Skip to content

Islam se lè ou sètifye pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon sof Allah, epi Muhammad se mesaje Allah, ou fè lapriyè yo regilyèman, ou bay lacharite obligatwa a (Zakat), ou fè jèn nan mwa Ramadan an, epi ou fè pelerinaj nan Kay la (Hadj) si ou gen mwayen pou sa

Bò kote Omar ibn al-Khattab (Se pou Allah satisfè de li), li te di:

Yon jou, pandan nou te chita bò kote Mesaje Allah a (kè poze ak benediksyon Allah sou li), gen yon mesye ki parèt devan nou. Rad li te blan anpil, epi chevel te nwa anpil. Pat gen okenn mak sou li ki montrel tap soti nan vwayaj, epi pèsonn nan nou pat konnen li avan sa . Li avanse jouk li chita devan Pwofèt la (kè poze ak benediksyon Allah sou li). Li kole 2 jenoul ak jenou Pwofèt la, epi li poze 2 pla men li sou pwòp kwis li. Li di : — « O Muhammad, fèm konnen kisa Islam ye. » Mesaje Allah a (kè poze ak benediksyon Allah sou li) reponn : — « Islam se pouw temwaye pa gen lòt dye Sèlman Allah, epi Muhammad se mesaje Allah ; se pouw akonpli lapriyè ; bay Zakat la ; fè jèn nan mwa Ramadan ; epi fè pelerinaj nan Kay la si mw gen mwayen pouw fè wout la. » Mesye a di : — « Ou di verite. » (Oumar kap rakonte a di : Sa te fè nou sezi wè lap poze li kesyon epi lap konfime repons lan anmenmtan.) Aprèsa li di ankò : — « Fè m konnen kisa Imaan (Lafwa) ye. » Pwofèt la reponn : — « Se pouw kwè nan Allah, nan zanj Li yo, nan liv Li yo, nan mesaje li yo, nan Dènye Jou a, epi pouw kwè nan desten an, kit li pote sa ki byen, kit li pote sa ki mal. » Mesye a di ankò : — « Ou di verite. Fè m konnen kisa Ihsan (Ekselans) ye. » Pwofèt la reponn : — « Se pouw adore Allah kòmsi wap wè li, paske menm siw pa wèl, Li menm Li wè w. » Li di ankò : — « Fè m konnen ki lè Jou Jijman an ap rive. » Pwofèt la reponn : — « Moun yap poze kesyon an pa konn plis pase moun kap poze kesyon an. » Li di : — « Enben, fèm konnen ki siy kap anonsel » Pwofèt la reponn : — « Se lè sèvant lan ap fè pitit ki pral tounen mèt li, epi lèw wè moun kap mache pye atè, ki toutouni, ki pòv, ki tap gade mouton, ap fè konpetisyon pou bati gwo bilding ki byen wo. » Aprèsa Mesye a ale. Mwen (Oumar) te rete la yon bon ti tan. Aprèsa Pwofèt la dim : — « O Oumar, èskew konnen kiyès ki tap poze kesyon yo ? » Mwen reponn : — « Allah ak Mesajel la konnen pi byen. » Pwofèt la di : — « Se te Jibril (Zanj Gabriyèl), li te vin jwenn nou poul moutre nou relijyon nou an. »

