Skip to content

Allah pa aksepte lapriyè okenn nan nou si li nan eta enpite (salte), toutotan li pa fè ablisyon (Woudou).

Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Allah pa aksepte lapriyè okenn nan nou si li nan eta enpite (salte), toutotan li pa fè ablisyon (Woudou).»

«لَا يَقْبَلُ اللهُ صَلَاةَ أَحَدِكُمْ إِذَا أَحْدَثَ حَتَّى يَتَوَضَّأَ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) eksplike ke pami kondisyon pou validite lapriyè a se: pirifikasyon an. Donk, li obligatwa pou nenpòt moun ki vle akonpli lapriyè a pou li fè ablisyon, sil te fè yon bagay ki fèl pèdi ablisyon an; tankou poupou, pipi, dòmi, oswa lòt bagay ankò.

Siyifikasyon mo yo

لا يقبَل: لا يعتبر ولا يعتد.

Pami benefis Hadith la

Lapriyè yon moun ki nan eta enpwòpte pa aksepte jiskaske li pwòp nèt: li dwe benyen nèt ale (Ghusl) pou gwo Salte a, epi fè woudou pou ti salte a.

Woudou a se pran dlo, vire li anndan bouch la epi krache l, aprèsa rale dlo anndan nen li avèk souf li, aprèsa fèl soti epi souflel deyò, aprèsa lave figi li 3 fwa, aprèsa lave 2 men li yo rive jis nan koud bra yo 3 fwa, aprèsa pase men mouye sou tout tèt li yon sèl fwa, aprèsa lave 2 pye li yo rive jis nan zo jwenti pye yo 3 fwa.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (9/ 23) (6954).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 204) (225).

Plis (4)

تيسير العلام شرح عمدة الأحكام.

للبسام (ص17).

تنبيه الأفهام شرح عمدة الأحكام.

لابن عثيمين (1/ 11).