Skip to content

Lafwa gen plis pase 70 oubyen plis pase 60 branch. Sa ki pi wo a, se pawòl ki di: 'La ilaha illa Allah' (Pa gen lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah), epi sa ki pi ba a, se retire sak ka fè moun mal nan wout la.

Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè avè l), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Lafwa gen plis pase 70 - oswa plis pase 60 - branch, sa ki pi wo a se pawòl ki di: 'La ilaha illa Allah' (Pa gen lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah), epi sa ki pi ba a se retire sak ka fè moun mal nan wout la, epi lawont/pudè se yon branch nan lafwa.»

«الْإِيمَانُ بِضْعٌ وَسَبْعُونَ -أَوْ بِضْعٌ وَسِتُّونَ- شُعْبَةً، فَأَفْضَلُهَا قَوْلُ لَا إِلَهَ إِلَّا اللهُ، وَأَدْنَاهَا إِمَاطَةُ الْأَذَى عَنِ الطَّرِيقِ، وَالْحَيَاءُ شُعْبَةٌ مِنَ الْإِيمَانِ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen ke 'Lafwa' (Al-Iman) gen anpil branch ak kalite, ki gen ladan li aksyon, konviksyon, ak pawòl. Epi pi gwo nan kalite lafwa yo ak sa ki pi bon nan pami yo se pawòl: «La ilaha illa Allah», lè moun nan konnen sans li, epi li aji daprè sa li mande a, ki vle di: Allah se sèl Dye a , li menm sèl ki merite pou yo adorel tout bon vre, san okenn lòt moun oswa lòt bagay. Epi pi piti nan aksyon lafwa yo, se retire tout sa kap nwi moun sou chemen yo. Aprèsa , li (lapè ak Benediksyon Allah sou li) te fè konnen ke respè ak wont pou sa ki mal se pami kalite lafwa yo, epi li se yon bèl kalite ki ankouraje moun fè sa ki byen epi evite sa ki mal.

Siyifikasyon mo yo

بِضْع: من ثلاثة إلى تسعة.

شعبة: خصلة.

Pami benefis Hadith la

Lafwa (Iman) gen nivo (degre), kèk ladan yo pi bon pase lòt.

Lafwa se pawòl, aksyon, ak kwayans.

Respè ak wont pou Allah -ki pi Wo a- egzije: pou Li pa wè ou kote Li entèdi ou, epi pou Li pa jwenn ou absan kote Li kòmande ou.

Mansyone yon kantite pa vle di li limite sou li sèlman, men sa montre pito gen yon gwo kantite aksyon nan lafwa a. Paske, Arab yo kapab mansyone yon kantite pou yon bagay, epi yo pa gen entansyon rejte sa ki egziste apa de li menm.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (1/ 11) (9).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 63) (35).

Plis (7)

نزهة المتقين شرح رياض الصالحين (1/ 154).

شرح رياض الصالحين.

لابن عثيمين (2/ 169).

تطريز رياض الصالحين.

لفيصل آل مبارك (ص106).

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم لهلالي (1/ 205).