal ki tonbe sou kò li, sou rad li, oswa sou kote ak espas kote lap fè lapriyè a.
Pwòpte nan Lalwa: Se pirifikasyon ki fèt ak Ti dlo (Woudou) oswa Gwo dlo (Ghousl), avèk dlo ki pirifye, oswa ak Tayamoum pou moun ki pa jwenn dlo, oswa ki pa kapab sèvi avèl.
Kesyon 2: Kijan pou wou pirifye yon bagay ki vin an kontak ak yon salte?
Repons : Lè li lavel ak dlo jiskaske kote sa a vin pwòp nèt. Kanta pou yon veso yon chyen niche ladanl; se pouw lave li 7 fwa, premye fwa a fèt ak tè.
Epi daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Pou pirifye veso youn nan nou si yon chen niche ladanl, se poul lave li 7 fwa, premye fwa a fèt ak tè.»
K3: Ki byenfè woudou a genyen?
R: Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: Lè yon sèvitè mizilman —oswa kwayan— fè woudou, epi li lave figil ; tout peche li te fè ak zyel ap soti nan figi li ansanm ak dlo a —oswa ak dènye gout dlo a—. Lè li lave 2 men li ; tout peche men li yo te fè ap soti nan men li ansanm ak dlo a —oswa ak dènye gout dlo a—. Lè li lave 2 pyel; tout peche pyel te fè lèl tap mache ap soti nan pyel ansanm ak dlo a —oswa ak dènye gout dlo a—; jiskaske li soti pwòp nèt, san okenn peche.
Kesyon 4: Kijan ou fè Woudou?
R: Lave 2 pla menw yo 3 fwa. Epi rense bouch ou, rale dlo nan nen ou ak soufle li soti 3 fwa.
Ranse bouch (Al-Madmadah): Se mete dlo nan bouch ou, fèl fè mouvman anndan an, epi voyel jete.
- Epi rale dlo nan nen an (al-istinshāq): sa vle di li rale dlo a ak souf li pou li monte andedan nen an ak men dwat li.
- Al-Istinthar (الاستنثار): Se aksyon pou mete dlo a deyò nan nen an ak men gòch ou, aprè ou fin rale dlo nan nen w.
- Aprèsa, lave figiw 3 fwa.
- Apre sa, lave 2 men yo rive nan koud yo 3 fwa.
- Aprèsa, pase men mouye sou tèt la; ou pase 2 men ou yo ale dèyè epi tounen devan, epi ou siye 2 zòrèy yo.
- Apre sa, lave 2 pye yo rive jis nan zo jwenti pye yo 3 fwa.
Sa a se sa ki pi konplè a, epi sa te etabli kòm sa ki kòrèk ki soti nan Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) nan plizyè adit nan Bukhari ak Muslim, ke Uthman, Abdallah ibn Zaid, ansanm ak lòt moun te rapòte daprè li, Epi, sa soti nan yon sous ki sèten bò kotel ankò nan Al-Boukhari ak lòt yo: Gen pafwa li te fè woudou kote li lave chak manm yon sèl fwa, epi gen pafwa li te fè woudou kote li lave chak manm 2 fwa.» Sa vle di: Li lave chak pati nan kò a ki dwe lave nan woudou a yon sèl fwa, oswa 2 fwa.
K5: Ki sa ki obligasyon yo nan woudou a, epi konbyen yo ye?
C: Se sa yo ki, si yon Mizilman kite youn nan yo, woudou li pa valab.
1. Lave figiw, epi sa gen ladan li rense bouch ou ak rale dlo nan nen w.
2. Lave 2 men yo rive nan koud yo.
3. Li siye tèt li, epi 2 zòrèy yo se yon pati nan tèt la.
4. Lave 2 pye yo rive jis nan zo jwenti pye yo.
5. Respekte lòd pati kò yo youn aprè lòt, sa vle di lave figi a, aprèsa, 2 men yo, aprèsa, pase men mouye sou tèt la, aprèsa, lave 2 pye yo.
Men sa senyè toupwisan an di: O nou menm ki kwè! Lè nap leve pou nal fè lapriyè, lave figi nou, lave men nou rive jis nan koud bra nou; pase men mouye sou tèt nou, epi lave pye nou rive jis nan zo jwenti pye nou. [Sourat Al-Ma'idah: 6]
6- Al-Muwalat (Kontinite): Se egzekite tout etap woudou yo youn dèyè lòt san rete. Pou woudou a valab, ou pa dwe kite yon espas tan ki twò long ant manm kò wap lave, konsa manm ou te lave anvan an pa gen tan seche nèt anvan ou pase nan pwochen an. Tankou si li ta fè mwatye woudou, epi li konpletel nan yon lòt lè, woudou li a pa valab.
Dapre Adit la: «Pwofèt la (Ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te wè yon nonm kap fè lapriyè epi sou do pye li te gen yon ti kote sèk gwosè yon dirham dlo pat touche. Lè sa a, Pwofèt la (Ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te ba li lòd pou li refè woudou a ak lapriyè a.»
Kesyon 6: Ki sa "Sunnan al-Woudou" yo ye, epi konbyen yo ye?
Repons: Sunnan al-Woudou (Aksyon ki pa obligatwa nan woudou) "Sunnan al-Woudou: Se aksyon sa yo, si moun kap fè woudou a fè yo, lap jwenn plis rekonpans; men si li pa fè yo, li pa fè okenn peche, epi woudou li a valab nèt.
1. Di 'Bismillah' : "Bismillah" (Nan non Allah). Daprè Adit la: «Pa gen woudou pou moun ki pa mansyone non Allah sou li.»
2. Fè siwak. Daprè Adit la: Sim pat pè poum pat rann chay la twò lou pou nasyon mwen an, mwen ta pase yo lòd pou yo sèvi ak miswak (ti bwa pou netwaye dan) chak fwa yap fè woudou.
3. Lave 2 pla menw yo.
4. Lave nan mitan dwèt yo. Daprè Adit la: «Fè woudou (pirifikasyon) ou byen fèt, netwaye nan mitan dwèt ou yo, epi byen rale dlo nan nen w nèt (ak anpil dlo), sòf si ou nan karem (lè wap fè jèn)»
5. Lave pati kòw yo yon dezyèm ak yon twazyèm fwa.
6. Kòmanse ak bò dwat la. Daprè Hadith Manman Kwayan yo, Aïcha a, (ke Allah satisfè avèk li), li te di: «Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn renmen kòmanse ak bò dwat nan mete soulye li, nan penyen cheve li, nan pirifikasyon li, epi nan tout afè li»
7. Envokasyon aprè ablisyon an: "«Mwen temwaye pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, li sèl, li pa gen asosye, epi mwen temwaye Muhammad se sèvitè Li ak mesaje Li.»"
8. Lapriyè 2 raka aprè li. Daprè Adit la: «Moun ki fè woudou menm jan ak woudou sa a, aprèsa li fè 2 'Rakat ' san li pa kite lespri li distrè ladan yo, yap padone li pou tout peche li te fè anvan yo.»
Kesyon 7: Ki bagay ki anile woudou a(ablisyon an)?
R: - Sa ki soti nan 2 pasaj yo: devan ak dèyè, tankou pipi oswa poupou oswa van.
- Dòmi, oswa foli oswa pèdi konesans. Daprè Adit la: «zye a kòm "Sistèm Siveyans" Kò a, kidonk moun ki dòmi, se poul fè woudou.»
- Manje vyann chamo. Yon mesye te mande Pwofèt la (Ke lapè ak benediksyon Allah sou li): Èske mwen dwe pran dlo (fè ablisyon) aprè mwen fin manje vyann chamo? Li reponn: «Wi».
Touche pati prive yo (devan oswa dèyè) dirèkteman ak men an, san pa gen anyen nan mitan yo (tankou yon twal oswa rad). Daprè Adit la: «Nenpòt moun ki touche pati prive li, se pou li refè woudoul.»
Kesyon 8: Kisa "At-Tayammum" ye?
At-Tayammum: Se sèvi ak pousyè tè oswa lòt matyè ki soti nan tè a, lè pa gen dlo oswa lè li pa posib pou yon moun sèvi ak dlo.
Men sa senyè toupwisan an di: "Epi si nou pa jwenn dlo, al chache yon tè ki pwòp, epi pase men nou sou figi nou ak men nou. Se vre wi, Allah se moun ki konn efase peche, epi li konn padone anpil." [An-Nisa: 43].
Kekyon 9 : Kouman pou fè tayamoum?
Repons : Ou frape tè a ak 2 pla men ou yon sèl fwa, aprèsa ou siye vizaj ou, epi ou siye 2 pla men ou.
Daprè pawòl Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) bay Ammar ibn Yasir (ke Allah satisfè avèk li): «Li te sifi pou ou annik fè konsa.» Epi Pwofèt la frape tè a ak 2 men li yo, epi li soufle ladan yo, aprèsa, li mase figi li ansanm ak 2 men li yo.
Kesyon 10: Ki bagay ki anile Tayammoum?
c: - Tout bagay ki anile woudou a(ablisyon an).
- Si yon moun jwenn dlo.
Kesyon 11: Kisa 2 Khouf ak 2 Chosèt yo ye, epi èske nou ka pase men mouye sou yo?
c: - Al-Khuff: Se sa yon moun mete nan pyel ki fèt ak kwi.
- Al-Djawrab: Se sa yo mete nan pye ki pa fèt ak kwi.
Li otorize pou moun pase men mouye sou yo nan plas lave 2 pye yo.
- Daprè Adis Mughira ibn Shu'bah (se pou Allah satisfè avèk li), kote Mesaje Allah la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te pran dlo (fè ablisyon), epi li te pase men mouye sou 2 chosèt li yo.
- Epi nan Al-Boukhari ak Mouslim: Epi li te pran dlo (fè ablisyon), epi li te pase men mouye sou 2 khouf yo.
Kesyon 12: Ki bon konprann(rezon) ki genyen nan pase men mouye sou 2 khouf yo?
c: Se pou rann lavi a pi senp epi retire chay sou do sèvitè yo, sitou nan moman kote fè frèt ak nan tan livè, oswa lè yon moun nan vwayaj, kote yo ta jwenn difikilte pou yo retire sa yo mete nan pye yo. Men sa senyè toupwisan an di: Allah vle sa ki fasil pou nou, epi li pa vle sa ki difisil pou nou. [Al-Baqarah 185].
Kesyon 13: Ki kondisyon pou siye sou Khouffayn yo valab?
R: 1- Pou li mete Al-Khouf yo pandan li gen pirifikasyon sou li, sa vle di aprè li fin fè ablisyon.
Daprè Hadith Al-Moughira a, (ke Allah satisfè avèk li), li te di: Mwen te avèk Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) nan yon vwayaj, konsa mwen te bese poum retire chosèt an kwi li yo, epi li te di: "Kite yo tou 2, paske mwen te mete yo pandan yo tou 2 te pirifye". Epi li te pase men sou yo.
2. Khuff la dwe pwòp, kidonk li pa pèmèt pou pase men sou salte.
3. Chosèt la dwe kouvri pati ki obligatwa pou lave nan ablisyon an.
4- Pou siye a fèt nan peryòd tan ki defini a, pou moun ki rete lakay li ki pa nan vwayaj : Se 1 jou ak 1 nwit, epi pou moun kap vwayaje: Se 3 jou ak 3 nwit.
Pou diskou Ali a, ke Allah agreyel': Mesaje Allah a (Lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te fikse 3 jou ak 3 nwit pou moun kap vwayaje ,epi yon jou ak yon nwit pou moun ki rete lakay li.
Kesyon 14: Ki fason pou moun pase men mouye sou Khouffayn yo?
Repons: Men kijan pouw pase men an: Se pou moun nan mete dwèt li yo pandan yo mouye ak dlo sou dwèt pye li yo, epi li pase men li yo moute rive nan kòmansman janm li. Li dwe pase men dwat li sou pye dwat li, epi men gòch li sou pye gòch li. Li dwe louvri dwèt li yon ti jan pandan lap pase men an, epi li pa fèt poul repete aksyon an (li fèl yon sèl fwa).
Kesyon 15: Kisa ki kraze pèmisyon pouw pase men mouye sou Khouffayn yo?
Repons: 1. Lè tan limit pou pase men an fini: Li pa pèmèt pou yon moun pase men sou chosèt (oswa soulye) aprè limit tan lalwa (Charia) fikse a fin pase. Limit sa a se yon jou ak yon nwit pou moun ki lakay li (rezidan), epi 3 jou ak 3 nwit pou moun kap vwayaje.
2. Retire chosèt/soulye yo: Si yon moun retire chosèt li yo (oswa soulye) oubyen li retire youn ladan yo aprè li te fin pase men sou yo, aksyon pase men an vin anile (li pa valab ankò).
Kesyon 16: Ki valè (merit) lapriyè genyen?
R: Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: E si te gen yon rivyè devan pòt kay youn nan nou, epi li lave kò li ladan li 5 fwa chak jou, èske nou panse ta ka rete yon ti salte sou li?» Yo reponn: «Non, patap rete okenn salte sou li.» Lè sa a, Pwofèt la di: «Se menm jan an tou pou 5 priyè yo; Allah sèvi ak yo poul efase tout peche yo.
- Kras: Salte.
Kesyon 17: Ki siyifikasyon Lapriyè a?
R: Lapriyè a: se adore Allah avèk pawòl ak aksyon espesyal, ki kòmanse ak Takbir, epi ki fini ak Taslim.
Kesyon 18: Ki sa lalwa di sou lapriyè ?
c: Lapriyè se yon obligasyon pou chak mizilman.
- Men sa senyè toupwisan an di: "Vrèmanvre, Lapriyè se yon obligasyon pou kwayan yo nan lè ki fikse." [An-Nisa: 103].
Kesyon 19: Kisa lalwa di sou yon moun ki abandone lapriyè (pa fè lapriyè)?
Repons: Sispann priye oswa Neglije lapriyè se Mekreyans ,dezobeyisans. Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: Angajman (kontra) ki mare nou ak yo a, se lapriyè a; depi yon moun abandonel , li tonbe nan enkredilite (kifr).
Kesyon 20: Konbyen priyè ki obligatwa pou yon Mizilman nan yon jounen ak yon nwit? Epi konbe rekāt ki genyen nan chak priyè?
R: 5 priyè pandan jounen an ak lannwit lan.
- Lapriyè Fajr: 2 raka.
- Epi lapriyè Dhuhr la: 4 raka
- E lapriyè Asr la: 4 rakat.
- E lapriyè Maghrib la: 3 rakat
- Ak lapriyè Icha a: 4 rakat.
Kesyon 21: Ki kondisyon pou yon moun fè lapriyè (Salat)?
1. Islam: Lapriyè a pa valab si moun nan pa mizilman; paske tout bon aksyon yon moun fè tonbe (yo anile) si li nan asosyasyon (Shirk).
Men sa senyè toupwisan an di: « Si ou ta bay Allah asosye (Chirk), travay ou yo tap pèdi valè nèt. » [Az-Zoumar: 65].
2. Gen bon sans (lespri); konsa, li pa valid si se yon moun ki fou.
3. Laj kote timoun nan kòmanse gen konprann; konsa, li pa valid si se yon timoun ki twò piti pou li konprann sa li ap fè a (ki pa gen kapasite pou li distenge byen ak mal).
Paske Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Yo leve plim nan pou 3 kalite moun: pou moun kap dòmi an jiskaske li leve, pou timoun nan jiskaske li grandi, epi pou moun ki pa gen lespri a jiskaske li rejwenn lespri l oswa li reprann konesans li»
4. Entansyon an.
Nan adit la (pawòl Pwofèt la): «Tout aksyon depann entansyon ki dèyè yo, epi chak moun ap jwenn rekonpans selon sa li te gen nan entansyon li.»
5. Lè lapriyè a rive Men sa senyè toupwisan an di: Anverite, lapriyè se yon obligasyon pou kwayan yo, epi yo dwe fèl nan lè ki fikse pou sa. Sa a se vèsè 103 nan Sourat An-Nisa
6. Pwòpte nan retire eta enpite (Salte) Daprè Adis la: Allah pa aksepte lapriyè okenn nan nou si li nan eta enpite (salte), toutotan li pa fè ablisyon (Woudou).
7. Netwaye tout kras (Najasah) Daprè pawòl li, Sila a ki egzalte a: Epi rad ou yo, netwaye yo. [Al-Mouddassir: 4].
8. Kouvri pati entim yo (Awrah). Men sa senyè toupwisan an di: pitit pitit Adan yo! Mete bèl rad nou (abiye nou byen ak pwòpte) chak fwa nap lapriyè. vèsè 31 nan Sourat Al-A'raf
9. Vire fas bò kote Kibla a. Men sa senyè toupwisan an di: Konsa, vire figi ou nan direksyon Moske Sakre a (Masjid Al-Haram), epi kèlkeswa kote nou ye, vire figi nou nan direksyon li. [Al-Baqarah: 144].
K22: Kisa ki pilye lapriyè a?
R: Li genyen 14 pilye (pwen prensipal), men ki jan yo ye (men lis la):
- Kanpe dwat: Pou moun ki kapab (nan lapriyè obligatwa yo). Daprè Hadith Imran bin Husayn (ke Allah satisfè de li), ki soti nan Pwofèt la (Pè ak benediksyon Allah kouvri li): «Priye kanpe, men si ou pa kapab, fè li chita, men si ou pa kapab, fèl sou kotew»
- 'Takbirat al-Iram' la, ki se: "Allahu Akbar (Allah se pi gran an)". Daprè pawòl li, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): «Lè ou kanpe pou ou al fè lapriyè, fè Takbir.»
- Li Al-Fatiha. Daprè pawòl li, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): «Pa gen lapriyè pou yon moun ki pa li chapit ki ouvri liv la (Al-Fatiha)»
- 'Ruku', epi li drese do li byen dwat, epi li mete tèt li nan menm nivo ak do li.
Leve soti ladan li.
- Kanpe dwat. Dapre pawòl li, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): «Answit, panche jiskaske ou poze nan pozisyon panche a (Ruku), answit, leve jiskaske ou kanpe dwat»
- Fè pwostènasyon (Soudjoud), epi byen poze fwon li ak nen li, pla men li yo, jenou li yo, ak pwent dwèt pye li yo nan plas kote lap fè Soudjoud la.
- Leve soti nan Soudjoud la.
- Chita ant 2 pwostènasyon yo. Daprè pawòl li, (ke lapriyè ak lapè sou li): «Answit, pwostène jiskaske ou byen poze nan pwostènasyon an, epi leve jiskaske ou chita byen poze»
Sa ki Sounah se: pou li chita sou pye goch li (plat atè), epi li drese pye dwat li, epi li dirijel nan direksyon Qiblah a. Daprè Hadith Manman Kwayan yo, Aïcha a, (ke Allah agreye li): «Li te konn kouche pye goch li atè, epi li drese pye dwat li»
Trankilite (At-Touma'ninah): Se rete poze nan chak pilye ki mande yon aksyon.
- Dènye 'Tachahoud' la. Pou Hadith Ibn Mas'oud la, ke Allah satisfè de li, li te di: "Nou te konn di nan lapriyè (kèk pawòl) anvan yo te rann Tachahhoud la obligatwa."
- Rete chita pou li
- 2 'Salam' (salitasyon) yo, ki se di 2 fwa: 'Assalamou Alaykoum wa Rahmatoullah' (Se pou lapè Allah ak mizèrikòd li sou nou). Daprè Adit la: «Li te konn bay 'Salam' (salitasyon) sou bò dwat li epi sou bò gòch li: 'Assalamou Alaykoum wa Rahmatoullah' (Se pou lapè Allah ak mizèrikòd li sou nou), 'Assalamou Alaykoum wa Rahmatoullah'»
- Swiv lòd pilye yo jan nou te mansyonel la: Ou dwe fè etap yo youn aprè lòt nan lòd yo ye a.
K23: Ki sa ki devwa yo nan lapriyè a?
C: Obligasyon (Wajib) lapriyè yo; yo se 8, jan sa a:
1. Takbir yo (di Allahu Akbar), eksepte Takbir kòmansman an (Takbiratoul-Ihram).
2. Pou di: "Allah koute sila ki fè lwanj pou li" pou imam nan ak moun kap priye poukont li a.
3. Pou di: «O Senyè nou, tout louwanj se pou ou».
4. Pou li di: «Subhana Rabbiyal 'Adhim» (Glwa pou Mèt mwen ki gen anpil grandè) yon sèl fwa nan 'Ruku' a.
5. Pou li di «Subhana Rabbiyal A'la» (Glwa pou Mèt mwen ki pi wo a) yon sèl fwa nan pwostènasyon an (Soudjoud).
6. Li di: «Mèt mwen, padonem» ant 2 Soudjoud yo.
7. Premye 'Tachahoud' la.
8. Chita pou premye 'Tachahoud' la.
Kesyon 24: Ki sa "Sounna" (Pratik rekòmande) lapriyè yo ye?
C: Gen 11 pratik ki rekòmande (Sounna), jan sa a:
1. Pawòl li aprè Takbirat Al-Ihram nan: "O Allah, glwa pou ou ak lwanj pou ou, non ou gen benediksyon, grandè ou anlè nèt, epi pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon an Sèlman ou menm" epi yo rele li: 'Doua Al-Istiftah' (priyè pou ouvri lapriyè a).
2. Chache pwoteksyon bò kote Allah (At-Ta'awwudh).
3. Al-Basmalah.
4. Di: "Amine."
5. Aprè ou fin li Sourat Al-Fatiha, ou dwe li yon lòt pati nan Koran an (yon lòt sourat nèt oswa kèk vèsè).
6. Li Koran an fò (ak vwa wo) pou Imam nan.
7. Pawòl ou di apre "Tahmid" la: "Yon lwanj ki plen syèl yo, ki plen tè a, epi ki plen tout sa Ou ta vle ankò apre sa."
8. Sa ki ajoute sou premye fwa a nan glwa wap rann pandan dow bese (Roukou). Sa vle di: dezyèm fwa a, twazyèm fwa a, ak tout lòt fwa anplis ou ajoute aprè sa.
9. Sa ki depase yon sèl fwa nan 'tasbih' 'Soudjoud' la.
10. Sa ki ajoute sou premye fwa a lèw di: «Rabbigh-fir li» ant fwon atè (Soudjoud) yo. Sa vle di: dezyèm fwa a, twazyèm fwa a, ak tout lòt fwa anplis ou ajoute aprèsa.
11. Lapriyè nan dènye Tachahoud la sou Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) ak sou fanmi li (ke lapè sou yo), ak benediksyon sou li ak sou yo, ak siplikasyon aprèsa.
Pratik ki rekòmande nan aksyon ak pozisyon (Sunan al-Af‘al), yo rele yo tou: Al-Hay’at (Fòm oswa Pozisyon).
1. Leve 2 men yo anmenmtan ak premye "Allahu Akbar" la (Takbiratoul Ihram).
2. Ak pandan lap fè 'Ruku' a (lè nou panche a).
3. Epi lè lap leve soti nan li.
4. Epi bese yo aprèsa.
5. Li mete men dwat li sou men gòch li.
6. Lap Gade kote li pral fè pwostènasyon an.
7. Li separe 2 pye li yo pandan li kanpe.
8. Li kenbe 2 jenou li yo ak 2 men li yo ak dwèt li yo separe pandan lap fè Roukou a, epi li drese do li , epi li mete tèt li nan menm nivo ak do li.
9. Poze pati kò ou yo ki dwe touche atè pou fè pwostènasyon an byen fèm atè a, epi fè yo touche dirèkteman kote wap fè pwostènasyon an (Soudjoud la).
10. Li dwe kenbe bra li yo lwen kòt li, li kenbe vant li lwen kwis li, epi kwis li lwen janm li, epi li separe jenou li yo, epi li drese pye li yo, epi li mete anba zòtèy li yo atè tou separe, epi li poze 2 men li yo nan nivo zepòl li yo, tou plat avèk dwèt yo kole ansanm.
11. Iftirach lèw chita ant fwon atè (Soudjoud) yo ak nan premye Tachahhoud la, epi Tawarrouk nan dezyèm nan.
12- Mete 2 men yo plat sou kwis yo, avèk dwèt yo kole, ant 2 Soudjoud yo, epi se menm jan an tou nan Tachahhoud la, eksepte ke li fèmen 2 dènye ti dwèt li yo nan men dwat li, epi li fè yon sèk ak pous li ak dwèt mitan an, epi li fè siy ak endèks la (dwèt kap montre a) lè lap mansyone Allah.
13. Li vire tèt li sou bò dwat epi sou bò gòch pandan lap bay 'Salam' la.
K25: Kisa ki ka anile lapriyè a?
Repons 1 : Neglije oswa bliye yon pilye oswa yon kondisyon nan lapriyè a.
2. Pale esprè (pandan lapriyè a).
3. Manje oswa bwè.
4. Anpil mouvman youn dèyè lòt.
5. Kite youn nan obligasyon lapriyè a volontèman.
K26: Kòman yon mizilman dwe priye?
c: Kijan pou w fè lapriyè a:
1. Li vire fas bò kote Kibla a ak tout kò li, san li pa devye ni vire gade lòt kote.
2. Aprèsa sa, li fè entansyon pou Lapriyè li vle fè a nan kè li, san li pa pwononse Entansyon an.
3. Aprèsa, li di 'Takbirat al-Iram' la, epi li di: 'Allahu Akbar' (Allah se pi gran an), epi li leve 2 men li rive nan nivo zepòl li yo pandan li ap di 'Takbir' la.
