"Se pou nou toujou di laverite, paske laverite mennen nan sa ki dwat, epi sa ki dwat mennen nan Paradi"
Daprè Abdoullah ibn Mas'oud (ke Allah satisfè avèk li), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
Mwen konseye nou pou nou toujou di laverite, paske laverite mennen nan fè sa ki byen (ladwati), epi fè sa ki byen mennen nan Paradi a. Yon moun ap kontinye di laverite epi chèche di sa ki vrè jiskaske Allah ekri non li kòm yon moun ki fidèl e sensè nèt (Siddīq). Epi fè atansyon ak manti, paske manti mennen nan move zak, epi fè move zak mennen nan Lanfè. Yon moun ap kontinye bay manti epi chèche bay manti jiskaske Allah ekri non li kòm yon gwo mantè.
«عَلَيْكُمْ بِالصِّدْقِ، فَإِنَّ الصِّدْقَ يَهْدِي إِلَى الْبِرِّ، وَإِنَّ الْبِرَّ يَهْدِي إِلَى الْجَنَّةِ، وَمَا يَزَالُ الرَّجُلُ يَصْدُقُ وَيَتَحَرَّى الصِّدْقَ حَتَّى يُكْتَبَ عِنْدَ اللهِ صِدِّيقًا، وَإِيَّاكُمْ وَالْكَذِبَ، فَإِنَّ الْكَذِبَ يَهْدِي إِلَى الْفُجُورِ، وَإِنَّ الْفُجُورَ يَهْدِي إِلَى النَّارِ، وَمَا يَزَالُ الرَّجُلُ يَكْذِبُ وَيَتَحَرَّى الْكَذِبَ حَتَّى يُكْتَبَ عِنْدَ اللهِ كَذَّابًا».
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te bay lòd pou moun di laverite, epi li te fè konnen lè yon moun rete fèm sou sa, sa mennen li nan fè bon zèv tout tan; konsa tou, moun ki pèsevere nan fè sa ki byen, sa ap mennen li nan Paradi a. Lè yon moun kontinye ap di laverite tout tan, kit an kachèt kit an piblik, li merite pou yo ba li tit Siddīq (yon moun ki fidèl epi sensè nèt); tit sa a montre yon nivo ki wo anpil nan di ak pratike laverite. Aprèsa, li (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te avèti kont bay manti ak pawòl ki fo; paske li pouse moun devye kite chimen dwat la, epi nan fè sa ki mal, koripsyon ak peche, epi aprèsa li mennen li nan Dife a, epi yon moun pap sispann bay anpil manti jiskaske yo ekril bò kote Allah pami mantè yo.
Laverite se yon bèl kalite (karaktè nòb) yon moun posede li nan fè efò ak lite ak pwòp tèt li; paske yon moun ap kontinye di laverite epi fè efò poul toujou chèche sa ki vrè, jiskaske di laverite vin yon dezyèm nati ak yon abitid natirèl lakay li, konsa Allah ap ekri non li pami moun ki fidèl epi sensè nèt yo (Siddīqīn) ak pami moun ki ladwat yo (Abrār).
Manti se yon karaktè ki lèd yon moun vin genyen nan pratike li pandan lontan, epi nan chèche bay manti nan pawòl li ak nan aksyon li, jiskaske li tounen yon karaktè ak yon nati, apresa li ekri bò kote Allah, Sila a ki Egzalte a, pami gwo mantè yo.
Konsèp laverite a (as-sidq) aplike nan plizyè nivo : laverite nan lang (pawòl), ki se kontrè manti; laverite nan entansyon, ki se senserite ; laverite nan detèminasyon pou akonpli yon bon zèv yon moun te planifye; laverite nan aksyon yo, kote nivo ki pi ba a se lè sa ki nan kè yon moun egal toutbon ak sa li montre deyò; epi laverite nan eta espirityèl yo, tankou senserite nan lakrentif ak lespwa nan Allah . Moun ki posede tout kalite sa yo se yon siddīq (yon moun ki fidèl epi sensè nèt), epi moun ki gen kèk ladan yo se yon sādiq (yon moun ki sensè/veridik).
