Skip to content
Gid kout e klè pou Mouèzen, Imann, Predikatè ak tout regleman sou Moske yo

Gid kout e klè pou Mouèzen, Imann, Predikatè ak tout regleman sou Moske yo

Liv sa a bay yon vizyon konplè sou regleman pou Azànn (rele pou lapriyè) ak Ikama, jan pou moun dirije lapriyè (Imaman), ak jan pou fè diskou (Khoutbah) jou vandredi. Liv la pale tou sou fason moun dwe konpòte yo anndan moske yo. Liv la esplike ki devwa yon Mouèzen, yon Imann, ak yon Predikatè (Katib) genyen. Li montre jan sa enpòtan pou yo aprann lwa relijye yo (Ahkam) ki gen rapò ak travay sa yo, pou yo ka fè yo jan sa dwe fèt. Epitou, liv la genyen pawòl ak aksyon Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) ladan li, ak esplikasyon ki mache avèk yo, pou asire moun yo aplike yo…

Language: lang_ht
Prepared by: Komite Syantifik nan Asosyasyon pou Sèvis sou Kontni Islamik nan plizyè Lang
Version: 2.1

Gid Pratik pou Mouèzen, Imann, ak Predikatè ansanm ak Règleman sou Moske yo

Komisyon Syantifik nan Asosyasyon kp Sèvi ak Kontni Islamik nan plizyè Lang

Tout louwanj se pou Allah, Nap fè louwanj pou li, nap mande li sekou, epi nap mande li padon. Nap mande senyè toupwisan an pwoteksyon kont move lide ki nan kè nou ak kont move aksyon nou fè. Moun Allah gide, pèsonn pa ka pèdil ; epi moun li kite pèdi, pèsonn pa ka mete li nan bon chemen. Mwen temwaye pa gen lòt dye ki merite adorasyon pase Allah sèlman, li pa gen okenn asosye. Epi mwen temwaye Muhammad se sèvitè li ak voye li (Mesaje li). Se pou benediksyon Allah ak lapè li poze sou li, sou fanmi li, sou konpayon li yo, ak sou tout moun kap swiv yo ak senserite, yon lapè ki total.

Aprèsa: Paske moun yo toujou nan bezwen pou yo konnen sa ki ka ranje lavi yo, lalwa relijyon an (Charia) vini ak tout sa ki nesesè pou sa ka fèt. Pami bagay sa yo, gen sa ki gen rapò ak Azan ak Ikama pou lapriyè, jan pou moun dirije lapriyè (Imaman), diskou (Khoutbah) jou vandredi, ak regleman sou moske yo. Se poutèt sa, responsablite moun kap fè Azàn nan moske a (Mouèzen), responsablite Imann nan ak Predikatè kap fè diskou jou vandredi a, se yon gwo responsablite nèt. Se pou rezon sa a, nou te pran anpil swen pou nou prepare yon liv ki pote tit: (Gid Pratik pou Mouèzen, Imann, ak Predikatè ansanm ak Règleman sou Moske yo), epi nou tradwil nan plizyè lang.

Premye Sijè: Règleman sou Azan ak Ikama

Azan an se senbòl Islam ak tout moun kap pratikel, kote yo rele li 5 fwa chak jou ak chak lannwit. Se poutèt sa, savan yo bay koze sa a anpil enpòtans nan liv yo; yo pale sou jan pou yo fè li,sa ki rekòmande (Sounah), regleman yo, sa ki bèl pou moun fè, ak sa ki ka gate li. Tout swen sa a se paske adorasyon sa a enpòtan anpil epi li gen yon gwo onè [1]. [1] Gade: Fath al-Mun'im sharh Sahih Muslim: (2/ 460).

Premye Pwen: Definisyon Azan ak Ikama

Daprè lalwa relijyon an (Charia), Azànn lan se: Yon fason pou fè moun konnen lè lapriyè a rive, pandan yap sèvi ak yon seri pawòl byen presi ki soti nan sous relijyon an [2]. [2] Gade: Al-Mughni pa Ibn Qudamah: (1/ 292), ak Mukhtar al-Sihah: (paj 16) - anba mo (أ ذ ن), ak Al-Adhan wal-Iqama pa Al-Qahtani: (paj 5).

Daprè lalwa relijyon an (Charia), Ikama a se: Yon fason pou fè moun konnen yo pral kòmanse lapriyè a kounye a, pandan yap sèvi ak yon seri pawòl byen presi ki soti nan sous relijyon an [3]. [3] Gade: Kashshaf al-Qina: (1/ 230).

Dezyèm Pwen: Sa lalwa relijyon an di sou Azan ak Ikama

Gen prèv nan liv senyè toupwisan an (Koran an), nan tradisyon Pwofèt la (Sounah), ak nan dakò tout savan yo (Ijmâ) ki montre Azànn ak Ikama se 2 bagay ki etabli nan relijyon an:

Kanta pou Liv Allah a (Koran an); men sa Allah ki gen tout pouvwa a te di: 58: Epi lè nou rele pou lapriyè (Azànn), yo pran sa sèvi jwèt ak betiz. Sa rive konsa paske yo se yon bann moun ki pa gen konprann. [Al-Ma'idah: 58].

Kanta pou Tradisyon Pwofèt la (Sounah); gen anpil Hadit ki montre jan Azànn ak Ikama etabli nan relijyon an. Pami Hadit sa yo, nou jwenn:

Ibn Omar (se pou Allah kontan ak yo 2 a) rapòte: Lè Mizilman yo te fèk rive lavil Medin, yo te konn reyini epi yo te konn ap kalkile ki lè lapriyè a ap rive, paske pa te gen pèsonn ki te konn rele pou li (Azan). Yon jou, yo tap pale sou sa. Gen nan yo ki di: 'Ann pran yon kloch tankou kloch kretyen yo.' Gen lòt ki di: 'Non, pito nou pran yon kòn tankou kòn Jwif yo.' Lè sa a, Omar di: 'Poukisa nou pa voye yon moun al rele pou lapriyè a?' Lè sa a, Mesaje Bondye a (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) di: «O Bilal, leve, epi rele pou lapriyè a.» [4] [4] Se Bukhari ki rapòte l: (604), ak Muslim: (377).

Kanta pou Antant tout savan yo (Ijmâ); tout kominote a (Oumah) dako nèt sou pwen sa a: Azàn ak Ikama se 2 bagay ki etabli nan relijyon an pou 5 priyè chak jou yo:

Imann Ibn Qudamah al-Maqdisi te di: Epi tout kominote a (Oumah) dako nèt sou pwen sa a: Azànn se yon bagay ki etabli nan relijyon an pou senk (5) priyè yo." [5] [5] Al-Mughni: (1/ 293).

Azan ak Ikama se yon obligasyon pou tout kominote a (Fawd Kifaya) pou gason yo, kit yo lakay yo (vil yo), kit yo nan vwayaj, pou senk (5) lapriyè yo sèlman. Sa baze sou Hadit Malik Ibn Al-Houwayrit (se pou Allah kontan avè li) kote Pwofèt la (lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te di yo: «Konsa, lè lè lapriyè a rive, se pou yonn nan nou fè Azan an pou nou, epi se pou moun ki pi gran nan pami nou an dirije lapriyè a (sèvi kòm Imann).» [6] [6] Se Bukhari ki rapòte li: (628), ak Muslim: (674).

Epi paske yo (Azànn ak Ikama) fè pati pratik ki vizib anpil nan relijyon Islam lan (Charya), li pa otorize pou nou neglije yo oswa pou nou sispann fè yo.

Kanta pou fanm yo, li pa etabli nan relijyon an (li pa obligatwa) pou yo fè ni Azan ni Ikama, kit fanm nan ap priye pou kont li, kit lap dirije yon gwoup fanm parèy li [7]. [7] Sharh al-Umdah pa Ibn Taymiyyah - Liv Lapriyè a (paj: 101).

Twazyèm Pwen: Valè ak Merite Azan ak Ikama

Gen anpil tèks ki pale sou valè Azàn an ak merite moun kap fè li yo (Mouèzen yo). Pami kalite valè sa yo, nou jwenn sa yo:

Moun kap fè Azànn an (Mouèzen) fè pati moun kap envite lòt moun vin jwenn Allah, epi li se yonn nan moun ki gen pi bèl pawòl. Men sa Allah ki gen tout pouvwa a te di: 33: Ki moun ki gen yon pi bèl pawòl pase moun kap envite moun vin jwenn Allah, kap fè sa ki byen, epi kap di: «Wi, mwen fè pati moun ki soumèt yo (Mizilman yo)» [Fussilat: 33].

Moun ki fè apèl pou lapriyè yo se yo k ap gen kou ki pi long nan Jou Jijman an; epi, bò kote Mou'awiya (ke Allah satisfè avèk li), li te di: Mwen te tande Mesaje Allah a (k «Moun kap fè Azànn yo (Mouèzen), se yo kap gen kou ki pi long pami tout moun nan Jou Jijman an.» [8]. [8] Se Muslim ki rapòte li: (387).

Azànn ak Ikama chase Satan; daprè sa Abou Hourayrah (se pou Allah kontan avè li) rapòte, Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te di: «Lè yo rele pou lapriyè a (Azan), Satan vire dol li kouri epi li pète byen fò pou li pa tande vwa Azàn nan. Lè Azàn lan fini, li tounen. Men, kou yo kòmanse rele pou lapriyè a kòmanse (Ikama), li vire dol li kouri ankò. Lè Ikama a fini, li tounen vin plante dout (Wouswous) nan lespri moun nan, lap di li: Sonje tèl bagay, Sonje tèl lòt bagay", yon seri bagay moun nan pa te menm gen nan tèt li anvan sa. Sa rive fè moun nan tèlman pèdi fil, li pa menm konnen konbe Raka (sik lapriyè) li te fè.» [9]. [9] Se Bukhari ki rapòtel: (1222), ak Muslim: (389).

Tout sa ki tande vwa Azàn nan ap sèvi temwen pou Mouèzen an; daprè Abdoullah ibn Abdourahman Al-Ansari, Abou Sa’id Al-Khoudri (se pou Allah kontan avè li) te di li : «Mwen wè ou renmen mouton ak lavi nan savann (andeyò). Lè ou nan mitan mouton ou yo, oswa nan savann nan, epi wap fè Azàn pou lapriyè, leve vwa ou byen fò, paske: «Pa gen ni Jinn, ni moun, ni okenn lòt kreyati, ki tande distans vwa Mouèzen an rive a, ki pap sèvi temwen pou li nan Jou Jijman an.» Abou Sa’id di: «Mwen te tande sa nan bouch Mesaje Allah a (Se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li)» [10]. [10] Se Al-Boukhari ki rapòte li anba nimewo (609).

Si moun yo te konnen tout valè ki genyen nan fè Azànn, yo ta rive fè tiraj osò (fè tiraj osò antre yo) pou yo konnen kilès nan yo kap fè Azàn nan. Daprè sa Abou Hourayrah (se pou Allah kontan avèl) rapòte, Mesaje Allah a (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te di: « Si moun yo te konnen ki valè (benediksyon) ki genyen nan lanse apèl pou lapriyè (Azàn) ak nan kanpe nan premye ranje a, epi yo pa ta jwenn okenn lòt mwayen pou yo deside kilès kap fèl sof si yo fè tiraj osò, yo ta fè tiraj osò a san manke. » [11]. [11] Se Bukhari ki rapòte li: (615), ak Muslim: (437).

Moun kap fè Azànn an (Mouèzen), Allah ap padonnen peche li yo sou tout distans vwa li rive, epi tout sa ki tande li, kit se sa ki vivan, kit se sa ki materyèl, ap sètifye sa li di a kòm verite. Epitou, lap jwenn menm rekonpans ak tout moun ki vin priye avèk liyo; paske moun ki montre yon byen, se tankou se li ki fèli. Daprè Al-Bara ibn Azib (se pou Allah kontan avè l), Pwofèt Allah a (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te di: Anverite, Allah voye benediksyon sou premye ranje yo (nan lapriyè), epi Zanj li yo mande padon pou moun ki ladan yo. Moun kap fè Azàn an (Mouèzen), Allah ap padonnen li sou tout distans vwa li rive, epi tout sa ki tande li, kit se sa ki fre (vivan), kit se sa ki sèch (materyèl), ap sètifye sa li di a kòm verite. Epitou, lap jwenn menm rekonpans ak tout moun ki vin priye ansanm avè li yo. [12]. [12] Se Ahmad ki rapòte l: (18506), ak An-Nasa'i: (646). Al-Mundhiri te di nan liv "Al-Targhib wa al-Tarhib" (1/ 176): "Chenn transmisyon (Isnad) li a bon epi li djanm (Hasan Jayyid)". Ibn al-Moulaqqin te di tou nan liv "Al-Badr al-Mounir" (3/ 385): "Sa a se yon chenn transmisyon ki djanm (Jayyid)".

Azàn lan se yonn nan pi gwo pratik vizib (Sha-ā'ir) nan Islam, epi se li ki fè diferans ant yon peyi kote moun pa kwè (Dar al-Koufr) ak yon peyi Islamik (Dar al-Islam). Se poutèt sa, Al-Bukhari te mete yon tit nan liv 'Sahih' li a ki di: «Chapit sou kijan Azàn lan sove lavi moun (pwoteje san moun pou yo pa koule)», epi aprèsa li site Hadit Anas ibn Malik (se pou Allah kontan avè li): Lè Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li ) tap mennen nou nan batay kont yon pèp, li pa te janm konn lanse atak la toutotan maten an pat poko rive; li te konn tann pou li wè. Si li te tande yon Azàn, li te konn sispann atake yo; men si li pa te tande okenn Azan, li te konn lanse atak la.» [13] [13] Se Bukhari ki rapòte l: (610), ak Muslim: (382).

Imam Al-Khattabi te di: «Sa a se yon prèv ki montre Azànn lan se senbòl (Sha-īr) relijyon Islam lan; se yon obligasyon (Wajib) li pa otorize pou nou neglije. Si moun nan yon vil ta mete tèt yo ansanm pou yo sispann fè Azànn epi yo derefize fè li, chèf leta a (Sultan) gen dwa mennen batay kont yo pou sa.» [14] [14] A'lam al-Hadith Sharh Sahih al-Bukhari: (1/ 460).

Katriyèm Pwen: Kondisyon pou Azànn ak Ikama a valid

1- Se pou moun nan Mizilman (Al-Islam): Konsa, Azàn ak Ikama pa valid si se yon moun ki pa Mizilman (Kafir) ki fè yo; paske yo tou 2 se zak adorasyon (Ibadah), epi Allah pa aksepte zak adorasyon nan men yon moun ki pa Mizilman.

2-Se pou moun nan gen tout bon sans li (Al-Aql): Konsa, Azàn ak Ikama pa valid si se yon moun ki fou, yon moun ki sou, oswa yon timoun ki twò piti pou li konprann sa li ap fè a (ki pa gen kapasite pou li distenge byen ak mal); menm jan sa ye pou tout lòt zak adorasyon yo.

3- Entansyon (An-Niyyah): Konsa, Azàn ak Ikama pa valid si yo fèt san entansyon; paske yo tou 2 se zak adorasyon, epi yon zak adorasyon pa valid si pa gen entansyon ki mache avèl; daprè sa Mesaje Allah a (Se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te di: «Tout aksyon depann entansyon ki dèyè yo, epi chak moun ap jwenn rekonpans selon sa li te gen nan entansyon li.» [15]. [15] Se Bukhari ki rapòte l: (1), ak Muslim: (1907), li soti nan Hadit Oumar ibn al-Khattab (se pou Allah kontan avè li).

4- Sèks maskilen (Ad-Dhoukouriyyah): Konsa, Azànn yon fanm oswa Ikama li pa valid (pou yon asanble gason).

5- Se pou Azànn an fèt nan lè lapriyè a rive: Konsa, li pa valid si li fèt anvan lè a rive; daprè sa Malik bin Al-Houwayrith (se pou Allah kontan avè l) rapòte, kote Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te di: «... Konsa, lè moman lapriyè a rive, se pou yonn nan nou fè Azàn pou nou, epi se pou moun ki pi gran nan mitan nou an dirije lapriyè a (sèvi kòm Imam).» [16]. Konsa, li te mare aksyon fè Azàn an ak lè lapriyè a rive; epi lapriyè a pa ka rive toutotan lèl la pa poko antre. Epitou, Ikama a dwe fèt egzakteman nan moman moun yo kanpe pou yo kòmanse lapriyè a [16] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (628), ak Mouslim, anba nimewo (674).

6- Se pou Azànn an — menm jan ak Ikama a — fèt nan lòd (Mourattaban): Sa nou vle di pa lòd la, se pou Mouèzen an pwononse pawòl Azàn ak Ikama yo egzakteman jan tèks relijye yo montre sa, san li pa mete yon mo oswa yon fraz anvan yon lòt. Sa fèt konsa paske Azànn an se yon zak adorasyon ki te etabli sou lòd sa a; donk, nou dwe fèl jan li te soti a, daprè pawòl Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li ): «Nenpòt moun ki pote yon inovasyon (yon bagay nèf) nan relijyon nou an, alòske bagay sa a pa te ladan li, yap rejte li (li pa valid).» [17]. [17] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (2697), ak Mouslim, anba nimewo (1718), daprè hadith Aisha, ke Allah satisfè de li.

7- Se pou Azànn an — menm jan ak Ikama a — fèt san entèripsyon (Moutawaliyan): Sa nou vle di pa kontinyite sa a, se pou mo Azan ak Ikama yo swiv yonn aprè lòt san yo pa separe pa yon pawòl oswa yon aksyon ki pa gen rapò, epi pou pa gen yon gwo bout tan ki pase nan mitan 2 pati nan Azàn lan.

8- Se pou Azàn lan — menm jan ak Ikama a — fèt nan lang Arab epi ak menm mo ki te rapòte nan Tradisyon Pwofèt la (Sunnah). Epitou, li dwe fèt san fot nan pwononsyasyon (Lahn) ki ta ka chanje sans pawòl yo.

9- Se pou vwa a monte byen fò lè nap fè Azàn ; paske si yon Mouèzen ta ba vwa li tèlman ba ke se li menm sèl ki tande tèt li, objektif lalwa a (ki mande pou fè Azàn) pa tap reyalize. Sa baze sou pawòl Pwofèt la (se pou lapè Allah poze sou li): «... Se pou yonn nan nou fè Azan pou nou tout.» [18]. Sa a montre nesesite pou vwa a monte byen fò pou lòt moun ka tande; konsa, objektif enfòmasyon (anons) an ap reyalize nèt. Men, si yon moun ap fè Azànn pou tèt li oswa pou yon moun ki la ansanm avèl, li pa obligatwa pou vwa a monte byen fò; men, se poul pouse vwa li ase poul ka tande tèt li oswa pou moun ki avèl la ka tande li. Malgre sa, si li ta pouse vwa li pi fò pase sa, sa tap pi bon toujou; daprè Hadit Abu Sa'id al-Khudri (se pou Allah kontan avè l) rapòte sou Pwofèt la (se pou lapè Allah poze sou li): «... Konsa, si ou nan mitan mouton ou yo oswa ou nan savann, epi wap fè Azàn, se pou ou pouse vwa ou byen fò pou apèl la; paske pa gen ni Djinn, ni moun, ni okenn lòt bagay ki tande vwa Mouèzen an kap sonnen, ki pap sèvi li temwen nan Jou Jijman an.» [19]. ​[18] Nou te deja bay referans (Takhrij) sa a anvan. ​[18] Nou te deja bay referans (Takhrij) sa a anvan.

Senkyèm Pwen: Sou kalite (karaktè) yo mande pou yon Mouèzen genyen

1- Se poul se yon moun ki rekonèt kòm yon moun ki jis (Al-Adalah) epi ki dwat (Al-Istiqamah); daprè sa Pwofèt la (se pou lapè Allah kouvri li)te di: «Imam nan se yon garanti (li responsab lapriyè moun yo), epi Mouèzen lan se yon moun yo fè konfyans (li responsab lè yo). O Allah! Gide Imam yo nan bon chemen an, epi padone peche Mouèzen yo.» [20]. Mouèzen an se yon moun yo mete konfyans li (An-Amin) sou lè lapriyè a ak sou lè jèn nan; epi yon moun pa ka respekte yon responsablite (Amanah) konsa si li pa yon moun ki jis (Al-Adl). Donk, yon Mouèzen pa dwe yon moun kap fè dezòd (Fasiq), oswa yon moun kap fè peche an piblik san wont, ni yon moun ki pèdi respè li ak diyite li nan sosyete a. [20] Rapòte pa Abou Dawoud, nimewo (517), ak Tirmidhi, nimewo (207).

2- Se pou moun nan se yon granmoun (ki rive nan laj pibète ); paske Azàn yon granmoun pi konplè. Men, Azàn yon timoun ki gen kapasite pou li distenge byen ak mal (As-Sabi al-Moumayyiz) valid depi li fè Azàn an nan lè ki kòrèk la. Depi timoun sa a fè Azànn lan, sa sifi (moun yo ka baze sou li); paske atravè li, enfòmasyon an rive bay tout moun ke lè lapriyè a antre.

3- Se pou li gen konesans sou lè lapriyè yo; pou li ka veye yo byen epi fè Azàn lan egzakteman nan kòmansman chak lè. Paske, si li pa konn lè yo byen, gen gwo risk pou li fè erè oswa pou li twonpe li (nan bay lè a).

4- Se pou li gen yon vwa ki fò (Kawi as-Sawt); daprè Hadit Abdoullah bin Zayd (se pou Allah kontan avèk li) sou rèv li te fè konsènan Azàn an, kote Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri) te dil: «Sa se yon vizyon (rèv) ki veridik tout bon vre. Leve non, al jwenn Bilal, paske li gen yon vwa ki pi bèl, ki pi dou, epi ki ka pouse pi lwen pase vwa paw la. Rakonte li sa yo te diw nan rèv la, epi se pou li menm ki fè apèl la (Azan an) avèk mo sa yo.» [21]. Men sa sa vle di : «... epi ki ka pouse vwa li pi lwen pase ou.» Sa vle di: yon vwa ki pi fò epi ki pi wo pase pa ou la. Sa a se yon prèv ki montre li rekòmande (Mustahabb) pou yo chwazi yon Mouèzen ki gen yon vwa kap pouse byen lwen epi ki gen anpil fòs; paske yon moun ki gen yon vwa fò rive bay enfòmasyon an pi byen lè lap fè Azàn lan. [21] Se At-Tirmidhi ki rapòte l: (189), epi li di : Se yon Hadit ki bon e ki natif natal (Hasan Sahih). [22] Gade nan liv: Toufat al-Ahwadhi (Tòm 1, paj 481).

5- Se pou li gen yon bèl vwa (Hasan as-Sawt); daprè sa Pwofèt la (ﷺ) te di nan Hadit Abdoullah bin Zayd (se pou senyè toupwisan an kontan avè l) nou te wè anvan an: «...paske li gen yon vwa ki pi bèl (ki pi dou) epi ki ka pouse pi lwen pase vwa paw la.» «Sa vle di: (li gen yon vwa) ki pi bèl epi ki pi dous.»

6- Se pou li nan eta pwòpte (An-Mutah-hiran), sa vle di li pa gen ni ti salte , ni gwo salte sou li; paske Azàn ak Ikama se yon fòm rapèl (Dhikr) pou Allah (Glorifye ak Gran), epi li rekòmande pou moun kap fè Dhikr la nan eta pwòpte.

7- Li fè 'Azànn' lan pandan li kanpe; daprè pawòl Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li): «O Bilal, leve kanpe, epi fè apèl pou lapriyè a.» [23], Ibn Al-Mundhir di: Tout moun ki gen konesans (savan yo) dakò sou sa (Ijma'): ke li se yon pratik ki nan Tradisyon Pwofèt la (Sunnah) pou yon moun fè Azan an kanpe. [23] Se Bukhari ki rapòte l: (604), ak Muslim: (377), daprè Hadit Ibn Umar (se pou Allah kontan ak yo 2 a). [24] Liv Al-Ijma' (Konsansis la) pa Ibn al-Mundhir: (Paj 38).

8- Se pou li fè Azàn lan pandan lap gade nan direksyon Kibla a (Kaba a); daprè sa ki te rapòte nan youn nan vèsyon Hadit Abdoullah bin Zayd (se pou Allah kontan avè li) sou rèv li te fè konsènan Azàn an, li te di: Li fè fas ak Kibla a, li di: "Allahu Akbar, Allahu Akbar..." (Allah se pi gran an)[25], Epi Ibn al-Mundhir di: "Epi yo (savan yo) tout dakò nèt sou pwen sa a: ke li fè pati Tradisyon Pwofèt la (Sunnah) pou yon moun vire fas ak Kibla a lè lap fè Azan an." [26] [25] Rapòte pa Abou Dawoud, nimewo (507). [26] Liv Al-Ijma' (Konsansis la) pa Ibn al-Mundhir: (Paj 38).

9- Se pou li mete de (2) dwèt li (endèks yo) nan zòrèy li; daprè sa Bilal (se pou Allah kontan avè l) te konn fè nan Azàn lè tap fè devan Pwofèt la (Se pou lapè Allah poze sou li). Abu Juhayfa (se pou Allah kontan avè l) te rapòte, li di: «Mwen te wè Bilal ap fè Azàn, li tap vire tèt li agoch epi adwat, epi 2 dwèt li te nan zòrèy li, e Mesaje Allah (Se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te anba tant ki wouj li a...»[27]. [27] Se At-Tirmidhi ki rapòte l: (197), epi li di: Se yon Hadit ki bon e ki natif natal (Hasan Sahih). Sous orijinal la nan Sahih Al-Bukhari (634) ak vèsyon sa a: daprè Awn bin Abi Juhayfa, ki soti nan papal li te wè Bilal kap fè Azan, epi li (papa a) te kòmanse swiv bouch Bilal ki tap vire bò isit ak bò lòt ak Azàn lan.