4. Aprèsa li mete pla men dwat li sou do men gòch li sou lestonmak li.
5. Aprèsa , li fè envokasyon ouvèti a, epi li di: O Allah, mete yon distans ant mwen menm ak pechem yo, menm jan Ou mete distans ant kote solèy leve ak kote solèy kouche. O Allah, netwaye pechem yo, menm jan yo netwaye yon rad blan pou retire tout tach sou li. O Allah, lave pechem yo ak dlo, ak lanèj, epi ak lagrèl.
Oubyen li di: "O Allah, glwa pou ou ak lwanj pou ou, non ou gen benediksyon, grandè ou anlè nèt, epi pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon an Sèlman ou menm."
6. Aprèsa, li chache pwoteksyon epi li di: "«Mwen chache pwoteksyon nan men Allah kont Satan sa yo rejte a»."
7. Aprèsa, li di Bismillah, epi li li Sourat Al-Fatiha, epi li di: 1- Nan non Allah, Sila ki gen anpil bonte a, Sila ki gen anpil mizèrikòd la. 2-Tout lwanj se pou Allah, Mèt ki kreye epi kap dirije tout linivè a. 3-Sila ki gen anpil bonte a, Sila ki gen anpil mizèrikòd la. 4- Sèl Mèt kap deside nan jou Jijman an. 5: Se Ou menm sèl nou adore, epi se Ou menm sèl nou mande sekou. 6- Gide nou sou chemen verite a, chemen ki dwat la. 7-Chemen moun Ou te voye benediksyon Ou sou yo, pa chemen moun ki merite kòlèw yo, ni chemen moun ki pèdi yo. [Al-Fatiha: 1-7].
Aprèsa, li di: "Amine" ki vle di: O Allah, aksepte priyè a.
8- Aprèsa, li sa ki fasil pou li nan Koran an, epi li fè lekti a pi long nan lapriyè Soubh (maten).
9. Aprè sa, li fè 'Ruku' (li panche kò li), sa vle di: li panche do li pou li glorifye Allah, li di 'Allahu Akbar' lè l ap fè 'Ruku' a, epi l ap leve 2 men li rive nan nivo zepòl li. Sounah a (sa ki rekòmande a), se pou li lonje do li dwat, mete tèt li nan menm nivo ak do li, epi li mete men li sou jenou li ak dwèt li yo louvri.
10. Li di nan 'Ruku' li a: «Subhana Rabbiyal 'Adhim» (Glwa pou Mèt mwen ki gen anpil grandè) 3 fwa, epi si li ajoute: «Subhanakallahumma wa bihamdika, Allahummaghfir li» (Glwa pou Ou, O Allah, epi tout louwanj se pou Ou, O Allah padone mwen), li bon.
11. Li leve tèt li soti nan pozisyon 'Ruku' a pandan lap di: «Allah koute sila ki fè lwanj pou li», epi nan moman sa a li leve 2 men li rive nan nivo zepòl li. Kanta pou moun kap swiv imam nan, li pa di: «Allah koute sila ki fè lwanj pou li», men pito li di nan plas li: «O Senyè nou, tout louwanj se pou ou».
Aprèsa, lè li fin leve (soti nan rkou), li di: «Mèt nou, tout lwanj se pou Ou; yon lwanj ki ranpli syèl la ak tè a, epi ki ranpli tout sa Ou vle apre sa.»
13. Apre sa, li fè premye pwostènasyon an (Soudjoud), epi li di pandan lap fè pwostènasyon an: «Allahu Akbar». Li pwostène sou 7 pati nan kòl: fwon li ak nen li, 2 pla men li yo, 2 jenou li yo, ak pwent dwèt pye li yo. Li dwe separe bwa bra li yo lwen kòt li, li pa dwe poze avanbra li yo atè, epi li dwe vire pwent dwèt li yo bò kote 'Kibla' a.
14. Epi li di nan pwostènasyon li (Soudjoud): «Subhana Rabbiyal A'la» (Glwa pou Mèt mwen ki pi wo a) 3 fwa, epi si li ajoute: «Subhanaka Allahumma Rabbana wa bihamdika, Allahumma ighfir li» (Glwa pou ou, O Allah, Senyè nou, epi tout louwanj se pou ou. O Allah, padonnen m), li bon.
15. Aprèsa, li leve tèt li soti nan 'Sujud' la epi li di: 'Allahu Akbar'.
16. Aprèsa, li chita ant 2 pwostènasyon yo sou pye goch li, epi li drese pye dwat li, epi li poze 2 men li yo sou kwis li yo ak sou jenou li yo.
17. Epi nan chita li a ant 2 pwostènasyon yo, li di: «Mèt mwen! Padonem, gen mizèrikòd pou mwen, gidem, ban mwen mwayen pou mwen viv, ranplase sa mwen pèdi yo/ranfòsem, epi ban mwen lasante.»
18. Aprèsa, li fè dezyèm pwostènasyon an (Soudjoud) menm jan ak premye a nan sa lap di ak sa lap fè, epi li di 'Allahu Akbar' lè lap fè pwostènasyon an.
19. Apre sa, li leve soti nan dezyèm pwostènasyon an pandan lap di: «Allahou Akbar». Li fè dezyèm raka a menm jan ak premye a nan tout jès ak tout pawòl, eksepte ke li pa refè priyè ouvèti a (Doua al-Istiftah) ladan li.
20. Aprèsa, li chita lè li fini dezyèm 'Raka' a pandan lap di 'Allahu Akbar', epi li chita egzakteman menm jan li chita ant 2 pwostènasyon yo.
21. Epi li li 'Tachahoud' la nan chita sa a, epi li di: "Tout salitasyon se pou Allah, ak lapriyè yo, ak tout bon bagay yo. Lapè sou ou, O Pwofèt, ak mizerikòd Allah ak benediksyon li yo. Lapè sou nou, ak sou sèvitè Allah ki dwat yo. Mwen temwaye ke pa gen okenn divinite eksepte Allah, epi mwen temwaye ke Muhammad se sèvitè Li ak mesaje Li. O Allah, voye lapriyè sou Muhammad ak sou fanmi Muhammad, menm jan Ou te voye lapriyè sou Ibrahim ak sou fanmi Ibrahim, vrèman, Ou merite tout lwanj epi Ou gen tout glwa. Epi voye benediksyon sou Muhammad ak sou fanmi Muhammad, menm jan Ou te voye benediksyon sou Ibrahim ak sou fanmi Ibrahim, vrèman, Ou merite tout lwanj epi Ou gen tout glwa. Mwen chache refij nan Allah kont chatiman Lanfè a, ak kont chatiman kavo a, ak kont eprèv lavi ak lanmò, ak kont eprèv fo Mesi a (Ad-Dajjal)" Aprèsa, li fè dou'a lap mande Senyè li a sa li renmen nan byenfè lavi isiba ak lavi aprè lanmò.
22. Aprèsa, li bay 'Salam' (salitasyon) sou bò dwat li pandan lap di: «Assalamou Alaykoum wa Rahmatoullah» (Se pou lapè Allah ak mizèrikòd li sou nou), epi sou bò gòch li konsa tou.
23. Epi si lapriyè a gen twa (3) oswa kat (4) raka (mouvman); li rete nan fen premye 'Tachahoud' la, ki se: «Mwen temwaye ke pa gen okenn divinite eksepte Allah, epi mwen temwaye ke Muhammad se sèvitè Li ak mesaje Li».
24. Aprèsa, li leve kanpe pandan lap di 'Allahu Akbar', epi li leve 2 men li rive nan nivo zepòl li nan moman sa a.
25. Apre sa, li fè rès priyè li a menm jan ak dezyèm 'Raka' a, sòf ke li li sèlman Sourat Al-Fatiha.
26. Aprèsa, li chita nan pozisyon 'Tawarouk' la, li drese pye dwat li, epi li fè pye gòch li soti anba janm dwat li, epi li poze dèyè li plat atè, epi li poze 2 men li yo sou kwis li yo menm jan li te poze yo nan premye 'Tachahoud' la.
27. Epi li li tout 'Tachahoud' la nan chita sa a.
28. Aprèsa , li bay 'Salam' (salitasyon) sou bò dwat li, pandan lap di: «Assalamou Alaykoum wa Rahmatoullah» (Se pou lapè Allah ak mizèrikòd li sou nou), epi sou bò gòch li konsa tou.
Kesyon 27: Kisa ou di nan envokasyon (Adhkar) yo aprè Taslim nan pou fini lapriyè a?
C: "Mwen mande Allah padon" 3 fwa.
"O Allah, se ou ki Lapè a, se nan ou lapè soti. Ou beni, ou menm ki gen tout grandè ak tout respè."
«Glwa pou Allah» 33 fwa.
«Alhamdulillah» (Lwanj pou Allah) 33 fwa.
"Allahu Akbar" (Allah se pi gran an) 33 fwa.
Aprèsa, li di pou konplete 100 an: «Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, Li sèl, li pa gen asosye. Se pou Li tout pouvwa a ye, se pou Li tout lwanj yo ye, epi Li gen pouvwa sou tout bagay.»
-"Ou dwe li sourat Al-Ikhlas, Al-Falaq ak An-Nas. Li yo 3 fwa aprè lapriyè Maten (Fajr) ak lapriyè Aswè (Maghrib). Pou lòt lapriyè yo, ou li yo yon sèl fwa sèlman."
- Epi li Ayat Al-Koursi, yon sèl fwa.
K28: Kisa Sunna Rawatib yo ye? Epi ki merit yo genyen?
R: 2 raka anvan Fajr.
- 4 raka anvan Dhuhr.
- 2 rakat aprè Dhuhr.
- 2 rakat aprè Maghrib.
- 2 rakat aprè Icha.
Merit li: Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Moun ki priye douz raka volontèman nan yon jou ak yon nwit, Allah va bati pou li yon kay nan Paradi»
Kesyon 29: Ki pi bon jou nan semèn nan?
R: Jou Vandredi a, Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: Vandredi se youn nan pi bèl jou nou genyen: Se jou sa a Allah te kreye Adan, se jou sa a Adan te mouri, se jou sa a twonpèt la va kònen (pou anonse lafen dimond), epi se jou sa a tout moun va tonbe san konesans. Se sak fè, voye anpil benediksyon (Salat) pou mwen nan jou sa a, paske benediksyon nap voye yo, yap prezante yo ban mwen. Yo di: «O Mesaje Allah la, epi kijan lapriyè nou ap prezante ba ou pandan ou fini tounen pousyè?» – yo vle di kò ou fin dekonpoze – Epi li di: "Allah ki gen tout pouvwa ak tout grandè, entèdi tè a manje kò pwofèt yo."
Kesyon 30: Ki règleman sou lapriyè Vandredi (Joumaa)?
c: Se yon obligasyon pèsonèl pou chak Mizilman gason, ki granmoun, ki gen bon konprann, epi ki rezidan.
Men sa senyè toupwisan an di: "O nou menm ki kwè! Lè yo fè apèl pou lapriyè jou Vandredi a, prese ale nan rapèl Allah la epi kite komès la. Sa pi bon pou nou, si nou konnen." [Al-Jumu'ah: 9].
K31: Konbyen raka ki genyen nan lapriyè Vandredi a (Joumaa)?
Repons: Kantite rakat lapriyè Vandredi a se 2 rakat li ye, kote Imam nan fè lekti a fò nan tou 2 rakat sa yo, epi ki gen 2 diskou (khutbah) ki byen koni ki fèt anvan yo.
K32: Èske li pèmèt pou yon moun manke lapriyè Vandredi a?
Repons: Li pa pèmèt pou moun manke lapriyè Vandredi a eksepte avèk yon eskiz ki valab daprè relijyon an, epi li soti nan Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), pawòl li: Nenpòt moun ki manke twa lapriyè Vandredi (Jumu'ah) paske li neglijan, Allah ap kouvri kè li (lap fèmen kè l).
K33: Site pratik yo rekòmande (Sunnah) nan jou Vandredi a.
c: 1. Lave tout kò a. Dapre pawòl li, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): «Lave kò (Ghusl) jou vandredi a se yon obligasyon pou tout moun ki fòme (ki rive nan laj majè)
2- Mete pafen. Daprè Adit la: Se yon devwa pou tout Mizilman pou yo benyen jou Vandredi, epi pou chak moun mete pafen (odeur) ki gen lakay li.
3. Mete pi bèl rad. Daprè Adit la: "Sa pa tap anyen si yon moun nan nou, si li gen mwayen, ta gen 2 rad espesyal pou jou Vandredi, anplis rad li konn mete pou travay li."
4. Ale bonè nan moske a.
5. Ale nan moske a ap mache a pye. Daprè Adis la: Nenpòt moun ki benyen jou Vandredi epi ki fè madanm li benyen tou, ki leve bonè epi ki deplase bonè, ki mache a pye epi li pa pran machin, ki chita touprè Imam nan, ki koute khutbah la byen epi li pa pale, Allah ap ba li pou chak pa li fè rekonpans yon ane travay: rekonpans yon ane ap fè jèn epi yon ane ap priye lannwit."
6. Fè anpil lapriyè sou Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li). Li di, lapè ak benediksyon Allah sou li: «Voye anpil salitasyon (priyè) pou mwen nan jou Vandredi a, paske se yon jou kote zanj yo prezan kòm temwen, epi pa gen pèsonn kap voye salitasyon pou mwen san ke salitasyon li a pa prezante devan mwen depi li fin fèl la.»
7- Li Sourat Al-Kahf. Daprè ppAdit la: «Nenpòt moun ki li Sourat Al-Kahf jou Vandredi, yon limyè ap klere pou li ant 2 vandredi yo.»
8. Chèche moman kote yo reponn siplikasyon an. Daprè adis Abou Hurayrah (ke Allah satisfè avè l) ki rapòte ke Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te mansyone jou Vandredi a, epi li te di: Gen yon moman nan jou sa a (Vandredi), depi yon sèvitè mizilman jwenn li pandan lap priye epi lap mande Allah ki gen tout pouvwa a yon bagay, senyè toupwisan an ap ba lil san manke.
Kesyon 34: Ki valè (merit) lapriyè an gwoup genyen?
R: Bò kote Abdoullah ibn Oumar (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), ke Mesaje Allah a (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di: «Lapriyè an gwoup pi bon pase lapriyè yon moun kap priye pou kont li ak 27 degre»
Kesyon 35: Kisa Khouchou (imilyite ak konsantrasyon) ye nan lapriyè a?
Repons: Se prezans kè a ak trankilite kò a (manm yo) ladan li.
Men sa senyè toupwisan an di: "Vrèmanvre, kwayan yo ap jwenn siksè (yo delivre)." Moun sa yo ki gen imilite (respè ak konsantrasyon) nan lapriyè yo. [Al-Mu’minun: 1-2].
K36: Kisa Zakat la ye?
R: Se yon dwa obligatwa sou yon byen ki espesifik, pou yon kategori moun ki byen presize, nan yon lè ki byen presize.
Li se youn nan pilye (prensip) Islam yo; se yon kado obligatwa (yon taks relijye) yo pran nan men moun rich pou yo bay moun ki pòv."
Men sa senyè toupwisan an di: Epi, bay Zakat la (bay pòv yo sak fè pati pa yo a)." [Al-Baqarah: 43].
Kesyon 37: Ki sa yo rele ofrann volontè (Sadaqah Mustahabbah)?
C): Li diferan ak Zakat la, tankou: bay nenpòt ki bagay kòm lacharite nan fè sa ki byen nan nenpòt ki lè.
Men sa senyè toupwisan an di: Epi depanse nan chemen Allah. [Al-Baqarah: 195].
Kesyon 38: Ki definisyon jèn (Siyam) lan?
C: Li se adore Allah nan kite tout bagay ki ka kase jèn nan, depi lè douvanjou a parèt jiska lè solèy la kouche, avèk entansyon an, epi li gen 2 kalite:
1. Jèn ki se yon devwa: tankou fè jèn nan mwa Ramadan, epi li se youn nan pilye Islam yo.
Men sa senyè toupwisan an di: O nou menm ki gen lafwa! Yo rann jèn nan obligatwa pou nou, menm jan yo te rann li obligatwa pou moun ki te anvan nou yo, pou nou ka vin gen krentif pou Allah [Al-Baqarah: 183].
2. Jèn ki pa yon devwa: tankou jèn lendi ak jedi nan chak semèn, ak jèn 3 jou nan chak mwa, epi sa ki pi bon ladan yo se jou blan yo (13, 14, 15) nan chak mwa linè.
K39: Ki benediksyon ki genyen nan fè jèn nan mwa Ramadan?
R: Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Sila a ki jene pandan Ramadan avèk lafwa epi poul chèche rekonpans, tout pechel ki te pase yo ap padone»
K40: Ki valè (merit) jèn volontè a genyen, jèn ki pa nan mwa Ramadan an?
R: Daprè Abou Sa'id al-Khoudri (ke Allah satisfè de li), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Pa gen okenn sèvitè ki jene yon jou nan chemen Allah, san Allah pa elwanye figi li anba Dife a pou 70 lane poutèt jou sa a.»
- Sans «70 otòn»; sa vle di: 70 zan.
K41: Ki bagay ki gate jèn nan?
j: 1. Manje ak bwè ak entansyon.
2. Fè tèt ou vonmi esprè.
K42: Kisa ki Sounnah jèn nan yo?
R: 1. Koupe jèn nan (manje) san pèdi tan depi lè a rive.
2. Manje avan douvanjou (Suhur) epi tann jis dènye moman an pou w fè sa.
3. Ogmante aksyon ki bon (byen) ak pratik adorasyon yo.
4. Lè yon moun ap fè jèn, si yon lòt moun jourel oswa pwovokel, se poul di: «Map fè jèn».
5. Fè envokasyon (Dua) nan moman wap koupe jèn nan.
6. Koupe jèn nan ak dat ki fre (Routab) oswa dat sèk (Tamr); si ou pa jwenn, fèl ak dlo.
Kesyon 43: Kisa Hajj la ye?
c: Hajj la: li se adore Allah ki anwo nan syèl la, pandan wap fè vwayaj pou ale nan Kay ki Sakre Li a, pou fè yon seri aksyon espesifik nan yon moman espesifik.
Men sa senyè toupwisan an di: Se yon devwa pou tout moun devan Allah pou yo fè pelerinaj nan Kay la (Kaaba), pou moun ki gen mwayen pou fè vwayaj la. Kanta pou moun ki refize kwè, anverite, Allah pa bezwen anyen nan men pèsonn nan linivè a. [Sourat Al-Imran, vèsè 97]
K44: Ki sa ki pilye Hajj la?
R: 1. Antre nan eta sakre (Al-Ihram).
2. Kanpe sou mòn Arafat .
3. Tawaf Al-Ifadah.
4. Mache ale vini an (Al-Sa'yi) ant mòn Safa ak mòn Marwa.
K45: Ki sa ki merit Hajj la?
R: Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè avè l), li te di: Mwen te tande Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) di: «Moun ki fè Hadj pou Allah, epi li pa komèt zak obsèn ni li pa fè peche; li retounen san peche, menm jan ak jou manman l te fè lia»
- «Tankou jou manman l te fèl la»: sa vle di san peche.
Kesyon 46: Kisa Omra a ye?
c: Omra a: li se adore Allah ki anwo nan syèl la pandan wap fè vwayaj pou ale nan Kay Sakre Li a pou fè yon seri aksyon espesifik nan nenpòt ki lè.
K47: Ki sa ki pilye (prensip obligatwa) Oumra ye?
c: Antre nan eta sakre (Al-Ihram).
2. Tawaf nan Kay la (Kaba a).
3. Mache ale vini an (Al-Sa'yi) ant mòn Safa ak mòn Marwa.
K48: Kisa Djihad nan chemen Allah a ye?
R: Se fè gwo efò ak tout kapasitew nan pwopaje Islam epi defann li ansanm ak moun li yo, oubyen konbat yon ènmi Islam ak patizan li yo.
Men sa senyè toupwisan an di: "Epi lite ak byen nou ak lavi nou nan chemen Allah. Sa pi bon pou nou, si nou te konnen." "[Repantans: 41]."
*******
Depatman Biyografi Pwofèt la
Istwa lavi Pwofèt la (Al-Sira al-Nabawiyya):
Istwa lavi Pwofèt la: Li se konesans sou lavi Pwofèt Mouhammad (ke benediksyon ak lapè Allah poze sou li) depi nan nesans li rive nan moman lanmò li.
K1: Ki rasin fanmi Pwofèt nou an Muhammad,( benediksyon ak lapè Allah sou li?
R: Li se Mouhammad pitit Abdoullah, pitit Abdoul-Mouttalib, pitit Hachim. Epi Hachim soti nan Qouraych, epi Qouraych soti pami Arab yo, epi Arab yo soti nan desandans Ismayèl, epi Ismayèl se pitit Abraham, ke pi bon lapriyè ak lapè a sou li menm ansanm ak sou Pwofèt nou an.
Kesyon 2: Ki non manman Pwofèt nou an (lapè ak benediksyon Allah sou li)?
c: Aminah bint Wahb.
K3: Kilè papa li te mouri?
Repons: Papal te mouri nan Madin pandan li te nan vant manmanl, li patko fèt (lapè ak Benediksyon Allah sou li).
Kèsyon 4: Ki lè Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te fèt?
Repons : : Nan ane Elefan an, nan yon jou lendi nan mwa Rabi' al-Awwal.
Kesyon 5: Nan ki peyi li te fèt?
C: Nan Makkah.
Kesyon 6: Kiyès ki te nouris li yo (madam ki te bal tete yo) ak moun ki te pran swen li yo apa manman li?
C: - Sèvant papa l, Umm Ayman.
- Esklav afwanchi tonton li (frè papa li) Abu Lahab, Touwayba.
- Halima as-Sa'diya.
Kesyon 7: Ki lè manman li te mouri?
R: Manman li te mouri lè li te gen sis (6) ane, epi granpè li Abdoul Moutalib te pran swen li.
Kesyon 8: Kiyès ki te pran swen li aprè lanmò granpè li, Abdul Muttalib?
R: Granpè li, Abdul Muttalib, te mouri lè li te gen 8 lane, epi tonton li, Abou Talib, te pran responsablitel.
K9: Ki laj li te genyen lè li te vwayaje ale nan peyi Siri (Cham) avèk tonton li?
c: Li te vwayaje ansanm ak tonton li pou ale nan peyi Chanm pandan li te gen 12 zan.
Kesyon10: Ki lè li te fè dezyèm vwayaj li a?
R: Dezyèm vwayaj li a se te pou fè komès ak lajan Kadidja (se pou Allah kontan avè l), epi lè li te tounen, li (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li) te marye avèk li, epi li te gen 25 Lane
K11: Kilè Quraysh te rebati Kaaba a?
R: Kourèch yo te rebati Kaaba a, epi li te gen 35 lane.
Yo te chwazi li kòm jij lè yo te gen yon diskisyon sou kilès ki tap mete Wòch Nwa a nan plas li. Li te mete wòch la sou yon moso twal, epi li te mande chak tribi pou yo kenbe yon bout nan twal la (yo te 4 tribi antou). Lè yo te fin level rive nan plas la, li te pran li ak men li epi li te pozel (benediksyon ak Lapè Allah sou li.
K12: Ki laj li te genyen lè li te resevwa misyon li (lèl te vin Pwofèt)? Epi, pou ki moun yo te voye li?
Repons: Li te gen 40 lane epi Allah te voye li pou tout moun kòm yon moun kap pote bòn nouvèl ak kòm yon avètisè.
K13: Ki premye fason revelasyon an te kòmanse parèt sou li?
J: Se te vizyon (rèv) ki toujou vrè yo; li pat janm fè yon rèv ki pat rive vrèman, klè kou dlo kokoye, menm jan solèy leve nan maten.
Kesyon 14: Kijan sitiyasyon li te ye anvan revelasyon an? Epi kilè revelasyon an te desann sou li pou premye fwa?
R: Li te konn al adore Allah nan twou wòch Hira a, epi li te konn prepare pwovizyon (manje ak dlo) pou sa.
Epi li te resevwa Revelasyon an, pandan li te nan kavèn(gwòt) lan ap fè adorasyon.
K15: Kisa ki te premye revele sou li nan koran an?
R: Pawòl senyè toupwisan an Sila a ki egzalte a: 1-Li nan non Senyè ou a, Li menm ki te kreye a 2-Li te kreye moun ak yon ti kras san (kaye) 3-Li , epi Seyèw la se Limenm ki gen plis jenerozite. 4-Se li menm ki te aprann moun sèvi ak plim pou yo ekri. 5- Li te aprann moun sa yo pat konnen. [Al-Alaq: 1-5].
Kesyon 16: Kiyès ki te premye moun ki te kwè nan mesaj li a?
R: - Pami gason yo: Abou Bakr As-Siddiq.
- Epi pami fanm yo: Kadidja, pitit fi Kouwaylid.
- Epi pami ti gason yo: Ali bin Abi Talib.
- Epi pami afwanchi yo: Zayd ibn Harithah.
- Epi pami esklav yo: Bilal Al-Habachi (se pou Allah kontan avèk yo).
K17: Kijan envitasyon pou vin nan Islam nan te ye?
R: Misyon envite moun nan te fèt an sekrè pandan anviwon 3 zan epi aprèsa li te resevwa lòd -(ke lapriyè ak lapè Allah sou li) poul fè apèl la aklè.
Kesyon 18: Kijan sitiyasyon Pwofèt la (Ke lapriyè ak lapè Allah sou li) ak moun ki te kwè nan li yo te ye aprè li te fin deklare misyon an aklè?
