O nou menm moun! Allah sen e li pafè. Li pa aksepte anyen ki pa pwòp oswa ki pa dwat. Allah bay moun ki kwè nan li yo menm obligasyon li te bay pwofèt yo.
Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè avè l), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
« O moun yo! Allah sen e Li pafè, Li pa aksepte anyen ki pa pwòp. Allah te bay kwayan yo menm lòd li te bay pwofèt yo. Li te di: "O nou menm pwofèt yo! Manje nan sa ki bon (legal/pwòp) epi fè bon aksyon, mwen menm mwen byen konnen sa nap fè." (Al-Mu'minun: 51). Li te di tou: "O nou menm ki kwè! Manje nan bon bagay mwen te ban nou yo." (Al-Baqarah: 172).
«أَيُّهَا النَّاسُ، إِنَّ اللهَ طَيِّبٌ لَا يَقْبَلُ إِلَّا طَيِّبًا، وَإِنَّ اللهَ أَمَرَ الْمُؤْمِنِينَ بِمَا أَمَرَ بِهِ الْمُرْسَلِينَ، فَقَالَ: {يَا أَيُّهَا الرُّسُلُ كُلُوا مِنَ الطَّيِّبَاتِ وَاعْمَلُوا صَالِحًا، إِنِّي بِمَا تَعْمَلُونَ عَلِيمٌ} [المؤمنون: 51] وَقَالَ: {يَا أَيُّهَا الَّذِينَ آمَنُوا كُلُوا مِنْ طَيِّبَاتِ مَا رَزَقْنَاكُمْ} [البقرة: 172] ثُمَّ ذَكَرَ الرَّجُلَ يُطِيلُ السَّفَرَ أَشْعَثَ أَغْبَرَ، يَمُدُّ يَدَيْهِ إِلَى السَّمَاءِ: يَا رَبِّ، يَا رَبِّ، وَمَطْعَمُهُ حَرَامٌ، وَمَشْرَبُهُ حَرَامٌ، وَمَلْبَسُهُ حَرَامٌ، وَغُذِيَ بِالْحَرَامِ، فَأَنَّى يُسْتَجَابُ لِذَلِكَ؟».
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Bondye sou li) te montre ke Allah se "Tayyib" (Li bon, Li sen), Li se "Quddus" (Li pi, Li anlè tout enpèfeksyon ak tout defo), e Li gen tout kalite pafè yo. Li pa aksepte okenn aksyon, okenn pawòl, oswa okenn kwayans, sof si yo "pwòp" (bon). Sa vle di: sa ki fèt sèlman pou Allah (avèk senserite), e sa ki an akò avèk gidans Pwofèt la. Donk, pèsonn pa dwe chèche pwoche bò kote Allah ak lòt bagay anplis de sa. Pami bagay ki pi enpòtan ki fè aksyon yon kwayan vin "bon" oswa "pwòp", se lè sous revni li pwòp e li soti nan sa ki legal (halal). Se konsa aksyon li yo vin jwenn benediksyon. Se poutèt sa Allah te bay kwayan yo menm lòd li te bay pwofèt yo: pou yo manje sa ki legal epi pou yo fè bon aksyon. Li te di: "O nou menm pwofèt yo! Manje nan sa ki bon (legal/pwòp) epi fè bon aksyon, mwen menm mwen byen konnen sa n ap fè." Epi Li te di tou: "O nou menm ki kwè! Manje nan bon bagay mwen te ban nou yo." Apre sa, li (lapè ak benediksyon Allah sou li) te avèti kont manje bagay ki entèdi (haram), ki gate zèv la epi ki anpeche yo aksepte li, kèlkeswa sa moun nan ta fè pami mwayen aparan pou jwenn akseptasyon yo; pami yo: Premyèman: Fè yon vwayaj long pou rezon bon aksyon, tankou pelerinaj (Hajj), jihad, kenbe lyen fanmi, ak lòt bagay ankò. Dezyèmman: Cheve ki an dezòd paske li pa penyen, koulè cheve ak rad li chanje akòz pousyè, sa montre li nan yon sitiyasyon nesesite (li fatige e li nan yon eta dekouvè). Twazyèmman: Li leve 2 men li nan direksyon syèl la pandan lap fè Doua a. Katriyèmman: Li chèche mwayen pou pwoche bò kote Allah avèk Non li yo, epi li ensiste nan sa: O Senyè, O Senyè! Epi malgre tout rezon sa yo ki fè yo ta dwe reponn lapriyèl la, lapriyè li pa tande; e sa se paske sa li manje, sal bwè, ak sa li mete sou li se bagay ki entèdi (haram), e li te nouri tèt li ak sa ki haram. Kidonk, li difisil anpil pou yon moun ki nan eta sa a jwenn repons pou lapriyèl, e kòman pou yo ta reponn li?!
