Skip to content

Moun ki koupe relasyon ak fanmi li pap antre nan paradi.

Daprè Jubayr ibn Mut'im (ke Allah satisfè avèk li), ke li te tande Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) di:

«Moun ki koupe relasyon ak fanmil pap janm antre nan Paradi a.»

«لَا يَدْخُلُ الْجَنَّةَ قَاطِعُ رَحِمٍ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (ke benediksyon Allah ak kè poze sou li) fè nou konnen: nenpòt moun ki vire do bay fanmil lè yo bezwen li, oswa ki fè yo mal, se yon moun ki pa merite antre nan paradi.

Siyifikasyon mo yo

.....:

Pami benefis Hadith la

Koupe relasyon ak fanmi se yon gwo peche pami pi gwo peche yo.

Kenbe bon relasyon ak fanmi fèt selon sa moun abitye fè, kidonk sa varye selon kote yo, epòk yo, ak moun yo.

Kenbe bon relasyon ak fanmi fèt nan vizite yo, ba yo charite, fè sa ki byen pou yo, vizite moun malad yo, pase yo lòd pou yo fè sa ki byen, entèdi yo fè sa ki mal, ak lòt bagay ankò.

Plis relasyon an sere ant moun yo, se plis sa vin yon gwo peche lè youn koupe relasyon ak lòt

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 1981) (2556).

Sahih Al-Bukhari (8/ 5) (5984).

Plis (5)

شرح النووي على مسلم (16/ 113).

منحة العلام في شرح بلوغ المرام.

لعبد الله الفوزان (10/ 90).

فتح ذي الجلال والإكرام بشرح بلوغ المرام.

لابن عثيمين (6/ 277).