Skip to content

Nenpòt moun ki kwè nan Allah epi nan Jou Dènye a, se pou li di sa ki byen oswa se poul rete an silans."

Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè avèk li), Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Moun ki kwè nan Allah ak Jou Dènye a, li dwe di sa ki byen, oubyen li dwe fè silans, epi moun ki kwè nan Allah ak Jou Dènye a, li dwe onore vwazen li, epi moun ki kwè nan Allah ak Jou Dènye a, li dwe onore envitel».

«مَنْ كَانَ يُؤْمِنُ بِاللهِ وَالْيَوْمِ الْآخِرِ فَلْيَقُلْ خَيْرًا أَوْ لِيَصْمُتْ، وَمَنْ كَانَ يُؤْمِنُ بِاللهِ وَالْيَوْمِ الْآخِرِ فَلْيُكْرِمْ جَارَهُ، وَمَنْ كَانَ يُؤْمِنُ بِاللهِ وَالْيَوْمِ الْآخِرِ فَلْيُكْرِمْ ضَيْفَهُ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen, sèvitè kwayan ki gen lafwa nan Allah ak nan Jou Dènye a, kote li gen poul retounen an epi kote lap jwenn rekonpans pou aksyon li yo, lafwa li pouse li pratike bèl kalite sa yo: Premye pwen an se: Bon pawòl: tankou fè Tasbih ak Tahlil, òdone sa ki byen, entèdi sa ki mal, epi mete lapè ant moun. Si li pa kapab fè sa, li dwe rete an silans, evite fè moun mal, epi prezève lang li. Dezyèm nan: Onore vwazen an: nan aji byen avèk li epi pa fèl mal. Twazyèm: Onore envite ki vin fèw vizit la: ak bèl pawòl, ba li manje, ansanm ak lòt bagay ki sanble ak sa.

Pami benefis Hadith la

Lafwa nan Allah ak nan Jou Dènye a se sous tout byen, epi li pouse moun fè sa ki byen.

Avètisman kont dega lang ka fè.

Relijyon Islam la se relijyon tèt ansanm ak jenewozite.

Kalite sa yo se pami branch lafwa yo, ak pami prensip bon konpòtman ki merite lwanj yo.

Twòp pawòl ka mennen nan sa ki detestab oswa sa ki entèdi, epi sekirite a chita nan pa pale, eksepte pou di sa ki byen.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (8/ 11) (6018).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 68) (47).

Plis (5)

التحفة الربانية في شرح الأربعين حديثًا النووية.

(ص34).

شرح الأربعين النووية.

لابن عثيمين (ص176).

شرح النووي على مسلم (2/ 18).