Nenpòt moun ki soulaje yon kwayan nan yon gwo pwoblèm lavi a, Allah ap soulaje li nan yon gwo pwoblèm jou jijman an.
Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè avè l), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
« Nenpòt moun ki soulaje yon kwayan nan yon gwo pwoblèm lavi a, Allah ap soulaje li nan yon gwo pwoblèm jou jijman an. Nenpòt moun ki fasilite lavi yon moun ki nan bezwen, Allah ap fasilite lavi pal nan mond sa a ak nan lòt mond lan. Nenpòt moun ki kouvri defo yon mizilman, Allah ap kouvri defo pa li nan mond sa a ak nan lòt mond lan. Allah ap ede sèvitè a toutotan sèvitè a ap ede frèl. Nenpòt moun ki pran yon chemen pou li chèche konesans, Allah ap fasilite pou li chemen ki mennen nan paradi a. Pa gen yon gwoup moun ki reyini nan youn nan kay Allah yo, kap resite liv la epi kap etidyel ansanm, san lapè (sekirite nan kè) pa desann sou yo, san pitye Senyè toupwisan an pa kouvri yo, san zanj Allah yo pa antoure yo, epi Allah pa mansyone yo devan zanj ki bò kotel yo. Nenpòt moun aksyon li yo ralanti, relasyon fanmi li (oswa orijin li) pap fèl avanse pi vit. »
«مَنْ نَفَّسَ عَنْ مُؤْمِنٍ كُرْبَةً مِنْ كُرَبِ الدُّنْيَا نَفَّسَ اللهُ عَنْهُ كُرْبَةً مِنْ كُرَبِ يَوْمِ الْقِيَامَةِ، وَمَنْ يَسَّرَ عَلَى مُعْسِرٍ يَسَّرَ اللهُ عَلَيْهِ فِي الدُّنْيَا وَالْآخِرَةِ، وَمَنْ سَتَرَ مُسْلِمًا سَتَرَهُ اللهُ فِي الدُّنْيَا وَالْآخِرَةِ، وَاللهُ فِي عَوْنِ الْعَبْدِ مَا كَانَ الْعَبْدُ فِي عَوْنِ أَخِيهِ، وَمَنْ سَلَكَ طَرِيقًا يَلْتَمِسُ فِيهِ عِلْمًا سَهَّلَ اللهُ لَهُ بِهِ طَرِيقًا إِلَى الْجَنَّةِ، وَمَا اجْتَمَعَ قَوْمٌ فِي بَيْتٍ مِنْ بُيُوتِ اللهِ يَتْلُونَ كِتَابَ اللهِ وَيَتَدَارَسُونَهُ بَيْنَهُمْ إِلَّا نَزَلَتْ عَلَيْهِمِ السَّكِينَةُ، وَغَشِيَتْهُمُ الرَّحْمَةُ، وَحَفَّتْهُمُ الْمَلَائِكَةُ، وَذَكَرَهُمُ اللهُ فِيمَنْ عِنْدَهُ، وَمَنْ بَطَّأَ بِهِ عَمَلُهُ لَمْ يُسْرِعْ بِهِ نَسَبُهُ».
Pwofèt la (ke lapè Allah a sou li) te montre ke rekonpans yon mizilman jwenn nan men Allah koresponn ak jan li aji ak lòt mizilman yo. Donk, nenpòt moun ki soulaje, ki fasilite, ki retire oswa ki elimine yon gwo pwoblèm oswa yon detrès yon kwayan ap viv nan lavi sa a, Allah ap rekonpanse li lèl soulajel nan yon gwo pwoblèm jou jijman an. Epi moun ki fasilite bagay yo pou yon moun ki nan difikilte, epi ki soulaje li, epi ki retire difikilte li a, Allah ap fasilite bagay yo pou li nan lavi isiba ak nan aprè lanmò a. Epi nenpòt moun ki kouvri defo yon mizilman ,sa vle di li vin konnen yon bagay sou li ki pa ta dwe revele, tankou erèl oswa fòt li te fè , Allah ap kouvri defo pal nan mond sa a ak nan lòt mond lan. Epi Allah ap toujou pote sekou ak sèvitèl la, depi sèvitè sa a ap mache ede frèl nan zafè relijyon li oswa zafè lavil. Ede sa a ka fèt pa mwayen lapriyè, ak kòl (efò fizik), avèk lajan, oswa lòt fason ankò. Epi nenpòt moun ki fè efò (ki mache) poul chèche yon konesans relijye, pandan li gen entansyon fè sa pou plezi Allah (pou chèche fas Senyè toupwisan an), Allah ap fasilite pou li yon chemen ki mennen nan paradi a. Pa gen yon gwoup moun ki reyini nan youn nan kay Bondye yo(moske), kap resite liv Allah a epi kap etidye ansanm, san lapè (trankilite) ak diyite pa desann sou yo, san pitye Allah pa kouvri yo tout, san zanj Allah yo pa antoure yo, epi san Allah pa fè lwanj pou yo devan zanj ki bò kotel yo. E se yon gwo onè pou yon sèvitè, lè Allah mansyone li nan asanble ki pi wo a (nan syèl la). Nenpòt moun ki gen aksyon (bon zèv) li yo ki manke (ki pa ase), sa pap fèl rive nan nivo moun ki fè bon aksyon yo. Kidonk, li pa dwe konte sou onè fanmi li oswa sou merit zansèt li yo pou li neglije pwòp aksyon pal.