Pèfeksyon Allah Toupwisan an nan esans li, nan kalite li yo, nan aksyon li yo, ak nan jijman li yo.
Lòd pou travay ak yon kè ki sensè pou Allah, Sila a ki Gen Tout Pouvwa ak Majeste a, epi pou swiv Pwofèt la, ke lapè ak benediksyon Allah sou li.
Sèvi ak sa ki ankouraje nou fè bon aksyon, paske Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: "Allah te bay kwayan yo menm lòd li te bay mesaje yo." Konsa, lè yon kwayan aprann ke sa a se youn nan lòd yo te bay pwofèt yo tou, li santi li pi fò epil santi li plis ankouraje pou li suiv egzanp lan.
Pami sa ki anpeche yo reponn dou'a a se manje sa ki haram.
Gen 5 rezon ki lakòz Allah reponn lapriyè: Premyèman, fè yon vwayaj long, paske sa pote yon eta imilite ak brize nan kè a ki se youn nan pi gwo rezon ki fè Allah reponn lapriyè. Dezyèmman: sitiyasyon nesesite (ijans). Twazyèmman : leve men w nan syèl la. Katriyèmman : ensiste devan Allah nan repete mansyone pouvwa li kòm Senyè (Rububiyyah), e sa a se youn nan pi bon fason pou mande repons pou yon lapriyè. Senkyèmman: fè an sòt ke sa wap manje ak sa wap bwè yo pwòp (legal).
Manje sa ki legal (halal) ak sa ki bon (ki pwòp) se pami rezon ki ede pou fè bon aksyon.
(Al-Qadi) te di: "Tayyib" (sa ki bon/pwòp) se kontrè ak "Khabith" (sa ki move/malpwòp). Lè yo itilize mo sa a pou dekri Allah, sa vle di Li anlè tout enpèfeksyon e Li sen (pwòp) parapò ak tout defo. Lè yo itilizel pou dekri yon sèvitè (moun) nan sans jeneral, sa vle di moun sa a libere tèt li anba move karaktè ak move aksyon, e li dekore tèt li ak bon kalite ki kontrè ak yo. Lè yo itilizel pou dekri byen (lajan/pwopriyete), sa vle di byen sa a se yon bagay ki legal (halal) e ki soti nan pi bon kalite sa ki disponib yo. »
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (2/ 703) (1015).
Plis (5)
التحفة الربانية في شرح الأربعين حديثًا النووية.
لإسماعيل الأنصاري (ص27).
شرح الأربعين النووية.
لابن عثيمين (ص141).
الأحاديث الأربعين النووية مع ما زاد عليها ابن رجب وعليها الشرح الموجز المفيد (ص22).
Cited in books
17 BooksPlis (17)
- الحديث زاد 4الحديث 4«أيّها النّاس، إنّ الله طيب لا يقبل إلا طيبًا...»
