Skip to content

"Ti gason, mwen pral montrew kèk pawòl : Toujou sonje Allah, Allah ap pwotejew. Toujou sonje Allah, wap jwenn Li bò kote w. Si wap mande, mande Allah. Siw bezwen sekou, chache sekou nan men Allah."

Daprè Abou Al-Abbas, Abdoullah ibn Abbas (ke Allah satisfè avèk yo tou le 2), li te di: Yon jou mwen te dèyè Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), li dim konsa:

«O jenn gason! Mwen pral montrew kèk pawòl : Respekte dwa Allah, lap pwoteje ou, respekte dwa Allah, wap jwenn li bò kote ou, si ou mande, mande Allah, epi si ou mande èd, mande èd nan men Allah, epi konnen byen : Menmsi tout moun nan lemond ta mete tèt yo ansanm pou yo fè yon byen pou ou, yo pa tap ka fè anyen pou ou si se pa sa Allah te deja ekri pou ou. Konsa tou, si yo ta mete tèt yo ansanm pou yo fèw yon mal, yo pa tap janm ka fèw anyen si se pa sa Allah te deja deside ki tap rivew; plim yo deja leve, epi lank sou paj yo deja chèch.» Epi nan yon vèsyon ki pa soti nan Tirmidhi: «Respekte dwa Allah, wap jwenn li devan ou, sonje Allah lè ou alèz, lap rekonèt ou nan moman difisil, epi konnen byen: sa ki rate ou pa tap janm rive ou, epi sa ki rive ou pa tap janm rate ou. Epi konnen byen viktwa vini avèk pasyans, epi soulajman vini avèk traka, epi ansanm avèk difikilte gen fasilite.»

«يَا غُلَامِ! إنِّي أُعَلِّمُك كَلِمَاتٍ: احْفَظِ اللَّهَ يَحْفَظْكَ، احْفَظِ الله تَجِدْهُ تُجَاهَكَ، إذَا سَأَلْتَ فَاسْأَلِ اللهَ، وَإِذَا اسْتَعَنْتَ فَاسْتَعِنْ بِاَللهِ، وَاعْلَمْ أَنَّ الأُمَّةَ لَوْ اجْتَمَعَتْ عَلَى أَنْ يَنْفَعُوكَ بِشَيْءٍ لَمْ يَنْفَعُوكَ إلَّا بِشَيْءٍ قَدْ كَتَبَهُ اللَّهُ لَكَ، وَإِنِ اجْتَمَعُوا عَلَى أَنْ يَضُرُّوكَ بِشَيْءٍ لَمْ يَضُرُّوكَ إلَّا بِشَيْءٍ قَدْ كَتَبَهُ اللَّهُ عَلَيْكَ؛ رُفِعَتِ الأَقْلَامُ، وَجَفَّتِ الصُّحُفُ». وَفِي رِوَايَةِ غَيْرِ التِّرْمِذِيِّ: «احْفَظِ اللهَ تَجِدْهُ أَمَامَكَ، تَعَرَّفْ إلَى اللهِ فِي الرَّخَاءِ يَعْرِفْكَ فِي الشِّدَّةِ، وَاعْلَمْ أَنَّ مَا أَخْطَأَكَ لَمْ يَكُنْ لِيُصِيبَكَ، وَمَا أَصَابَك لَمْ يَكُنْ لِيُخْطِئَكَ، وَاعْلَمْ أَنَّ النَّصْرَ مَعَ الصَّبْرِ، وَأَنْ الفَرَجَ مَعَ الكَرْبِ، وَأَنَّ مَعَ العُسْرِ يُسْرًا».