Imam At-Tirmidhi te di, aprè li fin rapòte Hadit sa a : «"Epi se sou sa pratik la baze nan mitan moun ki gen konesans (savan yo): yo rekòmande (Mustahabb) pou Mouèzen an mete de (2) dwèt li nan zòrèy li pandan lap fè Azàn lan"

Yo te mande Ibn Shubruma: "Poukisa yo bay Mouèzen an lòd pou li mete de (2) dwèt li nan zòrèy li?" Li reponn: "Se pou vwa a ka soti ak plis fòs..." [28] [28] Liv Al-Awsat (Tòm 4, paj 11).

«Epi Imam An-Nawawi (se pou Allah gen pitye pou li) te di:» "Tradisyon an (Sunnah) se pou li mete de (2) dwèt li nan twou zòrèy li yo; sa se yon pwen tout moun dakò sou li. Al-Mahamili rapòte sa nan liv Al-Majmu' kòm opinyon tout moun ki gen konesans (savan yo). Savan nan lekòl nou an (Shafi'i) di: Gen yon lòt benefis nan sa ankò: Li ka rive gen yon moun ki pa tande vwa Mouèzen an paske li soud, oswa paske li lwen, oswa pou nenpòt lòt rezon; konsa, lap sèvi ak pozisyon dwèt Mouèzen an kòm yon prèv pou li konnen apèl la (Azan an) ap fèt." [29] [29] Charh Al-Mouhadhab (3/113).

10-Se pou li vire tèt li sou bò dwat lè lap di: "Hayya 'alas-Salah" (Vini nan lapriyè), nan 2 fwa lap di li yo; epi se pou li vire sou bò gòch lè lap di: "Hayya 'alal-Falah" (Vini nan siksè), nan 2 fwa lap di li yo; pandan pye li rete fiks nan plas yo (san yo pa deplase); daprè Hadit Abu Juhayfa (se pou Allah kontan avè l) sou Azàn Bilal te konn fè devan Pwofèt la (ﷺ), kote li te di: "Mwen te kòmanse swiv bouch li, bò isit ak bò lòt; li tap di pandan lap vire sou bò dwat ak sou bò gòch: Hayya 'alas-Salah (Vini nan lapriyè), Hayya 'alal-Falah (Vini nan siksè)." [30] Epi paske li pi efikas pou fè apèl pou lapriyè a rive jwenn moun ki lwen moske a. [30] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (634), ak Mouslim, anba nimewo (503), e tèks la se sa Mouslim nan.

11- Se pou li pran tan li nan Azàn an, sa vle di pou li fèl poze (san kouri), san li pa trennen mo yo twòp epi san li pa fè rale ki depase limit; paske Azàn an se yon enfòmasyon pou moun ki pa nan moske a, donk lèw pran tanw mesaj la rive pi byen. Men, li dwe fè Ikama a rapid (Al-Hadr), sa vle di lap akselerel; paske li se yon enfòmasyon pou moun ki anndan moske a deja, donk vitès la pi apwopriye pou sa. [31] [31] Gade: Al-Mughni li Ibn Qudamah (1/ 295).

12- Se pou li fè Azàn lan jan sa te etabli nan lwa a, ak yon vwa ki senp, ki fasil, ki pa gen fòse (pretansyon), epi ki pa gen erè nan pwononsiyasyon . Li pa dwe fè li tankou se chante lap chante, ni li pa dwe rale mo yo yon fason ki fè yo pèdi sans yo (objektif yo); okontrè, Mouèzen an dwe fèl ak pwòp vwa pal, pandan lap respekte kondisyon yo ak fason ki kòrèk yo daprè lalwa relijyon an.

Sizyèm Pwen: Deskripsyon fason pou fè Azàn ak Ikama

Gen plizyè fason pou fè Azàn ak Ikama ki te rapòte nan tèks Pwofèt la ; pami sa ki te rapòte sou fason pou fè Azàn ak Ikama, gen Hadit Abdoullah bin Zayd (se pou Allah kontan avè l), epi men fason yo pwononse Azàn an ladan li:

Allah se pi gran an, Allah se pi gran an, Allah se pi gran an, Allah se pi gran an.

Mwen temwaye ke pa gen okenn lòt dye apa Allah, mwen temwaye ke pa gen okenn lòt dye apa Allah.

Mwen temwaye Muhammad se mesaje Allah, mwen temwaye Muhammad se mesaje Allah

Vini nan lapriyè, Vini nan lapriyè

Vini jwenn reyisit, Vini jwenn reyisit

Allah se pi gran an, Allah se pi gran an.

Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah.

E pawòl Iqama la (apèl pou kòmanse lapriyè a):

Allah se pi gran an, Allah se pi gran an.

Mwen temwaye ke pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon Sèlman Allah.

Mwen temwaye Muhammad se mesaje Allah

Vini nan lapriyè, Vini nan vrè reyisit la.

Lapriyè a kòmanse, lapriyè a kòmanse.

Allah se pi gran an, Allah se pi gran an.

Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah.[32] [32] Rapòte pa Abou Dawoud, nimewo (499), e Tirmidhi yon fason kout, nimewo (189), epi li di: adit Abdullah ibn Zayd la se yon adit ki bon e otantik.

Se konsa Azàn ak Ikama te ye, jan Bilal te toujou fè yo ansanm ak Mesaje Allah a (benediksyon ak lapè Allah sou li), kit yo te lakay yo, kit yo te nan vwayaj, jouk tan Mesaje a (benediksyon ak lapè Allah sou li) mouri.

Epi nan Azàn devanjou (Fajr), apre 'Vini nan siksè' (Hayya 'alal-falah), li di: 'Lapriyè pi bon pase dòmi', 2 fwa; daprè sa Abu Mahdhura (se pou Allah kontan avè l) te rapòte Mesaje Allah a (benediksyon ak lapè Allah sou li) te di li: Si se lapriyè devanjou a (fajr), ou dwe di : Lapriyè pi bon pase dòmi, lapriyè pi bon pase dòmi. [33]. [33] Rapòte pa Abou Dawoud, nimewo (500), An-Nawawi di nan Khoulāsat al-Ahkām (1/ 286): se yon hadith hasan.

Epi gen yon lòt fason yo fè Azàn nan yo rele 'Tarji' (sa vle di repetisyon) : moun kap fè Azàn nan bese vwal lè lap di 2 Chahada yo, epi aprèsa, li repete yo ankò byen fò. Pou sa ki konsène Ikama a, li double chak fraz yo. Fason sa a soti nan adit Abu Mahdhura a (se pou Allah kontan avèl), kote li te di : Mesaje Allah a (benediksyon ak lapè sou li) te montrem jan pou mwen fè Azàn nan li menm menm, li te di m : Di : Allah se pi gran, Allah se pi gran. Allah se pi gran, Allah se pi gran. Mwen temwaye ke pa gen lòt dye ki merite adore Sèlman Allah.Mwen temwaye ke pa gen lòt dye ki merite adore Sèlman Allah. Mwen temwaye ke Muhammad se mesaje Allah. Mwen temwaye ke Muhammad se mesaje Allah. — di yo 2 fwa — Aprèsa, li di : Rekòmanse, lonje vwa ou (pou w di yo byen fò) : Mwen temwaye ke pa gen lòt dye ki merite adore sof Allah. Mwen temwaye ke pa gen lòt dye ki merite adore sof Allah.Mwen temwaye ke Muhammad se mesaje Allah .Mwen temwaye ke Muhammad se mesaje Allah. Vini nan lapriyè, vini nan lapriyè. Vini nan siksè, vini nan siksè. Allah se pi gran, Allah se pi gran. Pa gen lòt dye ki merite adore Sèlman Allah

«Epi Iqamah la se: Allah se pi gran an, Allah se pi gran an; Allah se pi gran an, Allah se pi gran an, mwen temwanye ke pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, mwen temwanye ke pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, mwen temwanye ke Muhammad se Mesaje Allah, mwen temwanye ke Muhammad se Mesaje Allah, vini nan lapriyè, vini nan lapriyè, vini nan siksè, vini nan siksè, lapriyè a kòmanse, lapriyè a kòmanse, Allah se pi Gran, Allah se pi Gran, pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah» [34] Sa se yon pati nan Hadit Al-Bukhari (1524) ak Muslim (1181) te rapòte. [34] Rapòte pa Abou Dawoud, nimewo (502, 503).

Sa a se sa yo rele yon diferans nan divèsite (kote tout fason yo bon). Kèlkeswa metòd yon muezzin chwazi pami fason ki baze sou prèv solid yo, li nan bon chemen an. Men sa Cheykh al-Islam Ibn Taymiyyah (se pou Allah gen pitye pou li) te di aprè li te fin bay plizyè egzanp sou jan Azàn nan ka fèt daprè tradisyon an: Konsa, sa ki kòrèk la se pozisyon moun ki etidye Hadith yo ak tout moun ki dakò ak yo: yo aksepte kòm valab tout fason ki soti nan Pwofèt la (Benediksyon ak lapè Allah poze sou li). Yo pa rejte okenn nan fason sa yo; paske divèsite ki genyen nan fason yo fè Azàn ak Ikama a, se menm jan ak divèsite ki genyen nan divès fason yo li Koran an , nan fason yo di Chahada (Tachahhoud) nan lapriyè, ak lòt bagay konsa. Pesonn pa gen dwa rejte yon bagay Mesaje Allah a ( Benediksyon ak lapè Allah poze sou li) te tabli kòm pratik (Sunnah) pou kominotel la. [35]. [35] Majmou Al-Fatawa: (22/ 66).

Setyèm pwen: Sa yon moun ki tande Azàn nan dwe di, ak priyè (doua) li dwe fè aprè Azàn nan fin pase.

Li rekòmande pou moun ki tande Azànn an di menm sa Muezzin an di; daprè hadith Abou Sa'id al-Khoudri (ke Allah satisfè de li) ke Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di: «Lè nou tande Azànn an, di menm sa Muezzin an di» [36]. Eksepte pou de Hay'ala yo—ki se pawòl Muezzin an: 'Hayya 'ala as-Salah' ak 'Hayya 'ala al-Falah'—li rekòmande pou moun ki tande Azànn an di aprè chak nan yo: «Pa gen okenn mwayen ni okenn fòs si se pa avèk pèmisyon Allah» Daprè Omar ibn Al-Khattab (Se pou Allah satisfè de li), li te di: Mesaje Allah a (Pè ak benediksyon Allah kouvri li) te di: «Lè moun kap fè apèl la di: Allah pi Gran, Allah pi Gran, epi youn nan nou di: Allah pi Gran, Allah pi Gran, Aprèsa li di: Mwen temwaye ke pa gen okenn divinite eksepte Allah, li di: Mwen temwaye ke pa gen okenn divinite eksepte Allah, aprèsa li di: Mwen temwaye ke Muhammad se Mesaje Allah, li di: Mwen temwaye ke Muhammad se Mesaje Allah, aprèsa li di: Vini nan lapriyè, li di: Pa gen okenn pouvwa ni fòs eksepte pa Allah, aprèsa li di: Vini nan siksè, li di: Pa gen okenn pouvwa ni fòs eksepte pa Allah, aprèsa li di: Allah pi Gran, Allah pi Gran, li di: Allah pi Gran, Allah pi Gran, apresa li di: Pa gen okenn divinite eksepte Allah, li di: Pa gen okenn divinite eksepte Allah, ki soti nan kè li, li va antre nan Paradi a» [37]. [36] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (611), ak Mouslim, anba nimewo (383). [37] Rapòte pa Mouslim, nimewo (385).

Epi poul di: (Mwen temwaye pa gen lòt dye pase Allah sèlman, li pou kont li e li pa gen asosye, epi mwen temwaye Muhammad se sèvitè li ak mesaje li, mwen satisfè ak Allah kòm Mèt, ak Muhammad kòm mesaje, epi ak Islam kòm relijyon) aprè 2 temwayaj yo.

Epi soti bò kote Sa'd bin Abi Waqqas (ke Allah satisfè de li), li te di: Mesaje Allah a (Pè ak benediksyon Allah kouvri li) te di: «Nenpòt moun ki di lè li tande Mouwazin nan: Mwen temwaye ke pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, Li menm sèl, Li pa gen okenn asosye, e ke Mouhammad se sèvitè Li epi Mesaje Li, mwen satisfè ak Allah kòm Senyè, ak Mouhammad kòm Mesaje, e ak Islam kòm relijyon; yap padone peche li»[38]. [38] Mouslim rapòte l, nimewo (386).

Epi, lè muezzin nan di nan lapriyè devanjou (fajr) : 'Lapriyè pi bon pase dòmi', moun kap koute a dwe repete menm pawòl sa a tou; paske Pwofèt la (ke lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te di : « Lè nou tande apèl la (Azàn nan), di menm sa muezzin an ap di a. » [39]. Tout moun tonbe dakò sou li[39].

Aprèsa, li fè lapriyè sou Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), aprèsa, li di sa ki rapòte nan hadith la daprè li menm (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ke li te di: Nenpòt moun ki di, lè li fin tande apèl la (Azàn) : O Allah, Mèt apèl ki konplè sa a, ak lapriyè ki pral fèt la. Bay Muhammad plas ki pi wo nan Paradi a ak lagras ki espesyal la. Mete li nan pozisyon louwanj (Makaman Mahmouda) ou te pwomèt li a. Moun sa a ap jwenn entèsèsyon mwen (sekou mwen) jou Jijman an. [40], sa vle di: «Envistasyon pafè a» Sa vle di: apèl Azàn nan; li se yon apèl ki nèt al kole, li konplè; paske li gen ladan li jan pou nou glorifye Allah ak jan pou nou rekonèt li sèl (Tawid), li gen temwayaj sou misyon Mesaje a, ak envitasyon pou nal fè sa ki byen. "Ak lapriyè ki pral fèt la" Sa vle di: sa ki pral fèt la epi yo pral pratike a. «Wasīlah a» Yon plas espesyal nan Paradi. Lagras ki espesyal la Yon kalite ki wo anpil, kote pesonn lòt moun pa pataje sa avè li Yon plas kote tout moun ap fè lwanj pou li Pozisyon louwanj la: Se nenpòt pozisyon kote moun yo ap fè lwanj pou li ladan l. Sa gen ladan li Gwo Entèsèsyon an (Gwo Sekou a) pou tout kreyati yo nèt, kote lap plede pou tout moun ki kanpe ap tann jijman an, jouk tan Allah fini rann jijman ant yo. [40] Rapòte pa Al-Bukhari, daprè Jabir, ke Allah satisfè de li, nimewo (614).

Epi, li soti nan Abdullah ibn Amr ibn al-As — se pou Allah kontan avèk yo tou 2 ,ke li te tande Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ap di: Lè nou tande muezzin nan, repete menm sa lap di a. Aprèsa, mande benediksyon pou mwen (salat ala nabi); paske nenpòt moun ki mande benediksyon pou mwen yon sèl fwa, Allah ap ba li dis (10) benediksyon pou sa. Aprèsa, mande Allah pou li ban mwen "Al-Wasilah". Se yon plas espesyal nan Paradi a ki rezève pou yon sèl nan sèvitè Allah yo, epi mwen espere se mwen menm kap moun sa a. Konsa, nenpòt moun ki mande "Al-Wasilah" pou mwen, lap gen dwa pou li jwenn entèsèsyon mwen (sekou mwen jou Jijman an). [41]. [41] Rapòte pa Mouslim, nimewo (384).

Epi, pami inovasyon (bid'a) yo ajoute nan Azàn nan, Se lè muezzin nan leve vwa li byen fò pou li voye benediksyon ak salitasyon sou Pwofèt la touswit aprè Azàn nan fin pase. Konsa tou, fè priyè (zikr) ki soti nan tradisyon an aprè Azàn nan, ki se: (O Allah, Mèt apèl ki konplè sa a...), nan fason kote yon gwoup moun ap di li ansanm (an koral). Epi li leve 2 men li pandan lap fè Doua a, Epitou, lè yon moun kap repete ansanm ak Muezzin an ajoute mo 'Haqqan' oswa 'Abadan' nan fen fraz la, epi li di: 'Haqqan la ilaha illa Allah' oswa 'Abadàn la ilaha illa Allah'; se yon pratik ki pa gen okenn prèv pou li ditou.

Wityèm sijè a: Règ sou koze soti anndan moske a aprè Azàn nan fin pase.

Li entèdi pou yon gason soti nan moske a aprè Azan an jiskaske li priye, sof si li gen yon eskiz, oswa li gen entansyon poul retounen nan moske a, nan ka sa a, pa gen okenn mal pou li; daprè sa Abu al-Sha'tha te di: «Nou te chita nan moske a avèk Abu Hurairah, lè Mouwazin nan te fè apèl la, gen yon mesye ki te leve nan moske a li tap mache. Abu Hurairah te swiv li ak zye li jiskaske li te soti kite moske a, epi Abu Hurairah te di: Kanta pou mesye sa a, li dezobeyi Abou Al-Qasim (Lapè ak benediksyon Allah kouvri li)»[42]. [42] Rapòte pa Mouslim, nimewo (655).

Aprè Imam al-Tirmidhi te fin rapòte adit sa a nan liv li a (Sunan), li di: "E se pratik sa a ki genyen bò kote moun ki gen konesans yo pami konpayon Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) ak sa ki te vini aprè yo: pou pèsonn pa soti nan Moske a aprè Azàn an, eksepte pou yon eskiz: tankou lè yon moun pa gen Woudou (Ablisyon), oswa pou yon bagay li pa ka evite"[43]. [43] Sunan At-Tirmidhi: (1/ 397), nimewo (204).

Nevyèm pwen: Konbyen tan ki dwe genyen ant Azàn ak Ikama?

Gen prèv nan Tradisyon Pwofèt la (Sunnah) ki montre te toujou gen yon tan ki ase ant Azàn ak Ikama. Abdullah bin Mughaffal (se pou Allah kontan avèl) rapòte ke Pwofèt la (Benediksyon ak lapè Allah sou li) te di: « Ant chak 2 apèl (Azàn ak Ikama) gen yon lapriyè; ant chak 2 apèl gen yon lapriyè. » Aprèsa, li di nan twazyèm fwa a: « Pou moun ki vle. » [44] Sa yo vle di pa "2 apèl yo", se Azàn nan ak Ikama a. Konsa, muezzin nan dwe kite yon ti tan ant Azàn li a ak Ikamal la, pou moun ki la yo ka gen tan fè 2 rak'at (priyè) anvan lapriyè obligatwa a kòmanse, epi pou moun ki nan katye a ka gen tan rive nan moske a pou yo pa rate lapriyè a. [44] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (627), ak Mouslim, anba nimewo (838).

Imam Ahmad te di: Li nesesè pou muezzin nan, yon fwa li fin fè Azàn nan, pou li pa kouri bay Ikama a; li dwe tann jouk moun ki nan moske yo rive, epi pou moun ki gen yon bezwen ijan — sa vle di moun ki bezwen al nan twalèt la — ka gentan fin regle bezwen li. Li dwe kite yon ti souf (yon ti espas) ant Azàn li a ak Ikama l la. [45] Charh Oumdat Al-Fiqh li Ibn Taymiyyah, liv Lapriyè: (p. 135).

Dizyèm pwen: Responsablite muezzin nan ak bèl konpòtman li dwe genyen.

Moun kap rele Azànn nan dwe chèche figi Allah ki anwo nan syèl la nan Azànn li a; daprè adis Ousmann bin Abi al-Aas, ke Allah satisfè de li a, ki te di: «Pami dènye bagay Mesaje Allah la (se pou lapè ak benediksyon Allah avèk li) te konfye mwen ,se poum pran yon moun pou fè apèl a lapriyè ki pa mande lajan pou sa»[46]. 46] Se At-Tirmidhi ki rapòte l: (nan nimewo 209), epi li di: Se yon adit ki "Hasan" (bon).

At-Tirmidhi (ke Allah fèl mizèrikòd) te di, aprè li te fin rapòte Adis sa a: Se konsa savan yo (moun ki gen konesans yo) aplike règ sa a: yo pa renmen wè yon muezzin ap mande lajan (pèman) pou Azàn lap fè a, epi yo rekòmande pou muezzin nan chèche rekonpans li nan men Allah sèlman nan travay sa a.

Kanta pou koze bay muezzin nan yon kòb ki soti nan kès piblik mizilman yo, pa gen okenn pwoblèm nan sa. Paske kès piblik la te fèt espesyalman pou sèvi enterè mizilman yo, epi fè Azàn ak Ikama se 2 bagay ki nan enterè tout kominote a. [47] Gade nan liv: Al-Adhan wa al-Iqamah (Azàn ak Ikama) ki ekri pa Al-Qahtani: (paj 19).

Epi li dwe konnen ke li responsab pou Azàn lan pou 5 lapriyè yo nan lè yo; paske Mesaje a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: « Imam nan se yon moun ki responsab, epi muezzin nan se yon moun yo fè konfyans. » [48] Sa vle di : li se yon moun yo fè konfyans pou lè lapriyè yo, kidonk li dwe vini nan Moske a tou pirifye yon bon ti tan anvan lè Azàn an, e li pa dwe absan pou Azàn an sof si li gen yon eskiz, e nan ka sa a, li dwe chwazi yon moun pou ranplase li pou fè Azàn an. [48] Rapòte pa Abou Dawoud, nimewo (517), e Tirmidhi, nimewo (207), daprè Abou Hurairah, ke Allah satisfè de li.

Mwezen an dwe respekte pwen sa yo:

1) Li dwe veye sou pwòpte moske a ak antretyen li, epi li dwe kolabore ak travayè moske a ansanm ak moun ki konn vini priye yo pou sa; paske Allah fè lwanj pou moun kap pran swen kay Li yo, Li di: 18- Anverite, moun ki okipe oswa pran swen moske Allah yo se sèlman sila yo ki kwè nan Allah ak nan Dènye Jou a, ki akonpli lapriyè a, ki bay Zakat la, epi ki pa gen krentif pou pèsonn eksepte Allah. Moun sa yo, gen espwa pou yo fè pati moun ki byen gide yo. [Repantans: 18] Kit se swen yap ba li nan konstriksyon, nan fè antretyen pou li ak netwaye li, oswa kit se nan fè lapriyè ak sonje Allah (zikr) anndan l, tou sans sa yo antre nan sa yo rele 'pran swen' kay Allah a[49]. [49] Gade: Fath Al-Bari Ibn Hajar: 1/ 541.

2- Pou li aprann kwayans ki kòrèk la (Aqidah), ak règleman Azànn an, pirifikasyon , ak Lapriyè (Salat), epi pou li memorize yon bon kantite nan Liv Allah a, epitou pou li kalifye pou ranplase Imam an lè li absan nan lapriyè a.

3- Pou li ankouraje fè sa ki byen epi dekouraje fè sa ki mal, epi rele moun vin jwenn Allah avèk sajès ak bèl pawòl; epi pou li janti ak moun yo, pran pasyans ak sa ki mal yo fè li, epi kolabore nan sa avèk imam moske a.

4-Li dwe fè an fason pou moske a rete sèlman pou konesans ak adorasyon, ak tout sa ki itil moun kap vin priye yo, epi li dwe rete lwen tout sa ki ka nwi yo nan relijyon yo ak nan lavi yo sou tè a.

5-Li dwe kreye bon relasyon epi kolabore ak moun ki konn vin priye nan moske a ak moun ki frekante li yo; konsa, li dwe pran nouvèl yo si yo pa parèt, li dwe vizite malad yo, li dwe priye sou kadav yo (janaza) epi akonpaye yo nan simityè, epi li dwe kanpe ak yo nan moman malè ak gwo difikilte.

Dezyèm pati: Règ ki konsène Imam (moun kap dirije lapriyè a).

Premye pwen: Definisyon sa ki rele "Imam" (dirije lapriyè).

Dirije lapriyè (Al-Imam): Se lè yon gason pami moun kap priye yo mete li devan pou lòt yo ka swiv li nan lapriyè yo a. Epi Imam nan lapriyè a: Se moun pèp la swiv ; sa vle di moun yo pran kòm modèl nan lapriyè yo a [50]. [50] Gade nan liv: Hashiyat al-Rawd al-Murbi’: (2/ 296), epi liv Al-Imama fi al-Salah (Dirije lapriyè) ki ekri pa Al-Qahtani: (paj 6).

Dezyèm pwen: Prèv relijye ki etabli fonksyon Imam nan epi valè (benediksyon) li genyen.

Imam ( dirije lapriyè ) se youn nan pi bon aksyon pi bon kalite moun ka pran sou do yo, moun ki gen bèl kalite tankou konesans, kapasite pou li Koran an byen, jistis, ak lòt kalite ankò jan sa pral parèt pi devan. Lapriyè an gwoup pa ka fèt san yon Imam, epi lapriyè an gwoup la se youn nan pi gwo pratik (senbòl) ki gen nan Islam. [51] [51] Gade nan liv: Al-Mawsou'at al-Fiqhiyyah al-Kuwaitiyyah (Ansiklopedi Jiridiksyon Kowet la): (Volim 6 / paj 201).

Epi, pami bèl avantaj (benediksyon) ki genyen nan dirije lapriyè (Al-Imama):

1. Pozisyon Imam nan (pozisyon pou dirije a), valè li se yon bagay ki byen koni. Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te okipe pozisyon sa limenm, menm jan ak Chèf (Khalif) li yo ki te byen gide yo, epi se toujou pi bon Mizilman yo nan konesans ak pratik ki okipe pozisyon sa[52]. [52] Gade nan liv: Al-Imama fi al-Salah (Dirije lapriyè) ki ekri pa Al-Qahtani: (paj 9).