بَيْنَمَا نَحْنُ عِنْدَ رَسُولِ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ ذَاتَ يَوْمٍ إِذْ طَلَعَ عَلَيْنَا رَجُلٌ شَدِيدُ بَيَاضِ الثِّيَابِ، شَدِيدُ سَوَادِ الشَّعَرِ، لَا يُرَى عَلَيْهِ أَثَرُ السَّفَرِ، وَلَا يَعْرِفُهُ مِنَّا أَحَدٌ، حَتَّى جَلَسَ إِلَى النَّبِيِّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ، فَأَسْنَدَ رُكْبَتَيْهِ إِلَى رُكْبَتَيْهِ، وَوَضَعَ كَفَّيْهِ عَلَى فَخِذَيْهِ، وَقَالَ: يَا مُحَمَّدُ، أَخْبِرْنِي عَنِ الْإِسْلَامِ، فَقَالَ رَسُولُ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ: «الْإِسْلَامُ أَنْ تَشْهَدَ أَنْ لَا إِلَهَ إِلَّا اللهُ، وَأَنَّ مُحَمَّدًا رَسُولُ اللهِ، وَتُقِيمَ الصَّلَاةَ، وَتُؤْتِيَ الزَّكَاةَ، وَتَصُومَ رَمَضَانَ، وَتَحُجَّ الْبَيْتَ إِنِ اسْتَطَعْتَ إِلَيْهِ سَبِيلًا» قَالَ: صَدَقْتَ، قَالَ: فَعَجِبْنَا لَهُ، يَسْأَلُهُ وَيُصَدِّقُهُ، قَالَ: فَأَخْبِرْنِي عَنِ الْإِيمَانِ، قَالَ: «أَنْ تُؤْمِنَ بِاللهِ، وَمَلَائِكَتِهِ، وَكُتُبِهِ، وَرُسُلِهِ، وَالْيَوْمِ الْآخِرِ، وَتُؤْمِنَ بِالْقَدَرِ خَيْرِهِ وَشَرِّهِ» قَالَ: صَدَقْتَ، قَالَ: فَأَخْبِرْنِي عَنِ الْإِحْسَانِ، قَالَ: «أَنْ تَعْبُدَ اللهَ كَأَنَّكَ تَرَاهُ، فَإِنْ لَمْ تَكُنْ تَرَاهُ فَإِنَّهُ يَرَاكَ» قَالَ: فَأَخْبِرْنِي عَنِ السَّاعَةِ، قَالَ: «مَا الْمَسْؤُولُ عَنْهَا بِأَعْلَمَ مِنَ السَّائِلِ» قَالَ: فَأَخْبِرْنِي عَنْ أَمَارَتِهَا، قَالَ: «أَنْ تَلِدَ الْأَمَةُ رَبَّتَهَا، وَأَنْ تَرَى الْحُفَاةَ الْعُرَاةَ الْعَالَةَ رِعَاءَ الشَّاءِ يَتَطَاوَلُونَ فِي الْبُنْيَانِ» قَالَ: ثُمَّ انْطَلَقَ، فَلَبِثْتُ مَلِيًّا ثُمَّ قَالَ لِي: «يَا عُمَرُ، أَتَدْرِي مَنِ السَّائِلُ؟» قُلْتُ: اللهُ وَرَسُولُهُ أَعْلَمُ، قَالَ: «فَإِنَّهُ جِبْرِيلُ، أَتَاكُمْ يُعَلِّمُكُمْ دِينَكُمْ».

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Oumar ibn Al-Khattab (ke Allah satisfè ak li) fè konnen Jibril (kè poze sou li) te parèt devan Konpanyon yo sou fòm yon mesye okenn nan yo pa te konnen. Pami karakteristik li te genyen, rad li te blan anpil, epi chevel te nwa anpil. Pa te gen pyès tras vwayaj sou li kote moun ta ka wè siy fatig, pousyè, cheve gaye, oubyen rad sal. E pèsonn nan moun ki te prezan yo pat rekonèt li. Pandan yo te chita bò kote Pwofèt la (kè poze ak benediksyon Allah sou li), li vin chita devan Pwofèt la nan pozisyon yon moun kap aprann (yon elèv). Aprèsa , li pozel kesyon sou Islam, epi Pwofèt la reponn li pandan li site poto mitan sa yo ki gen ladan yo : deklare 2 atestasyon yo, akonpli regilyèman 5 lapriyè yo, bay Zakat la bay moun ki gen dwa jwenn li yo, fè jèn mwa Ramadan an, epi akonpli obligasyon Pelerinaj la (Hajj) pou moun ki gen kapasite a. Moun ki t ap poze kesyon an reponn li : "Ou di verite." Konpanyon yo te twouve sa vrèman dwòl (yo te etone) wè lap poze yon kesyon ki, daprè sak parèt, montre li pat konnen, epoutan se li menm ankò ki vin konfime sak di a se laverite. Aprèsa ,li pozel kesyon sou Imaan (Lafwa) an. Pwofèt la reponn li pandan lap bay 6 poto mitan sa yo ki gen ladan yo : kwè nan egzistans Allah (Trèwo a) ansanm ak kaliteL yo, kwè Li se sèl Kreyatè a ki fè aksyon yo, epi se Li sèl ki merite adorasyon ; kwè zanj Allah te kreye ak limyè yo se sèvitè ki gen anpil onè, ki pa janm dezobeyi Allah (Trèwo a) epi kap aji sèlman sou lòd Li ; kwè nan Liv Allah te fè desann bay Mesaje yo tankou Koran an, Tora a (Tawrat), Levanjil la (Injil) ansanm ak lòt yo ankò ; kwè nan Mesaje yo ki te vin transmèt relijyon Allah a, pami yo gen Nuh (Noye), Ibrahim (Abraram), Musa (Moyiz), Isa (Jezi), ak dènye a ki se Muhammad (kè poze ak benediksyon Allah poze sou yo tout), ansanm ak tout lòt Pwofèt ak Mesaje yo ; kwè nan Dènye Jou a, ki anglobe tout sa kap pase aprè lanmò tankou etap nan tonbo a ak lavi tranzisyon an (Barzakh), ansanm ak kwè yap resisite moun aprè yo fin mouri pou yo rann kont pou aksyon yo, kote yap fini swa nan Paradi, swa nan dife Lanfè ; epi finalman, kwè Allah te dekrete tout bagay (Desten an) alavans daprè konesans Li te toujou genyen an ak sajès Li, Li te ekri yo, Li te vle yo fèt, epi tout bagay reyalize ekzakteman jan Li te destine yo epi kreye yo a. Aprèsa , li pozel kesyon sou Ihsan (Ekselans lan). Pwofèt la fè li konnen Ihsan se pou adore Allah kòmsi wap wèl. Men, siw pa rive atenn nivo sa a, enben se pouw adore Allah (Trèwo a) ak konsyans se Li menm kap gadew. Premye a se nivo "Mouchahada" (kote wap obsève a), epi se li ki pi wo a ; dezyèm nan se nivo "Mouraqaba" (kotew konnen yap veyew la). Aprèsa, li mandel: Kilè Lè a ap rive? Pwofèt la (salla Allahu alayhi wa sallam) te eksplike ke konesans sou Lè a se yon bagay Allah kenbe pou Li sèl, konsa pa gen pèsonn pami kreyati yo ki konnen sa, ni moun yo poze kesyon sou li a, ni moun ki poze kesyon an. Aprèsa , li pozel kesyon sou siy kap anonse Lè a ? Pwofèt la esplikel pami siy yo, ap gen anpil sèvant ansanm ak pitit yo, oubyen ap gen anpil pitit kap fè gwo dezobeyisans ak manman yo, kote yap trete yo menm jan yo trete yon sèvant (esklav). Li esplikel tou, richès sou latè pral vide an kantite pou moun pòv yo ansanm ak gadò mouton yo nan fen tan yo, kote yo pral tonbe nan fè konpetisyon ak vante tèt yo nan dekore epi bati gwo bilding ki byen wo. Aprèsa, Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di ke moun ki te poze kesyon an se te Jibril, ki te vin pou anseye konpayon yo relijyon dwat sa a.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Bon moralite Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), ak lefètke li te konn chita avèk konpanyon li yo, epi yo te konn chita bò kote l.

