Skip to content

Moun Allah vle byen pou li a, li ba li bon konprann nan relijyon an.

Bò kote Mouawiya (ke Allah satisfè de li), li te di: Mwen te tande Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ap di:

«Moun Allah vle byen pou li a, li ba li bon konprann nan relijyon an, epi mwen se sèlman yon moun kap separe, e se Allah ki bay, epi Kominote sa a ap toujou kanpe fèm sou lòd Allah, moun ki opoze ak yo pap ka fè yo ditò, jiskaske lòd Allah la vini».

«مَنْ يُرِدِ اللهُ بِهِ خَيْرًا يُفَقِّهْهُ فِي الدِّينِ، وَإِنَّمَا أَنَا قَاسِمٌ، وَاللهُ يُعْطِي، وَلَنْ تَزَالَ هَذِهِ الْأُمَّةُ قَائِمَةً عَلَى أَمْرِ اللهِ، لَا يَضُرُّهُمْ مَنْ خَالَفَهُمْ، حَتَّى يَأْتِيَ أَمْرُ اللهِ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen ke moun Allah vle byen pou li a, li ba li bon konprann nan relijyon li menm ki sen anpil la, epi ke li menm (lapè ak benediksyon sou li) se yon distribitè ki pataje epi ki distribye sa Allah ki gen tout pouvwa a ba li kòm pwovizyon, konesans ak lòt bagay, epi ke Sila a ki bay tout bon an se Allah, kanta pou lòt yo, yo se sèlman mwayen ki pa gen pouvwa pou fè pèsonn byen eksepte avèk pèmisyon Allah, epi ke kominote sa a ap toujou rete kanpe fèm sou lòd Allah, moun ki opoze avèk yo pap ka fè yo mal, jiskaske Lè a rive.

Siyifikasyon mo yo

.....:

Pami benefis Hadith la

Grandè ak valè konesans relijye (syans Islamik), enpòtans pou moun aprann li, ak ankourajman ki genyen pou sa.

Kanpe pou laverite oblije egziste nan kominote sa a, donk si yon gwoup kitel, yon lòt ap fèl.

Gen bon konprann nan relijyon an se youn nan siy ki montre Allah Granmèt la vle byen pou sèvitè Li a.

Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) bay sèlman selon lòd Allah ak volonte Li, epi li pa gen okenn pouvwa sou anyen.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (1/ 25) (71).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (2/ 718) (1037).

Plis (8)

توضيح الأحكام من بلوغ المرام.

للبسام (7/ 485).

منحة العلام في شرح بلوغ المرام.

لعبد الله الفوزان (10/ 324).

فتح ذي الجلال والإكرام.

لابن عثيمين (6/ 424).

سبل السلام بشرح بلوغ المرام.

للصنعاني (2/ 688).