Ibn Dakik Al-Id te di: Sa a se yon gwo Adit, ki rasanble plizyè kalite konesans, règ, ak fason pou moun viv. Li gen ladan li merit ki genyen lè yon moun regle bezwen mizilman yo epi itil yo ak sa li kapab, kit se ak konesans, lajan, èd, montre yo sa ki nan avantaj yo, bay yon bon konsèy, oswa lòt bagay ankò.
Ankourajman pou rann lavi a fasil pou moun ki nan difikilte.
Ankourajman pou ede yon frè mizilman, epi lefèt ke Allah ap ede moun ki ede a, selon jan li ede frèl la.
Pami fason pou yon moun kouvri defo yon mizilman, se pa chèche konnen sekrè li yo (oswa defo li yo). Yo rapòte ke gen kèk nan zansèt yo (Salaf) ki te di: "Mwen te rankontre yon gwoup moun ki pat gen defo (nan zye pa yo), men yo te pran plezi pale sou defo lòt moun; alò, lòt moun yo te kòmanse pale sou defo pa yo tou. Mwen te rankontre tou yon lòt gwoup moun ki te gen defo, men yo te evite pale sou defo lòt moun; alò, defo pa yo te vin bliye (moun pa te pale sou yo ankò).
Kouvri defo yon moun pa vle di ou dwe kite move zak yo pase san ou pa chanje yo. Okontrè, ou dwe chanje sa ki mal la (nan fason ki apwopriye) epi kouvri defo moun nan. Sa a valab pou moun ki pa konnen pou gwo koripsyon oswa ki pa angaje yo nan yon tèt di nan sa ki mal. Kanta pou moun yo konnen ki toujou ap fè sa ki mal, li pa rekòmande pou kouvril. Okontrè, ou dwe rapòte ka a bay otorite yo (si sa pa gen pou lakòz yon pi gwo dega); paske kouvri defo yon moun konsa, se ankouraje li kontinye fè sa ki mal, bal kouraj pou li kontinye fè lòt moun mal, epi bay lòt moun kap fè mal yo kouraj tou.
Ankourajman pou chèche konesans, resite Koran an, epi etidye li ansanm.
Imam An-Nawawi di: Nan sa a, gen yon prèv sou merit ki genyen nan reyini ansanm pou resite Koran an nan moske a... Epi, si Allah vle, nou ka ajoute ke yo ka jwenn menm merit sa a si moun yo reyini nan yon lekòl (madrasa), nan yon sant kominotè (ribat), oswa nenpòt lòt kote ki sanble ak yo.
Rekonpans la, se sou aksyon Allah bazel, li pa baze li sou orijin fanmi (relasyon san) moun yo.
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2074) (2699).
Plis (6)
التحفة الربانية.
لإسماعيل الأنصاري (ص82).
الأحاديث الأربعون النووية وعليها الشرح الموجز المفيد.
لعبد الله المحسن (ص69).
شرح الأربعين النووية.
لابن عثيمين (ص355).
Cited in books
32 BooksPlis (32)
- الله -جل جلاله- أنيس المحبين وملاذ القاصدين«مَنْ نَفَّسَ عَنْ مُؤْمِنٍ كُرْبَةً مِنْ كُرَبِ الدُّنْيَا؛ نَفَّسَ اللهُ عَنْهُ كُرْبَةً مِنْ كُرَبِ يَوْمَ القِيَامَةِ، وَمَنْ يَسَّرَ عَلَى مُعْسِرٍ؛ يَسَّرَ اللهُ عَلَيْهِ فِي الدُّنْيَا وَالآخِرَةِ»
- المنتقى من المتجر الرابح في ثواب العمل الصالح - المعتمدالمنتقى من المتجر الرابح في ثواب العمل الصالح“مَن سَلَك طريقا يلتمس فيه علما سهّل الله له به طريقا إلى الجنة، وما اجتمع قوم في بيت من بيوت الله، يتلون كتاب الله، ويتدارسونه بينهم، إلا نزلت عليهم السكينة، وغشيتهم الرحمة، وحفتهم الملائكة، وذكرهم الله فيمن عنده”.
