Skip to content

Nenpòt moun ki pote yon inovasyon (yon bagay nèf) nan relijyon nou an, alòske bagay sa a pa te ladan li, yap rejte li (li pa valid).

Bò kote Aicha (ke Allah satisfè avèk li), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Nenpòt moun ki pote yon inovasyon (yon bagay nèf) nan relijyon nou an, alòske bagay sa a pa te ladan li, yap rejte li (li pa valid).» Yo tonbe dakò sou li. Epi daprè Muslim: «Nenpòt moun ki fè yon aksyon ki pa mache ak jan nou mande fè li a, yap voye aksyon sa a jete.»

«مَنْ أَحْدَثَ فِي أَمْرِنَا هَذَا مَا لَيْسَ فِيهِ فَهُوَ رَدٌّ» متفق عليه. ولمسلم: «مَنْ عَمِلَ عَمَلًا لَيْسَ عَلَيْهِ أَمْرُنَا فَهُوَ رَدٌّ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) esplike klèman ke nenpòt moun ki envante nan relijyon an oswa ki fè yon aksyon ki pa gen okenn prèv nan Liv la ak nan Sounnah a ki apiye li, li rejte e li tounen kont moun ki fèl la, epi Allah pap aksepte li.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Fondasyon adorasyon yo baze sou sa ki vin nan Liv la (Koran an) ak Sunnah; kidonk, nou pa adore Allah (Toupwisan an) eksepte pa mwayen sa li te etabli a, se pa ,pa mwayen inovasyon (bid'ah) oswa bagay yo te envante.

Relijyon an pa baze sou opinyon ak preferans pèsonèl, men pito se nan swiv Mesaje a (lapè ak benediksyon Allah sou li).

Hadith sa a se yon prèv sou pèfeksyon Relijyon an.

Inovasyon an se tout sa ki envante nan relijyon an epi ki pa te egziste nan epòk Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ak konpayon li yo, kit se nan kwayans, nan pawòl oswa nan aksyon.

Hadis sa a se youn nan prensip fondamantal Islam yo, e li tankou yon balans pou zèv yo. Menm jan nenpòt aksyon ki pa fèt pou fè plezi Allah (Toupwisan an) pa gen rekonpans pou moun ki fèl la, se konsa tou, nenpòt aksyon ki pa an amoni ak sa Mesaje Allah a (ke benediksyon ak kè poze Allah sou li) te pote a, yo rejte li sou moun ki fèl la.

Bagay yo envante (bid'ah) ki entèdi yo, se sa ki gen rapò ak zafè relijyon, pa zafè lavi mond lan (teknoloji, zouti, elatriye).

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (3/ 184) (2697).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (3/ 1343) (1718).

Plis (5)

التحفة الربانية في شرح الأربعين حديثًا النووية (ص16).

شرح الأربعين النووية.

لابن عثيمين (ص96).

فتح القوي المتين في شرح الأربعين وتتمة الخمسين.

للعباد (ص38).