Repons:Moun ki tap adore zidòl yo te tèlman maltrete li epi maltrete rès mizilman yo, sa te fè li bay kwayan yo pèmisyon pou yo pati al refijye bò kote Najachi, nan peyi Etiopi (Abisini).
Tout moun ki tap adore zidòl yo te tonbe dakò pou yo maltrete epi touye Pwofèt la, (benediksyon ak lapè Allah sou li): men senyè te pwoteje li epi Li te fè tonton li, Abou Talib, rete bò kotel poul te ka defann li kont yo.
K19: Kiyès ki te mouri nan 10yèm ane misyon li a (Sallalahou Alayhi wa Sallam)?
Repons: Tonton li Abou Talib te mouri, ak madanm li Kadidja (se pou Allah kontan avè l).
Kesyon20: Ki lè vwayaj lannwit lan (Al-Isra) ak moute nan syèl la (Al-Miraj) te fèt?
C: Li te gen 50 an, epi 5 priyè yo te vin obligatwa sou li.
- Al-Isra: soti nan Masjid Al-Haram pou ale nan Masjid Al-Aqsa.
- Epi Asansyon an (Al-Miradj): se te soti nan Moske Al-Aksa a pou moute nan syèl la, jouk rive nan Sidrat Al-Mountaha.
Kesyon 21: Kijan Pwofèt la (Ke lapriyè ak lapè Allah sou li) te konn envite moun ki deyò lavil Lamèk yo nan relijyon an?
R: Li te konn envite moun lavil Tayif yo vin nan Islam, epi li te konn prezante tèt li pandan sezon pelerinaj yo ak kote moun yo te konn rasanble, jiskaske moun ki te soti lavil Medina pami Ansar yo te vini. Yo te kwè nan Pwofèt la (Ke lapriyè ak lapè Allah sou li), epi yo te fè sèman pou yo ba li pwoteksyon.
Kesyon 22: Konbyen tan Pwofèt la, ke lapriyè ak lapè Allah sou li, te rete nan Lamèk ap rele moun vin jwenn Allah?
Repons: Li te rete 13 ane.
Kesyon23: Ki kote Pwofèt la, (benediksyon ak salitasyon Allah sou li), te emigre (al rete)?
c: Soti Makkah rive Madinah.
Kesyon 24: Konbyen tan li te rete nan vil Medin?
R: 10 an.
K25: Kisa ki te vin obligatwa sou li nan vil Medin pami lwa (règleman) Islam yo?
C: Yo te rann obligatwa pou li Zakat la, jèn nan, pelerinaj la (Haj), Jihad la, apèl pou lapriyè a (Azan), ansanm ak lòt lwa Islam yo.
Kesyon 26: Ki batay ki pi enpòtan li te mennen yo (Ke lapriyè ak lapè Allah sou li)?
c: - Gwo Batay Badr la: Sa te fèt nan dezyèm lane aprè emigrasyon an (Hijra).
- Batay Ouhoud: Sa te fèt nan twazyèm lane aprè emigrasyon an (Hijra).
- .Batay Al-Ahzab (Batay Alye yo): Sa te fèt nan senkyèm lane aprè emigrasyon an (Hijra).
- Batay pou pran lavil Lamèk (Fathou Makka): Sa te fèt nan wityèm lane aprè emigrasyon an (Hijra).
K27: Ki dènye vèsè (oswa pati) ki te desann nan Koran an?
R: Pawòl senyè toupwisan an Sila a ki egzalte a: Epi, pè yon jou nap tounen vin jwenn Allah ; lè sa a, yap bay chak moun rekonpans pou sa yo te fè (ak tout sa yo te merite), epi yo pap fè yo okenn lenjistis. Sourat Al-Baqarah, vèsè 281
Kesyon 28: Kilè Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah poze sou li) te mouri? Epi ki laj li te genyen?
C: Li te mouri nan mwa Rabi al-Awwal, nan onzyèm lane Ejir la, lè li te gen swasann-twazan (63 lane).
K29: Site madanm Pwofèt la yo (Lapè ak benediksyon Allah kouvril).
R: 1. Kadidja pitit fi Khouwaylid (se pou Allah kontan avèl).
2. Sawda bint Zam'a (ke Allah satisfè de li).
3. Aicha bint Abou Bakr As-Siddiq (ke Allah satisfè de li).
4. Hafsa bint Omar, ke Allah satisfè de li.
5. Zaynab bint Khuzayma (ke Allah kontan avèk li).
6. Oum Salamah Hind bint Abi Oumayyah (ke Allah satisfè de li).
7. Oumm Habiba Ramla bint Abi Soufyan (ke Allah satisfè de li).
8. Jouwayriyah bint Al-Harith (se pou Allah kontan avè l).
9. Maymouna bint Al-Harith (ke Allah satisfè de li).
10. Safiyya bint Huyayy (ke Allah satisfè avèk li).
11. Zaynab bint Jahsh (ke Allah kontan avèk li).
K30: Kiyès ki pitit li yo (lapè ak benediksyon Allah sou li)?
c: Pami gason yo gen 3:
- Al-Qasim, epi se avèk li yo te konn ba li ti non li a (Kunya li).
-Epi Abdullah.
- Ak Ibrahim.
* Pami fi yo:
- Fatima.
- Ruqyah.
- Oum Koultsoum.
- Zaynab.
Tout pitit li yo te fèt ak Kadidja (se pou Allah kontan avè l), eksepte Ibrahim ki te fèt ak Mariya al-Qibtiyyah. Epi yo tout te mouri anvan li, eksepte Fatima ki te mouri 6 mwa aprè li.
Kesyon 31: Mansyone kèk nan kalite fizik Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li)?
Pwofèt la (benediksyon ak lapè Allah sou li) te gen yon wotè mwayen; li pat ni kout ni li pat twò wo, li te nan mitan. Po li te blanch ak yon ti koulè wouj ladan l. Li te gen yon bab ki byen pwès, zye li te laj, epi bouch li te byen fòme. Chevel te nwa kou lank, zepòl li te laj, epi li te toujou gen yon bon sant sou li, san konte rès bèl kalite fizik li te genyen yo.
Kesyon 32: Sou kisa Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te kite kominote li a?
Repons: Li (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te kite kominote li a sou chemen blan ki klè a, lannwit li menm jan ak lajounen ,pa gen moun ki devye de li eksepte moun kap peri. Li pat kite okenn byen san li pat montre Kominote a sa, ni okenn mal san li pat avètil kont li.
*******
Seksyon Eksplikasyon (Tafsir)
Syans Tafsir:
Esplikasyon an: Se konesans sou sans vèsè Koran ki Sen an, ki gen ladan li gidans nan domèn kwayans yo, adorasyon yo, rapò ant moun yo, bon konpòtman, sa ki halal ak sa ki haram, lòd ak entèdiksyon, ansanm ak lòt ankò.
Avètisman: Seksyon sa a la pou nou aprann vèsè yo pakè epi konprann sans yo.
K1: Li Al-Fatiha epi eksplikel.
R: Sourat Al-Fatiha ak esplikasyon li:
1- Nan non Allah, Sila ki gen anpil bonte a, Sila ki gen anpil mizèrikòd la. 2-Tout lwanj (remèsiman ak glwa) se pou Allah, Mèt (ki kreye, ki posede, epi kap dirije) tout kreyasyon an (tout sa ki egziste). 3-Sila ki gen anpil bonte a, Sila ki gen anpil mizèrikòd la. 4- Sèl Mèt kap deside nan jou Jijman an. 5: Se Ou menm sèl nou adore, epi se Ou menm sèl nou mande sekou. 6- Gide nou sou chemen verite a, chemen ki dwat la. 7-Kondwi nou nan chemen moun Ou beni yo; pa nan chemen moun ki fè Ou fache yo, ni nan chemen moun ki pèdi wout yo. "[Al-Fatiha: 1 - 7]."
Eksplikasyon:
Yo relel 'Chapit Al-Fatiha' (Chapit ki louvri a) paske se avèl Liv Allah a kòmanse.
1.Nan non Allah, Sila ki gen anpil bonte a, Sila ki gen anpil mizèrikòd la. Nan non Allah mwen kòmanse li Koran an, pandan map chèche èd nan men Li, Sila ki Trèwo a, epi map chèche benediksyon nan mansyone non Li.
- Allah : sa vle di: Se Sèl Limenm ki merite pou yo adorel tout bon vre, epi pa gen pèsonn lòt moun ki ka pote non sa a, Sèlman Limenm sèlman.
Al-Rahman" vle di: Silz ki gen yon gwo kè sansib (mizèrikòd) ki laj pou tout kreyati Li yo.
"Al-Rahim" vle di : Sila ki gen yon kè sansib espesyal (mizèrikòd) pou moun ki gen lafwa yo.
2-Tout lwanj (remèsiman ak glwa) se pou Allah, Mèt (ki kreye, ki posede, epi kap dirije) tout kreyasyon an (tout sa ki egziste). Sa vle di: tout kalite lwanj ak tout kalite ki pafè nèt se pou Allah li menm sèl.
3-Sila ki gen anpil bonte a, Sila ki gen anpil mizèrikòd la. Sa vle di: "Se Li menm ki gen yon mizèrikòd (pitye) ki laj anpil, yon mizèrikòd ki kouvri tout sa ki egziste nèt, epi ki gen yon mizèrikòd ki rive jwenn kwayan yo."
4. ﴿Sèl Mèt kap deside nan jou Jijman an Se Jou Jijman an (Jou Rezirèksyon an).
5. Se Ou menm sèl nou adore, epi se Ou menm sèl nou chèche sekou. Sa vle di: Se Ou menm sèl nou adore, epi se nan men Ou menm sèl nou chèche sekou.
6 : Gide nou sou chemen verite a, chemen ki dwat la: Sa vle di: Gidans pou moun swiv chemen Islam la ak chemen Tradisyon Pwofèt la
7- Chemen moun Ou te vide favè Ou sou yo, se pa chemen moun ki merite kòlè Ou yo, ni chemen moun ki pèdi wout yo. Sa vle di: chemen bon sèvitè Allah yo pami pwofèt yo ak moun ki swiv yo, ki pa chemen kretyen yo ak Jwif yo.
- Epi, li se yon pratik ki rekòmande (Souna) pou moun nan di aprè li fin lil: "Amine", ki vle di: aksepte priyè nou an.
Kesyon 2:Li sourat Al-Zalzala epi esplike l.
C: Sourat Az-Zalzalah ak eksplikasyon li:
1- Lè tè a va tranble ak gwo tranbleman li a. 2: Epi tè a mete sak te kache nan vant li deyò. 3- Epi lèzòm ap mande: Sak rive l? 4- Jou sa a, lap rakonte istwa li. 5-Paske Seyè a te ba li lòd fè sa. 6-Jou sa a, tout moun ap parèt an gwoup separe pou yo ka wè sa yo te fè. 7: Konsa, moun ki fè yon ti kras byen ki pèse pwa yon ti grenn pousyè, lap wè li. 8- Epi, nenpòt moun ki fè pwa yon atòm nan sa ki mal, li gen pou li wèl. [Az-Zalzalah: 1-8].
Eksplikasyon:
1.Lè tè a va tranble ak gwo tranbleman li a: Lè tè a va sekwe ak gwo sekous ki pral pasel nan Jou Jijman an.
2-Epi tè a mete sak te kache nan vant li deyò. Epi tè a fè soti sa ki nan vant li, pami moun ki mouri yo ak lòt ankò.
3- Epi tout moun (limanite) ap di: Kisal genyen?: Epi moun nan di, pandan lap poze tèt li keksyon: Kisa latè a genyen kap bouje epi kap tranble konsa?
4- Nan jou sa a, li pral rakonte istwa li yo Nan gran jou sa a, tè a ap fè konnen tout sa yo te fè sou li, kit se sa ki byen, kit se sa ki mal.
5-Paske Seyè a te ba li lòd fè sa. Paske Allah te fèl konnen sa epi Li te kòmandel fè sa.
6-Jou sa a, moun yo ap soti an diferan gwoup pou yo ka montre yo sa yo te fè: Nan gwo jou sa a, kote tè a ap tranble, moun yo ap soti an gwoup kote yo te kanpe pou yo rann kont lan; pou yo ka wè tout sa yo te fè nan lavi yo.
7. Konsa, moun ki fè yon ti kras byen ki pèse pwa yon ti grenn pousyè, lap wè li: Konsa, moun ki fè pwa yon ti foumi nan bèl aksyon ak sa ki byen, lap wè li devan li.
8. Epi, nenpòt moun ki fè pwa yon atòm nan sa ki mal, li gen pou li wèl: Epi, nenpòt moun ki fè pwa li nan move aksyon, li gen pou li wèl devan li.
K3: Li Sourat Al-Adiyat epi eksplike l.
c: Sourat Al-Adiyat ak esplikasyon li:
1-Mwen sèman sou chwal kap kouri ak tout vitès jiskaske moun tande souf yo kap soti fò. 2-Epi chwal kap fè etensèl dife soti lè zago yo frape sou wòch. 3- Epi chwal kap atake lènmi yo byen bonè nan maten. 4- Epi yo fè yon gwo pousyè leve kote yap pase a. 5 - Epi yo antre nan mitan gwoup lènmi yo. 5 - Vrèmanvre, lòm pa gen rekonesans ditou pou Seyè li. 7 - Epi li menm menm, li sèvi temwen pou sa. 8 - Epi li renmen richès ak tout fòs li. 9 - Èske li pa konnen lè sa ki nan tonb yo gen pou yo soti deyò? 10 - Epi tout sa ki te kache nan kè moun va parèt aklè. 11:**Vrèmanvre, jou sa a, Seyè yo a ap konnen tout sa yo te fè nèt. [Al-Adiyat: 1-11].
Eksplikasyon:
1-Mwen sèman sou chwal kap kouri ak tout vitès jiskaske moun tande souf yo kap soti fò. Allah fè sèman sou chwal kap kouri yo, jiskaske yo tande son souf yo akòz jan yap kouri fò a.
2-Epi chwal kap fè etensèl dife soti lè zago yo frape sou wòch. Epi Li sèmante sou chwal yo ki limen dife ak zago yo lè yo frape wòch yo, akòz fòs enpak yo sou yo.
3- Epi chwal kap atake lènmi yo byen bonè nan maten. Epi li fè sèman sou chwal yo ki atake lènmi yo nan maten.
4. Epi yo fè yon gwo pousyè leve kote yap pase a. Epi yo soulve pousyè pandan yap kouri yo.
5 - Epi yo antre nan mitan gwoup lènmi yo. Epi yo rantre ansanm ak kavalye yo nan mitan yon gwoup lènmi.
6-Vrèmanvre, lòm pa gen rekonesans ditou pou Seyè li. Lèzòm refize tout byen Seyè li mandel fè.
7.Epi li menm menm, li sèvi temwen pou sa. Epi vrèmanvre, li se yon temwen sou jan li anpeche sa ki byen (kenbe richès li), li pa kapab nye sa paske sa parèt klè.
8- Epi li renmen richès ak tout fòs li Epi vrèman, poutèt twòp lanmou li gen pou kòb, li chich avèl.
9 - Èske li pa konnen lè sa ki nan tonbo yo gen pou yo sot deyò? Èske moun sa a ki kite lavi sou tè sa a twonpel la pa konnen, lè Allah ap fè moun ki mouri yo leve soti nan tonbo yo, epi lap fè yo soti anba tè a pou jijman ak rekonpans, ke bagay yo pat janm jan li te konn ap imajine yo a?!
10 - Epi tout sa ki te kache nan kè moun va parèt aklè. Epi yo devwale epi yo fè parèt aklè sa ki nan kè yo, tankou entansyon yo, kwayans yo, ak lòt bagay ankò.
11: Vrèmanvre jou sa a, Seyè yo a ap konnen tout sa yo te fè nèt. Sètènman, Seyè yo a byen konnen tout bagay sou yo nan jou sa a, anyen nan zafè sèvitè li yo pap kache pou li, epi lap ba yo rekonpans oswa pinisyon pou sa.
Kesyon 4: Li Sourat Al-Qari'ah epi eksplike l.
C: Sourat Al-Qari'ah ak entèpretasyon li:
1- Gwo kout loraj kap frape a. 2- Ki sa gwo kout loraj kap frape a ye? 3 - Epi, kisak fè ou konnen sa gwo kout loraj kap frape a ye? 4- Jou sa a, lèzòm ap tankou papiyon kap vole toupatou. 5- Mòn yo ap tankou lènn mouton penyen kap vwayaje nan van. 6-Konsa, moun ki gen balans li ki lou ak bon aksyon yo. 7- Lap viv nan yon lavi ki bay satisfaksyon. 8-Men, moun ki gen balans li ki lejè paske li pa gen ase bon aksyon. 9- Refij li ap nan yon gwo twou san fon (Lanfè). 10- Epi, kisak fè ou konnen sa li ye? 11 : Se yon dife kap boule byen fò. [Al-Qari'ah: 1-11].
Eksplikasyon:
1:Gwo kout loraj kap frape a. Lè a kap frape kè lèzòm tèlman li bay gwo laperèz.
2-Ki sa gwo kout loraj k ap frape a ye? Kisa Lè sa a ye ki ap frape kè moun yo akòz gwo laterè li genyen an?!
3- Epi, kisak fè ou konnen sa gwo kout loraj k ap frape a ye? Epibkisa ki fèw konnen -o Mesaje- kisa Lè sa a ye, kap frape kè moun yo akòz gwo laterè li genyen an?! Se Jou Jijman an.
4- Jou sa a, lèzòm ap tankou papiyon kap vole toupatou. Jou kap frape kè moun yo, yap tankou papiyon ki gaye epi ki epapiye isit ak laba.
5-Mòn yo ap tankou lènn mouton penyen kap vwayaje nan van. Epi mòn yo ap tankou lenn yo rache (ki gaye), nan fason yo lejè lè yap avanse ak fè mouvman.
6 : Konsa, moun ki gen balans li ki lou ak bon aksyon. Kanta pou moun bon aksyon li yo peze pi lou pase move aksyon li yo.
7- Lap viv nan yon lavi ki bay satisfaksyon. Konsa, lap viv nan yon lavi ki bay satisfaksyon kel jwenn nan Paradi.
8 : Men, moun ki gen balans li ki lejè paske li pa gen ase bon aksyon. Epi kanta pou moun ki move aksyon li yo peze pi lou pase bon aksyon li yo.
9 - Refij li ap nan yon gwo twou san fon (Lanfè) Kidonk, kay li ak kote lap etabli nan jou Jijman an se Lanfè.
10- Epi, kisa ki fè ou konnen sa li ye? Epi kisa ki fèw konnen - O ou menm Mesaje a - kisa li ye?!
11- Se yon dife kap boule byen fò. Se yon dife ki cho anpil.
Kesyon 5: Li Sourat At-Takathur epi eksplike l.
c: Chapit Sourat At-Takathur ak entèpretasyon li:
1- Kous dèyè byen latè fè nou bliye Allah. 2-Jiskaske nou vizite tonbo yo 3-Non! Talè konsa nap konnen. 4: E ankò, non! Talè konsa nap konnen. 5- Non! Si sèlman nou te konnen ak tout sètitid (sa kap tann nou an). 6- Nap gen pou nou wè dife Lanfè a ak pwòp zye nou. 7:Epi, nap gen pou nou wè li tout bon vre, ak yon sètitid total. 8: Epi, jou sa a, yap poze nou kesyon sou tout benediksyon ak plezi nou te jwenn sou tè a. [Sourat At-Takathur: 1 - 8].
Eskplikasyon
1- Kous dèyè byen latè fè nou bliye Allah. Vante tèt nou poutèt richès nou ak pitit nou yo okipe lespri nou - O nou menm lèzòm - epi sa detounen nou lwen obeyisans Allah.
2- Jiskaske nou vizite tonbo yo Jiskaske nou mouri epi nou antre nan kavo nou yo.
3-Non! Talè konsa nap konnen. Nou pa ta dwe kite vante tèt nou ak yo distrè nou sou obeyisans Allah, nou pral konnen konsekans distraksyon sa a.
4- E ankò, non! Talè konsa nap konnen. Aprèsa, nap gen pou nou konnen konsekans li.
5- Non! Si sèlman nou te konnen ak tout sètitid (sa kap tann nou an). An verite, si nou te konnen ak sètitid ke nou pral resisite pou retounen jwenn Allah, epi Lap peye nou pou aksyon nou yo, nou pa tap okipe nou nan fè grandizè ak richès ansanm ak pitit.
6- Nap gen pou nou wè dife Lanfè a ak pwòp zye nou. Pa Allah, an verite nap wè dife Lanfè a nan jou Rezirèksyon an.
7- Epi, nap gen pou nou wè li tout bon vre, ak yon sètitid total. Epi, nou pral asireman wè li ak yon sètitid ki pa gen okenn dout ladan l.
8 - Epi, jou sa a, yap poze nou kesyon sou tout benediksyon ak plezi nou te jwenn sou tè a. Apre sa, an verite, nan jou sa a, Allah ap poze nou kesyon sou byenfavè Li te fè nou yo, tankou lasante, richès, ak lòt bagay ankò.
K6: Li Sourat Al-Asr epi eksplike l.
j: Sourat Asr ak esplikasyon li:
1-Mwen fè sèman sou Tan an. 2-Anverite, tout moun (limanite) nan pèdisyon. 3-Esepte moun ki gen lafwa yo (ki kwè), moun ki fè bon aksyon yo, moun ki ankouraje youn lòt nan laverite, epi moun ki ankouraje youn lòt pou yo gen pasyans. Sourat Al-Asr vèsè 1 a 3
Eksplikasyon:
1-Mwen fè sèman sou Tan an: Sila a ki sen anpil la fè sèman sou tan an.
2-Anverite, tout moun (limanite) nan pèdisyon. Sa vle di: tout moun ap pèdi, epi yap peri.
3. Esepte moun ki gen lafwa yo (ki kwè), moun ki fè bon aksyon yo, moun ki ankouraje youn lòt nan laverite, epi moun ki ankouraje youn lòt pou yo gen pasyans: Eksepte moun ki gen lafwa epi ki fè sa ki byen, anplis de sa, yo ankouraje moun mache nan laverite epi yo rete fèm ak pasyans ladan l. Se yo menm sèl kap sove anba pèdisyon.
K7: Li Sourat Al-Humazah epi eksplike l.
c: Sourate Al-Humazah ak eksplikasyon li:
1: Malè pou moun kap pale moun mal, kap pase moun nan betiz. 2-Moun ki rasanble anpil richès epi ki pase tan li ap konte yo. 3- Li panse richès li a ap fèl pa janm mouri. 4-Non! Se sèten yap voyel jete nan dife kap kraze brize a. 5-Epi, kisa ki fèw ou konnen ki kalite dezas dife kap kraze brize sa a ye? 6- Se dife Allah a ki limen san rete. 7- Se yon dife ki tèlman fò, li rive boule yo jis nan fon kè yo. 8- Anverite, dife sa a ap fèmen sou yo nèt (san pa gen chape). 9- Yap mare yo byen sere nan gwo poto kap lonje byen wo. [Al-Humazah: 1-9].
Eksplikasyon an:
1: Malè pou chak moun kap fè medizans ak tripotay: Gwo malè ak yon chatiman ki rèd anpil pou moun ki pale moun yo mal anpil, epi ki kritike yo.
2. Moun ki ranmase kòb epi ki konte li: Moun ki gen kòm sousi ranmase lajan epi konte li, li pa gen okenn lòt sousi esepte sa.
Li panse richès li a ap fè l pa janm mouri. Li panse ke richès li ranmase a ap sove li anba lanmò, epi lap rete viv pou tout tan nan lavi sou latè a.
Non! Se sèten yap voyel jete nan dife kap kraze brize a. Sa pa janm jan moun enyoran ap imajine a; yap voyel jete nan yon dife kap kraze brize tout sa ki tonbe ladan li, tèlman dife sa a gen fòs ak raj.
5- Epi, kisa ki fè ou konnen ki kalite dezas dife kap kraze brize sa a ye? E ki sa ki fèw konnen - O Mesaje - ki sa dife sa a ye, kap kraze tout sa yo jete ladan li?!
6: Se dife Allah a ki limen san rete. Se dife Allah a kap flanbe a.
7- Se yon dife ki tèlman fò, li rive boule yo jis nan fon kè yo. Ki travèse kò moun yo pou rive jis nan fon kè yo.
8 - Anverite, dife sa a ap fèmen sou yo nèt (san pa gen chape). Li fèmen sou moun kap sibi chatiman ladan li yo.
9 - Yo fèmen anndan poto ki byen long. Ak poto ki pwolonje epi ki byen long pou yo pa soti ladan l.
Kesyon 8: Li Sourat Al-Fil epi eksplike li.
R: Sourate Al-Fil ak eksplikasyon li:
1: Èske ou pa wè ki jan Seyè ou la te aji ak moun elefan yo? 2- Èske Li pat fè plan yo a echwe? 3- Epi li te voye bann zwazo sou yo, youn dèyè lòt. 4-Zwazo sa yo tap voye wòch ki fèt ak tè kuit sou yo. 5: Epi li rann yo tankou pay bèt fin manje. [Al-Fil: 1-5].
Eksplikasyon an:
1: Èske ou pa wè ki jan Mèt ou a te aji ak moun elefan yo? Èske ou pa konnen - O ou menm Mesaje a - kijan Mèt ou a te aji ak Abraha ak konpayon li yo, moun elefan yo, lè yo te vle detwi Kaaba a?!