« At-Tirmidhi ak lòt moun te rapòte l. »
Sahih
Esplikasyon an

Ibn Abbas (se pou Allah satisfè avè l) fè konnen ke li te piti epi li tap monte ansanm ak Pwofèt la (lapè ak Benediksyon Allah sou li), epi li (lapè sou li) te di l konsa: Map aprann ou kèk bagay ke Allah ap fè yo itil ou: Respekte dwa Allah nan fè tout sa Li mande fè epi evite tout sa Li entèdi, yon fason pou Li jwenn ou nan obeyisans ak nan bon zèv, epi pou Li pa jwenn ou nan dezobeyisans ak peche. Si ou fè sa, rekonpans ou se Allah ap pwoteje ou kont malè nan lavi sa a ak nan lòt lavi a, epi lap pote ou sekou nan tout sa ou gen pou fè kèlkeswa kote ou ale. Epi si ou vle mande yon bagay, donk, se Allah sèlman ou dwe mande, paske se Li menm sèl ki reponn moun kap mande yo. Epi siw bezwen sekou (èd), pa chèche li nan men okenn lòt moun sof nan men Allah. Epi se pou ou gen yon lafwa ki san mank ke ou pap jwenn okenn byen, menm si tout moun sou tè a ta mete tèt yo ansanm pou fè ou jwenn li, esepte sa Allah te ekri pou ou; epi okenn mal pap rive ou, menm si tout moun sou tè a ta mete tèt yo ansanm pou fè ou mal, esepte sa Allah te deside sou ou. Epi bagay sa a, Allah te deja ekri li epi Li te planifye li daprè jan bon konprann (sajès) Li ak konesans Li mande sa, epi pa gen okenn chanjman nan sa Allah te ekri a. Epi an verite, moun ki veye sou kòmandman Allah yo lè li respekte lòd Li yo epi li evite sa Li entèdi yo; an verite, Allah (Glwa pou Li) kanpe devan sèvitè a, Li konnen nan ki sitiyasyon li ye, Li pote li sekou epi Li soutnil. Epi an verite, lè yon moun obeyi Allah nan moman byenfè, an verite, Allah prepare yon soulajman ak yon chemen soti pou li nan moman eprèv. Epi se pou chak sèvitè satisfè ak sa Allah deside pou li kòm byen ak mal. Nan mitan difikilte ak malè yo, sèvitè a dwe pran pasyans, paske an verite, pasyans se kle soulajman an. Epi an verite, lè traka yo vin pi grav, soulajman an ap soti nan Allah, epi an verite, lè difikilte rive, Allah ap fè fasilite swiv li aprè.

Pami benefis Hadith la

Enpòtans pou anseye timoun yo ak jèn yo matyè relijye yo, tankou linite Allah (Tawhid), bon fason viv (bon prensip moral ak konpòtman), ansanm ak lòt bagay ankò.

Rekonpans lan soti nan menm nati ak aksyon an.

Lòd poun konte sou Allah,pou nou mete tout konfyans nou nan Li sèlman san okenn lòt moun, epi Li se pi bon Pwotektè ak Gadyen (yo ka fè konfyans).

Kwè nan sa Allah deside ak sa Li planifye (Al-Qada wal-Qadr) epi aksepte sa, epi kwè Allah te deside tout bagay.

Moun ki neglije lòd Allah, Allah ap neglijel epi Li pap pwotejel.

Gwo bòn nouvèl la sèke si yon difikilte frape yon moun, se pou li tann soulajman.

Konsolasyon pou sèvitè a lè yon malè rive, ak pou yon byen li pèdi, li chita nan pawòl sa a: «Konnen byen, sa ki rivew la pa tap ka ratew, epi sa ki ratew la pat ka rive w». Konsa, premye fraz la se yon konsolasyon pou lè yon bagay moun pa renmen rive, epi dezyèm nan se yon konsolasyon pou yon byen li pèdi.

Referans yo.

Sounna At-Tirmidhi (4/ 284) (2516).

Plis (5)

التحفة الربانية في شرح الأربعين حديثًا النووية (ص42).

شرح الأربعين النووية.

لابن عثيمين (ص200).

فتح القوي المتين في شرح الأربعين وتتمة الخمسين.

للعباد (ص69).