Skip to content

Moun ki gen mizèrikòd yo, Sila ki gen anpil bonte a ap gen mizèrikòd pou yo. Gen mizèrikòd pou moun ki sou tè a, Sila ki nan syèl la ap gen mizèrikòd pou nou.

Daprè Abdoullah ibn Amr (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

"Moun ki gen mizèrikòd yo, Sila ki gen anpil bonte a ap gen mizèrikòd pou yo. Gen mizèrikòd pou moun ki sou tè a, Sila ki nan syèl la ap gen mizèrikòd pou nou."

«الرَّاحِمُونَ يَرْحَمُهمُ الرَّحمنُ، ارحَمُوا أهلَ الأرضِ يَرْحْمْكُم مَن في السّماء».

Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi ak Ahmad.
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) esplike aklè ke moun ki gen mizèrikòd pou lòt moun yo, Sila ki gen anpil bonte a ap gen mizèrikòd pou yo avèk mizèrikòd Li a ki kouvri tout sa ki egziste nèt; kòm yon rekonpans ki jis. Aprèsa, li (kè poze ak benediksyon Allah sou li) te kòmande pou gen mizèrikòd pou tout sa ki sou tè a nèt, kit se lèzòm, oswa zannimo, oswa zwazo, osinon nenpòt lòt nan tout kalite kreyati yo. Epi rekonpans pou sa a, se pou Allah soti anwo syèl Li yo gen mizèrikòd pou nou.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Relijyon Islam se relijyon kè sansib, epi li chita nèt sou obeyi Allah ak fè byen ak kreyati yo.

Allah, Toupwisan an, genyen kalite mizèrikòd la, epi se Li menm, ki sen an, Sila ki gen yon pitye ki san limit, Sila ki gen anpil mizèrikòd, ki fè mizèrikòd la rive jwenn sèvitè li yo.

Rekonpans lan se nan menm nati ak aksyon an, kidonk moun ki gen yon kè sansib (mizèrikòd) yo, Allah ap gen yon kè sansib (mizèrikòd) pou yo.

Referans yo.

Sounna Abou Dawoud (7/ 297) (4941).

Sounna At-Tirmidhi (3/ 483) (1924).

Plis (7)

مسند أحمد ط الرسالة (11/ 33) (6494).

تحفة الأحوذي بشرح جامع الترمذي.

لمحمد المباركفورى (6/ 43).

سلسلة الأحاديث الصحيحة وشيء من فقهها وفوائدها.

للألباني (2/ 594).

معارج القبول بشرح سلم الوصول إلى علم الأصول.

حافظ الحكمي (1/ 156).