2. Èske Li pat fè plan yo a echwe?: Allah te rann plan mechan yo te fè pou kraze Kaaba a echwe nèt; yo pat janm rive reyalize sa yo te swete a, ki te pou anpeche moun ale nan Kaaba a, epi yo pat ka fèl anyen menm.
3- Epi li te voye bann zwazo sou yo, youn dèyè lòt. Epi Li te voye zwazo sou yo, ki te vin jwenn yo an gwoup an gwoup.
4- Zwazo sa yo tap voye wòch ki fèt ak tè kuit sou yo. Yo voye sou yo wòch an labou kwit.
5- Epi li rann yo tankou pay bèt fin manje. Se konsa, Allah te fè yo tounen tankou fèy rekòt bèt fin manje epi pilonnen anba pye.
Q9: Li sourat Kouraych epi esplike l.
c: Sourat Kouraych ak entèpretasyon li:
1-Pou abitid ak sekirite moun Kouraych yo. 2-Pou jan yo abitye fè vwayaj komès yo san danje, nan sezon fredi (nan peyi Yemen) ak nan sezon chalè (nan peyi Siri). 3- Enben, se pou yo adore sèl Mèt Kay sa a (Kaaba a), kòm rekonesans. 4 : Se Li menm ki ba yo manje pou yo pa grangou, epi ki ba yo sekirite pou yo pa viv nan laperèz. [Quraysh: 1-4].
Eskplikasyon li:
1- Pou abitid ak sekirite moun Kouraych yo. Sa vle di, tout sekirite ak fasilite yo te jwenn nan vwayaj komès yo te konn fè nan sezon fredi ak nan sezon chalè a, se yon favè Allah te fè yo
2- Pou jan yo abitye fè vwayaj komès yo san danje, nan sezon fredi (nan peyi Yemen) ak nan sezon chalè (nan peyi Siri). Vwayaj sezon ivè a pou ale nan Yemèn, ak vwayaj sezon ete a pou ale nan peyi Chanm, an sekirite.
3- Enben, se pou yo adore sèl Mèt Kay sa a (Kaaba a), kòm rekonesans. Se pou yo adore Allah sèlman, ki se Mèt kay sakre sa a (Kaaba), li menm ki fasilite vwayaj sa a pou yo, epi pou yo pa mete pèsonn lòt ansanm avèk li.
4 : Se li menm ki ba yo manje anba grangou, epi ki ba yo sekirite anba laperèz : Li se menm Allah sa a ki ba yo manje pou yo pa grangou, epi ki ba yo sekirite pou yo pa pè, paske Li te mete yon gwo respè nan kè tout Arab yo pou Tè Sakre a (Haram) ak pou moun kap viv ladan li yo.
Kesyon 10: Li Sourat Al-Ma'oun epi eksplike l.
c: chapit Sourat Al-Ma'oun ak entèpretasyon li:
1- Èske ou wè moun sa a kap nye (demanti ) Relijyon an? 2-Se li menm ki repouse òfelen an avèk britalite. 3- Epi li pa janm ankouraje moun bay pòv manje. 4: Malè (oswa madichon) pou moun sa yo kap lapriyè 5 : Moun sa yo ki neglijan nan fason yap lapriyè a (yo pa bay sa valè) 6- Moun kap fè sa yo fè sèlman pou moun ka wè yo (ipokrit), 7- Epi ki refize prete moun menm ti bagay ki nesesè chak jou (ti sèvis). [Sourate Al-Ma'un: 1 - 7].
Eksplikasyon:
1-Èske ou wè moun sa a kap nye (demanti ) Relijyon an? Èske ou konnen moun ki demanti rekonpans oswa pinisyon an nan Jou Jijman an?!
2- Se li menm ki repouse òfelen an avèk britalite. Epi se moun sa a ki repouse òfelen an avèk britalite lwen nesesite li.
3- Epi li pa janm ankouraje moun bay pòv manje. Epi li pa ankouraje tèt li, ni li pa ankouraje lòt moun pou bay moun ki pòv manje.
4- Malè (oswa madichon) pou moun sa yo kap lapriyè, Kidonk, se destriksyon ak chatiman pou moun kap fè lapriyè yo.
5 - Moun sa yo ki neglijan nan fason yap lapriyè a (yo pa bay sa valè), Moun ki neglijan ak lapriyè yo, yo pa ba li okenn enpòtans jiskaske lè li fin pase.
6- Moun kap fè sa yo fè sèlman pou moun ka wè yo (ipokrit), Moun ki ap fè lapriyè yo ak aksyon yo pou moun wè, yo pa fè aksyon yo ak tout senserite pou Allah.
7- Epi ki refize prete moun menm ti bagay ki nesesè chak jou (ti sèvis). Epi yo refize ede lòt moun ak sa ki pa gen okenn domaj nan ede avè l.
Kèsyon 11: Li Sourat Al-Kawthar epi eksplikel.
c: Chapit Sourat Al-Kawthar ak esplikasyon li:
1: Vrèman vre, Nou te ba ou Al-Kawthar (abondans lan). 2- Kidonk, fè lapriyè pou Mèt ou a (Allah), epi fè sakrifis. 3- Anverite, moun ki rayi ou la, se li menm kap pèdi tout tras (li pap gen memwa ki rete dèyèl). [Al-Kawthar: 1-3].
Eksplikasyon an:
1. Vrèman vre, Nou ba ou Al-Kawthar Anverite Nou te ba ou - O Mesaje - anpil byen, epi pami yo genyen rivyè Kawthar la nan Paradi a.
2- Ebye fè lapriyè pou Mèt ou a (Allah), epi fè sakrifis: Konsa, montre rekonesans ou bay Allah pou benediksyon sa a, nan fè lapriyè pou li sèlman epi touye bèt (ofri sakrifis), kontrèman ak sa moun ki bay Allah asosye yo ap fè a, kote yo touye bèt (ofri sakrifis) pou yo pwoche pi prè zidòl yo.
3-Anverite, moun ki rayi ou la, se li menm kap pèdi tout tras (li pap gen memwa ki rete dèyè l). Anverite, moun ki rayiw la, se sila a ki koupe ak tout byen, moun yo bliye a, ki si yo pale de li, se an mal yo pale de li.
Kesyon 12: Li Sourat Al-Kafiroun epi eksplike l.
C: Chapit Sourat Al-Kafiroun ak entèpretasyon l:
1: «Di: O nou menm ki pa kwayan yo (moun ki voye verite a jete)!» 2: Mwen pa adore sa nou adore a. 3: Epi nou pa adore sa mwen adore a. 4: Epi mwen pa adore sa nou adore a. 5: E nou pa adore sa mwen adore a. 6- Pou nou relijyon nou an, epi pou mwen relijyon pam lan [Al-Kafirun: 1-6].
Eksplikasyon:
1- «Di: O nou menm ki pa kwayan yo (moun ki voye verite a jete)!»: Di - O oumenm Mesaje a -: O nou menm ki pa gen lafwa nan Allah yo.
2: Mwen pa adore sa nou adore. Mwen pa adore, ni kounye a ni nan fiti, sa nap adore kòm zidòl (estati) yo.
3: Epi nou pa adore sa mwen adore a. Epi nou menm, nou pap adore sa mwen menm map adore a, ki se Allah li menm sèl.
4: Epi mwen menm, mwen pap adore sa nou adore a. Epi mwen pa adore sa nou te adore pami zidòl yo.
5: E nou pa adore sa mwen adore a. Epi nou pa adore sa mwen adore a, ki se Allah li menm sèl.
6. Pou nou relijyon nou an, epi pou mwen relijyon pam lan. Pou nou relijyon nou an ke nou te envante pou pwòp tèt nou an, epi pou mwen relijyon pam nan ke Allah te revele ban mwen an.
Kestyon 13: Li Sourat An-Nasr epi eksplike li.
C: Chapit Sourat An-Nasr(Laviktwa) ak esplikasyon li:
1- Lè sekou Allah a vini ansanm ak gwo viktwa a Epi, ou wè moun yo ap antre nan relijyon Allah a an foul. 3- Alò, bay Mèt ou a (Allah) glwa ak lwanj, epi mande li padon. Sètènman, li se moun ki konn aksepte repantans anpil. [An-Nasr: 1-3].
Eksplikasyon:
1- Lè sekou Allah a vini ansanm ak gwo viktwa a Lè laviktwa Allah vini pou relijyon ou an - O Mesaje a - epi Li ba li onè, epi Konkèt Lamèk la fèt.
2. Epi ou wè moun yo ap antre nan relijyon Allah a an foul: Epi mwen te wè moun yo ap antre nan Islam gwoup aprè gwoup.
3: Alò fè glwa ak lwanj pou Seyè ou, epi mande li padon. Sètènman, li se moun ki konn aksepte repantans anpil: Epi konnen ke sa se yon siy ki montre misyon yo te voyew avèl la prèt pou fini, epi ke laviw prèt pou bout pou wal rankontre ak Mèt ou a. Donk, fè glwa ak lwanj pou Mèt ou a, pou remèsye Li pou favè laviktwa ak konkèt la, epi mandel padon. Sètènman, Li se Sila a ki toujou aksepte repantans, Li aksepte repantans sèvitèl yo, epi Li padone yo.
Kesyon 14: Li Sourat Al-Masad epi eksplike l.
c: Sourat Al-Masad ak esplikasyon li:
1-Madichon pou 2 men Abi Lahab yo, epi pèdisyon pou li (li pèdi nèt)! 2-Ni richès li, ni sa li te ranmase (pitit li ak travay li) pap sèvil anyen. 3- Li pral boule nan yon dife ki gen gwo flanm, 4- Ansanm ak madanm li tou, kap pote bwa (pou limen dife a), Nan kou li, ap gen yon kòd ki fèt ak fib pye dat ki byen tòde. [Al-Masad: 1-5].
Eksplikasyon:
1- 1-Madichon pou 2 men Abi Lahab yo, epi pèdisyon pou li (li pèdi nèt)! 2 men tonton Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li), Abu Lahab pitit Abdul Muttalib, te pèdi (detwi) akòz pèt aksyon li yo; paske li te konn ap fè Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) mal, epi efò li yo te echwe.
2-Ni richès li, ni sa li te ranmase (pitit li ak travay li) p ap sèvil anyen. Kisa richès li ak pitit li yo te itil li? Yo pat pwotejel anba okenn chatiman, epi yo pat pote okenn mizèrikòd pou li.
3 : Li pral boule nan yon dife ki gen gwo flanm : Nan Jou Jijman an, li pral antre nan yon dife kap flanbe, kote lap soufri anba chalè li.
4- Ansanm ak madanm li tou, kap pote bwa (pou limen dife a), Epi, madanm li Umm Jamil pral antre ladan li, li menm ki te konn fè Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) mal nan jete pikan sou wout li.
5- Nan kou li, ap gen yon kòd ki fèt ak fib pye dat ki byen tòde. Nan kou li gen yon kòd ki trese byen sere, yap mennenl avè li nan dife a.
K15: Li Sourat Al-Ikhlas epi eksplike l.
R: Sourat Al-Ikhlas ak esplikasyon li:
1-Di: "Li se Allah, Li se Yon sèl (Li pa gen parèy)." 2- Allah se li menm tout kreyati konte sou li (pou tout bezwen yo). 3- Li pat fè pitit, epi li menm tou, li pat fèt nan men pèsonn. 4- « Epi pa gen pèsonn ki sanble ak Li, ni ki egal ak Li. » [Al-Iklas: 1-4].
Eksplikasyon:
1. Di: Li menm ki Allah senyè toupwisan an, Li se Yon sèl (Li inik): Di -o ou menm mesaje a-: Li se Allah, pa gen okenn lòt dye apa Li.
2. Allah se li menm tout kreyati konte sou li (pou tout bezwen yo): Sa vle di: Se bò kote Li tout kreyati yo pote bezwen yo, paske se Li menm sèl ki gen pouvwa poul reponn yo epi satisfè yo.
3. Li pat fè pitit, epi li menm tou, li pat fèt nan men pèsonn: Donk, li pa gen okenn pitit, lwanj pou li, ni okenn papa.
4. « Epi pa gen pèsonn ki sanble ak Li, ni ki egal ak Li. »: Epi pa gen anyen ki sanble avèk li nan kreyatil yo.
Kesyon 16: Li Sourat Al-Falaq epi esplike l.
Repons: Sourate Al-Falaq ak esplikasyon li:
1: Di: Map chache pwoteksyon nan men Allah, Li menm ki Mèt douvanjou a 2-Kont sa ki mal nan sa Li te kreye a. 3- Epi kont mal lannwit lan lè fènwa a tonbe. 4-Epi kont mal moun kap soufle sou ne (moun kap fè maji) 5: Epi kont mal moun kap fè jalouzi lè lap fè jalouzi. [Al-Falaq: 1-5].
Eksplikasyon an:
1. Di: Map chache pwoteksyon nan men Allah, Li menm ki Mèt douvanjou a: Di - O Mesaje -: Mwen chache pwoteksyon nan men Mèt douvanjou a, epi mwen mandel pwoteksyon.
2- Kont mal nan sa Li kreye Kont mal sa ki ka fè domaj pami kreyati yo.
3- Epi kont mal lannwit lan lèl vin tou nwa. Epi mwen chache pwoteksyon bò kote Allah kont mechanste kap parèt nan lannwit, ki soti nan bèt ak vòlè.
4- Epi kont mal moun kap soufle sou ne (moun kap fè maji). Epi mwen mande Li pwoteksyon kont mal sòsyè yo kap soufle nan ne yo.
5 : Epi kont mal yon moun kap fè jalouzi lè lap fè jalouzi: Epi kont mal moun kap fè jalouzi a ki rayi moun, lè lap fè jalouzi pou yo pou benediksyon Allah ba yo, lap vle pou benediksyon sa yo disparèt nan men yo, epi lap chèche fè malè rive yo.
K17: Li Sourat An-Nas epi eksplike l.
c: Chapit Sourat An-Nas ak eksplikasyon li:
1: Di: Map chache pwoteksyon nan men Allah, Li menm ki Mèt tout moun 2- Wa tout moun yo. 3- Divinite tout moun. 4-Pwotejem kont move lespri kap chichote move lide nan tèt moun, epi ki sove ale lè yo nonmen non Bondye. 5 : Sila kap chichote nan kè moun yo, 6: Pami djinn yo ak moun yo. [An-Nas:1-6].
Eksplikasyon:
1. Di: Map chache pwoteksyon nan men Allah, Li menm ki Mèt tout moun: Di -O ou menm Mesaje a-: Map chache pwoteksyon nan men Allah, Li menm ki Mèt tout moun, epi map chache refij nan Li.
2- Wa tout moun: Li dirije yo jan li vle, pa gen okenn mèt pou yo esepte Li menm.
3- Divinite tout moun. Se Li menm ki merite pou yo adore li tout bon vre, pa gen okenn lòt ki merite pou yo adore li tout bon vre apa Li menm.
4-Pwotejem kont move lespri kap chichote move lide nan tèt moun, epi ki sove ale lè yo nonmen non Bondye. Kont mechanste dyab la (Satan), sila a ki voye chichotman li yo bay moun yo.
5-Sila kap chichote nan kè moun yo Li lage move chichotman li yo nan kè moun yo.
6- Pami dJinn yo ak moun. Sa vle di: sila a kap soufle move lide a kapab soti pami lèzòm epi li kapab soti pami dJinn yo.
*******
Seksyon Hadith
Syans Hadith la:
Hadith la: se sa ki atribiye bay Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Bondye sou li) kòm pawòl, oswa aksyon, oswa apwobasyon, oswa yon kalite fizik osinon moral.
Premye Hadith la:
K1: Konplete adis la: «An verite, aksyon yo se daprè entansyon yo...», epi site kèk nan benefis li yo.
Repons: Daprè Kòmandan kwayan yo, Abou Hafs, Omar ibn Al-Khattab (Se pou Allah Trèwo a satisfè de li), li te di: mwen te tande Mesaje Allah a (Se pou lapè ak benediksyon Allah Trèwo a kouvri li menm ak fanmi li) ki tap di: «Tout aksyon depann entansyon ki dèyè yo, epi chak moun ap jwenn rekonpans selon sa li te gen nan entansyon li, kidonk nenpòt moun ki fè Hijrah li pou Allah ak Mesaje Li a; Hijrah li a se vè Allah ak Mesaje Li a, epi nenpòt moun ki fè Hijrah li pou yon byen nan mond sa a li vle jwenn, oswa pou yon fanm li vle marye; Hijrah li a se vè sa li te deplase pou li a.»
Benefis nan Hadith la:
1. Chak zèv oblije gen yon entansyon, tankou lapriyè, jèn, Hajj, ak lòt pami zèv yo.
2- Fòk gen Senserite nan entansyon an pou Allah, Trè Wo a.
Dezyèm Hadith la:
Kesyon 2: Konplete Adit «Nenpòt moun ki envante nan zafè nou sa a...» la, epi site kèk nan benefis li yo.
Repons: Bò kote Manman kwayan yo, Oum Abdallah Aisha (ke Allah satisfè avèk li), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Nenpòt moun ki ajoute nan relijyon nou an yon bagay ki pa ladanl, yap rejte li.»
Benefis nan Hadith la:
1. Entèdiksyon pou fè inovasyon nan relijyon an.
2. Epi ke tout aksyon ki envante yo rejte, yo pa aksepte yo.
Twazyèm Adit:
Kesyon 3: Konplete adit «Pandan nou te chita bò kote Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) ...», epi site kèk nan benefis li yo.
Repons: Bò kote Omar ibn al-Khattab (Se pou Allah satisfè de li), li te di: «Pandan nou te chita bò kote Mesaje Allah yon jou, sanzatann yon mesye parèt devan nou, rad li te byen blan, cheve li te byen nwa. Ou pat ka wè okenn tras vwayaj sou li, epi pèsonn pami nou pat konnen li. Jiskaske li te vin chita bò kote Pwofèt la, li mete jenou pal yo kont jenou pa Pwofèt la, epi li mete pla menl yo sou kwis pal, epi li di: «Ya Muhammad, palem de Islam?» Li di li: «Islam se: pou ou temwanye ke pa gen okenn divinite ki merite adorasyon sof Allah epi Muhammad se Mesaje Allah la, pouw akonpli Lapriyè obligatwa yo, pouw bay Zakat la, pouw jene Ramadan, epi pouw fè Hajj nan lamèk la siw gen mwayen pou sa.» Li di: «Ou di laverite.» Sa te fè nou sezi pou li, lap pozel kesyon epi lap konfimel. Li di: «Palem sou afwa?» Li di: «Se pouw kwè nan Allah, nan Zanj li yo, nan Liv li yo, nan Mesaje li yo, nan Dènye Jou a, epi pouw kwè nan Desten an, kit li bon kit li pa bon.» Li di: «Ou di laverite.» Li di: «Alò, palem de Ekselans?» Li di: «Se pouw adore Allah kòmsi ou tap wè li, paske menmsi ou pa wè li, li menm, li wè ou.» Li di: «Alò, palem sou Jou Jijman an?» Li di: «Moun yap poze kesyon an pa konnen pi byen pase moun kap poze kesyon an.» Li di: «Alò, palem de siy li yo?» Li di: «Se lè esklav fi a akouche mèt li, epi lèw wè moun ki pye atè, ki toutouni, ki pòv kap gade mouton yo, kap fè konpetisyon nan bati gwo bilding.» Aprèsa, li ale. Li te rete la yon ti moman, aprèsa, li di: «O Omar! Èskew konnen ki moun ki te poze kesyon an?» Mwen te di: «Se Allah ak Mesajel la ki konnen pi byen.» Li di: «Se te Jibril; li te vin jwenn nou poul anseye nou relijyon nou an.»»
Benefis nan Hadith la:
1. Mansyone 5 pilye Islam yo; ki se:
- Temwayaj ke pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon Sèlman Allah, epi ke Muhammad se mesaje Allah.
- Epi Pratik Lapriyè (Salat).
- Epi bay Zakat la( bay lacharite).
- Epi fè jèn nan mwa Ramadan.
- Epi pèlerenaj nan Kay Senyè toupwisan an ki sakre a (Hajj).
2. Mansyone Pilye Lafwa (Iman) yo, ki se 6 :
- Lafwa nan Allah.
- Ak zanj li yo.
- Ak Liv li yo.
- ak mesaje li yo.
- Ak Jou Dènye a (Jou Jijman an).
- Epi Predestinasyon (Desten), kit li bon kit li move.
3. Mansyone Poto Pèfeksyon an, epi li se yon sèl poto, epi li se: Se adore Allah kòmsi ou tap wè li, paske menm si ou pa wè li, li menm li wè ou.
4. Lè pou Jijman Dènye a rive, pa gen pèsonn ki konnen sa, sof Allah sèlman, Li menm ki Pi Wo a.
Katriyèm Hadith la:
Kesyon 4: Konplete adis «Kwayan ki pi pafè nan lafwa a...», epi site kèk nan benefis li yo.
R: Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: « Kwayan ki gen lafwa ki pi pafè a: se sila ki gen pi bèl konpòtman an. »
Benefis nan Hadith la:
1- Ankouraje moun pou yo genyen yon bon karaktè.
2- Epi ke pèfeksyon bon karaktè a fè pati pèfeksyon lafwa a.
3. Epi ke lafwa ogmante epi li diminye.
Senkyèm Adit la:
Kesyon 5: Konplete adit la: «Nenpòt moun ki sèmante sou non yon lòt bagay ki pa Allah ...», epi mansyone kèk nan benefis li yo.
Repons: Bò kote Ibn Oumar (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Nenpòt moun ki fè sèman sou non yon lòt (bagay oswa moun) ki pa Allah; anverite li fè yon zak ki pa kwayan (Kufr) oswa li bay Allah asosye (Shirk).»
Benefis nan Hadith la:
- Li pa pèmèt pou fè sèman esepte sou Allah (ki gen tout pouvwa a).
- Fè sèman sou yon lòt moun (oswa yon lòt bagay) ki pa Allah (ki gen tout pouvwa a) fè pati Chirk minè.
Sizyèm Adit la:
K6: Konplete adit la: «Pa gen youn nan nou ki kwè jiskaske mwen pi renmen pou li ...», epi site kèk nan benefis li yo.
R: Dapre Anas, ke Allah satisfè avèk li, Mesaje Allah la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Okenn nan nou pap gen lafwa jiskaske li renmen mwen plis pase papal,pitit li, ak tout moun nèt.»
Pami benefis Hadith la:
- Se yon obligasyon pou nou renmen Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) plis pase tout lòt moun.
- Ke sa fè pati pèfeksyon lafwa.
Setyèm Adit la:
Kesyon 7: Konplete adit: «Pa gen youn nan nou ki kwè jiskaske li renmen pou frè li ...», epi mansyone kèk nan benefis li yo.
R: Dapre Anas, ke Allah satisfè avèk li, Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Pèsonn nan nou pap gen lafwa jiskaske li renmen pou frèl sa li renmen pou pwòp tèt li.»
Pami benefis Hadith la:
- Moun ki gen lafwa a dwe renmen sa ki byen pou moun ki gen lafwa parèy li yo, menm jan li renmen li pou tèt pa li.
- Epi sa fè pati pèfeksyon Lafwa.
Wityèm Adit la:
Kesyon 8: Konplete Hadith la: «Pa Sila a ki kenbe nanm mwen nan men li an! ...», epi mansyone kèk nan benefis li yo.
Repons: Daprè Abou Sa'id (ke Allah satisfè de li), soti bò kote Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ki te di: «Mwen sèmante pa Sila a ki gen nanm mwen nan men Li a! Vrèmanvre, li vo yon tyè 1/3 nan Koran an.»
Kèk benefis nan Hadith la:
1. Merit Sourat Al-Ikhlas.
2. Epi li ekivalan a yon tyè 1/3 nan Koran an.
Nevyèm Adit la:
Kesyon 9: Konplete adit «Pa gen okenn mwayen ni okenn fòs si se pa avèk pèmisyon Allah ...», epi mansyone kèk nan benefis li yo.
Repons: Daprè Abou Mousa (ke Allah satisfè de li), Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Pa gen okenn mwayen ni okenn fòs si se pa avèk pèmisyon Allah, se yon trezò pami trezò Paradi a»
Pami benefis Hadith la:
1. Merit pawòl sa a, epi li se yon trezò pami trezò Paradi a.
2. Sèvitè a renonse ak pwòp pouvwa li ak fòs li, epi li konte sou Allah, Trèwo a, sèlman.
Dizyèm Hadith la:
Kesyon 10: Konplete Adit la «Konnen byen, gen yon moso chè nan kò a...», epi mansyone kèk nan benefis li yo.
R: Bò kote Nou'man ibn Bashir (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), li te di: Mwen te tande Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) kap di: « Anverite, nan kò a gen yon ti moso chè, lè li bon, tout kò a bon, epi lè li gate, tout kò a gate. Konnen byen, se kè a. »
Kèk benefis nan Hadith la:
1- Lè kè a bon, sa pote bonte ni nan sa ki parèt sou deyò, ni nan sa ki kache anndan.
2- Pote atansyon sou pite kè a, paske se ladan li bonte moun nan chita.
Onzyèm Adit la:
Kesyon 11: Konplete Adit la: « Moun ki dènye pawòl li -nan mond sa a- se: Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah.. », epi mansyone kèk nan benefis li yo.
R: Soti bò kote Mou'az ibn Jabal (ke Allah satisfè avèk li), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Nenpòt moun ki dènye pawòl li se: Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah; lap antre nan Paradi a»
Kèk benefis nan Hadith la:
1- Merit "Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah", epi sèvitè a ap antre nan Paradi gras ak li.