- رسالة موجزة عن الإسلام كما جاء في القرآن الكريم والسنة النبوية (مشتملة على الأدلة)رِسَالَةٌُ مُوجَزَةٌُ عَنِ الْإِسْلَامِ كَمَا جَاءَ فِي الْقُرْآنِ الْكَرِيمِ وَالسَّنَةِ النَّبَوِيَّة-مشتملة على الأدلة -للحرمين-«أَيُّهَا النَّاسُ، إِنَّ اللهَ طَيِّبٌ لَا يَقْبَلُ إِلَّا طَيِّبًا، وَإِنَّ اللهَ أَمَرَ المُؤْمِنِينَ بِمَا أَمَرَ بِهِ المُرْسَلِينَ، فَقَالَ: ﴿يَا أَيُّهَا الرُّسُلُ كُلُوا مِنَ الطَّيِّبَاتِ وَاعْمَلُوا صَالِحًا، إِنِّي بِمَا تَعْمَلُ
- رياض الصالحينرياض الصالحين مع فوائد وهدايات - 8ثُمَّ ذَكَرَ: «الرَّجُلَ يُطِيلُ السَّفَرَ، أَشْعَثَ أَغْبَرَ، يَمُدُّ يَدَيْهِ إلَىٰ السَّمَاءِ: يَا رَبِّ يَا رَبِّ، وَمَطْعَمُهُ حَرَامٌ، وَمَشْرَبُهُ حَرَامٌ، وَمَلْبَسُهُ حَرَامٌ، وَغُذِيَ بِالْحَرَامِ، فَأَنَّىٰ يُسْتَجَابُ لِذلِكَ؟!»
- شرح الأربعين النووية«إِنَّ الله أَمَرَ المُؤمنينَ بِمَا أَمَرَ بِهِ المُرسَلِيْنَ»،
- قاموس الكبائر موسوعة الكبائر - المجموعة الأولى«ذَكَرَ رَسُولُ اللَّهِ ﷺ الرَّجُلَ يُطِيلُ السَّفَرَ أَشْعَثَ أَغْبَرَ، يَمُدُّ يَدَيْهِ إِلَى السَّمَاءِ، يَا رَبِّ، يَا رَبِّ، وَمَطْعَمُهُ حَرَامٌ، وَمَشْرَبُهُ حَرَامٌ، وَمَلْبَسُهُ حَرَامٌ، وَغُذِّيَ بِالْحَرَامِ، فَأَنَّى يُسْتَجَابُ
- قاموس الكبائرموسوعة الكبائر - المجموعة الثانية«ذَكَرَ رَسُولُ اللَّهِ ﷺ الرَّجُلَ يُطِيلُ السَّفَرَ، أَشْعَثَ أَغْبَرَ، يَمُدُّ يَدَيْهِ إِلَى السَّمَاءِ، يَا رَبِّ، يَا رَبِّ، وَمَطْعَمُهُ حَرَامٌ، وَمَشْرَبُهُ حَرَامٌ، وَمَلْبَسُهُ حَرَامٌ، وَغُذِّيَ بِالْحَرَامِ، فَأَنَّى يُسْتَجَاب
- قاموس الكبائر«ذَكَرَ رَسُولُ اللَّهِ ﷺ الرَّجُلَ يُطِيلُ السَّفَرَ أَشْعَثَ أَغْبَرَ، يَمُدُّ يَدَيْهِ إِلَى السَّمَاءِ، يَا رَبِّ، يَا رَبِّ، وَمَطْعَمُهُ حَرَامٌ، وَمَشْرَبُهُ حَرَامٌ، وَمَلْبَسُهُ حَرَامٌ، وَغُذِّيَ بِالْحَرَامِ، فَأَنَّى يُسْتَجَابُ
- قاموس الكبائرموسوعة الكبائر - المجموعة الثانية«ذَكَرَ رَسُولُ اللَّهِ ﷺ الرَّجُلَ يُطِيلُ السَّفَرَ، أَشْعَثَ أَغْبَرَ، يَمُدُّ يَدَيْهِ إِلَى السَّمَاءِ، يَا رَبِّ، يَا رَبِّ، وَمَطْعَمُهُ حَرَامٌ، وَمَشْرَبُهُ حَرَامٌ، وَمَلْبَسُهُ حَرَامٌ، وَغُذِّيَ بِالْحَرَامِ، فَأَنَّى يُسْتَجَاب