Sahih Al-Bukhari (8/ 25) (6094).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2013) (2607).
Plis (8)
توضيح الأحكام من بلوغ المرام.
لعبد الله البسام (7/ 479).
منحة العلام في شرح بلوغ المرام.
لعبد الله الفوزان (10/ 313).
فتح ذي الجلال والإكرام.
لابن عثيمين (6/ 417).
سبل السلام بشرح بلوغ المرام.
لمحمد الصنعاني (2/ 686).
Cited in books
14 Books- Yon brèf apèsi sou Islam jan sa te vini nan Koran an ak nan Tradisyon Pwofèt la (Sunna).«Pinga nou janm bay manti, paske bay manti mennen nan vye zak, epi vye zak mennen nan Dife a. Epi yon moun pap sispann bay manti epi chèche bay manti jiskaske yo ekril bò kote Allah kòm yon gwo mantò.»
- Gid kout e klè pou Mouèzen, Imann, Predikatè ak tout regleman sou Moske yo«Se pou nou toujou di laverite; paske laverite mennen nan sa ki dwat, epi sa ki dwat mennen nan Paradi. Yon moun pap sispann di laverite epi chèche di laverite, jiskaske li ekri bò kote Allah kòm yon moun ki trè veridik. Epi piga nou janm b
- Gid kout e klè pou Mouèzen, Imann, Predikatè ak tout regleman sou Moske yo«Se pou nou toujou kenbe ak laverite; paske verite a mennen nan sa ki byen, epi sa ki byen mennen nan Paradi. E yon moun ap kontinye di laverite epi li toujou ap chèche di laverite, jiskaske li ekri bò kote Allah kòm yon moun ki toujou di l
Plis (11)
- الحقيقة المُبْهِرَة في العلاقة بين الإسلام والإنسان(عليكم بالصدق، فإنّ الصدق يهدي إلى البر، وإنّ البر يهدي إلى الجنة، وما يزال الرجل يصدق ويَتَحَرَّى الصدق حتى يُكتب عند الله صِدِّيقاً، وإياكم والكذب، فإنّ الكذب يهدي إلى الفجور، وإنّ الفجور يهدي إلى النار، وما يزال الرجل يكذب ويتحرى الكذب ح
- المنتقى من المتجر الرابح في ثواب العمل الصالح - المعتمدالمنتقى من المتجر الرابح في ثواب العمل الصالح“عليكم بالصدق؛ فإن الصدق يهدي إلى البر، وإن البر يهدي إلى الجنة، وما يزال الرجل يصدق ويتحرى الصدق حتى يكتب عند الله صديقا، وإياكم والكذب، فإن الكذب يهدي إلى الفجور، وإن الفجور يهدي إلى النار، وما يزال الرجل يكذب ويتحرى الكذب حتى يكتب عند ال
- رسالة موجزة عن الإسلام كما جاء في القرآن الكريم والسنة النبوية (مشتملة على الأدلة)رِسَالَةٌُ مُوجَزَةٌُ عَنِ الْإِسْلَامِ كَمَا جَاءَ فِي الْقُرْآنِ الْكَرِيمِ وَالسَّنَةِ النَّبَوِيَّة-مشتملة على الأدلة -للحرمين-«وَإِيَّاكُمْ وَالكَذِبَ فَإِنَّ الكَذِبَ يَهْدِي إِلَى الفُجُورِ وَإِنَّ الفُجُورَ يَهْدِي إِلَى النَّارِ وَمَا يَزَالُ الرَّجُلُ يَكْذِبُ وَيَتَحَرَّى الكَذِبَ حَتَّى يُكْتَبَ عِنْدَ اللهِ كَذَّابًا» [64].
