Chak jwenti (oswa chak manm) nan kò moun dwe bay yon lacharite.
Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè avè l), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
Chak jwenti nan kò yon moun dwe fè yon charite chak jou solèy la leve: Si ou fè lapè ant 2moun, se yon charite. Si ou ede yon moun monte sou bèt li, oubyen ou edel chaje zafè li sou li, se yon lòmòn. Yon bon pawòl se yon lòmòn. Chak pa ou fè pou al nan lapriyè se yon lòmòn. Epi si ou retire yon bagay ki ka blese moun nan chemen an, se yon lòmòn
«كُلُّ سُلاَمَى مِنَ النَّاسِ عَلَيْهِ صَدَقَةٌ، كُلَّ يَوْمٍ تَطْلُعُ فِيهِ الشَّمْسُ يَعْدِلُ بَيْنَ الِاثْنَيْنِ صَدَقَةٌ، وَيُعِينُ الرَّجُلَ عَلَى دَابَّتِهِ فَيَحْمِلُ عَلَيْهَا أَوْ يَرْفَعُ عَلَيْهَا مَتَاعَهُ صَدَقَةٌ، وَالكَلِمَةُ الطَّيِّبَةُ صَدَقَةٌ، وَكُلُّ خُطْوَةٍ يَخْطُوهَا إِلَى الصَّلاَةِ صَدَقَةٌ، وَيُمِيطُ الأَذَى عَنِ الطَّرِيقِ صَدَقَةٌ».
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te esplike ke se yon devwa pou chak mizilman ki responsab, chak jou, pou li fè yon don volontè pou Allah ki anwo nan syèl la pou chak jwenti nan jwenti zo li yo, kòm yon fason pou remèsye Li pou bon sante a, epi pou lefètke Li fè zo li yo gen jwenti ki pèmèt li pliye epi lonje, Epi Sadaka (Lacharite) sa a akonpli avèk tout zèv nan fè sa ki byen yo, epi li pa limite sèlman sou bay lajan, epi pami zèv sa yo: Jistis ou ak rekonsilyasyon ou nan mitan 2 moun ki nan diskisyon, se yon charite, Epi lè ou ede yon moun ki pa kapab avèk bèt li, kote ou ede li monte sou li oubyen ou leve bagay li yo pou li, sa se yon charite, Epi yon bon pawòl, tankou evokasyon (Zikr), envokasyon (Doua), lapè (Salam) ak lòt ankò, se yon charite (Sadaqah), Epi pou chak pa ou fè pou ale nan Lapriyè, se yon charite, Epi retire sa ki nwizib sou wout la, se yon charite.
سُلامى: بضم السين المهملة وتخفيف اللام مع القصر، وهي المفاصل، وقد ثبت في صحيح مسلم أنها ثلاثمائة وستون.
Fòmasyon zo yon moun ansanm ak lasante yo, se younn nan pi gwo benediksyon Allah Granmèt la bay yon moun, konsa chak zo ladan yo mande pou yo bay yon charite pou li an patikilye, pou kapab konplete rekonesans pou benediksyon sa a.
Ankourajman pou renouvle rekonesans chak jou pou benediksyon sa yo kapab dire.
Ankourajman pou moun toujou fè adorasyon siplemantè (Nawafil) ak bay charite (Sadaqah) chak jou.
Merit rekonsilye moun.
Ankourajman pou yon moun ede frè li; paske èd li ba li a se yon charite.
Ankourajman pou ale nan lapriyè an gwoup (jama'ah) ak mache ale nan moske yo, epi fè moske yo vivan (plen moun) grasa aksyon sa yo.
Se yon obligasyon pou respekte chemen mizilman yo nan evite sa ki deranje (blese) yo oswa ki fè yo ditò.
Sahih Al-Bukhari (4/ 56) (2989).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 498) (720).
Plis (17)
-التحفة الربانية في شرح الأربعين حديثًا النووية.
مطبعة دار نشر الثقافة.
الإسكندرية.
الطبعة: الأولى.
1380 هـ.
-شرح الأربعين النووية.
للشيخ ابن عثيمين.
دار الثريا للنشر.
-فتح القوي المتين في شرح الأربعين وتتمة الخمسين.
دار ابن القيم.
الدمام المملكة العربية السعودية.
الطبعة: الأولى.
1424هـ/2003م.
-الفوائد المستنبطة من الأربعين النووية.
للشيخ عبد الرحمن البراك.
دار التوحيد للنشر.
الرياض.
Cited in books
6 BooksPlis (6)
- الخطب المنبريةموسوعة الخطب المنبرية (القسم الأول)«كُلُّ سُلَامَى مِنَ النَّاسِ عَلَيْهِ صَدَقَةٌ، كُلَّ يَوْمٍ تَطْلُعُ فِيهِ الشَّمْسُ يَعْدِلُ بَيْنَ الْإِثْنَيْنِ صَدَقَةٌ، وَيُعِينُ الرَّجُلَ عَلَى دَابَّتِهِ فَيَحْمِلُ عَلَيْهَا أَوْ يَرْفَعُ عَلَيْهَا مَتَاعَهُ صَدَقَةٌ، وَالْكَلِمَ
- العلم الواجب بدون فقه وبدون زيادات1((كُلُّ يَوْمٍ تَطْلَعُ فِيهِ الشَّمْسُ)).
- ما لا يسع أطفال المسلمين جهله«وَيُمِيطُ الأَذَى عَنِ الطَّرِيقِ صَدَقَةٌ»[133].
- مجموعة زاد الحديث(2)1(كُلُّ سُلامَى مِنَ النَّاسِ عَلَيْهِ صَدَقَةٌ...)
- مشروع منهاج زادكزادك 2 طالب نهائي«كُلُّ سُلَامَى مِنَ النَّاسِ عَلَيْهِ صَدَقَةٌ كُلَّ يَوْمٍ تَطْلُعُ فِيهِ الشَّمْسُ، يَعْدِلُ بَيْنَ الِاثْنَيْنِ صَدَقَةٌ، وَيُعِينُ الرَّجُلَ عَلَى دَابَّتِهِ فَيَحْمِلُ عَلَيْهَا، أَوْ يَرْفَعُ عَلَيْهَا مَتَاعَهُ صَدَقَةٌ، وَالكَلِمَة
- نبراس طالب (3)نبراس طالب 3«كُلُّ سُلاَمَى مِنَ النَّاسِ عَلَيْهِ صَدَقَةٌ كُلَّ يَوْمٍ تَطْلُعُ فِيهِ الشَّمْسُ، يَعْدِلُ بَيْنَ الِاثْنَيْنِ صَدَقَةٌ، وَيُعِينُ الرَّجُلَ عَلَى دَابَّتِهِ فَيَحْمِلُ عَلَيْهَا، أَوْ يَرْفَعُ عَلَيْهَا مَتَاعَهُ صَدَقَةٌ، وَالكَلِمَة