Skip to content

Sètènman, bagay ki pèmèt (halal) klè, epi sètènman, bagay ki entèdi (haram) klè.

Daprè Abou Abdillah, Nou'man ibn Bashir (ke Allah satisfè de li), li te di: Mwen te tande Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) kap di:

« Anverite, Halal la klè, epi Haram nan klè, epi nan mitan yo gen bagay ki gen dout ke anpil moun pa konnen. Moun ki evite bagay ki gen dout yo, li mete relijyon li ak onè li klè, epi moun ki tonbe nan bagay ki gen dout yo, li tonbe nan Haram nan. Li tankou yon bèje k ap fè bèt li yo manje toupre yon zòn rezève, li pa lwen pou l kite yo manje ladan l. Konnen byen, chak wa gen yon zòn rezève pa l. Konnen byen, zòn rezève Allah a se sa Li entèdi yo. Anverite, nan kò a gen yon ti moso chè, lè li bon, tout kò a bon, epi lè li gate, tout kò a gate. Konnen byen, se kè a. »

«إنَّ الحَلَالَ بَيِّنٌ، وَإِنَّ الحَرَامَ بَيِّنٌ، وَبَيْنَهُمَا مُشْتَبِهَاتٌ لَا يَعْلَمُهُنَّ كَثِيرٌ مِنَ النَّاسِ، فَمَنْ اتَّقَى الشُّبُهَاتِ اسْتَبْرَأَ لِدِينِهِ وَعِرْضِهِ، وَمَنْ وَقَعَ فِي الشُّبُهَاتِ وَقَعَ فِي الحَرَامِ، كَالرَّاعِي يَرْعَى حَوْلَ الحِمَى يُوشِكُ أَنْ يَرْتَعَ فِيهِ، أَلَا وَإِنَّ لِكُلِّ مَلِكٍ حِمًى، أَلَّا وَإِنَّ حِمَى اللَّهِ مَحَارِمُهُ، أَلَّا وَإِنَّ فِي الجَسَدِ مُضْغَةً إذَا صَلَحَتْ صَلَحَ الجَسَدُ كُلُّهُ، وَإذَا فَسَدَتْ فَسَدَ الجَسَدُ كُلُّهُ، أَلَا وَهِيَ القَلْبُ».

Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (Pè ak Benediksyon Allah kouvri li) esplike klè yon prensip jeneral konsènan bagay yo, epi nan Lwa Islamik la yo divize an 3 kategori: sa ki pèmèt (halal) klè, ak sa ki entèdi (haram) klè, ansanm ak zafè ki gen dout sou yo kote règleman an pa klè pou konnen si yo pèmèt oswa si yo entèdi, epi anpil moun pa konnen règleman sa yo. Kidonk, moun ki kite bagay ki gen dout pou li sa yo, relijyon li an sekirize paske li rete lwen poul pa tonbe nan Haram (sa ki entèdi), epi onè li an sekirize anba pawòl moun kap repwoche li poutèt li komèt bagay ki gen dout sa a. Epi moun ki pa evite bagay ki gen dout yo, li ekspoze tèt li swa pou l tonbe nan Haram, oubyen pou moun atake onè li. Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) bay yon egzanp pou montre sitiyasyon moun ki komèt bagay ki gen dout yo, li tankou yon bèje kap fè bèt li yo manje touprè yon tè mèt li te pwoteje, bèt bèje a riske manje anndan zòn pwoteje sa a paske li touprèl. Se menm jan an tou pou moun ki fè sa ki gen dout, konsa li pwoche prè Haram nan epi li riske tonbe ladan l. Epi aprè sa, Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen nan kò a gen yon ti moso chè (ki se kè a), lè li bon, tout kò a bon, epi lè li gate, tout kò a gate.

Pami benefis Hadith la

Hadith la se yon prensip pou evite bagay ki gen dout yo.

Ankourajman pou kite sa ki gen dout, kote sa lalwa Allah di sou li a pa klè.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (1/ 20) (52).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (3/ 1219) (1599).

Plis (7)

التحفة الربانية في شرح الأربعين حديثا النووية (ص18).

شرح الأربعين النووية.

لابن عثيمين (ص105).

فتح القوي المتين في شرح الأربعين وتتمة الخمسين.

للعباد (ص41).

فتح الباري لابن حجر (4/ 291).

شرح النووي على مسلم (11/ 28).