- قاموس الكبائر موسوعة الكبائر - المجموعة الأولى«عَلَيْكُمْ بِالصِّدْقِ، فَإِنَّ الصِّدْقَ يَهْدِي إِلَى البِرِّ، وَإِنَّ البِرَّ يَهْدِي إِلَى الجَنَّةِ، وَمَا يَزَالُ الرَّجُلُ يَصْدُقُ وَيَتَحَرَّى الصِّدْقَ حَتَّى يُكْتَبَ عِنْدَ اللَّهِ صِدِّيقًا، وَإِيَّاكُمْ وَالكَذِبَ، فَإِنَّ ال
- قاموس الكبائر«عَلَيْكُمْ بِالصِّدْقِ، فَإِنَّ الصِّدْقَ يَهْدِي إِلَى البِرِّ، وَإِنَّ البِرَّ يَهْدِي إِلَى الجَنَّةِ، وَمَا يَزَالُ الرَّجُلُ يَصْدُقُ وَيَتَحَرَّى الصِّدْقَ حَتَّى يُكْتَبَ عِنْدَ اللَّهِ صِدِّيقًا، وَإِيَّاكُمْ وَالكَذِبَ، فَإِنَّ ال
- قاموس الكبائرموسوعة الكبائر - المجموعة الثانية«عَلَيْكُمْ بِالصِّدْقِ، فَإِنَّ الصِّدْقَ يَهْدِي إِلَى البِرِّ، وَإِنَّ البِرَّ يَهْدِي إِلَى الجَنَّةِ، وَمَا يَزَالُ الرَّجُلُ يَصْدُقُ وَيَتَحَرَّى الصِّدْقَ حَتَّى يُكْتَبَ عِنْدَ اللَّهِ صِدِّيقًا، وَإِيَّاكُمْ وَالكَذِبَ، فَإِنَّ ال
- كتاب تعليم المسلم الجديد«عَلَيْكُمْ بِالصِّدْقِ، فَإِنَّ الصِّدْقَ يَهْدِي إِلَى الْبِرِّ»
- ما لا يسع أطفال المسلمين جهله«وَإِنَّ الكَذِبَ يَهْدِي إِلَى الفُجُورِ، وَإِنَّ الفُجُورَ يَهْدِي إِلَى النَّارِ، وَإِنَّ الرَّجُلَ لَيَكْذِبُ حَتَّى يُكْتَبَ عِنْدَ اللَّهِ كَذَّابًا»[183].
- مباحث في أصول الدين1«إيّاكم والكذب، فإنّ الكذب يهدى إلى الفجور، وإنّ الفجور يهدى إلى النّار، وما يزال الرّجل يكذب ويتحرّى الكذب حتّى يكتب عند الله كذّابًا».
- مختصر الجواب الصحيح لمن بدل الدين المسيح1(عَلَيْكُمْ بِالصِّدْقِ، فَإِنَّ الصِّدْقَ يَهْدِي إِلَى الْبِـرِّ، وَإِنَّ الْبِـرَّ يَهْدِي إِلَى الْجنَّةِ، وَلَا يَزَالُ الرَّجُلُ يَصْدُقُ وَيَتَحَرَّى الصِّدْقَ حَتَّى يُكْتَبَ عِنْدَ الله صِدِّيقًا، وَإِيَّاكُمْ وَالْكَذِبَ، فَإِنَّ
- مشروع المنهج التعليميمادة الحديث مستوى 1«عَلَيْكُمْ بِالصّدْقِ، فَإِنّ الصّدْقَ يَهْدِي إِلَىَ الْبِرّ، وَإِنّ الْبِرّ يَهْدِي إِلَىَ الْجَنّةِ، وَمَا يَزَالُ الرّجُلُ يَصْدُقُ وَيَتَحَرّىَ الصّدْقَ حَتّىَ يُكْتَبَ عِنْدَ اللهِ صِدّيقًا، وَإِيّاكُمْ وَالْكَذِبَ، فَإِنّ الْكَذِبَ