"Lave kò (Ghusl) jou vandredi a se yon obligasyon pou tout moun ki fòme (ki rive nan laj pibète), epi tou pou li netwaye bouch li (miswak), epi pou li mete pafen si li jwenn."
Daprè Amr ibn Sulaym al-Ansari, li te di: Mwen temwaye sou Abu Sa'id, li te di: Mwen temwaye sou Mesaje Allah la (Se pou lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di:
«Lave kò (Ghusl) jou vandredi a se yon obligasyon pou tout moun ki fòme (ki rive nan laj pibète), epi tou pou li netwaye bouch li (miswak), epi pou li mete pafen si li jwenn.»
«الغُسْلُ يَوْمَ الجُمُعَةِ وَاجِبٌ عَلَى كُلِّ مُحْتَلِمٍ، وَأَنْ يَسْتَنَّ، وَأَنْ يَمَسَّ طِيبًا إِنْ وَجَدَ».
Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te fè konnen ke benyen nan jou Vandredi a konfime tankou yon obligasyon pou chak gason ki fòme (ki rive nan laj pibète) pami Mizilman yo, nan mitan sila yo Vandredi a obligatwa pou yo a, Epi pou li netwaye dan li yo ak siwak, ak sa ki sanble avèk li, Epi pou li mete pafen ak nenpòt ki bon odè.
...:
Konfimasyon rekòmandasyon pou lave kò (Ghusl) jou Vandredi a pou tout gason Mizilman ki fòme (ki rive nan laj majè).
Pwòpte ak retire move odè se yon egzijans pou yon Mizilman daprè lwa Islamik la.
Onore jou Vandredi a, ak prepare pou li.
Konfimasyon rekòmandasyon pou sèvi ak siwak pou jou Vandredi a.
Li rekòmande pou mete pafen ak nenpòt bon odè anvan ale nan Joumou'a a.
Lè fanm lan soti nan kay li pou lapriyè oswa pou lòt bagay, li pa gen dwa mete pafen sou li; paske Sounnah a montre ke sa entèdi.
Yon moun ki fè rèv lannwit se yon moun ki majè (ki rive nan laj pibète). Laj pibète a rive gras avèk plizyè siy; gen 3 ladan yo ki valab pou gason kou fi: premye a, se lè yon moun gen 15 konplè; dezyèm lan, se lè plim rèd grandi toutotou pati prive a; epi twazyèm lan, se lè gen ekoulman espèm (semenn) kit se nan yon rèv lannwit oubyen akoz dezi menm san rèv. Kanta katriyèm siy lan, li konsène fi sèlman: se règ (peryòd); depi yon fi gen règ li, li vin majè (li rive nan pibète).
Sahih Al-Bukhari (2/ 3) (880).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (2/ 580) (846).
(6/ 134).
Plis (11)
مختار الصحاح.
لزين الدين الرازي (ص155).
شرح صحيح البخاري.
لابن بطال (2/ 468).
شرح النووي على مسلم.
توضيح الأحكام شرح بلوغ المرام.
للبسام (1/ 382).
فتح ذي الجلال والإكرام شرح بلوغ المرام.
لابن عثيمين (1/ 330).
منار القاري شرح مختصر صحيح البخاري.
لحمزة قاسم (2/ 234).
Cited in books
4 Books- Gid kout e klè pou Mouèzen, Imann, Predikatè ak tout regleman sou Moske yo«Benyen an nan jou Vandredi a obligatwa sou chak moun ki gen laj, epi pou li bwose dan li ak siwak, epi pou li mete pafen si li jwenn.»
- Bèl kalite ak bon fason pou moun genyen nan Moske Pwofèt la, ak règ pou vizite tonbo Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ansanm ak tonbo 2 konpayon li yo (ke Allah dakò ak yo).فضائل وآداب المسجد النبوي، وأحكام زيارة قبر النبي عليه الصلاة والسلام وقبري صاحبيه«Lave kò (Ghusl) jou vandredi a se yon obligasyon pou tout moun ki fòme (ki rive nan laj pibète), epi tou pou li netwaye bouch li (miswak), epi pou li mete pafen si li jwenn.» [7]