- قاموس الكبائرموسوعة الكبائر - المجموعة الثالثة"ذَكَرَ رَسُولُ اللَّهِ ﷺ الرَّجُلَ يُطِيلُ السَّفَرَ، أَشْعَثَ أَغْبَرَ، يَمُدُّ يَدَيْهِ إِلَى السَّمَاءِ، يَا رَبِّ، يَا رَبِّ، وَمَطْعَمُهُ حَرَامٌ، وَمَشْرَبُهُ حَرَامٌ، وَمَلْبَسُهُ حَرَامٌ، وَغُذِّيَ بِالحَرَامِ، فَأَنَّى يُسْتَجَابُ
- قاموس الكبائرموسوعة الكبائر - المجموعة الرابعة«ذَكَرَ رَسُولُ اللَّهِ ﷺ وَسَلَّمَ الرَّجُلَ يُطِيلُ السَّفَرَ، أَشْعَثَ أَغْبَرَ، يَمُدُّ يَدَيْهِ إِلَى السَّمَاءِ، يَا رَبِّ، يَا رَبِّ، وَمَطْعَمُهُ حَرَامٌ، وَمَشْرَبُهُ حَرَامٌ، وَمَلْبَسُهُ حَرَامٌ، وَغُذِّيَ بِالْحَرَامِ، فَأَنَّى
- قاموس الكبائرموسوعة الكبائر - المجموعة الرابعة«ذَكَرَ رَسُولُ اللَّهِ ﷺ الرَّجُلَ يُطِيلُ السَّفَرَ، أَشْعَثَ أَغْبَرَ، يَمُدُّ يَدَيْهِ إِلَى السَّمَاءِ، يَا رَبِّ، يَا رَبِّ، وَمَطْعَمُهُ حَرَامٌ، وَمَشْرَبُهُ حَرَامٌ، وَمَلْبَسُهُ حَرَامٌ، وَغُذِّيَ بِالْحَرَامِ، فَأَنَّى يُسْتَجَاب
- قاموس الكبائرموسوعة الكبائر - المجموعة الرابعة«أَيُّهَا النَّاسُ، إِنَّ اللَّهَ طَيِّبٌ لَا يَقْبَلُ إِلَّا طَيِّبًا، وَإِنَّ اللَّهَ أَمَرَ الْمُؤْمِنِينَ بِمَا أَمَرَ بِهِ الْمُرْسَلِينَ، فَقَالَ: ﴿يَٰٓأَيُّهَا ٱلرُّسُلُ كُلُواْ مِنَ ٱلطَّيِّبَٰتِ وَٱعۡمَلُواْ صَٰلِحًاۖ إِنِّي بِمَا
- كتاب تعليم المسلم الجديد«إِنَّ اللهَ طَيِّبٌ لَا يَقْبَلُ إِلَّا طَيِّبًا»
- ما لا يسع أطفال المسلمين جهله«ثُمَّ ذَكَرَ الرَّجُلَ يُطِيلُ السَّفَرَ، أَشْعَثَ أَغْبَرَ، يَمُدُّ يَدَيْهِ إِلَى السَّمَاءِ: يَا رَبِّ، يَا رَبِّ، وَمَطْعَمُهُ حَرَامٌ، وَمَشْرَبُهُ حَرَامٌ، وَمَلْبَسُهُ حَرَامٌ، وَغُذِيَ بِالحَرَامِ، فَأَنَّى يُسْتَجَابُ لِذَلِكَ»[17
- مجموعة زاد التربية الإسلامية (3)، والسيرة النبوية (3)التربية الإٍسلامية -3- أن النبي ﷺ ذَكَرَ الرَّجُلَ يُطِيلُ السَّفَرَ، أَشْعَثَ أَغْبَرَ، يَمُدُّ يَدَيْهِ إِلَى السَّمَاءِ، يَا رَبِّ، يَا رَبِّ، وَمَطْعَمُهُ حَرَامٌ، وَمَشْرَبُهُ حَرَامٌ، وَمَلْبَسُهُ حَرَامٌ، وَغُذِيَ بِالْحَرَامِ، فَأَنَّى يُسْتَجَابُ لِذَلِك
- نبراس طالب (4)1«إِنَّ اللهَ طَيِّبٌ لَا يَقْبَلُ إِلَّا طَيِّبًا»
- نبراس طالب (4)1«إن الله طَيِّبٌ لَا يَقْبَلُ إِلَّا طَيِّبًا».