2- Dirije lapriyè (Al-Imama) se yon fonksyon relijye ki gen anpil valè (benediksyon), se moun ki gen valè ki pran responsablite sa a; daprè pawòl Pwofèt la (Benediksyon ak lapè Allah sou li) ki di: «Se moun ki pi byen resite Liv Allah la ki dwe dirije pèp la...» epi li klè ke moun ki pi fò nan lekti a se li ki pi bon; lefètke yo makonnen fonksyon Imam nan avèk li (moun ki pi fò a), sa montre jan fonksyon sa a gen anpil valè [53]. [53] Rapòte pa Mouslim, daprè adit Abou Mas'oud al-Ansari, ke Allah satisfè de li, anba nimewo (673). [54] Gade nan liv: Al-Sharh al-Mumti’ ‘ala Zad al-Mustaqni’: (Volim 2 / paj 41).

3- Siplikasyon Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) pou gidans chèf yo; daprè Abou Hourayra (ke Allah kontan avèk li), li te di: Mesaje Allah (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Imam nan se garanti a, epi Muezzin nan se moun yo fè konfyans lan. O Allah, gide Imam yo, epi padone Muezzin yo» [55]. [55] Rapòte pa Abou Dawoud: (517), ak At-Tirmidhi: (207).

Epi siyifikasyon: « Imam nan se yon garan (li responsab). » Sa vle di: Li responsab pou validite lapriyè moun kap swiv li yo; paske lapriyè yo makonnen ak lapriyè pal la. Epi sans mo: "O Allah! Gide lidè yo nan sa ki dwat." sa vle di : gide yo nan bon chemen an; pou yo ka akonpli lapriyè a nan fason ki pi pafè a [56]. 56] Gade nan liv: Sharh Abi Dawud ki ekri pa Al-Ayni: (Volim 2 / paj 468), epi liv Fayd al-Qadir ki ekri pa Al-Munawi: (Volim 3 / paj 182).

Twazyèm pwen: Kilès ki gen plis dwa (ki pi merite) pou li dirije lapriyè a (Imam).

Mesaje a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te klarifye moun ki pi gen dwa pou Imam anan epi ki gen priyorite pou sa, Mesaje Allah la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: Se moun ki pi fò nan lekti Liv Allah a (Koran an) ki dwe dirije moun yo; si yo gen menm nivo nan lekti a, se moun ki pi konnen Tradisyon Pwofèt la (Sunnah); si yo gen menm nivo nan Sunnah a, se moun ki te fè Emigrasyon an (Hijra) an premye; si yo te fè Emigrasyon an ansanm se moun ki te antre nan Islam an premye , epi nan yon lòt vèsyon: moun ki pi gran nan laj la ,epi yon gason pa dwe dirije yon lòt gason kote gason sa a gen otorite [57]. Moun ki gen plis dwa pou fè Imam, se daprè lòd sa a: [57] Mouslim rapòte l, nimewo (673).

1- Moun ki konnen plis Koran nan tèt li, epi ki pi fò nan fason lap lil la; se moun ki metrize lekti Koran an byen epi ki fè li nan fason ki pi pafè a, tout pandan li gen konesans sou règ lapriyè a. Si 2 moun rasanble: youn ki konn li Koran an plis, ak yon lòt ki konn li mwens men ki gen plis konesans nan règ relijye yo , yap mete moun ki gen plis konesans lan devan moun ki konn li plis la men ki pa gen konesans nan règ yo. Paske, bezwen pou konesans sou règ lapriyè a ak prensip li yo pi enpòtan pase bezwen pou senp metriz nan lekti a.

2- Aprèsa, se moun ki gen plis konesans nan Tradisyon an (Sunnah a). Si 2 Imam egal nan resitasyon, men youn nan yo pi fò nan lwa relijyon an epitou li gen plis konesans sou Tradisyon an (Sunnah a), se sa ki pi fò nan lwa relijyon an pou yo mete devan, dapre pawòl Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li): Men, si yo tout egal nan lekti a, se sila pami yo ki gen plis konesans nan Sounna a.

3- Aprèsa, sila ki te fè Elijira anvan an soti nan peyi kote yap priye idòl yo pou ale nan peyi lislam nan, si yo egal nan lekti ak nan konesans Sounna a; poutèt pawòl li a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li): Si yo gen menm nivo nan Tradisyon Pwofèt la (Sunnah), se moun ki te fè Emigrasyon an (Hijra) an premye kap dirije.

4- Aprèsa, sa ki pi ansyen nan Islam nan, si yo egal nan Hijrah a; daprè pawòl li (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) nan Adis anvan an: Si yo te fè Emigrasyon an (Hijra) nan menm peryòd, se moun ki te antre nan Islam an premye kap dirije. Sa vle di: soumisyon devan Allah.

5- Aprèsa , moun ki pi gran an, si yo egal nan tout zafè ki te mansyone anvan yo; daprèsa li menm (Pè AK benediksyon Allah kouvri li) te di nan youn nan narasyon adit anvan an: « Se moun ki pi gran nan laj la (pami yo). » Epi, pou Hadith Malik ibn al-Huwayrith la, ke Allah satisfè de li, li te di: «Fòk youn nan nou fè apèl pou lapriyè a pou nou, epi fòk sa ki pi gran an pami nou an sèvi Imam pou nou.» [58]. [58] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (628), ak Mouslim, anba nimewo (674).

Nan adis sa a, Pwofèt la ﷺ te bay moun ki te pi gran an priyorite; paske konesans yo te prèske menm nivo.

Si yo gen menm nivo nan tout pwen nou sot wè yo a epi yo nan diskisyon, kote chak moun vle dirije lapriyè a (Imam), yap fè yon tiraj osò antre yo. Moun ki genyen nan tiraj osò a, se li yap mete devan; paske yo tout gen menm merit, epi kòm li pa posib pou yo tout dirije anmenmtan, yo fè tiraj osò a menm jan yo fè sa pou tout lòt kalite dwa.

Mèt kay la gen plis dwa pou li Imam pase envite li yo, menm jan an tou, dirijan an ki se pi gwo Imam nan gen plis dwa poul Imam pase lòt moun, si yo chak kalifye pou sa; daprè pawòl Pwofèt la: «Yon gason pa dwe sèvi kòm imam pou yon lòt gason lakay li, ni kote li gen otorite.»

Epi menm jan ak sa, gen Imam ki fiks nan yon moske (Imam al-Ratib); li gen plis dwa pase nenpòt lòt moun — sof si se chèf otorite a (Sultan) ki la — menm si lòt moun ta pi fò nan lekti Koran an oswa li gen plis konesans pase li; sa se poutèt sans jeneral adit nou te wè anvan an.

Epi Ibn Oumar (se pou Allah satisfè avèk yo tou 2) te gen yon sèvitè ki te konn priye nan yon moske, yon lè li te rive, sèvitèl la te mete li devan, epi Ibn Oumar te di li: «Ou gen plis dwa pouw se Imam nan moske ou»[59]. [59] Rapòte pa Ach-Chafi'i nan (Al-Umm) (1/185), epi 'Abd Ar-Razzaq nan (Al-Musannaf) (2/399), epi Al-Bayhaqi (3/126) (5531). An-Nawawi di nan (Al-Khulasah) (2/701): isnad li a se hasan oswa sahih. Epi Al-Albani deklare isnad li a hasan nan (Irwa' al-Ghalil) (2/302).

Epi paske si yo ta mete yon lòt moun devan li , se ta yon mank respè pou otorite li epi sa ta ka blese santiman li.

Te gen divès opinyon (diskisyon) sou keksyon si yon timoun ki gen laj kote li kòmanse gen disènman ,ka dirije lòt moun nan lapriyè. Gen kèk savan ki pèmèt sa; baze sou adis Amr bin Salama (se pou Allah kontan avèk li) « Li te dirije pèp li a nan lapriyè pandan tan Pwofèt la (ﷺ), epi li te gen sèlman 6 oswa sèt (7) ane nan lè sa a » [60]. [60] Rapòte pa Al-Boukhari, nimewo (4302).

Epi li valab pou yon moun kap fè yon lapriyè volontè dirije yon moun kap fè yon lapriyè obligatwa ; baze sou enfòmasyon nou genyen sou Muadh bin Jabal (se pou Allah kontan avèk li) « Li te konn fè lapriyè 'Icha (lapriyè aswè a) avèk Pwofèt la (ﷺ), aprèsa li te konn tounen al dirije pèp li a nan menm lapriyè sa a » [61]. [61] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (701), ak Mouslim, anba nimewo (465).

Katriyèm pwen: Moun ki entèdi pou yo dirije lapriyè a:

Li entèdi pou yon moun dirije lapriyè nan ka sa yo :

1- Yon fanm pa gen dwa dirije yon gason nan lapriyè (Imam), baze sou sans jeneral pawòl Pwofèt la (Benediksyon ak lapè Allah poze sou li): « Yon pèp ki renmèt yon fanm direksyon afè yo (poul dirije yo) pap janm reyisi. » [62], epi fonksyon Imam nan se yon fòm otorite (direksyon). Anplis,prensip la vle pou fanm yo dèyè nan dènye ranje yo, jan sa etabli nan Tradisyon an (Sunnah). Dapre Abu Hurayrah (se pou Allah kontan avèk li), li te di: Mesaje Allah a (ﷺ) te di: «Pi bon nan ranje gason yo se premye a, e pi move a se dènye a, e pi bon nan ranje fanm yo se dènye a, e pi move a se premye a» [63], epi sa fèt konsa pou pwoteje diyitel ak respèl. Si yo ta mete li (fanm ) devan pou li dirije lapriyè a (Imam), sa tap kontrè ak prensip lalwa relijye sa a . Tout savan yo tonbe dakò sou pwen sa a; Imam Ibn Hazm (se pou Allah gen pitye pou li) te di: Yo tout tonbe dakò (Konsansis) sou pwen sa a: Yon fanm pa dwe dirije gason nan lapriyè (Imam) pandan yo konnen se yon fanm li ye. Si yo ta fè sa, lapriyè yo a tap anile (li pa valide) daprè akò tout savan yo. [64]. [62] Rapòte pa Al-Boukhari daprè adit Abou Bakrah, ke Allah satisfè de li, anba nimewo (4425). [63] Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (440). [64] Marātib al-Ijmāʿ: (p. 27).

2- Yon moun ki nan eta enpite ,oswa ki gen kras salte sou li, pandan li konnen sa, pa gen dwa dirije lapriyè a. Men, si moun kap priye dèyè li yo pa te konn sa jouk lapriyè a fin kaba, lapriyè pa yo a valab (li bon), daprèsa ki rapòte sou Umar bin al-Khattab (se pou Allah kontan avè l). « Li te dirije moun yo nan lapriyè pandan li te nan eta gwo enpite ; li te refè lapriyè pal la, men li pat bay moun yo lòd pou yo refè pa yo a » [65]. [65] Adis sa a, se Al-Daraqutni ki rapòte li nan liv li a ki rele "Sunan" (nimewo 1371).

Epi Abdur-Rahman bin Mahdi (se pou Allah gen pitye pou li) te di: « Sa a se pwen ki gen yon konsansis (akò) sou li: Moun ki nan eta gwo enpite (Salte a)a dwe refè lapriyèl, men moun ki t ap priye dèyè li yo pa bezwen refè pa yo a. Mwen pa konnen si gen okenn diferans opinyon sou sa » [66]. [66] Sunan Al-Daraqutni: (2/ 188).

3- Li entèdi pou yon moun ki pa konnen sourat Al-Fatiha pa kè dirije lapriyè, oswa yon moun ki pa ka lil byen, oswa ki kole lèt ansanm kote yo pa dwe kole , tankou moun ki kole lèt "H" (هاء) ak lèt "R" (راء) nan pawòl Allah ki anwo nan syèl la: 2-Tout lwanj (remèsiman ak glwa) se pou Allah, Mèt (ki kreye, ki posede, epi kap dirije) tout kreyasyon an (tout sa ki egziste). [Al-Fatiha: 2] Paske li kole yon lèt ak yon lòt ki pa sanble avèl epi ki pa menm pwononse menm jan avè li (nan bouch), oswa si li chanje yon lèt pou yon lòt, tankou yon moun ki pwononse lèt "R" (راء) kòmsi se te yon "Y" (ياء), oswa si li fè erè nan lekti a ki vin chanje sans mo yo. Yon moun konsa, lapriyè li dirije a pa valab (li pa bon) sof si se pou moun ki gen menm pwoblèm avè li; paske li pa kapab respekte yon poto mitan (rèk) nan lapriyè a, oswa li gate l. ».

4- Li entèdi pou yon moun kap pratike inovasyon nan relijyon an dirije lapriyè, si inovasyon sa a rann li non-mizilman (Kafir); poutèt pawòl Allah ki anwo nan syèl la: 18: « Èske yon moun ki gen lafwa (Mizilman) menm jan ak yon moun ki rebèl (ki nan peche)? Yo pa egal ditou. » (Sourat As-Sajdah, vèsè 18) « Epi mo "rebèl" (Fasiq) yo itilize la a, se "non-mizilman" (Kafir) li vle di, jan sa parèt klè nan kontèks vèsè ki vin aprè yo. »

5- Li entèdi pou yon moun dirije lapriyè nan yon moske ki gen yon Imam ofisyèl, e lapriyè a pa valab si yon lòt moun dirijel anvan li, eksepte avèk pèmisyon li, oswa si li anreta epi tan an vin kout[67]. [67] Gade: "Al-As'ilah wal-Ajwibah al-Fiqhiyyah" (Kesyon ak Repons sou Lalwa Islamik) ki ekri pa As-Salman: (Volim 1/ paj 163).

Senkyèm pwen: Moun li pa rekòmande pou yo dirije lapriyè a:

Li pa rekòmande pou moun sa yo dirije lapriyè a:

1- Moun ki konn fè erè nan lekti (Al-Lahhan): Se yon moun ki fè anpil erè pwononsiyasyon ki pa chanje sans vèsè yo, kit se nan sourat Al-Fatiha oswa nan lòt sourat. Pa egzanp, si li li: (Al-Hamda lillahi) ak yon son "a" sou lèt "D" a (nan plas son "u" a). Nan ka sa a, lapriyè li dirije a valab (li bon), men li pa rekòmande pou se li ki Imam; baze sou pawòl Pwofèt la (ﷺ): «Moun ki pou dirije pèp la se sila pami yo ki pi byen resite Liv Allah la.» [68]. [68] Sous li te deja mansyone.

E si yon erè pwononsyasyon ki chanje sans la fèt nan yon pasaj ki pa Al-Fatiha, kit se pa neglijans, pa mank konesans, oswa akoz yon defo nan lang li, pozisyon li kòm imam valab, men se yon bagay ki pa preferab; paske si li te kite lekti yon pasaj ki pa Al-Fatiha, pozisyon li kòm imam tap valab, donk se menm bagay la si li fè erè ladan li. Men si li fè eksprè lapriyè a vin pa bon (anile); paske se jwe lap jwe nan lapriyè li a.

2- Moun ki repete kèk lèt (lè lap li), tankou moun ki repete lèt "F" (فاء), oswa lèt "T" (تاء), oswa nenpòt lòt lèt. Yo pa rekòmande sa paske sa fè gen lèt ki ajoute anplis nan lekti a.

3- Moun ki fè gwo peche ak moun kap map pratike inovasyon nan relijyon an ki pa rann li non-mizilman poutèt inovasyon sa a [69]. Gade: "Kashshaf al-Qina'" (Kachaf al-Kina): (Volim 1/ paj 475) ak paj ki vin aprè yo.

4- Moun ki dirije yon pèp nan lapriyè kote majorite nan yo pa renmen li pou yon rezon jis; epi bò kote Abu Umamah (ke Allah satisfè de li), li te di: Mesaje Allah (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te di: « Gen 3 kalite moun, lapriyè yo pa depase zòrèy yo (sa vle di Allah pa aksepte l): Yon esklav ki sove kite mèt li jouk li tounen, yon fanm ki pase nwit lan pandan maril fache sou li, epi yon moun kap dirije (Imam) yon gwoup moun pandan moun sa yo pa vlel » [70]. [70] Se Al-Tirmidhi ki rapòte adit sa a (nan nimewo 360), epi li te di: «Adis sa a se yon adis "Hasan Gharib" (li bon, men se yon sèl moun ki rapòtel nan nivo sa a) nan fason sa a.»

Imam At-Tirmidhi di: Epi gen yon gwoup pami savan yo ki te wè li pa bon pou yon gason dirije yon gwoup moun kòm Imam alòske yo pa renmen li, men si Imam nan pa yon moun ki enjis, enben peche a se pou moun ki pa renmen li yo sèlman. Epi Ahmad ak Ishaq te di sou sa: si se youn, de, oswa twa moun ki pa renmen li, pa gen anyen ki mal pou li priye avèk yo, jiskaske se pifò nan gwoup la ki pa renmen l"[71]. [71] Sunan At-Tirmidhi: (2/ 192).

Si yo pa vlel (Imam nan) paske li fè efò poul swiv Sunnah a nan lapriyè a, kotel li sourat ki rekòmande yo epi li pran tan li poul byen priye ak yo, nan ka sa a, li pa dekonseyè poul dirije yo. Paske yo pa vlel la san yo pa gen yon rezon ki valab; donk, move santiman yo a pa gen pwa (nan lalwa a). Nan ka sa a, li ta dwe ba yo konsèy, fè yo sonje sa ki dwat, epi chèche gen yon bon rapò ak yo; lap kontinye priye ak yo jan Sunnah a mande sa. Si Allah wè nan entansyon li se tout bon li vle mete tèt yo ansanm, Allah ap rann travay sa a fasil pou li [72]. [72] Gade: Al-Charh Al-Moumti' Ala Zad Al-Moustaqni' (4/ 253).

Sizyèm pwen: Ki kote Imam nan dwe kanpe parapò ak moun kzp priye dèyèl yo (Ma'mumun).

Daprè Sunnah a (tradisyon Pwofèt la), Imam nan dwe kanpe devan moun kap priye dèyè li yo. Si moun yo 2 oswa plis, yo dwe kanpe dèyè Imam nan; paske Pwofèt la (ﷺ), lè li te kanpe pou li priye, li te konn avanse devan, epi konpayon li yo te konn kanpe dèyè li. Epi tou, daprè sa ki konfime... » «Ke Jabir ak Jabbar — se pou Allah satisfè ak yo 2 a — youn nan yo te kanpe sou bò dwat li (Lapè ak benediksyon Allah kouvri li) pandan li tap priye, epi lòt la sou bò gòch li. Epi li te pran men yo tou le 2 jiskaske li te mete yo kanpe dèyè li» [73]. [73] Mouslim rapòte l: (3010), tankou yon pati nan yon hadith ki long daprè Jabir, ke Allah satisfè avè l'.

Yon sèl gason kanpe adwat Imam nan, sou menm liy avè li; daprè pawòl Ibn Abbas, ke Allah satisfè avèk yo tou le 2: «Mesaje Allah (Pè ak Benediksyon Allah kouvri li) te kanpe ap priye, mwen te kanpe sou bò goch li, li te pran mwen nan zòrèy mwen, epi li te virem metem sou bò dwat li» [74]. [74] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (6316), ak Mouslim, anba nimewo (763).

Epi fanm yo kanpe dèyè ranje gason yo; daprè Adis Anas la, (se pou Allah kontan avè l): « Mwen menm ak yon timoun ki te òfelen, nou te fòme yon ranje dèyè Pwofèt la (ﷺ), epi granmoun fanm nan te kanpe dèyè nou nèt » [75]. [75] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (380), ak Mouslim, anba nimewo (658).

Sa ki bon an se pou Imam nan kanpe anfas mitan ranje a, Gran savan Ibn Baz (se pou Allah gen pitye pou li) te di: Sunnah a (tradisyon an) mande pou Imam nan kanpe nan mitan (parapò ak ranje yo) nan moske yo. Sa a se pratik Pwofèt la (Benediksyon ak lapè Allah kouvri li) ak konpayon li yo ke tout Mizilman te toujou swiv depi tout tan » [76]. [76] Se Chèk Sa'id al-Qahtani (ke Allah fè li mizèrikòd) ki rapòte li nan liv "Al-Imamah fi as-Salat", nan paj (55).

Epi li (ke Allah fèl mizèrikòd) te di tou: Ran an kòmanse nan mitan, bò kote Imam nan, epi bò dwat chak ran gen plis valè pase bò goch li. Epi se yon obligasyon pou pèsonn pa kòmanse yon ran toutotan sa ki anvan li lan poko plen.

Setyèm pwen: Depase Imam nan (Musabaqat al-Imam)

Se yon obligasyon pou sila a kap swiv imam nan poul kòmanse aksyon lapriyè yo après imam li a, epi poul swiv li e imitel nan aksyon li yo. Paske, yon moun kap swiv pa dwe ni devanse moun lap swiv la, ni fè aksyon yo anmenmtan avèk li; okontrè, li dwe obsève sa lap fè epi poul fè menm jan an aprèsa. Sa vle di li pa dwe kontredi li nan okenn sikonstans; e sa se daprè sa ki otantikman rapòte Abu Hurayra (se pou Allah satisfè avèl), daprè Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) ki te di: «Se sèlman pou yo swiv imam nan yo metel, kidonk pa antre an kontradiksyon avèk li. Lè li fè Roukou, se pou nou fè Roukou, e lè li di: "Sami'a Allahu liman hamidah", se pou nou di: "Rabbana laka al-hamd", e lè li fè Soudjoud, se pou nou fè Soudjoud, e si li priye chita, se pou nou tout priye chita. E aliye ran yo dwat nan lapriyè a; paske aliye ran yo dwat se youn nan sa ki rann lapriyè a bon.» [77]. [77] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (722), ak Mouslim, anba nimewo (417).

Li entèdi nèt (Haram) pou yon moun depase Imam nan nan nenpòt nan pwen fondamantal lapriyè a. Anas bin Malik (se pou Allah kontan avè l) rakonte: "Yon jou, Mesaje Allah a (ﷺ) te dirije lapriyè a pou nou; lèl te fin priye, li vire fas li ban nou, epi li di: « O pèp! Mwen se Imam nou; donk, piga nou depasem ni nan bese (Ruku), ni nan mete tèt atè (Sujud), ni nan leve kanpe (Qiyam), ni nan fini lapriyè a (Insi-raf). Paske mwen wè nou ni devanm, ni dèyèm. » [78]. Epi daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Èske youn nan nou pa pè, lè li leve tèt li anvan Imam nan, pou Allah transfòme tèt li an yon tèt bourik, oubyen pou Allah transfòme fòm li an yon fòm bourik?» [79]. [78] Rapòte pa Mouslim, nimewo (426). [79] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (691), ak Mouslim, anba nimewo (427).

Moun ki di 'Takbirat al-Iram' la anvan imam li a, lapriyè li a pa fòme; paske kondisyon an se pou li dil aprè imam li a, e li te rate sa.

Wityèm pwen: Plizyè lòt règleman sou pozisyon Imam ak lapriyè an gwoup .

Lòt prensip sou wòl Imam nan ak lapriyè an gwoup:

1- Li rekòmande pou sila yo ki gen lespri ak sajès yo avanse pou yo kanpe dèyè Imam nan, toupre li; daprè pawòl Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li): « Se pou moun ki gen matirite (ki gen laj) epi ki gen lespri (ki gen konesans) kanpe touswit dèyèm, aprèsa moun ki swiv yo nan nivo sa a, epi aprèsa moun ki swiv yo nan nivo sa a. » [80]. [80] Mouslim rapòtel: (432) daprè adit Abdallah ibn Mas'oud, ke Allah satisfè de li.

2- Fè efò pouw nan premye ranje a (Al-Saff al-Awwal): Li rekòmande pou moun kap swiv imanm nan pou yo avanse nan premye ran an, pou yo fè tout efò yo pou sa, epi pou yo fè atansyon pou yo pa ret dèyè. Yo rapòte Abou Saïd Al-Khoudri (ke Allah satisfè de li), ke Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te wè pami konpayon li yo genyen ki tap ret dèyè, epi li te di yo:

«Avanse, swiv mwen, epi se pou sila ki dèyè nou yo swiv nou. Yon pèp pap sispann rete dèyè jiskaske Allah mete yo dèyè» [81], Epi daprè Abi Hurayrah (ke Allah satisfè avè l), Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Si moun yo te konnen ki valè (benediksyon) ki genyen nan lanse apèl pou lapriyè (Azàn) ak nan kanpe nan premye ranje a, epi yo pa ta jwenn okenn lòt mwayen pou yo deside kilès kap fèl sof si yo fè tiraj osò, yo ta fè tiraj osò a san manke.» [82], sa vle di: «se osò yo tap tire pou li» Sa vle di: yo tap tire osò nan mitan yo pou konnen kilès nan yo ki pou kanpe nan premye ran an. [81] Rapòte pa Mouslim, nimewo (438). [82] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (615), ak Mouslim, anba nimewo (437).

Kanta pou medam yo, li rekòmande pou yo kanpe nan ranje dèyè yo, daprè Abu Hurayrah (ke Allah satisfè de li), li te di: Mesaje Allah (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di: «Pi bon nan ranje gason yo se premye a, e pi move nan yo se dènye a, e pi bon nan ranje medam yo se dènye a, e pi move nan yo se premye a» [83]. E sa a se nan ka kote yap priye dèyè gason yo san yon separasyon, men si yap priye nan yon espas pou lapriyè ki separe ak gason yo, enben yo dwe ranpli premye ran an, epi sa ki vin aprè a[84]. [83] Rapòte pa Mouslim, nimewo (440). 84: Gade: Majmu' Fatawa Ibn Baz: (12/ 196).

3- Fòk Imam nan li Al-Fatiha a san li pa prese, yon fason pou moun ap priye dèyèl la kapab li l tou[85]. [85] Gade: Al-Mindhar fi bayan kathir min al-akhta' al-cha'i'ah de Saleh Al Cheikh p. (53).

