Skip to content

Moun ki fè pelerinaj la (Hajj) pou Allah sèlman, epi pandan lap fèl la li pa di okenn vye pawòl ni li pa komèt okenn peche, lap tounen (lakay li) pwòp san okenn peche, egzakteman menm jan ak jou manman li te fenk fèl la.

Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè avè l), li te di: Mwen te tande Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) di:

Moun ki fè pelerinaj la (Hajj) pou Allah sèlman, epi pandan lap fèl la li pa di okenn vye pawòl ni li pa komèt okenn peche, lap tounen (lakay li) pwòp san okenn peche, egzakteman menm jan ak jou manman li te fenk fèl la.

«مَنْ حَجَّ لِلهِ فَلَمْ يَرْفُثْ وَلَمْ يَفْسُقْ رَجَعَ كَيَوْمِ وَلَدَتْهُ أُمُّهُ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt (pè ak Benediksyon Allah kouvri li) la eksplike ke nenpòt moun ki fè 'Hajj' (pèlerenaj) pou Allah (ki gen tout grandè pou Li), epi li pa gen move konpòtman (Rafath), epi Rafath se relasyon seksyèl ak sa ki mennen nan li yo tankou bo ak karese, e yo itilize mo sa a tou pou pawòl obsèn, ni li pa fè peche (Fusouq), nan komèt peche ak move zèv, Pami aksyon ki konsidere kòm dezobeyisans (Fusuq), genyen komèt bagay ki entèdi pandan moun nan nan eta Ihram nan (eta sakre pelerinaj la). Moun ki evite yo, lap tounen sot nan pelerinaj li a avèk padon pou tout peche l yo, egzakteman menm jan yon ti bebe fèt byen pwòp san okenn peche.

Siyifikasyon mo yo

كيوم ولدته أمه: أي رجع من حجه بغير ذنوب.

Pami benefis Hadith la

Byenke dezobeyisans (fè peche) entèdi nan tout sitiyasyon ak nan tout tan, entèdiksyon li an vin pi sevè toujou pandan Hajj la, nan objektif pou onore epi bay seremoni pelerinaj yo gwo valè.

Chak moun fèt san peche nan kòl, li inosan anba tout peche; konsa, li pa pote peche yon lòt moun.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (2/ 133) (1521).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (2/ 983) (1350).

Plis (10)

رياض الصالحين من كلام سيد المرسلين (ص358) (1274).

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم الهلالي (2/ 401).

كنوز رياض الصالحين.

لمجموعة من الباحثين (15/ 378).

شرح رياض الصالحين.

للشيخ محمد بن صالح العثيمين (5/ 321).

شرح النووي على مسلم (9/ 119).

إكمال المعلم بفوائد مسلم.

للقاضي عياض (4/ 462).