Skip to content

Nenpòt moun ki imite yon pèp, li fè pati yo.

Bò kote Ibn Oumar (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Nenpòt moun ki imite yon pèp, li fè pati yo.».

«مَن تَشَبَّهَ بِقَوْمٍ فَهُوَ مِنْهُمْ».

Rapòte pa Abou Dawoud ak Ahmad
« Bon » ou « Byen »
Esplikasyon an

Pwofèt la (ke benediksyon Allah ak kè poze sou li) fè nou konnen ke nenpòt moun ki imite yon gwoup moun — kit se moun ki pa kwè, moun ki fè peche, oswa moun ki jis — lèl pran abitid fè bagay moun sa yo Abitye fè, tankou kwayans yo, fason yo adore, oswa koutim yo, li vin fè pati gwoup sa a. Paske, lè ou imite moun nan aparans ou, sa mennen ou pou ou imite yo nan sak nan kè ou. Pa gen dout, lefèt ke yon moun ap imite lòt moun, sa montre li admire yo, epi sa ka mennen li pou li renmen yo, onore yo, epi konte sou yo. Sa a ka trennen yon moun pou l rive imite yo menm nan sak nan kè li ak nan fason li adore — se pou Allah pwoteje nou kont sa!

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Yon avètisman pou nou pa imite moun ki pa kwè yo ak moun ki ap viv nan dezobeyisans (peche).

Yon ankourajman pou nou imite moun ki jis (moun ki mache dwat yo) epi pou nou pran egzanp sou yo.

Imitasyon nan aparans (sa ki deyò) kreye lanmou nan kè (sa ki anndan).

Yon moun ap resevwa chatiman ak peche daprè jan li imite a, ak kalite imitasyon an.

Yo entèdi pou nou imite moun ki pa kwè yo nan relijyon yo ak nan koutim ki espesifik pou yo. Kanta pou bagay ki pa nan kategori sa a, tankou aprann metye, teknoloji, ak lòt bagay konsa, yo pa antre nan entèdiksyon an.

Referans yo.

Sounna Abou Dawoud (6/ 144) (4031).

Mousnad Ahmad (9/ 126) (5115).

Plis (8)

توضيح الأحكام من بلوغ المرام.

للبسام (7/ 363).

منحة العلام في شرح بلوغ المرام.

لعبد الله الفوزان (10/ 157).

فتح ذي الجلال والاكرام بشرح بلوغ المرام.

لابن عثيمين (6/ 335).

مشكاة المصابيح.

للتبريزي (2/ 1246).