4- Lapriyè yon gason pa valab si li rete pou kont li dèyè yon ranje (yon liy moun kap priye); daprè sa Wabisa bin Ma'bad (ke Allah kontan avè l) rapòte: yon gason te fè lapriyèl pou kont li dèyè yon ranje, epi Pwofèt la ﷺ te ba li lòd pou li refè lapriyè sa a [86]. [86] Rapòte pa At-Tirmidhi, nimewo (230), epi li di: adit Wabisah la se yon bon adit.

Nevyèm Pwen: Aksyon (Sunnah) yo rekòmande pou yon Imam moun kap dirije lapriyè a fè.

Imam nan dwe swiv Sounnah Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) nan fason li dirije lapriyè a, epi pami Sounnah sa yo genyen:

1- Li dwe fè lapriyè a lejè epi li dwe konsidere sitiyasyon moun yo. Sa vle di, Imam nan dwe pran tan li nan lapriyè a; li pa gen dwa kouri twò vit nan pwen pou moun kap swiv li yo pa kapab fè poto mitan (poto nwayo) ak obligasyon lapriyè a. Epitou, li dwe pran tan li nan lekti lap fè a pou moun ki dèyèl yo ka gen tan fini lapriyè yo kòrèkteman. Daprè sa Abu Mas'ud al-Ansari rapòte, gen yon gason ki te di: Pa Allah, o Mesaje Allah, se sèten mwen ret dèyè pou lapriyè maten an ,sa vle di: lapriyè douvanjou a- poutèt tèl moun, paske li fèl twò long pou nou. Konsa, mwen pa te janm wè Mesaje Allah (Ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) nan yon diskou pi an kòlè pase jou sa a, aprèsa li di: «Sètènman, gen nan mitan nou moun kap fè moun kouri. Kidonk, kèlkeswa youn nan nou ki priye ak moun yo, se poul fè li lejè; paske nan mitan yo gen moun ki fèb, moun ki granmoun, ak moun ki gen yon bezwen.» [87]. [87] Rapòte pa Al-Boukhari, nimewo (90).

2- Bay lòd pou yo drese ranje yo epi pou yo fèmen espas yo anvan yo kòmanse lapriyè a, paske se sa Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn fè epi li te konn bay lòd pou sa, jan sa rapòte nan pawòl Nou'màn Ibnou Bachir (ke Allah satisfè de li) ki te di: Mesaje Allah a (ﷺ) te konn ranje liy nou yo tèlman dwat, se tankou se flèch lap dwat ak yo; li te kontinye fè sa jouk li wè nou te byen konprann sa li vle di a. Aprèsa, yon jou, li soti, li kanpe pou li kòmanse lapriyè a, li te prèske di 'Allahu Akbar', lè sa a li wè yon gason ki te gen lestomak li ki depase liy lan. Li di konsa: 'Sèvitè Allah yo, se swa nou ranje liy nou yo byen dwat, oswa Allah ap mete divizyon nan mitan nou (li tap fè kè nou pa dakò yonn ak lòt). [88]. [88] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (717), ak Mouslim, anba nimewo (436), ak vèsyon an se pa Mouslim.

Imam An-Nawawi, ke Allah fèl mizèrikòd, te di: Mo 'Al-Qidah' la (ki pwononse ak yon son 'i' anba lèt Qaf la) vle di bwa yo itilize pou fè flèch nan moman yap taye yo epi yap poliye yo. Sans fraz la se: li (Pwofèt la ﷺ) te konn mete yon gwo anfaz nan aliye ranje yo, jis nan pwen li fè yo dwat tankou jan yo dwat bwa flèch yo; sa montre jan liy yo te dwat nèt san okenn kibi. [89] Sharh Sahih Muslim pa Al-Nawawi: (Volim 4 / Paj 157).

3- Li dwe ba yo lòd pou yo konplete premye ran an, epi sa ki vin aprèl la. Epi si gen yon mank, se poul nan dènye ranje yo; paske Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di: «Èske nou pap fè ran menm jan zanj yo fè ran devan Senyè yo a?» Nou reponn: «O Mesaje Allah la, e kijan zanj yo fè ran devan Senyè yo a?» Li di: «Yo konplete premye ran yo, epi yo sere ran yo» [90]. [90] Rapòte pa Mouslim, daprè Jabir ibn Samoura,( ke Allah satisfè avèk li) nimewo (430).

4- Se pou yon moun swiv egzanp Pwofèt la (Ke Lapè ak benediksyon Allah kouvri li) nan fason li resite nan lapriyè. Paske, pifò fwa, Pwofèt la (Ke Lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te konn resite, nan lapriyè Fajr, sourat ki pi long nan pati 'Moufassal' la; nan lapriyè Maghrib, sa ki kout yo; epi nan lapriyè Isha, Dhuhr, ak Asr, sa ki nan mitan yo. Daprè sa Soulayman ibn Yasar rapòte, ki soti nan Abou Hourayra (se pou Allah satisfè avè l), li te di: «Mwen pa janm priye dèyè yon moun ki gen lapriyèl pi sanble ak pa Mesaje Allah la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) pase yon tèl. Soulayman te di: li te konn fè 2 premye rakat lapriyè Zour yo long, li te konn fè 2 dènye yo pi kout, epi li te konn fè lapriyè Asr la pi kout; nan lapriyè Magreb la, li te konn li sourat ki pi kout nan pati Moufassal la; nan lapriyè Icha, li te konn li sa ki nan mitan pati Moufassal la; epi nan lapriyè Fajr la, li te konn li sourat ki pi long nan pati Moufassal la.» [91]. [91] Rapòte pa An-Nasa'i, anba nimewo (982), Al-Hafidh di nan Boulough Al-Maram nimewo (286): isnad li se sahih.

Pati 'Mufassal' la divize an 3 : Sourat ki long yo kòmanse nan Sourat Al-Hujurat rive nan Sourat Al-Buruj; sa ki nan mitan yo soti nan Sourat Al-Buruj pou rive nan Sourat Al-Bayyinah; epi sa ki kout yo kòmanse nan Sourat Al-Bayyinah pou bout nan dènye Sourat nan Koran an . [92] Gade: Mirqat al-Mafatih (2/ 700).

Dizyèm Pwen: Kalite oswa kondisyon yon Imam dwe genyen.

Imam nan yon Moske se poto mitan ak fòs Moske sa a; se gras ak li Moske a rive rann sèvis li nan gaye misyon an (Dawah), nan bay kominote a konsyans, epi nan louvri zye moun yo sou zafè relijyon yo. Konsa, si Imam nan se yon moun ki gen konesans, ki gen bon konprann, ki gen vizyon klè, epi ki konnen koutim ak sitiyasyon moun yo, lap gen yon bon enfliyans ki itil sou gwoup moun kap priye nan Moske a ansanm ak sou tout moun ki rete nan katye kote Moske a ye a; lap moutre yo chemen, lap gide yo, epi lap mennen yo nan tout sa ki byen ak tout sa ki kòrèk.

Se konsa sa te ye tou pou Imam yo ki te ranpli kondisyon pou yo te Imam; nan kòmansman Islam se te Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) ki te Imam, aprèsa se te Chèf (Khalif) ki te byen gide yo, epi aprè yo, se te prens yo, chèf lame yo, savan yo, ak gwo pèsonalite yo. Sa montre ke moun kap okipe pozisyon sa a dwe gen yon wo nivo nan relijyon, nan karaktè, nan konesans, ak nan konpòtman.

Se la nou wè enpòtans responsablite sa a nan lavi moun yo; paske lè Imam yo gen fòs ak kapasite, sa parèt aklè nan kominote yo a, men si yo fèb, sa gen yon move konsekans sou kominote sa yo tou. Sa fèt konsa paske se nan Moske a sosyete a aprann makonnen sa yo di ak sa yo fè. Si yon Imam pa gen anpil konesans, si li manke bon konprann, oswa si li gen move karaktè ak move konpòtman, lap fè plis dega pase li rann sèvis. Paske misyon yon Imam se dirije moun kap priye yo nan chemen sa ki byen, chemen onèt ak chemen ladwati, li pral trè difisil pou yon Imam ki pa gen konesans rive reyalize gwo misyon sakre sa a.

Pafwa, yon Imam konn gen tout kondisyon ki nesesè pou fonksyon sa a, kit se sou plan konesans oswa kapasite pèsonèl li, men li vin tèlman okipe nan lòt aktivite, sa afekte nivo pèfòmans li. Sa vin fè, li rive anreta pou lè lapriyè yo, epi li pa jwenn ase tan poul revize sourat oswa vèsè li dwe resite nan lapriyè yo; konsa, nou wè lap priye toujou ak menm sourat yo oswa menm vèsè yo, li pa janm li lòt.

Epi tou, pasyon li (move lide), inyorans li, nan ki diskisyon li ye, oswa fanatik (ekstremis) ki pa bon an ka pran pye sou li; sa ka fè li pèdi sans verite a (objektif li), li ka pèdi direksyon edikatif li a, epi li ka sispann fè misyon an (Dawah) ak bon konprann (Sajès) ansanm ak bon konsèy.

Moske a vrèman gen yon gwo enpak nan relijyon sa a; li se yon fa gidans kote sèvitè a konekte ak Senyè li a, lafwa li ranfòse, epi li reyini ak frè li yo pou yo tout ka mete tèt ansanm pou gaye vèti epi konbat vis. Epi moske a pap kapab jwe wòl sa a sof si Allah prepare pou li yon imam ki genyen kalite syantifik ak moral ki nesesè pou nenpòt moun ki okipe gwo pòs sa a, epi ki akonpli devwa gwo fonksyon sa a.

Pami konpetans ki pi enpòtan nan domèn konesans pou Imam nan moun kap dirije lapriyè a:

1- Fè travay li ak tout senserite pou Allah sèlman; konsa, lap jwenn sipò Allah, lap jwenn viktwa, Allah ap aksepte travay li epi lap fè ni Allah ni lèzòm renmen li.

2- Rete lwen 'Riya' (fè wè) ak vante tèt; paske valè yon bagay depann de objektif li, epi valè aksyon yo depann de entansyon ki dèyè yo. Chak moun ap jwenn rekonpans selon sa li te gen nan entansyon li. Nenpòt moun kap fè kòvè (kap taye banda) ak kalite li pa genyen, Allah ap rann li wont.

3- Li dwe yon moun ki memorize Liv Allah la, oswa yon pati ladan li, epi li dwe toujou revize sa li memorize a, epi li dwe gen yon pòsyon chak jou pou lekti Koran an.

4- Li dwe aprann yon bon kantite Adis pa kè nan liv referans yo, tankou: 'Riyad as-Salihin', 'Karant Hadit Al-Nawawi', 'Bulugh al-Maram', oswa nenpòt lòt liv Adis moun rekonèt kòm sous ki fyab."

5 - Aprann kwayans ki kòrèk la, kwayans premye moun ki te swiv chemen verite a (Salaf Salih).

6- Li dwe aprann Jirisprudans kise lalwa sou prensip relijyon an, espesyalman sou adorasyon yo. Sa ki pi enpòtan nan sa, se tout sa ki gen pou wè ak: jan pou moun pwòpte kò yo, Lapriyè, 'Zakat' (bay pòv), ak Jèn. Konsa tou, li dwe konnen Fikh sou tranzaksyon yo (zafè biznis); pou li ka konnen limit nan jan moun ap fè lajan ak jan yap depansel, pou li ka avèti moun yo kont magouy, kont kout malen, ak kont vòlò byen moun nan manti. Epitou, li dwe avèti yo kont gaspiyaj, kont depase limit nan depans, ak kont chich (moun ki kenbe men yo twòp), pou tout aksyon yo nan zafè lajan ka fèt daprè sa Koran an ak Sunnah a mande.

7 - Li dwe metrize lang Arab la poul ka konnen siyifikasyon sa Allah te desann sou Mesaje li a , paske 'Koran' an te desann nan lang Arab.

8- Li biyografi Pwofèt la, bèl kalite li yo, ak biyografi zansèt ki te mache dwat yo; paske ladan yo genyen yon bon egzanp ak yon bèl modèl, yon richès konesans ki itil, ak yon kilti Islamik ki wo nivo.

9- Se poul konnen savann nan peyi li yo ak lòt moun ki gen konesans solid yo, sila yo ki rekonèt pou kwayans dwat yo, konesans yo, ak sajès yo, epi se poul tounen vin jwenn yo pou tout sa li bezwen nan kesyon relijyon yo ak pou rezoud pwoblèm nan kominotel la.

10 - Poul konnen gwoup Islamik yo ak kwayans yo, kouran panse yo ak entansyon yo, ak lekòl panse destriktif yo ak objektif yo, poul ka diskite yo daprè liv Allah a, Tradisyon Mesaje li a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li), ak sa savan Mizilman ki gen bonjan konesans yo te ekri, epi pou li kritike sa ki fo ladan yo, epi pou li bay avètisman kont sa ki pa valab ladan yo.

11- Li dwe aprann konnen diferan mwayen enfòmasyon yo, poul konnen pwen pozitif ak pwen negatif yo, ak kijan poul pwofite de yo nan envite moun vin jwenn Allah, epi poul pran prekosyon ak danje ki ladan yo pou tèt pal ak pou kominotel la.

Epi, si Imam yon Moske reyini tout kalite sa yo nan pèsonalite li, sa ap rann kominote a mache dwat epi lap kreye yon ekilib nan mitan moun yo, si Allah vle.

Epi, men kalite ki pi enpòtan nan sa ki gen pou wè ak karaktè (moralite):

1- Se pou Imam moske a se yon predikatè ak yon anseyan pou kongregasyon moske a ansanm ak tout moun ki frekante li, kit se moun nan katye a oswa lòt moun. Pou rezon sa a, li dwe pran Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) kòm modèl li; paske li se bon modèl la, bèl egzanp pou swiv la, ak pi gwo referans lan pou kominote a ak pou lidè yo. Allah, Ki Pi Wo a, di: 21: Anverite, gen yon bèl egzanp pou nou nan Mesaje Allah la, pou moun ki gen espwa nan Allah ak dènye Jou a, epi ki sonje Allah anpil. [Sourat Al-Ahzab vèsè 21].

Epi pou li menm ak moun kap frekante moske a evite pale sou bagay mond sa a ak politik, epi pou li konsakre moske a sèlman pou konesans ak adorasyon.

2- Li dwe pwòp e òganize nan tèt li, epi tou li dwe pran swen pwòpte moske a, ranje epi òganize afèl yo, epi pran swen enstalasyon li yo, san li pa fè gaspiyaj, epi poul evite dekore moske a.

3- Fòk li se yon moun ki gen bon konpòtman ak bon aparans, kap swiv Souna Pwofèt la (Benediksyon ak lapè Allah kouvri li): li kite bab li pouse, li koupe moustach li, epi li pa kite rad li depase cheviy li. Fòk li toujou montre li gen diyite ak yon karaktè poze, epi se poul swiv tras zansèt ki te dwat yo (Salaf as-Salih), ke Allah gen pitye pou yo.

4- Ke li se yon moun ki dou, ki gen pasyans, epi ki gen mizèrikòd; paske dousè pa janm jwenn nan yon bagay san li pa anbelil, epi yo pa janm retirel nan yon bagay san li pa avili li jan sa vini nan Adis la; se konsa Aicha rapòte ke Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te di: «Dousè pa janm nan yon bagay san li pa rann li pi bèl, e yo pa janm retire li nan yon bagay san li pa gate li.» [93]. [93] Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (2594).

Si yonn nan moun kap vin nan Moske a fè yon erè, Imam nan pa dwe brital avèl ; okontrè, li dwe ba li konsèy ak dousè epi aprann li sa ki kòrèk la yon fason ki bèl. Epi, bò kote Mouawiya bin Al-Hakam As-Soulami (ke Allah satisfè de li), li te di: Pandan mwen tap fè lapriyè avèk Mesaje Allah a (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li); gen yon mesye pami moun yo ki te estènen, epi mwen di: "Ke Allah gen pitye pou ou." Lamenm, tout moun yo fikse zye yo sou mwen. Lè sa a, mwen di: "Malè pou mwen! Sak fè nou tout ap gadem konsa?" Epi yo kòmanse frape men yo sou kwis yo. Lèm wè yo tap fè mwen fè silans, mwen te rete trankil. Lè Mesaje Allah a (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te fini priye ,mwen ta bay papam ak manmanm pou li , mwen pa janm wè yon mèt, ni anvan li, ni aprè li ki te anseye pi byen pasel. Pa Allah, li pat ni rele sou mwen, ni reprimandem, ni bat mwen, ni jourem. Li te di: «Vreman vre, lapriyè sa a pa fèt pou moun ap pale pawòl moun òdinè ladan li. Li fèt sèlman pou fè lwanj pou Allah, Takbir (deklare grandè Allah), ak lekti Koran an.» [94]. [94] Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (537).

5- Ke li genyen yon kè ki dou e ki sansib; pou li kapab rasanble moun yo bò kotel pou yo benefisye afeksyon li, èd li, ak konesans li, epi poul kanpe ak yo nan kalamite ak nan bezwen yo, e li ta dwe konsilte yo sou sa ki gen pou wè ak misyon moske a

Epi Mesaje Allah la, (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li), te nan nivo ki pi elve nan tout bagay sa yo, jan Allah ki gen tout pouvwa a te di sou li a: 159- Se gras a yon mizèrikòd ki soti bò kote Allah ki fè ou (O Mouhamad) te gen dousè pou yo. Si ou te di epi ou te gen kè di, yo tap gaye kite ou. Kidonk, padone yo, mande Allah padon pou yo, epi konsilte yo nan zafè yo. Epi, yon fwa ou pran yon desizyon, mete konfyans ou nan Allah. Sètènman, Allah renmen moun ki mete konfyans yo nan Li. [Al Imran: 159].

6- Li dwe gen pasyans ak sètitid; epi li dwe sensè nan sa lap di, poul ka merite onè pozisyon Imam nan moske li a ak nan mitan kominotel la; Paske se pasyans ak sètitid ki fè yon sèvitè rive nan ran lidèchip (Imam) nan relijyon an, Allah ki anwo nan syèl la di: Epi Nou te chwazi lidè (Imam) nan mitan yo pou dirije ak lòd nou, paske yo te gen pasyans (andirans) epi yo te gen yon konfyans total (sètitid) nan siy nou yo. [As-Sajdah: 24].

7- Li dwe toujou di laverite nan sa lap di, kit se nan prèch jou Vandredi a, oswa nan leson ansèyman ak egzòtasyon, oswa nan pawòl li ak moun; pou li ka pami moun ki toujou di laverite yo, moun ki gide yo, ak moun ki reyisi yo; paske gen yon Adis ki rapòte pawòl Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) kote li di: «Se pou nou toujou di laverite; paske laverite mennen nan sa ki dwat, epi sa ki dwat mennen nan Paradi. Yon moun pap sispann di laverite epi chèche di laverite, jiskaske li ekri bò kote Allah kòm yon moun ki trè veridik. Epi piga nou janm bay manti, paske manti mennen nan peche, epi peche mennen nan Dife a. Epi yon moun pap sispann bay manti epi chèche bay manti, jiskaske li ekri bò kote Allah kòm yon gwo mantè» [95]. [95] Rapòte pa Al-Boukhari, nimewo (6094), ak Mouslim, nimewo (2607), soti nan adit Abdallah bin Mas'oud, ke Allah satisfè avè l.

Epi manti se yon mal ak yon kalamite, epi pi gwo manti a se manti sou Allah, Sila a ki Egzalte a, epi se pale sou li san konesans. Allah, Sila a ki Egzalte a, di: 33- Di yo: Sèl sa Mèt mwen entèdi se tout move zak ki bay degoutans, kit yo fèt an piblik kit yo fèt an kachèt; Li entèdi peche, Li entèdi lenjistis san rezon; Li entèdi pou nou bay Allah asosye san li pa janm ba nou otorite pou sa; epi li entèdi pou nou di sou Allah sa nou pa konnen. Sourat Al-A'raf (vèsè 33)

Bèl vèsè sa a rasanble peche ki pi grav yo; li kòmanse ak sa ki grav yo pou li rive nan sa ki pi wo nèt la (sa ki pi grav pase tout), ki se: pale sou Allah san konesans, kit se sou Non Li, sou Kalite Li, oswa sou Lalwa (Charia) Li.

Epi bay manti sou do Mesaje Allah la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) se youn nan pi gwo manti yo ak youn nan peche ki pi lèd yo, e se youn nan gwo peche yo ki gen menas Dife a pou sila ki fèl la; daprè Al-Moughirah ibn Chou'bah (se pou Allah satisfè de li) ki te di: Mwen te tande Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) di: «An verite, di yon manti sou mwen se pa tankou di yon manti sou okenn lòt moun, moun ki di yon manti sou mwen volontèman, se pou li pran plas li nan Dife a» [96]. [96] Rapòte pa Al-Bukhari, anba nimewo (1291), ak Muslim, anba nimewo (4).

Yon moun dwe evite bay manti, menm lè se ta ak bon entansyon pou li ankouraje moun nan sa ki byen epi pou li fè yo pè sa ki mal, menm jan kèk predikatè konn fè; paske se yon bagay ki lèd ki pa gen okenn byen ni okenn gidans ladan li, epi moun ki dil la ap pote chay peche, li pap jwenn rekonpans, se yon pechè lap ye ki pap jwenn okenn avantaj.

8- Poul gen onètete nan transmèt pawòl la, pou li verifye si nouvèl yo kòrèk, poul pa prese aksepte rimè, epi pou li pa konte sof sou pawòl ki fyab; epi Allah, Sila a ki Pi Wo a, te pase nou lòd sou sa nan pawòl li: O nou menm ki kwè yo! Si yon moun ki pa gen respè pou lalwa Allah (yon moun kap fè sa ki mal) pote yon nouvèl ba nou, chèche verifye li byen (pou nou wè si se vre); pou nou pa al fè moun mal akòz inyorans nou, epi pou nou pa vin nan règrèt aprèsa pou sa nou te fè a. Sourat Al-Hujurat vèsè 6

9- Li dwe fè gwo efò pou li kouvri defo moun yo, epi pou li kenbe sekrè yo; paske nenpòt moun ki kouvri (sekrè) yon mizilman, Allah ap kouvri pal tou ni nan lavi sa a, ni nan lavi kap vini an. Men, moun kap chèche dekouvri defo ak sekrè kache mizilman yo, Allah ap chèche dekouvri pwòp defo pa li tou, jouk li rann li wont nan mitan pwòp kay li; daprè sa Abdullah bin Umar (ke Allah kontan ak yo 2 a) rapòte, Mesaje Allah a ﷺ te di: «Nenpòt moun ki kouvri yon mizilman, Allah ap kouvri li Jou Jijman an» [97]. Epi bò kote Abi Barzah Al-Aslami (ke Allah satisfè avè l), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «O nou menm ki kwè ak bouch nou, men lafwa poko antre nan kè nou, piga nou fè medizans sou Mizilman yo, epi piga nou chèche konnen defo yo; paske nenpòt moun ki chèche konnen defo yo, Allah ap chèche konnen defo pa li tou, epi nenpòt moun Allah chèche konnen defo pal, Lap dezonore li(imilyel )menm anndan lakay li.» [98]. [97] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (2442), ak Mouslim, anba nimewo (2580). [98] Rapòte pa Abou Dawoud, nimewo (4880), epi pou eleman sa yo, gade liv «Imam moske a: Eleman syantifik ak moral li yo» pa Cheikh Saoud bin Mouhammad Al-Bishr.

Twazyèm Pati: Lapriyè Vandredi ak Prèch (Khoutba) li.

Premye Sijè: Lapriyè Vandredi a .

Premye pwen: Siyifikasyon lapriyè Vandredi a ak ki lè li fèt.

Premye nivo: Sa lapriyè Vandredi a vle di (Konsèp la)

Vandredi: Se yonn nan jou nan senmenn nan; jou sa a, yo fè yon lapriyè espesyal ki rele lapriyè Vandredi [99]. Gade: 'Diksyonè Langaj Savan yo ki ekri pa Muhammad Rawas Qal'aji ak lòt moun: (paj 166).

Epi lefèt ke Allah gide kominote sa a rive nan jou Vandredi a se yon gwo favè; daprè Abi Houreira (se pou Allah satisfè avè l), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Nou se dènye moun ki parèt sou tè a, men se nou kap premye nan Jou Jijman an. Sèl diferans lan, sèke yo te resevwa Liv la anvan nou, epi nou menm, nou resevwal aprè yo. Jou sa a (Vandredi) se te jou Allah te ba yo lòd pou yo respekte, men yo pa te tonbe dakò sou li. Konsa, Allah gide nou pou nou rekonèt jou sa a. Se sa ki fè, lòt yo vin dèyè nou: Jwif yo se demen (Samdi), epi Kretyen yo se apre demen (Dimanch).» [100]. [100] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (876), ak Mouslim, anba nimewo (855).

Epi jou Vandredi a se pi bon jou solèy la janm leve sou li; soti bò kote Abou Hourayra (ke Allah satisfè avè l), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Pi bon jou solèy la leve sou li, se jou Vandredi. Se nan jou sa a Adan te kreye, se nan jou sa a li te antre nan Paradi, epi se nan jou sa a tou yo te fè li soti ladan l.» [101]. [101] Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (854).

Epi Vandredi jiska lòt Vandredi se yon padon pou sa ki fèt nan mitan yo; daprè Adis Abou Hourayra a — se pou Allah kontan avèk li —, ke Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn di: «Senk 5 priyè yo, yon Vandredi pou rive nan yon lòt Vandredi, epi yon mwa Ramadan pou rive nan yon lòt Ramadan, se bagay ki efase peche ki te fèt nan mitan yo, depi moun nan rete lwen gwo peche yo.» [102]. [102] Rapòte pa Mouslim, nimewo (233).