- المنتقى من المتجر الرابح في ثواب العمل الصالح - المعتمدالمنتقى من المتجر الرابح في ثواب العمل الصالح“من نفس عن مؤمن كربة من كرب الدنيا نفس الله عنه كربة من كرب يوم القيامة، ومن يسر على معسر يسر الله عليه في الدنيا والآخرة، ومن ستر مسلما ستره الله في الدنيا والآخرة، والله في عون العبد ما كان العبد في عون أخيه”.
- المنتقى من المتجر الرابح في ثواب العمل الصالح - المعتمدالمنتقى من المتجر الرابح في ثواب العمل الصالح“ما اجتمع قوم في بيت من بيوت الله تعالى يتلون كتاب اللّه ويتدارسونه بينهم، إلا نزلت عليهم السكينة، وغشيتهم الرحمة، وحفتهم الملائكة، وذكرهم الله فيمن عنده”.
- المنتقى من المتجر الرابح في ثواب العمل الصالح - المعتمدالمنتقى من المتجر الرابح في ثواب العمل الصالح“من نفّس عن مؤمن كربة من كرب الدنيا نفس الله عنه كربة من كرب يوم القيامة، ومن يسرّ على معسر يسر الله عليه في الدنيا والآخرة، ومن ستر مسلما ستره الله في الدنيا والآخرة، والله في عون العبد ما كان العبد في عون أخيه”.
- رياض الصالحينرياض الصالحين مع فوائد وهدايات - 1 «وَاللهُ فِي عَوْنِ الْعَبْدِ مَا كَانَ الْعَبْدُ فِي عَوْنِ أَخِيهُ»،
- رياض الصالحينرياض الصالحين مع فوائد وهدايات - 2وَمَنْ يَسَّرَ عَلَىٰ مُعْسِرٍ يَسَّرَ اللهُ عَلَيْهِ في الدُّنْيَا وَالآخِرَةِ،
- رياض الصالحينرياض الصالحين مع فوائد وهدايات - 5«وما اجتمعَ قومٌ في بيتٍ من بيوتِ اللهِ يتلُون كتابَ الله، ويَتَدارَسُونَه بينَهُم، إلَّا نَزَلَتْ عليهِمُ السَّكينةُ، وغشيتْهمُ الرَّحْمةُ، وحَفَّتْهمُ الملائكةُ، وذَكَرَهُمُ اللهُ فيمَنْ عندَه».
- رياض الصالحينرياض الصالحين مع فوائد وهدايات - 6«وَمَنْ سَلَكَ طريقاً يلتمسُ فيه علماً سهَّلَ اللهُ لهُ به طريقاً إلىٰ الجَنَّة».
- شرح الأربعين النووية«مَنْ نَفَّسَ عَنْ مُؤْمِنٍ كُرْبَةً مِنْ كُرَبِ الدُّنْيَا نَفَّسَ اللَّهُ عَنْهُ كُرْبَةً مِنْ كُرَبِ يَوْمِ الْقِيَامَةِ، وَمَنْ يَسَّرَ عَلَى مُعْسِرٍ، يَسَّرَ اللَّهُ عَلَيْهِ فِي الدُّنْيَا وَالْآخِرَةِ، وَمَنْ سَتَرَ مُسْلِمًا سَتَرَ
- ما لا يسع أطفال المسلمين جهله«وَاللَّهُ فِي عَوْنِ العَبْدِ مَا كَانَ العَبْدُ فِي عَوْنِ أَخِيهِ»[92].
