Skip to content

Pami sa ki fè Islam yon moun bèl se kite sa ki pa konsène li

Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Pami sa ki fè Islam yon moun bèl se kite sa ki pa konsène li».

«مِنْ حُسْنِ إِسْلَامِ المَرْءِ تَرْكُهُ مَا لَا يَعْنِيهِ».

« At-Tirmidhi ak lòt moun te rapòte l. »
« An-Nawawi te di: Se yon hadis ki bon (Hassan). »
Esplikasyon an

Pwofèt la (Ke Lapè ak benediksyon Allah kouvri li) montre: ke pami pèfeksyon sa ki fè Islam yon misilman bèl, epi ki konplete lafwa li, se lè li rete lwen sa ki pa konsène li, sa ki pa afè pa li, ak sa ki pa enpòtan pou li, ansanm ak pawòl oswa aksyon ki pap itil li, oswa sa ki pa konsène li nan zafè relijyon ak lavi a. Paske, lè yon moun okipe tèt li ak sa ki pa pou li, sa ka detounen li de sa ki konsène li, oswa sa ka pouse li fè sa li dwe evite; paske chak moun ap responsab aksyon li yo nan Jou Jijman an.

Pami benefis Hadith la

Moun yo pa gen menm nivo nan Islam, e Islam yon moun vin pi bon ak kèk aksyon.

Kite pawòl ak aksyon ki pa itil oswa ki twòp se yon prèv sou pèfeksyon Islam yon moun.

Ankouraje yon moun okipe tèt li ak sa ki konsène li nan zafè relijyon ak lavi li, paske si pami sa ki fè Islam yon moun bèl se kite sa ki pa konsène li, alò, pami sa ki fèl bèl tou se okipe tèt li ak sa ki konsène li.

Ibn Al-Qayyim (se pou Allah fèl mizerikòd) te di: Anverite, Pwofèt la (kè poze ak benediksyon Allah sou li) te rasanble tout zafè pyete a nan yon sèl pawòl, kote li te di: «Pami sa ki fè Islam yon moun bèl: se kite sa ki pa konsène li». Kidonk, sa anglobe kite tout sa ki pa konsène yon moun: kit se nan pawòl, nan sa li gade, nan sa li koute, nan aji ak fòs, nan mache, nan panse, ak nan tout lòt mouvman kit yo parèt aklè kit yo kache. Anverite, sa se yon pawòl ki konplè e ki sifizan konsènan pyete.

Ibn Rajab te di: Hadit sa a se youn nan fondasyon bon konpòtman yo.

Ankouraje chèche konesans; paske se avèl moun konnen sa ki konsènel ak sa ki pa konsènel.

Kòmande sa ki byen, anpeche sa ki mal, epi bay konsèy fè pati bagay ki konsène moun nan; paske li resevwa lòd pou li fè sa.

Sa ki antre nan sans jeneral hadis la: rete lwen sa ki pa konsènew, sa Allah entèdi ak sa Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) rayi, menm jan ak sa ki pa nesesè nan zafè lòt mond lan, tankou verite ki nan domèn enkoni (ghaib) ak detay sou jijman Bondye nan kreyasyon ak lòd li. Menm jan tou, sa gen ladan li poze kesyon ak chèche konnen sou bagay ki sipoze oubyen ki imajinè ki pa te janm rive, oswa ki prèske pa rive, oubyen ki pa menm posib pou yo rive.

Referans yo.

Sounna At-Tirmidhi (4/ 136) (2317).

Sounna Ibn Majah (5/ 118) (3976).

Plis (4)

Karant (40) Hadith pa Al-Nawawi (ص: 64) (ح12).

تحفة الأحوذي (6/ 500).

شرح الأربعين النووية للعثيمين (ص: 158).

الرياض الزكية شرح الأربعين النووية للخضير (ص 223).