2- Epi merit moun ki gen kòm dènye pawòl li nan monn sa a: "Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah".
Douzyèm Adit la:
K12: Konplete adit «Kwayan an se pa yon moun kap kritike moun, ni yon moun kap bay madichon...», ak kèk nan leson li yo.
R: Bò kote Abdullah ibn Mas'oud (Ke Allah satisfè de li), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Yon kwayan pa yon moun kap denigre moun, ni li pa yon moun kap modi moun, ni li pa yon moun ki endesan, ni li pa yon moun ki gen bouch sal.»
Pami benefis Hadith la:
- Li entèdi tout pawòl ki fo ak pawòl ki sal.
- Sa se kalite kwayan an nan lang li.
Trèzyèm Adit la:
Kesyon 13: Konplete Hadith «Pami sa ki montre bèlte Islam yon moun...» lan, epi site kèk nan benefis li yo.
R: Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Pami sa ki fè Islam yon moun bèl: se kite sa ki pa konsène li»
Pami leson Hadith la:
1- Kite sa ki pa konsènew nan zafè relijyon ak lavi lòt moun.
2. Kite sa ki pa konsènel fè pati pèfeksyon Islam li.
Katorzyèm Adit la:
Kesyon 14: Konplete Hadit la: «Moun ki li yon sèl lèt nan Liv Allah a (Koran an)...», epi mansyone kèk nan benefis li yo.
R: Bò kote Abdullah ibn Mas'oud (ke Allah satisfè de li): Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Moun ki li yon sèl lèt nan Liv Allah a (Koran an), lap jwenn yon bon aksyon (rekonpans) pou sa, epi chak bon aksyon miltipliye pa 10. Mwen pa di "Alif-Lam-Mim" se yon sèl lèt, men Alif se yon lèt, Lam se yon lèt, epi Mim se yon lèt.»
Kèk benefis nan Hadith la:
1- Merit lekti Coran an.
2- Epi pou chak lèt ou li, wap jwenn bon aksyon (rekonpans) pou sa.
*******
Depatman Prensip Respè nan Islam (Al-Adab al-Islamiyyah)
Konesans prensip respè
Prensip respè nan Islam (Al-Adab al-Islamiyyah): Se yon ansanm konpòtman, aksyon, ak bèl fason pou moun aji ak diyite, nou jwenn nan lwa Islam nan (Charya), epi yo rasanble prensip pou jan nou konpòte nou ak Allah ansanm ak prensip pou jan nou konpòte nou ak kreyati Li yo.
Bon konpòtman anvè Allah ki anwo nan syèl la:
K1: Kòman pou nou gen bon konpòtman avèk Allah?
Repons: 1. Egzalte Allah ki anwo nan syèl la. Men sa senyè toupwisan an di: Yo pa bay Allah valè Li merite a, alòske tout tè a ap nan pla men Li jou Jijman an, epi tout syèl yo ap vlope nan men dwat Li. Lwanj pou Li! Li pi wo pase tout sa yap adore ansanm ak Li yo. Sourat Az-Zumar vèsè 67
2. Adore Li sèlman, san yo pa ba Li okenn asosye. Men sa Sila a ki sen anpil la di: Poutan, yo pat resevwa okenn lòt lòd pase: pou yo adore Allah sèlman, pandan yap ba li tout devouman yo (ak senserite), san yo pa melanjel ak anyen (mache dwat). [Al-Bayyinah: 5].
3. Obeyi li. Men sa senyè toupwisan an di: "O nou menm ki kwè! Obeyi Allah" [Sourat Muhammad, vèsè 33].
4- Li sispann fè peche Men sa Sila a ki sen anpil la di: Epi moun ki dezobeyi Allah ak Mesaje li a, epi ki depase limit li yo, Li pral fèl antre nan yon dife poul rete ladanl pou toutan. Epi lap jwenn yon chatiman ki bay gwo imilyasyon. [An-Nisa: 14].
5. Remèsye Allah epi fè louwanj pou Li pou favè Li ak byenfè Li yo ki pa ka konte. Men sa senyè toupwisan an di: Epi se pou nou rekonesan pou favè Allah, si se Li menm pou nou adore. [An-Nahl: 114].
6. Epi pasyans devan sa Li deside (desten). Men sa Sila a ki sen anpil la di: Epi pran pasyans, anverite Allah kanpe ak moun ki gen pasyans yo. [Al-Anfal:46].
Bon jan konpòtman ak Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li).
Kesyon 2: Kijan bon konpòtman dwe ye anvè Mesaje a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li)?
c: 1. Swiv li epi mache nan tras li. Men sa senyè toupwisan an di: Anverite, gen yon bèl egzanp pou nou nan Mesaje Allah a, pou moun ki gen espwa nan Allah ak Dènye Jou a, epi ki sonje Allah anpil. [Sourat Al-Ahzab vèsè 21].
2. Obeyi li.
3. Sispann dezobeyi l. Men sa senyè toupwisan an di: Moun ki obeyi Mesaje a, se Allah li obeyi. Epi moun ki vire do, nou pat voye ou kòm gadyen sou yo. [An-Nisa: 80].
4- Kwè nan tout sa li rapòte (fè konnen). Men sa senyè toupwisan an di: Epi li pa janm pale daprè pwòp lide pal(oswa daprè dezi pal). Sa li di a pa anyen lòt sinon yon revelasyon Allah voye ba li (poul transmèt). Sa se vèsè 3, 4 nan Sourat An-Najm
5. Pa fè inovasyon nan ajoute sou 'Sounnah' li a. Li di, lapè ak benediksyon Allah sou li: «Nenpòt moun ki pote yon inovasyon (yon bagay nèf) nan relijyon nou an, alòske bagay sa a pa te ladan li, yap rejte li (li pa valid).»
6. Renmen li plis pase tèt pa nou ak tout lòt moun. Li di, lapè ak benediksyon Allah sou li: «Okenn nan nou pap gen lafwa jiskaske li renmen mwen plis pase papal, pitit li, ak tout moun nèt.»
7-Ba li gwo respè, pote li sekou, epi defann chemen li an(Sunnah li). Men sa Sila a ki sen anpil la di: Pou nou ka kwè nan Allah ak nan Mesaje li a, epi pou nou onore li epi respekte li. [Al-Fath: 9].
Bon konpòtman avèk paran yo:
Kesyon 3: Kijan moun dwe aji avèk respè ak paran yo?
Repons: 1. Obeyi paran yo nan sa ki pa yon peche.
2. Sèvi paran yo.
3. Ede paran yo.
4. Satisfè bezwen paran yo.
5. Fè Doua(priye) pou paran yo.
6. Montre respè nan jan wap pale ak yo; li pa otorize pouw di yo (menm yon ti souf kòlè), epi se mo ki pi piti yon moun ka di pou montre li pa kontan.
7. Toujou souri devan manman ak papaw, epi pa janm mare figiw sou yo.
8. Mwen pa dwe janm leve vwa mwen pi wo pase vwa manman mwen ak papam. Mwen dwe koute yo ak atansyon san mwen pa koupe pawòl nan bouch yo, epi mwen pa dwe rele yo nan non yo, men mwen dwe di: "Papa m", "Manman m".
9. Mwen mande pèmisyon anvan mwen antre kote papam ak manman m pandan yo nan chanm nan.
10. Bo men ak tèt paran yo.
- Men sa senyè toupwisan an di: 23- "Epi Mèt ou a te dekrete pou nou pa adore pèsonn eksepte li menm sèl, epi pou nou montre byenfè anvè paran nou yo. Si youn nan yo, oubyen toule 2 rive nan gran laj pandan yo avèk ou, piga ou menm di yo 'ouf', ni piga ou pale fò ak yo, men pito, di yo pawòl ki plen respè." Epi bese tèt ou devan yo avèk respè ak dousè poutèt krentif ak mizèrikòd ou gen pou yo, epi di: "Mèt mwen, gen pitye pou yo menm jan yo te elvem ak swen lèm te piti. [Sourat Al-Isra vèsè 23-24].
- Epi nan hadith la, yon mesye te vin jwenn Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) pou li mandel pèmisyon pou Jihād, epi li te di: «Èske ou gen paran?» Li te di: Wi. Li di: «Ebyen, fè efò pou yo 2 a.»
Règ bon konpòtman (mannyè) pou kenbe bon relasyon ak fanmi:
Kesyon 4: Kijan poum kenbe lyen ak fanmim?
c: 1. Vizite fanmi yo pami frè ak sè, tonton (frè papa) ak matant (sè papa), ak lòt tonton (frè manman) ak lòt matant (sè manman), ak rès fanmi yo.
2. Fè byen ak yo, kit se nan pawòl, kit se nan aksyon, epi ede yo.
3. Epi pami yo genyen: Pran kontak avèk yo epi mande yo sou sitiyasyon yo.
- Men sa senyè toupwisan an di: Si nou vire do (bay Allah), èske nou pap riske lage kò nou nan fè dezòd sou tè a epi nan koupe fache (kraze relasyon) ak fanmi nou? [Sourat Muhammad, vèsè 22].
- Epi nan Hadith la: «Moun ki koupe relasyon fanmi pap janm antre nan Paradi a.»
Bon kondwit nan fratènite nan Allah, Sila a ki anwo nan syèl la:
Kesyon 5: Kijan mwen dwe konpòtem avèk frèm yo ak zanmi mwen yo?
R: 1. Mwen renmen epi mwen fè zanmi ak bon moun yo.
2. Mwen evite epi mwen kite frekante move moun. Nan Hadith la: «Piga ou fè zanmi ak pèsonn sof ak yon kwayan, epi pèsonn pa dwe manje manjew sof yon moun ki gen krentif pou Allah.»
3. Mwen salye frèm yo epi mwen ba yo lanmen. Nan Hadith la: «Pa gen 2 Mizilman ki rankontre epi yo bay lanmen, san yo pa jwenn padon anvan yo separe»
4. Mwen vizite yo lè yo malad epi mwen fè siplikasyon pou yo jwenn gerizon.
5. Epi reponn moun ki estènen an.
6. Mwen reponn envitasyon li sil envitem vizite li. Nan Hadith la: «Dwa yon Mizilman genyen sou yon lòt Mizilman se senk (5): reponn salitasyon an (Salam), vizite moun ki malad, swiv kòtèj fineray yo, reponn envitasyon, epi priye pou moun ki etènye a.»
7. Mwen ofri li konsèy. Nan Hadith la: Epi nenpòt moun ki bay frè li yon konsèy sou yon bagay, alòske li konnen verite a (oswa bon chemen an) nan yon lòt direksyon, li trayi li nèt.»
8. Mwen edel si li sibi enjistis, epi mwen anpechel fè enjistis. Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: "«Ede frè ou, kit li se moun kap fè enjistis oswa moun ki sibi enjistis.» Epi yon mesye te di: O Mesaje Allah, map ede li si li se moun ki sibi enjistis, men di mwen, si li se moun kap fè enjistis kijan poum ede li? Li te di: «Wap kenbe li - oswa ou anpeche li - fè enjistis; paske se konsa wap ede li»"
9. Mwen renmen pou frè Mizilman mwen sa mwen renmen pou tèt pa mwen. Nan Hadith la, bò kote Anas (ke Allah satisfè de li), bò kote Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di: «Youn nan nou pap gen lafwa jiskaske li renmen pou frè li sa li renmen pou pwòp tèt li.»
10. Mwen ede li si li bezwen èd mwen. Nan Hadith la: «Allah ap ede sèvitè a toutotan sèvitè a ap ede frè li»
11. Mwen pa fè li okenn mal, ak pawòl oswa ak aksyon. Nan Hadith la: «Yon Mizilman, se moun lòt Mizilman pa gen anyen pou yo pè ni nan bouch li (pawòl li), ni nan men li (aksyon li).»
12- Mwen kache sekrè li. Nan Hadith la: «Lè yon moun ap rakontew yon bagay, epi aprèsa li voye jel gade bò kotel (poul wè si gen moun kap koute), sa li di a se yon konfyans (sekre) li ba ou.»
13. Mwen pa jourel, ni mwen pa pale li mal nan do, ni mwen pa meprizel, ni mwen pa anvyel, ni mwen pa espyonel, ni mwen pa twonpel.
Nan Hadith la: «Yon Mizilman se frè yon lòt Mizilman, li pa fèl lenjistis, li pa abandonel , ni li pa meprizel. Epi, sa sifi kòm mal pou yon moun pou li meprize frè Mizilman li a.»
Règ bon konpòtman (mannyè) ak vwazen:
Kesyon 6: Ki sa ki prensip respè pou vwazen an?
Repons: 1. Mwen byen aji ak vwazen mwen nan pawòl ak nan aksyon, epi mwen edel si li bezwen èd mwen.
2. Mwen felisite li lè li gen kè kontan pou fèt Eid la, oswa pou maryaj, oubyen pou lòt bagay ankò.
3. Mwen vizite li lè li malad, epi mwen konsole li lè yon malè frape li.
4. Mwen ofri li nan sa map kwit la chak fwa sa posib.
5. Mwen pa fè li okenn mal nan pawòl oswa nan aksyon.
6- Mwen pa deranje li avèk yon vwa byen fò oswa espyone li, epi mwen pran pasyans avèk li.
- Men sa senyè toupwisan an di: "Adore Allah, epi piga nou ba li okenn asosye (nan adorasyon an) nan anyen ditou. Epi aji byen ak paran nou, ak fanmi nou ak moun ki pwòch nou, ak timoun ki òfelen yo, ak moun ki nan bezwen yo, ak vwazen ki fanmi nou, ak vwazen ki pa fanmi nou, ak konpayon ki bò kote nou yo, ak vwayajè ki nan bezwen, epi ak sa men dwat nou posede yo (tankou esklav ak sèvitè). Vrèmanvre, Allah pa renmen moun ki awogan epi ki toujou ap vante tèt yo." [An-Nisa: 36].
- Epi Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «O Abu Dharr, si wap kwit yon bouyon, mete ase dlo ladan li epi sonje vwazen ou yo (pataje ak yo).»
- Nan diskou ki soti bò kote Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): «Moun ki kwè nan Allah ak Jou Dènye a, li pa dwe nwi vwazen li»
Bon kondwit pou resevwa envite:
Kesyon 7: Ki prensip ak bon kondwit moun dwe genyen lè yap resevwa envite ansanm ak fason envite a li menm dwe konpòtel ?
R: 1- Mwen reponn nenpòt moun ki envitem lakay li (oswa nan yon resepsyon).
2. Siw vle vizite yon moun, mande pèmisyon epi pran yon randevou.
3. Mwen mande pèmisyon anvan mwen antre.
4. Mwen pa pran reta nan vizit la.
5. Mwen bese zyem devan moun nan kay la.
6. Mwen akeyi envite a epi mwen resevwal ak pi bon akèy la, ak yon figi souriyan, epi ak pi bèl pawòl byenvini yo.
7. Fè envite a chita nan pi bon plas la.
8. Mwen onorel lèm resevwal byen ak manje ak bwè.
- Men sa senyè toupwisan an di: O nou menm ki kwè! Piga nou antre nan kay ki pa kay pa nou jiskaske nou mande pèmisyon epi nou salye moun ki ladan yo. Sa pi bon pou nou, pou nou ka sonje. [An-Nour: 27].
- Nan Hadith la: « Allah mete règleman pou moun mande pèmisyon (anvan yo antre yon kote) se sèlman pou anpeche je gade sa yo pa dwe wè.»
- Epi pawòl li, (ke lapriyè ak lapè sou li): «Moun ki kwè nan Allah ak Jou Dènye a, li dwe onore envitel»
Règ bon konpòtman (mannyè) lè yon moun malad:
Kesyon 8: Ki prensip ak bon kondwit ki genyen pou lè yon moun malad ak pou vizite moun malad?
R: 1. Lè mwen santi yon doulè ; mwen mete men dwat mwen sou kote doulè a ye a, epi mwen di : "Bismillah" (Nan non Allah) twa fwa, epi mwen di : "Mwen chache pwoteksyon nan grandè Allah ak nan pouvwa Li kont mal mwen santi a epi kont sa m ap redoute a" 7 fwa.
2. Mwen aksepte sa Allah deside epi mwen gen pasyans. Nan Hadith Umm al-Ala a, (ke Allah kontan avèk li), li te di: Mesaje Allah a (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te vizitem pandan mwen te malad, epi li te di: «Resevwa bòn nouvèl, O Oum Al-Ala; paske maladi yon Mizilman, Allah retire peche li yo atravè li, menm jan dife retire salte ki nan lò ak lajan.»
3. Mwen prese al vizite frè mwen ki malad la, mwen fè Doua pou li, epi mwen pa rete chita lontan bò kote li.
4. Mwen fè Ruqyah pou li (mwen li vèsè pwoteksyon pou li) san li pa bezwen mande m.
5. Mwen konseye li pasyans ak siplikasyon, epi lapriyè ak pirifikasyon selon sa li kapab.
6. Fè Doua pou moun ki malad la: "«Mwen mande Allah ki gen anpil grandè, Mèt Twòn ki gen anpil grandè a, pou li geri ou» 7 fwa."
Règ bon konpòtman (mannyè) lè wap chèche konesans:
K9: Ki prensip respè (Adab) ki genyen nan chèche konesans?
R: 1- Fè entansyon ak yon kè ki sensè pou Allah sèlman, Toupwisan e Majestye. Nan Hadith la: «Moun ki aprann konesans pou li vante tèt li devan savan yo, poul diskite ak moun ki san konprann yo, oswa pou li atire atansyon moun sou li, Allah ap fèl antre nan Lanfè.»
2. Mwen mete konesans mwen te aprann nan an pratik. Nan Hadith la: «2 pye yon sèvitè pap deplase nan Jou Jijman an jouk yo poze li kesyon sou 4 bagay: -epi li mansyone pami yo- ak sou konesans li, kisa li te fè ak li»
3. Mwen respekte pwofesè a epi mwen onore li nan prezans li ak nan absans li.
4. Mwen chita devan li avèk respè.
5. Mwen koutel ak anpil atansyon epi mwen pa koupe pawòl li pandan lap bay leson an.
6. Mwen demontre bon mannyè lè map poze kesyon an.
7. Mwen pa relel nan non li. - Nan Hadith la: «Youn nan fason pouw onore Allah se lèw onore yon granmoun ki mizilman, ak yon moun ki pote Koran an nan kè l.»
Règ bon konpòtman (mannyè) nan yon rasanbleman:
Kesyon 10: Ki bon jan fason pou konpòtew nan yon asanble?
R: 1- Mwen salye moun ki nan asanble a.
2. Mwen chita kote asanble a fini an, mwen pa fè okenn moun leve sot nan plas li, oswa chita nan mitan 2 moun eksepte avèk pèmisyon yo.
3. Mwen fè plas pou lòt moun ka chita.
4. Mwen pa entèwonp konvèsasyon asanble a.
5. Mwen mande pèmisyon epi mwen di 'Salam' anvan mwen kite asanble a.
- Epi, bò kote Ibn Oumar (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), bò kote Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): «Li te entèdi pou fè yon moun leve sot nan plas li, epi pou yon lòt moun chita ladan li, men okontrè, fè plas epi bay espas.»
6. Lè yon reyinyon fini, mwen di envokasyon pou mande padon pou sak te pase nan reyinyon an, ki se: "«O Allah, glwa pou ou ak lwanj pou ou, mwen temwaye pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon an Sèlman ou menm, mwen mande ou padon epi mwen repanti tounen vin jwenn ou.»"
Règ bon konpòtman (mannyè) pou dòmi:
K11: Ki prensip respè pou dòmi?
Repons: 1. Mwen dòmi bonè. Daprè Adit la: « Daprè Abi Barza (ke Allah satisfè avè l), Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn pa renmen dòmi anvan 'Icha (lapriyè aswè a), ak pale aprè li. »
2. Mwen dòmi tou pirifye.
3. Mwen pa dòmi sou vant mwen.
4. Mwen dòmi sou bò dwat mwen, epi mwen mete men dwat mwen anba machwè dwat mwen.
5- Mwen sekwe kabann mwen (anvan m kouche).
- Nan Hadith la: Daprè Al-Bara' ibn 'Azib (ke Allah satisfè de li), li te di: Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Lè ou ale nan kabann ou, fè woudou (pirifikasyon) ou menm jan ou fèl pou lapriyè, aprèsa, kouche sou kote dwat ou.»
- Epi daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te wè yon mesye kouche sou vant li, epi li te di: "Sa se yon pozisyon kouche Allah pa renmen."
- Epi Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Lè younn nan nou pral nan kabann li, se poul souke kabann li avèk bò anndan 'Izar' li a (moso twal pou vlope ren l); paske li pa konnen ki sa k te vin sou li aprè l.»
6. Mwen li Azkar pou dòmi yo, ki gen ladan li Ayat Al-Koursi, ak Sourat Al-Ikhlas, ansanm ak Al-Mou'awwidhatayn (de Sourat pwoteksyon yo) 3 fwa. Epi mwen di : «Nan non ou, O Allah, mwen mouri epi mwen viv».
7. Mwen reveye pou lapriyè Fajr la.
8. Epi mwen di aprè mwen leve nan dòmi: «Lwanj pou Allah ki ban nou lavi aprè li te fin fè nou mouri, epi se jwenn Li nap retounen».
Règ bon konpòtman (mannyè) lè wap manje:
K12: Kisa ki règ bon konpòtman (mannyè) lè wap manje?
J: 1. Mwen fè entansyon ak manjem ak bwèm poum jwenn fòs poum obeyi Allah, Toupwisan e Trè O a.
2. Lave 2 men yo anvan manje.
- Daprè Hadith Manman kwayan yo, Aïcha a, (ke Allah satisfè avèk li), Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te: «Lè li vle manje epi bwè, li lave 2 men li yo, aprèsa, li manje epi li bwè.»
3. Mwen pwononse : "Bismillah" (Nan non Allah), epi mwen manje ak men dwat mwen nan sa ki devan mwen an, epi mwen pa manje nan mitan asyèt yo, oswa nan sa ki devan lòt moun.
- Daprè Adit la: «O jenn gason, site non Allah, epi manje ak men dwat ou, epi manje nan sa ki devan ou»
4. Si mwen bliye pwononse "Bismillah", mwen di : "Nan non Allah nan kòmansman ak nan fen ".
- Daprè Hadith Manman Kwayan yo, Aïcha a, (ke Allah satisfè avèk li), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Si younn nan nou ap manje, se pou li di: Nan non Allah, epi si li bliye nan kòmansman li, se pou li di: Nan non Allah nan kòmansman li ak nan fen li»
5. Mwen aksepte manje ki la a, epi mwen pa kritike manje a, si mwen renmen l, mwen manjel, epi si mwen pa renmen l, mwen kitel.
- Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), li te di: «Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) pa te janm konn kritike okenn manje: si li te anvi li, li te konn manje li; men si li pat anvi li, li te konn kite li.»
6. Mwen manje kèk bouch manje, epi mwen pa manje anpil.
- Nan Hadith la: «Pa gen okenn veso yon moun ranpli ki pi mal pase vant li, li sifi pou yon moun pran kèk ti bouch manje poul kenbe dol dwat, men si nanm li dominel (si anvi li pi fò), enben se poul kite yon tyè pou manje, yon tyè pou bwè, epi yon tyè pou souf li.»
7. Mwen pa soufle nan manje a oswa nan bwason an epi mwen kitel jiskaske li refwadi.
- Nan Hadith la: «Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te entèdi soufle nan manje ak bwason»
8. Rasanble ak lòt moun pou manje, avèk fanmi oswa envite.
- Yon Hadith rapòte ke yon mesye te di Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): Nou manje epi nou pa rasazye, Li te di: «Petèt nou konn manje separe, rasanble sou manje nou, epi pwononse non Allah Ta'ala sou li, lap mete benediksyon ladan l pou nou.»
9. Mwen pa kòmanse manje anvan lòt moun ki pi gran pase mwen.
10. Mwen pwononse non Allah pandan map bwè, epi mwen bwè pandan mwen chita, epi mwen bwèl an twa fwa, epi mwen pa respire nan veso a.
- Dapre Adit la: «Lè youn nan nou ap bwè, li pa dwe respire nan veso a.»
- Epi, daprè hadith Anas, ke Allah satisfè avèk li, «ke Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te entèdi pou moun bwè pandan yo kanpe»
- Epi daprè Adit la: Mesaje Allah a (Pè AK benediksyon Allah kouvri li) te konn respire 3 fwa nan bwason an.
11. Mwen remèsye Allah lè mwen fini manje oswa bwè.
- Nan Hadith la: «Anverite, Allah satisfè ak sèvitè a lè li manje yon repa epi li fè lwanj pou li pou sa, oswa lè li bwè yon bwason epi li fè lwanj pou li pou sa.»
Règ bon konpòtman (mannyè) pou rad (abiye):
Kesyon 13: Ki prensip ki genyen pou rad?
R: 1. Mwen kòmanse nan mete rad mwen ak bò dwat la, epi mwen fè lwanj pou Allah pou sa.
- Daprè adis Abou Hurayrah (ke Allah satisfè avè l), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Lè nou abiye epi lè nou fè woudou, kòmanse ak bò dwat nou.»
2- Mwen pa kite rad mwen long rive anba cheviy mwen yo.
- Nan Hadith la: «Pati nan rad la ki desann pi ba pase cheviy yo ap nan Dife a.» Epi zo jwenti pye yo se 2 zo ki pouse deyò sou 2 bò pye a.