Lapriyè Vandredi a se yon lapriyè ki apa (li endepandan); li pa menm ak lapriyè midi (Dhouhr). Yo diferan nan kantite rak'ah yo fè, nan fason yo fè lekti a fò, nan prèch (khoutba) li genyen, ak nan tout lòt kondisyon espesyal li mande. Sèl pwen kote yo sanble, se nan lè yo fèt la.

Dezyèmman: Lè lapriyè Vandredi a (Joumaa):

Lè pou fè lapriyè Vandredi a se menm lè ak lapriyè midi (Dhouhr); li kòmanse depi solèy la fin pase mitan syèl la (Zawal) jouk lonbraj yon bagay rive menm longè ak bagay la (san konte lonbraj ki te la anvan solèy la te kòmanse panche a). Sa baze sou Hadit Anas bin Malik (ke Allah kontan avèk li) ki di: Pwofèt la te konn fè lapriyè Vandredi a nan moman solèy la kòmanse panche . Sa vle di: lè solèy la panche nan direksyon kote lap desann nan (Lwès) epi li kite mitan syèl la; e sa se lè pou lapriyè midi a. [103] Rapòte pa Al-Boukhari, nimewo (904).

Dezyèm pwen an: Règleman sou lapriyè Vandredi (Joumaa), epi pou kimoun li obligatwa?

Premyèman: Règleman sou lapriyè Vandredi (Joumaa):

Lapriyè Vandredi a se yon obligasyon pèsonèl pou gason yo; daprè pawòl Allah ki gen tout pouvwa a: O nou menm ki kwè! Lè yo rele pou lapriyè jou Vandredi a, kouri al chèche rapèl Allah (prech ak lapriyè), epi sispann tout kalite komès (biznis). Sa se pi bon bagay pou nou, si nou te konnen! Sourat Al-Jumu'ah vèsè 9 Epi daprè Abdullah ibn Oumar ak Abou Hurayrah (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), yo tou 2 te tande Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ap di sou planch minbar li a: «Fòk moun sa yo sispann neglije ,sa vle di sispann rate lapriyè Vandredi yo, sinon Allah ap fèmen kè yo nèt (lap mete yon sele sou li), epi yap fini pa tounen moun ki distrè (moun ki pèdi nan bliye Allah).» [104]. [104] Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (865).

Epi tout mizilman yo tonbe dakò sou obligasyon lapriyè Vandredi a; Ibn al-Mundhir (ke Allah gen pitye pou li) te di: Epi Savan yo tout tonbe dakò sou sa: lapriyè Vandredi a se yon obligasyon pou tout gason ki lib, ki majè (ki fòme), ki abite nan vil la ki pa nan vwayaj, epi ki pa gen okenn eskiz valab [105]. Al-Ijma' (Liv Konsansis la): (paj 40).

Dezyèmman: Sou ki moun li obligatwa?

Lapriyè Vandredi a se yon obligasyon pou chak Mizilman gason ki lib, ki granmoun, ki gen bon konprann, ki kapab, epi ki rezidan; kidonk li pa obligatwa pou: yon esklav, yon fi, yon jèn, yon moun ki pa gen bon konprann, yon moun ki malad, oubyen yon vwayajè. Sa ki sèvi kòm prèv pou sa a, se sa Tariq ibn Shihab (Allah satisfè avè l) rapòte, daprè Pwofèt la (lapriyè ak lapè Allah sou li), ki te di: Lapriyè Vandredi a se yon dwa ki obligatwa pou chak mizilman fè li an gwoup (nan Moske), eksepte kat (4) kalite moun: yon esklav ki anba lòd mèt li, yon fanm, yon timoun, oswa yon moun ki malad. [106]. [106] Rapòte pa Abou Dawoud, nimewo (1067).

Kanta pou moun ki an vwayaj la, lapriyè Jumu'ah la pa obligatwa pou li; paske Pwofèt la ﷺ pat konn fèl nan vwayaj li yo, e jou Arafat la pandan pelerinaj li a te tonbe yon jou Vandredi, epoutan se lapriyè Dhuhr li te fè epi li te gwoupe lapriyè Asr la avèk li.

Epi Ibn al-Moundhir, ke Allah, Sila ki Egzalte a, fèl mizèrikòd, te rapòte konsansis la sou pwen sa a, epi li te di: Epi savan yo tout tonbe dakò ke timoun ak fanm pa obligatwa pou yo al nan lapriyè Vandredi. Epi yo tonbe dakò tou ke lapriyè Vandredi a se yon obligasyon pou gason ki lib, ki majè (ki fòme), ki abite nan vil la ,ki pa nan vwayaj,epi ki pa gen okenn eskiz valab [107]. [107] Konsansis: (p. 40).

Si yon esklav, yon fanm, yon timoun, yon moun ki malad, oswa yon moun kap vwayaje, rive asiste lapriyè Vandredi a, lapriyè a valab pou li; epi li ranplase lapriyè midi (Dhouhr) a nèt pou moun sa a.

Lapriyè Vandredi a pa obligatwa pou moun kap viv nan bwa (moun nan mòn oswa moun andeyò) kap deplase tout tan pou chèche zèb pou bèt yo manje ak dlo. Paske nan tan Pwofèt la (Benediksyon ak lapè Allah kouvri li), te gen anpil moun konsa ki te rete nan zòn ozalantou vil Medin, epi Pwofèt la pa te janm mande yo pou yo fè lapriyè Vandredi. Se sa k fè Imam Ahmad te di: «Pa gen Priyè Vandredi pou moun ki nan zòn elwaye yo; paske yo deplase. Li bay deplasman an kòm rezon ki fè li tonbe, konsa, tout moun ki rezidan, ki pa deplase pa chwa pal, se moun ki nan vilaj yo ye» [108]. [108] Majmou‘ Al-Fatawa: (24/ 166).

Lapriyè Vandredi a ka fèt epi valab ak twa 3 moun: yonn kap bay prèch la (Imam nan), ak 2 lòt kap koute li. Sa baze sou pawòl Allah ki gen tout pouvwa a ki di: «...kouri al chèche rapèl Allah a...» [Al-Jumu'ah: 9] Epi sa a mo sa a se yon mo pliryèl; epi nan lang Arab pliryèl la kòmanse depi sou 3 moun.

Twazyèm pwen: Kòman yo fè lapriyè Vandredi a (Fason li fèt).

Lapriyè Vandredi a se 2 rakat li ye, kote yo fè lekti Koran an fò (pou moun tande); paske se konsa Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li)te konn fè li, epi tout savan yo (moun ki gen konesans yo) tonbe dakò sou sa. Men sa Ibn Hazm (ke Allah gen pitye pou li) te di: Savan yo tout tonbe dakò ke lapriyè Vandredi a depi li fèt daprè tout kondisyon yo mande pou li yo se 2 rakat li ye, epi yo dwe fè lekti a fò nan tou 2 rakat sa yo [109]. Maratib Al-Ijma': (p. 33).

Epi, se yon pratik yo rekòmande (Sunnah) pou yo li Sourat Al-A’la aprè Al-Fatiha nan premye rakat la, epi nan dezyèm nan, yo li Sourat Al-Ghashiyah aprè Al-Fatiha. Sa baze sou sa An-Nu’man bin Bashir (ke Allah kontan ak yo de a) te di: «Mesaje Allah (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn li sourat Al-A'lâ ak sourat Al-Ghâshiyah nan 2 fèt Eid yo ak nan jou Vandredi a.»[110]. [110] Rapòte pa Mouslim, nimewo (878).

Oswa, li ka li Sourat Al-Jumu'ah nan premye rak'ah la aprè Al-Fatiha, epi nan dezyèm nan, li li Sourat Al-Munafiqun apre Al-Fatiha. Sa baze sou sa Ibn Abi Rafi' te di: Marwan te kite Abou Hourayra kòm responsab nan vil Medin pandan li menm li t al lamèk, epi Abou Hourayra te dirije lapriyè Vandredi a pou nou. Nan premye rakat la li te li Sourat Al-Jumu'ah, epi nan dezyèm nan li te li: 'Lè ipokrit yo vin jwenn ou' (Sourat Al-Munafiqun). Ibn Abi Rafi' di: Mwen tal jwenn Abou Hourayra lèl fini, mwen dil: 'Ou li 2 sourat ke Ali bin Abi Talib te konn li tou lèl te Koufa.' Lè sa a, Abou Hourayra di: «Se mwen menm ki te tande Mesaje Allah (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ap li yo jou Vandredi a» [111]. [111] Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (877).

Katriyèm pwen: Nan ki kondisyon yon moun konsidere li ratrape lapriyè Vandredi a?

Yon moun jwenn Joumaa a, lè li jwenn yon rakat avèk imam nan; yo rapòte de Abdallah ibn Omar (ke Allah satisfè de yo tou le 2) ke Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Moun ki jwenn 1 Rakat nan Joumaa a oswa nan yon lòt, lapriyè li a konplè» [112]. [112] Rapòte pa An-Nasa'i, nimewo (557).

Si li rive jwenn mwens pase yon rakat, lap priye li kòm Dhuhr [113]. Gade nan liv: Al-Mughni, ki ekri pa Ibn Qudamah: (Volim 2, paj 231).

Kidonk, moun ki rate yon 'Raka' nan lapriyè Vandredi (Joumaa) epi li jwenn imam nan nan dezyèm 'Raka' a pandan Roukou a oswa anvan sa, se yon sèl 'Raka' sèlman li gen poul fè, daprè Adis la: «Moun ki jwenn Yon Rakat, li jwenn lapriyè a» [114]. [114] Rapòte pa Abou Dawoud, nimewo (893).

Senkyèm pwen: Bagay ki entèdi (Haram) pou yon moun fè, oswa ki pa rekòmande nan lapriyè Vandredi a.

1- Li entèdi pou pale pandan Imam nan ap fè prèch la ; paske li etabli daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li) ke Mesaje Allah a (Pè ak benediksyon Allah kouvri li) te di: «Si yon jou Vandredi ou di kamarad ou: Fè silans, pandan Imam nan ap preche, enben ou pale pou granmesi» Sa vle di: ou pale pawòl ki san sans , se pawòl ki pa gen valè, ki rejte; epi nan ka sa a, ou pèdi tout benediksyon (rekonpans) lapriyè Vandredi ou la. [115] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (934), ak Mouslim, anba nimewo (851).

An-Nawawi, ke Allah fèl mizèrikòd, te di: Hadit sa a entèdi tout kalite pawòl nèt pandan prèch la (Khoutba) ap fèt. Li sèvi ak egzanp sa a pou li montre gravite tout lòt kalite pawòl; paske si yon moun di yon lòt: 'Fè silans' alòske nan fonksyònman li se yon bon bagay (lòd pou fè sa ki byen) lap mande , men Pwofèt la rele sa "pawòl san sans"sa vle di nenpòt lòt ti pawòl ki pi senp pase sa, li pi mal toujou [116]. [116] Eksplikasyon Mouslim: (6/ 138).

Sa ki antre nan entèdiksyon pou pale a gen ladan li tou: reponn moun ki estènen, ak remèt 'Salam' nan; sa pa pèmèt pandan Imam nan ap preche. Men, anvan Imam nan kòmanse sèmon an, ak pandan poz ki genyen ant 2 sèmon yo, pa gen okenn mal pou pale.

Kanta pou yon kwayan kap pale ak Imam nan (Khatib la), sa pa gen pwoblèm ladan. Sa baze sou sa Anas bin Malik te di: «Gen yon nonm ki te antre nan moske a yon jou Vandredi pa yon pòt ki te nan direksyon Dar al-Qada, epi Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te kanpe ap fè diskou (Khutbah) li. Li kanpe anfas Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), epi li di: 'O Mesaje Allah, byen nou yo ap peri epi wout yo koupe, tanpri lapriyè Allah pou li voye lapli pou nou'. Lè sa a, Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) leve 2 men li anlè...» [117]. [117] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (967), ak Mouslim, anba nimewo (897).

2- Li entèdi pou yon moun ap jwe pandan prèch la, tankou manyen ti wòch, oswa sèvi ak chapelet (Misbaha), oswa distrè tèt li nan telefòn pòtab, ak lòt bagay ki sanble ak sa; daprè sa Abu Hurayrah (Se pou Allah satisfè de li) rapòte, kotel di: Mesaje Allah a (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di: «Moun ki manyen ti wòch pandan prèch la ap fèt, se yon moun ki yon aksyon initil» [118]. Sa se paske mouvman initil (vye jès) anpeche konpreyansyon ak devosyon. [118] Rapòte pa Mouslim, nimewo (857).

3- Li entèdi pou yon moun pase sou zepòl lòt moun yo pandan prèch la; daprè Adis Abdallah ibn Busr (Se pou Allah satisfè avèk li) ki te di: Yon mesye te vini ap pase sou zepòl moun yo jou Vandredi a, pandan Pwofèt la (Benediksyon ak lapè Allah sou li) tap fè prèch, epi Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te di li: <> [119]. [119] Rapòte pa Abou Dawoud, nimewo (1118).

Sa se paske pase sou zepòl moun yo se yon deranjman pou sila yo kap priye a, epi sa distrè yo pou yo pa koute sèmon an ('Khutbah'). Kanta pou Imam nan, pa gen pwoblèm pou li pase sou zepòl moun yo si li pa ka rive nan plas li san li pa fè sa. Menm jan an tou pou yon moun ki oblije fè sa pou yon gwo nesesite, tankou pou lal fè woudou, oswa pou lal nan yon espas vid ki devan li, oswa pou lòt ka menm jan an.

4- Epi li entèdi pou fè yon moun leve sot nan plas li te okipe anvan an, epi pou chita nan plas li; paske li rapòte daprè Jabir bin Abdullah (ke Allah satisfè de yo ), ke Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di: «Pèsonn nan nou pa dwe leve frèl nan plas li jou Vandredi, pou l al chita ladan li, men okontrè, fè plas.» [120]. [120] Rapòte pa Mouslim, nimewo (2178).

5- Epi li pa renmen pou yon moun separe 2 moun lè li chita nan mitan yo oswa li pase sou yo; paske sa rapòte bò kote Salman Al Farisi (ke Allah satisfè de li), li te di: Mesaje Allah a (Pè AK benediksyon Allah kouvri li) te di: «Nenpòt moun ki benyen jou Vandredi a... aprèsa li ale nan Moske a san li pa separe 2 moun (li pa pouse moun pou li pase nan mitan yo), li fè kantite lapriyè yo te preskri pou li a (lapriyè volontè), epi lè Imam nan parèt, li fè silans pou li koute; Allah ap padone tout peche linte fè ant Vandredi sa a ak Vandredi ki sot pase a.» [121]، konsa, sa montre ke moun ki mete divizyon ant 2moun pap resevwa padon sa a. [121] Rapòte pa Al-Boukhari, nimewo (910).

Sizyèm pwen: Pratik yo rekòmande (Sunnah) pou jou Vandredi a.

1- Se yon pratik yo rekòmande (Sunnah) pou yo li Sourat As-Sajdah ak Sourat Al-Insan nan lapriyè douvanjou (Fajr) jou Vandredi a; paske Pwofèt la te toujou konn fè sa. Sa baze sou sa Abou Hourayra (ke Allah kontan avè l) te di: «Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te konn li Sourat As-Sajdah ak Sourat Al-Insân nan lapriyè Fajr jou Vandredi a.»[122]. [122] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (891), ak Mouslim, anba nimewo (880).

2-Benyen nan jou Vandredi a, se yon Sounnah ki konfime; daprè Adis Abdullah ibn Umar (se pou Allah satisfè avèk yo ), kote Mesaje Allah la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di: «Lè youn nan nou pral nan Vandredi, se poul benyen.» "[123]. Li nesesè pou yon moun veye pou li fè sa (benyen) epi pou li pa janm neglije li, sitou pou moun ki gen move sant sou kò yo." [123] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (877), ak Mouslim, anba nimewo (844).

Lè pou benyen pou Jou Vandredi a kòmanse depi nan douvanjou, epi benyen pou eta enpwòpte a sifi pou ranplase benyen Jou Vandredi a; paske bi benyen Jou Vandredi a se pou moun netwaye kò li epi retire move odè ki sou kò a, e sa fèt tou lè yon moun benyen pou eta enpwòpte a. Men, sa ki rekòmande se pou moun nan fè entansyon pou benyen pou Jou Vandredi a antre nan benyen pou eta enpwòpte a; pou li ka jwenn rekonpans pou sa.

3- Li rekòmande pou li mete pafen, fè kò li pwòp, epi retire sa ki dwe retire sou kò li; tankou koupe zong, raze plim nan pati prive, rale plim anba bwa, ak taye moustach; selon adis Salman Al-Farisi (ke Allah satisfè avè l) kote li rapòte ke Mesaje Allah la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Sila a ki benyen jou Vandredi, epi li pirifye tèt li otan li kapab, aprèsa li mete lwil oswa li mete pafen, aprèsa li ale epi li pa separe 2 moun, epi li priye sa ki te ekri pou li a, aprèsa lè Imam nan soti li rete an silans, yap padone pou li sa ki genyen ant vandredi sa a ak lòt la» [124]. [124] Se Al-Boukhari ki rapòte l anba nimewo (910)

Jan itilizasyon Siwak la konfime tou pou li nan jou sa a; daprè pawòl Abi Sa’id Al-Khoudri a (ke Allah satisfè de li), li te di: Mwen temwaye ke Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Benyen an nan jou Vandredi a obligatwa sou chak moun ki gen laj, epi pou li bwose dan li ak siwak, epi pou li mete pafen si li jwenn.» [125]. [125] Rapòte pa Al-Boukhari, nimewo (880).

4- Li rekòmande pou li mete pi bèl rad li jwenn, daprè adit Omar ibn al-Khattab (ke Allah satisfè de li). «Li te wè yon kostim ki fèt ak swa bò pòt moske a, epi li di: O Mesaje Allah, e siw ta achte sa a pouw metel jou Vandredi ak pou delegasyon yo lè yo vin vizite w...» [126]. [126] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (886), ak Mouslim, anba nimewo (2068).

5- Li rekòmande pou ale bonè nan moske a jou Vandredi a, poutèt Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ankouraje sa; Epi nan Adit (diskou) Abou Hourayra a , se pou Allah kontan avèk li, ke Mesaje Allah la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Nenpòt moun ki benyen jou Vandredi a menm jan li benyen pou li soti nan eta janaba (benyen nèt), epi li ale nan Moske a (nan premye moman an), se kòmsi li te ofri yon gwo chamo kòm sakrifis. Moun ki ale nan dezyèm moman an, se kòmsi li te ofri yon bèf. Moun ki ale nan twazyèm moman an, se kòmsi li te ofri yon belye ki gen kòn. Moun ki ale nan katriyèm moman an, se kòmsi li te ofri yon poul. Epi moun ki ale nan senkyèm moman an, se kòmsi li te ofri yon ze. Men, depi Imam nan soti (pou l moute sou podium nan), zanj yo fèmen kaye yo epi yo antre pou yo koute rapèl la (prèch la).» [127]. [127] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (881), ak Mouslim, anba nimewo (850).

6- Se yon pratik yo rekòmande (Sunnah) pou nenpòt moun ki antre nan Moske a jou Vandredi, alòske Imam nan ap bay prèch la deja, pou li pa chita jiskaske li fin fè 2 ti rakat rapid. Sa se paske Pwofèt la ﷺ te bay moun ki antre pandan prèch la lòd pou yo fè sa. Sa baze sou sa Jabir bin Abdillah (ke Allah kontan ak yo ) te di: Soulayk Al-Ghatafani te vini yon jou Vandredi pandan Mesaje Allah a ﷺ tap bay prèch la, epi li chita. Lè sa a, Pwofèt la di li: «O Sulayk, kanpe, fè 2 rakat, epi fè yo tou kout» Aprèsa, li di: «Si youn nan nou vini yon jou Vandredi, pandan Imam nan ap preche, se pou li fè 2 'Raka', epi se pou li fè yo tou kout» [128]. [128] Rapòte pa Al-Boukhari, nimewo (930), ak Mouslim, nimewo (875).

7- Li rekòmande pou li Sourat Al-Kahf nan jou Vandredi a; paske li soti nan Abi Sa'id Al-Khoudri ; se pou Allah kontan avèk li —, ke Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: Nenpòt moun ki li Sourat Al-Kahf jou Vandredi, yon limyè ap klere pou li ant 2 vandredi yo. [129]. Al-Hakim rapòte l nan liv li a ki rele Al-Mustadrak: (nimewo 3392), epi Hadit sa a gen yon ti defo teknik (Ma'loul) paske se sou Abou Sa'id li sispann (sa vle di li rapòte kòm pawòl yon konpayon, pa kòm pawòl Pwofèt la ﷺ).

8. Li rekòmande nan jounen li ak nan nwit li pou yon moun miltipliye lapriyè sou Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li); paske, daprè sa Aws ibn Aws (ke Allah satisfè avè l) rapòte, Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Yonn nan pi bèl jou nou genyen se jou Vandredi a. Kidonk, pwofite voye anpil salitasyon (priyè) pou mwen nan jou sa a; paske salitasyon nou yo ap prezante devan mwen.» [130]. [130] Rapòte pa Abou Dawoud, nimewo (1531).

9- Li rekòmande pou nou miltipliye priyè nan jou sa a, epi pou nou chèche lè kote priyè yo jwenn repons lan; paske, li soti nan Abi Houreira — se pou Allah kontan avèk li — ke Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te mansyone jou Vandredi a, epi li te di: «Ladan li gen yon moman, si yon sèvitè Mizilman tonbe sou li pandan lap kanpe ap priye, ap mande Allah yon bagay, Allah ap ba li sal mande a.» [131]. [131] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (935), ak Mouslim, anba nimewo (852).

Epi nou gen espwa pou Allah reponn lapriyè nou nan nenpòt moman nan jounen Vandredi a. Men, moman kote nou gen plis chans pou sa fèt, se depi lè Imam nan chita poul bay prèch la (Khoutba) jouk lapriyè a fini; epi tou, nan dènye moman ki genyen nan jounen Vandredi a (anvan solèy kouche), pou moun ki chita ap tann lapriyè aswè a (Maghrib), kit li nan Moske a, kit li lakay li. Sa baze sou Adis (diskou) 'Abou Moussa Al-Ash’ari (ke Allah kontan avè l) kote Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di konsènan lè espesyal Vandredi a:" «Se ant lè imam nan chita, jiskaske lapriyè a fini» [132]. [132] Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (853).

Setyèm pwen: Lapriyè volontè ki gen rapò ak Vandredi.

Lapriyè Vandredi a pa gen yon kantite rakat egzak ki dwe fèt anvan li. Men, li rekòmande (Sunnah) pou nenpòt moun ki vini pou Vandredi fè kantite lapriyè li vle, kit se 2, 4, 6 oswa plis pase sa, pandan lap bay bonjou (salaam) apre chak 2 rakat. Sa se paske Pwofèt la ﷺ te ankouraje nou fè sa, jan sa parèt nan Hadit Salman Al-Farisi (ke Allah kontan avè l) la, kote li te di: Mesaje Allah a ﷺ te di: «Moun ki lave kò li jou Vandredi a... aprèsa li ale, epi li pa separe 2 moun, li fè lapriyè sa ki te ekri pou li a, aprèsa, lè imam nan parèt li fè silans, lap jwenn padon pou sa ki ant vandredi sa a ak lòt la» [133]. Epi poutèt pratik Konpayon yo, ke Allah satisfè de yo, epi poutèt byenfè jeneral ki genyen nan adorasyon volontè yo. [133] Rapòte pa Al-Boukhari, nimewo (910).

Kanta pou lapriyè regilye yo rekòmande a (Al-Sunnah Al-Ratibah), li fèt aprè lapriyè Vandredi a: kwayan an ka fè 2 rakat lakay li, oubyen li fè 4 rakat nan Moske a. «Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn priye 2 rakat nan kay li aprè lapriyè Joumou'a a» [134]. Epi daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Lè yonn nan nou fin fè lapriyè Vandredi a, se pou li fè 4 rakat aprèsa.» [135]. [134] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (937), ak Mouslim, anba nimewo (729), daprè Ibn Oumar (ke Allah satisfè avèk yo). [135] Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (881).

Pou lapriyè Ratib Jumu'ah la, si yo fè li nan moske a se 4 raka, epi si yo fè li lakay se 2 raka.

Dezyèm pwen: Prèch Vandredi a (Al-Khutbah).

Premye pwen: Prèch Vandredi a Estati legal li ak enpòtans li.

Li se yon diskou ki fèt devan yon rasanbleman moun, jis anvan lapriyè jou Vandredi a, li gen ladan li lwanj pou Allah, ak elòj pou li, ak lapriyè ak benediksyon sou Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li), ak prèch ak rapèl[136]. [136] Gade: Mou‘jam Loughat al-Fouqaha’: (p. 197), e Khoutbat al-Joumou‘ah wa Ahkamouha al-Fiqhiyyah pa Al-Houjaylan: (p. 22).

Dezyèm Kesyon an: Estati legal Khoutba a:

Prèch la se yon kondisyon nan lapriyè Vandredi a; li pa valab san li; akoz pawòl Allah, ki Egzalte a: O nou menm ki kwè! Lè yo fè apèl pou lapriyè jou Vandredi a, prese ale nan rapèl Allah la... [Al-Jumu'ah: 9] Epi, yo te entèprete ''sonje Allah'' kòm diskou a (Khoutba): paske si li pa te obligatwa, patap gen obligasyon pou moun prese pou ale kote li; epi tou, se poutèt Pwofèt la (ﷺ) te toujou fè li, epi li pa te janm kite li. Gade nan liv: Tafsir Al-Tabari: (Volim 22, paj 642).

Imam Ibn Qudamah Al-Hanbali, ke Allah fèl mizèrikòd, te di: An rezime: prèch la (Khoutba) se yon kondisyon obligatwa pou lapriyè Vandredi a; li pa valab si prèch la pa fèt [138]. [138] Al-Mughni: (2/ 224).

