Skip to content

"Pèsonn nan nou pap gen lafwa, jiskaske li renmen pou frèl sa li renmen pou pwòp tèt li."

Daprè Abu Hamza Anas ibn Malik, ke Allah satisfè avèk li ,sèvitè Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) , daprè Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di:

«Pèsonn nan nou pap gen lafwa jiskaske li renmen pou frèl sa li renmen pou pwòp tèt li.»

«لاَ يُؤْمِنُ أَحَدُكُمْ، حَتَّى يُحِبَّ لِأَخِيهِ مَا يُحِبُّ لِنَفْسِهِ»

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la, lapè ak benediksyon Allah sou li, montre aklè ke pèsonn pami mizilman yo pap gen lafwa ki konplè jiskaske li renmen pou frè li sa li renmen pou pwòp tèt li nan zak obeyisans yo ak nan tout kalite sa ki byen nan relijyon an ak nan lavi sou latè, epi li rayi pou li sa li rayi pou pwòp tèt li. Konsa, si li wè yon feblès nan relijyon frè mizilman li a, li fè efò pou li korije sa, epi si li wè sa ki byen nan li, li oryante li epi li ede li, epi li ba li konsèy nan zafè relijyon li oswa lavi li.

Pami benefis Hadith la

Obligasyon pou yon moun renmen pou frèl sa li renmen pou tèt pal; paske lefètke lafwa yon moun pa konplè si li pa renmen pou frèl sal renmen pou tèt pa li, sa montre obligasyon sa a.

Fratènite nan Allah pi wo pase fratènite fanmi (moun ki menm san ak ou), kidonk dwa li pi obligatwa.

Entèdiksyon tout sa ki kontrè ak lanmou sa a, kit se nan pawòl oswa nan aksyon, tankou twonpri, medizans, jalouzi, ak nenpòt agresyon sou lavi yon Mizilman, sou byen li,oswa sou onè l.

Sèvi ak kèk mo ki ankouraje moun fè aksyon an, poutèt li te itilize fraz "pou frèl la" . »

Al-Kermani (ke Allah fèl mizèrikòd) te di: Epi sa fè pati lafwa tou pou li rayi pou frè li sa li rayi pou pwòp tèt li nan sa ki mal, epi li pa te mansyone sa; paske renmen yon bagay egzije rayi opoze li, kidonk li pa sitel klèman paske sa te sifi.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (1/ 12) (13).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 67) (45).

Plis (23)

التحفة الربانية في شرح الأربعين حديثًا النووية.

مطبعة دار نشر الثقافة.

الإسكندرية.

الطبعة: الأولى.

1380 هـ.

شرح الأربعين النووية.

للشيخ ابن عثيمين.

دار الثريا للنشر.

فتح القوي المتين في شرح الأربعين وتتمة الخمسين.

دار ابن القيم.

الدمام المملكة العربية السعودية.

الطبعة: الأولى.

1424هـ/2003م.

الفوائد المستنبطة من الأربعين النووية.

للشيخ عبد الرحمن البراك.

دار التوحيد للنشر.

الرياض.

الأحاديث الأربعون النووية وعليها الشرح الموجز المفيد.

لعبد الله بن صالح المحسن.

نشر: الجامعة الإسلامية.

المدينة المنورة.

الطبعة: الثالثة.

404هـ/1984م.