- مادة العقيدة الإسلامية(مَنْ نَفَّسَ عَنْ مُؤْمِنٍ كُرْبَةً مِنْ كُرَبِ الدُّنْيَا نَفَّسَ اللَّهُ عَنْهُ كُرْبَةً مِنْ كُرَبِ يَوْمِ الْقِيَامَةِ وَمَنْ يَسَّرَ عَلَى مُعْسِرٍ يَسَّرَ اللَّهُ عَلَيْهِ في الدُّنْيَا وَالآخِرَةِ وَمَنْ سَتَرَ مُسْلِمًا سَتَرَهُ ال
- مجالس تدارس القرآن للمبتدئين (سورة الفاتحة وقصار المفصّل)1«من سلك طريقا يلتمس فيه علما سهل الله له به طريقا إلى الجنة»([35])،
- مجموعة زاد التفسير (1)التفسير 1«من سلك طريقًا يلتمس فيه علمًا سهل الله له به طريقًا إلى الجنة»
- مجموعة زاد التربية الإسلامية (1)، والسيرة النبوبة (1)، والعقيدة (1)، والفقه (1)التربية الأسلامية 1«من سلك طريقًا يلتمس فيه علمًا سهل الله له به طريقًا إلى الجنة»
- مجموعة زاد التربية الإسلامية (1)، والسيرة النبوبة (1)، والعقيدة (1)، والفقه (1)2«من سلك طريقًا يلتمس فيه علمًا سهل الله له به طريقًا إلى الجنة»
- مجموعة زاد التربية الإسلامية (3)، والسيرة النبوية (3)التربية الإٍسلامية -3- «من سلك طريقًا يلتمس فيه علمًا سهل الله له به طريقًا إلى الجنة»
- مجموعة زاد التربية الإسلامية (4)التربية الإسلامية 4«من سلك طريقًا يلتمس فيه علمًا سهل الله له به طريقًا إلى الجنة»
- مجموعة زاد التفسير (2)التفسير 2«من سلك طريقًا يلتمس فيه علمًا سهل الله له به طريقًا إلى الجنة»
- مجموعة زاد الحديث (1)الحديث 1«من سلك طريقًا يلتمس فيه علمًا سهل الله له به طريقًا إلى الجنة»
- مجموعة زاد الحديث(2)1«من سلك طريقًا يلتمس فيه علمًا سهل الله له به طريقًا إلى الجنة»
- مجموعة زاد الحديث(2)1«مَنْ نَفَّسَ عَنْ مُؤْمِنٍ كُرْبَةً مِنْ كُرَبِ الدُّنْيَا، نَفَّسَ الله عَنْهُ كُرْبَةً مِنْ كُرَبِ يَوْمِ الْقِيَامَةِ، وَمَنْ يَسَّرَ عَلَى مُعْسِرٍ، يَسَّرَ الله عَلَيْهِ فِي الدُّنْيَا وَالْآخِرَةِ، وَمَنْ سَتَرَ مُسْلِمًا سَتَرَهُ ال
- مجموعة زاد الحديث(2)1(سَهَّلَ الله لَهُ بِهِ طَريقًا إِلَى الجَنَّةِ)
- مجموعة زاد الحديث(2)1(ومن بطَّأ به عملُهُ لم يسرِعْ به نسبُهُ)
- مجموعة زاد الحديث(2)1(مَنْ نَفَّسَ عَنْ مُؤْمِنٍ كُرْبَةً...)
- مجموعة زاد الحديث(3)1«من سلك طريقًا يلتمس فيه علمًا سهل الله له به طريقًا إلى الجنة»
- مجموعة زاد العقيده (4)العقيدة 4«من سلك طريقًا يلتمس فيه علمًا سهل الله له به طريقًا إلى الجنة»
- مجموعة زاد الفقه (3)الفقه 3«من سلك طريقًا يلتمس فيه علمًا سهل الله له به طريقًا إلى الجنة»
- مشروع منهاج زادكزادك 3 طالب نهائي«مَا اجْتَمَعَ قَوْمٌ فِي بَيْتٍ مِنْ بُيُوتِ اللهِ يَتْلُونَ كِتَابَ اللهِ، وَيَتَدَارَسُونَهُ بَيْنَهُمْ إِلَّا نَزَلَتْ عَلَيْهِمِ السَّكِينَةُ، وَغَشِيَتْهُمُ الرَّحْمَةُ، وَحَفَّتْهُمُ الْمَلَائِكَةُ، وَذَكَرَهُمُ اللهُ فِيمَنْ عِنْدَه
- نبراس طالب (1)1«مَنْ سَتَرَ مُسْلِمًا سَتَرَهُ اللهُ فِي الدُّنْيَا وَالْآخِرَةِ»
- نبراس طالب (1)1«مَنْ نَفَّسَ عَنْ مُسْلِمٍ كُرْبَةً مِنْ كُرَبِ الدُّنْيَا نَفَّسَ اللهُ عَنْهُ كُرْبَةً مِنْ كُرَبِ يَوْمِ الْقِيَامَةِ، وَمَنْ يَسَّرَ عَلَى مُعْسِرٍ يَسَّرَ اللهُ عَلَيْهِ فِي الدُّنْيَا وَالْآخِرَةِ، وَمَنْ سَتَرَ مُسْلِمًا سَتَرَهُ ال
- نبراس طالب (3)نبراس طالب 3«وَمَنْ يَسَّرَ عَلَى مُعْسِرٍ يَسَّرَ اللهُ عَلَيْهِ فِي الدُّنْيَا وَالْآخِرَةِ»