Skip to content

Kwayan ki gen lafwa ki pi pafè a, se sila ki gen pi bèl konpòtman an, epi pi bon moun nan pami nou, se moun ki pi bon ak madanm yo.

Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè avè l), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

« Pami kwayan yo (moun ki gen lafwa yo), sila ki gen lafwa ki pi konplè a, se sila ki gen pi bon konpòtman an, epi pi bon moun nan pami nou, se moun ki pi bon ak madanm yo. »

«أَكْمَلُ الْمُؤْمِنِينَ إِيمَانًا أَحْسَنُهُمْ خُلُقًا، وَخَيْرُكُمْ خَيْرُكُمْ لِنِسَائِهِمْ».

Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi ak Ahmad.
« Bon » ou « Byen »
Esplikasyon an

Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen moun ki gen lafwa ki pi pafè a, se sila ki gen pi bèl konpòtman an, epi sa demontre avèk yon figi ki toujou klè, nan fè sa ki byen, nan di bèl pawòl, ak nan evite fè moun mal. Epi pi bon kwayan nan pami nou, se moun ki pi bon ak fanm li yo, tankou madanm li, pitit fil yo, sèl yo, ak fi ki fanmi li yo; paske yo pami moun ki gen plis dwa pou yo trete yo ak pi bèl konpòtman an.

Siyifikasyon mo yo

....:

Pami benefis Hadith la

Valè yon bon karaktè ak lefètke li fè pati lafwa.

Aksyon fè pati lafwa, epi lafwa ogmante epi li diminye.

Islam onore fanm epi li ankouraje pou yo aji byen avèk yo.

Referans yo.

Sounna Abou Dawoud (7/ 70) (4682).

Sounna At-Tirmidhi (2/ 454) (1162).

Plis (9)

مسند أحمد ط الرسالة (12/ 364) (7402).

سلسلة الأحاديث الصحيحة وشيء من فقهها وفوائدها.

للألباني (1/ 573).

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم الهلالي (1/ 362).

شرح رياض الصالحين.

لابن عثيمين (3/ 130).

كنوز رياض الصالحين.

لمجموعة من الباحثين (5/ 234).