Twazyèm pwen: Kondisyon pou prèch la (Khoutba) valab.

1-Fòk se 2 diskou (Khoutba) yo ye; jan sa etabli nan pawòl (adit) Abdoullah pitit gason Omar la (se pou Allah kontan ak yo 2 a), li te di: «Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn fè 2 Koutba, e li te konn chita ant yo.» [139]. [139] Rapòte pa Al-Boukhari, nimewo (928).

2- Li dwe fèt aprè lè lapriyè Vandredi a fin antre. Si prèch la fèt (oswa menm si se yon pati nan li ki fèt) anvan lè a rive, li pa valab.

3- Fè de diskou yo (Khutba) anvan lapriyè a; dapre adit As-Sa'ib ibn Yazid, ke Allah satisfè ai li, kote li di: «Premye Azàn ki te konn fèt jou Vandredi a, se lè Imam nan fin moute chita sou podwòm nan (Minbar); se konsa sa te konn fèt nan tan Mesaje Allah a ﷺ, nan tan Abou Bakr ak nan tan Omar (ke Allah kontan ak yo de a).» E sa montre klèman ke 2 sèmon yo ('Khutbah') fèt anvan Lapriyè a. [140] Rapòte pa Al-Boukhari, nimewo (916).

Epi daprè pawòl li, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): «Priye menm jan (tankou)nou wè map priye a.» [141], Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) pa te priye sof aprè 2 diskou yo (Khoutba), epi Al-Mardaawi te di: «Se yon kondisyon pou 2 diskou yo (Khoutba yo) fèt anvan lapriyè a, san okenn deba» [142]. [141] Rapòte pa Al-Boukhari daprè adit Malik ibn Al-Houwayrith, ke Allah satisfè de li, anba nimewo (631). [142] Al-Insaf: (2/ 389).

4- Kontinyite (Al-Muwalah) ant pati nan prèch la. Imam Ibn Qoudamah (ke Allah gen pitye pou li) te di: Kontinyite (Al-Muwalah) se yon kondisyon pou prèch la ka valab. Si li separe yon pati nan prèch la ak yon lòt pati, swa avèk yon diskou ki long, swa avèk yon silans ki long, oswa nenpòt lòt bagay ki kase kontinyite a, li dwe rekòmanse prèch la nèt. Poun konnen si poz la te long oswa sil te kout, nou dwe baze nou sou koutim (sa ki nòmal pou moun yo). Menm jan an tou, kontinyite obligatwa ant prèch la ak lapriyè a. Men, si Imam nan bezwen fè ablisyon (Tahara), li ka al fè li epi li kontinye kote li te soti a, toutotan poz la pat vin twò long [143]. [143] Al-Mughni (2/230).

5- Fè prèch la fò (ak vwa wo); sa se paske prèch la se yon obligasyon e se yon kondisyon pou lapriyè Vandredi a valab, epi fèl fò se yon mwayen pou akonplil epi pou atenn objektif li, ki se egzòtasyon ak rapèl. Epi, sa yon obligasyon pa kapab fèt san li, li menm tou se yon obligasyon.

6-Dwe gen prezans kantite moun ki nesesè pou lapriyè Vandredi a ka fèt; paske prèch la (Khoutba) se yon fòm rapèl (Zikr) ki obligatwa pou moun deplase al jwenn li, kidonk li nesesè pou kantite moun sa yo koute prèch la tou.

Katriyèm pwen: Poto mitan yo (pilye) nan prèch la (Khoutba)."

1- Ouvèti li avèk lwanj ak eloj pou Allah, ki gen pouvwa ak majeste a; dapre adit Jabir ibn Abdoullah (ke Allah satisfè de yo toulede) li te di: «Prèch Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) jou Vandredi a se te pou li fè lwanj pou Allah, epi fè elòj pou li; answit li te konn di touswit aprèsa...» [144]. [144] Rapòte pa Mouslim, nimewo (867).

2- Li dwe gen ladanl Lapriyè sou Pwofèt la (ﷺ); paske Lapriyè sou Pwofèt la (ﷺ) nan diskou yo se te yon bagay ki byen koni nan mitan Konpayon yo (ke Allah satisfè de yo) [145]. Gade nan liv: Jala’ al-Afham pa Ibn al-Qayyim: (Paj 371).

2- Prèch la dwe gen ladan li yon diskou (Maw'idhah) ak yon rekòmandasyon pou moun yo gen krentif pou Allah ; sa baze sou Hadit Jabir bin Samourah (ke Allah kontan avè l) la, kote li te di: «Pwofèt la (Benediksyon ak lapè Allah sou li) te konn bay 2 diskou, li te konn chita nan mitan yo, li te konn li Koran an, epi li te konn fè pèp la rapèl» [146]; Paske se sa ki objektif diskou a (Khoutba). [146] Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (862).

4- Li yon pati nan Koran an; sa baze sou Hadit Jabir bin Samourah (ke Allah kontan avè l) la: «Pwofèt la (benediksyon ak lapè Allah sou li) te konn bay de prèch (Khoutba), li te konn chita nan mitan yo, li te konn li Koran an, epi li te konn fè rapèl pou moun yo (pou yo sonje Allah).»

Senkyèm pwen: Aksyon yo rekòmande (Sounah) nan prèch la (Khoutba).

1- Fè diskou a (Khoutba) sou yon chè (Minbar) oswa yon kote ki wo; «Yo te fè yon chè (Minbar) pou Pwofèt la (se pou Allah bali lapè ak benediksyon), epi li te bay prèch sou li jou Vandredi.» [147] Epi li rapòte pa plizyè sous konfyans ki soti nan yon gwoup konpayon —se pou Allah kontan avèk yo— ke Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn fè diskou (Khutbah) sou yon chè (Minbar), epi An-Nawawi (ke Allah gen mizèrikòd pou li) te rapòte konsansis (Ijmāʿ) la sou rekòmandasyon sa a, epi li di: «Tout savan yo dakò ke li rekòmande pou prèch la fèt sou yon minbar»[149], Paske sa pèmèt mesaj la pase pi byen, epi paske lè moun yo wè moun kap bay prèch la (Khatib), sa gen yon pi gwo efè sou fason yap resevwa konsèy la. [147] Rapòte pa Al-Bukhari, daprè Jabir, ke Allah satisfè avèl , nan nimewo (2095). Gade nan liv: Irwa’ al-Ghalil pou verifikasyon Hadit ki nan Manar al-Sabil: (Volim 3, paj 75) ak paj ki vin aprè yo. [149] Al-Majmou' Charh Al-Mouhadhab (4/ 527).

2- Moun k ap bay prèch la (Khatib) dwe kanpe pandan lap bay prèch la; sa baze sou pawòl Allah a (nan Koran an) ki di: «Epi lè yo wè yon komès oswa yon amizman, yo kouri vit al jwenn li, epi yo kite ou kanpe pou kont ou......» Al-Jumu'ah (vèsè 11) Epi, bò kote Abdoullah ibn Oumar (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), li te di: «Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn preche kanpe, aprè sa li chita, epi li kanpe menm jan nou fè kounye a» [150]. [150] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (920), ak Mouslim, anba nimewo (861).

3- Li rekòmande (Sunnah) pou moun kap bay prèch la (Khatib) fè fas ak moun kap priye dèyèl yo (Al-Ma’mumin) ak tout vizaj li. Epi, bò kote Abdoullah pitit gason Omar la (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), «Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn salye moun ki te chita bò kotel yo lè li te pwoche bò Minbar li a jou Vandredi a, epi lè li te monte sou Minbar la, li te vire fas li bò kote moun yo epi li te salye yo»[151]. [151] Se Al-Bayhaki ki rapòtel nan liv "As-Sunan al-Kubra" anba nimewo (5742).

Al-Hafidh Ibn Rajab (ke Allah gen pitye pou li) te di: Gen yon konsansis sou pwen sa a: Imam nan dwe fè fas ak moun ki nan Moske a epi li dwe vire dol bay Qibla a (direksyon Lamèk). Tout tèks yo (Hadit) montre sa tou; paske lap pale ak yo pou yo ka konprann li. Tou sa se Sunnah (aksyon rekòmande); si yon Imam ta fè kontrè ak sa, li tap aji kont Sunnah a, men lapriyè Vandredi a tap valab toujou [152]. Gade nan liv: Fath al-Bari pa Ibn Rajab: (Volim 8, paj 250).

4- Li rekòmande (Sunnah) pou moun kap bay prèch la (Khatib) bay moun kap priye yo (Al-Ma’mumin) salitasyon (Salam) lè li parèt devan yo; sa baze sou Hadit Jabir (ke Allah kontan avèk li) la: «Lè Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) te monte sou Minbar la, li te konn salye»[153]. [153] Rapòte pa Ibn Majah, nimewo (1109).

5- Li rekòmande pou li chita sou 'Minbar' la jiskaske Muezzin nan fini, daprè pawòl Ibn Umar (Se pou Allah satisfè de yo 2 a): «Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn fè 2 prèch ('Khutbah'); li te konn chita lè li monte sou 'Minbar' la jiskaske Muezzin nan fini, aprèsa li kanpe li fè sèmon, aprèsa li chita san li pa pale, aprèsa li kanpe li fè sèmon.»[154]. Epi sa ki sèvi temwayaj pou li se adit As-Sa'ib ibn Yazid la, se pou Allah kontan avèk li, kote li te di: «Premye Azàn ki te konn fèt jou Vandredi a, se te lè Imam nan fin moute chita sou chè a(Minbar); se konsa sa te konn fèt nan tan Mesaje Allah a , nan tan Abou Bakr ak nan tan Omar (ke Allah kontan ak yo 2 a).» [155] Rapòte pa Abou Dawoud, nimewo (1092). Rapòte pa Al-Boukhari, nimewo (916).

6- Li leve vwa li nan diskou a otan li kapab; daprè hadith Jabir bin Abdullah — se pou Allah kontan avèk yo tou 2 — ki te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), lè li te konn ap fè prèch, zye li te konn vin tou wouj, vwa li te konn monte byen wo, epi kòlè li te konn vin pi fò, jiskaske li te tankou yon moun kap bay yon lame avètisman, kap di: «Se pou Allah beni nou nan maten ak nan aswè.» Sab-bahakoum vle di: Yon lame vin atake nou nan maten, epi (Mas-sakoum) vle di: Yo vin atake nou nan aswè. Nenpòt moun kap avèti yon lòt moun kont yon danje gen dwa sèvi ak 2 mo sa yo. [156] Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (867).

7- Li dwe chita yon ti moman ant 2 Koutba yo; daprè adit Ibn Omar (ke Allah satisfè avèk yo 2 a): «Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn fè 2 koutba, e li te konn chita nan mitan yo.» [157]. [157] Se Al-Boukhari ki rapòte l nan nimewo (928).

8- Li rekòmande (Sunnah) pou 2 prèch yo kout, epi pou dezyèm nan pi kout pase premye a, pandan yap fè lapriyè a (Salat) pi long; sa baze sou Hadit Ammar (ke Allah kontan avè l) kote Mesaje Allah a te di: «Lè yon gason fè lapriyèl long epi li fè prèch li kout, sa montre aklè li gen bon konprann nan relijyon an. Konsa, pran tan nou nan lapriyè a, epi fè prèch la kout.» [158]. [158] Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (869).

9- Li rekòmande (Sunnah) pou Imam nan fè lapriyè (Doua) pou tout mizilman yo, pou mande sa ki bon pou relijyon yo ak pou lavi yo sou tè a, epi pou li fè lapriyè pou dirijan mizilman yo pou Allah mete yo nan bon chemen epi poul ba yo siksè; Imam Al-Nawawi (ke Allah gen pitye pou li) te di: Kanta pou fè siplikasyon pou Imam Mizilman yo epi pou sila yo ki gen otorite sou yo, pou yo genyen ladwati, pou yo jwenn sekou sou sa ki dwat, pou yo tabli lajistis, ak sa ki sanble ak sa, epitou pou lame Islam yo, se yon bagay ki rekòmande selon konsansis la [159]. [159] Al-Majmou' Charh Al-Mouhadhab: (4/ 521).

Li pa lejifere pou Imam la leve 2 men li pandan lap fè Doua nan diskou Vandredi a, eksepte nan lapriyè pou mande lapli (Al-Istisqa), epi li rekòmande pou li lonje dwèt endèks li; Paske, dapre 'Oumarah ibn Rou'aybah (ke Allah satisfè avèk li), li te wè Bichr ibn Marwan sou Minbar la kap leve 2 men li, epi li di: «Se pou Allah rann 2 men sa yo lèd (se yon fason poul di li pa dakò ak jès la); mwen te wè Mesaje Allah li pa te janm fè plis pase sa ak men li yo, epi li te lonje dwèt li (sa yo rele dwe mouch la oswa dwèt temwayaj la).» [160] [160] Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (874).

10- Se moun ki dirije diskou a (Khoutba) a menm ki pou dirije lapriyè a; Paske Pwofèt la (benediksyon ak lapè Allah kouvri li) te konn okipe yo limenm, menm jan ak kalif li yo aprè li. Epi, si yon moun fè diskou a, epi yon lòt dirije lapriyè a poutèt yon eskiz, sa pèmèt[161]. «[161] Al-Mughni, pa Ibn Qoudamah: (Volim 2, paj 228).»

Sizyèm pwen: Tradiksyon prèch Vandredi a (Khoutba).

Li pèmèt pou kap fe prèch la, nan peyi kote moun yo oswa majorite nan yo pa konnen lang Arab la, pou li fè prèch nan lang pa yo; pou yo ka konprann prèch la, pou objektif li ka reyalize, epi pou yo benefisye konesans, egzòtasyon, ak rapèl ki ladan li. Epi tou, se paske pa gen okenn prèv otantik ki soti bò kote Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) ki montre ke se yon kondisyon pou prèch Vandredi a fèt nan lang Arab la. Sèl rezon ki fè Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te konn fè prèch nan lang sa a, se paske se te lang pa li ak lang pèp li a.

E sa ki pi bon pou oratè a se poul bay diskou a (Khoutba) nan lang Arab, epi aprèsa pou li tradwil nan lang peyi li, pou li ka swiv egzanp Pwofèt la (benediksyon ak lapè Allah sou li) nan diskou li yo, epi poul soti nan divèjans ki genyen sou kesyon sa a.

Pou tradiksyon an, fòk nou pran an konsiderasyon sa ki pi bon pou moun kap koute yo: swa pou nou fè tradiksyon an moso pa moso aprè chak pati nan sèmon an ('Khutbah' la), oubyen pou nou retade tradiksyon an pou nou fèl sèlman aprè tout sèmon an fin fèt nan lang Arab la, epi anvan lapriyè a.

Li pèmèt tou pou yo fè tradiksyon prèch lan menm tan, epi pou yo difize tradiksyon sa a pa mwayen yon estasyon emisyon, epi pou moun ki pa konn Arab yo pami sila yo kap priye a itilize aparèy pou koute tradiksyon sa a. Sa pa konsidere kòm youn nan pawòl initil ki entèdi yo, ni bò kote moun kap tradwi a, ni bò kote sila k ap resevwal la; poutèt byen piblik ki gen nan sa, epi pou reyalize objektif ki gen nan 'Khutbah' la.

Setyèm pwen: Kalite ak kapasite yon moun kap bay prèch (Khatib) dwe genyen.

Khatib moske a se poto mitan moske a ak fòs li. Se pa mwayen li moske a akonpli misyon li nan gaye mesaj (Da'wah) la, nan sansibilize sosyete a, epi nan fè moun yo konprann bagay ki gen rapò ak relijyon yo. Konsa, si Khatib la se yon moun ki gen konesans, ki gen sajès, ki wè lwen, epi ki konnen koutim ak sitiyasyon moun yo, enfliyans li ap bon epi lap itil pou moun ki nan moske yo, ak pou moun ki rete nan katye kote moske a ye a; li anseye yo, li gide yo, epi li mennen yo nan tout sa ki bon ak tout sa ki gen vèti.

Se konsa sa te ye pou moun kap bay prèch (Khatib) ki te gen tout kalite ki nesesè pou misyon sa a: nan konmansman Islam nan, se Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) ki te konn bay prèch la, aprèsa se te kalif li yo , answit se te chèf yo, kòmandan yo ak gwo savan selèb yo. Sa montre ke moun ki dwe okipe pozisyon sa a, fòk li gen yon nivo ki wo anpil nan kesyon relijyon, nan bon konpòtman (moral), nan konesans ak nan fason li mennen lavi li.

Se la nou wè enpòtans misyon sa a nan lavi moun yo; paske fòs moun kap bay prèch yo parèt aklè sou sosyete kote yap viv la, menm jan tou, feblès yo gen efè sou sosyete sa yo. Se nan Moske a kominote a aprann kijan pou yo fè sa yo di ak bouch yo mache ak sa yo fè ak men yo. Si yon Khatib gen konesans ki fèb, sil manke bon konprann, si li pa gen pèsonalite, oswa si li gen move konpòtman ak move fason lap viv, lap fè plis dega pase li bay benefis. Paske misyon Khatib la se dirije kwayan yo nan chemen sa ki byen, chemen bèl aksyon ak chemen ladwati, li pral trè difisil pou yon moun ki inyoran rive akonpli gwo misyon sakre sa a

Pafwa, yon Khatib konn genyen tout konesans ak kapasite pèsonèl pou fonksyon sa a, men li okipe ak lòt travay ki afekte nivo pèfòmans li.

Epitou, li ka pa jwenn ase tan poul prepare yon sèmon ('Khutbah') ki adapte ak sitiyasyon an, epi li vin devan pèp la jan Ibn Qayyim al-Jawziyyah (se pou Allah gen pitye pou li) di sa ak yon sèmon ki pap pwodwi nan kè a ni lafwa nan Allah, ni adorasyon li sèl ('Tawhid'), ni yon konesans espesyal sou li, ni yon rapèl sou joul yo; epi ki pap pouse nanm yo pou yo renmen li epi pou yo anvi rankontre li. [162] Zad al-Ma'ad fi Hadya Khayr al-Ibad: (Volim 1, paj 409).

Li ka rive tou ke move tandans (pasyon), inyorans, gwo diskisyon, oswa yon fòm fanatis (ekstremis) ki pa bon pran kontwòl li; sa ka fè li pèdi sans verite a (objektif li), epi li soti nan chemen edikasyon ak misyon poul rele moun yo ak sajès epi ak bèl konsèy.

Anverite, Moske a gen yon gwo enfliyans nan relijyon sa a; se yon limyè kap klere chemen an, kote sèvitè a konekte ak Mèt li, kote lafwal vini pi solid, epi kote li reyini ak frè li yo pou yo tout ka travay ansanm pou simen bèl kalite (vèti) epi konbat sa ki mal. Men, Moske a pap janm kapab jwe wòl sa a si Allah pa mete yon Imam nan tèt li ki gen tout kalite, kit se nan konesans, kit se nan bon konpòtman, ki nesesè pou nenpòt moun kap okipe gwo pozisyon sa a epi kap rann gwo sèvis sakre sa a.

Konesans ki pi enpòtan yon moun kap bay prèch (Khatib) dwe genyen:

1-Travay ak yon kè ki sensè pou Allah sèlman; konsa, lap ka jwenn sipò ak sekou nan men Allah ,Li va aksepte sa lap fè a, epi lap fè moun renmen li.

Rete lwen tout fòm ipokrizi ak lògèy; paske valè chak aksyon depann entansyon ki dèyè li, epi chak moun ap jwenn rekonpans selon sal te mete nan tèt li. Nenpòt moun ki fè pòz li gen yon kalite li pa genyen tout bon vre, Bondye ap rann li wont.

3 - Li dwe konnen Liv Allah a pa kè, oubyen omwen yon pati ladan li, epi li dwe toujou ap revize sa li konnen pa kè a, epi li dwe gen yon woutin chak jou pou lekti Koran an.

4- Aprann pa kè yon kantite Hadith Pwofèt la, sòti nan Riyad as-Salihin, oswa Al-Arba'in an-Nawawiyya, oswa Boulough al-Maram, oswa lòt liv Hadith ki apwouve.

5- Aprann kwayans ki kòrèk la, kwayans premye moun ki te swiv chemen verite a (Salaf Salih).

6 - Pou li aprann jirispridans sou dispozisyon relijyon an, espesyalman Fikh sou adorasyon yo, epi sa ki pi enpòtan an se sa ki gen rapò ak pirifikasyon (Tahara), lapriyè, Zaka, ak jèn, ansanm ak Fikh sou tranzaksyon yo; pou li ka konnen règ ki gouvène fason pou fè lajan ak depans, epi pou li mete moun an gad kont tronpri, fwod, ak pran byen moun yon fason ki enjis, epi tou pou li mete yo an gad kont gaspillage, depans egzajere, avarice ak restriksyon twòp, pou tranzaksyon finansye yo ka ann akò avèk Liv la (Koran an) ak Sounnah la.

7 - Ke li metrize lang arab la poul ka konnen siyifikasyon sa Allah te desann sou Mesaje Li a (kè lapè ak benediksyon Allah sou li), paske Koran an te desann nan lang Arab .

8- Li dwe etidye lavi Pwofèt la (Sira), bèl kalite ak karaktè li (Chamā’il), ansanm ak lavi premye jenerasyon kwayan yo (Salaf Salih); paske nan listwa sa yo, gen bèl modèl pou moun swiv, gen yon gwo richès konesans ki itil, epi gen yon nivo kilti Islamik ki wo anpil.

9- Li dwe konnen savan ki nan peyil ak lòt gwo save nan relijyon an ki gen konesans solid, moun tout moun konnen ki gen yon lafwa (Aqidah) ki sen, ki gen anpil syans ak bon konprann. Li dwe toujou refere oswa al jwenn yo pou tout kesyon relijye li bezwen rezoud ak pou li jwenn solisyon pou pwoblèm kap travay sosyetel la.

10 - Poul konnen diferan gwoup Islamik yo ak kwayans yo, kouran panse yo ak objektif yo, ak lekòl panse ki la pou detwi yo ak bi yo; yon fason pou li kapab diskite yo nan limyè Liv Allah la, Tradisyon mesaje li a ak sa savan Mizilman ki fè bon jan rechèch yo te ekri, epi poul kritike sa ki fo ladan yo, epi bay avètisman kont sa ki pa valab ladan yo.

11- Se pou li enterese ak sitiyasyon Mizilman yo, feblès yo, ak dominasyon lènmi yo sou yo, epi poul konnen sa se akoz yo lwen chemen dwat Allah la, ak feblès lafwa yo nan Allah ansanm ak soumisyon yo devan lwa li. Poutèt sa, se poul fè efò poul anseye yo sa ki itil yo nan relijyon yo ak nan zafè lavi yo.

12- Pou li aprann konnen diferan medya yo, epi pou li konnen avantaj ak dezavantaj yo, ak kijan poul benefisye de yo nan travay pou rele moun vin jwenn Allah, epi poul pran prekosyon kont danje ki ladan yo pou tèt pal ak pou sosyetel la.

«Si yon moun kap bay prèch (Khatib) reyini tout kalite sa yo lakay li, sa ap mennen yon bon balans ak yon lavi ki dwat nan kominote a, si Allah vle (Bi-idhnillāh).»

Kalite moral ki pi enpòtan yon moun kap bay prèch (Khatib) dwe genyen:

1- Se pou Khatib(moun kap preche a) Moske a se yon moun kap rele moun nan lafwa e yon anseyan pou kongregasyon Moske a ak tout moun ki abitye frekante moske li a, kit se moun nan katye a, kit se lòt moun. Se poutèt sa, fòk li pran Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) kòm modèl li; paske se li menm ki bon modèl la, pi bon egzanp pou swiv la, ak modèl siprèm pou kominote a ak lidè yo. Allah, Sila a ki Egzalte a, di: 21: Anverite, gen yon bèl egzanp pou nou nan Mesaje Allah la, pou moun ki gen espwa nan Allah ak Dènye Jou a, epi ki sonje Allah anpil. [Sourat Al-Ahzab vèsè 21].

Epi poul kenbe tèt li ansanm ak moun ki nan moske li yo lwen tout kalite pale sou zafè mond sa a ak politik, epi poul fè moske a rete yon kote ki la sèlman pou konesans ak adorasyon.

2- Li dwe pwòp e òganize nan tèt li, epi tou pran swen pwòpte moske a, ranje e òganize bagay li yo, fè antretyen pou enstalasyon li yo, epitou li dwe evite gaspiyaj ak dekorasyon nan moske a.

3- Fòk li gen yon bon konpòtman ak yon bèl aparans, pandan lap swiv Sounnah Pwofèt la nan kite bab li grandi ak koupe moustach li, ansanm ak evite kite rad li depase cheviy li. Fòk li toujou gen diyite ak yon konpòtman poze, epi fòk li suiv chemen Salaf Salih yo (bon zansèt yo nan lafwa), ke Allah gen pitye pou yo.

4- Ke li se yon moun ki dou, ki pasyan, e ki gen mizèrikòd; paske dousè pa janm jwenn nan yon bagay san li pa anbelil, e yo pa janm retirel nan yon bagay san li pa avilil, jan sa mansyone nan Hadith la; se konsa, Aisha (se pou Allah kontan avèk li) rapòte ke Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te di: «Dousè (Rifq) pa janm nan yon bagay san li pa rann bagay sa a bèl, epi yo pa janm retire dousè nan yon bagay san yo pa rann li lèd.» [163]. [163] Rapòte pa Mouslim, nimewo (2594).

