Skip to content

Kite yo tou 2, paske mwen te mete yo pandan yo tou 2 te pirifye

Daprè Al-Moughirah (ke Allah satisfè avèk li), li te di:

Mwen te avèk Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) nan yon vwayaj, konsa mwen te bese poum retire chosèt an kwi li yo, epi li te di: «Kite yo tou 2, paske mwen te mete yo pandan yo tou 2 te pirifye». Epi li te pase men sou yo.

كُنْتُ مَعَ النَّبِيِّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ فِي سَفَرٍ، فَأَهْوَيْتُ لِأَنْزِعَ خُفَّيْهِ، فَقَالَ: «دَعْهُمَا، فَإِنِّي أَدْخَلْتُهُمَا طَاهِرَتَيْنِ» فَمَسَحَ عَلَيْهِمَا.

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) te nan youn nan vwayaj li yo, epi li te pran dlo (fè ablisyon), Epi lè li te rive nan lave 2 pye yo, Mughira ibn Shu'bah (se pou Allah satisfè avèk li) te lonje 2 men li yo pou retire chosèt kwi ki te nan pye Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li), poul te ka lave 2 pye li yo! Epi Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: Kite yo tou 2 epi pa retire yo, paske mwen te mete pyem yo nan chosèt an kwi yo pandan mwen te pirifye, Epi Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) te pase men mouye sou 2 chosèt li yo nan plas lave 2 pye li yo.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Li otorize pou yon moun pase men mouye sou bòt li (oswa chosèt li) lè lap fè woudou pou yon salte minè, men kanta pou lè lap lave tout kò li pou yon Gwo Salte, li oblije lave 2 pyel yo.

Pase men an fèt yon sèl fwa, lè li pase men mouye sou tèt soulye an kwi a, san li pa pase anba li.

Pou moun pase men sou 2 chosèt yo, fòk yo te mete yo aprè yon woudou konplè kote yo te lave pye yo ak dlo, fòk chosèt la pwòp epil kouvri pati pye a ki obligatwa pou yo lave nan woudou a, fòk eswiyan an fèt nan ka yon ti salte epi se pa pou janaba oswa sa ki mande benyen konplè, epi fòk li fèt nan delè ki fikse a: yon jou ak yon nwit pou moun ki lakay li, ak 3 jou ak 3 nwit pou vwayajè a.

Tout sa ki kouvri 2 pye yo pami chosèt ak lòt bagay, yo pran menm prensip ak soulye an kwi yo, konsa li pèmèt pou moun pase men mouye sou yo.

Bon konpòtman Pwofèt la (lapè ak Benediksyon Allah sou li) ak ansèyman li, lè li te anpeche Al-Mughirah retire yo, epi li te eksplikel rezon an: se paske li te mete yo pandan li te nan eta pirifikasyon; pou kèl te ka poze, epi poul te ka konnen règleman an.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (1/ 52) (206).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 230) (274).

Plis (6)

تيسير العلام شرح عمدة الأحكام.

لعبد الله البسام (ص50).

الإلمام بشرح عمدة الأحكام.

لإسماعيل الأنصاري (1/ 36).

خلاصة الكلام شرح عمدة الأحكام.

لفيصل آل مبارك (ص27).