Moun ki sou monti (sou bèt , machine etc) a salye moun kap mache a, epi moun kap mache a salye moun ki chita a, epi moun ki mwens yo salye moun ki pi anpil yo
Daprè Abu Hurayrah (ke Allah satisfè avè l), li di: Mesaje Allah a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
"«Moun ki sou monti a salye moun kap mache a, epi moun kap mache a salye moun ki chita a, epi moun ki mwens yo salye moun ki pi anpil yo»." Epi daprè Al-Boukhari: «Moun ki pi piti a dwe salye moun ki pi gran an, moun kap pase a dwe salye moun ki chita a, epi gwoup ki gen mwens moun nan dwe salye gwoup ki gen plis moun nan.»
«يُسَلِّمُ الرَّاكِبُ عَلَى المَاشِي، وَالمَاشِي عَلَى القَاعِدِ، وَالقَلِيلُ عَلَى الكَثِيرِ». وَلِلبُخَارِي: «يُسَلِّمُ الصَّغِيرُ عَلَى الكَبِيرِ، وَالمَارُّ عَلَى القَاعِدِ، وَالقَلِيلُ عَلَى الكَثِيرِ».
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te anseye bon fason pou bay salitasyon lapè a pami moun yo: "Assalamou Alaykoum wa Rahmatoullahi wa Barakatouh" (Se pou lapè Allah, ak mizèrikòd li ak benediksyon li yo sou nou), Konsa, moun ki pi piti a bay moun ki pi gran an salam, moun ki sou monti a bay moun kap mache a salam, moun kap mache a bay moun ki chita a salam, epi gwoup ki gen mwens moun nan bay gwoup ki gen plis moun nan salam.
Li rekòmande pou fè salitasyon an daprè sa ki rapòte nan Adis la. Konsa, si moun kap mache a salye moun ki sou monti a, oswa nan nenpòt lòt ka pami sa ki te mansyone yo, sa pèmèt; men, li kontrè ak sa ki pi bon ak sa ki pi prefere a.
Gaye salam nan selon fason ki rapòte nan Hadith la se pami kòz ki mennen nan lanmou ak amoni.
Si yo nan menm nivo nan sa ki te mansyone yo, pi bon pami yo se moun ki kòmanse bay 'Salam' la.
Lalwa (Chari'a) sa a pafè nan eskplike tout sa moun yo bezwen.
Anseye règ bon konpòtman (mannyè) pou bay Salam (salye moun) epi bay chak moun ki gen dwa, dwa li.
Sahih Al-Bukhari (8/ 52) (6232).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 1703) (2160).
Plis (11)
كنوز رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (11/ 280).
بهجة الناظرين.
تأليف: سليم الهلالي (2/ 137).
نزهة المتقين.
مجموعة من الباحثين (1/ 666).
شرح رياض الصالحين.
لابن عثيمين (4/ 407).
منار القاري.
لحمزة قاسم (5/ 257).
الأدب النبوي (ص159).
Cited in books
4 BooksPlis (4)
- الحقيقة المُبْهِرَة في العلاقة بين الإسلام والإنسان(يسلم الصغير على الكبير، والمار على القاعد، والقليل على الكثير)[224].
- رياض الصالحينرياض الصالحين مع فوائد وهدايات - 5«يُسَلِّمُ الرَّاكبُ عَلَىٰ المَاشي، والمَاشي عَلَىٰ القَاعد، والقليلُ عَلَىٰ الكَثير».
- ما لا يسع أطفال المسلمين جهله«يُسَلِّمُ الرَّاكِبُ عَلَى المَاشِي، وَالمَاشِي عَلَى القَاعِدِ، وَالقَلِيلُ عَلَى الكَثِيرِ»[153].
- نبراس طالب (2)نبراس طالب (2) «يُسَلِّمُ الرَّاكِبُ عَلَى الْمَاشِي، وَالْمَاشِي عَلَى الْقَاعِدِ، وَالْقَلِيلُ عَلَى الْكَثِيرِ»