3. Ti gason pa gen dwa mete rad ti fi, ni ti fi pa gen dwa mete rad ti gason.
- Nan Hadith la: «Mesaje Allah la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te bay madichon pou gason kap mete rad fanm, ak fanm kap mete rad gason»
4. Pa imite abiman moun ki pa kwè yo oswa moun kap fè peche yo.
- Daprè Adit la: «Nenpòt moun ki imite yon pèp, li fè pati yo.»
5- Di 'Bismillah' (Nan non Allah) lè wap retire rad ou.
- Nan Hadith la: «Pwoteksyon (vwal) ki genyen ant pati prive (entim) pitit Adan yo ak djinn yo, lè youn nan nou retire rad li, se pou li di: Bismillah»
6. Mete soulye yo nan pye dwat la an premye, epi retire yo nan pye gòch la.
- Daprè Adit Manman Kwayan yo, Aicha a, (ke Allah satisfè avèk li), li te di: «Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn renmen kòmanse pa bò dwat nan mete soulye li, nan penyen cheve li, nan pirifikasyon li, ak nan tout zafè li yo»
Règ bon konpòtman (mannyè) lè wap monte yon mwayen transpò:
K14: Ki prensip respè pou lè wap monte?
R: 1. Mwen di: 'Bismillah, Alhamdulillah' (Nan non Allah, Lwanj pou Allah), 13: Lwanj pou Allah ki te ban nou kontwòl sou tout bagay sa yo, paske nou pa tap janm ka rive fè sa pou kò nou. 14: Epi se bò kote Gran Mèt nou an nap retounen. [Sourat Az-Zukhruf vèsè 13-14].
2. Si mwen pase bò kote yon Mizilman; mwen ba li salam.
Règ bon konpòtman (mannyè) sou wout la:
Kesyon15: Ki sa ki bon fason pou moun aji (adab) nan lari?
C: 1. Mwen modere epi mwen gen imilite nan fason map mache a. Men sa senyè toupwisan an di: Epi pa mache sou tè a ak grandizè. Paske ou pap janm fann tè a, epi ou pap janm rive nan wotè mòn yo. [Al-Isra: 37].
2. Mwen bay 'Salam' (salitasyon) bay moun mwen rankontre.
- Yo te mande Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): « Ki aksyon nan Islam ki pi bon? » Li reponn: « Se pouw bay moun manje, epi pouw bay Salam moun ou konnen ak moun ou pa konnen. »
3. Mwen bese zye m, epi mwen pa fè pèsonn mal.
4. Li (Islam) pase lòd pou moun fè sa ki byen, epi li entèdi sa ki mal. Nan adis daprè Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), pawòl li: «Kidonk, bay wout la dwa li». Yo di: E kisa ki dwa wout la? Li di: «Bese je, evite fè moun mal, reponn 'Salam' nan (salitasyon an), kòmande sa ki byen, epi entèdi sa ki mal»
5. Retire bagay ki nwizib sou wout la.
- Nan Hadith la: «Epi retire sa ki nwizib sou wout la, se yon charite.»
Bon kondwit lè wap antre nan kay la ak lè wap soti ladan l:
Kesyon 16: Ki prensip pou antre ak soti nan kay la?
R: 1. Mwen soti ak pye gòch mwen, epi mwen di: "«Nan non Allah, mwen mete tout konfyans mwen sou Allah, pa gen okenn fòs ni okenn pisans esepte nan Allah. O Allah! Mwen mande Ou pwoteksyon pou m pa pèdi ni pou yo pa fè m pèdi, pou m pa glise (nan erè) ni pou yo pa fè m glise, pou m pa fè lenjistis ni pou yo pa fè m lenjistis, epi pou m pa aji nan inyorans ni pou yo pa aji nan inyorans anvè mwen»."
2. Mwen antre nan kay la ak pye dwat mwen, epi mwen di: «Nan non Allah nou antre, epi nan non Allah nou soti, epi se sou Senyè nou an nou mete konfyans nou.»
3- Epi mwen kòmanse ak Siwak la, aprèsa mwen salye moun nan kay la.
- Nan Hadith la: «Lè li antre, li te konn kòmanse ak Siwak la»
Règ bon konpòtman (mannyè) lè wap fè bezwenw (ale nan twalèt):
K17: Kisa ki règ bon konpòtman (mannyè) lè wap fè bezwenw (ale nan twalèt)?
C: 1. Mwen antre ak pye gòch mwen.
2. Epi mwen di anvan mwen antre: «Nan non Allah, O Allah! Mwen mande Ou pwoteksyon kont move lespri mal yo ak move lespri femèl yo».
3. Mwen pa antre ak okenn bagay ki gen non Allah sou li.
- Daprè Anas, ke Allah satisfè avèk li, li te di: «Lè Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) te antre nan twalèt la, li te konn retire bag li.»
4. Mwen kache kòm lè map fè bezwen m.
- Nan Hadith la: «Sa Mesaje Allah la (se pou lapè ak benediksyon Allah avèk li) te pi renmen kache dèyèl pou fè bezwen l, se te yon bit tè oswa yon jaden pye dat»
5. Mwen pa pale nan kote map fè bezwen mwen nan.
6. Mwen pa vire bò kote 'Kibla' a, ni mwen pa vire do ba li pandan map fè pipi oswa poupou.
- Daprè pawòl Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): «Pa vire fas bò kote Kibla a lè nap fè gwo bezwen oswa ti bezwen, men vire fas bò lès oswa bò lwès»
7. Mwen itilize men gòch mwen pou retire salte, epi mwen pa itilize men dwat la.
- Daprè Adit la: «Li te entèdi nou… pou nou netwaye nou ak men dwat nou»
8. Mwen pa fè bezwen mwen nan chemen kote moun ap pase, ni nan lonbraj yo.
- Daprè adit Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: « Pran prekosyon ak 2 bagay ki lakòz malediksyon yo. » Yo te di: « Epi kisa 2 bagay ki lakòz malediksyon yo ye, O Mesaje Allah? » Li te reponn: « Se moun ki fè bezwen li nan chemen moun yo, oubyen anba lonbraj yo. »
9. Mwen lave 2 men m yo aprè mwen fè bezwen m. Pou Hadith Jarir la, ke Allah agreyel: Mwen te avèk Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), epi li te ale nan twalèt la, epi li te fè bezwen li, aprèsa li te di: «O Jarir, pote dlo pou pirifikasyon.» Mwen pote dlo a ba li, epi li pirifye tèt li ak dlo a, aprèsa, li pase men li, li fwote li sou tè a.
10. Mwen soti ak pye gòch mwen, epi mwen di: «Mwen mande Ou padon».
Bon konpòtman (prensip respè) moske a:
Kesyon 18: Ki sa ki bon konpòtman (prensip respè) pou moske a?
R: 1. Mwen antre nan moske a ak pye dwat mwen, epi mwen di : "«Nan non Allah, O Allah, louvri pou mwen pòt mizèrikòd Ou yo.»"
2. Mwen pa chita jiskaske mwen priye 2 rakat.
- Daprè Adit la: «Lè younn nan nou antre nan Masjid la, se poul pa chita jiskaske li priye 2 rakat»
3. Mwen pa pase devan moun kap priye yo, oswa rele byen fò pou chache yon bagay ki pèdi anndan moske a, oswa vann ak achte anndan moske a. Li di, lapè ak benediksyon Allah sou li: «Si moun kap pase devan moun kap fè lapriyè a te konnen ki peche li rale sou do li, rete kanpe pou karant tap pi bon pou li pase li pase devan li.»
- Epi pawòl Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li): « Si yon moun tande yon moun kap rele byen fò pou chache yon bagay li pèdi anndan moske a, se pou li dil: "Se pou Allah pa janm fèw jwenn li", paske moske yo pa bati pou sa. »
- Epi nan Hadith la: « Si nou wè yon moun kap vann oswa kap achte anndan moske a, di li: "Se pou Allah fè biznis ou an pa rapòtew anyen." »
4. Veye sou pwòpte moske a.
- Nan hadith la, bò kote Manman Kwayan yo, Aicha (ke Allah satisfè de li), li te di: «Mesaje Allah la (se pou lapè ak benediksyon Allah avèk li) te òdone pou yo bati moske nan katye yo, epi pou yo netwaye yo epi pafime yo».
5. Mwen soti nan moske a ak pye gòch mwen, epi mwen di: "« O Allah mwen mandew pou ou ban mwen nan favè ou (benediksyon Ou). »"
Règ bon konpòtman (mannyè) pou bay Salam (salye moun):
K19: Ki prensip pou bay 'Salam' nan?
R: 1. Lè mwen rankontre yon Mizilman, mwen kòmanse bay 'Salam' la, pandan map di: 'Assalamou Alaykoum wa Rahmatoullahi wa Barakatouh' (Se pou lapè Allah, mizèrikòd li ak benediksyon l sou nou), mwen pa kòmanse ak anyen lòt pase 'Salam' lan, epi mwen pa fè siy ak men mwen sèlman.
2. Mwen souri nan figi moun mwen salye a. Nan Hadith la: «Pa meprize okenn bon zèv, menm si se rankontre frèw ak yon figi souriyan.»
3. Epi mwen ba li lanmen ak men dwat mwen.
4. Si yon moun salye mwen ak yon salitasyon, mwen salye li ak youn ki pi bon pase li, oswa mwen reponn menm jan an.
- Daprè pawòl li, Sila a ki egzalte a: Epi lè yo salye nou ak yon salitasyon, reponn ak yon salitasyon ki pi bèl pasel, oswa rann li menm jan an. Anverite, Allah ap kalkile tout bagay (li pran nòt sou tout sa nap fè). [An-Nisa: 86].
5. Mwen pa kòmanse bay yon moun ki pa kwayan salitasyon an, epi si li salye m, mwen reponn li: "Wa alaykoum".
- Daprè Adit la: «Pa kòmanse bay Jwif yo, ni Kretyen yo 'Salam' la.»
6. Epi moun ki pi piti a bay moun ki pi gran an salam, moun ki sou monti a bay moun kap mache a salam, moun kap mache a bay moun ki chita a salam, epi gwoup ki gen mwens moun nan bay gwoup ki gen plis moun nan salam. Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Moun ki sou monti a salye moun kap mache a, epi moun kap mache a salye moun ki chita a, epi moun ki mwens yo salye moun ki pi anpil yo»
7. Pa bay fi ou pa gen dwa marye avèl (ki pa fanmi pwòch/mahram) lanmen.
- Nan hadit la, bò kote Manman Kwayan yo, Aicha (ke Allah satisfè avèk li), li te di: «Non, pa Allah, men Mesaje Allah a, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) pa te janm manyen men okenn fanm ditou.»
Règ kondwit pou mande pèmisyon:
K20: Ki prensip respè pou mande pèmisyon?
R: 1. Mwen mande pèmisyon anvan mwen antre nan espas la.
2. Mwen mande pèmisyon 3 fwa epi mwen pa fè plis, aprèsa mwen ale.
Nan Hadith la: «Si youn nan nou mande pèmisyon 3 fwa epi yo pa ba li pèmisyon, fòk li tounen.»
3. Mwen frape pòt la dousman, epi mwen pa kanpe fas a pòt la, men pito sou bò dwat li oswa sou bò gòch li. Epi mwen di: 'Assalamou Alaykoum'. Daprè Adit la: «Lè Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te rive bò pòt yon gwoup moun, li pat vire fas li dirèkteman devan pòt la, men pito sou bò dwat li oswa sou bò gòch li, epi li te di: "Assalamou Alaykoum, Assalamou Alaykoum" (Lapè sou nou, Lapè sou nou)»
4. Mwen pa antre kote papa mwen ak manman mwen, oswa nan okenn chanm, anvan mwen mande pèmisyon, sitou anvan Fajr la, nan lè repo midi a, ak aprè lapriyè Icha a.
- Daprè pawòl li, Sila a ki egzalte a: O nou menm ki gen lafwa! Se pou sa ki anba otorite nou yo ak timoun ki poko gen laj majè yo nan pami nou yo mande pèmisyon (anvan yo antre kote nou ye) nan 3 moman espesifik: anvan lapriyè bajou kase (Fajr), lè nou retire rad sou nou nan mitan jounen an (lè nou pral fè yon ti poze), epi aprè lapriyè aswè (Isha). Sa yo se 3 moman kote nou konn pa kouvri kò nou nèt. Aprèsa moman sa yo, pa gen okenn fòt ni pou nou ni pou yo si yo antre san mande, paske nou youn ap sikile bò kote lòt. Se konsa Allah fè nou konprann siy Li yo byen klè; epi Allah konnen tout bagay, Li gen tout bon konprann nan. [An-Nour: 58].
5. Mwen ka antre nan kote moun pa abite yo, tankou: lopital oswa magazen, san mande pèmisyon.
- Men sa senyè toupwisan an di: Li pa yon fot pou nou si nou antre nan kay kote moun pa rete, depi nou gen yon enterè (oswa bagay nou bezwen) ladan yo. Epi Allah konnen sa nap fè parèt aklè ak sa nap kache nan kè nou. [An-Nour: 29].
Règ bon konpòtman (mannyè) pou trete bèt yo avèk dousè:
K21: Ki prensip ki genyen pou byen trete bèt yo?
j: 1. Bay bèt la manje epi ba li bwè.
- Nan Hadith la: Yo di: 'O Mesaje Allah, èske vrèman nou gen yon rekonpans pou byenfè nou fè bèt yo?' Li di: «Gen yon rekonpans pou chak kreyati ki gen fwa vivan»
- Epi Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te pase bò kote yon chamo ki te gen do li kole ak vant li, epi li te di: «Gen krentif pou Allah konsènan zannimo sa yo»
2- Gen mizèrikòd ak kè sansib pou li, epi pa ba li pote chay li pa ka sipòte.
- Nan Hadith la: li di, lapè ak benediksyon Allah sou li: «Kilès ki mèt chamo sa a? Pou kilès chamo sa a ye? Epi, gen yon jèn gason nan pami Ansar yo ki vini, li di: "Se pou mwen, O Mesaje Allah." Li di li: "Èskew pa gen krentif pou Allah pou bèt sa a Li fèw vin mèt li a? Paske li plenyen ban mwen dèskew ap fèl pase grangou epi wap fatigel anpil."» Tid-ib (تدئبه) : Sa vle di fatige l
3. Mwen pa tòtire bèt ak okenn kalite soufrans ak mal.
- Nan hadith ki soti nan Jabir (se pou Allah kontan avèk li), ke yon bourik ki te make nan figi li te pase bò kote Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li), epi li te di: « Èske nou pa tande mwen te modi moun ki make yon bèt nan figil, oswa ki bal kou nan figil? » Epi li te entèdi sa.
Bon fason pou moun aji nan espò
Kesyon 22: Ki bon fason pou moun aji nan espò?
C: 1. Mwen fè entansyon nan fè espò poum ranfòse kòm nan bi poum obeyi Allah ak jwenn satisfaksyon Li.
2- Nou pa jwe pandan lè lapriyè a.
- Men sa senyè toupwisan an di: Donk, malè pou moun kap fè lapriyè yo * Moun sa yo ki neglijan nan lapriyè yo. [Al-Ma'un: 4-5].
3. Ti gason pa fè spò ak ti fi.
4. Mwen dwe mete rad espò ki kouvri pati entim mwen (Awrah).
5. Mwen evite espò ki entèdi yo, tankou sa ki gen ladan yo frape nan figi ak fè pati prive (pati entim) parèt (san kouvri).
Nan Hadith la: «Si youn nan nou ap goumen ak frèl, se poul evite figi a.»
Règ bon konpòtman (mannyè) lè wap fè blag:
Kesyon 23: Ki prensip ki genyen pou fè blag?
R: 1. Di laverite nan plèzantri (lè wap fè blag), epi pa bay manti.
- Nan Hadith la: «Malè pou moun ki pale epi ki bay manti pou li fè moun yo ri, malè pou li, malè pou li»
2. Blag ki pa gen ladan li moke moun, pase moun nan betiz, fè moun mal, ak fè moun pè.
- Li di, lapè ak benediksyon Allah sou li: «Li pa pèmèt pou yon mizilman fè yon mizilman pè.»
3. Pa fè twòp blag.
- Li di, lapè ak benediksyon Allah sou li: «Epi pa ri twòp; paske lè yon moun ri twòp, sa touye kè li.»
Règ bon konpòtman (mannyè) lè wap estènye:
Kèsyon 24: Ki prensip pou lè wap estènen?
R: 1. Mete men ou oswa rad ou, oswa mouchwaw lè wap etènye.
2. Fè lwanj pou Allah aprèw estènye: 'Alhamdulillah' (Lwanj pou Allah).
3. Se pou frè li oswa zanmi li di li: "Se pou Allah fè ou mizèrikòd."
- Si li dil sa, se poul di: "Se pou Allah gide nou epi ranje sitiyasyon nou."
Règ bon konpòtman (mannyè) lè wap baye:
Kesyon 25: Kisa ki règ bon konpòtman (mannyè) lè wap baye?
R: 1- Eseye kenbe baye a.
Nan Hadith la: «Baye soti nan men Satan, epi si youn nan nou ta baye, enben se pou li repouse li otan li kapab»
2. Pa leve vwa li pou li di "Ah Ah".
- nan Hadith la: «Epi piga li di: Ah, ah, paske lè youn nan nou louvri bouch li, dyab la (Satan) ap ri li.»
3. Li mete men li sou bouch li.
- Nan Hadith la: «Lè youn nan nou baye, se poul mete men li sou bouch li; paske dyab la (Satan) ap antre.»
Bon fason pou moun fè lapriyè/envokasyon:
Kesyon 26: Ki bon fason pou moun fè lapriyè/envokasyon:
R: 1. Kòmanse avèk lwanj pou Allah ak elòj pou Li.
2. Lapriyè sou Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li).
- Nan diskou a bò kote Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): «Lè ou priye, epi ou chita, fè lwanj pou Allah jan li merite a, epi mande benediksyon pou mwen, aprèsa, mande li.»
3. Li leve 2 men li pandan lap fè Doua a.
- Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Anverite, Seyè nou an gen anpil diyite ak anpil jenerozite. Lè yon sèvitèl leve 2 men li nan direksyon poul mande li yon bagay, Li santi l wont poul ta kite men sa yo tounen vid san li pa ba li anyen.»
4. Repantans ak rekonèt peche a.
- Nan lapriyè Moyiz (lapè poze sou li): Li di: Mèt mwen! Mwen fè tèt mwen tò, se sak fè, padonem. Epi Li padone li; anverite, se Li menm ki padone anpil la, Sila a ki Gen Mizèrikòd la. "[Al-Qasas 16]."
5. Pèsiste nan fè Doua, sa vle di fèl anpil epi repetel.
6. Pa prese pou jwenn repons lan.
7. Ou pa dwe fè envokasyon pou yon peche, ni pou koupe fache oswa abandone fanmi yo.
- Nan Hadith la: «Yap toujou reponn yon sèvitè toutotan li pa mande pou yon peche oswa pou koupe lyen fanmi, epi toutotan li pa prese. Yo te mande: o Mesaje Allah, kisa prese a ye? Li di: Se lè moun nan ap di: Mwen te priye, epi mwen te priye, men mwen pa wè Li reponn mwen. Konsa, li vin dekouraje lè sa a, epi li abandone lapriyè a.»
8. Bese vwa a lè nap fè Siplikasyon.
- Men sa senyè toupwisan an di: "Priye Mèt nou an avèk imilite epi an sekrè." [Al-Araf: 55].
9. Prezans kè a pandan Siplikasyon an.
- nan Hadith la: "Lapriyè Allah antan nou gen konviksyon ke lap reponn nou, epi konnen ke Allah pa reponn lapriyè ki soti nan yon kè ki distrè epi ki neglijan."
10- Senserite pou Allah ki gen tout pouvwa a, epi mande Allah sèlman nan moman difisil ak nan moman fasil.
- Men sa senyè toupwisan an di: Epi anverite, tout moske yo (kote yo fè prostènasyon yo) se pou Allah sèlman; konsa, piga nou janm adore pèsonn ansanm ak Allah. Sourat Al-Jinn (vèsè 18)
11. Chèche mwayen pou pwoche bò kote Allah avèk Non li yo ki pi bèl yo, ak Kalite li yo.
- Men sa senyè toupwisan an di: Allah gen non ki pi bèl yo, konsa, rele li (priye li) ak non sa yo [Al-A’raf: 180].
12. Vire fas bò kote Kibla a. Nan Hadith la: «Li te kontinye ap sipliye Seyè li pandan lap lonje 2 men li fè fas ak Qibla a, jiskaske manto li te tonbe sot sou 2 zepòl li»
13- Asirew manje ak rad wap mete yo bon(alal ak pwòp). Nan Hadith la: «Aprèsa, Pwofèt la bay egzanp yon vwayajè ki fè yon vwayaj byen lwen, cheve li tou gaye, li kouvri ak pousyè, epi lap leve 2 bral nan syèl la, lap rele: "O senyè O senyè !" poutan, manjel se vòlè (haram), bwason li se vòlè, rad sou li se vòlè, epi li grandi nan sa ki mal (haram). Ki jan pou Allah ta fè reponn yon moun konsa?!»
Bèl konpòtman pou lekti Koran an:
Kesyon 27: Ki bèl konpòtman yon moun dwe genyen pou lekti a?
c: 1. Lekti a nan yon eta ki pwòp aprè ablisyon an.
2. Chita avèk respè ak diyite.
3. Mwen chache pwoteksyon nan men Allah kont satan nan kòmansman lekti a. Men sa senyè toupwisan an di: Lè wap li Koran an, chache pwoteksyon nan men Allah kont Satan ki rejte a. [An-Nahl: 98].
4. Mwen medite sou lekti a. Men sa senyè toupwisan an di: Donk, èske yo pa medite sou Koran an? Oubyen èske gen kadna sou kè yo? [Sourat Muhammad, vèsè 24].
*******
Seksyon Karaktè ak Bon Konpòtman (Moralite)
Syans karaktè ak bon konpòtman (moralite):
Moralite: Se yon syans ki fè nou konnen siyifikasyon sa ki byen ak sa ki mal, epi li montre ki jan nou dwe aji avèk Allah ansanm ak kreyati li yo.
Kesyon 1: Ki merit bon konpòtman genyen?
Repons: Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: « Pami kwayan yo (moun ki gen lafwa yo), moun ki gen lafwa ki pi konplè a, se moun ki gen pi bon konpòtman an. »
Kesyon 2: Poukisa nou dwe pratike bèl karaktè ak bon konpòtman (moralite) nan Islam?
Repons: 1- Paske li se yon rezon pou jwenn lanmou Allah — ki anwo nan syèl la .
Nan Hadith la: «Sèvitè Allah yo ke Allah Granmèt la pi renmen, li di: se sila yo ki gen pi bon konpòtman.»
2- Epi li se yon rezon ki fè kreyati yo (moun) renmen li.
3- Li se bagay ki pi lou nan Balans lan.
- Nan Hadith la: «Bagay ki pi lou nan balans lan Jou Jijman an se yon bèl konpòtman.»
4. Rekonpans ak benediksyon yo ap miltipliye grasa bon konpòtman.
- Nan Hadith la: «An verite, avèk bon karaktè li, kwayan an rive atenn degre moun kap priye lannwit ak moun kap jene lajounen an.»
5. Ak yon siy ki montre pèfeksyon lafwa a.
- Nan Hadith la: « Pami kwayan yo (moun ki gen lafwa yo), sila ki gen lafwa ki pi konplè a, se sila ki gen pi bon konpòtman an. »
Kesyon 3: Ki kote nou pran bèl karaktè ak bon konpòtman (moralite) nou yo?
Repons: Soti nan Nob Koran an, Sila a ki egzalte a, di: Sètènman, Koran sa a gide nan chemen ki pi dwat la. [Al-Isra: 9].
- Epi nan Sounna Pwofetik la: jan Mesaje Allah a,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: "«Yo te voye mwen sèlman poum pèfeksyone bon moralite a»"
Kesyon 4: Kisa kalite moral Al-Ihsan (Pèfeksyon/Ekselans) lan ye, epi ki fòm li yo?
Repons: Pèfeksyon an: li se toujou gen konsyans nan Allah, epi fè sa ki byen ak montre pèfeksyon anvè kreyati yo.
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Anverite, Allah mande pou nou aji ak bon kè nan tout sa nap fè.»
Pami fòm Pèfeksyon an:
✔ Pèfeksyon an nan adorasyon Allah, Sila a ki Pi Wo a, epi sa fèt ak yon kè ki sensè nan adorasyon Li.
✔ Fè byen ak paran yo, kit se nan pawòl, kit se nan aksyon.
✔ Fè sa ki byen pou fanmi yo ak moun ki pwòch yo.
✔ Aji byen ak vwazen an.
✔ Fè byen ak òfelen yo ak malere yo.
✔ Fè byen ak moun ki fè ou mal.
✔ Pèfeksyon ,gen bon fason nan diskisyon
✔ Al-Ihsan (Pèfeksyon/Ekselans) nan pawòl.
✔ Fè byen ak bèt yo.
Kesyon 5: Ki sa ki lekontrè ak fè sa ki byen?
C: Kontrè Pèfeksyon an se fè sa ki mal.
- Epi pami sa yo: kite Senserite nan adorasyon pou Allah (ki gen tout pouvwa a).
- Ak dezobeyisans anvè paran yo.
- Ak koupe lyen fanmi.
- Ak move vwazinaj.
- Kite fè byen ak pòv ak malere yo, ansanm ak lòt pami move pawòl ak aksyon yo.