Lè youn nan moun ki nan moske a fè yon erè, li pa bon pou Khatib(moun ki pral preche a)la reprimande li, pito li konseye li avèk dousè; epi anseye li nan yon bèl fason; bò kote Mouawiya bin Al-Hakam As-Soulami (ke Allah satisfè de li) li te di: Pandan m mwen tap priye ak Mesaje Allah a , yon gason nan foul la estènye, epi mwen di li: "Yarhamukallah" (Se pou Allah gen pitye pou ou). Lè sa a, tout moun nan foul la tonbe gadem nanzye. Mwen di: "Ayayay! Sam fè la a? Poukisa nap gadem konsa? Yo kòmanse frape men yo sou kwis yo pou yo fèm konprann mwen dwe pe bouch mwen. Lèm wè yap fèm pe bouch mwen, mwen silans. Lè Mesaje Allah fin priye—mwen ta bay manmanm ak papam pou li—mwen pa janm wè yon anseyan, ni anvan li ni aprèl ki gen yon pi bon fason pou li anseye pase li. Mwen sèmante sou Allah li pa te move avèm , li pa te frapem, epi li pat jourem. Li sèlman dim: "Lapriyè sa a, se pa yon kote pou moun ap fè konvèsasyon (pale pawòl lèzòm). Lapriyè a se sèlman pou fè louwanj pou Allah (Tasbih), pou di Allah gran (Takbir), epi pou li Koran.» [164]. [164] Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (537).

5- Ke li se yon moun ki dou e ki gen kè sansib; pou li ka rasanble moun yo bò kote li pou yo benefisye afeksyon li, èd li, ak konesans li, e ke li kanpe ak yo nan eprèv yo ak nan bezwen yo, epi li dwe konsilte yo sou sa ki gen rapò ak misyon moske a.

Epi Mesaje Allah la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te nan pozisyon ki pi elve a nan tout sa nèt, jan Sila a ki Egzalte a di de li a: 159: Se gras ak kè sansib mizèrikòd Allah ki fè ou te aji avèk dousè ak yo. Si ou te yon moun ki di, ki gen kè di, yo tap kouri kite ou, yo tap gaye byen lwen ou. Konsa, padone yo, mande Allah padon pou yo, epi pran konsèy nan men yo sou zafè kap regle yo. Men, lè ou fin pran desizyon ou, mete konfyans ou nan Allah ; paske anverite, Allah renmen moun ki mete konfyans yo nan Li. [Al-Imrân: 159].

6- Li dwe gen pasyans ak yon konfyans total nan Allah ; pou li ka merite onè pou li sèvi kòm Imam nan Moskel la ak nan mitan kominotel la. Paske, se pasyans ak konfyans total ki mennen yon sèvitè nan nivo lidè (Imam) nan relijyon an. Allah ki gen tout pouvwa a di: Epi Nou te chwazi nan mitan yo kèk dirijan (Imam) kap gide moun yo selon lòd Nou, paske yo te montre yo gen pasyans, epi yo te gen yon konfyans total nan vèsè Nou yo (mirak ak revelasyon Nou yo). [As-Sajdah: 24].

7- Fòk li onèt nan sa lap di, kit se nan prèch Vandredi a, oswa nan yon leson ansèyman ak egzòtasyon, oswa nan pawòl li ak moun; pou li ka pami moun ki onèt yo, sa ki gide yo, ak sa ki reyisi yo; paske li rapòte nan yon adit ke Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di: «Se pou nou toujou kenbe ak laverite; paske verite a mennen nan sa ki byen, epi sa ki byen mennen nan Paradi. E yon moun ap kontinye di laverite epi li toujou ap chèche di laverite, jiskaske li ekri bò kote Allah kòm yon moun ki toujou di laverite. Epi piga nou janm bay manti, paske manti mennen nan fè sa ki mal, epi fè sa ki mal mennen nan Dife a. E yon moun ap kontinye bay manti epi li toujou ap chèche bay manti, jiskaske li ekri bò kote Allah kòm yon gwo mantè» [165]. [165] Rapòte pa Boukhari, nimewo (6094), ak Mouslim, nimewo (2607), soti nan adit Abdallah bin Mas'oud, ke Allah satisfè avè l.

Epi manti se yon mal epi yon flewo, epi pi gwo manti a se manti sou Allah, Sila a ki Pi Wo a, ak pale sou li san konesans, Allah, Sila a ki Pi Wo a, di: 33: Di yo: Mèt mwen entèdi sèlman tout vye bagay sal (zak imoral), kit yo fèt an kachèt oswa an piblik. Li entèdi peche, Li entèdi zak vyolans (lenjistis) san okenn rezon valab, Li entèdi poun ba li (Allah ) asosye pou anyen Li pat bay otorite pou sa, epi Li entèdi poun di sou Allah sa nou pa konnen. [Al-A’raf: 33].

Vèsè noblès sa a rasanble pi gwo peche yo, li kòmanse pa sa k pi ba a pou rive nan sa k pi wo a, ki se pale sou Allah san konesans konsènan Non Li yo, atribi Li yo ak lejislasyon Li a.

Epi bay manti sou do Mesaje Allah la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) se youn nan pi gwo manti yo ak peche ki pi lèd yo, epi li se youn nan gwo peche yo kote moun ki komèt li a menase ak Dife a; dapre Al-Moughira ibn Chou'ba (ke Allah satisfè de li) ki di: Mwen te tande Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) di: «Sètènman, bay manti sou mwen se pa tankou bay manti sou nenpòt lòt moun; moun ki bay manti sou mwen ak entansyon, se pou li pran plas li nan Dife a»." [166]. [166] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (1291), ak Mouslim, anba nimewo (4).

Fòk moun evite bay manti, menm si se ak yon bon entansyon pou ankouraje moun fè sa ki byen epi pou fè yo pè sa ki mal, menm jan kèk predikatè konn fè sa; paske se yon aksyon ki lèd ki pa gen ni byen ni gidans ladan l, epi moun ki di l la ap jwenn peche, li pap jwenn rekonpans, l'ap koupab, epi li pap jwenn okenn pwofi.

8- Pou li onèt lè lap rapòte pawòl, pou li verifye si nouvèl yo kòrèk, pou li pa prese kwè nan rimè, epi poul konte sèlman sou pawòl ki fyab (ki merite konfyans). Epi Allah Toupwisan an te pase nou lòd sou sa nan pawòl Li a ki di: 6- O nou menm ki kwè yo! Si yon moun ki pa dwat vin jwenn nou ak yon nouvèl, se pou nou byen verifyel, pou nou pa fè yon pèp mal san nou pa konnen epi vin regrèt sa nou te fè a. [Al-Hujurat:6].

9- Li dwe fè tout efò li poul kouvri defo moun epi kenbe sekrè yo kache. Paske, nenpòt moun ki kouvri defo yon Mizilman, Allah ap kouvri defo pa li ni nan lavi sa a, ni nan lavi kap vini an. Men, moun ki toujou ap chèche fouye nan vi prive (defo kache) Mizilman yo, Allah ap fouye nan pwòp vi prive pal jiskaske li rann li wont, menm si li ta kache anndan lakay li. Se sak fè, Abdullah bin Omar (se pou Allah kontan avè l) rapòte ke Mesaje Allah a ﷺ te di: «Nenpòt moun ki kouvri yon mizilman, Allah ap kouvri li nan Jou Jijman an» [167]. Epi, daprè Abi Barza Al-Aslami (Ke Allah satisfè avè l), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «O nou menm ki kwè ak lang nou, men lafwa poko antre nan kè nou, piga nou fè medizans sou Mizilman yo, epi piga nou chèche defo yo; paske nenpòt moun ki chèche defo yo, Allah ap chèche defo pal, epi moun Allah chèche defo li, Lap devwalel menm anndan pwòp kay li.» [168]. [167] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (2442), ak Mouslim, anba nimewo (2580). [168] Rapòte pa Abou Dawoud, nimewo (4880).

Uityèm pwen: Bon jan fason pou konpòte yo nan prèch la epi kalite yon moun kap bay prèch dwe genyen.

1- Prèch jou Vandredi a pa dwe tounen yon zouti pou fè piblisite pou yon moun, oswa yon pati, oswa yon enstitisyon, oswa lòt bagay konsa; li dwe fèt sèlman pou Allah (Li menm ki pi Wo a) ak pou relijyon li an, pou transmèt apèl Li a epi pou leve pawòl li anlè. Allah (linmenm ki pi Wo a) di: 18: Epi anverite, tout moske yo kote yo fè prostènasyon yo se pou Allah sèlman; konsa, piga nou janm adore pèsonn ansanm ak Allah. Sourat Al-Jinn (vèsè 18)

2- Moun kap fè prèch la pa dwe fèl twò long pou sa pa tounen yon chay pou moun kap koute yo, epi fè yo pa anvi tandel. Ni li pa dwe fè li twò kout pou sa pa nwi bon jan devlopman sijè a, epi oblije koupel kout.

3- Khatib la (moun kap fè prèch lan) dwe pran an konsiderasyon kapasite moun kap koute yo lè lap bay sèmon an (Khutbah). Pou pèp la, li dwe adapte ekspresyon li yo selon nivo entelektyèl yo, pandan lap evite itilize mo ki nan langaj la ki depase konpreyansyon yo; li dwe itilize yon nivo mwayen ak sila yo ki nan mitan; epi li dwe itilize yon langaj pi rafine ak sila yo ki gen konesans espesyal. Konsa, lap aji avèk sajès ak tout kategori moun yo, kote li mete chak bagay nan plas yo. Epi, nan tout sitiyasyon, li dwe evite tout anbelisman pawòl ki san valè nan diskou li.

4- Li dwe evite tout sijè ki ka mennen divizyon epitou ki ka simen layènn ak rankin; paske misyon prensipal Khatib la se anseye moun yo, ini kè yo sou sa ki verite, epi retire tout sa ki ka lakòz divizyon nan mitan yo.

5- Li pa fòse tèt li poul fè fraz ki gen bèl rim, ni poul chache konplike pawòl li yo, men pito, tout sa li vize se fè moun konprann yon sans ki itil ak ekspresyon ki pi klè e ki pi kout yo.

6- Pou li evite imite lòt moun yon fason ki fòse e moun pa renmen, epi pou li pa chache sanble ak pèsonalite Khatib ki selèb yo; paske sa fè moun pa santi yo alèz ni satisfè. [169] Gade: liv "Stil sèmon Vandredi a" pa Abd-Allah bin Dayf-Allah Ar-Rouhayli: (paj: 12, 20, 22), e liv "Senkant en konsèy pou w vin yon Khatib ki gen siksè" pa Amir bin Mouhammad Al-Madri (paj: 33, 73, 87).

Nevyèm pwen : Vizyon fondamantal prèch la ak sa li gen poul reyalize.

Men sak dwe bi yon prèch vandredi (khutbah) : fòk li rive reyalize pwen sa yo:

1- Esplike klè prensip fondamantal Inite Allah a (li inik san asosye bi,zf), montre enpòtans li ak tout benediksyon li pote ; epi bay avètisman sevè kont "Chirk" (bay Bondye asosye), nan kèlkeswa fòm, jan, oswa mwayen sa ta fèt.

2: Preche epi fè moun yo songe Allah ki gen tout pouvwa a, songe jou jijman an ak rekonpans li sere pou nou nan lavi kap vini an ; sèvi ak pawòl Allah pou bay kè yo lavi, ankouraje yo fè sa ki byen, pouse yo fè sa ki dwat, epi avèti yo pou yo pa fè sa ki mal.

3- Fè Mizilman yo konprann epi anseye yo verite relijyon yo a ki soti nan liv Allah ak Sounnah Mèsaje li a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), ak atansyon pou pwoteje moralite ak bon konpòtman yo kont tout ekzajerasyon ak neglijans.

4- Korije move konsepsyon yo sou Lislam, epi reponn fo agiman ak manti yo ke advèsè li yo ap simaye pou twouble lespri moun, nan yon fason ki konvenkan e ki gen sajès, lwen tout diskisyon initil ak jouman.

5- Kanpe kont tout move lide kap kraze lespri moun ak tout fo ansèyman kap pèdi yo ; sa fèt lè nou prezante vrè vizaj Islam nan, kòm sèl chemen orijinal Allah chwazi pou pèp li a epi pèp la aksepte kòm relijyon l. Fòk nou montre klè jan relijyon sa a konplè, li gen balans, li gen pwofondè, epi li pouse moun aji pou sa ki byen.

6- Lye diskou a (Khoutba) ak lavi, epi ak reyalite moun yo ap viv la. Sa dwe fèt nan konsantre sou fason pou trete maladi sosyete a, epi prezante solisyon pou pwoblèm li yo; solisyon sa yo dwe soti nan Lalwa Islamik (Chari'a) ki gran an, tout pandan nap bay yon atansyon espesyal pou kwayans (Aqida) la ak koreksyon li, pou pilye Islam yo ak sa Lafwa (Imân) yo, pou sijè ki konsène fanm ak fanmi musulman an, ansanm ak tout lòt sijè ke moun yo gen anpil bezwen pou yo.

7- Pran an konsiderasyon diferan okazyon ki repete pandan tout ane a, tankou Ramadàn, Hajj ak lòt ankò, sa ki okipe lespri moun kap koute yo e ki fè yo anvi jwenn konesans ki pou klere chemen yo sou sijè sa yo.

8- Ranfòse sans fratènite Islamik la nan mitan Mizilman yo, epi konbat tandans ak fanatis rasyal, doktrinal, rejyonal ak tout lòt bagay ki divize Mizilman yo.

Dizyèm pwen an: Fason pou prepare diskou a (Khoutba):

Oratè a dwe prepare diskou li a (khoutba) ak anpil swen, epi pran an konsiderasyon sa ki vin aprè a:

Nòmalman, yon prèch (khutbah) gen twa 3 pati ladan l : entwodiksyon an, sijè a, ak konklizyon an. Men, se pa bagay moun bezwen anonse lè yap ekri li oswa lè yap bay li nan bouch. Pati sa yo dwe makonnen yonn ak lòt nan yon bèl amoni. Kalite fason yo mare ansanm nan depann sou kapasite moun kap pale a, lajè konesans li, ak esperyans li ; se konsa tout pati nan prèch la rive kole yonn ak lòt pou fòme yon sèl kò ki byen bati.

Lòd ak metriz sa a rann sans yo klè epi objektif yo parèt evidan, epi li garanti moun kap pale a bonjan atansyon moun kap koute li yo, ansanm ak tout konsantrasyon moun ki chita avèk li yo.

Entwodiksyon an: Khatib la (moun kap preche a) dwe pran anpil swen entwodiksyon li ak ouvèti li a, kote li itilize ekspresyon pou kòmanse ki bay moun kap koute a yon ide sou objektif diskou a (Khoutba), yon fason ki atire atansyon epi ki prepare lespri yo. Sa kapab fèt avèk vèsè nan Koran an ki bay avètisman oswa ankourajman, oswa kèk nan sajès elokan Pwofèt la. Ouvèti a se premye sa Khatib la prezante bay piblik li a, konsa, si li rive etone yo ak yon bèl prezantasyon, yo pral kapab swiv rès diskou li a ak antouzyas epi aktivite.

Nan kòmansman diskou a, dwe genyen sa ki endike objektif moun kap pale a. Etandone se yon bagay ki koni ke khoutbah jou Vandredi a koumanse avèk lwanj pou Allah ak elòj pou Li, de temwayaj lafwa yo, epi elòj ak lapè sou Mesaje Allah la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), enbyen nan pawòl sa yo menm, dwe genyen yon bon chwa ki fèt ki pou endike sijè khoutbah la ak bi li.

Sijè a: Se li ki poto mitan prèch la, se li ki pi enpòtan. Pafwa, li ka nesesè pou moun kap pale a anonse sijè a klè depi nan konmansman, tankou lè li di : "Mwen vle pale ak nou sou tèl bagay...". Sa valab sitou si se yon pwoblèm kap sakaje sosyete a nan moman an, kote tout moun ap diskite sou sa epi yap tann yon pawòl ki ka pote limyè ak soulajman.

Pafwa, li ka pa bon pou abòde yon sijè yon fason dirèk, swa paske li delika, oswa paske li kapab kreye divizyon pami moun yo. Nan ka sa a, fòk Khatib(moun kap preche a)la abòde sijè a yon fason pwogresif, epi tretel yon fason endirèk. Konsa, li kapab mennen moun kap koute yo nan yon sekans ki lojik pou li rive atenn objektif li a ak moderasyon epi ekilib, tout pandan lap evite pwovokasyon ak divizyon. Se nan fason sa a Khatib la ap rive atenn bi li, ki se prepare lespri yo, menm si yo te retisan ak sijè a okòmansman, oswa si se te yon diskou kè yo pat abitye avèl.

Sijè Khutbah la, nòmalman, li baze sou 2 pilye fondamantal ki se: eksplikasyon ak agimantasyon apati prèv.

Kanta pou eksplikasyon an: se lè yo bay definisyon sijè yap pale de li a, epi yo mansyone kalite li yo, karakteristik li yo, ak avantaj li yo.

Sa nou rele agiman yo (Prèv) : Pi fò tan, yon sijè bezwen bon jan prèch, agiman, ak temwayaj solid pou soutni li. Prèv sa yo dwe soti nan Koran an, nan Sunnah a, ak nan pawòl gran savan ki te la anvan yo (Salaf). Li bon tou pou sèvi ak istwa oswa evènman ki te pase pou moun ka tire leson ak konparezon. Nan sans sa a, li itil anpil pou site pawòl gwo lidè ak moun ki gen bon konprann, sa yo tout moun rekonèt pou entegrite yo, konesans yo, kouray yo, ak jan yo gen krentif pou Allah,selon jan sitiyasyon an mande l.

Klotire Khutbah la: Lè Khatib la fin prezante sijè li a, li bon pou li klotire Khutbah li a ak yon konklizyon ki apwopriye, ki rasanble lide li yo, epi ki rezime sijè li a, avèk pawòl ki diferan, epi nan yon fason ki tou kout, paske sil fè li dire twò lontan nan ka sa a, sa pote annwi epi sa gaye panse.

Epi, li pa dwe genyen ladan li nouvo ide ak nouvo prèv; paske, nan ka sa a, li pa yon konklizyon, men pito yon pati nan sèmon an ak yon pwolongasyon pou li.

Epi konklizyon an dwe fò nan ekspresyon li ak nan efè li, paske se dènye bagay ki frape zòrèy moun kap koute a epi ki rete nan lespri li. Epi si li fèb nan konpozisyon li, e san fòs nan prezantasyon li,tout benefis Khoutba a pèdi.

Konklizyon an kapab fèt ak vèsè koranik ke li potko site anvan, ki rasanble sijè a pou ankouraje oswa bay avètisman, oubyen pou bay prèv ak konfimasyon. Li kapab se yon adis pwofetik tou ki gen menm itilite ak vèsè koranik yo, oubyen li kapab se yon repetisyon eleman ki nan prèch la ak yon stil diferan, e nan yon fason ki konplè, ki klè, epi ki gen yon gwo enpak.

Gen 2 pwen enpòtan predikatè kap preche a dwe veye anpil : premye a se inite nan sa lap di a , dezyèm lan se pote nouvote ak chanjman nan fason lap preche a.

Inite nan sijè a : Li nesesè pou moun kap preche a rete sou yon sèl sijè. Li dwe pran tan li pou li byen esplike tout pati nan sijè sa a, chwazi bèl mo ki kòrèk, epi fouye koze a an pwofondè. Si moun nan ap sote nan yon sijè ale nan yon lòt, sa ap gaye lespri moun kap koute yo, yap bliye sa yo te tande anvan an, sa ap rale diskou a twò long pou granmesi, epi mesaj la ap parèt san fòs paske li pat byen trete.

Pote nouvote ak chanjman : Sa vle di moun kap preche a pa dwe toujou ap repete menm sijè yo chak fwa san li pa janm chanje. Okontrè, li dwe varye koze lap devlope yo pou li kouvri tout pwen nan lalwa Allah a (Charia) : sa vle di inite senyè toupwisan an,jan pou nou adorel, jan pou nou viv ak lòt moun nan sosyete a, ak jan pou nou gen bon konpòtman, ak anpil lòt bagay ankò.

Li pa dwe toujou kenbe yon sèl fason nan stil li ak nan jan li prezante mesaj la. Okontrè, pafwa li dwe itilize kesyon, lòt fwa li dwe afime bagay yo yon fason ki klè. Li dwe bay egzanp, epi chache sajès ak sans ki kache yo. Anplis de sa, fòk li konekte ak reyalite sosyete a, chache konprann bezwen pèp la, pou li kapab gide yo epi pote limyè pou yo, yon fason ki lye avèk efè tout chanjman sa yo genyen sou yo. [170] Gade : "Manhaj fi i'dad khutbat al-jumu'ah" (Metòd pou prepare prèch vandredi) ki ekri pa Doktè Saleh bin Abdullah bin Humaid : (paj 22) ak paj ki vin apre yo

Katriyèm sijè a: Règleman moske yo

Premye Pwen: Definisyon mo "Moske" a

Moske a, daprè lalwa Islamik: se kote yo akonpli 5 priyè obligatwa yo, priyè Vandredi a ak lòt yo, epi se ladan li yo fè Azàn an, e yo relel moske; paske se yon kote pou pwostènasyon pou Allah ki anwo nan syèl la.

Diferans ki genyen ant yon Moske (Masjid) ak yon Musalla (plas pou lapriyè).

Moske a se espas ki konsakre pou priyè obligatwa yo yon fason pèmanan, epi ki dedye pou sa. Kanta pou mousalla a, se yon kote yo etabli pou yon priyè ki okazyonèl; tankou kote yo fè priyè nan lekòl yo, enstitisyon yo, konpayi yo, sou wout vwayaj yo ak lòt kote ankò, e li pa dedye pou 5 priyè yo. Epi, li pa rekòmande pou fè priyè pou salye moske a lè wap antre nan yon mousalla, men pito se lè wap antre nan yon moske li rekòmande.

Dezyèm pwen : Konstwi moske ak benediksyon (favè) ki gen ladan l.

Moske yo se pi bon kote ki egziste sou tè a, se kote ki gen plis respè ak diyite. Se ladan yo nou fè pi gwo adorasyon ki genyen, ki se lapriyè a (Salat). Allah ki gen tout pouvwa a di: 36: Nan kay Allah pase lòd pou yo bati ak anpil respè, kote yo dwe toujou nonmen non li, epi kote moun ap fè lwanj pou li nan maten ak nan aswè. 37: Se gason vanyan, ni komès, ni vann pa janm fè yo bliye sèvi Allah.Yo toujou fè lapriyè yo , yo bay sa ki pou pòv yo (Zaka), epi yo pè jou sa a kote kè moun ak zye moun pral tranble tèlman yap sezi. [An-Nour: 36- 37].

Epi Allah, Trèwo a, te atribiye moske yo a li menm pou li ba yo onè ak valè; men sa li, Trèwo a, di: Kilès ki ka pi mechan pase yon moun kap anpeche moun nonmen non Allah nan moske yo, epi kap chèche detwi yo? Moun sa yo pat dwe janm antre nan kote sa yo si se pa avèk krentif nan kè yo. Gen gwo wont pou yo nan lavi sa a, epi gen yon chatiman ki rèd anpil kap tann yo nan lavi kap vini an. [Al-Baqarah: 114], Men sa Sila a ki sen anpil la di: 18: Epi anverite, tout moske yo se kote yo fè prostènasyon yo,se pou Allah sèlman; konsa, piga nou janm adore pèsonn ansanm ak Allah. Sourat Al-Jinn (vèsè 18)

Se pou rezon sa a, Lalwa relijye a te ankouraje konstriksyon ak devlopman li, ni materyèl ni espirityèl. Kòm prèv pou sa: Allah, Trèwo a, di: 18- Anverite, sèl moun ki okipe oswa pran swen moske Allah yo, se moun ki kwè nan Allah ak nan Dènye Jou a, ki akonpli lapriyè a, ki bay Zakàt la, epi ki pa gen krentif pou pèsonn eksepte Allah. Konsa, moun sa yo, gen espwa pou yo fè pati moun ki byen gide yo. [Repantans: 18].

Epi soti bò kote Ousmane ibn Affan (ke Allah satisfè de li), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Moun ki bati yon moske pou chache favè Allah, Allah va bati pou li yon parèy li nan Paradi.» [171]. [171] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (450), ak Mouslim, anba nimewo (533).

Epi, bò kote Jabir ibn Abdullah (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), ke Mesaje Allah a (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di: Nenpòt moun ki bati yon moske pou Allah menm si li ta piti tankou nich yon zwazo kap ponn ze, oswa pi piti pase sa, Allah ap bati yon kay pou li nan Paradi a. [172]. [172] Rapòte pa Ibn Mājah: (738), ak Al-Bousiri di nan «Az-Zawā’id» (1/94): isnad sa a otantik.

Epi pawòl li, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): «Menm si se tankou yon nich zwazo» Sa vle di: kote yon femèl zwazo prepare sou tè a poul depoze ze li. Li te vle mete aksan sou yon bagay ki piti anpil, yon fason pou pèsonn pa meprize yon moske li bati, kèlkeswa jan li ta piti.

Sa gen ladan li tou moun ki te patisipe nan konstriksyon li, menmsi se ak yon brik osinon ak tè, oubyen ki te travay ladan li ak men li, oubyen ki te peye moun ki tap travay yo, ak lòt aksyon ki sanble ak sa, kote moun nan konsidere kòm yon moun ki te ede nan konstriksyon moske a, kit se ak fòs kò li, kit se ak lajan li, pandan lap fè sa sèlman pou Allah epi pou li chèche rekonpans ki gen nan aksyon sa a. Rekonpans sa a sè ke Allah ap bati pou li yon kay menmjan avèk li oubyen pi laj pase li nan Paradi; Paske yon kay nan Paradi pa ka mezire ak sa ki nan lavi sou tè a, e pa gen okenn konparezon ant yo 2 a. Sa se yon bagay ki dwe motive moun Allah bay mwayen yo pou yo prese fè bon zèv, epi pou yo pwofite opòtinite yo genyen nan lavi sa a, konsa yap voye pou lavi ki ap vini an sa yo gen pou jwenn rekonpans li miltipliye plizyè fwa bò kote Mèt yo [173]. Gade : «Fousoul wa masa'il tata'allaq bil-masajid» (Chapit ak keksyon ki konsène moske yo) ki ekri pa Chekh Ibn Jibreen (li te mèt jwenn kòd la nap lapriyè a) : (paj 14).