Li rekòmande pou nou aji ak dousè avèk moun kap poze kesyon an, epi fèl pwoche pi prèw pou li kapab poze kesyon an san li pa santi l jennen, ni san li pa pè.

Bon jan konpòtman ak pwofesè a, menm jan Jibril (ke lapè sou li) te fè a, kote li te chita devan Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) tankou yon moun ki gen bon konpòtman pou li te ka aprann nan men li.

Pilye Islam yo se 5, epi pilye Lafwa (Iman) yo se 6.

Lè Islam ak Lafwa reyini ansanm, yo eksplike Islam ak sa ki parèt deyò (aksyon vizib yo), epi Lafwa ak sa ki anndan (nan fon kè a).

Eksplikasyon ki montre relijyon an gen diferan nivo (degre), kidonk premye nivo a: Islām (Soumisyon), dezyèm nan: Imān (Lafwa), epi twazyèm nan: -Ihsān (Pèfeksyon), epi se li menm ki pi wo a.

Prensip de baz pou yon moun kap poze yon kesyon, se mank konesans ; epi se inyorans (lefètkel pa konnen) ki pouse li poze kesyon an. Se pou rezon sa a, Konpanyon yo te etone anpil wè lap poze kesyon, epi anmenmtan lap konfime repons lan.

Kòmanse ak sak pi enpòtan an dabò, aprèsa ou pran lòt ki swiv li a ; se poutèt sa li te kòmanse ak 2 atestasyon yo lèl tap bay eksplikasyon sou Islam nan, epi li te kòmanse ak kwè nan Allah lèl tap bay eksplikasyon sou Lafwa a.

Poze moun ki gen konesans yo (savan yo) kesyon sou yon bagay moun kap mande a deja konnen, dekwa poul ka fè lòt moun yo aprann.

Konesans sou Jijman Dènye a fè pati sa Allah rezève pou konesans Li sèlman.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 36) (8).

Plis (9)

التحفة الربانية في شرح الأربعين حديثا النووية (ص7).

شرح الأربعين النووية.

لابن عثيمين (ص19).

فتح القوي المتين في شرح الأربعين وتتمة الخمسين.

للعباد (ص15).

الأحاديث الأربعون النووية وعليها الشرح الموجز المفيد.

لعبد الله المحسن (ص7).

تاج العروس من جواهر القاموس.

للزبيدي (2/ 460).