Skip to content

Mizilman an gen 5 dwa sou yon lòt Mizilman: reponn salitasyon an, vizite malad la, akonpaye fineray la, reponn envitasyon an, ak swete byen pou moun ki estènye a.

Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè avè l), li te di: Mwen te tande Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) di:

«Dwa yon mizilman genyen sou yon lòt mizilman se 5: reponn salitasyon an, vizite moun malad, swiv fineray yo, aksepte envitasyon, epi beni moun ki etènye a.»

«حَقُّ الْمُسْلِمِ عَلَى الْمُسْلِمِ خَمْسٌ: رَدُّ السَّلَامِ، وَعِيَادَةُ الْمَرِيضِ، وَاتِّبَاعُ الْجَنَائِزِ، وَإِجَابَةُ الدَّعْوَةِ، وَتَشْمِيتُ الْعَاطِسِ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) esplike klè kèk nan dwa yon mizilman sou frè mizilman li, Premye nan dwa sa yo se reponn 'Salam' (salitasyon) bay moun ki ba ou 'Salam' nan. Dezyèm dwa a: Vizite moun ki malad epi rann li vizit. Twazyèm dwa a: Akonpanye Janazah la(fineray ) soti lakay li pou ale kote yap lapriyè a, epi ale nan simityè a jiskaske yo antere li. Katriyèm dwa a: Reponn envitasyon an si li envitel nan yon fèt (resepsyon) maryaj oswa nan lòt okazyon ankò. Senkyèm dwa a: Reponn moun ki estènen an, ki se pou li di l lè li fè lwanj pou Allah: Se pou Allah fè ou mizèrikòd, aprèsa, moun ki estènen an di: Se pou Allah gide nou epi ranje sitiyasyon nou.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Grandè Islam nan konfime dwa yo nan mitan Mizilman yo, epi ranfòse fratènite ak lanmou nan mitan yo.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (2/ 71) (1240).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 1704) (2162).

Plis (10)

كنوز رياض الصالحين.

لمجموعة من الباحثين (4/ 512).

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم الهلالي (1/ 327).

نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.

مجموعة من الباحثين (1/ 253).

شرح رياض الصالحين.

لابن عثيمين (2/ 591).

بهجة قلوب الأبرار.

لابن سعدي (ص81).