K6: Ki kalite "Al-Amanah" (onètete/konfyans) ki genyen ak nan ki fòm nou jwenn yo?
C: 1. Responsablite nan prezève dwa Allah Trèwo a.
Fòm li yo se: Onètete nan akonpli adorasyon yo, tankou fè lapriyè (salat), bay lacharite (Zakat), fè jèn, ak fè pelerinaj (Hadj), ansanm ak tout lòt sa Allah fè obligatwa sou nou yo.
2. Responsablite nan pwoteje dwa kreyati yo:
- Pami sa ki pwoteje onè (repitasyon) lòt moun.
-Ak byen yo.
- Ak san yo.
- Ak sekrè yo, epi tout sa moun konfyew.
Men sa Sila a ki egzalte a di lè lap mansyone kalite moun ki reyisi yo: Epi moun sa yo ki veye sou bagay yo konfye yo ak angajman yo. [Al-Mouminoun: 8].
K7: Ki sa ki kontrè onètete?
C: Trayizon, epi li se : neglije dwa Allah (ki gen tout pouvwa a) ak dwa moun yo.
- Men sa senyè toupwisan an di: O nou menm ki kwè yo! Pa trayi Allah ak Mesaje a, epi pa trayi konfyans yo mete nan nou (responsablite nou yo), alòske nou konnen byen sa nap fè a. [Al-Anfal:27].
- Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon sou li) te di: "«Siy ipokrit la se 3» - epi li mansyone pami yo - «epi lè yo fèl konfyans, li trayi»"
Kesyon 8: Kisa karaktè laverite a ye?
Repons: Se bay enfòmasyon ki koresponn ak reyalite a oswa prezante bagay la egzakteman jan li ye a.
Epi pami fòm li yo:
- Di laverite nan pawòl ak moun.
- Verite nan pwomès.
- Laverite nan tout pawòl ak aksyon.
- Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon sou li) te di: «Sètènman, laverite mennen nan sa ki dwat, epi sa ki dwat mennen nan Paradi, epi yon moun ap kontinye di laverite jiskaske li vin yon moun ki trè veridik.»
K9: Ki sa ki kontrè laverite?
Repons: Manti, ki se lekontrè laverite, pami sa genyen: manti sou moun, pa respekte pwomès, ak fo temwayaj.
- Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Epi manti mennen nan peche, epi peche mennen nan Dife a, epi yon moun ap bay manti jiskaske li ekri bò kote Allah kòm yon gwo mantè.»
- Epi Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: "«Siy ipokrit la se 3» -epi li mansyone pami yo- «lèl pale, li bay manti, lèl pwomèt, li pa kenbel»"
K10: Ki kalite pasyans (Sabr) ki genyen?
C: - Fè pasyans nan obeyi Allah, Trè Wo a.
- Pasyans pou pa fè peche.
- Gen pasyans fas ak desten ki fè mal yo, epi fè lwanj pou Allah nan tout sikonstans.
- Men sa senyè toupwisan an di: "Epi Allah renmen moun ki gen pasyans yo." [Al Imran: 146].
- Epi Pwofèt la, (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Ala etonan sitiyasyon kwayan an ye, an verite, tout afèl se yon byen pou li, epi sa pa pou pèsonn lòt eksepte pou kwayan an; si yon bon bagay rivel, li remèsye, epi sa tounen yon byen pou li, epi si yon eprèv frapel, li pran pasyans, epi sa tounen yon byen pou li»
Kesyon 11: Ki sa ki kontrè pasyans?
c: - Sa vle di: pa gen pasyans nan obeyisans, pa gen pasyans pou evite peche, epi eksprime mekontantman fas ak desten an nan pawòl oswa nan aksyon.
Pami fòm li yo:
-Swete lanmò (oswa swete tèt ou lanmò).
- Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Okenn nan nou pa dwe swete lanmò akòz yon malè ki frapel. Men, sil oblije fè sa kanmenm, se poul di: O Allah! Fèm viv toutotan lavi a pi bon pou mwen, epi fèm mouri lè lanmò pi bon pou mwen.»
- Frape 2 jou yo.
- Chire rad.
- Gaye cheve yo (kite cheve yo lage san mare).
- Siplikasyon kont pwòp tèt ou pou destriksyon.
- Li di, lapè ak benediksyon Allah sou li: «Nenpòt moun ki bat figi li, ki chire rad sou li, epi ki rele fason moun nan epòk inyorans yo (Jahiliyyah), li pa fè pati nou (li pa swiv chemen nou an nèt).»
- Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon sou li) te di: «An verite, grandè rekonpans lan mache avèk grandè eprèv la, epi an verite, lè Allah renmen yon pèp, Li eprouve yo. Enben, moun ki satisfè, lap jwenn satisfaksyon, epi moun ki fache, lap jwenn kòlè».
Kesyon 12: Kisa bon karaktè koperasyon an ye?
c: Li se koperasyon moun yo youn ak lòt nan laverite ak sa ki byen.
Fòm koperasyon yo:
- Koperasyon nan remèt dwa yo.
- Koperasyon nan repouse moun kap fè mechanste yo.
- Koperasyon nan konble bezwen moun yo ak moun ki pòv yo.
- Koperasyon nan tout sa ki byen.
- Pa mete tèt ansanm pou fè peche, pou fè mal, ak pou fè mechanste.
- Men sa senyè toupwisan an di: Se pou nou younn ede lòt nan fè sa ki byen ak nan obeyi Allah; men, pa janm mete tèt nou ansanm pou nou fè peche oswa pou nou fè mechanste. Respekte Allah ak tout kè nou, paske Allah sevè anpil lè lap bay pinisyon. [Sourat Al-Ma'idah, vèsè 2]
- Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Yon kwayan pou yon lòt kwayan se tankou yon bilding; youn ap ranfòse lòt»
- Epi Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Yon mizilman se frè yon lòt mizilman, li pa fè li enjistis, ni li pa abandone li, epi moun ki ede frè li nan bezwen li, Allah ap ede li nan bezwen pa li, epi moun ki soulaje yon mizilman anba yon difikilte, Allah ap soulaje li anba youn nan difikilte Jou Jijman an, epi nenpòt moun ki kouvri yon mizilman, Allah ap kouvri li nan Jou Jijman an»
K13: Ki diferans kategori ki genyen nan bèl kalite ki se respè pou tèt nou ak wont pou sa ki mal la?
Repons: 1. Respè ak wont pou Allah: se pouw pa dezobeyi Li (Glwa pou Li).
2. Gen respè devan moun :Youn nan fason ou montre sa, se lèw evite di pawòl ki sal oswa ki deplase, epi lèw pa kite pati nan kòw ki dwe kouvri parèt an piblik.
- Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Lafwa gen plis pase 70» - oswa: «plis pase 60» - «branch, pi wo ladan yo se pawòl ki di: 'La ilaha illa Allah' (Pa gen lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah), epi pi piti ladan yo se retire sak ka fè moun mal nan wout la. Epi, lawont/pudè se yon branch nan lafwa tou.»
Kesyon 14: Ki fòm karaktè mizèrikòd (pitye) a genyen?
C: - Gen mizerikòd pou moun zye yo epi respekte yo.
- Mizèrikòd pou jèn yo ak timoun yo. Nan Hadith la: «Nenpòt moun ki pa respekte granmoun nou yo, epi ki pa gen pitye pou timoun piti nou yo, li pa fè pati nou (li pa swiv chemen nou an nèt).»
- Gen pitye pou moun pòv, moun malere, ak moun ki nan nesesite.
- Gen mizèrikòd pou bèt la, se lè ou ba li manje epi ou pa fè li mal.
Pami sa, pawòl Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li). Wap wè jan kwayan yo gen konpasyon, renmen, ak fèmte younn pou lòt, yo tankou yon sèl kò. Depi yon sèl manm nan kò a ap soufri, tout rès kò a santi doulè a, sa fè tout kò a rete veye epi li pran lafyèv
- Epi Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: "Moun ki gen mizèrikòd yo, Sila ki gen anpil bonte a ap gen mizèrikòd pou yo. Gen mizèrikòd pou moun ki sou tè a, Sila ki nan syèl la ap gen mizèrikòd pou nou."
Kesyon 15: Ki kalite karaktè Renmen (Mahabbah) ki genyen?
C: Lanmou pou Allah ki anwo nan syèl la.
Men sa senyè toupwisan an di: Men, moun ki gen lafwa yo gen yon renmen ki pi fò toujou pou Senyè toupwisan an. [Al-Baqarah: 165]
- Renmen Mesaje a (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li).
Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Pa Sila ki gen nanm mwen nan menl lan, okenn nan nou pa gen lafwa jiskaske li renmen m plis pase papal ak pitit li.»
Renmen moun ki gen lafwa yo, epi renmen byen pou yo menm jan ou renmen l pou pwòp tèt ou.
Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Pèsonn nan nou pap gen lafwa jiskaske li renmen pou frèl sa li renmen pou tèt li.»
Kesyon 16: Kisa ki atitid souriyan an ye?
c: Se gen yon vizaj ki ouvè, ansanm ak lajwa, souri, jantiyès, epi montre kontantman lè wap rankontre moun.
Epi li se lekontrè ak lè yon moun mare figi li anfas moun, yon bagay ki repouse yo.
- Epi sou merit sa a, gen Hadith ki vini, donk daprè Abou Dharr (ke Allah satisfè de li), li te di: Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te dim: «Pa janm meprize okenn bon aksyon, menm si se rankontre frè ou ak yon vizaj ki souri.»
- Epi Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Souri ou nan figi frè ou se yon charite pou ou.»
Kesyon 17: Kisa jalouzi ye?
C: Se swete pou yon lòt moun pèdi benediksyon li genyen, oswa rayi wè benediksyon sou lòt moun.
- Men sa senyè toupwisan an di: Epi kont mal yon moun kap fè jalouzi lè li fè jalouzi. "[Al-Falaq: 5]."
- Epi, daprè Anas ibn Malik, ke Allah satisfè avèk li, Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Pa rayi youn lòt, pa fè jalouzi youn sou lòt, pa vire do bay youn lòt, epi se pou nou, -adoratè Allah yo-, viv tankou frè.»
K18: Kisa ki rele "Al-Istihza'" (pase moun nan rizib, nan betiz)?
C: Se pase frè Mizilman ou nan betiz ak rabese li, epi sa pa pèmèt.
Men sa senyè toupwisan an di pou entèdi sa: O nou menm ki kwè! Piga yon gwoup moun pase yon lòt gwoup nan rizib, paske petèt yo ka pi bon pase yo. Epi piga fanm pase lòt fanm nan rizib, paske petèt yo ka pi bon pase yo. Piga nou denigre youn lòt, epi piga nou rele youn lòt ak move ti non. Ala yon move bagay pou yon moun pote tit dezobeyisans apre li fin gen lafwa. Epi nenpòt moun ki pa repanti, se moun sa yo menm ki enjis. [Al-Hujurat:11].
Kesyon 19: Kisa imilite ye?
Repons: Se lè yon moun pa wè tèt li pi wo pase lòt moun, konsa li pa meprize moun epi li pa rejte laverite.
- Men sa senyè toupwisan an di: ﴿Epi sèvitè Sila ki gen anpil mizèrikòd la, se moun sa yo ki mache sou tè a avèk imilite (ak dousè).﴾ "[Al-Furqan: 63]," Sa vle di: Saj
- Epi Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Depi yon moun chwazi bese tèt li (gen imilite) poutèt Allah pa gen dout nan sa, Allah ap level mete anlè.»
- Epi li di, ke lapè ak benediksyon Allah sou li: «Allah te revelem pou nou gen imilite, pou youn pa fè ògèy sou lòt, epi pou youn pa fè enjistis sou lòt.»
Kesyon 20: Ki kalite ògèy (Kibr) ki entèdi yo?
Repons: 1. Ògèy kont verite a, ki se refiz(rejè) verite a epi pa aksepte li.
2. Lògèy sou lòt moun, ki se meprize yo ak rabese yo.
Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Pèsonn pap antre nan Paradi si li gen menm pwa yon atòm lògèy nan kè li.» Epi yon mesye di: "Yon moun renmen pou rad li bèl, epi pou sandal li bèl?" Li reponn: "An verite, Allah bèl e li renmen sa ki bèl. Lògèy se rejte verite a epi meprize moun."
- Mepri Verite a: refiz(rejè) li
- Meprize moun yo: se rabese yo.
- Bèl rad ak bèl sandal se pa lògèy.
Kesyon 21: Ki kèk kalite magouy ki entèdi?
R: Triche nan vann ak achte, ki se kache defò machandiz la.
- Magouy nan aprann konesans, epi tankou sa, magouy elèv yo nan egzamen yo.
- Twonpri nan pawòl, tankou fo temwayaj ak manti.
- Pa kenbe pawòl nan sa ou di ak nan sa ou dakò avèk moun.
- Epi nan entèdiksyon magouy: ke Mesaje Allah la (se pou lapè ak benediksyon Allah avèk li) te pase bò yon pil manje, li foure men li ladan li epi dwèt li santi imidite. Epi li di: «Kisa sa a ye, O mèt manje a?» Mesye a reponn: Se lapli ki te mouyel, O Mesaje Allah. Pwofèt la di: «Poukisa ou pat metel anlè sou tèt manje a pou moun yo te ka wè l? Nenpòt moun ki twonpe moun, li pa fè pati de mwen».
As-Subrah (الصُّبْرَة) : Sa vle di yon pil manje (tankou yon pil grenn ble, diri, oswa dat) yo rasanble ansanm san yo pa mezire li ni peze l.
Kesyon 22: Kisa ki Al-Ghibah (pale moun mal) ye?
c: Se mansyone frè Mizilman ou ak sa li pa renmen pandan li pa la.
- Men sa senyè toupwisan an di: Epi pa pale yonn lòt mal nan do. Èske gen yonn nan nou ki ta renmen manje vyann frè li ki mouri? Se sèten, nou tap rayi sa. Respekte Allah ak tout kè nou. Se vre wi, Allah toujou asepte repantans epi Li gen anpil mizèrikòd. [Al-Hujurat:12].
Kesyon 23: Kisa tripotay (pote pawòl pou gate rapò ant moun) ye?
R: Se pote pawòl nan mitan moun pou mete dezòd antre yo.
- Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Moun kap fè tripotay pap janm antre nan Paradi a.»
K24: Ki sa parès ye?
c: Se aji avèk parès pou fè sa ki byen ak sa yon moun gen obligasyon pou li fè.
Epi pami sa yo: Fè parès nan fè obligasyon yo.
- Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: "Anverite, moun ki ipokrit yo (Mounafiqin) ap chache twonpe Allah, alòske se Li menm kap twonpe yo. Epi lè yo leve pou lapriyè, yo leve tou parese, sèlman pou yo fè moun wè, epi yo pa sonje Allah eksepte yon ti kras." [An-Nisa: 142].
Kidonk, kwayan an dwe kite parès, inaktivite, ak chita san fè anyen, poul fè efò nan travay ak nan aktivite, epi poul mete serye ak devouman nan lavi sa a nan sa ki fè Allah, Toupwisan an, plezi.
Kesyon 25: Ki kalite kòlè ki genyen?
R: 1- Kòlè ki merite lwanj: Se lè kòlè a fèt pou Allah, lè moun ki pa kwè yo, oswa ipokrit yo, oswa lòt moun vyole sa ki sakre pou Li yo — Glwa pou Li.
2- Kòlè ki kondanab: Se kòlè ki fè yon moun fè epi li di sa li pa ta dwe.
- Remèd pou kòlè ki blamab:
- Ablisyon an (Woudou).
- Chita si li kanpe, epi kouche si li chita.
- Pou li respekte rekòmandasyon Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) nan sa: «Pa fè kòlè».
- Kontwole tèt ou pou ou pa aji san reflechi lè ou an kòlè.
- Chache pwoteksyon nan men Allah kont Satan ki rejte a.
- Fè silans.
Kesyon 26: Kisa espyonaj ye?
C: Se aksyon pou dekouvri ak fè rechèch sou pati prive (pati entim) moun yo ak sa yap kache.
Pami fòm li yo ki entèdi:
- Gade pati prive (pati entim) moun nan kay yo.
- Koute konvèsasyon yon gwoup moun san yo pa konnen.
- Men sa senyè toupwisan an di: Epi piga nou espyone... [Al-Hujurat:12].
Kesyon 27: Kisa gaspiyaj ye? Epi kisa avaris ye? Epi kisa jenerozite ye?
R: Gaspiyaj: se depanse byen nan sa ki pa dwa li, epi kontrè li: Avaris: ki se kenbe li nan sa ki se dwa li.
Epi, sa ki kòrèk la se mitan an ant yo tou 2, epi Mizilman an dwe jenere.
- Men sa senyè toupwisan an di: Epi moun ki lè yo depanse, yo pa gaspiye epi yo pa chich, epi yo kenbe yon wout ekilibre nan mitan sa. [Al-Furqan: 67].
K28: Kisa laperèz ye? Epi kisa kouraj ye?
c: Laperèz: se gen lakrentif pou sa yon moun pa dwe gen lakrentif pou li a.
Tankou lakrentif pou di laverite epi rejete sa ki mal.
Kouraj: se avanse byen fèm pou laverite, tankou avanse nan chan batay Jihad yo pou defann Lislam ak Mizilman yo.
- Epi Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn di nan dou'a li: "«O Allah! Mwen mande Ou pwoteksyon kont lachte...»."
- Epi Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Kwayan ki fò a pi bon epi Allah renmenl plis pase kwayan ki fèb la, epi nan yo chak genyen byen»
Kesyon 29: Ki kèk nan pawòl moun di ak lang yo ki entèdi?
C: - Tankou bay madichon ak joure.
- Epi tankou di yon tèl se yon "bèt" oswa lòt pawòl ki sanble avè l.
- Oswa pale sou pati prive(entim) yo avèk pawòl ki sal ak vilgè.
- Epi Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te entèdi tout sa, epi li te di: «Yon kwayan se pa yon moun kap difame moun, ni kap modi moun, ni kap di pawòl obsèn, ni ki vilgè.»
Kesyon 30: Ki mwayen ki ede yon Mizilman pran abitid gen bèl kalite moral yo?
R: 1. Fè Doua pou Allah akòdew yon bon karaktè epi edew nan sa.
2- Pran konsyans sou Allah -ki gen tout pouvwa ak tout glwa-, epi ke Li konnen ou, Li tande ou, epi Li wè ou.
3- Sonje rekonpans ki genyen nan gen bon konpòtman, epi ke li se yon kòz pou antre nan Paradi.
4. Sonje konsekans move konpòtman e ke li se yon kòz pou antre nan Dife a.
5- Bon kalite moral pote lanmou Allah ki anwo nan syèl la , ak lanmou kreyati Li yo, epi move kalite moral pote rayisab Allah ak rayisab kreyati Li yo.
6- Etidye lavi Pwofèt la (Sira), (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li), epi pran li kòm modèl pou swiv.
7- Mache ak bon moun, epi evite mache ak moun kap fè mechanste.
*******
Seksyon Siplikasyon ak Souvni
Konesans sou Zikr:
Definisyon Zikr (Adikrou): Li se mouvman lang lan pou sonje Allah, ki gen ladan li: Tahlil (rekonèt li sèl), ak Takbir (di "Allahu Akbar"), ak Tasbih (ba li glwa), ak Tahmid (fè lwanj pou li), ak Istighfar (mande padon), ak fè elòj pou Allah (ki sen e ki anwo nan syèl la). Li gen ladan li tou: Zikr (souvni ak priyè) pou maten ak aswè, Zikr nan lapriyè yo, lè moun ap al dòmi, ak lè yo reveye, ansanm ak lòt sitiyasyon ak ekspresyon ki rapòte de Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li).
- Epi pi bon fason pou sonje Allah (Dhikr) la, se sa kote kè a ak bouch la an amoni.
K1: Kisa ki valè ak merite Zikr la?
R: Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Egzanp moun ki site non Seyè li ak moun ki pa site non Seyè li, se tankou moun vivan ak moun mouri.»
- Sa se paske valè lavi yon moun depann de nivo li sonje Allah ki gen tout pouvwa a.
Kesyon 2: Mansyone kèk nan byenfè ki genyen nan sonje Allah.
c: 1. Li fè Sila ki gen anpil bonte a plezi.
2. Epi li chase Satan.
3. Epi li pwoteje Mizilman an kont sa ki mal.
4- Epi atravè sa, lap jwenn rekonpans ak benediksyon.
Kesyon 3: Kisa ki meyè Zikr (Adikrou) a?
K4: Kisa ou di lè ou reveye nan dòmi?
R: «Tout louwanj se pou Allah ki ban nou lavi aprè Li te fè nou mouri a, epi se bò kote Li nou gen pou nou retounen.»
Kesyon 5: Kisa ou di lè ou mete rad ou?
R: «Lwanj pou Allah ki abiyem ak rad sa a, epi ki ban mwen li san okenn fòs ni pisans ki soti nan mwen.»
Kèsyon 6: Kisa ou di lè ou retire rad ou?
Repons: "Nan non Allah"
Kesyon 7: Ki siplikasyon pou mete yon nouvo rad?
R: «O Allah, tout louwanj se pou Ou, se Ou menm ki abiye m ak li, mwen mande Ou byenfè li ak byenfè sa li fèt pou li a, epi mwen mande Ou pwoteksyon kont mal li ak mal sa li fèt pou li a»
K8: Ki Doua pou moun ki mete yon rad nouvo?
c: Lè ou wè yon rad nèf sou yon lòt moun, ou priye pou li, epi ou di: «Se pou ou ize li, epi se pou Allah Trèwo a ranplase li»
Kesyon 9: Ki priyè (dua) pou antre nan twalèt la, ki se kote yon moun fè bezwen li?
Kesyon 10: Kisa ki priyè (dua) pou soti nan twalèt la?
Repons: «Mwen mande Ou padon»
Kesyon 11: Kisa ou di anvan ou fè ablisyon ('Woudou')?
R: "Nan non Allah"
Kesyon 12: Kisa ki rapèl (Dhikr) la aprè yo fin fè woudou a?
K13: Ki Zik pouw fè lè wap soti nan kay la?
R: «Nan non Allah, mwen mete konfyans mwen nan Allah, pa gen okenn mwayen ni okenn fòs si se pa avèk pèmisyon Allah»
Kesyon 14: Ki pawòl (zikr) pou di lè wap antre nan kay la?
R: «Nan non Allah nou antre, epi nan non Allah nou soti, e sou Allah, Senyè nou an, nou mete konfyans nou, aprèsa, se pou li bay fanmi li 'Salam' (salitasyon)»
Kesyon 15: Ki sa ki priyè (dua) pou antre nan moske a?
Kesyon 16: Ki priyè (dua) pou di lè wap soti nan moske a?
Kesyon 17: Kisa ou dwe di lè ou tande Azàn nan?
R: Mwen di menm sa Muezzin an di, eksepte pou: «Hayya 'ala as-Salah» ak «Hayya 'ala al-Falah», lè sa a mwen di: «La hawla wa la quwwata illa billah» (Pa gen ni fòs ni pouvwa esepte ak Allah)
Kesyon 18: Kisa ou di aprè Azàn nan?
C: «Ou fè lapriyè sou Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li)»
- Epi fè dou'a ant Azan an ak Ikama a, paske yo pa rejte dou'a a.
Kesyon 19: Kisa ou di kòm Adhkar (pawòl rapèl) nan maten ak nan aswè?
R: 1. Mwen li Vèsè Al-Kursi: "Allah! Pa gen lòt dye ki merite adorasyon sof Li menm, Li menm ki toujou Vivan an, Li menm ki Kenbe tout sa ki egziste. Somèy pa janm pran Li, ni Li pa janm dòmi. Tout sa ki nan syèl la ak tout sa ki sou tè a se pou Li. Ki moun ki ka plede (entèsede) devan Li san pèmisyon Li? Li konnen sa ki te rive yo ak sa ki gen pou rive yo. Pesonn pa ka konnen anyen nan konesans Li, eksepte sa Li vle fè yo konnen. Pouvwa Li kouvri syèl la ak tè a nèt. Sa pa ba Li okenn chay pou Li veye sou yo ak pwoteje yo. Se Li menm ki Pi Wo a, epi ki Pi Gran an." [Al-Baqarah: 255].
2. Epi li: Nan non Allah, Sila ki gen anpil bonte a, Sila ki gen anpil mizèrikòd la. 1- « Di konsa: Li menm se Allah, Li se Yon sèl. » 2- Allah se li menm tout kreyati konte sou li (pou tout bezwen yo). 3- Li pat fè pitit, epi li menm tou, li pat fèt nan men pèsonn. 4- « Epi pa gen pèsonn ki sanble ak Li, ni ki egal ak Li. » [Al-Iklas: 1-4] 3 fwa.
Nan non Allah, Sila ki gen anpil bonte a, Sila ki gen anpil mizèrikòd la. 1: Di: Map chache pwoteksyon nan men Allah, Li menm ki Mèt douvanjou a 2-Kont mal sa Li te kreye. 3- Epi kont mal lannwit lan lè fènwa a tonbe. Epi kont mal moun kap soufle nan ne yo (kap fe maji yo) 5: Epi kont mal yon moun ki gen jalouzi lè li fè jalouzi. [Al-Falaq: 1-5] 3 fwa.
Nan non Allah, Sila ki gen anpil bonte a, Sila ki gen anpil mizèrikòd la. 1: Di: Map chache pwoteksyon nan men Allah, Li menm ki Mèt tout moun 2- Wa lèzòm. 3- Divinite tout moun. 4-Kont mal chichotè a kap kache a 5 : Sila ki chichote nan kè moun yo, 6: Pami dJinn yo ak moun yo. [An-Nas:1-6] 3 fwa.
