"Tout aksyon depann entansyon ki dèyè yo, epi chak moun ap jwenn rekonpans selon sa li te gen nan entansyon li."
Daprè Kòmandan kwayan yo, Abou Hafs, Omar ibn Al-Khattab (Se pou Allah satisfè avèk li), li te di: mwen te tande Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ki tap di:
«Tout aksyon depann entansyon ki dèyè yo, epi chak moun ap jwenn rekonpans selon sa li te gen nan entansyon li, kidonk nenpòt moun ki fè Hijrah li pou Allah ak Mesaje Li a, Hijrah li a se vè Allah ak Mesaje Li a, epi nenpòt moun ki fè Hijrah li pou yon byen nan mond sa a li vle jwenn, oswa pou yon fanm li vle marye, Hijrah li a se vè sa li te deplase pou li a».
«إنَّمَا الأَعْمَالُ بِالنِّيَّاتِ، وَإِنَّمَا لِكُلِّ امْرِئٍ مَا نَوَى، فَمَنْ كَانَتْ هِجْرَتُهُ إلَى اللَّهِ وَرَسُولِهِ فَهِجْرَتُهُ إلَى اللَّهِ وَرَسُولِهِ، وَمَنْ كَانَتْ هِجْرَتُهُ لِدُنْيَا يُصِيبُهَا أَوْ امْرَأَةٍ يَنْكِحُهَا فَهِجْرَتُهُ إلَى مَا هَاجَرَ إلَيْهِ».
Pwofèt la (kè poze ak benediksyon Allah sou li) eksplike ke tout aksyon depann entansyon ki dèyè yo, epi règ sa a jeneral pou tout aksyon, pami zak adorasyon yo ak tranzaksyon yo. Kidonk nenpòt moun ki gen nan entansyon li yon benefis atravè aksyon li, li pap jwenn anyen eksepte benefis sa a epi li pap gen okenn rekonpans. Epi nenpòt moun ki gen nan entansyon li vin pi pwòch Allah ki Trèwo a atravè aksyon li, lap jwenn rekonpans pou aksyon li a, menmsi se te yon aksyon òdinè, tankou manje ak bwè. Aprèsa, Pwofèt la (se pou Lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te bay yon egzanp pou montre efè entansyon genyen sou aksyon yo, menm lè yo parèt menm jan an sou deyò. Li eksplike ke nenpòt moun ki fè Hijrah li epi li kite peyi kote lap viv la avèk entansyon pou li chèche fè Seyè li plezi, Hijrah li a se yon Hijrah legal ki aksepte, epi lap jwenn rekonpans pou li akòz senserite nan entansyon li an. Men, nenpòt moun ki fè Hijrah li pou yon byen nan mond sa a li vle jwenn, tankou lajan, pou li fè non, komès, oswa pou yon madanm li vle marye; li pap jwenn anyen nan Hijrah li a eksepte byen sa a li te gen nan entansyon li an, epi li pap gen okenn pati nan rekonpans lan.
Ankourajman pou gen senserite, paske Allah pa aksepte okenn aksyon sof sa ki fèt ak sèl entansyon pou fè Li plezi.
Aksyon yo ki fèt pou pwoche pi prè Allah (ki gen tout fòs ak tout glwa), si yon moun fè yo kòm yon abitid, li pa jwenn okenn rekonpans pou yo, jiskaske li gen entansyon pwoche pi prè Allah avèk yo.
Se entansyon an ki fè diferans ant yon adorasyon ak yon lòt, epi tou ant zak adorasyon yo ak abitid yo.
Sahih Al-Bukhari (9/ 22) (6953).
(1/ 6) (1).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (3/ 1515) (1907).
Plis (8)
التحفة الربانية في شرح الأربعين حديثًا النووية (ص5).
شرح الأربعين النووية.
لابن عثيمين (ص5).
فتح القوي المتين في شرح الأربعين وتتمة الخمسين.
للعباد (ص8).
شرح النووي على مسلم (13/ 54).
تاج العروس من جواهر القاموس.
للزبيدي (7/ 196).
Cited in books
4 BooksPlis (4)
- العلم الواجب بدون فقه وبدون زيادات1عَنْ عُمَرَ بْنِ الْخَطَّابِ -رَضِي اللَّهُ عَنْهُ- قَالَ: سَمِعْتُ رَسُولَ اللَّهِ -صَلَّى اللَّهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ- يَقُولُ: (إِنَّمَا الأَعْمَالُ بِالنِّيَّاتِ، وَإِنَّمَا لِكُلِّ امْرِئٍ مَّا نَوَى، فَمَن كَانَتْ هِجْرَتُهُ إِلَى الله
- شرح الأربعين النووية«إنَّمَا الْأَعْمَالُ بِالنِّيَّاتِ، وَإِنَّمَا لِكُلِّ امْرِئٍ مَا نَوَى فَمَنْ كَانَتْ هِجْرَتُهُ إلَى اللَّهِ وَرَسُولِهِ فَهِجْرَتُهُ إلَى اللَّهِ وَرَسُولِهِ، وَمَنْ كَانَتْ هِجْرَتُهُ لِدُنْيَا يُصِيبُهَا أَوْ امْرَأَةٍ يَنْكِحُهَا فَ
- ما لا يسع أطفال المسلمين جهله«إِنَّمَا الأَعْمَالُ بِالنِّيَّاتِ، وَإِنَّمَا لِكُلِّ امْرِئٍ مَا نَوَى، فَمَنْ كَانَتْ هِجْرَتُهُ إِلَى اللَّهِ وَرَسُولِهِ؛ فَهِجْرَتُهُ إِلَى اللَّهِ وَرَسُولِهِ، وَمَنْ كَانَتْ هِجْرَتُهُ لِدُنْيَا يُصِيبُهَا، أَوِ امْرَأَةٍ يَنْكِحُه
- مجموعة زاد الحديث (1)الحديث 1«فَمَنْ كَانَتْ هِجْرَتُهُ إِلَى الله وَرَسُولِهِ فَهجْرَتُهُ إلى الله ورسوله»