Twazyèm pwen : Antretyen ak frekantasyon moske yo, ak tout privilèj ki gen nan sa.

Lè nou pale antretyen ak frekantasyon moske yo nan sans ki pi laj la, sa gen ladan li de kalite aksyon: sa ki konsène materyèl ak sa ki konsène lespri. Sa vle di: bati moske yo epi repare yo, mete limyè ak tapi, bay sèvis ak netwaye yo; men tou, adore Allah ladan yo, nonmen moun pou sèvi kòm Imam ak Mouazzin, epi louvri sèk konesans pou anseye Koran, Fikh, Tafsir, Hadit ak tout lòt lasyans ki itil. Sa mande tou pou asire mwayen lavi moun kap travay ladan yo, mete tè oswa byen sou kote pou sèvi yo, tankou bati lojman pou Imam nan, Mouazzin nan, pwofesè yo ak elèv yo, epi konstwi kote pou moun fè ablisyon ansanm ak tout lòt bagay ki nesesè pou moske a mache byen.

Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: 18- Anverite, sèl moun ki okipe oswa pran swen moske Allah yo, se moun ki kwè nan Allah ak nan Dènye Jou a, ki etabli lapriyè a, ki bay zakat la, epi ki pa gen krentif pou pèsonn sof Allah. Konsa, moun sa yo, gen espwa pou yo fè pati moun ki byen gide yo. [Repantans: 18].

Vèsè a te afime lafwa moun ki okipe Moske yo nan fè lapriyè ladan yo, nan netwaye yo, epi nan repare sa ki andomaje ladan yo [174]. Gade : «Al-Machrou’ wal-Mamnou’ fil-Masjid» (Sa ki pèmèt ak sa ki entèdi nan Moske a) ki ekri pa Muhammad Al-Arfaj : (paj 9).

Katriyèm pwen an: Kenbe moske yo pwòp e pwoteje yo kont salte.

Paske moske yo se kote pou moun adore epi pwoche bò kote Allah ki gen tout pouvwa a atravè obeyisans, gen lòd ki pase pou moun pran swen yo epi pwoteje yo kont tout kalite kras, malpwòpte, ak fatra. Sa fèt pou moske yo ka toujou pwòp, bèl, epi gen yon bon aparans.

Ach-Cheikh Ibn Sa'di, ke Allah fèl mizèrikòd, te di nan eksplikasyon li sou pawòl Li, Sila ki Egzalte a: 36: Nan kay (moske) sa yo Allah te pèmèt pou yo leve anlè epi pou yo site Non li ladan yo, kote yo fè lwanj pou li nan maten ak nan aswè. [An-Nour: 36] Li di: ..kay sa yobAllah bay lòd pou yo bati ak anpil respè, epi pou non li toujou glorifye ladan yo... Sa yo se tout règ ki konsène moske yo. Nan sans mo "leve yo byen wo" a , sa gen ladan l : bati yo, bale yo, netwaye yo kont tout malpwòpte ak tout sa ki ka bay moun kap adore Allah yo degoutans. Sa vle di tou, pou moun veye pou moun fou oswa timoun ki pa konn ki jan pou yo pwòpte kò yo pa vin sal moske a, epi pou moun ki pa mizilman pa antre ladan l. Anplis de sa, moun dwe veye pou yo pa pale radòt nan moske a, ni pou yo pa leve vwa yo pou okenn lòt koze ki pa gen rapò ak non Allah nap nonmen. [175] Gade : «Tafsir as-Sa’di» (Taysir al-Karim al-Rahman) : (paj 569).

Dapre Abu Hurairah (se pou Allah kontan avèk li), te gen yon fanm po nwa ki te konn netwaye moske a –sa vle di: li te konn balel–, Mesaje Allah a (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li) pat wè li ankò, epi li mande pou li. Yo di: «Li mouri». Lè sa a, Pwofèt la di: «Poukisa nou pa te enfòmem sa?» Li te di: Se kòmsi yo te minimize zafè li a, epi li te di:«Mennen mwen bò tonb li a.» Epi yo mennen li bò kote tonb la, epi li te priye pou li, aprèsa li te di: «Anverite, tonb sa yo plen ak fènwa pou moun ki ladan yo, epi anverite, Allah, Toupwisan an, ap klere yo pou yo ak lapriyèm sou yo.» [176]. [176] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (460), ak Mouslim, anba nimewo (956).

Epi li konfime soti nan Anas — se pou Allah kontan avèk li — ke li te di: Pandan nou te nan moske a avèk Mesaje Allah la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), yon bédouin te vini epi li te kanpe ap pipi nan moske a, lè sa a Konpayon Mesaje Allah la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) yo te di: Rete! Rete!, epi Mesaje Allah la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Pa fòse li kanpe - sa vle di: pa koupe pipi l - kitel» Yo te kitel jiskaske li fin pipi, aprè sa, Mesaje Allah la, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), te rele li epi li di li: «Moske sa yo pa fèt pou okenn kalite malpwòpte, ni pou moun fè pipi ladan yo. Yo fèt sèlman pou moun sonje Allah ki gen tout pouvwa a, pou moun fè lapriyè (Salat), epi pou moun li Koran.» Li bay youn nan mesye yo lòd, epi mesye a vini ak yon bokit dlo epi li videl sou li [177]. [177] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (219), an kout, ak Mouslim, anba nimewo (285).

Pa gen okenn divèjans sou lefèt ke pipi ak sa ki sanble ak li se pami salte yo dwe pwoteje moske yo kont yo, paske pirifikasyon se yon kondisyon pou moske sa yo. Kidonk, yo dwe pwoteje moske yo, tapi yo, ak sa ki fè pati de yo tankou lakou, tèt kay, ak lòt espas menm jan an, kont tout kalite salte, epi yo dwe pirifye yo chak fwa youn nan bagay sa yo tonbe ladan yo.

Se konsa tou, gen lòd ki pase pou nou netwaye moske yo pou retire tout vye bagay kap soti nan kò moun, tankou krache, moso glè, krache ki gen saliv, san, matyè, ak tout lòt bagay ki sanble ak yo. Anas bin Malik te rakonte ke Pwofèt la te wè yon krache sou miray la, nan direksyon kote moun yo bay fas pou yo priye a (Qibla). Sa te tèlman fèl lapenn, tout moun te wè sa parèt sou figi li. Li leve, li grate krache a ak men li, epi li di: «Lè yonn nan nou kanpe poul fè lapriyè, se pale lap pale an sekrè ak Mèt li — oswa nou ka di Mèt li kanpe ant li menm ak direksyon Qibla a — se sa ki fè, pèsonn pa dwe krache devan li nan direksyon Qibla a. Men, si sa ta rive l, li ka fè sa sou bò gòch li oswa anba pye l.» Aprèsa, Pwofèt la pran pwent rad li, li krache ladan l, li vlopel epi li di: «Oswa li ka fèl konsa tou.» [178]. [178] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (405), ak Mouslim, anba nimewo (551).

Gen anpil adit ki entèdi moun krache oswa voye flèm nan Moske a. Kèk nan adit sa yo entèdi pou moun krache bò kote Kibla a oswa sou bò dwat li, men li pèmèt pou li krache sou bò goch li oswa anba pye goch li, epi aprè sa pou li fwotel ak pye li. Pa gen okenn dout ke krache ak flèm se bagay ki bay moun degoutans natirèlman. Se poutèt sa Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te fache lè li te wè yon krache nan direksyon Kibla Moske a, jiskaske figi li te vin tou wouj. Li te prese grate li retire li, epi li te pase yon pafen (khalouk) oswa safran kote li te ye a.

Epi se yon bagay ki koni: si yon moske te konstwi ak labou, li te fasil pou grate li. Epi paske planche a te fèt ak tè, li te posib pou yo antere sa ki tonbe ladan l, oubyen pou yo retire tè ki te sal la.

Etandone ke moske yo nan epòk sa a, jeneralman vin gen mozayik epi yo meble ak tapi ki pwòp, ki ka afekte fasilman pa salte ak malpwòpte, e tras flèm, san, pi ak lòt bagay konsa parèt sou yo, li vin nesesè pou entèdi krache atè ladan yo ditou, kit se sou tapi yo, sou mi yo, oswa sou mozayik yo. Kidonk, si yon moun santi anvi krache oswa flèmi, se poul soti deyò poul fè sa, oswa poul krache nan yon mouchwa epi li sòti avè li, oswa nan yon bò rad li epi li plwayel sou tèt li menm jan sa mansyone nan Hadith la, pou moske a ka rete pwòp epi agreyab.

Epi, bò kote Aicha (ke Allah satisfè de li), li te di: «Mesaje Allah la (se pou lapè ak benediksyon Allah avèk li) te òdone pou yo bati moske nan katye yo, epi pou yo netwaye yo e pafime yo». Sufyan di: « Bati moske nan katye yo sa vle di : nan mitan tribi yo (kote chak branch fanmi rete).» [179] [179] Rapòte pa At-Tirmidhi, anba nimewo (594), epi gade: «Chapit ak kesyon ki gen rapò ak moske yo» (paj: 27).

Senkyèm pwen : Kisa lalwa di sou bati moske sou kavo (tonb) oswa mete yon kavo anndan yon moske.

Li pa pèmèt pou bati moske sou tonb kèlkeswa moun nan ye a; paske sa se yon bagay ki entèdi, Cheikh al-Islam Ibn Taymiyyah (ke Allah gen pitye pou li) te di: Imam yo te dakò ke moun pa dwe bati yon moske sou yon tonb; paske Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di: «Anverite, moun ki te la anvan nou yo te konn pran tonb yo kòm moske, atansyon! Piga nou pran tonb yo kòm moske; paske anverite, mwen entèdi nou fè sa.»

"Li pa pèmèt pou yo antere moun mouri anndan yon moske. Si yo te fin bati moske a anvan antèman an fèt, fòk yo chanje sa: swa yo dwe planiyen kavo a poul nivo ak tè a, swa yo dwe fouyel pou yo deplase mò a si se yon antèman ki fèk fèt.

Men, si se aprè tonb la yo te bati moske a: swa yo retire moske a, oswa yo retire fòm tonb la. Nan moske ki sou yon tonb, yo pa dwe fè ni priyè obligatwa, ni priyè siplemantè; paske se yon bagay ki entèdi[180]. [180] Majmou Al-Fatawa (22/ 194).

Epi pami prèv yo sou sa a, anplis de sa Chèikh al-Islam, ke Allah fè li mizèrikòd, te mansyone a: daprè Aisha, ak Abd Allah ibn Abbas, yo tou 2 te di: Lè sa te desann sou Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) - sa vle di: lanmò te desann sou li - li te kòmanse ap jete dra li a sou figi li, epi lè li te santi lap toufe ak li, li te retire li sou figi li. Epi li te di, pandan li te nan eta sa a: «Madichon Allah sou Jwif yo ak Kretyen yo; yo te pran tonb pwofèt yo pou yo fè yo tounen moske (kote pou yo adore).» Li tap bay avètisman kont menm bagay yo te fè a. [181] [181] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (435), ak Mouslim, anba nimewo (531).

Mesaje a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te montre klèman, pandan li te nan agoni lanmò a, ke Allah Toupwisan an te madichonnen Jwif yo ak Kretyen yo paske yo te pran tonb pwofèt yo kòm moske. Epi li te montre klèman ke sa a se te nan abitid moun ki te refize kwè yo nan tan lontan, dekwa pou li te ka avèti kominote li a pou yo pa sanble ak yo, epi pou li te ka fèmen pòt 'Shirk' la (bay Allah asosye) pou yo, ak adorasyon lòt bagay pase Li menm.

Bò kote Aïcha, Manman kwayan yo, kote Oum Habibah ak Oum Salamah te rakonte Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li) konsènan yon legliz yo te wè nan peyi Abisini ki te gen imaj ladanl, epi Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li) di: «Moun sa yo, lè yon moun ki te fe sa kibon mouri nan mitan yo, yo bati yon moske sou tonb li, epi yo fè imaj sa yo ladanl, moun sa yo se pi mechan pami kreyati yo devan Allah nan Jou jijman an» [182]. [182] Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (427), ak Mouslim, anba nimewo (528).

Aicha (se pou Allah kontan ak li) rakonte: Mesaje Allah a (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di pandan li te malad, nan maladi ki ta pral koz lanmò li a «Madichon Allah tonbe sou Jwif yo ak Kretyen yo, yo te pran tonb pwofèt yo kòm moske (kote yo fè prostènasyon).» E si se pat pou sa, yo tap montre tonb li a aklè, men yo te krenn ke yo tap pran li kòm yon moske [183]. [183] Rapòte pa Al-Bukhari, nimewo (1390), ak Muslim, nimewo (529).

Sizyèm Pwen an: Règleman sou dekorasyon moske

Moun pa dwe dekore moske yo epi fè grandizè avèk yo, paske Bukhari rapòte ke Abdullah ibn Abbas, ke Allah agreye yo tou 2, te di: Nou gen pou nou dekore yo (moske yo) ak anpil lò ak bèl bagay, menm jan jwif yo ak kretyen yo te konn dekore kote yo adore yo a. »

Epi, daprè Anas ibn Malik, ke Allah satisfè avèk li, li te di: «Yap fè grandizè ak bèl moske yo bati, men yo pap frekante yo pou adore Allah tout bon, sof yon ti kras. »

Epi yo mansyone daprè Omar (Se pou Allah satisfè de li) ke li te bay lòd pou bati moske yo, epi li te di: «Bay moun yo abri kont lapli a, epi pa sèvi ak koulè wouj oubyen jòn; pou sa pa tounen yon tantasyon pou moun yo»[184]. [184] Al-Bukhari mansyone tras sa yo nan «Sahih» li a, kòm rapò sispandi ak fòm afimatif (1/ 96- 97).

Nou wè gen anpil grandizè kap fèt nan tan sa a ak keksyon bati moske; moun yo depanse twòp lajan nan dekorasyon ak bèl aparans. Savan yo (Chekh yo) bay pèmisyon pou moun bati moske yo byen djanm si se konsa kay kote moun rete yo bati tou, pou moske yo pa parèt lèd oswa san valè devan bèl kay moun yo. Men, sa dwe fèt san gaspiyay, san egzajere nan dekorasyon, nan koulè, ni nan kalite penti. Yo pa dwe mete yon pakèt vye moso seramik, bèl kera oswa tapi ki koute chè si sa pa nesesè tout bon, sitou lè nou konnen gen lòt moske ki nan gwo nesesite e ki bezwen menm yon ti reparasyon. Li ta pi bon pou lajan sa yo sèvi pito nan reparasyon moske ki nan bezwen sa yo.

Bò kote Abdoullah pitit gason Omar (se pou Allah kontan avèk yo tou 2), «Moske a, nan epòk Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li), te konstwi ak brik an tè, plafon li te fèt ak branch palmis, e poto li yo te fèt ak kòf pye dat. Abou Bakr pat ajoute anyen ladan li. Omar te ajoute ladan li e li te rekonstwi li sou menm fondasyon li te genyen nan epòk Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) ak brik an tè ak branch palmis, e li te refè poto li yo an bwa. Aprè sa, Outhman te chanje li, li te agrandi li anpil, li te konstwi mi li yo ak wòch ki te grave ak mòtye, li te fè poto li yo ak wòch ki te grave, e li te fè plafon an ak bwa tèk.» [185]. [185] Rapòte pa Al-Boukhari, nimewo (446).

Gwo savan an Abdul Aziz bin Baz, ke Allah fèl mizèrikòd, te di: Aksyon Outhman an, ke Allah satisfè de li, montre ke li pèmèt pou moun anbeli moske a avèk wòch ki grave, ak bwa ki gen bon kalite, ak lacho a, sa vle di: pentire mi an. Pa gen anyen ki mal nan sa, menmsi fason Salaf yo te konn viv la pi siperyè e li pi bon. Men si moun yo kòmanse anbeli kay pa yo, epi yo pa vle wè konstriksyon ki ansyen yo, epi si kite moske a nan ansyen eta li a vin tounen yon bagay ki ka fè yo pa anvi vin nan lapriyè ak rasanbleman nan moske yo, alò pa gen anyen ki mal pou yo fè menm jan ak sa Outhman, ke Allah satisfè de li, te fè a, pou ankouraje moun vin nan moske yo. Men, si se pou fè grandizè, non. Epi, li pa yon bon bagay pou yo ekri nan moske a, sa ki pi bon se pou li rete senp"[186]. [186] Dapre «Al-Masadjid» pa Al-Qahtani (p: 71).

Setyèm pwen : Kisa lalwa di sou yon moun ki pa mizilman kap antre nan moske.

Se entèdi pou Mizilman yo pèmèt nenpòt moun ki pa kwayan antre nan Moske Sakre a ak nan tout zòn sakre (Haram) ki antourel la; epi fondman pou sa se pawòl Allah ki gen tout pouvwa ak tout glwa a: O nou menm ki kwè! Konnen byen ke moun kap adore zidòl yo (Mouchrikoun) se moun ki pa pwòp nan nanm yo; se sa ki fè, yo pa dwe pwoche bò Moske Sakre a (Al-Masjid Al-Haram) apre ane sa a fin pase... [At-Tawbah: 28]، Kanta pou lòt moske yo, si moun ki pa mizilman yo antre ladan yo pou yon rezon ki valab selon lalwa (Charia), pa gen okenn mal nan sa. Pa egzanp: si yap vin poze keksyon sou relijyon Islam nan, si yap vin fè yon travay nan bilding nan, si yap regle yon zafè ki itil kominote mizilman an, si yap vin koute yon prèch, oswa si yap antre pou yon bagay ki pèmèt (moubah) tankou bwè dlo ki anndan moske a. Nan kalite ka sa yo, sa pèmèt, paske Pwofèt la ﷺ te mare Thoumāmah bin Athāl nan poto moske a. Abu Hourayrah (se pou Allah kontan ak li) te rakonte: «Pwofèt la ﷺ te voye kèk kavalye bò kote rejyon Najd la. Yo te tounen ak yon gason ki soti nan tribi Bani Hanifah yo rele Thoumāmah bin Athāl. Yo te mare li nan yonn nan poto moske a. Pwofèt la ﷺ soti vin jwenn li, li dil: "Sa w gen pou di, Thoumāmah?" Li reponn: "Mwen gen bon pawòl, Muhammad. Si ou touyem , wap touye yon moun ki gen fanmi li kap vin tire revanj (yon moun ki gen san li ki gen valè); si ou fèm favè (ou lage m), wap fè favè a yon moun kap rekonèt sa; epi si se lajan ou vle, mande saw vle, yap ba ou li." Pwofèt la kitel la jouk nan denmen...» (Istwa a kontinye). [187] Tout moun tonbe dakò sou li[187].

Yon delegasyon ki soti Najran, ki te Kretyen, te antre nan Moske a epi Dhimam ibn Tha'labah te antre kot Pwofèt la pandan li te nan Moske a. Epi, daprè Anas ibn Malik, ke Allah satisfè avèk li, li te di: Pandan nou te chita ansanm ak Pwofèt la ﷺ nan moske a, gen yon gason ki antre sou yon chamo. Li fè chamo a kouche anndan moske a epi li marel. Aprèsa, li mande moun yo: "Kilès nan nou ki Muhammad?" Nan moman sa a, Pwofèt la ﷺ te apiye kò li chita nan mitan konpayon yo. Nou reponn li: "Se nèg po klè sa a ki apiye kòl la." Gason an dil: "Pitit pitit Abdoul-Mouttalib!" Pwofèt la ﷺ reponn li: "Mwen tande w (map reponn ou)." Gason an di Pwofèt la ﷺ konsa: "Mwen pral pozew keksyon, epi map rèd nan jan map poze keksyon yo, tanpri pa pran sa mal." Pwofèt la dil: "Poze nenpòt keksyon ki nan lide w"... (istwa a kontinye) jouk gason an vin di: "Mwen kwè nan mesaj ou pote a, epi se mwen ki delege tout moun lakay mwen ki voyem bò kotew. Mwen se Dhimâm bin Tha’labah, frè moun nan tribi Bani Sa’d bin Bakr yo."» [189]. [188] Tout moun tonbe dakò sou li. [189] Rapòte pa Al-Boukhari. Gade: Koleksyon Fatwa ak Atik Ibn Baz, Volim uityèm, Jijman sou antre moun ki pa kwayan yo nan moske yo, ak Fatwa Komite Pèmanan an 6/276.

Sa a se sa nou te kapab rapòte konsènan sa moun kap bay ladan imam, ak moun kap fè prèch (katib) bezwen konnen, ansanm ak règ ki konsène moske yo. Nou rekòmande mouaden an, imam nan, ak katib la pou yo gen krentif pou Allah (ki gen tout pouvwa a), pou yo travay di nan chèche konesans epi gaye li, epi pou yo bay sa anpil enpòtans. »

Epi se nan men Allah sèl siksè a soti (se Li ki bay siksè). Se pou benediksyon ak lapè Allah sou Pwofèt nou an, Muhammad, ak sou fanmi li ak tout konpayon li yo nèt. Epi dènye siplikasyon nou se ke tout lwanj se pou Allah, Mèt tout linivè a.

Kèk sous itil pou Mouwazin nan, Imam nan ak Khatib la.

Azàn ak Ikama (Al-Adhan wal-Iqamah) : ki ekri pa Doktè Sa'id bin Ali bin Wahf Al-Qahtani. Mezon edisyon : Matba'at Safir, Riyad.

Règ sou jan pou moun dirije lapriyè ak jan pou moun suiv moun k ap dirije a (Ahkam al-Imamah wal-I'timam fi al-Salat), ki ekri pa Doktè Abdul-Muhsin Al-Munif.

Lidèchip nan Lapriyè nan limyè Koran an ak Tradisyon Pwofèt la (Al-Imamah fi al-Salat fi daw’ al-Kitab wa al-Sunnah), ki ekri pa Sa’id bin Ali bin Wahf Al-Qahtani.

Metòd pou fè diskou (prèch) vandredi a (Ousloub Khoutbat al-Joumu’ah), ki ekri pa Abdullah bin Dayfullah Al-Ruhayli. Mezon edisyon : Ministè Afè Islamik, Da’wah ak Oryantasyon, Wayòm Arabi Saoudit.

Lidèchip nan Lapriyè (Al-Imamah fi al-Salat) - Sans li, benediksyon li yo, kalite li yo, bon fason poun aji ladan l, ak règ li yo nan limyè Koran an ak Tradisyon Pwofèt la (Sunnah) : ki ekri pa Doktè Sa'id bin Ali bin Wahf Al-Qahtani. Mezon edisyon : Matba'at Safir, Riyad.

Khoutba Joumou'a yo ak responsablite Khatib yo, Preparasyon: Konsèy Dawah ak Gidans, Ministè Zafè Islamik, Dawah ak Gidans, Wayòm Arabi Sawoudit.

Khoutbah Joumou'a a nan Liv la ak Sounnah la, pa Abdourrahman ibn Mouhammad Al-Hamad, Piblikatè: Ministè Afè Islamik, Da'wah ak Gidans, Wayòm Arabi Sawoudit.

Khoutba Joumou'a a ak Règleman Fiqh li yo, de Abdoul Aziz bin Mouhammad bin Abdoullah Al-Houjaylan, Piblikatè: Ministè Zafè Islamik, Da'wah ak Gidans, Sant Rechèch ak Etid Islamik.

Khoutba Joumou'a ak wòl li nan edikasyon Oummah la, pa Abd al-Ghani Ahmad Jabr Muzhar, Piblikatè: Ministè Zafè Islamik, Da'wah, ak Gidans, Wayòm Arabi Sawoudit.

Senkant-en Konsèy pou ou vin yon Khatib ki gen siksè, pa Amir bin Muhammad Al-Madri, li pibliye sou sitwèb Ministè Zafè Islamik, Da'wah (Envite moun nan Islam), ak Konsèy, Wayòm Arabi Sawoudit.

Lapriyè Vandredi (Salat al-Jumu'ah) - Sans li, kondisyon li yo, benediksyon l yo, kalite espesyal li yo, bon fason pou n aji ladan l, ak règ li yo nan limyè Koran an ak Tradisyon Pwofèt la (Sunnah) : ki ekri pa Doktè Sa'id bin Ali bin Wahf Al-Qahtani. Mezon edisyon : Matba'at Safir, Riyad.

Minba Joumou'a a: yon Konfyans ak yon Responsablite, pa Abdullah ibn Muhammad ibn Houmayd, Piblikatè: Ministè Zafè Islamik, Da'wah (Envite moun nan Islam), ak Konsèy, Wayòm Arabi Sawoudit.

Metòd pou prepare khoutbah jou Vandredi a, pa Doktè Saleh bin Abdoullah bin Hamid, Piblikatè: Ministè Afè Islamik, Da'wah, ak Konsèy, Wayòm Arabi Sawoudit.

Mesaj pou Imam ak Mouaden yo (Rasa'il lil-A'immah wal-Mu'adhinin), ki ekri pa Chekh Abdullah bin Salih Al-Fawzan. Mezon edisyon : Dar Ibn al-Jawzi.

Yon mesaj pou Imam moske yo, pou Mouaden yo, ak pou moun kap priye dèyè yo (Rasalat ila A'immat al-Masajid wal-Mu'adhinin wal-Ma'mumin), ki ekri pa Chekh Abdullah bin Jarullah Al-Jarullah.

Ansiklopedi Jiridiksyon Kowet la (Mawsu’at al-Fiqh al-Kuwaitiyyah) – Chapit sou: Prèch (Khutbah), Lidèchip nan lapriyè (Imamah), Azàn ak Moske yo (Masajid).