Kesyon 20: Kisa ou di lè ou pral dòmi?
R: "Nan non Ou, O Allah, mwen mouri epi mwen viv."
Kesyon 21: Kisa ou di anvan ou manje?
R: "Nan non Allah." Si ou bliye nan kòmansman l, di: Nan non Allah nan kòmansman li ak nan fen li.
Kesyon 22: Kisa ou di lè ou fin manje?
R: «Tout lwanj pou Allah, Limenm ki ban mwen manje sa a, epi ki fèm jwenn li kòm pwovizyon, san okenn pouvwa ni okenn fòs ki soti nan mwen»
K23: Ki priyè (dua) envite a fè pou mèt manje a?
R: «O Allah! Mete benediksyon pou yo nan sa Ou ba yo kòm pwovizyon, padone yo epi gen mizèrikòd pou yo»
Kesyon 24: Kisa yon moun di lè li estènye?
R: «Tout louwanj se pou Allah». Epi se pou frè li oswa zanmi li di li: «Se pou Allah gen pitye pou ou». Si li ta dil sa, se poul di: "Se pou Allah gide ou epi ranje sitiyasyon ou."
K25: Kisa ou di lè ou leve epi ou fin ak asanble a «Envokasyon (doua) pou ekspiyasyon asanble a ('Kaffarat al-Madjlis')»?
R: «O Allah, glwa pou ou ak lwanj pou ou, mwen temwaye ke pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon an Sèlman ou menm, mwen mande ou padon epi mwen repanti ba ou»
Kesyon 26: Ki sa ki siplikasyon pou lè wap monte mwayen transpò?
R: ""Nan non Allah, epi tout louwanj se pou Allah ﴿Glwa pou Sila ki te soumèt sa a pou nou, alòske nou pa t ap gen pouvwa sou li 13 epi sètènman, se bò kote Seyè nou an n ap retounen 14﴾ [Az-Zukhruf: 13-14], Tout louwanj se pou Allah, Tout louwanj se pou Allah, Tout louwanj se pou Allah, Allah pi gran, Allah pi gran, Allah pi gran, Glwa pou Ou, O Allah, vrèman mwen te fè tèt mwen ditò, donk padonem; paske pèsonn pa ka padone peche yo eksepte Ou menm.""
Kesyon 27: Ki priyè (dua) pou vwayaj la?
R: «Allah pi Gran, Allah pi Gran, Allah pi Gran ﴿Glwa pou Sila a ki soumèt sa a pou nou, alòske nou pa t ap kapab gen kontwòl sou li 13. Epi se bò kote Gran Mèt nou an nap retounen 14﴾ [Az-Zukhruf: 13-14], O Allah nou mande ou nan vwayaj nou an pou Ou ban nou fòs pou nou fè sa ki byen ak krentif pou Ou, epi pou nou fè aksyon ki fè Ou plezi. O Allah, rann vwayaj sa a fasil pou nou, epi fè wout la parèt kout pou nou. O Allah se ou menm ki konpayon nou nan vwayaj la, epi se Ou kap veye sou fanmi nou pandan nou pa la. O Allah, mwen mande Ou pwotejem kont fatig vwayaj la, kont move vizyon ki ka fèm tris, epi pou malè pa rive ni nan byen mwen ni nan fanmim lèm tounen.»
Kesyon 28: Ki doua moun ki an vwayaj la fè pou moun ki lakay li a?
R: «Mwen konfye nou nan men Allah, Sila a ki pa janm pèdi sa yo konfye Li a.»
K29: Kisa ki doua moun ki lakay li a pou moun ki an vwayaj la?
R: «Mwen konfye relijyonw, responsablitew, ak dènye aksyonw yo nan men Allah.»
Kesyon 30: Ki sa ki priyè (dua) pou antre nan mache a?
R: «Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, Li sèl, Li pa gen asosye. Se pou Li tout pouvwa a ye, se pou Li tout lwanj yo ye, Li bay lavi epi Li bay lanmò, epi Li vivan, Li pa janm mouri, tout byen se nan men Li sa ye, epi Li gen pouvwa sou tout bagay.»
K31: Ki siplikasyon lè ou an kòlè?
R: «Mwen chache pwoteksyon nan men Allah kont satan ki rejte a»
K32: Kisa ou di moun ki fè yon byen pou ou?
R: «Se pou Allah rekonpanse ou an byen»
K33: Ki siplikasyon pou fè lè bèt wap monte a bite?
R: "Nan non Allah"
Kesyon 34: Kisa ou di si yon bagay ki fè ou kontan rive ou?
R: «Tout louwanj se pou Allah, Limenm ki gras a byenfè li bon aksyon yo akonpli»
Kesyon 35: Kisa ou di si yon bagay ou pa renmen rive?
R: «Tout louwanj se pou Allah nan tout sikonstans»
Kesyon 36: Ki fason pou bay Lapè (Salam) epi reponn li?
R: Mizilman an di: "Se pou lapè Allah ak mizèrikòd li ak benediksyon Li sou nou." Epi frè li reponn li: «E lapè sou nou, ak mizerikòd Allah ak benediksyon Li.»
Kesyon 37: Ki siplikasyon pou fè lè lapli ap tonbe?
R: «O Allah! Fè lapli sa a itil.»
Kesyon 38: Ki siplikasyon yo fè aprè lapli tonbe?
R: «Nou resevwa lapli gras afavè Allah ak mizèrikòd Li»
Kesyon 39: Ki siplikasyon pou van an?
R: «O Allah! Mwen mande Ou byenfè li, epi mwen mande Ou pwoteksyon kont mal li»
Kesyon 40: Ki 'Du'a' (envokasyon) pou lèw tande loraj?
M R: «Glwa pou Sila a ki loraj la ap glorifye avèk lwanj Li, ansanm ak zanj yo tou, akòz krentif yo genyen pou Li.»
Kesyon 41: Ki siplikasyon an ye lè ou wè yon moun ki aflije?
Repons: ««Lwanj pou Allah ki delivrem anba sal te voye eprouvew la, epi ki onorem (ki metem pi wo) pase anpil nan lòt kreyati li yo.»
Kesyon 42: Ki siplikasyon pou moun ki pè pou li pa frape yon bagay ak move zye li?
Repons: Nan Hadith la: «Si youn nan nou wè yon bagay ki fè li plezi nan frè li, oswa nan pwòp tèt li, oswa nan byen li, [se pou li mande benediksyon pou li] paske move je a se yon verite»
Kesyon 43: Kòman ou fè lapriyè sou Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li)?
*******
Seksyon Divès
Divès kalite sijè : Li se yon koleksyon kesyon ak repons ki enpòtan nan plizyè syans.
K1: Ki sa ki senk (5) prensip obligasyon relijye yo?
c: 1. Obligasyon an.
2- Sa ki rekòmande.
3. Mahram.
4- Bagay ki deteste a (Makrouh).
5- Mubah.
K2: Eksplike senk (5) règleman sa yo.
c: 1. Devwa a: ki se yon obligasyon fèm, tankou 5 apriyè yo, ak jèn Ramadàn, ak byen trete paran yo.
- Obligasyon an: yo rekonpanse moun ki fèl la, epi yo pini moun ki kite l la.
2- Mustahabb (Sa ki rekòmande): Se sa ki pa obligatwa, tankou: priyè ki mache ak sa ki obligatwa yo (sunan rawatib), priyè nan nwit, bay moun manje, ak bay salam. Yo rele l tou Sunnah ak Mandub.
- Aksyon ki rekòmande a, moun ki fè la ap jwenn rekonpans, epi moun ki pa fèl pap jwenn pinisyon.
Nòt enpòtan:
Misilman an ta dwe, lè li tande ke bagay sa a se yon Sounnah oswa li rekòmande, prese fè li, epi swiv egzanp Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li).
3. Al-Muharram (Sa ki entèdi): se sa ki obligatwa pou yon moun evite, tankou bwè bwason ki soule, maltrete paran ak koupe relasyon ak fanmi.
- Sa ki entèdi a: moun ki evitel la ap jwenn rekonpans, epi moun ki fèl la ap jwenn pinisyon.
4. 'Makrouh': kitel pa obligatwa, tankou pran ak bay ak men gòch, pliye rad la nan lapriyè.
- Sa yo rayi oswa Sa ki pa fè moun plezi a: Moun ki kite lap jwenn rekonpans, epi yo pa pini moun ki fèl la.
5- Bagay ki pèmèt (Mubah): Se sa ki bay moun chwa ant fèl oswa pa fèl, tankou manje yon pòm ak bwè te, epi yo relel tou: Bagay ki akseptab ak bagay ki pèmèt (Halal).
- Bagay ki pèmèt (Mubah): pa gen rekonpans pou moun ki pa fèl, epi pa gen pinisyon pou moun ki fèl.
K3- Ki benefis (fwi) ki genyen nan chèche konprann relijyon an, epi ki merit konpreyansyon relijyon an genyen?
Repons: Se lè pawòl yo, aksyon yo, ak kwayans yo kòrèk (dwat), sa ki pèmèt moun nan jwenn kontantman (bonè) nan lavi sa a ak nan lavi kap vini an.
- Nan Hadith la, bò kote Mouawiya bin Abi Soufyan (ke Allah satisfè de yo toulede), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: "Moun Allah vle byen pou li a, li ba li bon konprann nan relijyon an."
Li ba li konpreyansyon: sa vle di Li fè li vin yon moun ki gen konesans sou dispozisyon legal Islamik yo.
Kesyon 4: Kisa Lalwa di sou lavant ak tranzaksyon yo?
R: Prensip debaz nan tout Vann ak Achte ansanm ak tranzaksyon yo se ke yo pèmèt (halal), eksepte kèk kalite nan sa Allah ki anwo nan syèl la te entèdi.
Men sa senyè toupwisan an di: Allah pèmèt komès (lavant), epi li entèdi enterè (riba). [Al-Baqarah: 275].
Kesyon 5: Ki kèk kalite tranzaksyon ak vann ak achte ki entèdi?
Repons: 1- Twonpri, ki gen ladan li : kache defo machandiz la.
- Epi daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), li rapòte ke Mesaje Allah la (se pou lapè ak benediksyon Allah avèk li) te pase bò yon pil - sa vle di: yon amas - manje, li foure men li ladan li epi dwèt li santi imidite. Epi li di: «Kisa sa a ye, O mèt manje a?» Mesye a reponn: Se lapli ki te mouyel, O Mesaje Allah. Pwofèt la di: «Poukisa ou pat metel anlè sou tèt manje a pou moun yo te ka wè l? Nenpòt moun ki twonpe moun, li pa fè pati de mwen»
2- Riba: Pami yo, se lè mwen pran mil nan men yon moun kòm yon dèt, avèk kondisyon poum remèt li 2 mil.
- Epi ogmantasyon an se Riba ki entèdi a. Men sa senyè toupwisan an di: Epi Allah pèmèt lavant, epi Li entèdi Riba [Al-Baqarah: 275].
3. Ensètitid ak risk : tankou lè map vann ou lèt ki nan tete mouton an, oswa pwason ki nan dlo epi mwen poko kenbel.
- Epi nan Hadith la: «Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te entèdi vant ki gen ensètitid la»
Kesyon 6: Mansyone kèk nan byenfè Allah sou ou.
R: 1. Benediksyon Islam nan, epi ou pa pami moun ki pa kwayan yo.
2- Byenfè Sounnah a, epi lefèt ke ou pa pami moun ki nan bida yo.
3. Byenfè lasante ak pwoteksyon, tankou tande, wè, mache ak lòt ankò.
4. Byenfè manje, bwè ak rad.
- Epi, benediksyon Allah ki anwo nan syèl la sou nou yo anpil, yo pa ka konte ni kalkile.
Men sa senyè toupwisan an di: "Epi si nou konte byenfè Allah yo, nou pap ka fin konte yo. Sètènman, Allah se moun ki konn padone anpil, epi li gen anpil mizèrikòd." [An-Nahl: 18].
Kesyon 7: Ki devwa ou genyen fas ak benediksyon yo? Epi kijan pouw remèsye pou yo?
c- Obligasyon an: Se remèsye pou yo; epi sa fèt nan fè elòj ak lwanj pou Allah avèk lang nan, e rekonèt ke favè a se pou Li sèl, ak nan itilize byenfè sa yo nan sa ki fè Allah plezi, epi pa nan dezobeyi Li.
- Men sa senyè toupwisan an di: "Konsa, sonje mwen, map sonje nou. Epi se pou nou rekonesan anvè mwen, epi pa refize kwè nan mwen." [Al-Baqarah: 152].
Kesyon 8: Ki sa ki fèt Mizilman yo?
c: Eid al-Fitr ak Eid al-Adha. Daprè sa ki rapòte nan hadith Anas, ke Allah satisfè avèk li, li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te rive nan Medin epi yo te genyen 2 jou yo te konn jwe ladan yo, li te di: «Kisa 2 jou sa yo ye?», yo te di: Nou te konn jwe ladan yo nan epòk Jahiliyyah a, epi Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Sètènman, Allah ranplase yo pou nou ak sa ki pi bon pase yo: jou Eid al-Adha, ak jou Eid al-Fitr.»
Epi tout lòt fèt apa yo toulède, yo fè pati inovasyon yo.
Kesyon 9: Kilès ki pi bon nan mwa yo?
c: Mwa Ramadan an.
Kesyon 10: Kiyès ki pi bon jou yo?
R: Jou vandredi.
K11: Ki pi bon jou nan ane a?
C: Jou fèt la (10 Dhu al-Hijjah), epi yo di se jou Arafah a.
Kesyon 12: Ki pi bon nwit nan ane a?
C: Laylat al-Qadr.
Kesyon 13: Kisa ki yon obligasyon lè ou wè yon fanm ki etranje pou ou?
c: Sa ki obligatwa se bese zyew, Men sa senyè toupwisan an di: «Di kwayan yo (moun ki gen lafwa yo) pou yo bese zye yo.» [An-Nour: 30].
Kesyon 14: Ki karakteristik "Hijab" fanm mizilman an?
c: - Li dwe kouvri tout kò a.
– Li pa dwe gen dekorasyon sou li.
– Bagay wap sèvi a pa dwe transparan.
– Li dwe laj, li pa sere.
– Li pa dwe pafime ak lansan ni ak pafen.
– Li pa dwe sanble ak rad yon gason.
– Ke li pa sanble ak rad fanm ki pa kwè yo ak fanm kap fè peche yo.
- Men sa senyè toupwisan an di: « O Pwofèt! Di madanm ou yo, pitit fi w yo, ak madanm kwayan yo pou yo kouvri kò yo ak gwo vwal yo (Jalabib). Sa ap pèmèt moun rekonèt yo pi fasil (kòm fanm ki gen respè), konsa pèsonn pap malmennen yo. Epi Allah se moun ki konn padone, li gen anpil mizèrikòd. » [Al-Ahzab: 59].
Siyifikasyon vèsè a: O Pwofèt, di madanm ou yo, pitit fi ou yo, ak fanm kwayan yo pou yo rale vwal yo (manto yo) desann sou tèt yo ak figi yo; pou yo ka kouvri figi yo, pwatrin yo, ak tèt yo; sa pi bon pou yo ka rekonèt yo kòm fanm ki kouvri kò yo epi ki pwoteje onè yo, konsa yo p ap sibi okenn ofans ni okenn mal. Epi Allah toujou ap padone, Li gen anpil mizèrikòd kote Li padone nou pou sa ki pase deja, epi Li fè nou mizèrikòd lè Li fè nou wè aklè sa ki Halal (lisit) ak sa ki Haram (entèdi).
K15: Kiyès ki ènmi lèzòm?
C: 1. Nanm ki pouse fè sa ki mal la: Sa vle di lè yon moun swiv sa pwòp nanm li ak dezi kè li (pasyon li) ap diktel poul fè peche kont Allah (Mèt ki anwo nan syèl la), Men sa Sila a ki sen anpil la di: "Anverite, pwòp tèt la toujou ap pouse fè sa ki mal, sof sa Mèt mwen an gen mizèrikòd pou li a. Anverite, Mèt mwen an gen gwo padon epi li gen yon kè sansib anpil." [Yusuf: 53].
2. Cheytàn (Satan): Li se lenmi pitit pitit Adan, epi objektif li se pou li egare moun, ba li move lide nan sa ki mal, epi fèl antre nan Lanfè. Men sa senyè toupwisan an di: « Epi piga nou swiv tras Satan yo. Anverite, li se yon lenmi aklè pou nou. » [Al-Baqarah: 168].
3. Move zanmi yo: Moun kap ankouraje fè sa ki mal, epi kap anpeche fè sa ki byen. Men sa senyè toupwisan an di: « Zanmi pwòch yo, nan jou sa a, genyen nan yo kap lènmi ak lòt, eksepte moun ki gen krentif pou Allah yo. » [Az-Zukhruf: 67].
Kesyon 16: Kisa At-Taqwa ye?
C: Se fè zak obeyisans epi kite peche.
- Men sa senyè toupwisan an di: Epi gen krentif pou Allah, epi konnen ke Allah kanpe ak moun ki gen krentif pou li yo. [Al-Baqarah: 194].
Kesyon 17: Kisa Repantans (Tawbah) ye?
Repons: Repantans (Tawbah): se lè yon moun kite dezobeyi Allah (ki gen tout pouvwa a) pou li tounen vin obeyi Li. Men sa senyè toupwisan an di: Epi anverite, Mwen toujou konn padone moun ki repanti, ki gen lafwa, epi ki fè aksyon ki bon, aprèsa ki rete sou bon chemen an. "[Ta-Ha: 82]."
Kesyon 18: Ki kondisyon pou repantans ki kòrèk la?
R: 1- Kite peche a.
2. Regret sa ki te pase a.
3. Pou li pran desizyon fèm pou li pa janm tounen nan sa ankò.
4. Remèt dwa ak reparasyon entegral tout blesi anvè moun kite sibil yo.
- Men sa senyè toupwisan an di: Epi moun ki, lè yo komèt yon move zak oswa yo fè tèt yo mal, yo sonje Allah epi yo mande padon pou peche yo - epi kiyès ki ka padone peche esepte Allah? - epi yo pa pèsiste nan sa yo te fè a, alòske yo konnen byen. [Al-Imrân: 135].
Kesyon 19: Kisa ki chemen lonè ak laviktwa pou mizilman yo?
Repons: Se pratike Islam. Ak kite move zak ak peche.
- Men sa senyè toupwisan an di: O nou menm ki kwè yo! Si nou ede Allah, Lap ban nou laviktwa, epi Lap fè pye nou kanpe fèm. (Sourat Muhammad, vèsè 7)
- Men sa Sila a ki sen anpil la di: « Anverite, Allah pa chanje kondisyon yon pèp jiskaske yo chanje sa ki nan pwòp tèt yo. » [Ar-Ra‘d:11].
Kesyon 20: Ki enpòtans Siplikasyon an?
Repons: Dou'a se pami pi gwo zak obeyisans yo ak pi gran adorasyon yo.
- Men sa senyè toupwisan an di: « Epi Mèt nou an di: 'Relem (adore mwen), Map reponn nou. Anverite, moun sa yo ki gen lògèy epi ki refize adorem yo pral antre nan lanfè (Jahannam) tou wont.' » [Ghafir: 60].
- Epi Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: "«Siplikasyon se adorasyon an»"
K21: Ki siyifikasyon Lapriyè sou Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li)?
Repons : Sans sa vle di wzp mande Allah poul glorifye epi fè lwanj pou Pwofèt li a devan rasanbleman zanj ki pi prèl yo nan syèl la.
K22: Kisa «Glwa pou Allah» vle di?
c: Glwa a, se rekonèt epi deklare Allah Toupwisan an lwen tout sa ki ka yon defo, yon mank, oswa sa ki mal.
K23: Kisa "Tout louwanj se pou Allah" vle di?
Repons: Se fè lwanj pou Allah Toupwisan an, epi dekri Li ak tout kalite kalite ki pafè nèt yo.
Kesyon 24: Kisa "Allahu Akbar" vle di?
Repons: Sa vle di ke Allah (Lwanj pou Li) pi gran pase tout bagay, Li pi elve, Li pi pwisan, epi Li gen plis onè pase nenpòt lòt bagay ki egziste.
Kesyon 25: Ki sa sa vle di : Pa gen okenn mwayen ni okenn fòs si se pa avèk pèmisyon Allah?
R: Sa vle di: Pa gen okenn chanjman pou sèvitè a soti nan yon eta al nan yon lòt, ni li pa gen okenn fòs pou sa si se pa avèk pèmisyon Allah.
Kesyon 26: Kisa "Astaghfirullah" vle di?
Repons: Sa vle di: Se lè sèvitè a mande Mèt li a poul efase pechel yo epi kache defol yo.
*******
Konklizyon an.
Epi nan konklizyon:
Sa yo se pami kesyon paran yo dwe esplike epi repete pou pitit yo, pou yo ka grandi sou sa ki dwat nan sa yap di, nan sa yap fè, ak nan kwayans yo, epi edike yo sou sa pi enpòtan pase bay pitit yo manje epi ba yo rad pou yo mete, Men sa Sila a ki sen anpil la di: O nou menm ki kwè! Pwoteje tèt nou ak fanmi nou kont yon dife ki gen moun ak wòch kap sèvil chabon. Gen zanj ki mechan epi ki fò anpil kap veye dife sa a; yo pa janm dezobeyi lòd Allah ba yo, epi yo fè egzakteman sa Li mande yo fè. [At-Tahrim: 6].
Epi Mesaje Allah la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: « Epi gason an se yon gadyen pou moun nan kay li, epi li responsab pou moun ki sou responsabilitel yo, epi fanm nan se yon gadyen pou moun nan kay mari li, epi li responsab pou yo. »
Epi, se pou benediksyon Allah sou Mèt nou an, Muhammad, ak sou fanmi li ak konpayon li yo tout ansanm.
Related books
All books
Konesans fondamantal chak mizilman sipoze genyen.78 languagesKonesans fondamantal chak mizilman sipoze genyen.
Liv ( Konesans fondamantal chak mizilman sipoze genyen) an se yon gwo zèv, yo ekril ak lank konesans ak bèl diskou. Li rasanble tout baz lafwa, lwa Islam yo, ak bèl fason pou moun konpòte yo, nan yon fason ki byen fèt. Li klere lespri moun, li bay kè yo poze, li fòme konpreyansyon yo, epi li mete aksyon yo nan bon chemen. Se vre wi, liv sa a se yon kle pou delivrans ak yon gid pou moun kap mache nan chemen obeyisans ak konesans.
Mwayen ki itil pou yon lavi ki gen kè kontan.85 languagesMwayen ki itil pou yon lavi ki gen kè kontan.
Liv ki rele "Mwayen ki itil pou yon lavi ki gen kè kontan" nan men Chek Abdurrahman bin Nasir Al-Saadi, pale sou rezon ki bay vrè kè kontan an nan yon nivo lafwa ki fon anpil. Li gide moun kap lil la pou li jwenn lapè nan kèl gras ak lafwa, bon aksyon, sonje Allah, satisfaksyon nan sa li posede, ak kalkile sou tout benediksyon li resevwa. Li pale tou sou bay sa ki bon, mete konfyans nan Allah, pasyans, ak jan pou moun byen analize sitiyasyon yo. Avèk yon bèl fason li ekri, li mete nan menw yon plan pou yon lavi ki trankil, ki balanse, epi ki gen kè kontan, malgre tout tèt chaje ki gen nan…
Leson enpòtan pou tout pèp la (Oumma a).78 languagesLeson enpòtan pou tout pèp la (Oumma a).
Liv "Leson enpòtan pou tout pèp la" (Al-Dourous al-Mouhimmah) se yon ti liv ki kout men ki gen yon valè ki pa gen parèy. Se gwo savan Cheikh Abdel Aziz bin Baz (Allah gen pitye pou li) ki te prepare l pou sèvi kòm yon gid solid pou chak kwayan mizilman. Nan liv sa a, li pale sou fondasyon relijyon an ak tout pilye li yo : depi nan Inisite Allah a (Allah pa gen Asosye), Lafwa (Iman), ak Islam, rive nan règleman sou pwòpte (Tahara), Lapriyè (Salat), ak bèl konpòtman yon mizilman dwe genyen (Adab). Li montre aklè tou sa pou nou evite, tankou bay senyè toupwisan asosye (Chirk) ak fè peche. Li…
Yon brèf mesaj sou Islam jan sa te vini nan Koran an ak nan Tradisyon Pwofèt la (Sunna).61 languagesYon brèf mesaj sou Islam jan sa te vini nan Koran an ak nan Tradisyon Pwofèt la (Sunna).
Nan non Allah ki gen tout gras, ki gen tout konpasyon. Islam Yon kopi(vèsyon) ki pa gen okenn prèv ladan l. [1] Gen yon lòt vèsyon mesaj sa a ki gen ladan li prèv ki soti nan Koran an ak nan Tradisyon Pwofèt la (Sunna) sou chak sijè ki ladan l, ou ka konsilte li atravè lyen sa a: https://islamhouse.com/ar/books/2830071. Yon ti liv enpòtan ki gen ladan li yon definisyon brèf sou Islam, ki montre prensip fondamantal li yo, ansèyman li yo ak bèl kalite li yo, ki soti nan sous orijinal li yo ki se Koran an ak Sounna Pwofèt la. Ti liv sa a adrese a tout moun (mizilman kou moun ki pa mizilman) nan…